Lundi29Avril5ème Semaine de Pâques
Sainte Catherine de Sienne
White Mémoire Obligatoire

SDernier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

 

Youcat

Kréyòl Ayisyin

N-ap di P. Maurice Elder Hyppolite, sdb, mèsi
paské li pèmèt nou sèvi ak pro manuscripto 
traduksion kréyòl li té fè nan ané 2011-2013 la
ak tout koréksion l-ap fè antrétan.

 

Nan Préfas Katéchism l'Égliz katolik-la pou Jèn-yo (YOUth CATechism), an 2010, Pap Benoua XVI té di yo:

” "M-ap invité nou : étudié katéchism sa-a. Sé sa mouin souété ak tout kè-m. Katéchism sa-a pa fè nou kouè tout bagay fasil. Éféktivman, l-ap mandé nou pou nou chanjé fason n-ap viv. L-ap ba nou mésaj l’Évanjil-la, mésaj « pèrl ki gin gran valè-a » (Mt 13, 46), sa-k mérité pou nou vann tout bagay pou-n achté-l la. Donk m-ap mandé nou : étudié katéchism-la ak anpil angouman, ak pèsévérans ! Pran tan pou li ! Étudié-l nan silans anndan chanm nou, li-l ak yon lòt zanmi, fòmé group réfléksion, établi rézo sou intènèt pou nou patajé-l. Antouka, pa sispann témouagné lafoua-nou !"

Nou kapab téléchajé PDF tout tèks kréyòl 2011-la isit la.


Youcat-la ékspozé tout lafoua katolik-la yon fason pou tout moun, sitou jèn-yo, kapab konprann sa yo di nan Katéchism l'Égliz Katolik-la san sé pa tout détay li réprann. Li prézanté sou fòm késion-répons. Apré répons-la yo indiké numéro Katéchism l'Égliz Katolik-la ki korésponn-yo pou moun ki t-a vlé aprofondi répons-la (numéro sa-yo, anndan krochè-yo, gin lyin aktif). Kòmantè ki suiv-la ap éséyé ékspliké tèm-nan yon jan pi fasil antan-l montré konsékans sa ginyin pou lavi kounié-a. Isit-la, sof pou imaj-yo ki nan liv orijinal-la, nou mété apré kòmantè-a tout sitasion ki té nan maj tèks-la. Min kisa sign n-ap jouinn anvan sitasion-yo vlé di :

 = Sitasion yon tèks biblik.
? = Définision yon mo oubyin éksplikasion yon lidé.
 = Sitasion yon Sin oubyin yon lòt ékrivin.
¬ = Ranvoua nan lòt numéro Youcat-la ki abòdé minm késion-an (lyin aktif).


GID

PRÉMIÉ PATI
Sa nou kouè

PRÉMIÉ SÉKSION
Rézon ki fè nou gin lafoua [# 1-2]
Chapit 1 |  Nou minm moun, nou fèt pou Bondié [# 3-6]
Chapit 2 |  Bondié vîn rankontré nou [# 7-19]
Chapit 3 |  Moun-yo réponn Bondié [# 20-24]

DÉZIÈM SÉKSION
Déklarasion lafoua krétyin-an [# 25-29]
Chapit 1 |  Mouin kouè nan Bondié Papa-a [# 30-70]
                Providans Bondié [# 49-51]
                Sièl-la ak kréatu ki ladan-l yo [# 52-55]
                Moun-nan kòm kréatu Bondié [# 56-66]
                Moun-nan tonbé nan péché-a [# 67-70]
Chapit 2 |  Mouin kouè nan Jézu-Kri, sèl Pitit Bondié-a [# 71-112]
Chapit 3 |  Mouin kouè nan l’Éspri-Sin-an [# 113-165]
                Mouin kouè... nan sint Égliz katolik la [# 121-128]
                Mouin kouè... nan l'Égliz la ki yon sèl, ki sin, ki katolik épi apostolik [# 129-145]
                Mouin kouè... nan kominion sin-yo [# 146-149]
                Mouin kouè... nan padon pou péché-yo [# 150-151]
                Mouin kouè... nan réziréksion chè-a [# 152-155]
                Mouin kouè... nan lavi ki pap janm fini-an [# 156-165]

DÉZIÈM PATI
Sélébrasion mistè lafoua krétyin-an

PRÉMIÉ SÉKSION
Bondié aji nan nou pa lintèmédiè sign sakré-yo [# 166-169]
Chapit 1 |  Bondié nan litiji-a [# 170-178]
Chapit 2 |  Kijan nou sélébré mistè Kris-la [# 179-192]

DÉZIÈM SÉKSION
Sèt sakréman-yo nan l’Égliz-la [# 193]
Chapit 1 |  Sakréman inisiasion-yo (batèm, konfimasion épi ékaristi) [# 194-223]
                Sakréman Batèm-nan [# 194-202]
                Sakréman Konfirmasion-nan [# 203-207]
                Sakréman Ékaristi-a [# 208-223]
Chapit 2 |  Sakréman gérizon-yo (pénitans épi onksion malad-yo) [# 224-247]
                Sakréman Pénitans-la ak rékonsiliasion-an [# 224-239]
                Sakréman Onksion malad-yo [# 240-247]
Chapit 3 |  Sakréman kominion tèt-ansanm épi mision (lòd épi mariaj) [# 248-271]
                Sakréman Ord-la [# 249-259]
                Sakréman Mariaj-la [# 260-271]
Chapit 4 |  Lòt sélébrasion litijik-yo [# 272-278]

 >>>>>>>>>>>><<<<<<<<<<<<<

 

TOUAZIÈM PATI
Viv jan Kris-la vlé-a

PRÉMIÉ SÉKSION
Vokasion nou sou tè-a, sa nou vlé fè-a, épi kijan l’Éspri-Sin-an ap édé nou fè-l [# 279]
Chapit 1 |  Dignité moun-nan kòm moun [# 280-320]
Chapit 2 |  Kominoté moun-yo – Sosiété-a [# 321-342]
Chapit 3 |  L’Égliz-la [# 343-347]

DÉZIÈM SÉKSION
Dis kòmandman-yo [# 348-351]
Chapit 1 |  Sé pou rinmin Granmèt-la Bondié ou ak tout kè-ou, ak tout nanm ou ak tout fòs ou [# 352-366]
                Prémié kòmandman [# 352-358]
                Dézièm kòmandman [# 359-361]
                Touazièm kòmandman [# 362-366]
Chapit 2 |  Sé pou rinmin prochin-ou minm jan ak tèt pa-ou [# 367-468]
                Katriyèm kòmandman [# 367-377]
                Sinkièm kòmandman [# 378-399]
                Sizièm kòmandman [# 400-425]
                Sétièm kòmandman [# 426-451]
                Uitièm kòmandman [# 452-461]
                Névièm kòmandman [# 462-464]
                Dizièm kòmandman [# 465-468]

KATRIYÈM PATI
Priyè krétyin-an

PRÉMIÉ SÉKSION
Priyè-a nan lavi krétyin-an [# 469]
Chapit 1 |  Kijan Bondié vîn toupré nou [# 470-489]
Chapit 2 |  Sous priyè-a [# 490-498]
Chapit 3 |  Chémin priyè-a [# 499-510]

DÉZIÈM SÉKSION
Priyè Granmèt-la : Papa nou-an [# 511-527]

ANÈKS

|  Lis mo-yo  [A]  [B]  [C]  [D]  [E]  [F]  [G]  [H]  [I]  [J]  [K]  [L]  [M]  [N]  [O]  [P]  [Q]  [R]  [S]  [T]  [U]  [V]  [W]  [X]  [Y]  [Z]

Lis définision-yo  [A]  [B]  [C]  [D]  [E]  [F]  [G]  [H]  [I]  [J]  [K]  [L]  [M]  [N]  [O]  [P]  [Q]  [R]  [S]  [T]  [U]  [V]  [W]  [X]  [Y]  [Z]
Sé la nou jouinn éksplikasion mo ki gin yon étoual apré yo-a (*) nan tèks prinsipal-la.

|  Lis non moun-yo  [A]  [B]  [C]  [D]  [E]  [F]  [G]  [H]  [I]  [J]  [K]  [L]  [M]  [N]  [O]  [P]  [Q]  [R]  [S]  [T]  [U]  [V]  [W]  [X]  [Y]  [Z]


PRÉFAS

Lèt Pap Benoua XVI pou jèn-yo

Zanmi-m yo, jèn-yo !

Mouin rékòmandé nou, jodi-a, pou nou li yon liv ki spésial. Spésial pou sa-l gin ladan-l, min tou pou kondision épòk koté yo ékri-l la. Mouin vlé fè nou konnin koté-l soti paské sa ap fè nou konprann pi byin sa-k fè-l spésial konsa-a.

Liv sa-a, nou t-a kapab di yo fè-l apati yon lòt liv yo té préparé nan ané 1980 yo. Épòk sa-a té difisil pou l’Égliz-la épi pou sosiété-a toupatou sou tè-a, lè sa-a té gin nouvo oriantasion ki té nésésè pou kapab abòdé tan ki t-ap vini-yo. Apré dézièm Konsil Vatikan-an (1962-1965) té gin yon sitiasion koté kilti pèp-yo t-ap chanjé, anpil moun pa-t fîn konnin nan kisa krétyin yo kouè tout bon, kisa l’Égliz-la t-ap anségné épi si-l té gin kichòy pou-l anségné toujou ; gin moun ki t-ap mandé  kòman tout bagay sa-yo t-apral intégré nan yon kilti ki t-ap chanjé afon. Èské lafoua krétyin-an sé pa-t yon bagay ki pasé mòd ? Èské jodi-a sa té rézonab pou yon moun t-a kapab kouè ? Sé késion sa-yo yo t-ap pozé épi té gin bon krétyin tou ki t-ap pozé yo.

Nan épòk sa-a, Pap Jan-Pòl II té pran yon désizion ki té mandé kouraj. Li té vlé pou tout évèk-yo sou latè té ékri yon liv ansanm koté yo t-a réponn tout késion sa-yo. Li té mandé-m pou-m té koòdoné travay évèk-yo épi pou-m té véyé pou apati diféran kontribision yo t-ap bay-yo sé yon liv, yon liv tout bon, pa yon konpilasion diféran tèks, ki t-a sòti. Yo t-ap rélé liv sa-a ak ansyin non Katéchism l’Égliz katolik-la, min li té doué atiran épi inové. Li té doué montré nan kisa l’Égliz katolik-la kouè jodi-a épi nan kisa lafoua-a pa an kontradiksion ak rézon épi intèlijans moun ginyin-an.

Mouin té pè dévan mision sa-a. Fò-m di nou tou, mouin pa-t fîn trò sètin li t-ap kapab réyisi. Éféktivman, kòman pou nou t-a fè pou tout otè sa-yo ki gayé toupatou sou tè-a t-a rivé ékri ansanm yon liv tout moun t-a kapab li ? Kòman tout moun sa-yo k-ap viv sou diféran kontinan, pa sèlman sou plan jéografik min tou sou plan intéléktuèl épi spirituèl, t-a kapab produi ansanm yon tèks ki t-a gin koérans anndan-l épi yo t-a kapab konprann li sou tout kontinan-yo ? An plis fòk yo t-a ajouté évèk sa-yo pa t-a doué travay an solitè, min yo té doué rété an kontak ak lòt évèk-yo épi ak kominoté yo té résponsab yo. Mouin oblijé rékonèt, minm jodi-a toujou sé yon mirak ki fè projè sa-a té réyisi fèt.

Nou té réyini toua ou kat foua chak ané pandan yon sémèn épi nou té diskité sériézman sou tèm ki té byin présizé épi ofiamézi nou té kapab fè dévlopman tèks-yo. Évidamman nou té bézouin détèminé plan liv-la. Li té doué sinp yon fason pou diféran group moun ki t-apral ékri-yo té ka gin yon lidé klè sou travay yo té gin pou fè-a épi pou travay yo-a pa-t toufé nan yon kad ki t-a trò konpliké épi jinnin.  Sé minm plan sa-a n-ap jouinn nan liv sa-a. Li sòti tou natirèlman nan ékspérians katéchèz yo fè dépi sièk tan nan l’Egliz-la : sa nou kouè – kijan nou sélébré mistè Kris-la – kijan nou gin lavi nan Jézu-Kri – kijan nou doué priyé. Mouin pap ékspliké kounié-a isit-la kijan ti kras pa ti kras nou té réyisi rézoud tout problèm ki t-ap parèt-yo épi finalman nou té fè yon liv sòti jan-l t-a doué fèt-la. Li toujou posib, évidamman, pou kritiké tèl ou tèl aspè nan yon travay konsa : tout sa moun fè toujou manké kichòy épi kapab amélioré. Min kanminm sé yon liv ki gin gran inpòtans : sé yon témouagnaj unité nan divèsité. Apati diféran voua, yon koral byin an armoni vîn fòmé, paské nou té gin minm patision-an : patision lafoua-a k-ap poté l’Égliz-la dépi tan Apot-yo sièk apré sièk.

Poukisa mouin rakonté nou tousa ? Lè yo t-ap travay sou Katéchism l’Égliz katolik-la, yo té oblijé konstaté sé pa sèlman yon diférans ant kontinan-yo ak kilti-yo ki té ginyin min, anplis, chak sosiété gin pliziè nivo diféran ladan-l : gin diférans mantalité ant yon travayè izîn ak yon péyizan, ant yon savan fizisyin ak yon savan lingouis, ant yon biznismann ak yon jounalis, ant jèn-yo ak granmoun-yo. Lè sa-a nou té oblijé chouazi yon nivo langaj ak yon kalité réfléksion ki t-a dépasé tout diférans sa-yo, pou nou rété nan yon réjis ki t-a komin pou tout moun, antan n-ap konsidéré divèsité sa-a. Lè sa-a nou té vîn konprann li t-ap nésésè pou yo pibliyé tradiksion tèks sa-a pou diféran popilasion ki sou tè-a, pou kapab rivé rankontré yo nan chémin koté yo yé-a ak késion y-ap pozé pèsonèlman yo.

Nan Jounin Mondial Jèn-yo, a Ròm, Toronto, Kològn, Sidnéy, gin anpil jèn ki soti toupatou sou tè-a ki vlé kouè, k-ap chèché Bondié, ki rinmin Kris-la épi ki vlé suiv chémin-l nan. Sè nan kontèks sa-a nou t-ap mandé èské li pa t-a bon pou ékri Katéchism l’Égliz katolik-la nan langaj jèn alèkilé-yo pou mésaj Bòn Nouvèl-la t-a kapab gayé pami jèn-yo sou tè-a. Natirèlman, jèn-yo sou tè-a jodi-a, diféran anpil. Konsa anba diréksion kadinal-archévèk Vièn-nan, Kristòf Schönborn, gin yon « YOUCAT » pou jèn-yo ki parèt. Mouin éspéré ap gin anpil jèn k-ap rinmin liv sa-a.

Gin anpil moun k-ap di-m : sa pa intérésé jèn-yo jodi-a. Mouin pa dakò ak opinion sa-a épi mouin sètin mouin gin rézon ; jèn-yo jodi-a pa tèlman anlè-anlè jan yo vlé fè kouè-a. Yo vlé konnin kisa ki inpòtan tout bon nan lavi-a. Yon roman polisié intérésan paské li ralé nou nan istoua lavi lòt moun, yon istoua ki t-a kapab istoua pa nou. Liv sa-a tou intérésan anpil paské l-ap palé nou dé aboutisman pròp lavi-nou, donk li konsèné nou chak pèsonèlman nan sa ki pi profon nan nou.

Sé poutèt sa m-ap invité nou : étidié katéchis sa-a. Sé sa mouin souété ak tout kè-m. Katéchis sa-a pa fè nou kouè tout bagay fasil. Éféktivman, l-ap mandé nou pou nou chanjé fason n-ap viv. L-ap ba nou mésaj l’Évanjil-la, mésaj « pèrl ki gin gran valè-a » (Mt 13, 46), sa-k mérité pou nou vann tout bagay pou-n achté-l la. Donk m-ap mandé nou : étidié katéchis-la ak anpil angouman, ak pèsévérans ! Pran tan pou li ! Étidié-l nan silans anndan chanm nou, li-l ak yon lòt zanmi, fòmé group réfléksion, établi rézo sou intènèt pou nou patajé-l. Antouka, pa sispann témouagné lafoua-nou !

Nou doué konnin nan kisa nou kouè. Nou doué konnin lafoua-nou ak minm présizion yon spésialis an infòmatik konnin sistèm ki pèmèt odinatè-a fonksioné-a. Nou doué konprann li tankou yon bon mizisyin konprann patision-l. Nou doué pi anrasinin toujou nan lafoua-nou pasé jénérasion paran nou-yo pou nou kapab goumin ak plis kouraj, plis détèminasion, kont défi ak tantasion épòk sa-a. Nou bézouin sékou Bondié si nou pa vlé pou lafoua-nou fonn tankou yon gout larouzé nan solèy, si nou pa vlé sikonbé dévan plézi sosiété konsomasion sa-a, pou rinmin nou gin nan kè nou-an pa vîn sal ak pònografi, pou nou pa trayi sa-k pi fèb-yo épi vîn indiféran dévan sa lavi-a ap malminnin-yo.

Si kounié-a nou t-a rinmin pran tan pou nou étidié katéchis-la sériézman, mouin t-a rinmin ba nou yon dènié konsèy : nou tout nou konnin nan ki pouin yo blésé kominoté krétyin-yo antan yo ataké yo ak malvéyans, poutèt péché-a ki antré sal anpil résponsab l’Égliz-la. Pa pran sa kòm prétèks pou nou viré do bay Bondié k-ap gadé nou-an ! Nou sé Kò Kris-la, nou sé l’Égliz-la ! Fè difé rinmin k-ap boulé nan kè nou-an antré anndan l’Égliz-la, chak foua gin moun ki t-a défigiré-l, nou minm sé pou nan atansion-an nou pa fè parès, antan nan Éspri-a nou cho, antan n-ap sèvi Granmèt-la ! (Rm 12, 11).

Lè Israèl té désann nan pouin ki pi ba nan istoua li-a, Bondié pa-t mandé gro potanta sou tè-a pou vîn poté-l sékou, min yon jénòm yo té rélé Jérémi. Jérémi té santi li pa-t alarotè : A-a-a, Granmèt Bondié ! gadé, mouin pa konn palé, sé yon ti moun mouin yé (Jr 1,6). Min Bondié té kinbé fèm avèk li : « Pa di “Mouin sé timoun” ; min kot tou sa-m voyé-ou, sé pou-ou alé, tou sa m-ap kòmandé-ou, sé pou-ou palé-l » (Jr 1, 7).

Mouin béni nou épi m-ap priyé chak jou pou nou tout.

Pap Benoua XVI



 

PRÉMIÉ PATI

Sa nou kouè

PRÉMIÉ SÉKSION

Rézon ki fè nou kouè

1             Pou ki rézon nou la-a sou tè-a ?

Nou la-a sou tè-a pou nou aprann konnin Bondié épi rinmin-l, pou nou fè sa ki byin dapré volonté-l épi pou nou rivé antré nan sièl-la yon jou. [1-3, 358]

Nou rivé konprann sans lavi-nou kòm moun sou tè-a lè nou ouè sé nan Bondié nou soti épi sé nan Bondié nou pralé. Sous koté nou soti-a, li pi ro pasé paran nou-yo. Sé nan Bondié nou soti, sé nan li tout vrè kontantman yé, ni sa yo kapab jouinn nan sièl-la ni sa-k sou tè-a, épi l-ap tann nou pou nou antré nan kontantman-l nan ki la pou tout tan-an, ki san limit-la. An atandan n-ap viv sou tè sa-a. Gin dé lè nou santi Bondié kréatè nou-an toupré nou, min pi souvan nou pa santi anyin minm. Pou li kapab mété nou sou bon rout-la, Bondié voyé Pitit li-a ki libéré nou anba péché-a, ki sové nou anba tout mal épi k-ap kondui nou san mank nan lavi tout bon vré-a. Li sé Chémin-an, Vérité-a épi Lavi-a (Jn 14,6). ¬ 285

 Bondié vlé pou tout moun sové, pou yo rivé nan konésans vérité-a. (1 Timoté 2,4)

 Lè y-ap palé osijè réalité ki konsèné lavi moun-yo, yo di fòk yo konnin yo pou yo rinmin yo. Lè y-ap palé osijè réalité ki konsèné Bondié yo, yo di fòk yo rinmin yo pou yo konnin yo.
Blaise Pascal (1623-1662, matématisyin épi filozòf fransè)

 Bondié sé rinmin. (1 Jan 4,16)

 

2             Sa-k fè Bondié té kréyé nou ?

Bondié té kréyé nou paské li rinmin nou, san anyin pa fòsé-l épi san-l pa bézouin nou pou pròp tèt pa-l. [1-3]

Lè yon moun rinmin, kè-l ap débòdé. Li t-a rinmin fè anpil lòt moun gouté nan kè kontan-l nan. Sé nan Kréatè nou-an sa soti. Minmsi sa Bondié yé-a sé yon mistè ki dépasé nou, li posib pou nou déviné-l apati ékspérians-nou kòm moun épi nou kapab di : li kréyé nou poutèt « débòdman » rinmin-l nan. Li té vlé patajé kè kontan-l nan avèk nou-minm li kréyé paské-l sé rinmin-an minm.

” Mézi rinmin-an sé rinmin san mézi.
François de Sales (1567-1622, évèk, gid spirituèl, fondatè yon kominoté monastik épi doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

” Rinmin sé jouinn kontantman nan byin-an ; byin-an sé sèl rézondèt rinmin-an. Rinmin sé vlé fè byin pou yon moun.
Thomas d’Aquin (1225-1274, gid spirituèl Mouayinnaj-la, doktè (savan sakré) l’Égliz-la épi gran téolojyin)

? RÉLIJION.  Ak mo « rélijion »-an yo vlé di an jénéral yon rélasion ak sa ki dépasé moun, ki sakré, ki gin rapò ak Bondié. Yon moun gin santiman rélijion-an lè-l rékonèt fòs ki kréyé-l la épi ki kréyé tout bagay-la sé yon réalité ki sakré (divin), li dépann dé fòs sa-a épi sé la diréksion lavi-li orianté. Nan fason l-ap viv-la l-ap chèché fè réalité sakré sa-a plézi épi onoré-l.

 

PRÉMIÉ CHAPIT

Nou minm moun, nou fèt pou Bondié

3             Sa-k fè n-ap chèché Bondié ?

Sé Bondié ki mété nan kè-nou anvi pou nou chèché-l épi pou nou jouinn li-an. Sint Ogustin di : « Ou kréyé nou pou ou, Granmèt, épi kè nou san répo tout tan li poko répozé nan ou. » Anvi jouinn Bondié sa-a nou rélé-l Rélijion*. [27-30]

Sé yon bagay natirèl lakay moun-nan pou l-ap chèché Bondié. Lè-l santi-l souaf vérité-a ak kontantman-an sé chèché l-ap chèché finalman sa-k kapab soutni-l nèt alé-a, sa-k kapab satisfè-l nèt alé-a, sa-k kapab ba-l valè nèt alé-a. Yon moun pa fîn moun an plin tout tan li poko jouinn Bondié. « Moun k-ap chèché vérité-a, sé Bondié l-ap chèché, kit li pran konsians sa, kit li pa konn sa » (sint Édith Stein). ¬ 5, 281-285

” Sous kè kontan-an pou krétyin-an sé sètin li sètin Bondié rinmin-l nan, Kréatè nou-an rinmin-l pèsonèlman, ak yon rinmin ki pasioné, ki fidèl, yon rinmin ki pi gran pasé tout infidélité nou-yo ak péché nou-yo, yon rinmin ki padonnin.
Benoît XVI, 1é juin 2006)

 Bondié fè moun yo pou yo chèché-l, pou yo éséyé antré an kontak avèk li oubyin pou yo jouinn li, paské li pa louin chak moun nan nou. Réyèlman sé nan li nou viv, nou gin mouvman, nou égzisté. 
(Travay Apot-yo 17,27-28)

 

4             Èské avèk rézon-nou sèlman nou kapab dékouvri Bondié égzisté ?

