Lundi29Avril5ème Semaine de Pâques
Sainte Catherine de Sienne
White Mémoire Obligatoire

SDernier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

Lapriyè pandan jounin-an : Litiji Lè-yo

An-atandan tout Liturgia Horarum-nan tradui nèt an kréyòl,
nou ofri isit-la pro manuscripto:

- traduksion Prézantasion jénéral latin-an.

- nouvo traduksion tout Psòm yo ak Kantik yo avèk indikasion sou kijan yo distribué nan kat sémèn yo.

- nouvo traduksion Litiji Lè yo, vol. I: Tan Avan - Tan Nésans Granmèt la okonplè.

- nouvo traduksion Litiji Lè yo, vol. II: Tan Karèm - Sémèn sint okonplè.

- nouvo traduksion Litiji Lè yo, vol. III: Tan Pak okonplè.

Sé yon préparasion pou tout sa-k gin pou vini apré apati tout sa-k té fèt déja.

Li apuiyé sou frui ékspérians lapriyè Psòm-yo ak tout Litiji l’Égliz-la an kréyòl,
– sa Kominoté Fouayé Charité Sint Mari-a ap viv nan Kanapévè, Pòr-o-Prins, dépi ané 1976, – 
gras a travay traduksion Mgr Frantz Colimon ap fè yo.
Yo té ranmasé sa, an patikilié, nan
Liv Lapriyè Légliz la. Louanj matin ak Vèp ansanm avèk Konpli
(ki té ré-inprimé nan dat 25 mars 1996).