Oui. Ak rézon-nou sètadi ak intèlijans-nou, nou-minm moun nou kapab konnin Bondié avèk asirans. [31-36, 44-47]

Tè-a ak tout inivè-a ki antouré nou-an pa gin sous-li ak aboutisman-l nan pròp tèt pa-l. Nan tout sa ki égzisté, gin plis pasé sa yo kapab ouè-a. Lòd, bèlté ak kouasans nou ouè nan tout inivè-a ap invité nou viré gadé nan diréksion kichòy ki dépasé nou. Y-ap orianté nou nan diréksion Bondié. Nan pouin moun ki pa anvi épi souaf sa ki vré, sa ki byin, sa ki bèl. Chak moun tandé voua konsians li anndan-l k-ap pousé-l fè byin-an, k-ap avèti-l pou-l pa fè mal-la. Moun ki gin asé sajès pou-l suiv tras sa-a, l-ap jouinn Bondié.

” Fòs prinsipal moun-nan sé rézon-an. Objéktif ki pi ro pou rézon-an sé rivé konnin Bondié.
S. Albert le Grand (1200 - anviron 1280, frè préchè nan lòd S. Dominik-la (dominikin) ki té profésè diféran disiplîn, doktè (savan sakré) l’Égliz-la épi gran téolojyin)

 

5             Sa-k fè gin moun ki di Bondié pa égzisté époutan minm moun sa-yo kapab konnin li ak rézònman intèlijans  yo ?

Sé yon gran défi sa yé pou intèlijans moun rivé konnin Bondié yo pa kapab ouè-a. Sé poutèt sa ginyin ki fè bak dévan éfò sa mandé. Anpil moun pa vlé rékonèt égzistans Bondié paské sa t-a oblijé yo chanjé fason y-ap viv-la. Min moun ki di : sa pa gin sans pou chèché konnin si Bondié égzisté, moun sa-a pasé akoté si sé éséyé l-ap éséyé sinplifié lavi-l. [37-38] ¬ 357

” Intèlijans moun-nan minm jouinn difikilté pou-l rivé nan vérité sa-yo ki tèlman gran soua poutèt infliyans sink sans-yo ak imajinasion-an, soua poutèt mové pasion ki soti nan péché orijinèl-la. Sé sa-k fè nan mòd réalité sa-yo fasilman moun-yo konvink tèt yo pou konsidéré kòm fo oubyin omouins kòm pa sètin, sa yo-minm yo pa vlé kouè ki vré.
Pie XII, Humani generis

 

6             Èské li posib pou konnin Bondié vré ?
               Èské yo kapab palé dé li yon fason ki kòrèk, ki akséptab ?

Minmsi moun gin limit épi Bondié sitèlman gran yo pap janm kapab fèmin-l nan limit intèlijans moun ginyin-an, nou kapab palé dé li yon fason ki kòrèk. [39-43, 48]

Lè n-ap palé osijè Bondié nou doué pran konsians kijan langaj-nou pa alarotè grandè-l. Donk sé tout tan pou n-ap korijé, amélioré, purifié sa n-ap di osijè-l.

”  Sé pa tout sa nou pa kapab konprann ki pa égzisté poutèt sa.
Blaise Pascal

 

DÉZIÈM CHAPIT

Bondié vîn rankontré nou

7             Èské Bondié té doué révélé pròp tèt-li pou nou kapab konnin kilès li yé ?

Ak rézònman intèlijans yo, moun-yo kapab konnin Bondié égzisté min yo pa kapab konnin kilès li yé réyèlman. Bondié té révélé pròp tèt-li paské li té vlé pou yo konnin-l. [50-53, 68-69]

Sé pa-t yon obligasion pou Bondié pou-l té révélé pròp tèt-li. Li té fè sa paské li rinmin nou. Minm jan lè dé moun rinmin youn pa kapab konnin lòt-la li rinmin-an si lòt-la pa ouvri kè-l ba li, konsa tou nou pa t-a kapab rivé konnin kichòy nan sa Bondié pansé nan fin-fon kè-l si sé pa-t paské Bondié ki la tout tan épi ki dépasé intèlijans-nou, té ouvri kè-l ba nou poutèt li rinmin nou. Sot dépi nan kréasion-an, pasé nan patriarch-yo ak profèt-yo rivé jous nan révélasion* final-la nan Pitit li-a, Jézu-Kri, Bondié pa-t sispann palé ak nou-minm moun. Nan Pitit li-a li ouvri kè-l ba nou épi li pèmèt nou dékouvri sa-l yé nan fin-fon nati-li.

”  Paské minmsi résanblans ant Kréatè-a ak kréati-a t-a gran, nou doué konnin disanblans-la pi gran toujou ant yo.
Katriyèm Konsil Latran, 1215 

”  Nan bonté-li ak nan sajès-li, sa té fè Bondié plézi pou-l révélé tèt-li épi fè konnin mistè volonté li-a ki fè moun-yo vîn kapab rivé kot Papa-a, nan Éspri-Sin-an, épi patisipé nan nati Bondié-a pa lintèmédiè Kris-la, Paròl-la ki tounin moun-nan.
Dézièm Konsil Vatikan-an, Dei Verbum, 2

 

8             Kijan Bondié révélé pròp tèt-li nan Ansyin Téstaman-an ?

Nan Ansyin Téstaman-an* Bondié fè konnin-l kòm kréatè ki fè tout bagay paské-l rinmin yo épi ki rét fidèl ak moun-yo minm lè yo viré do ba li nan péché-a. [54-64, 70-72]

Bondié révélé pròp tèt-li nan istoua lèzòm : avèk Noé li établi yon Alians pou sové tout sa-k vivan. Apré sa li rélé Abraam pou fè-l tounin papa yon pakèt nasion (Jénèz 17,5) épi, nan li, pou-l béni tout pèp ki sou tè-a (Jénèz 12,3). Pèp Israèl-la ki soti nan Abraam, vîn tounin pròp byin pa-l. Li prézanté dévan Moyiz antan-l di-l Non pròp li. Non sa-a difisil pou konprann YHWH [יהוה], an jénéral yo prononsé-l Yahvéh*, li vlé di « Mouin sé sa-k égzisté-a ». Li libéré Israèl sot anba ésklavaj an Éjip-la, li signin yon Alians avèk li sou mòn Sinayi-a épi li ba-l laloua-a pa lintèmédiè Moyiz. Bondié pa-t sispann voyé profèt bay pèp li-a pou invité-l konvèti épi rénouvlé Alians-la. Profèt-yo anonsé Bondié gin pou-l établi yon Alians nouvo k-ap la pou tout tan, k-ap poté yon rénouvèlman total épi k-ap sové moun-nan définitivman. Alians sa-a sé tout moun yo ofri-l. 

? RÉVÉLASION. Maniféstasion Bondié ki ouvri ba nou, ki fè ouè-l épi ki pran inisiativ pèsonèlman pou-l palé ak moun-yo sou tè-a.

” Kontantman n-ap chèché-a, kontantman nou mérité gouté-a, li gin yon non, yon vizaj : Jézu, moun Nazarèt-la.
Benoît XVI, 18 out 2005

 

9             Lè Bondié voyé Pitit li-a, ki sa li révélé nou osijè pròp tèt-li ?

Nan Jézu-Kri, Bondié montré nou tout profondè rinmin li-an ki mizérikòd. [65-66, 73]

Gras a Jézu-Kri, Bondié yo pa kapab ouè-a vîn fè yo kapab ouè-l. Li tounin yon moun tankou nou. Sa montré nou jous ki bò rinmin Bondié-a rivé : li pran tout chay-nou mét sou zépòl-li. Li akonpagné nou, li maché avèk nou nan tout chémin nou-yo. Li avèk nou lè nou santi nou pou kont nou, nan tèt chajé nou-yo, nan kè séré nou ginyin dévan lanmò-a. Lè nou pansé nou pa kapab avansé pi louin, li la pou-l ouvri pòt lavi-a pou nou. ¬ 314

?  INKARNASION. (an latin caro vlé di « chè », « tounin chè ») : sa Bondié fè lè-l pran kondision moun-nan nan Jézu-Kri. Inkarnasion-an sé fondman lafoua krétyin-an épi éspérans sové-a pou tout ras moun-nan.

” Nan Jézu-Kri, Bondié vîn pran fòm moun épi li tounin zanmi-nou, frè-nou.
Benoît XVI, 6 séptanm 2006 

 

10           Èské avèk Jézu-Kri, Bondié fîn di tout bagay oubyin èské Révélasion-an ap kontinué apré li ?

Nan Jézu-Kri, sé Bondié li-minm ki vini sou tè-a. Jézu sé dènié paròl Bondié té gin pou di nou. Tout moun, nan tout tan, ki kouté-l, yo kapab konnin kilès Bondié yé épi sa-k nésésè pou yo sové. [66-67]

Ak Bòn Nouvèl Jézu-Kri-a, Révélasion* Bondié-a rivé bout épi li akonpli nèt san manké anyin. Pou li kapab kléré nou, l’Éspri-Sin-an ap fè nou antré chak foua pi fon nan vérité-a. Nan lavi kèk moun, limiè Bondié-a kléré yon fason ki tèlman fò sa fè yo ouè « sièl-la ouvè » (Apokalips 7,56). Sé konsa vîn gin gran koté moun al fè pélérinaj tankou Notre-Dam Gouadloup o Méksik oubyin Lourd* an Frans. « Révélasion pèsonèl » moun ki ouè-yo pa kapab amélioré Bòn Nouvèl Jézu-Kri-a. Lafoua-nou pa dépann dé yo. Min yo kapab édé nou konprann Bòn Nouvèl-la pi byin. Sé l’Égliz-la ki pou jijé si yo korésponn oubyin si yo pa korésponn ak vérité lafoua-a.

 Anpil foua épi anpil fason, lontan, Bondié té palé ak papa-yo nan profèt-yo, sou dènié nan jou sa-yo, li té palé avèk nou nan Pitit-la, sa-l té mété éritié tout bagay-la, li minm pa lintèmédiè-l la li té fè sièk-yo tou.
Lèt pou Ébré-yo 1,1-2 

” Andéyò Jézu-Kri nou pa konnin kisa lavi nou yé, ni lanmò-nou, ni Bondié, ni nou-minm.
Blaise Pascal

 

11           Poukisa nou transmèt lafoua-a ?

Nou transmèt lafoua-a paské Jézu té mandé nou sa : « Alé, fè tout nasion-yo vîn tounin disip » (Matié 28,19). [91]

Si yon moun krétyin tout bon li pap kité sé sèlman lòt moun ki t-a spésialis ki pou transmèt lafoua-a (anségnan-yo, prèt-yo, misionè-yo). Nou chak nou krétyin pou lòt-yo. Sa vlé di : chak vrè krétyin t-a vlé pou Bondié abité lakay lòt-yo tou. Li di pròp tèt-li : Granmèt-la bézouin-m ! Mouin batizé, konfimé épi mouin résponsab pou moun ki bò koté-m yo konnin Bondié épi rivé nan konésans vérité-a (1 Timoté 2,4). Mè Téréza té sèvi ak yon bon konparézon : « Anpil foua ou kapab ouè fil kouran bò rout-la. Min tout tan kouran éléktrik-la pa travèsé yo, pap gin limiè. Sé nou minm ki fil-la. Bondié sé kouran ! Nou kapab kité kouran-an pasé nan nou épi sèvi ak nou pou limin limiè sou tè-a -  Jézu* – oubyin réfizé yo sèvi ak nou pou fè-l pasé épi konsa nou vîn résponsab fènoua ki ginyin-an. » ¬ 123

?  MISION. (an latin missio vlé di « voyé alé ») : mision-an sé rézondèt l’Égliz-la. Sé lòd Kris-la bay tout krétyin-yo pou yo anonsé Bòn Nouvèl-la nan sa y-ap di ak nan sa y-ap fè pou tout moun kapab désidé chouazi Kris-la an tout libèté.

 Mouin té résévoua nan min Granmèt la sa-m té transmèt nou-an tou.
1 Korintyin 11,23 

” Sé yon nésésité prèsé présé sa yé pou yon nouvo jénérasion apot vîn parèt ki anrasinin nan Paròl Kris-la, ki gin kapasité bay yon répons pou késion moun-yo ap pozé nan tan kounié-a épi ki paré pou anonsé Bòn Nouvèl-la toupatou.
Benoît XVI, 22 févriyé 2006

” Donk Tradision sakré-a ak Ékritu Sint-la rélié byin séré youn ak lòt épi yo kominiké ansanm. Réyèlman, toulèdé ap jayi sot nan minm sous Bondié-a ; nan yon sans, yo grandi pou vîn fè youn épi yo an tansion pou rivé nan minm aboutisman-an.
Dézièm Konsil Vatikan-an, Dei Verbum, 9

 

12           Kòman nou fè konnin sa pou nou kouè tout bon vré-a ?

Nou jouinn sa nou doué kouè tout bon vré-a nan Liv ki sin-yo ak nan sa l’Égliz-la* transmèt nou dirèktéman osijè lafoua li-a (Tradision-an). [76, 80-82, 85-87, 97, 100]

Nouvo Téstaman-an* pran nésans nan lafoua l’Égliz la. Sa yo ékri-a ak sa yo transmèt dirèktéman-an (Tradision-an) makònin youn ak lòt. Transmision lafoua-a pa chita toudabò sou yon bann tèks. Nan prémié tan  l’Égliz-la*, yo té konn di : Liv ki sin-yo, « anvan yo té ékri-yo sou papié, yo té ékri yo nan kè l’Égliz-la ». Disip-yo ak apot-yo* té déja fè ékspérians yon lavi tou nèf gras a tan yo té pasé ap viv ansanm an kominoté ak Jézu. Kominoté sa-a ki té kontinué égzisté yon lòt fason apré réziréksion Jézu-a, l’Égliz-la ki té fèk fèt-la té ouvri-l bay tout moun. Prémié krétyin-yo té rét byin fidèl nan ansègnman Apot-yo, épi nan viv ansanm, nan séparé pin-an, épi nan priyè-yo (Travay Apot-yo 2,42). Yo té soudé youn ak lòt min antan yo fè plas pou lòt ka antré. Jous kounié-a, lafoua-a aji minm jan-an : krétyin-yo invité lòt moun vîn viv an kominion ak Bondié. Nan l’Égliz katolik-la, kominion sa-a té kontinué rété san-l pa chanjé dépi nan tan apot-yo.

?  APOT. (an grèk apostolos vlé di « mésajé, moun yo voyé »). Nan Nouvo Téstaman-an, yo sèvi ak mo sa-a pou dézignin  douz gason Jézu té chouazi-yo pou yo té kolaboré pi pré avèk li épi pou yo té témouin-li. Pòl tou té kapab prézanté tèt-li kòm yon apot Kris-la té rélé.

?  MAJISTÈ. Sèvis ansègnman Kris-la rinmèt nan min apot li-yo épi sa-k ranplasé yo-a ki gin asistans Éspri-Sin-an pou yo fè sèvis sa-a.

 

13           Èské l’Égliz-la ka tronpé-l nan sa ki konsèné lafoua-a ?

Nan sa ki konsèné lafoua-a, tout moun ki kouè-yo ansanm pa kapab tronpé yo paské Jézu té promèt disip li-yo li t-ap voyé l’Éspri vérité-a pou kinbé yo nan vérité-a (Jan 14,17). [80-82, 85-87, 92, 100]

Minm jan disip-yo té kouè nan Jézu ak tout kè yo, konsa tou yon krétyin kapab gin yon konfians total nan l’Égliz-la* lè l-ap chèché chémin lavi-a. Paské Jézu-Kri li-minm té bay apot* li-yo lòd pou yo anségné, l’Égliz-la gin yon  Majistè* épi li pa gin doua pé bouch-li. Sètènman, yon manb l’Égliz-la pou kont-li kapab tronpé-l épi fè fot ki grav anpil, min lè nou konsidéré l’Égliz-la nan totalité-li, li pap janm kapab tonbé andéyò vérité Bondié konfié-l la. Sièk apré sièk, l’Égliz-la ap poté yon vérité ak yon lavi ki pi gran pasé pròp tèt-li. Lè sa-a yo palé dé depositum fidei, dépo lafoua-a yo doué konsèvé-a. Lè yo démanti vérité sa-a piblikman oubyin lè yo défigiré-l, l’Égliz-la gin obligasion pou « sa yo tout té kouè, tout koté, tout tan-an » li fè-l kléré ankò (sin Vinsan de Lérins, + 450).

” Sé trè souvan pou nou médité Paròl Bondié-a, sa pèmèt l’Éspri-Sin-an anségné nou. Lè sa-a n-ap dékouvri sa Bondié pansé pa minm ak sa lèzòm pansé ; lè sa-a n-a rivé kontanplé Bondié tout bon vré-a épi konsidéré évènman-yo anba limiè-l ; n-ap gouté an kantité nan kè kontan ki soti nan vérité-a.
Benoît XVI, 22 févriyé 2006

 

14           Èské Liv ki Sin-yo sé vérité ?

« Liv sakré-yo ap anségné vérité-a solidman, fidèlman, san érè paské yo inspiré, sètadi yo ékri yo antan Éspri-Sin-an inspiré yo épi sé Bondié ki otè yo » (dézièm konsil Vatikan-an, Dei Verbum). [103-107]

Bib-la* pa tonbé déja ékri toutantié sot nan sièl épi sé pa dikté Bondié té dikté-l bay ékrivin-yo ki t-a tankou robo. Okontrè, Bondié « té chouazi kèk moun pou-l sèvi ak yo antan yo té gin izaj fakilté yo ak fòs yo pou li-minm li aji nan yo épi pa lintèmédiè yo pou yo transmèt alékri tout sa li té vlé, épi sa sèlman, tankou si sé vrè otè yo yé » (Vatikan II, Dei Verbum, 11). Pou yo té rékonèt tèl oubyin tèl lòt tèks kòm youn nan Liv ki sin-yo yo té doué konsidéré kijan tout l’Égliz-la té asképté tèks sa-yo an jénéral. Li té nésésè pou té gin yon akò ant kominoté krétièn-yo : « Oui, Bondié li-minm minm ap palé ak nou pa lintèmédiè tèks sa-a – sé l’Éspri-Sin-an ki inspiré-l. » Nan pami anpil anpil tèks yo té ékri nan l’Égliz-la nan prémié tan-yo, sa l’Éspri-Sin-an inspiré réyèlman-yo, yo té détèminé yo dépi katriyèm sièk-la nan sa yo rélé  Kanon Liv ki Sin-yo*.

?  INSPIRASION. (an latin inspiratio vlé di « souflé sou kichòy oubyin nan kichòy ») : sé infliyans Bondié sou moun ki té ékri Bib-la, sé sa-k fè yo kapab konsidéré Bondié li-minm kòm otè Liv ki sin-yo.

 

15           Kijan Liv ki Sin-yo kapab di « vérité » alòské tout sa-k ladan yo pa égzak ?

Bib-la pa ap chèché ba nou présizion istorik oubyin infòmasion osijè sians natirèl-yo. Moun ki té ékri-yo sé té moun pròp tan pa yo. Yo té konnin sa moun nan épòk yo ak nan kilti yo té konnin épi pafoua sé minm érè yo té konn fè ak yo. Poutan, tout sa moun-nan bézouin konnin osijè Bondié épi osijè chémin délivrans li-a, sa nan Liv ki Sin-yo san okinn posibilité tronpé. [106-107, 109]

?  KANON. (an latin canon vlé di « règ ») : pou Bib-la, kanon-an sé katalòg ofisièl Liv ki sin-yo nan Ansyin ak Nouvo Téstaman-an.

 

16           Ki fason ki pi kòrèk pou nou li Bib-la ?

Nou li Bib*-la yon fason kòrèk lè nou li-l antan nou priyé, sètadi avèk sékou l’Éspri-Sin-an ki té fè yo ékri-l la. Li sé Paròl Bondié épi li gin ladan-l révélasion définitif Bondié ba nou-an. [109-119, 137]

Bib*-la, sé tankou yon lèt byin long Bondié ékri nou chak. Sé poutèt sa yo doué résévoua Liv ki Sin-yo ak anpil rinmin ak anpil réspè : sa-k impòtan toudabò sé li lèt Bondié-a éféktivman, sa vlé di sé pa pran kèk ti détay antan nou néglijé mésaj global tout tèks-la ap bay-la. Lè sa-a sé pou-m intèprété mésaj-la apati sa ki kè mistè-a : Jézu-Kri, li minm tout Bib-la ap palé osijè-l la, minm Ansyin Téstaman-an*. Lafoua mouin doué ginyin pou-m li Liv ki Sin-yo, sé lafoua byin vivan l’Égliz-la ginyin-an, sé la liv sa-yo soti. ¬ 491

?  BIB. (an grèk biblos vlé di « liv ») : ak mo « Bib »-la, Juif-yo ak Krétyin-yo dézignin yon koléksion Liv ki sin, yo ékri pandan plis pasé mil ané ki dokiman santral lafoua yo-a. Bib krétyin-an pi gro pasé Bib juif-la paské li gin ladan-l tou kat Évanjil-yo, lèt sin Pòl-yo, Apokalips-la ak kèk lòt liv l’Égliz prémié tan-an.

” Bib-la sé yon lèt-damou Bondié voyé ba nou.
Sören Kierkegaard (1813-1855, filozòf, moun péyi Dànmark)

 

Liv ki nan Bib-la (Kanon*)

Ansyin Téstaman (46 liv)

Liv istorik-yo

Jénèz (Jén), Égzòd (Égz), Lévitik (Lv), Nonb (Nb), Détéronòm (Dt), Jozué (Joz), Jij (Jj), Ruth (Rt), 1 Samuèl (1 S), 2 Samuèl (2 S), 1 Roua (1 R), 2 Roua (2 R), 1 Kronik (1 Kro), 2 Kronik (2 Kro), Ésdras (Ésd), Néémi (Né), Tobi (Tb), Judit (Jdt), Éstè (Ést), 1 Makabé (1 M), 2 Makabé (2 M).

Liv sajès-yo

Jòb (Jb), Psòm (Ps), Provèb (Pr), Éklézias oubyin Koélèt (Ékl), Kantik kantik-yo (Kt), Sajès (Sj), Ékléziastik oubyin Sirasid (Si).

Profèt-yo

Izayi (Iz), Jérémi (Jr), Lamantasion (Lm), Baruk (Ba), Ézékièl (Éz), Danièl (Dn) Ozé (Oz), Joèl (Jl), Amòs (Am), Abdias (Ab), Jonas (Jon), Miché (Mi), Naoum (Na), Abakuk (Abk), Sofoni (So), Ajé (Aj), Zakari (Za), Malachi (Ml).

?  ANSYIN TÉSTAMAN. (nan latin testamentum, « éritaj, téstaman ») : prémié pati Bib-la épi Sint Ékritu juif-yo. Ansyin Téstaman l’Égliz katolik-la gin 46 liv ladan-l: liv istorik-yo, liv profétik-yo épi litératu sajès-la ak psòm-yo.

 

Nouvo Téstaman (27 liv)

Évanjil-yo

Matié (Mt), Mark (Mk), Luk (Lk), Jan (Jn).

Travay Apot-yo (Tr)

Lèt sin Pòl-yo

Romin (Rm), 1 Korintyin (1 Kor), 2 Korintyin (2 Kor), Galat (Ga), Éfézyin (Éf), Filipyin (Fp), Kolosyin (Kol), 1 Tésalonisyin (1 Tés), 2 Tésalonisyin (2 Tés), 1 Timoté (1 Tm), 2 Timoté (2 Tm), Tit (Tt), Filémon (Fm), Ébré (Éb).

Lèt katolik-yo

Jak (Jk), 1 Piè (1 P), 2 Piè (2 P), 1 Jan (1 Jn), 2 Jan (2 Jn), 3 Jan (3 Jn), Jude (Jd)

Apokalips sin Jan-an (Ap).

?  NOUVO TÉSTAMAN. Dézièm pati Bib-la. Li gin tèks ki pròp pou krétyin-yo, sètadi kat Évanjil-yo, Travay Apot-yo, katòz Lèt Pòl-yo, sèt Épit katolik-yo épi liv Apokalips-la.

” Bib-la pa la pou nou kritiké-l, min pou-l kritiké nou.
Sören Kierkegaard

 

17           Ki inpòtans Ansyin Téstaman-an pou krétyin-yo ?

Nan Ansyin Téstaman*-an, Bondié révélé pròp tèt-li kòm kréatè tout bagay, ki fè tout bagay kontinué égzisté épi k-ap gidé, k-ap édiké moun-yo. Liv Ansyin Téstaman-yo, yo minm tou, sé Paròl Bondié épi Liv ki Sin. San Ansyin Téstaman-an yo pa kapab konprann Jézu. [121-123, 128-130, 140]

Pou nou kapab aprann lafoua-a, gin yon gran istoua ki kòmansé ak Ansyin Téstaman*-an, li pran yon diréksion ki détèminan ak Nouvo Téstaman*-an épi l-ap rivé nan aboutisman-l lè tout bagay va fini épi Kris-la va rétounin. Donk, Ansyin Téstaman-an sé plis pasé yon introdiksion pou Nouvo Téstaman-an. Ni kòmandman-yo ak profési-yo, sa yo jouinn nan li-yo é ki té konsèné pèp ansyin Alians-la, ni promès-yo ki té pou tout moun-yo, yo pa-t janm aboli yo. Nan liv ansyin Alians-la nou jouinn yon trézò priyè ak tèks sajès ki iranplasab : Psòm-yo an patikilié toujou rété nan kè priyè l’Égliz-la ap fè chak jou.

” Bondié Abraam-nan, Bondié Izaak-la, Bondié Jakòb-la, sé pa pa filozòf-yo ak savan-yo… Sé sèlman nan chémin l’Évanjil-la montré-a nou rivé jouinn li.
Blaise Pascal, apré yon ékspérians rankont ak Bondié.

” Sé sèlman lè nou rankontré Bondié vivan-an nan Kris-la, nou konnin kisa lavi-a yé : Pa gin anyin ki pi bèl pasé rankontré Kris-la épi dékouvri sipriz Bòn Nouvèl-la.
Benoît XVI, 24 avril 2005 

 

18           Ki inpòtans Nouvo Téstaman-an pou krétyin-yo ?

Nan Nouvo Téstaman-an*, Révélasion* Bondié-a akonpli nèt. Kat évanjil-yo – dapré Matié, Mark, Luk épi Jan – sé pati santral Liv ki Sin-yo épi trézò ki gin plis valè pou l’Égliz-la. Nan yo, Pitit Bondié-a montré tèt-li jan-l yé-a épi li vîn rankontré nou. Nan liv Travay Apot-yo, nou dékouvri prémié kòmansman l’Égliz-la gras a aksion l’Éspri-Sin-an. Nan lèt apot-yo, tout aspè lavi moun-nan jouinn ékléraj limiè Kris-la. Nan Apokalips-la, nou déja ouè davans kijan tout bagay ap fini. [124-127, 128-130, 140]

Sé Jézu ki tout sa Bondié té vlé di nou. Tout Ansyin Téstaman-an té préparé  pou Pitit Bondié-a té kapab vîn tounin moun. Tout promès Bondié-yo vîn akonpli gra a Jézu. Vîn krétyin vlé di fè youn chak foua pi séré ak lavi Kris-la. Poutèt sa, nou doué li évanjil-yo épi viv dapré sa yo di. Madlèn Dèlbrèl té di : « Gras a Paròl li-a, Bondié di nou kiyès li yé épi kisa-l vlé ; li di-l yon foua pou tout, li di-l pou chak jou… Lè nou kinbé évanjil-la nan min nou, nou t-a doué pansé sé ladan-l Paròl Bondié-a abité, li-minm ki vlé pran chè nan nou-an, li minm ki vlé pran nou pou antan kè pa-l gréfé nan pa nou-an épi éspri-l branché sou éspri pa nou-an, nou rékòmansé lavi li-a nan yon lòt koté, yon lòt tan, yon lòt fòm sosiété moun-yo. »

” Pa konnin Liv ki sin-yo, sé pa konnin Kris-la.
S. Jérôme (347-419, Pèr-de-l’Égliz, doktè (savan sakré) l’Égliz-la ki té tradui Bib-la an latin).

” Liv ki sin-yo, sé pa yon bagay pou tan pasé. Granmèt-la pa palé nan tan pasé min li palé oprézan, l-ap palé jodi-a avèk nou, li ofri nou limiè, li montré nou chémin lavi-a, li ofri nou yon kominoté, konsa li préparé nou épi li ouvri kè-nou pou lapè.
Benoît XVI, 29 mas 2006.

 

19           Ki ròl Liv ki Sin-yo ginyin nan l’Égliz-la ?

Sé nan Liv ki Sin-yo l’Égliz-la jouinn lavi-li ak fòs-li. [103-104, 131-133, 141]

An déyò prézans Kris-la nan sint Ékaristi-a, l’Égliz-la pa gin anyin li réspékté, li vénéré plis pasé prézans Bondié nan Liv ki Sin-yo. Nan Mès-la, nou résévoua léktu Évanjil-la antan nou kanpé paské nan paròl moun n-ap tandé-a, sé Bondié li-minm k-ap palé ak nou.  ¬  128.

” Liv ki sin-yo, lè nou li yo, sé pran nou pran konsèy nan min Kris-la.
S. François d’Assise (1182-1226, fondatè yon kominoté rélijié, sé yon mistik li té yé, moun ki té profondé nan inion ak Bondié-a).

 

 

TOUAZIÈM CHAPIT

Moun-yo réponn Bondié 

20           Lè Bondié ap palé ak nou, kijan pou nou réponn li ?

Réponn Bondié, sé kouè nan li. [142-149]

Moun ki vlé kouè-a bézouin yon kè ki gin konprann (1 R 3,9). Bondié ap chèché antré an kontak avèk nou nan diféran fason. Chak foua nou rankontré yon moun, chak foua nou sézi dévan bèlté lanati-a, chak bagay ki sanblé rivé paraza, chak défi, chak doulè, gin yon mésaj sékrè ki kaché ladan-l, yon mésaj Bondié ap voyé ba nou. Yon fason ki pi klè, Bondié ap palé ak nou pa lintèmédiè Paròl li-a oubyin pa lintèmédiè voua konsians nou. L-ap palé ak nou tankou ak yon zanmi. Donk nou doué réponn li minm jan-an tou, an zanmi. Fòk nou kouè nan li, fòk nou fè-l konfians nèt-alé, fòk nou aprann konnin-l pi byin épi aksépté ninpòt sa li mandé nou fè.

” Dapré natu-li, lafoua-a sé akéyi yon vérité intèlijans-nou pa kapab rivé jouinn pou kont-li ; li fondé tou sinpléman épi obligatouaman sou témouagnaj-la.
Bienheureux John Henry Newman (1801-1890, li té konvèti sot nan l’Égliz Anglikan-an épi, pi ta, li vîn yon Kadinal nan l’Égliz katolik-la, filozòf anglè épi téolojyin)

 Amèn, réyèlman, mouin di nou, si nou t-a gin lafoua tankou yon grinn sénvé, n-ap di mòn sa-a : « Travèsé sot isit-la, al laba-a », épi l-ap travèsé ; épi anyin pap inposib pou nou.
Matié 17,20. 

 

21           Kisa lafoua-a yé?

Lafoua-a, sé konnin épi gin konfians. Li gin sèt karaktéristik:

  • Lafoua-a sé yon kado gratis Bondié ba nou lè nou mandé-l li ak tout kè nou;
  • Lafoua-a sé fòs ki dépasé sa nou ginyin natirèlman, fòs sa-a nou bézouin nésésèman pou nou rivé sové-a;
  • Lafoua-a égzijé pou gin yon volonté ki lib épi yon disènman intèlijans ki klè lè moun-nan ap réponn Bondié k-ap invité-l la;
  • Lafoua-a sé yon asirans vérité san réstriksion paské sé Jézu ki garanti-l;
  • Lafoua-a pa fîn bout, li manké kichòy, toutotan li pa aji nan lacharité-a;
  • Lafoua-a grandi, lè nou kouté Paròl Bondié-a chak foua pi byin épi lè nou antré nan yon dialòg ak Paròl sa-a nan lapriyè pou nou rivé viv li;
  • Lafoua-a déja ba nou koulié-a yon avangou kè kontan sièl-la.

[153-165, 179-180, 183-184]

Anpil moun di kouè pa asé pou yo, yo vlé konnin. Min mo « kouè »-a gin dé sans ki byin diféran. An nou pran yon égzanp. Lè yon moun pral lagé kò-l anba ak yon parachut (« un parachutiste ») épi li mandé anplouayé térin aviasion-an: « Èské yo té byin pliyé parachut-la? » épi anplouayé mamòté ba li: « Ébyin… mouin “kouè” li byin pliyé, oui », répons sa-a pa konvink parachutist-la, li bézouin « konnin ». Min, si-l té mandé yon zanmi-l pliyé parachut-la pou li, épi zanmi sa-a réponn minm késion-an antan-l di: « Oui, sé mouin-k pliyé-l pèsonèlman. Ou mèt “kouè”-m »; lè sa-a parachutist-la ap réponn: « Oui, mouin kouè-ou. » Lafoua sa-a plis pasé yon « konnin », sé yon vérité asiré ki sètin. Sé yon kalité lafoua konsa ki té fè Abraam pati pou l-al nan tè yo té promèt li-a. Sé yon kalité lafoua konsa ki fè mati-yo* té kinbé fèm jous nan lanmò. Sé kalité lafoua sa-a k-ap soutni krétyin y-ap pèsékité-yo jodi-a tou. Yon lafoua ki pran moun-nan toutantié. ¬ 307

” Kouè vlé di sipòté pandan tout lavi-nou konprann nou pa kapab konprann Bondié-a.
Karl Rahner (1904-1984, téolojyin alman) 

” Mouin pa t-ap kouè si-m pa-t ouè sa rézonab pou-m kouè.
S. Thomas d’Aquin. 

” Kouè gin Bondié, sa vlé di : dékouvri yo pa ko fîn di tout bagay osijè réalité tè-a. Kouè gin Bondié, vlé di dékouvri lavi-a gin yon sans.
Ludwig Wittgenstein (1889-1951, filozòf, moun péyi Otrich). 

” Sa nou kouè-a inpòtan, min sa-k pi inpòtan-an minm sé nan kilès nou kouè-a.
Benoît XVI, 28 mé 2006

 

22           Sa sa vlé di: Kouè?

Moun ki kouè-a ap chèché yon rélasion pèsonèl ak Bondié épi li dispozé kouè tout sa Bondié montré-l (révélé-l) osijè pròp tèt pa-l. [150-152]

Souvan, lafoua-a kòmansé apati yon événman ki boulvèsé moun-nan oubyin yon problèm ki fè-l réfléchi. Moun-nan santi bagay li rivé ouè-yo épi déroulman nòmal bagay-yo sé pa sa sèlman ki tout égzistans-la. Li santi gin yon mistè profon ki travèsé-l. Li suiv tras sa-yo ki minnin-l nan égzistans Bondié épi ofi-amézi li pran konfians pou-l palé ak li épi finalman pou-l antré nan yon rélasion avèk li san yo pa fòsé-l. Nan évanjil Jan-an, nou li: Pèsonn pa janm ouè Bondié; sèl Pitit Bondié-a, sa ki sou pouatrîn Papa-a, sé li minm ki éspliké-li (Jn 1, 18). Sé poutèt sa nou doué kouè Jézu, Pitit Bondié-a, si nou vlé konnin sa Bondié vlé kominiké nou. Donk, kouè vlé di mété-n an akò avèk Jézu épi mizé tout lavi nou sou li.

” Credo, ut intelligam – « Mouin kouè, pou-m kapab konprann »
S. Anselme de Canterbury (1033/34-1109, doktè (savan sakré) l’Égliz-la, téolojyin Mouayinnaj-la). 

” Mouin pa gin okinn imajinasion. Mouin pa kapab réprézanté-m Bondié Papa-a. Tout sa-m kapab ouè sé Jézu.
Bienheureuse Mère Teresa (1910-1997, « Anj Kalkuta »-a, fondatris yon kongrégasion rélijiéz, Pri Nobèl lapè an 1979)

 

23           Èské gin kontradiksion ant lafoua ak lasians?

Pa gin okinn kontradiksion yo pa kapab rézoud ant lafoua ak lasians paské pa kapab gin dé vérité kontradiktoua. [159]

Pa gin yon vérité lafoua-a ki t-a an konkirans ak yon vérité sians-la. Sé yon sèl vérité ki ginyin ki konsèné ni lafoua-a ni rézònman siantifik-la. Bondié té vlé ba nou intèlijans-la ki fè nou konnin prinsip òganizasion inivè-a épi li té vlé ba nou lafoua-a. Sé poutèt sa lafoua krétyin-an révéyé épi anjourajé sians-yo, minm sians natirèl-yo. Pa lintèmédiè lafoua-a, nou konnin réalité ki dépasé kapasité intèlijans nou, min poutan yo réyèl, minmsi rézònman-an pou kont-li pa kapab rivé jouinn yo. Lafoua-a fè sians-yo sonjé yo pa gin pou pran plas Bondié épi yo doué sèvi kréasion-an épi réspékté dignité moun-nan kòm moun.

” Pèsonn moun pa kapab rivé nan konésans réalité Bondié-yo ak réalité moun-yo si-l pa étidié matématik afon anvan.
S. Augustin (354-430, doktè (savan sakré) l’Égliz-la ékrivin épi téolojyin prémié sièk l’Égliz-la) 

” Nou pa ouè okinn kontradiksion ant Bondié ak sians-la. Youn pa ékskli lòt, jan kèk moun pansé-a oubyin jan kèk moun pè pou sé konsa sa t-a yé-a, an réalité youn konplété lòt, youn sipozé lòt.
Max Planck (1858-1947, fizisyin, Pri Nobèl an 1918, sé li-minm ki invanté téori « quanta »-yo)

 

24           Kisa lafoua-m nan gin pou-l ouè ak l’Égliz-la?

Pèsonn moun pa kapab kouè pou kont-li, minm jan pèsonn moun pa kapab viv pou kont-li. Nou résévoua lafoua-a nan l’Égliz-la épi nou viv-li an kominion ak tout moun ki gin minm lafoua sa-a. [166-169, 181]

Lafoua-a sé bagay ki pi pèsonèl lakay yon moun, époutan sé pa yon bagay moun-nan ka viv san rélasion ak lòt-yo. Moun ki vlé kouè-a doué di « mouin » épi an minm tan « nou », paské yon lafoua yo pa kapab patajé ni kominiké bay lòt-yo t-a irasionèl. Chak moun ki kouè pèsonèlman aksépté patisipé an tout libèté nan « Nou kouè » l’Égliz-la* ap di-a. Sé l’Égliz-la ki transmèt li lafoua-a. Sot nan yon sièk al nan yon lòt, li transmèt lafoua-a, li protéjé-l kont tout défòmasion épi li fè limiè-l pa janm sispann kléré. Sé sa-k fè lafoua-a fè nou patisipé nan yon konviksion nou gin ansanm. Lafoua lòt-yo ap poté-m, minm jan difé lafoua-m nan limin difé oubyin fòtifié difé-a lakay lòt-yo. « Mouin »-an ak « Nou »-an nan lafoua-a parèt klè nan dé fòmil déklarasion lafoua ki sèvi nan priyè l’Égliz-la: Sinbòl Apot-yo ki kòmansé antan nou di « Mouin kouè » (Credo*) épi gran déklarasion lafoua Nisé-Konstan­ti­nòpl-la ki té kòmansé nan prémié fòmilasion-l ak « Nou kouè » (Credi­mus).

?  CREDO. (an latin credo vlé di « mouin kouè ») : sé prémié mo Sinbòl Apot-yo ki tounin yon fason pou dézignin diféran déklarasion lafoua l’Égliz-la, koté éléman prinsipal lafoua-a rasanblé annòd.

 Koté dé ou toua rasanblé réyèlman onon-m, la mouin nan mitan yo.
Matié 18,20 

  

DÉZIÈM SÉKSION

Déklarasion lafoua krétyin-an 

25           Poukisa lafoua-a bézouin définision ak fòmil?

Lè yon moun ap di sa-l kouè, sé pa paròl ki pa gin sans l-ap di, min sé yon réalité l-ap déklaré. Nan déroulman sièk-yo, yo té konpozé diféran fòmil déklarasion lafoua nan l’Égliz-la*. Antan nou apuiyé sou yo, nou kapab kontanplé réalité sa-a, éksprimé-l, aprann li, patajé-l ak lòt-yo, sélébré-l épi viv li. [170-174]

Si pa t-a gin fòmil déklarasion ki établi, sa-k gin nan lafoua-a t-ap déléyé antan-l pèdi fòs li. Sé poutèt sa l’Égliz-la* bay yon séri fraz anpil inpòtans, – paské, anpil foua, tèks égzak fraz sa-yo, sé avèk anpil difikilté yo té rivé fiksé yo, – pou li kapab protéjé mésaj Kris-la anba tout mové konpréansion ak tout défòmasion ki t-a mété manti ladan-l. Fòmil déklarasion lafoua-yo inpòtan anpil sitou lè yo doué tradui lafoua l’Égliz-la nan diféran kilti-yo san anyin pa chanjé nan sa-l yé. Paské sé kouè minm bagay-la ki fondman inité l’Égliz-la.

26           Kisa déklarasion oubyin profésion lafoua-yo yé?

Déklarasion lafoua-yo oubyin profésion lafoua-yo sé kèk fòmil lafoua-a byin kout ki pèmèt tout moun ki kouè-yo di lafoua yo ansanm. [185-188, 192-197]

Lèt Sin Pòl-yo déja gin kèk fòmil kout konsa. Sinbòl Apot prémié kòmansman l’Égliz-la gin yon valè spésial paské yo konsidéré-l kòm yon rézimé lafoua Apot-yo*. Sinbòl Nisé-Konstantinòpl-la mérité gran réspè paské li sòti nan gran Konsil l’Égliz-la ki pa-t ko gin divizion nan épòk yo té fòmilé-l la (Nisé, ané 325; Konstantinòpl, ané 381). Jous jodi-a sé li-minm ki baz lafoua-a ni pou krétyin ki an Orian-yo ni pou sa-k an Oksidan-yo.

27           Koté déklarasion lafoua sa-yo soti? Kijan yo fèt?

Déklarasion lafoua sa-yo soti nan Jézu, li minm ki té pasé disip li-yo lòd pou yo batizé. Lè sa-a yo té doué mandé moun-nan pou-l fè yon déklara­sion lafoua byin klè, sètadi lafoua nan Papa-a, Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an (Trinité*).

Fondman tout lòt déklarasion lafoua k-ap vîn apré, sé « déklarasion » Jézu sé Granmèt-la épi li té bay moun ki kouè-yo yon mision: Konsa, antan n-alé, fè tout nasion-yo vîn tounin disip antan nou batizé yo onon Papa-a ak Pitit-la ak Éspri Sin-an (Mt 28,19). Tout déklarasion lafoua nan l’Égliz-la* sé yon dévlopman lafoua nan Trinité-a. Yo toujou kòmansé antan yo déklaré Papa-a ki kréyé tout bagay épi ki kinbé yo nan égzistans-la. Apré sa yo kontinué ak Pitit-la ki poté délivrans-la pou tè-a ak pou nou chak. Yo débouché sou l’Éspri-Sin-an, prézans Bondié nan l’Égliz-la épi sou tè-a.

” L’Égliz-la… konsèvé avèk souin [lafoua ak mésaj Apot-yo], kòmsi sé nan yon sèl kay li t-a rété ; konsa tou, li kouè nan vérité sa-yo kòmsi sé yon sèl nanm, yon sèl kè li t-a ginyin ; ak yon sèl voua, li proklamé vérité sa-yo, li anségné yo épi li transmèt yo kòmsi sé yon sèl bouch li t-a ginyin.
S. Irénée de Lyon (anviron 135-anviron 202, Pèr-de-l’Égliz) 

” Sé pou Credo-ou la tankou yon glas pou ou ! Gadé-ou nan li : pou ouè si-ou kouè tout sa ou déklaré ou kouè-a. Épi fè kè-ou kontan chak jou poutèt Lafoua-ou la.
S. Augustin 

” Pa gin pèsonn moun k-ap viv pou kont-li, pa gin pèsonn ki kouè pou kont-li. Bondié ba nou paròl li-a. Antan l-ap fè sa-a, li rasanblé nou, li kréyé yon kominoté, pèp li-a, l’Égliz li-a. Apré Jézu fîn pati, l’Égliz-la sé sign prézans-li sou tè-a.
S. Basile de Césarée (Vèm sièk, évèk) 

 

28           Kisa Sinbòl Apot-yo di?

Mouin kouè nan Bondié, Papa-a ki gin tout pouvoua.
Li kréyé sièl-la ak tè-a.
Mouin kouè nan Jézu-Kri, sèl Pitit Bondié-a. Li sé Granmèt nou-an.

Sé pa pouvoua l’Éspri Sin-an kò li vîn fèt nan vant Mari ki vièj é li tounin yon moun.
Li soufri sou ringn Pons Pilat, yo klouré-l sou koua-a,
Li mouri é yo antéré li. Li désann koté mò-yo té yé-a.
Sou touazièm jou li lévé byin vivan sot nan pami mò-yo.
Li monté nan sièl-la é li chita adouat Papa-a ki gin tout pouvoua.
Li gin pou-l rétounin pou jijé ni moun k-ap viv, ni moun ki mouri.
Mouin kouè nan l’Éspri Sin-an.

Mouin kouè l’Égliz-la Sin é li la tout moun.
Mouin kouè tout byin zanmi Bondié-yo fè sèvi lòt-yo.

Mouin kouè péché-yo jouinn padon.
Mouin kouè kò moun ki mouri-yo va lévé byin vivan.

Mouin kouè nan lavi ki pap janm fini-an.   Amèn !

 

29           Kisa Sinbòl Nisé-Konstantinòpl-la di?

Mouin kouè gin yon sèl Bondié.
Sé Papa-a, li gin tout pouvoua.
Li kréyé sièl-la ak tè-a,
Li fè tou sa moun ouè ak tou sa moun pa ouè.
Mouin kouè gin yon sèl Granmèt, sé Jézu-Kri, sèl Pitit Bondié-a.
Li sé Pitit Papa-a dépi anvan tout tan.
Li sé Bondié nan Bondié-a, limiè nan limiè-a
Bondié tout bon vré nan Bondié tout bon vré-a,
Li sé Pitit, min sé pa kréyé yo kréyé li.
Li sé minm Bondié ak Papa-a.

Sé pa pouvoua li tout bagay fèt.
Sé pou tout moun, sé pou-l vîn sové nou, li désann sòt nan sièl.

Sé pa pouvoua l’Éspri-Sin-an kò-li vîn fèt nan vant Mari ki vièj,
               é li tounin yon moun.
Sé poutèt nou toujou, yo klouré li sou yon koua.
Li soufri, sou ringn Pons Pilat, é yo antéré li.
Sou toua jou li lévé, jan labib-la té di,
Li monté nan sièl, é li chita adouat Papa-a.
Li gin pou-l rétounin avèk tout pouvoua li,
pou-l jijé ni moun k-ap viv ni moun ki mouri,
É li va roua pou tout tan.
Mouin kouè gin l’Éspri-Sin-an.
Li sé Granmèt é li bay lavi.
Li sé l’Éspri Papa-a ansanm ak Pitit-la.
Yo adoré-l ansanm ak Papa-a, ansanm ak Pitit-la,
é li jouinn minm louanj avèk yo.
Sé li ki t-ap palé, lè profèt-yo t-ap palé.
Mouin kouè gin you sèl l’Égliz, ki fè yon sèl kòt fanmiy.
Li sin. Li la pou tout moun. Sé sou Apot-yo li bati.
Mouin rékonèt gin you sèl batèm pou padoné péché.
M-ap tann tout mò lévé, m-ap tann lavi k-ap vini-an.   Amèn.

 

 

PRÉMIÉ CHAPIT

Mouin kouè nan Bondié Papa-a

30           Poukisa sé nan yon sèl Bondié sèlman nou kouè?

Nou kouè nan yon sèl Bondié paské, dapré sa Liv ki Sin-yo témouagné-a, sé yon sèl Bondié ki ginyin épi paské lojikman pa kapab gin plis pasé yon sèl-la. [200-202, 228]

Si té gin dé Bondié, youn nan yo t-ap frontiè lòt-la; okinn nan yo pa t-ap san limit, okinn nan yo pa t-ap gin tout pèféksion; an konsékans okinn nan dé-yo pa t-ap Bondié (Yahvéh*). Min kijan Israèl éksprimé ékspé­rians fondamantal li té fè-a: Kouté, Israèl: Granmèt-la, Bondié nou, sé li sèl ki ginyin (Dt 6,4). San rété profèt-yo t-ap rélé pèp-la pou-l viré do bay fo-dié-yo épi pou-l tounin vîn jouinn sèl Bondié ki ginyin-an: Sé mouin minm ki Bondié, pa gin lòt (Iz 45,22).

 « Kouté Israèl, Granmèt-la, Bondié nou-an, sé yon sèl Gran­mèt li yé. Épi sé pou-ou rinmin Granmèt-la Bondié ou, ak tout kè-ou, ak tout éspri-ou, ak tout pansé-ou, ak tout fòs ou »
Mark 12, 29-30 

?  MONOTÉISM. (an grèk monos vlé di « yon sèl grinn-nan » épi theos, « Bondié ») : doktrîn osijè Bondié yo konsidéré kòm yon sèl-la ki absolu, ki intèlijans, volonté ak libèté, ki dènié fondman tout bagay. Rélijion monotéist-yo sé judayism, kristianism épi islam.

 

31           Poukisa Bondié bay tèt-li yon non?

Bondié bay tèt-li yon non paské li vlé pou moun kapab rivé rankontré-l. [203-213, 230-231]

Bondié pa vlé pou moun pa konnin-l. Li pa vlé pou yo réspékté-l sinpléman tankou yon « réalité ki anro nèt » yo t-a kapab santi li la, yo t-a kapab déviné li égzisté. Bondié vlé yo konnin-l épi li vlé yo rélé-l tankou yon égzistan k-ap aji. Nan touf rajé ki té plin difé-a, Bondié bay Moyiz Non-li ki sin-an: YHWH [יהוה] (Égz 3,14). Bondié pèmèt pèp li-a rankontré-l, poutan li toujou Bondié ki kaché-a, mistè ki prézan-an. Nan Israèl, poutèt yo réspékté Bondié, yo pa-t abitié prononsé Non Bondié-a (épi jouska prézan yo pa prononsé-l). Nan plas li, yo mété mo Adonay-la (« Granmèt »). Nouvo Téstaman-an* sèvi ak minm mo sa-a lè l-ap onoré Jézu kòm Bondié tout bon vré: Jézu sé Granmèt (Rm 10,9). 

?  YHWH / YAHVÉH. [יהוה]. Sé non ki pi inpòtan yo bay Bondié nan Ansyin Téstaman-an (Égz 3,14). Yo kapab tradui-l ak éksprésion « mouin la »-a. Pou Juif-yo ak pou krétyin-yo li indiké yon sèl Bondié ki kréyé tout bagay-la, li minm ki kinbé tout bagay nan égzistans-la, li ki patnè nou nan Alians-la, libératè anba ésklavaj Éjip-la, jij-la épi sovè-a. 

 Moyiz tandé voua Granmèt-la nan mitan rajé-a, li di-l : « M-apral kot pitit Israèl-yo, m-ap di yo : “Bondié zansèt nou-yo voyé-m koté nou”. Si yo di-m : “Ki non-l ?” Ki sa pou-m di yo ? » Bondié di Moyiz : « Sé mouin minm sa-a ki toujou la-a ». Li di : « Sé konsa ou-a di pitit Israèl yo : “Sa-a ki toujou la-a voyé-m koté nou” ». Bondié di Moyiz toujou : « Min sa ou-a di pitit Israèl-yo : “Granmèt Bondié zansèt nou-yo, Bondié Abraam, Bondié Izaak ak Bondié Jakòb voyé-m koté nou ; sé non sa-a m-ap gin pou tout tan, sé souvni-m sa pou jénérasion ak jénérasion” ».
Égzòd 3,13-15

 

32           Sa sa vlé di : Bondié sé vérité-a ?

Bondié sé limiè, pa gin fènoua nan li (1 Jn 1,5). Paròl-li sé vérité (Pr 8,7 ; 2 S 7,28) épi laloua li-a sé vérité (Ps 119,142). Jézu minm bay garanti Bondié sé vérité-a lè li déklaré dévan Pilat : Sé pou sa mouin vini sou tè-a : pou-m rann vérité-a témouagnaj (Jn 18,37). [214-217]

Yo pa kapab vérifié Bondié tankou jan sians-yo kapab fè-l pou bagay yo kapab égzaminé. Époutan Bondié li-minm té pèmèt yo vérifié-l yon fason spésial. Nou konnin Bondié sé vérité paské nou kapab kouè nèt alé nan Jézu. Li sé chémin-an, vérité-a, lavi-a (Jn 14,6). Tout moun ki mét konfians nan li kapab dékouvri-l épi ékspérimanté-l. Si Bondié pa-t « vérité », lafoua-a ak rézon-an pa t-ap kapab dialogé. Poutan toulèdé kapab dakò paské Bondié sé vérité-a épi vérité-a sé nan Bondié li soti.

” Jézu-Kri sé Vérité-a ki tounin moun, k-ap ralé tout bagay vîn jouinn li. Limiè k-ap kléré sot nan Jézu-a sé ékla vérité-a. Tout lòt vérité sé yon ti moso nan vérité li yé-a épi li ranvouayé nan li.
Benoît XVI, 20 févriyé 2006

 

33          Sa sa vlé di : Bondié sé rinmin ?

Si Bondié sé rinmin, lè sa-a pa gin okinn kréatu ki pa soutni épi vlopé nan yon byinvéyans san limit. Bondié pa sèlman déklaré li sé rinmin, li prouvé sa tou : Pèsonn pa gin pi gran rinmin pasé sa-a : pou yon moun bay lavi-li pou zanmi-l yo (Jn 15,13). [218-221]

Pa gin okinn lòt rélijion* ki di sa rélijion krétyin-an di-a : Bondié sé rinmin (Jn 4,8.16). Lafoua-a déklaré sa ak fòs minmsi ékspérians soufrans-la ak mal-la sou tè-a konn fè moun-yo douté ap mandé èské Bondié sé rinmin tout bon vré. Nan Ansyin Téstaman-an* déja, nan bouch profèt Izayi, Bondié té di pèp li-a : Poutèt ou gin valè dévan jé-m, ou gin bèlté, épi mouin minm mouin rinmin-ou, mouin rinmèt moun nan plas ou, ak nan plas lavi-ou. Pa pè, paské mouin avèk ou (Iz 43,4-5). Li fè-l konnin tou: Épi Siyon t-ap di Granmèt-la lagé-m, Granmèt-la bliyé-m. Èské yon fi kapab bliyé ti bébé l-ap bay tété, pou-l pa sansib pou pitit ki sot nan vant li? Minmsi t-a ginyin ki bliyé, mouin minm mouin pa gin doua bliyé-ou. Gadé sé nan plat min-m mouin ékri non-ou (Iz 49,14-15). Lè Jézu bay lavi-li pou zanmi-l yo sou koua-a, li montré sa-l té konn di osijè rinmin Bondié-a sé pa-t paròl vid.

” Bondié sé manman nou tout bon vré minm jan li sé papa nou-an.
Bienheureuse Juliana de Norwich (anviron 1342-anviron 1413, mistik anglèz) 

” Rinmin tout bon-an fè nou mal. Li doué toujou fè nou mal. Sa doué yon doulè pou rinmin yon moun ; yon doulè pou kité-l, ou t-a rinmin mouri pou li. Lè moun-yo ap marié, yo doué kité tout bagay pou yo rinmin youn lòt. Manman k-ap bay yon timoun lavi-a soufri anpil. Yo tèlman mal konprann épi mal sèvi ak mo rinmin-an !
Mère Teresa

 

34           Kisa pou nou fè lè nou rékonèt gin Bondié ?

Lè nou rékonèt gin Bondié, nou doué ba li prémié plas nan lavi-nou. Lè sa-a yon lavi tou nèf ap kòmansé pou nou. Yo t-a doué rékonèt krétyin-yo nan rinmin yo rinmin minm ènmi-yo. [222-227, 229]

Rékonèt Bondié, sé rékonèt prézans li-minm ki kréyé-m nan, ki té vlé pou-m égzisté-a, k-ap gadé-m ak rinmin san rété chak moman, ki béni lavi-m, ki konsèvé-l, ki kinbé tè-a ak tout moun mouin rinmin-yo nan min-l, k-ap tann mouin vîn jouinn li byin vit, ki t-a vlé konblé-m ak kontantman, minnin-m nan pèféksion-an épi ki souété pou-m toujou rété bò koté-l. Fè yon ti souri ba li pa asé. Krétyin-yo doué désidé viv minm jan ak Jézu.

” Granmèt mouin épi Bondié mouin, pran tout sa k-ap séparé-m ak ou. Granmèt mouin épi Bondié mouin, ban mouin tout sa k-ap ralé-m vîn jouinn ou. Granmèt mouin épi Bondié mouin, ouété-m nan min-m épi rinmèt mouin nan min-ou nèt-alé.
S. Nicolas de Flue (1417-1487, mistik épi èrmit péyi Suis) 

” Granmèt mouin Bondié, li minm m-ap sèvi an prémié.
Ste Jeanne d’Arc (1412-1431, fransèz ki té batay pou libèté péyi-li épi sint nasional an Frans) 

” Apati moman mouin vîn konnin Bondié égzisté-a, mouin pa-t kapab fè otréman pasé viv pou li.
Bienheureux Charles de Foucauld (1858-1916, èrmit krétyin nan dézè Sahara-a)

 

35           Èské nou kouè nan yon sèl Bondié oubyin nan toua divinité ?

Nou kouè nan yon sèl Bondié an toua pèrsòn (Trinité*). « Bondié pa solitid min kominion nèt-alé ki pa manké anyin » (Benoua XVI, 22 mé 2005). [232-236, 249-256, 261, 265-266]

Krétyin-yo pa priyé toua dié diféran, min yon sèl-la ki pa gin anyin tankou-l, ki manifésté kòm Trinité (an toua) antan-l toujou youn sèlman. Sé Jézu-Kri ki fè nou konnin Bondié sé trinité. Li-minm, Pitit-la palé osijè Papa-l nan sièl-la (Mouin minm ak Papa-a sé youn nou yé, Jn 10,30). Li priyé-l épi li ba nou l’Éspri-Sin-an ki sé rinmin Papa-a ak Pitit-la ginyin youn pou lòt-la. Sé poutèt sa nou batizé onon Papa-a ak Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an (Mt 28,19).

?  TRINITÉ. (an latin trinitas vlé di « chif toua-a ») : gin yon sèl Bondié-a min li an toua pèrsòn. Lè nou vlé insisté sou inité-a nan Bondié, nou di Trinité ; lè nou vlé distingé pèrsòn-yo nan Bondié, nou di toua pèrsòn ; konsa minm nan fason pou palé-a nou montré jan sa difisil pou « nonmin » mistè sa-a.

 

36           Èské apati yon rézònman lojik, yo kapab rivé déklaré Bondié sé trinité ?

Non. Trinité* Bondié-a sé yon mistè. Nou pa kapab rivé konnin Trinité-a si sé pa atravè Jézu-Kri. [237]

Si sé avèk kapasité pròp intèlijans pa-yo sèlman y-ap sèvi, moun-yo pa t-a kapab rivé déklaré égzistans Sint Trinité-a. Min mistè sa-a, rézon nou kapab antré ladan-l lè nou akéyi Révélasion* Bondié-a nan Jézu-Kri. Si Bondié té pou kont-li, tou sèl, li pa t-a kapab rinmin dépi tout étènité-a. Nan limiè Jézu nou jouinn tras Bondié an toua pèrsòn-nan déja nan Ansyin Téstaman-an* (parégzanp Jén 1,2 ; 18,2 ; 2 S 23,2) épi minm nan tout kréasion-an.

” Dépi gin rinmin, gin yon trinité, yon moun ki rinmin-an, yon moun yo rinmin-an épi sous rinmin-an.
S. Augustin

 

37           Kijan Bondié sé « Papa » ?

Nou réspékté Bondié kòm Papa, toudabò paské li sé Kréatè-a épi l-ap okipé kréatu li yo ak rinmin. Jézu, Pitit Bondié-a, aprann nou tou pou nou konsidéré Papa-l kòm Papa-nou épi nou kapab palé avèk li antan nou rélé-l : « Papa-nou. » [238-240]

Diféran rélijion ki té la anvan rélijion krétyin-an té déja konn rélé Bondié « Papa ». Nan Israèl, anvan Jézu, yo té déja konn palé ak Bondié antan yo rélé-l Papa (Dt 32,6 ; Ml 2,10) antan yo té konnin li té tankou yon Manman tou (Iz 66,13). Nan ékspérians moun abitué fè, papa-a ak manman-an sé sous-la yo yé épi otorité-a, sé yo ki protéjé épi ki soutni nou. Jézu-Kri vîn montré nou kòman Bondié sé Papa tout bon vré : Moun ki ouè-m, li ouè Papa-a (Jn 14,9). Nan parabòl pitit yo té pèdi-a (ti banbochè-a), Jézu éksprimé souaf moun-yo ginyin nan fin-fon kè yo pou yo rankontré yon Papa mizérikòd. ¬ 511-527

” Sé mémoua Papa-a k-ap kléré profondè idantité moun-yo : koté nou soti-a, kiyès nou yé épi ki grandè dignité nou ginyin-an. Sètènman sé nan paran-nou nou soti épi nou sé pitit yo, min nou soti nan Bondié tou, ki kréyé nou dapré résanblans-li épi ki rélé nou pou-n tounin pitit-li. Sé poutèt sa pa gin pèsonn moun ki fèt paraza oubyin sou chans, min chak moun sé yon projè rinmin Bondié-a. Sé sa Jézu-Kri révélé nou, li-minm ki Pitit Bondié tout bon vré épi moun ala pèféksion-an. Li konnin koté-l soti épi koté nou tout nou soti : nan rinmin Papa-li ki Papa nou-an tou.
Benoît XVI, 9 juiyè 2006

 

38           Kilès l’Éspri-Sin-an yé ?

L’Éspri-Sin-an sé touazièm pèrsòn Sint Trinité-a*. Li Bondié épi li patajé ansanm ak Papa-a ak Pitit-la minm gloua Bondié-a. [243-248, 263-264]

Lè nou dékouvri réalité Bondié-a nan nou, sèké nou anba infliyans l’Éspri-Sin-an. Bondié té voyé l’Éspri Pitit li-a nan kè-nou (Ga 4,6) pou li kapab réponn nou an plin. Nan l’Éspri-Sin-an, krétyin-an jouinn kontantman ki fon, lapè sou paranndan-an épi libèté-a. Nou pa-t résévoua éspri ésklavaj-la yon lòt foua ankò réyèlman, pou krint, min nou té résévoua l’Éspri pitit Bondié-a, li minm nou rélé ‘Aba’, ‘Papa’, nan li-a (Rm 8,15). Nan l’Éspri-Sin-an nou té résévoua lè batèm-nou ak konfirmasion*-nou, nou kapab di Bondié : « Papa ». ¬ 113-120, 203-207, 310-311

” Vini vizité nou, Éspri Kréatè. Vini kléré nanm pitit ou-yo. Ranpli kè nou ak lagras épi limiè. Ou minm ki kréyé tout bagay avèk rinmin.
Raban Maur, imn Veni Creator Spiritus, IXèm sièk

 

39           Èské Jézu sé Bondié ? Èské li sé youn nan Trinité-a ?

Jézu, moun Nazarèt-la, sé Pitit-la, dézièm pèrsòn nan Sint Trinité-a, sé li minm nou rélé lè nou priyé antan nou di : Onon Papa-a ak Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an (Mt 28,19). [243-260]

Lè Jézu té prézanté pròp tèt-li kòm mèt saba-a* épi li té kité yo rélé-l ak tit « Granmèt »-la ki tit Bondié, sé soua li t-ap tronpé moun, soua sé Bondié li yé réyèlman. Si-l pa-t Bondié sé sakrilèj li t-ap fè, sé déréspékté li t-ap déréspékté Bondié lè li t-ap padoné péché-yo. Pou moun ki t-ap viv nan minm épòk avè-l yo, krim sa-a té mérité lanmò. Gras a mirak ak sign li t-ap fè-yo épi sitou gras a Réziréksion-l nan, disip li-yo té dékouvri kilès Jézu té yé vrèman épi yo té adoré-l kòm Granmèt-la. Sé sa ki lafoua l’Égliz-la*.

 Nou minm nou rélé-m Mèt-la, épi Granmèt-la. Nou di byin, réyèlman sé sa mouin yé.
Jan 13,13 

 Réyèlman, pa gin dòt non anba sièl-la yo bay moun-yo pou yo kapab sové nan li.
Travay Apot-yo 4,12

 

40           Èské Bondié kapab fè tout bagay ? Èské-l gin tout pouvoua ?

Nan pouin okinn paròl ki pa kapab réalizé pou Bondié (Lk 1,37). Li gin tout pouvoua. [268-278]

Yon moun rélé Bondié lè-l gin problèm paské li kouè Bondié gin tout pouvoua. Bondié kréyé tout bagay apati anyin. Li sé mèt istoua-a. L-ap dirijé tout bagay épi li kapab fè tout bagay. Fason li sèvi ak tout pouvoua li ginyin-an sé yon mistè. Sa rivé anpil foua pou y-ap mandé : « Min ki koté Bondié té yé ? ». Pa lintèmédiè profèt Izayi li réponn : Sèké pansé pa nou sé pa pansé pa-m, chémin pa-m sé pa chémin pa nou (Iz 55,8). Sa rivé anpil foua pou Bondié manifésté tout puisans-li koté lèzòm pa t-ap tann anyin ankò. Inpuisans vandrédi sin-an té kondision Réziréksion-an. ¬ 51, 478, 506-507

 Sèké mouin konnin Granmèt-la gran, Bondié nou-an anlè tout dié-yo. Tou sa Granmèt-la vlé, li fè-l nan sièl-la ak sou tè-a, nan lanmè-a ak nan tout bafon-yo.
Ps 134,5-6 

 Aba (Papa), tout bagay posib pou ou, ouété kalis sa-a sot nan min-m ; sèlman, sé pa sa mouin vlé-a, sé sa ou vlé-a.
Priyè Jézu fè nan jadin Jétsémani-an (Mark 14,36)

 

41           Èské dékouvèt siantifik-yo fè yo pa bézouin pansé gin yon Kréatè?

Non. Lè yo di « Bondié kréyé tout bagay » sé pa yon déklarasion siantifik ki démodé. Sé yon déklarasion téolojik, sa vlé di yon déklarasion osijè plas bagay-yo ginyin nan plan Bondié té vlé-a (théòs, « Bondié », logòs, « signifikasion ») épi osijè orijîn yo ki sot nan Bondié. [282-289]

Istoua kréasion-an pa yon éksplikasion siantifik sou kòmansman égzistans tè-a.  « Bondié kréyé tè-a » sé yon afirmasion téolojik koté y-ap palé osijè rélasion tè-a ak Bondié. Bondié té vlé égzistans tè-a, l-ap akonpagné-l épi li vlé minnin-l nan akonplisman-l. Lè yo di yon réalité sé « kréyé yo kréyé-l » sé karaktéristik réalité-a nan li-minm y-ap indiké épi yon vérité élémantè y-ap di osijè-l.

 Min ou pran pitié pou tout moun, paské ou kapab fè tout bagay, ou padonnin péché moun-yo lè yo régrèt. Ou rinmin tout bagay ki égzisté, ou pa rayi anyin nan sa-ou fè-yo, ou pa kapab rayi anyin nan sa-ou mét kanpé, nan sa-ou fè.
Sajès 11,24

 

42           Èské yon moun kapab patizan « évolision »-an ak fèm konviksion épi pou li kouè kanminm nan yon Kréatè ?

Oui. Lafoua-a ouvri parapò a ipotèz siantifik-yo. [282-289]

Téoloji-a pa gin konpétans nan domèn sians ékspérimantal-yo, sians sa-yo non plis pa gin konpétans nan domèn téolojik-la. Sians-yo pa kapab nié katégorikman gin yon finalité nan déroulman kréasion-an. Konsa tou, lafoua-a pa kapab détèminé kòman déroulman sa-yo ap fèt konkrètman nan mouvman évolision natirèl-la. Yon krétyin kapab dakò ak téori siantifik évolision-an kòm yon éksplikasion téorik ki kapab itil, dépi li pa tonbé nan érè idéoloji évolisionist-la ki di moun-nan sé rézilta yon sinp aza nan réaksion biolojik-yo. Téori Évolision-an* mété gin « yon réalité » k-ap évolué, min li pa di anyin sou « ki koté » réalité sa-a soti. Sé pa apati téori siantifik-yo yo kapab réponn késion ki konsèné égzistans, ésans, dignité, mision, signifikasion ak rézondèt tè-a épi moun-yo. Ni « évolusionism idéolojik-la » lakay kèk moun, ni Kréasionism-nan* lakay lòt moun, yo dépasé limit ki akséptab-yo. San yo pa réfléchi, kréasionist-yo pran chif ak dat ki nan Bib-la alalèt (parégzanp laj tè-a oubyin kréasion an 6 jou-a).

?  ÉVOLISION. (an latin evolutio vlé di « mouvman déroulé yon maniskri ») : sé fason òganism-yo grandi pou yo rivé nan fòm définitif yo pandan milion ané. Sou plan krétyin-an, yo kapab konsidéré évolision-an kòm aksion kréasion Bondié kontinué fè-a, aksion ki prézan nan déroulman aktivité natirèl-la. 

?  KRÉASIONISM. (an latin creatio vlé di « kréasion ») : téori moun ki pansé Bondié té intèvni nan yon moman byin détèminé dirèktéman épi yon foua pou tout pou-l kréyé tout bagay jan yo rakonté sa alalèt nan istoua kréasion-an nan liv Jénèz-la. 

” Okinn savan pa gin yon agiman, pa minm yon sèl… pou-l t-a kapab kontrédi lidé sa-a [lidé fòk gin yon Kréatè-a].
Hoimar Von Ditfurth (1921-1989, spésialis alman nan sians nati-a)

 

43           Èské inivè-a sé rézilta yon aza ?

Non. Sé Bondié ki sous inivè-a, sé pa yon aza. Ni nan sous-li, ni nan lòd li gin anndan-l, ni nan finalité-l, inivè-a pa rézilta fòs k-ap aji « san okinn diréksion ». [295-301, 317-318, 320]

Krétyin-yo kouè li posib pou yo déchifré kréasion-an tankou yon liv Bondié ékri alamin. Savan k-ap konsidéré tout inivè-a kòmsi sé nan aza li soti, san signifikasion, san rézondèt, Pap Jan-Pòl II té ba yo yon répons an 1985 : « Palé dé aza osijè yon inivè ki gin yon òganizasion tèlman konplèks nan éléman li-yo épi yon finalité tèlman ékstraòdinè nan lavi-li, sa t-a vlé di rénonsé chèché yon éksplikasion pou inivè-a jan nou ouè-l la. An réalité, sa t-a vlé di admèt rézilta-yo san yon kòz. Lè sa-a sé intèlijans moun-nan ki t-a bat ba, ki t-a rénonsé réfléchi épi chèché yon solision pou problèm li-yo ». ¬ 49

” Poudi sa-a [présizion ékstraòdinè déroulman « big-bang »-nan] t-a konsékans yon aza ! Lidé sa-a pa t-a gin sans !
Walter Thiming (1927-, fizisyin, moun péyi Otrich) 

” Nou pa yon produi évolision-an ki t-a fèt paraza épi ki pa t-a gin sans. Nou chak sé frui yon lidé Bondié. Chak moun, yo té vlé-l égzisté. Chak moun, yo rinmin-l, chak moun itil.
Benoît XVI, 28 avril 2005

 

44           Kilès ki kréyé tè-a ?

Sé Bondié sèl, li minm ki dépasé éspas-la ak tan-an, sé li ki kréyé inivè-a apati anyin épi ki rélé tout bagay vîn égzisté. Tout sa ki égzisté dépann dé Bondié épi an konsékans yo pa gin okinn konsistans si sé pa paské Bondié fè yo la. [290-292, 316]

Nan yon sètin sans, kréasion inivè-a sé « travay Trinité-a ansanm ». Papa-a sé Kréatè-a ki gin tout pouvoua-a. Pitit-la bay inivè-a yon signifikasion, sé li-minm ki kè tout bagay : Tout bagay gras a li épi pou li yo kréyé (Kol 1,16). Sé sèlman lè nou aprann konnin Kris-la nou konprann poukisa inivè-a bon. Lè sa-a nou konprann inivè-a ap maché nan diréksion yon aboutisman : vérité, bonté, bèlté Granmèt-la. L’Éspri-Sin-an asiré inité tout bagay-yo ; li sé l’Éspri ki bay lavi-a (Jn 6,63).

” Antan l-ap obsèvé épi l-ap réfléchi sou pèféksion lòd aranjman inivè-a, sa sajès Bondié-a òganizé-a, kilès ki pa t-a admiré mèt travay sa-a ki toupuisan-an.
Nicolas Copernic (1473-1543, savan nan sians natirèl-yo épi astronòm)

 

45           Èské loua natirèl-yo épi prinsip ak òganizasion réalité natirèl-yo sé nan Bondié yo soti tou ?

Oui. Sé Bondié ki kréyé tout loua natirèl-yo épi lòd òganizaion tout bagay natirèl-yo. [339, 346, 354]

Moun-nan, yo pa kapab modlé-l nèt jan yo t-a vlé. Sé lòd ak loua natirèl Bondié mété nan kréasion-l nan ki modlé moun-nan. Yon krétyin pa kapab fè « sa li vlé » tou sinpléman. Li konnin l-ap fè tèt-li ditò épi l-ap détrui anvirònman-an, lè li pa konsidéré loua nati-a, lè l-ap sèvi ak bagay-yo yon fason ki kontrè ak jan yo t-a doué fè-l épi lè l-ap pran pòz li konnin plis pasé Bondié ki kréyé yo-a. Moun-nan pa kapab pansé tout bagay pou kont-li apati zéro. Sa-a sé bagay ki dépasé-l.

 Granmèt, Bondié-nou, ou mérité résévoua gloua-a ak réspè-a ak otorité-a, paské sé ou minm ki té kréyé tout bagay, épi sé gras a volonté-ou yo té égzisté, yo té kréyé.
Apokalips 4,11 

” Pié-boua-yo ak étoual-yo ap aprann ou sa okinn mèt pap janm kapab aprann ou.
S. Bernard de Clairvaux (1090-1153, dézièm fondatè mouàn sistèsyin-yo)

 

46           Poukisa liv Jénèz-la prézanté kréasion-an tankou « 6 jou travay youn apré lòt » ?

Yon sémèn travay ki kouronnin ak yon jou répo (Jén 1,1-2,3), sé yon imaj, yon sinbòl pou di kijan kréasion-an bon, kijan-l bèl épi kijan li òdoné avèk sajès. [337-342]

Apati imaj sinbolik « travay yo fè pandan sis jou-a » gin pliziè éléman fondamantal yo kapab dékouvri :

  1. Tout sa ki égzisté sé Kréatè-a ki fè yo vîn égzisté.
  2. Chak kréatu gin pròp bonté pa-l.
  3. Minm sa ki t-a vîn mové apré, kanminm yo gin yon nouayo bonté nan yo.
  4. Tout kréatu-yo dépann youn dé lòt épi égzisté youn pou lòt.
  5. Nan lòd ak bèl aranjman li ginyin-an, kréasion-an sé yon pòtré bonté ak bèlté ki dépasé nèt nan Bondié-a.
  6. Gin yon yérarchi (lòd) nan kréasion-an : moun-nan dépasé bèt-la, bèt-la dépasé plant-yo, plant-yo dépasé matiè ki pa gin lavi-a.
  7. Kréasion-an ap progrésé pou-l al nan yon gran fèt, lè Kris-la ap tounin vîn pran inivè-a épi Bondié ap tout bagay nan tout moun. ¬ 362

 

?  JÉNÈZ. (an grèk génésis vlé di « orijîn ») : sé prémié liv nan Bib-la ki rakonté kréasion tè-a ak kréasion moun-nan. 

” Nou pa doué kouè Bondié intèdi nou kèlkésoua rinmin pou inivè-a. Non. nou doué rinmin inivè-a paské tout sa Bondié mét ladan-l mérité ou rinmin-l.
Ste Catherine de Sienne (1347-1380, mistik épi doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

 

47           Poukisa Bondié té répozé sétièm jou-a ?

Apré travay-la, Bondié répozé. Sa fè nou konprann kijan achèvman ak aboutisman kréasion-an, li dépasé tout éfò moun-yo ap fè. [349]

Minmsi moun-nan sé jèn ti kolaboratè Kréatè-a (Jén 2,15), li pa kapab sové tè-a ak sèl éfò pa-l sèlman. Déstinasion kréasion-an sé yon sièl nouvo ak yon tè nouvo (Iz 65,17) gras a rédanmsion yo ofri nou­-an. Donk répo nou pran jou dimanch-la, ki ba nou yon avangou répo sièl-la, li dépasé périòd travay k-ap préparé nou pou li-a. ¬ 362

48           Ki projè, ki lidé Bondié té ginyin lè-l té kréyé inivè-a ?

« Sé pou gloua-li Bondié té kréyé inivè-a » (Vatikan II). [293-294, 319]

Kréasion-an pa gin lòt rézondèt pasé rinmin-an. Nan kréasion sa-a, nou ouè pòtré gloua ak onè Bondié. Fè louanj Bondié sé pa bat bravo pou li. An réalité, moun-nan pa yon spéktatè parapò a travay kréasion-an. Pou moun-nan, fè louanj Bondié vlé di : aksépté  pròp égzistans-li antan l-ap di mèsi ansanm ak tout kréasion-an. ¬ 489

” Gloua Bondié sé moun vivan-an. Min lavi moun-nan sé ouè Bondié.
S. Irénée de Lyon

 

Providans Bondié

49           Èské Bondié ap dirijé tout bagay épi lavi-m tou ?

Oui, min yon fason ki dépasé intèlijans-nou ; Bondié ap dirijé tout bagay al nan akonplisman yo min nan chémin li-minm sèl li konnin. Nan okinn moman li pa kité sa-l kréyé-yo chapé anba min-l. [302-305]

Bondié aji non sèlman sou gran événman istoua-a min tou sou ti événman lavi pèsonèl pa-nou, san-l pa kouinsé libèté-nou pou sa, kòmsi sé marionèt nou t-a yé nan projè li gin dépi tout tan-an. Nan Bondié, réyèlman nou viv, épi nou gin mouvman, épi nou égzisté (Tr 17,28). Bondié la nan tout monté-désann lavi nou, minm nan événman ki fè nou mal-yo oubyin nan sa-k rivé ki sanblé pa gin okinn sans. Bondié vlé ékri douat minm ak lign koub lavi nou. Sa-l pran ak sa-l ba nou, sa-k ba nou fòs ak sa-k fè nou soufri, tout sa sé éfè Providans-li épi sé sign volonté-li. ¬ 43

” Sa-k kréyé-ou la konnin tou sa-l vlé fè avèk ou.
S. Augustin  

” Konfians nou ginyin nan providans-la, sé asirans fèm Bondié kapab édé nou épi l-ap fè-l. Sa klè li kapab édé nou paské li gin tout pouvoua. Sa sètin l-ap édé nou éféktivman paské li promèt sa nan pliziè koté nan Liv ki Sin-yo épi li fidèl nan tou sa li promèt.
Mère Teresa

 

50           Ki plas moun-nan ginyin nan Providans Bondié-a ?

Providans Bondié-a pap fîn fè kréasion-an san nou. Li invité nou kolaboré nan achèvman kréasion-an. [307-308]

Moun-nan kapab réfizé volonté Bondié-a. Min sa pi bon pou li si-l tounin instriman rinmin Bondié-a. Mè Téréza té konn di : « Sé yon ti kréyon mouin yé nan min Granmèt-la. Sé pou-l égizé kréyon-an. Sé pou-l toujou ékri oubyin désiné sa li vlé, koté-l vlé. Lè sa ki ékri oubyin désiné-a bon, nou pa fè konpliman pou kréyon-an oubyin papié yo ékri sou li-a, min pou moun ki té sèvi ak li-a ». Minmsi Bondié aji avèk nou épi pa lintèmédiè nou, nou pa doué janm konfonn pousa pròp idé nou, pròp projè nou épi pròp aksion nou ak aksion Bondié. Bondié pa bézouin travay nou-an, kòm si pou kichòy t-a manké-l si nou pa t-a fè-l.

 Chévé nan tèt-nou minm, yo tout yo konté.
Matié 10,30 

” Sa-k pa-t antré nan plan pa-m té fè pati plan Bondié-a kanminm. Épi plis mouin t-ap pran konsians sé konsa sa yé, sé plis konviksion lafoua sa-a t-ap grandi ak fòs nan mouin : nan pèspéktiv Bondié pa gin aza.
Ste Edith Stein (1891-1942, krétyèn ki fèt nan pèp Juif-la, filozòf épi karmélit, li mouri nan kan konsantrasion nazi-yo)

 

51           Si Bondié konn tout bagay épi li kapab fè tout bagay, poukisa li pa anpéché mal-la ?

« Bondié pa t-ap toléré mal-la si-l pa t-ap fè kichòy ki pi bon soti ladan-l » (sin Toma d’Akin). [309-314, 324]

Sou tè-a, mal-la sé yon mistè ténèb épi soufrans. Jézu ki klouré sou koua-a té mandé Papa-l : Bondié mouin, poukisa ou lagé mouin ? (Mt 27,46). Gin anpil bagay nan domèn sa-a nou pa kapab rivé konprann. Min gin yon bagay nou konnin ki sètin : Bondié bon nèt-alé asanpousan. Li pa janm kòz kichòy ki pa bon. Bondié té kréyé yon inivè ki bon min ki poko fini. Pa lintèmédiè boulvèsman ki violan épi étap ki fè mal, tout bagay pral nan diréksion achèvman-l. Li bon pou nou distingé pi byin sa l’Égliz-la rélé mal fizik-la sou yon bò, yon moun andikapé ki fèt konsa parégzanp oubyin yon katrastròf natirèl, épi sou yon lòt bò mal moral-la ki soti nan sèvi yo sèvi mal ak libèté-a sou tè-a. « Lanfè-a li sou tè-a » – timoun sòlda, atanta-suisid, kan konsantrasion – épi sé sitou rézilta aksion moun-yo. Donk késion fondamantal-la sé pa : « Kòman nou ka kouè nan yon Bondié ki bon alòské gin sitèlman mal ? », min « Kòman yon moun ki gin kè, ki gin rézon, t-a kapab sipòté pou-l viv sou tè sa-a si Bondié pa-t égzisté ? ». Lanmò ak réziréksion Kris-la montré nou mal-la pa gin prémié mo-a épi li pap gin dènié mo-a. Apati sa-k pi mal-la, Bondié fè byin nèt-alé-a soti. Nou kouè nan dènié jijman-an, Bondié ap mété yon pouin final nan tout injistis. Nan lavi ki gin pou vini-an, mal-la pap gin okinn plas épi soufrans-la pral fini. ¬ 40, 286-287

 Bondié ouè tou sa-l té fè-yo, yo té bon anpil.
Jénèz 1,31

 Mouin konsidéré réyèlman soufrans moman sa-a, yo pa sou minm ran avèk gloua-a ki gin pou-l dévoualé nan nou-an.
Romin 8,18

” Pa gin okinn soufrans ki san sans. Li toujou fondé sou sajès Bondié.
Thomas d’Aquin

” Sé tou ba Bondié palé nan moman kè kontan nou-yo, li palé nòmal nan konsians-nou. Min li palé byin ro, byin fò nan soufrans nou-yo. Yo sé mégafòn-li pou-l révéyé yon sosiété ki angoudi.
Clive Staples Lewis (1898-1963, ékrivin anglè ki ékri liv Chroniques de Narnia

 

 

Sièl-la ak kréatu ki ladan-l yo

52           Kisa sièl-la yé ?

Sièl-la sé kondision lavi ki pou Bondié-a, dimansion lavi koté anj-yo ak sin-yo rété-a épi aboutisman final kréasion-an. Lè nou di « sièl-la ak tè-a », nou vlé di kréasion-an toutantié. [325-327]

Sièl-la pa yon koté byin délimité nan inivè-a. Sé yon éta, sé fason lavi-a yé, andéyò limit tan-an ak éspas-la, sé sa yo rélé lòt bò-a (« l’au-delà »). Sièl-la sé koté Bondié fè volonté-l san anyin pa rézisté li. Gin sièl-la tout koté y-ap viv tout bon vré épi tout koté gin tout kontantman ki posib – yon lavi ki pa kapab égzisté sou tè-a. Lè nou va rivé nan sièl-la ak sékou Bondié, lè sa-a sa k-ap tann nou sé sa jé pa-t ouè, épi zòrèy pa-t tandé, épi yo pa-t monté nan kè moun, sa Bondié té paré-yo pou sa-k rinmin-l yo (1 Kor 2,9).  ¬ 158, 285, 518

” Nou gin nostalji kè kontan sièl-la koté Bondié yé-a. Nou gin kapasité dépi koulié-a pou nou nan sièl-la avèk li, épi, nan moman sa-a minm, pou nou nan kontantman avèk li. Min kontan avèk li dépi kounié-a vlé di : édé jan li édé-a, bay jan li bay-la, sèvi jan li sèvi-a, sové jan li sové-a, rinmin jan li rinmin-an. Rété vinnkatrè sou vinnkat avèk li épi rankontré-l anba rad ki pi éfréyan-an. Paské li té di nou : « Sa nou fè pou youn nan pi piti nan frè-m yo, sé mouin minm nou té fè-l ».
Mère Teresa

” Tout sa ki pa étènèl pa gin okinn valè nan étènité-a.
C. S. Lewis

 

53           Kisa lanfè-a yé ?

Nan lafoua-nou, mo « lanfè »-a vlé di sitiasion sa-k viré do bay Bondié nèt-la. Lè yon moun ouè rinmin-an aklè antan-l ouè Bondié fas a fas épi malgré sa li pa vlé rinmin-an, li chouazi sitiasion sa-a. [1033-1036]

Jézu ki konnin lanfè-a déklaré li tankou fènoua-a sa-k déyò-a (Mt 8,12). Gin koté jodi-a yo t-a pito di lanfè-a frèt, li glasé : sé tankou yon angoudisman tout manb-yo ki bay frison épi ki bay dézéspoua total parapò a tou sa ki t-a kapab édé, soulajé, bay kè kontan ak konsolasion nan lavi-a.  ¬ 161-162

” Jézu té vini pou-l di nou li vlé nou tout al nan Paradi. Kanta lanfè-a minm, minmsi yo pa palé dé li souvan jodi-a, li égzisté épi li étènèl pou tout sa-yo ki fèmin kè yo parapò a rinmin li-an.
Benoît XVI, 8 mé 2007

” Alafin ap gin dé group moun k-ap kanpé dévan Bondié, sa k-ap di-l : « Sé pou volonté-ou fèt », épi sa Bondié ap di yo : « Sé pou volonté-ou fèt ». Tout sa-yo ki nan lanfè sé yo minm minm ki chouazi-l pèsonèlman.
C. S. Lewis

 

54           Kisa anj-yo yé ?

Anj-yo sé kréatu Bondié fè ki spirituèl sètadi ki pa matérièl ditou, ki pa gin kò jan nou minm nou ginyin-an, yo sé éspri ki gin intèlijans ak volonté. Kòm yo pa gin kò, yo pa kapab mouri épi nòmalman yo pa kapab ouè yo ak jé. Kòm y-ap viv tout tan nan prézans Bondié, yo fè moun konnin sa Bondié vlé épi yo protéjé nou nan non Bondié. [328-333, 350-351]

Jan Kadinal Jozèf Ratzinger té ékri-a, yon anj « sé tankou yon pansé pèsonèl Bondié fè pou mouin ». An minm tan, anj-yo viré nèt nan diréksion Kréatè yo-a. Rinmin ap boulé kè yo pou li épi y-ap sèvi-l lajounin kon lannuit. Yo pa janm sispann chanté louanj-li. Nan Liv ki Sin-yo yo rélé anj ki té tonbé-yo diab oubyin démon.

 Paské l-ap pasé anj li-yo lòd osijè-ou, pou yo véyé sou ou nan tout chémin-ou yo.  Sé sou min yo y-ap poté-ou, pou pié-ou pa riské frapé sou ròch.
Ps 90/91, 11-12

” Chak moun ki kouè, li gin yon anj gadyin bò koté-l k-ap protéjé-l épi k-ap kondui-l sou chémin k-ap minnin nan lavi ki pap janm fini-an.
S. Basile le Grand (anviron 330-379, doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

 

55           Èské sa posib pou nou antré an kominikasion ak anj-yo ?

Oui. Nou kapab mandé yo sékou épi mandé yo intèsédé kot Bondié pou nou ak priyè yo. [334-336, 352]

Bondié bay chak grinn moun yon anj-gadyin. Sa bon épi sa rézonab pou priyé anj-gadyin-yo pou nou-minm épi pou lòt-yo. Konsa tou, anj-yo kapab fè yon krétyin santi prézans yo antan y-ap akonpagné-l ak sékou y-ap ba-l parégzanp, oubyin ak mésaj yo poté ba li. Fo-anj ki soti nan invansion imajinasion moun k-ap fè maji-yo pa gin anyin pou ouè ak lafoua-a.

” Moun-nan pa ni anj ni bèt épi malè fè sa k-ap pran pòz anj-la, li vîn bèt.
Blaise Pascal

 

Moun-nan kòm kréatu Bondié

56           Èské moun-nan gin yon plas spésial nan kréasion-an ?

Oui. Moun-nan sé pouint tèt kréasion-an paské Bondié kréyé-l dapré pòtré-l ak résanblans-li (Jén 1,27). [343-344, 355]

Fason yo kréyé moun-nan byin distingé parapò a fason yo kréyé lòt vivan-yo. Moun-nan sé yon pèrsòn, sa vlé di li kapab désidé pou-l rinmin oubyin pa rinmin gras a volonté-l épi intèlijans-li.

 Lè-m ouè sièl ou-yo, travay douèt ou-yo, lalîn ak zétoual-yo ou fiksé : sa moun-nan yé, pou-ou sonjé-l ? oubyin pitit moun-nan, pou-ou vizité-l ? Ou fè-l vîn pi ba yon ti kras anba Anj-yo, ak gloua ak konsidérasion ou kouronnin-l.
Psòm 8,4-6

” Tout kréatu-yo sou tè-a sansib tankou nou. Tout kréatu-yo anvi nan kontantman tankou nou. Tout kréatu-yo rinmin, yo soufri épi yo mouri tankou nou, donk yo sé travay min Kréatè-a ki gin tout pouvoua-a, yo sanblé ak nou, yo sé sè-nou, frè-nou.
S. François d’Assise

 

57           Kijan moun-nan doué konpòté-l ak bèt-yo épi lòt kréatu-yo ?

Moun-nan doué réspékté Kréatè-a nan kréatu li-yo épi li doué konpòté-l byin avèk yo antan-l konnin résponsabilité-l. Moun-yo, bèt-yo épi plant-yo gin minm Kréatè-a ki fè yo vîn égzisté paské li rinmin yo. Donk, pran souin bèt-yo épi protéjé yo sé yon konpòtman nòmal lakay moun-nan. [344, 354]

Sètènman, moun-nan gin doua sèvi ak plant-yo épi bèt-yo kòm nouriti, min li pa gin doua fè yo pasé mizè épi maltrété yo. Sa t-a kontrè ak dignité kréasion-an yo doué réspékté-a, minm jan sa yé tou lè y-ap égzajéré nan éksplouaté tè-a poutèt souaf lajan ki avéglé moun-yo.

 Nou minm mouin rinmin-an, sé pou nou youn rinmin lòt, paské rinmin-an sé nan Bondié li soti. Tout moun ki rinmin, sé nan Bondié li pran nésans épi li konnin Bondié.
Prémié lèt Sin Jan-an 4,7

 

58           Sa sa vlé di : yo kréyé moun-nan dapré « pòtré Bondié » ?

Kontrèman ak ròch-yo, pié boua-yo épi bèt-yo, moun-nan gin léspri. Karaktéristik sa-a fè li pi pré Bondié pasé lòt kréatu yo ka ouè-yo. [355-357, 380]

Moun-nan pa yon bagay, sé yon moun, yon pèrsòn, sètadi intèlijans, volonté, libèté ak rinmin. Sé nan sa tou nou kapab di moun-nan sanblé ak Bondié. Moun-nan kapab réfléchi pi louin pasé ti limit pèsépsion sansib li-yo épi li kapab anbrasé imansité tout sa ki égzisté. Li kapab pran yon distans parapò a pròp tèt-li pou-l jijé sa l-ap fè épi chanjé konpòtman-l. Li konsidéré lòt-yo kòm sijè pèrsonèl tou antan-l dékouvri dignité yo épi antan-l rinmin yo. Pami tout kréatu yo kapab ouè-yo, sé moun-nan sèl ki kapab rékonèt Kréatè li-a épi rinmin-l, (Vatikan II, Gaudium et Spes [GS] 12,3). Sé poutèt sa moun-nan fèt pou-l viv nan rélasion zanmi avèk Bondié (Jn 15,15).

” Rékonèt ou sé pòtré Bondié épi sé pou ront poutèt ou té kouvri-l ak pòtré yon étranjé.
S. Bernard de Clairvaux

” Sé pou sispèk tout kè kontan ki pa rékonésans an minm tan.
Theodor Haecker (1879-1945, ékrivin alman)

” Si sèl priyè nan lavi-ou sé t-a di : « Mèsi », sa t-ap déja asé.
Maître Eckhart (anviron 1260-1328, frè préchè nan lòd S. Dominik-la (dominikin) épi mistik)

 

59           Poukisa Bondié té kréyé nou ?   [cf. késion 1 épi 2]

Bondié té kréyé tout bagay pou moun-nan. Moun-nan minm sé « sèl kréatu sou tè-a Bondié té vlé kòm yon aboutisman final » (GS) ; Bondié té kréyé-l pou-l té kapab joui nan kontantman an plin-an. Li rivé nan kontantman an plin-an lè li konnin Bondié, lè-l rinmin-l, lè-l sèvi-l épi lè li viv nan rékonésans pou Kréatè-l la. [358]

Rékonésans-la sé konstaté rinmin Bondié-a. Moun ki gin rékonésans-la li viré ak tout kè-l ak tout libèté-l nan diréksion Kréatè tout byin-an épi li aksépté vîn fè youn ak li yon lòt fason épi pi afon. Bondié anvi nou rékonèt rinmin li-an épi viv ansanm avèk li dépi kounié-a épi pou tout tan.

” Antan lafoua-a ap poté-l, rémèsiman-an kapab antré nan sa-k fè nou pi mal-la épi lè l-a rivé antré, l-ap transfòmé.
Romano Guardini (1885-1968, katolik alman fanmi-l sot an Itali, filozòf rélijion-an)

 

60           Poukisa Jézu sé pi bèl égzanp ki ginyin sou latè ?

Jézu-Kri pa gin parèy, sé li-minm sèl ki montré nou non sèlman kilès Bondié yé min tou kisa moun-nan doué tounin pou-l moun tout bon vré. [358-359, 381]

Jézu té plis pasé yon moun idéal. Minm moun ki sanblé ékstraòdinè-yo sé péchè yo yé. Donk, pa gin pèsonn moun ki t-a modèl san défo pou moun-nan. Min Jézu té san péché. Sa-k fè moun-nan moun tout bon vré-a épi ki fè yo kapab rinmin-l, nou ouè-l nan Jézu-Kri, li-minm ki té sibi tantasion minm parapò tout bagay minmman parèyman sof péché (Éb 4,15). Jézu, Pitit Bondié-a, sé moun tout bon vré-a. Nan li, nou dékouvri kijan Bondié vlé pou moun-yo yé.

 Li minm ki pòtré Bondié-a yo pa kapab ouè-a, prémié pitit nan tout kréati, paské nan li tout bagay té kréyé nan sièl-yo épi sou tè-a, sa yo kapab ouè-yo ak sa yo pa kapab ouè-yo, soua trôn, soua domina­sion, soua chèf, soua pouvoua, épi tout bagay gras a li épi pou li yo kréyé.
Kolosyin 1, 15-16

 « Ecce homo ! » - « Min moun-nan ! » (Jn 19,5).
Sé ak paròl sa-yo Pilat prézanté Jézu bay pèp-la apré yo té fîn malminnin-l épi kouroné-l ak pikan-an.

 

61           Ki sa-k fè tout moun égal-égo ?

Tout moun égal-égo paské yo gin minm sous nan rinmin Bondié ki kréyé yo-a. Tout moun gin yon sovè nan Jézu-Kri. Tout moun fèt pou jouinn kontantman ak lavi pou tout tan-an nan Bondié. [360-361]

Donk, tout moun sé frè ak sè. Krétyin-yo doué solidè non sèlman ak lòt krétyin parèy-yo, min tou ak tout moun épi konbat avèk fòs tout divizion pami lèzòm poutèt késion ras, sèks (gason oubyin fi), mouayin ékono­mik. ¬ 280, 517

” Li vîn tounin sa nou yé-a pou-l kapab fè nou tounin sa-l yé-a.
S. Athanase le Grand (anviron 295-373, Pèr-de-l’Égliz)

 Louvri bouch ou pou moun ki pa kab palé-a, pou kòz tout pitit ki abandoné-yo.
Provèb 31,8

 

62           Kisa nanm-nan yé ?

Nanm-nan sé sa-k fè moun-nan moun. Sé prinsip spirituèl lavi moun-nan, sa ki pi intim nan li. Sé aksion nanm-nan ki fè kò matérièl-la vîn yon kò vivan, yon kò moun. Gras a nanm-nan, moun-nan kapab di « mouin minm » épi li kapab kanpé dévan Bondié nan yon rélasion koté li iranplasab ! [362-365, 382]

Moun-nan sé kò ak éspri. Min éspri moun-nan plis pasé yon produi kò-a épi yo pa kapab ékspliké-l sèlman apati konstitision fizik-la. Intèlijans-nou di nou : fòk gin yon prinsip spirituèl ki fè youn ak kò-a san-l pa minm bagay ak li. Nou rélé-l « nanm ». Minm si sians ékspérimantal-yo pa t-a kapab prouvé égzistans nanm-nan, si yo pa konsidéré éléman spirituèl sa-a ki dominé matiè-a, yo pap kapab konprann kijan moun-yo fè gin léspri.  ¬ 153-154, 163

” Fè kò-ou dibyin pou nanm-ou ka rété ladan-l ak kè kontan.
Ste Thérèse d’Avila (1515-1582, mistik éspagnòl, doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

” Moun-nan vîn moun tout bon lè kò-a ak nanm-nan fè youn profondéman… Si moun-nan t-a vlé éspri sèlman épi-l t-a vlé réfizé chè-a kòmsi sé t-a yon sinp éritaj li gin an komin ak bèt-yo, lè sa-a ni éspri-a ni kò-a pèdi dignité yo. Épitou si-l t-a rénié éspri-a épi li t-a konsidéré matiè-a, kò-a, kòm sèl réalité éksklizif, la-a tou l-ap pèdi grandè-li.
Benoît XVI, Deus caritas est.

 

63           Koté nanm-nan soti ?

Sé Bondié ki kréyé nanm moun-nan dirèktéman. Sé pa paran-yo ki « produi »-l. [366-368, 382]

Nanm moun-nan pa kapab rézilta dévlopman évolision matiè-a ni rézilta rélasion jénétik ant papa-a ak manman-an. Mistè ki fè chak moun san parèy épi pa gin dé tankou-l dépi lè-l fèt épi li sé yon éspri, l’Égliz-la ékspliké sa antan-l di : Bondié ba nou yon nanm ki pap mouri, minm lè moun-nan pèdi kò-l lè-l mouri pou-l jouinn li apré nan réziréksion-an. Lè nou di : « Mouin gin yon nanm », sa vlé di : « Bondié pa kréyé-m minm jan li kréyé bagay-yo, min kòm yon moun, yon sijè pèsonèl ki gin intèlijans, volonté ak kapasité rinmin épi li rélé-m pou-m gin yon rélasion san fin avèk li ».

” Poutèt sé nan tè-a li soti, moun-nan an kontak ak tout kréati vivan-yo, min sé sèlman poutèt nanm-li Bondié “souflé” nan li-a ki fè li moun. Sa ba li yon dignité san parèy, min tou yon résponsabilité san parèy.
Cardinal Christoph Schönborn (1945-, archévèk Vièn)

 

64           Poukisa Bondié kréyé moun-nan gason ak fi ?

Bondié sé rinmin épi sé modèl kominion tout bon vré-a, li té kréyé moun-yo gason ak fi pou ansanm yo té kapab yon imaj pòtré sa-l yé-a. [369-373, 383]

Bondié té kréyé moun-nan, gason ak fi, pou-l kapab anvi akonplisman-l ak plénitid-li nan rankont ak diférans moun lòt sèks-la. Gason ak fi gin minm dignité-a égal-égo nèt-alé, min yo chak, dapré projè Kréatè-a ki té fè yo gason oubyin fi, yo éksprimé diféran aspè nan pèféksion Bondié-a. Bondié pa ni gason ni fi, min li té manifésté-l dapré kèk aspè sa yon papa yé (Lk 6, 36) ak sa yon manman yé (Iz 66, 13). Nan rinmin yon fi ak yon gason ginyin youn pou lòt épi spésialman nan kominoté mariaj-la koté gason-an ak fi-a vîn tounin yon sèl chè (Jén 2, 24) nou kapab imajiné yon ti kras kichòy nan kontantman fè youn ak Bondié-a koté nou chak ap jouinn lavi an plin nèt alé-a. Minm jan rinmin Bondié-a fidèl, sé konsa tou rinmin moun-nan ap viv-la ap chèché fidèl tou, épi dapré pòtré rinmin Bondié-a, rinmin sa-a vîn kréatè, paské gin lòt lavi ki pral boujonnin apati mariaj-la. ¬ 260, 400-401, 416-417

 Bondié kréyé moun-nan sou pòtré-l ; sou pòtré Bondié li kréyé-l : gason ak fi li kréyé yo.
Jénèz 1,27

 « Li pa bon pou moun-nan sèl pou kont-li ; an nou fè yon èd pou li ki sanblé ak li ».
Jénèz 2,18

” Nou li tou nan Bib-la, gason-an pa kapab « sèl pou kont-li » (Jén 2,18), li pa kapab égzisté si sé pa kòm « inité yo toulèdé-a », donk an rélasion ak yon lòt moun. La-a sé yon rélasion an résiprosité sètadi min alé min vini. Gason-an parapò a fi-a épi fi-a parapò a gason-an. Égzisté kòm moun dapré pòtré ak résanblans Bondié-a sa vlé di tou égzisté an rélasion, an rapò ak lòt mouin minm-nan. Sé yon préparasion pou dènié révélasion Bondié ki youn épi ki toua-a ba nou osijè pròp tèt pa-l la : viv nan yon sèl lavi-a nan kominion Papa-a ak Pitit-la ak l’Espri-Sin-an.
Bienheureux Jean-Paul II (1920-2005, prémié Pap ki soti nan péyi lès-yo, sé li ki té kòmansé Jounin Mondial Jèn-yo (JMJ), li té joué yon gran ròl pou fè blòk divizion péyi lès-yo tonbé, Lèt apostolik Mulieris digni­ta­tem.

 

65           É moun ki gin panchan omoséksuèl-yo ?

L’Égliz-la kouè, dapré lòd kréasion-an, fi-a ak gason-an yo té kréyé yo youn pou lòt nan yon rélasion ki égzijé nésésèman yon angajman youn ak lòt pou yo kapab fè timoun épi ba yo lavi. Sé poutèt sa l’Égliz-la pa dakò ditou ak pratik omoséksuèl-yo. Min krétyin-yo doué réspékté épi rinmin tout moun, kèlkésoua oriantasion séksuèl yo, paské Bondié rinmin nou épi réspékté nou chak. [2358-2359]

Pa gin pèsonn moun sou tè-a ki pa fèt soti nan rélasion yon manman ak yon papa. Donk sé yon ékspérians ki rèd sa yé pou kèk moun ki gin tandans omoséksuèl pou yo pa santi sèks opozé-a atiré yo épi pou yo oblijé rénonsé fékondité fizik yon rélasion ki t-a konfòm ak sa moun-nan yé-a épi ak lòd Bondié mété nan kréasion-an. Min anpil foua nou pa kapab prévoua chémin Bondié-yo : yon bagay moun-nan manké, yon bagay li pèdi, yon blésé li blésé – lè li aksépté yo épi admèt yo pozitivman – kapab tounin yon tranplin pou-l rivé lagé-l nan bra Bondié, Bondié sa-a ki fè tout bagay viré an byin épi ki fè ouè li pi gran toujou kòm sovè pasé kòm kréatè. ¬ 415

66           Èské soufrans ak lanmò fè pati projè Bondié-a ?

Bondié pa vlé pou moun-yo ap soufri épi mouri. Projè li té ginyin pou yo o kòmansman-an sé Paradi-a. Viv pou tout tan. Lapè ant Bondié, moun-yo ak anvirònman-an. Lapè ant gason-an ak fi-a. [374-379, 384, 400]

Pafoua nou santi kijan lavi-a t-a doué yé épi kijan nou minm, nou t-a doué yé. Min an réalité, n-ap viv nan goumin ak pròp tèt pa nou, nou pè yon bann bagay k-ap dominé nou épi yon bann pasion nou pa kapab kontrolé épi nou pèdi rélasion byin akòdé nou té gin odépa ak tè-a épi finalman ak Bondié. Nan Liv ki Sin-yo, yo éksprimé ékspérians aliénasion sa-a nan istoua « tonbé prémié paran nou-yo té tonbé-a ». Poutèt péché-a té glisé kò-l nan paradi koté Adan ak Èv t-ap viv an armoni avèk pròp tèt pa yo épi avèk Bondié, yo té oblijé kité paradi sa-a. Travay di, soufrans, lanmò, tantasion péché-a : sé sign nou pèdi paradi-a.

” Nou té pèdi paradi-a, min nou rivé jouinn sièl-la. Sa nou rivé ginyin-an finalman pi gran pasé sa nou té pèdi-a.
S. Jean Chrysostome (349/350-407, doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

” Féblès moun-nan pa kapab ranvèsé projè Bondié ki gin tout pouvoua-a. Yon achitèk tankou Bondié kapab travay minm ak ròch ki prèt pou tonbé-a.
Cardinal Michael Von Faulhaber (1869-1952, archévèk Munich ak Freising)

  

Moun-nan tonbé nan péché-a

67           Kisa péché-a yé ?

Fondamantalman, péché-a sé réjté Bondié épi réfizé aksépté rinmin-l nan. Li manifésté nan méprizé moun-nan méprizé kòmandman Bondié-yo. [385-390]

Péché-a plis pasé yon mové konpòtman ; sé pa yon sinp féblès psikolojik. An réalité, dépi yo réjté oubyin détrui kichòy ki bon, sé réjté yo réjté byin-an pou mal-la, sé réjté yo réjté Bondié. Sa ki pi rèd épi térib nèt nan péché-a, sèké li séparé nou ak Bondié. Sé poutèt sa lanmò-a sé konsékans lojik péché-a. Sé gras a Jézu sèlman nou konprann profondè ténèb péché-a : pou-l té patisipé nan kondision moun ki réjté Bondié nan fè péché-a, Jézu té soufri konsékans péché-a nan pròp kò-li. Li pran fòs lanmò péché-a sou li pou li kapab pa rivé sou nou. Sé tout sa mo « rédanmsion »-an vlé di. ¬ 224-237, 313-318, 348-468

” Viré do ba-ou, Bondié-mouin, sé tonbé. Viré nan diréksion-ou sé lévé. Rété nan ou, sé jouinn asirans.
S. Augustin

 Koté fot-la minm té vîn anpil-la, gras-la té débòdé pi plis.
Romin 5,20

 

68           Kisa péché orijinèl-la yé ? Nan kisa tonbé Adan ak Èv tonbé-a konsèné nou ?

Osans pròp, péché-a sé yon mankman ki konsèné résponsabilité chak moun pèsonèlman. Poutan « péché orijinèl »-la pa vlé di yon fot pèsonèl min sitiasion ki pa favorab koté chak moun vîn antré anvan li t-a gin désizion lib ki t-a fè-l fè péché li-minm pèsonèlman-an. [388-389, 402-404]

Nan tonbé Adan ak Èv tonbé nan péché-a, – jan Benoua XVI di-l la, – nou doué konprann « nou tout n-ap poté nan nou yon gout nan pouazon mantalité sa-a, fason-d-pansé sa-a, sa yo prézanté nou ak imaj liv Jénèz*-la… Moun-nan pa fè Bondié konfians. Paròl sèpan-an k-ap tanté-l fè-l kòmansé douté… l-ap pansé Bondié t-a tankou yon rival yon opozan k-ap limité libèté-nou épi nou t-a bézouin mété Bondié akoté nèt pou nou t-a vîn moun tout bon… Moun-nan réfizé résévoua égzistans-li nan min Bondié ak lavi an plin-an… Lè li aji konsa li plis fè manti konfians pasé vérité-a é sé sa-k fè lavi-li pèdi nan vid ak nan lanmò » (Benoua XVI, 8 désanm 2005).

” Sa-k pi rèd-la sé pa fè krim, min sé pa rivé fè tout byin nou t-a kapab fè-a. Sa-a sé péché omision-an (mouin pa fè tout sa pou-m té fè) ki pa anyin dòt pasé péché réfizé rinmin-an, épi pèsonn moun pa akizé tèt-li pou sa.
Léon Bloy (1846-1917, ékrivin fransè)

 Sèpan-an minm di madanm-nan : « Sa pa vré ditou, nou pap mouri okinn. Sé paské Bondié konnin jou n-ap manjé ladan-l nan, jé-nou ap louvri, n-ap vîn tankou dié-yo ki konnin ni byin ni mal »
Jénèz 3,4-5

 

69           Èské akòz péché orijinèl-la nou oblijé fè lòt péché ?

Non. Min poutèt péché orijinèl-la blésé moun-nan afon, sa fè-l gin tandans fè péché. Poutan avèk konkou Bondié, li kapab fè byin-an. [405]

Nou pa janm oblijé fè péché. Min an réalité nou kontinué péché paské nou fèb, nou pa toujou konnin sa n-ap fè épi nou sikonbé byin fasil anba tantasion-an. Dayè yon péché fòsé pa t-a yon péché, paské péché-a toujou sipozé yon choua lib.

” Yon konpòtman moral sou tè-a vîn posib épi yo kapab rékòmandé-l sèlman lè moun-nan aksépté salté lavi-a, résponsabilité koléktif nan lanmò-a ak nan péché-a, brèf, tout péché orijinèl-la, épi li rénonsé yon foua pou tout pou sé nan lòt-yo sèlman li ouè gin fot.
Hermann Hesse (1877-1962, ékrivin alman)

 

70           Kòman Bondié rétiré nou anba fòs atirans mal-la ?

Bondié pa rété ap gadé moun-nan k-ap détrui tèt-li ofiamézi ansanm ak anvirònman-l nan anchènman réaksion déstriksion péché-a ap fè-a. Li voyé Jézu-Kri, Sovè-a épi Rédanmtè-a pou-l rétiré nou sot anba puisans péché-a. [410-412, 420-421]

« Pèsonn moun pa kapab édé-m » – Si  yon moun t-a di sa apati ékspérians lavi-li kòm moun, li t-a tronpé-l. Tout koté moun-nan pèdi épi ap drivé akoz péché-l yo, Bondié Papa-a voyé Pitit li-a. Konsékans péché-a, sé lanmò-a (Rm 6, 23). Min lòt konsékans péché-a tou sé mèvèy solidarité Bondié avèk nou, ki fè li voyé Jézu ba nou kòm zanmi épi sovè. Poutèt sa, yo kapab di péché orijinèl-la sé yon felix culpa (yon péché ki poté chans avèk li) : « Ala chans pou fot sa-a ki té mérité jouinn kalité Sovè sa-a ! » (Litiji véyé paskal-la).

” Sa-a sé youn nan rézon ki fè mouin kouè nan kristianism-nan : sé yon rélijion yo pa t-ap kapab invanté.
C. S. Lewis

” Lè yo té klouré min Kris-la sou koua-a, li té klouré péché nou-yo tou sou koua-a.
S. Bernard de Clairvaux

 Paròl-la, sé chè li vîn tounin, épi li abité nan mitan nou ; nou ouè gloua-li, gloua kòm sèl Pitit ki soti nan Papa-a, plin gras ak vérité.
Jan 1,14

  

DÉZIÈM CHAPIT

Mouin kouè nan Jézu-Kri, sèl Pitit Bondié-a

71           Poukisa yo rélé liv yo ékri osijè Jézu-yo Évanjil, sètadi : « Bòn Nouvèl » ?

San Évanjil-yo, nou pa t-ap konnin kijan Bondié, nan rinmin san limit li gin pou nou-an, voyé Pitit li-a, pou pèmèt nou, malgré péché nou-yo, tounin viv an kominion avèk li pou tout tan. [422-429]

Liv ki rakonté nou lavi, lanmò épi réziréksion Jézu-a sé pi bon nouvèl ki égzisté sou tè-a. Yo témouagné pou fè nou konnin Jézu, moun Nazarèt, juif sa-a ki té fèt Bétléèm, Pitit Bondié vivan-an (Mt 16, 16) ki tounin moun. Papa-a té voyé-l pou tout moun kapab sové épi pou yo rivé konnin vérité-a (1 Jn 2, 4).

” Si lavi ak lanmò Sokrat té lavi ak lanmò yon saj, lavi ak lanmò Jézu sé lavi ak lanmò Bondié.
Jean-Jacques Rousseau (1712-1778, ékrivin fransè)

 

72           Kisa non « Jézu »-a vlé di ?

Nan lang ébré, Jézu vlé di « Bondié sové nou ». [430-435, 452]

Nan Travay Apot-yo, Piè di : « Réyèlman pa gin lòt non anba sièl-la yo bay moun-yo ki kapab sové yo » (Tr 4, 12). Sé pouin santral mésaj misionè-yo ap anonsé bay moun-yo sou tè-a.

?  ΙΧΘΥΣ ΖΩΝΤΩΝ. (Ikhtus zôntôn). Nan katakonb-yo a Ròm gin yon ansyin sign krétyin ki tankou yon mésaj-sékrè pou dézignin Kris-la : mo ICHTHYS-la (ikhthus) vlé di « pouason ». Min si yo éplé mo grèk-la, yo jouinn Iesous (Jézu) Christos (Kris), Theou (pou Bondié) Yios (« pitit ») épi Sotèr (« Sovè »). Konsa sé yon akrostich pou di Jézu-Kri, Pitit Bondié, Sovè.  [[Zôntôn-nan vlé di « ki bay lavi »]].

 

73           Poukisa yo rélé Jézu, « Kris » ?

« Jézu sé Kris-la » sé yon fòmil tou kout ki éksprimé sa ki ésansièl nan lafoua krétyin-an. Jézu, pitit chapantié Nazarèt-la tou sinpléman, li sé Mési yo t-ap tann-nan, Sovè-a. [436-440, 453]

Mo grèk Christòs-la ak mo ébré Mési-a vlé di « sa yo froté ak luil-la ». Nan Israèl, roua-yo, prèt-yo épi profèt-yo té konn résévoua yon onksion. Dapré Apot*-yo, Jézu té résévoua onksion Éspri Sin-an (Tr 10, 38). Poutèt n-ap suiv Kris-la, yo rélé nou Krétyin pou montré kalité vokasion ékstraòdinè nou ginyin-an.

” Pa palé osijè Kris-la, sof si yo t-a mandé-ou. Min viv yon fason pou yo mandé-ou sa !
Paul Claudel (1868-1955, poèt épi konpozitè téat fransè)

 

74           Sa sa vlé di : Jézu sé « sèl Pitit Bondié-a » ?

Lè Jézu prézanté tèt-li kòm « sèl Pitit Bondié-a » (sèl grinn Pitit oubyin Pitit yo anfanté yon fason spésial ki san parèy-la, Jn 3, 16), lè Piè ak lòt moun rélé-l konsa, sa vlé di nan pami tout moun-yo sé Jézu sèl ki plis pasé moun. [441-445, 454]

Nan anpil koté nan Nouvo Téstaman*-an (Jn 1, 14. 18 ; 1 Jn 4, 9 ; Éb 11, 7 ; etc.), yo rélé Jézu « Pitit ». Lè Batèm-nan épi Transfigirasion-an, voua ki sot nan sièl-la déklaré Jézu sé « Pitit [Papa-a] rinmin anpil-la ». Jézu dévoualé bay disip li-yo rélasion spésial sa-a li ginyin avèk Papa-l ki nan sièl-la : « Papa-m rinmèt mouin tout bagay ; épi pèsonn pa konn Pitit-la sof Papa-a, ni moun pa konn Papa-a sof Pitit-la épi moun Pitit-la vlé dévoualé-l ba yo » (Mt 11, 27). Nan Réziréksion-an sa parèt klè Jézu-Kri sé Pitit Bondié-a tout bon vré.

” Moun-yo pap kritiké Kris-la. Y-ap kritiké krétyin-yo paské yo pa sanblé avèk li.
François Mauriac (1914-1996, romansié fransè)

 

75           Pou kisa krétyin-yo rélé Jézu « Granmèt » ?

« Nou minm nou rélé-m Mèt-la, épi Granmèt-la. Nou di byin, réyèlman sé sa mouin yé » (Jn 13, 13) [446-451, 455]

Pou prémié krétyin-yo, sa té klè épi nòmal yo té doué rélé Jézu « Gran­mèt », antan yo té byin konnin sé ak tit sa-a yo té konn palé osijè Bondié nan Ansyin Téstaman*-an. Ak anpil aksion li té fè, Jézu té indiké yo li té gin yon pouvoua tankou Bondié sou nati-a, sou démon-yo, sou péché-a ak lanmò-a. Mision Jézu-a sé nan Bondié li soti, sa parèt klè nan résisité li résisité sot pami mò-yo. Sin Toma déklaré : Granmèt mouin épi Bondié mouin (Jn 20, 28). Si Jézu sé  « Granmèt »-la, yon krétyin pa doué mét ajénou dévan okinn lòt pouvoua.

” Koté Bondié pa nan prémié plas-la, dignité moun-nan an danjé. Donk sé yon ijans sa yé pou yo édé moun-nan jodi-a pou-l dékouvri vrè vizaj Bondié-a ankò, jan-l té révélé tèt-li ba nou nan Jézu-Kri-a.
Benoît XVI, 28 out 2005

 

76           Pou kisa Bondié té tounin moun (inkarnasion) nan Jézu-Kri ?

« Poutèt nou, pou-l té kapab sové nou, li désann sot nan sièl » (¬ Credo Nisé-Konstantinòpl). [456-460]

Nan Jézu-Kri, Bondié rékonsilié moun-yo sou tè-a avèk li épi li libéré tout moun-yo anba grif péché-a. Bondié tèlman rinmin tè-a, li bay Pitit li-a, sèl Pitit li-a (« unique engendré »), pou tout moun ki kouè nan li pa péri, min pou li gin lavi tout tan-an (Jn 3, 16). Nan Jézu, Bondié pran chè moun-nan ki kapab mouri-a (¬ Inkarnasion), li patajé kondision lavi-nou sou tè-a, soufrans nou-yo épi lanmò nou épi li tounin youn nan nou nan tout bagay sof péché-a.

” Bondié tèlman gran li kapab fè-l toupiti. Bondié sitèlman puisan li kapab fè-l tou fèb épi li vîn rankontré nou tankou yon timoun san défans, pou nou kapab rinmin-l.
Benoît XVI, 24 désanm 2005

” Éféktivman mistè sa moun-nan yé-a pa parèt aklè vrèman si sé pa nan mistè Paròl-la ki pran chè-a.
Konsil Vatikan II, Gaudium et Spes (GS)

 

77           Sa sa vlé di lè nou di Jézu-Kri sé Bondié tout bon vré épi moun tout bon vré, an minm tan ?

Nan Jézu, Bondié tounin youn nan nou tout bon vré épi konsa li vîn tounin frè nou ; antan-l toujou Bondié épi Granmèt-nou, an minm tan. Nan ané 451, Konsil Kalsédouàn-nan té déklaré nan Jézu-Kri nati Bondié-a (sa Bondié yé-a) ak nati moun-nan (sa moun-nan yé-a) fè youn « san yo pa séparé, épi san yo pa mélanjé ». [464-467, 469]

Sé apré anpil tan ak difikilté l’Égliz-la té réyisi éksprimé kòrèktéman rélasion nati Bondié-a ak nati moun-nan nan Jézu-Kri. Nati Bondié-a ak nati moun-nan pa an opozision oubyin kòt-a-kòt nan Jézu, kòmsi t-a gin yon pati nan li ki Bondié épi yon pati ki moun. Yo pa kapab di non plis dé nati-yo t-a mélanjé nan Jézu oubyin Bondié t-a sèlman fè sanblan, fè kòmsi, li t-a pran yon kò moun nan Jézu (dosétism) : Bondié tounin moun tout bon vré. Konsa tou sé pa dé pèrsòn, dé sijè pèsonèl ki kolé youn ak lòt : Bondié-a épi moun-nan (néstorianism). Épitou sé yon érézi sa yé si yo t-a déklaré nati moun-nan disparèt nèt alé, totalman, nan nati Bondié-a (monofizism). Kont tout érézi sa-yo, l’Égliz-la kinbé lafoua-a fèm nan Jézu-Kri ki Bondié tout bon vré épi moun tout bon vré nan yon sèl sijè pèrsonèl-la (yon sèl pèrsòn). Fòmil konsil Kalsédouàn-nan tout moun konnin-an : « san divizion, san konfizion » pap éséyé ékspliké sa-k dépasé intèlijans moun, min l-ap insisté sou kèk pouin-klé lafoua-a. L-ap indiké nan ki « diréksion » yo doué chèché abòdé mistè sa Jézu yé-a.

” Li toujou rété sa-l té yé-a épi li vîn pran sa-l pa-t yé-a.
Litiji Romèn, 1é janvié

” Konnin Bondié san nou pa konnin pròp mizè pa-nou, sa anjandré ògèy. Konnin mizè-nou san nou pa konnin Bondié, sa bay dézéspoua. Konnin Jézu-Kri fè ékilib-la paské la-a nou jouinn ni Bondié ni mizè-nou.
Blaise Pascal

” Yon rélijion san mistè sé sètènman yon rélijion san Bondié.
Jeremy Taylor (1613-1667, ékrivin rélijié anglè)

 

78           Pou kisa yo pa kapab konprann Jézu si sé pa kòm yon « mistè » ?

Poutèt Jézu sé Bondié, yo pa kapab konprann li si yo pa konsidéré réalité Bondié li yé-a, sa jé pa kapab ouè-a. [525-530, 536]

Sa yo kapab ouè nan Jézu ap minnin nan sa yo pa kapab ouè-a. Gin aspè ki inpòtan anpil nan lavi-li nou pa kapab konprann si nou pa antré nan mistè*-a. Sé konsa sa yé pou kondision-l kòm Pitit Bondié, inkarnasion-l, soufrans li épi réziréksion-l.

?  MISTÈ. (an grèk mystèrion vlé di « sékrè ») : yon mistè sé yon réalité (oubyin yon aspè nan réalité-a) konésans rasionèl nou-an pa kapab rivé jouinn li ak pròp fòs pa-l.

 

79           Èské Jézu té gin yon nanm, yon léspri épi yon kò minm jan ak nou ?

Oui. Jézu « té travay ak min-l kòm moun, li té pansé ak yon intèlijans moun, li té aji ak yon volonté moun, li té rinmin ak yon kè moun » (Vatikan II, GS, 22,2). [470-476]

Poutèt li té moun tout bon vré, Jézu té gin yon nanm épi li té grandi spirituèlman. Sé nan nanm sa-a idantité-l kòm moun té rété épi li té kapab pran konsians sa-l yé. Jézu té pran konsians li té fè youn ak Papa-l ki nan sièl-la nan l’Éspri-Sin-an. Li té kité l’Éspri-Sin-an dirijé-l nan tout sikonstans lavi-li.

” Jézu sé yon évidans.
Hans Urs Von Balthasar (1905-1988, téolojyin katolik, moun péyi Suis)

 Jézu minm t-ap fè progrè nan sajès, nan laj ak nan gras, dévan Bondié ak dévan lèzòm.
Luk 2,52

 

80           Pou kisa Mari vièj ?

Bondié té vlé pou Jézu-Kri gin yon manman tout bon ki yon moun, min pou sé li minm sèl ki Papa-l : li té vlé inogiré yon nouvo kòmansman. Yo t-a doué rékonèt sé nan li kòmansman sa-a soti, sé pa nan fòs tè-a. [484-504, 508-510]

Virjinité Mari-a pa yon léjand ki t-a démodé, min li fondamantal pou lavi Jézu. Li pran nésans sot nan yon fi min li pa-t gin okinn gason kòm papa. Jézu sé yon nouvo kòmansman sou tè-a ki soti anro. Nan évanjil Luk-la, Mari mandé Anj-la : Kijan sa pral fèt paské mouin pa konnin gason ? (Lk 1, 34). Anj-la réponn li : L’Éspri Sin-an ap vîn sou ou (Lk 1, 35). Minm si dépi nan prémié sièk-yo gin moun ki t-ap pasé l’Égliz-la nan jouèt osijè virjinité Mari-a, li té toujou kouè virjinité sa-a réyèl, li pa sèlman yon bagay sinbolik. ¬ 117

” Paské yon papa jan-l t-a doué gin youn-nan pa égzisté nan pami papa ki sou tè-yo.
Wilhelm Willms, Ave Eva (1930-2002, prèt épi ékrivin)

” Sa lafoua katolik-la kouè osijè Mari, jouinn fondman sou sa li kouè osijè Kris-la.
Catéchisme de l’Église catholique, 487

 

81           An déyò Jézu, èské Mari té gin lòt pitit ankò ?

Non. Jézu sé sèl grinn pitit Mari dapré chè-a. [500-510]

Nan prémié tan l’Égliz-la yo té déjà déklaré Mari toujou rété vièj, sa vlé di Jézu pa-t gin lòt frè ak sè biolojik. Nan lang manman Jézu, araméyin, sé yon sèl mo ki ginyin pou di frè ak sè, kouzin ak kouzîn. Nan Évanjil-yo, lè y-ap palé osijè « frè ak sè » Jézu-yo (Mk 3, 31-35 ; 15,40.47 ; 16,1 ; 6,3 ; Mt 27,56.61 ; Jn 19,25-27 parégzanp), sé pròch paran.

” Si yon moun pa déklaré Émanuèl*-la sé Bondié tout bon vré épi la Sint Vièj sé manman Bondié… sé pou li anatèm.
Konsil Éfèz, 431

* Nan Matié 1,23 sa ékri : Min vièj-la ap gin nan vant, épi l-ap akouché yon pitit gason, épi y-ap rélé non-l Émanuèl, sa vlé di : Bondié avèk nou.

 

82           Èské sa pa égzajéré pou rélé Mari « Manman Bondié » ?

Non. Rélé Mari manman Bondié sé rékonèt pitit li-a sé Bondié. [495, 509]

Nan pami prémié krétyin-yo, lè té gin diskision pou konnin kilès Jézu yé, tit « Théotokòs »-la (« Manman Bondié ») té tounin sign distinktif pou intèprétasion kòrèk Liv ki Sin-yo : Mari pa-t sèlman anfanté yon moun ki t-a « vîn » Bondié apré nésans li, min li té déja ap poté nan zantray-li yon timoun ki té Pitit Bondié-a tout bon vré. Konsa, sé pa-t toudabò osijè Mari yo t-ap diskité-a, min yon lòt foua ankò osijè Jézu : Èské-l kapab moun tout bon vré épi Bondié tout bon vré, an minm tan ?  ¬ 117

” Koté lafoua nan Manman Bondié-a fè nofraj, sé la tou lafoua nan Pitit Bondié-a fè nofraj tou ni lafoua nan Bondié Papa-a.
Ludwig Feuerbach (1804-1872, filozòf alman, até, nan liv L’Essence du Christianisme)

 

83           Kisa « Imakilé Konsépsion Mari-a » vlé di ?

L’Égliz-la kouè la Trè Sint Vièj Mari, dépi prémié moman li fòmé nan vant manman-l (konsépsion-l), li té prézèvé intak anba tout konsékans mak péché orijinèl-la, poutèt yon gras épi yon favè spésial Bondié ki gin Tout Pouvoua-a épi an prévizion mérit Jézu-Kri-yo li minm ki sovè ras moun-nan (Dògm 1854 la ; ¬ Dògm). [487-492, 508]

Byin vit nan istoua l’Égliz-la, krétyin-yo té déklaré Imakilé Konsépsion la Trè Sint Vièj Mari. Jodi-a, gin moun ki pa rivé konprann tit sa-a. Li vlé di, dépi nan kòmansman lavi la Trè Sint Vièj Mari, Bondié té prézèvé-l anba péché orijinèl-la. Sé pa osijè konsépsion Jézu nan zantray Mari. Sé pa yon mépri pou lavi séksuèl-la nan pami krétyin-yo, kòmsi yon papa ak yon manman t-a « sal » pròp tèt yo lè yo bay yon timoun lavi, sé pa sa. ¬ 68-69

?  LOURDES. An 1858, lè Sint Vièj Mari té parèt dévan Bernadette Soubirous, li té prézanté tèt-li kòm « Imakulé Konsépsion-an ».

 

84           Èské Mari té yon instriman tou sinpléman nan min Bondié ?

Mari té plis pasé yon instriman pasif nan min Bondié. Li té patisipé aktivman pou édé inkarnasion Bondié-a réalizé. [493-494, 508-511]

Lè Anj-la té vîn anonsé-l li pral anfanté « Pitit Sa-a ki anro nèt-la », Mari té réponn : Sé pou sa fèt nan mouin jan ou di-a (Lk 1, 38). Konsa Rédanmsion ras moun-nan Jézu-Kri réalizé-a, li kòmansé ak yon démann Bondié voyé fè yon moun ki aksépté antan-l lib, épi ansint Mari vîn ansint-la anvan-l marié ak Jozèf. Sé nan chémin sa-yo moun pa-t abitué avèk yo anvan-an, Mari té vîn tounin pou nou « pòt koté n-ap sové-a ». ¬ 479

” Répons Mari-a… sé paròl ki gin konsékans ki gin plis poua nan istoua-a.
Reinhold Schneider (1903-1958, ékrivin alman)

 

85           Pou kisa Mari sé manman-nou tou ?

Mari sé manman-nou paské Kris-la, Granmèt-la, té ba nou-l kòm manman. [963-966, 975]

Madanm min pitit ou… Min manman-ou (Jn 19,27). L’Égliz-la té toujou konsidéré paròl sa-yo Jézu té di Mari ak disip li té rinmin-an antan-l t-ap mouri anro koua-a, sé rinmèt li rinmèt tout l’Égliz-la bay Mari. Konsa, Mari sé manman-nou tou. Nou kapab invoké-l épi mandé-l pou-l lapriyè pou nou bò kot Bondié. ¬ 147-149

” Nan tout ras moun-yo, Mari sé manman ki pi bon, li sé réfij péchè-yo.
S. Alphonse de Liguori (1696-1787, fondatè Rédanmtoris-yo, mistik épi doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

” Plis l’Égliz-la viv dapré modèl Mari-a, sé plis li vîn manman, sé plis nou kapab gin yon nouvo nésans pou Bondié ladan-l, épi jouinn rékonsiliasion.
Fr. Roger Schultz (1915-2005, fondatè épi sipériè kominoté ékiménik Taizé-a)

 

86           Pou kisa Jézu pa-t gin lavi piblik pandan trantan ?

Jézu té vlé viv lavi nòmal nou avèk nou épi konsa li fè lavi chak jou-a vîn sin. [531-534, 564]

Jézu té yon timoun manman-l ak papa-l té rinmin épi yo té fè édikasion-l. Li t-ap fè progrè nan sajès, nan laj ak nan gras (Lk 2 52). Li té viv ansanm ak juif parèy li-yo nan yon ti vilaj épi li té konn al nan sérémoni rélijié-yo. Li té aprann yon métié ki fè-l travay ak min-l é li té fè sa byin. Nan Jézu, poutèt Bondié té vlé fèt nan yon fanmi épi grandi ladan-l, sa montré fanmi-an sé yon koté Bondié abité épi li sé yon égzanp kominoté koté yo jouinn sékou épi asistans.

” Nan fanmi-an, timoun-yo aprann rinmin antan yo rinmin yo gratis ; yo aprann réspékté tout lòt moun antan yo réspékté yo ; yo aprann konnin vizaj Bondié antan yo résévoua prémié révélasion yon papa ak yon manman k-ap pran souin yo tout bon.
Congrégation pour la doctrine de la foi, 31 mé 2004

 

87           Pou kisa Jézu ki té san péché té fè Jan batizé-l ?

Mo ‘batizé’-a vlé di plonjé, lavé. Gras a batèm li-an, Jézu té plonjé nan istoua péché lèzòm-nan. Konsa li t-ap montré nou kichòy. Pou-l kapab délivré nou anba péché nou yo, yon jou y-ap plonjé-l nan lanmò, min l-ap révéyé yon lòt foua nan lavi gras a puisans Papa-l. [535-537, 565]

Anpil péchè ak péchrès – sòlda, fi movèz vi, koléktè taks – té vîn jouinn Jan, profèt-la ki t-ap batizé-a, paské yo t-ap chèché yon batèm répantans pou padon péché yo (Lk 3, 3). An réalité Jézu pa-t bézouin batèm sa-a paské li té san péché, min poutèt li té soumèt tèt-li pou-l résévoua batèm sa-a li montré nou dé bagay : 1) Jézu pran péché nou-yo sou do-l. 2) Davans li fè batèm li-an tounin yon anons soufrans li-an ak réziréksion-l nan. Antan l-ap montré li dispozé mouri pou nou, sièl-la ouvè : Ou sé Pitit mouin, sa mouin rinmin anpil-la (Lk 3, 22).

” Gin kominion ant sa-k kòrèk-yo ak péchè-yo, paské finalman pa gin pèsonn ki kòrèk.
Gertrud Von Le Fort (1876-1971, ékrivin alman)

 

88           Pou kisa Jézu té sibi tantasion-an ? Èské sé tout bon yo té kapab tanté-l ?

Poutèt Jézu té gin nati moun tout bon vré, li té kapab sibi tantasion. Nan li nou pa gin yon sovè ki pa kapab soufri ansanm ak nou nan féblès nou-yo, li sibi tantasion minm parapò tout bagay minmman parèyman sof péché (Éb 4, 15). [538-540, 566]

” Sé chak jou… krétyin-an ap minnin yon batay tankou sa Jézu té minnin nan dézè Judé-a, koté pandan karant jou, diab-la té tanté-l… Sé yon konba spirituèl kont péché-a épi an dènié analiz kont Satan. Sé yon konba ki angajé moun-nan toutantié épi ki mandé yon vijilans atantif épi san rété.
Benoît XVI, 1é mas 2006

 

89           Kilès Jézu promèt « Péyi-roua Bondié-a » ?

Bondié vlé pou tout moun sové épi rivé nan konésans vérité-a (1 Tm 2,4). « Péyi-roua Bondié-a » déja kòmansé lakay moun ki kité rinmin Bondié-a transfòmé-yo. Jézu fè nou konnin moun sa-yo sé toudabò pòv-yo ak sa ki tou piti-yo. [541-546, 567]

Minm moun ki pa nan l’Égliz-la konsidéré sé yon bagay ékstraòdinè pou Jézu al jouinn toudabò sa yo pa konsidéré nan sosiété-a ak yon rinmin ki pi pito yo. Nan Prèch sou mòn-nan, pòv-yo épi sa k-ap kriyé-yo, sa k-ap sibi pèsékision ak violans-yo, tout sa k-ap chèché Bondié ak yon kè pròp, sinsè, tout sa k-ap chèché mizérikòd li-a, jistis li-a ak lapè li-a, yo kapab antré an prémié nan Péyi-roua Bondié-a. Minm péchè ak péchrès-yo résévoua yon invitasion spésial : Sé pa moun ki an santé-yo ki bézouin doktè, min sé moun ki malad-yo. Mouin pa vîn pou-m rélé moun ki kòrèk-yo min péchè-yo (Mk 2, 17).

 Éspri Granmèt-la sou mouin, sé pousa tankou ak luil li sakré mouin, pou-m poté bòn nouvèl-la bay pòv-yo ; li voyé-m préché padon pou sa ki nan prizon ; anonsé avèg-yo y-ap ouè ; ranvouayé sa yo t-ap fè pasé mizè-yo an libèté, préché yon ané Granmèt-la fè gras.
Luk 4,18-19

 

90           Èské Jézu té fè mirak réyèlman oubyin sé bèl ti istoua léjand y-ap rakonté sou li ?

Jézu té fè mirak tout bon vré. Apot*-yo tou. Sé évènman réyèl moun-yo ki ékri Nouvo Téstaman-an ap rakonté. [547-550]

Dokiman ki pi ansyin-yo té déja ap palé osijè anpil mirak ki konfimé prèch Jézu-yo : Min si sé nan Éspri Bondié mouin chasé démon-yo, donk péyi-roua Bondié-a rivé sou nou (Mt 12, 28). Sé dévan anpil moun mirak-yo té fèt épi nou konnin non kèk moun ki té bénéfisié yo : avèk Bartimé parégzanp (Mk 10, 46-52) oubyin bèlmè Piè-a (Mk 8,14-15). An plis gin kèk mirak ki té fè juif-yo faché épi yo pa-t dakò pou-l fè yo (géri yon paralizé jou saba-a oubyin yon lépré, parégzanp). Poutan yo pa-t douté dé yo pami juif-yo nan tan Jézu-a.

” Yon mirak pa fèt kontrèman ak natu-a, min kontrèman ak sa nou konnin osijè natu-a.
S. Augustin

” Pa-t gin mirak ki pi gran okinn koté sou tè-a pasé nan ti krèch Bétléèm-nan : la, Bondié ak moun vîn fè youn.
Thomas Kempis (1379/1380-1471, mistik alman ki ékri L’Imitation de Jésus-Christ.

 

91           Pou kisa Jézu té fè mirak ?

Mirak Jézu té fè-yo, sé té sign ki t-ap montré Péyi-roua Bondié-a rivé. Sé té maniféstasion rinmin li ginyin pou moun-yo épi sa té konfimé mision li té ginyin-an. [547-550]

Lè li t-ap fè mirak-yo, Jézu pa t-ap fè yon spéktak tankou yon majisyin. Min li t-ap montré puisans rinmin Bondié-a k-ap sové nou-an. Gras a mirak-yo, li té montré sé li ki Mési-a épi sé avèk li Péyi-roua Bondié-a kòmansé. Li fè yo kapab ouè yon tè nouvo ki té vini : li délivré anba grangou (Jn 6, 5-15), anba injistis (Lk 19,8), anba maladi épi anba lanmò (Mt 11, 5). Antan-l chasé démon-yo, li kòmansé ranpòté viktoua sou « prins tè sa-a » (Jn 12, 31, sètadi Satan). Min Jézu pa-t rétiré oubyin éliminé tout mal ak tout méchansté sou tè-a. Sa-l té vlé fè konprann toudabò sé jan li nésésè pou moun-yo libéré anba ésklavaj péché-a. Minm lè li t-ap fè mirak, sa-k té pi inpòtan pou li sé té lafoua-a. ¬ 241-242

 Yo té sézi anpil, yo t-ap di : « Li fè tout bagay byin, li fè moun soud tandé, li fè moun bèbè palé ».
Mark 7,37

 

92           Pou kisa Jézu té rélé Apot-yo ?

Jézu té gin anpil disip ki t-ap suiv li, gason kon fi. Nan group sa-a, li té chouazi douz gason, li té rélé yo Apot* (Lk 6, 12-16). Li ba yo yon fòmasion spésial épi li rinmèt yo diféran mision : Li voyé yo pou yo préché  péyi-roua Bondié-a, pou yo géri malad-yo (Lk 9,2). Nan dènié soupé-a sé sèlman douz Apot-yo Jézu té pran avèk li épi li té ba yo lòd : « Fè sa pou nou sonjé mouin » (Lk 22, 19). [551-553, 567]

Apot-yo té témouin réziréksion Jézu-a épi yo té sètifié sé vré. Apré lanmò-li, yo té kontinué travay li-a épi yo té chouazi kèk gason pou kontinué travay-la apré yo, siksésè yo : Évèk*-yo. Jodi-a toujou, siksésè Apot-yo ap égzèsé pouvoua Jézu té rinmèt yo an plin-an : yo dirijé, anségné épi sélébré. Soudé Apot-yo té soudé ansanm-nan vîn tounin baz, fondman inité l’Égliz*-la (¬ Siksésion apostolik). Nan pami Douz-yo, Piè gin yon plas apa poutèt Jézu té ba li yon otorité spésial. Ou sé Piè, épi sou ròch sa-a m-ap bati l’Égliz mouin-an (Mt 16, 18). Sé apati plas spésial sa-a Piè té ginyin nan pami Apot-yo fonksion Pap-la vîn soti. ¬ 137.

 Jézu minm di yo, yon lòt foua ankò : « Lapè pou nou. Minm jan Papa-a té voyé-m nan, mouin minm tou, mouin voyé nou »
Jan 20,21

 

93           Pou kisa Jézu té transfigiré sou mòn-nan ?

Nan lavi Jézu t-ap viv sou tè-a, Papa-a té vlé révélé grandè kondision Bondié Pitit li-a ginyin-an. Transfigirasion Jézu-a va édé disip-yo pi ta pou yo konprann lanmò-l ak réziréksion-l. [554-556, 568]

Toua Évanjil-yo rakonté kòman, sou tèt yon mòn, Jézu té kòmansé kléré ak limiè dévan jé disip li-yo (li té « transfigiré »). Voua Papa nan sièl-la bay Jézu tit « Pitit mouin rinmin anpil-la » épi li di pou yo kouté-l. Piè t-a vlé « konstrui toua tant » pou fè moman sa-a diré pi lontan. Min Jézu ap maché pou-l al soufri. Jézu fè ouè gloua li-a pou-l kapab bay disip li-yo fòs ak kouraj.

” Si yon moun jouinn gras pou Bondié fè-l yon gran révélasion, lè sa-a, sa-k pasé nan moun sa-a sanblé ak sa disip-yo té viv lè Transfigirasion-an : pandan yon ti moman tou kout yo vîn fè yon ti gouté nan sa kontantman béatitud-la ap yé nan Paradi-a. Nòmalman sé révélasion tou kout Bondié konn bay kèk foua, toudabò an prévizion pou gro éprèv ki pral vini.
Benoît XVI, 12 mas 2006

 

94           Lè-l té antré Jéruzalèm, èské Jézu té konnin li t-apral mouri ?

Oui. Toua foua Jézu té anonsé soufrans-li ak lanmò-li anvan-l té alé konsiamman épi ak pròp volonté-l koté-l t-apral soufri-a (Lk 9,51). [557-560, 569-570]

 Paròl-la, sé chè li vîn tounin, épi li abité nan mitan nou ; nou ouè gloua-li, gloua kòm sèl Pitit ki soti nan Papa-a, plin gras ak vérité.
Jan 1,14

 

95           Pou kisa Jézu té chouazi fèt Pak juif-la pou-l té mouri épi résisité ?

Jézu té chouazi fèt Pak pèp li-a Israèl kòm sinbòl sa-k t-apral réalizé nan lanmò-l ak réziréksion-l. Minm jan pèp Israèl-la té délivré sot anba ésklavaj Éjip-la, sé konsa Kris-la té libéré nou sot anba ésklavaj péché-a ak anba pouvoua lanmò-a. [571-573]

Fèt Pak-la té fèt libérasion Israèl anba ésklavaj li t-ap sibi an Éjip-la. Jézu t-al Jéruzalèm pou-l libéré nou yon fason ki pi afon toujou. Li té manjé manjé fèt Pak-la avèk disip li-yo, min, angiz li té touyé mouton fèt Pak-la dapré tradision-an, sé pròp tèt-li li té ofri kòm mouton sakrifis-la. Pak nou-an, Kris-la, yo té sakrifié-l (1 Kor 5, 7) pou rékonsilié moun ak Bondié définitivman yon foua pou tout. ¬ 171

 Li kòmansé di yo sa-k té gin pou rivé-l : « Min n-ap monté Jéruzalèm, y-ap rinmèt Pitit moun-nan nan min chèf-yo ak prèt ak profésè-yo, y-ap kondané-l amò, y-ap rinmèt li nan min pèp déyò-yo. Y-ap pasé-l nan jouèt, y-ap kraché sou li, y-ap bat li, y-ap touyé li ; min apré toua jou, l-ap lévé byin vivan ».
Mark 10, 32-34

 Lè lè-a rivé, Jézu lonjé kò-l pou-l manjé, apot-yo fè minm jan ak li. Li di yo : « Avèk gran anvi mouin té anvi manjé Pak sa-a ansanm avèk nou, anvan-m soufri-a. Réyèlman, mouin di nou, mouin pap manjé-l, joustan li akonpli nan péyi-roua Bondié-a ».
Luk 22,14-16

 

96           Pou kisa yo té kondané yon moun pasifik tankou Jézu pou-l mouri sou koua-a ?

Jézu té oblijé moun péyi-l yo pozé yon késion désizif osijè-l : oubyin Jézu t-ap aji apati otorité ki sot nan Bondié oubyin sé manti-l t-ap bay, sé blasfémé li t-ap blasfémé ; donk sé yon moun ki té an kontradiksion ak laloua-a épi yo té doué trinnin-l dévan lajistis, dapré laloua-a. [574-576]

Sou anpil pouin, fason Jézu t-ap aji-a té yon gran défi pou rélijion Juif-yo t-ap suiv tradisionèlman-an nan tan pa-l la. Li té padoné péché, bagay sé Bondié sèl ki kapab fè-l ; li fè laloua saba-a vîn kòm fakiltatif, li mété-l nan sitiasion pou yo pansé l-ap blasfémé épi li pa pè pou yo akizé-l kòm fo-profèt. Pou tout infraksion sa-yo, sé lanmò laloua-a té prévoua kòm chatiman.

97           Èské sé juif-yo ki résponsab lanmò Jézu ?

Yo pa kapab akizé « juif-yo » koléktivman kòm résponsab lanmò Jézu. Min, sa l’Égliz-la déklaré ak asirans, sèké tout péchè-yo konplis nan lanmò Jézu-a. [597-598]

Siméon, granmoun ki té profèt-la, té prévoua Jézu t-ap yon sign kontradiksion (Lk 2, 34). Otorité Juif-yo té kanpé fèm kont Jézu, min nan pami farizyin-yo ginyin ki té disip Jézu an sékrè tankou Nikodèm ak Jozèf Arimati. Diféran pèsonalité épi institision romin ak juif té patisipé nan prosè Jézu-a (Kayif, Juda, Gran Konsèy-la, Éròd, Pons Pilat). Sé Bondié sèl ki kapab jijé nan ki pouin chak moun té koupab pèsonèlman. Opinion ki t-a vlé pou sé tout juif nan tan Jézu oubyin juif kounié-a ki t-a résponsab lanmò Jézu-a pa rézonab épi yo pa kapab défann li sou plan biblik-la. ¬ 135

” Sé pa démon-yo ki té klouré-l sou koua-a, min sé ou minm ki té klouré-l avèk yo épi k-ap klouré-l ankò lè ou-ap pran plézi nan vis ak nan péché.
S. François d’Assise

 

98           Èské Bondié té vlé lanmò pròp Pitit li-a ?

Lanmò Jézu-a ki tèlman violan sé pa rézilta kèk sikonstans trajik ki t-a rivé paraza. Li minm dapré volonté fiksé-a ak prévouayans Bondié-a, yo té rinmèt-la, antan nou klouré-l pa lintèmédiè min moun san laloua-yo, nou té touyé-l (Tr 2, 23). Pou nou minm ki pitit péché-a ak lanmò-a, nou té kapab gin lavi, Papa ki nan sièl-la té fè sa-k pa konnin péché-a, vîn tounin péché pou nou (2 Kor 5, 21). Min grandè sakrifis Bondié Papa-a té mandé Pitit li-a korésponn ak grandè soumision Pitit-la : Kisa m-ap di ? Papa, sové-m sot nan lè sa-a. Min, sé poutèt sa minm mouin vini, pou lè sa-a minm (Jn 12, 27). Bò Papa-a tankou bò Pitit-la gin yon rinmin ki manifésté-l jous nan dènié bout sou lakoua-a. [599-609, 620]

Pou-l kapab sové nou anba lanmò-a, Bondié té fè yon mision plin danjé : nan Pitit li-a Jézu-Kri li té poté « yon rémèd ki éliminé lanmò » (Ignas d’Antiòch) sou tè lanmò nou-an. Papa-a ak Pitit-la té asosié ansanm nan mision sa-a épi yo pa kapab séparé yo. Antan sé tout bon yo té vlé sové nou paské yo rinmin nou, yo pran sou yo sa-k té pi térib-la. Bondié ofri yon boukantay, yon échanj, pou-l kapab sové nou nèt : li té vlé bay lavi, lavi étènèl li-a, pou nou kapab gouté nan kè kontan-l nan. Jézu té vlé andiré agoni nou-an, dézéspoua nou-an, lagé nou santi yo lagé-n pou kont nou-an, lanmò nou-an, pou-l kapab fè youn avèk nou nèt antan-l rété fè youn avèk Papa-l nèt. Pou-l té kapab rinmin nou jous nan dènié bout épi minm pi louin. Lanmò Kris-la sé té volonté Papa-a, min sé pa-t dènié mo li. Poutèt Kris-la mouri pou nou, si nou rété an kominion avèk li, nou kapab jouinn lavi li-a nan plas lanmò nou-an.

 Anvan fèt Pak-la, Jézu té konnin byin lè pa-l la té rivé pou-l té travèsé sot sou tè sa-a al kot Papa-a. Li té rinmin moun pa-l yo ki té sou tè-a, sé jouskalafin li rinmin yo.
Jan 13,1

” Pa gin lòt néchèl pou rivé nan Paradi-a pasé koua-a.
Ste Rose de Lima (1586-1617, sint nasional Pérou, prémié sint kanoni­zé ki fèt an Amérik)

” Bondié pa-t vini pou-l fè soufrans-la kaba. Li pa-t vini non plis pou-l ékspliké soufrans-la, min pou-l té ranpli-l ak prézans-li.
Paul Claudel (1868-1955, poèt épi ékrivin fransè)

 

99           Sa-k té pasé nan dènié soupé-a ?

Asouè anvan-l mouri-a, Jézu té lavé pié disip li-yo, li té fè Ékaristi*-a kité-l pou yo épi li té fondé sasèrdòs nouvo Alians-la. [610-611]

Jézu té montré rinmin li-an jous nan dènié bout nan toua fason : Li té lavé pié disip li-yo épi li té montré sé tankou sa k-ap sèvi-a li nan mitan nou (Lk 22, 27). Davans li té montré soufrans li k-ap libéré nou-an antan-l di paròl sa yo sou ofrann pin-an ak divin-an : Sa-a sé kò mouin m-ap bay pou nou-an (Lk 22, 19), sé konsa li té kité sint Ékaristi*-a pou nou. Lè Jézu té pasé Apot*-yo lòd : Fè sa pou nou sonjé mouin (1 Kor 11, 124), li té fè yo tounin prèt* nouvo Alians-la. ¬ 208-223

 Lè-l fîn lavé pié yo, li pran rad ki té sou pa déyò-yo, li lonjé kò-l ankò, li di yo : « Nou konnin ki sa mouin sot fè nou-an ? Nou minm nou rélé-m Mèt-la, épi Granmèt-la. Nou di byin, réyèlman sé sa mouin yé. Si mouin minm ki Granmèt-la ak mèt-la mouin lavé pié-nou, nou minm tou nou doué lavé pié-nou youn lòt. Réyèlman, sé yon égzanp mouin ba nou, pou jan mouin fè pou nou-an, nou minm tou nou fè ».
Jan 13,12-15

” Nan yon sans, nou kapab di présizéman Dènié Soupé-a sé akt fondasion l’Égliz-la paské Jézu bay pròp tèt-li épi konsa li kréyé yon nouvo kominoté, yon kominoté ki fè youn nan kominion avèk li-minm minm.
Benoît XVI, 15 mas 2006

 

100         Sou mòn Olivié-yo, lannuit anvan-l mouri-a, èské Jézu té vrèman santi angouas kè séré dévan lanmò-a ?

Poutèt Jézu té moun tout bon vré, sou mòn pié Oliv-yo, li té vrèman santi angouas kè séré tout moun santi dévan lanmò-a. [612]

Ak fòs li té ginyin kòm moun, minm fòs sa-yo nou chak nou ginyin-an, Jézu té doué minnin yon konba anndan-l pou-l rété kolé nèt alé sou volonté Papa-a ki té mandé-l pou-l bay lavi-l pou tè-a. Nan moman ki té pi difisil-la, antan tout moun lagé-l, minm zanmi-l yo, Jézu té désidé di « oui ». Papa mouin, si bagay sa-a pa kapab pasé san mouin pa bouè-l, sé pou volonté-ou fèt (Mt 26, 42). ¬ 476

101         Pou kisa sé sou yon koua Jézu té doué sové nou ?

Koua-a koté yo té touyé Jézu ki inosan-an ak yon lanmò ki tèlman térib, sé imiliasion ak abandon ki pi total-la. Kris-la, Rédanmtè nou-an té chouazi koua-a pou-l poté péché-a épi soufri doulè tè-a. Konsa gras a pèféksion rinmin-l nan, li té ramné tè-a al jouinn Bondié. [613-617, 622-623]

Pa gin fason ki t-a pi gran pou Bondié t-a montré nou rinmin li gin pou nou-an pasé lè li kité yo klouré-l sou koua-a pou nou nan Pitit li-a. Koua-a té fason ki pi ronté, pi térib, pou égzékité yon moun nan antikité-a. Kèlkésoua krim yon sitouayin romin t-a fè, yo pa-t gin doua klouré-l sou koua. Konsa Jézu té antré nan soufrans ki pi rèd pou moun-nan. Dépi lè sa-a, pèsonn moun pa kapab di : « Bondié pa konnin sa m-ap soufri ».

?  ΑΛΕΞΑΜΕΝΟΣ ΣΕΒΕΤΕ ΘΕΟΝ. (Alégzaménòs sébété théòn). Youn nan pi ansyin réprézantasion koua-a sé yon karikati (désin pou pasé moun nan jouèt) yo jouinn nan katakonb-yo a Ròm koté y-ap pasé Sovè krétyin-yo nan jouèt [[Yon moun ak tèt bourik dé bra louvri sou yon koua, épi yon moun ap lapriyè-l]]. Inskripsion-an di : « Alégzaménòs ap adoré Bondié-l la ».

?  PASION. (an latin passio vlé di « maladi, soufrans ») : sé ak mo sa-a yo dézignin soufrans Kris-la.

” Bondié lonjé min-l sou koua-a pou-l anbrasé tout limit inivè-a.
Cyrille de Jérusalem(anviron 313-386/387, Pèr-de-l’Égliz)

 

102         Pou kisa nou minm tou nou doué aksépté soufrans-la nan lavi-nou, « pran koua-a sou nou » épi suiv Jézu ?

Krétyin-yo pa doué chèché soufrans-la, min lè yo anfas yon soufrans inévitab, sa kapab gin sans pou yo pou yo mété soufrans yo ansanm ak soufrans Kris-la : Kris té soufri pou nou, li kité yon modèl ba nou, pou nou kapab suiv tras li (1 P 2, 21). [618]

Jézu té di : Si yon moun vlé vîn dèyè-m, sé pou-l rénonsé pròp tèt-li, sé pou-l pran koua-li épi pou-l suiv mouin (Mk 8, 34). Dévoua krétyin-yo sé goumin kont soufrans-la sou tè-a. Poutan, soufrans-la kontinué égzisté. Nan lafoua-a nou kapab aksépté pròp soufrans pa-nou épi édé lòt-yo poté pa-yo. Konsa soufrans moun-nan vîn antré nan rinmin Kris-la, Rédanmtè-a, épi li vîn fè pati puisans Bondié-a k-ap ralé moun-yo sou tè-a vîn nan kontantman an plin-an.

” Nou minm krétyin, nou pa fè nofraj nan tanpèt tè-a poutèt yon sèl rézon : sé boua lakoua-a k-ap poté nou.
S. Augustin

” Sé pou nou poté koua-nou, pa trinnin-l, épi sé pou nou pran-l tankou yon trézò, pa tankou yon chaj. Sé sèlman gras a koua-a nou kapab sanblé ak Kris-la.
François Fénelon (1651-1715, évèk fransè)

 

103         Èské Jézu té mouri tout bon oubyin èské li té kapab lévé paské sé an aparans li té mouri ?

Jézu-Kri té mouri réyèlman sou koua-a. Yo té antéré kò-li. Tout dokiman-yo témouagné sa. [627]

Nan Jan 19,33, sòlda-yo konstaté lanmò Jézu ak asirans. Ak yon kout lans, yo pèsé bò kòt Jézu épi yo ouè san ak dlo k-ap koulé sot ladan-l.
An plis yo té kasé janm dé lòt krisifié-yo – yon fason pou fè yo mouri pi vit – min sa pa-t nésésè pou Jézu paské li té déjà mouri.

” Si-ou poté koua-ou ak kè kontan, sé li-minm k-ap poté-ou.
Thomas a Kempis

” Lè Kris-la réalizé Rédanmsion-an gras a soufrans-la, an minm tan li lévé soufrans moun-nan anlè jous li ba li valè Rédanmsion. Donk tout moun, nan pròp soufrans pa-l, kapab patisipé nan soufrans Kris-la ki rachté nou-an.
Jean-Paul II, Salvifici doloris

” Lè n-ap gadé koua-a, nou konprann grandè rinmin li gin pou nou-an. Lè n-ap gadé krèch-la nou konprann tandrès rinmin-l nan, pou ou épi pou mouin, pou fanmi-ou épi pou tout fanmi-yo.
Mère Teresa

 

104         Èské yon moun kapab krétyin san-l pa kouè nan réziréksion Kris-la ?

Non. Si Kris minm pa résisité, konsa prèch nou-an pou granmési, lafoua nou-an tou pou granmési (1 Kor 15,14). [631, 638, 651]

?  SAINT SUAIRE DE TURIN. Dra Turin-an sé yon toual an lin prémié sièk. An 1898 yon moun Turin fè foto-l pou prémié foua. Lè y-ap gadé négatif foto-a yo dékouvri sou toual lin-an yon pòtré yo pa kapab ékspliké ki réprézanté yon moun nan antikité yo té malminnin sérié.

 

105         Kòman disip-yo fè rivé kouè Jézu résisité ?

Disip-yo ki té pèdi tout éspérans, té rivé kouè Jézu résisité, paské apré lanmò-li, yo té ouè-l nan diféran fason, yo té palé ak li épi yo té fè ékspérians li vrèman vivan. [640-644, 656]

Événman Pak-la ki té pasé nan Jéruzalèm bò lané 30, sé pa yon istoua yo invanté. Dévan boulvèsman lanmò Jézu-a épi projè yo té ginyin ansanm-nan ki krazé-a, disip-yo té pati sové kò yo. Nou minm minm, nou té éspéré sé li minm ki té gin pou-l délivré Israèl. Époutan, avèk tout bagay sa-yo min touazièm jou-a ki pasé dépi bagay sa-yo rivé (Lk 24, 21). Oubyin yo té fèmin kò yo lakay yo. Sé sèlman paské yo té ran­kon­tré ak Kris-la ki fè yo té libéré anba fèmin yo té fèmin sou yo minm-nan épi yo té vîn plin ak yon lafoua san limit nan Jézu-Kri, Granmèt lavi-a ak lanmò-a.

” Événman lanmò ak réziréksion Kris-la sé kè kristianism-nan. Li sé pouin-dapui lafoua-nou, lévié ki gin puisans k-ap ba nou asirans, van ki gin fòs k-ap baléyé tout kè soté ak tout ézitasion, tout dout ak tout kalkil nou fè dapré kondision moun nou-an sèlman-an.
Benoît XVI, 19 oktòb 2006

 

106         Èské gin prèv réziréksion Jézu-a ?

Sou plan siantifik, pa gin prèv réziréksion Jézu-a. Min gin anpil témouagnaj moun ak group moun ki té la lè événman-yo té pasé Jéruzalèm. [639-644, 647, 656-657]

Témouagnaj yo ékri ki pi ansyin osijè réziréksion Jézu-a sé yon lèt sin Pòl té voyé bay Korintyin-yo anviron vintan apré lanmò Jézu : Mouin té transmèt nou réyèlman toudabò sa mouin té résévoua-a : Kris-la té mouri poutèt péché nou-yo dapré sa-k ékri-yo, épi li té parèt bay Kéfas, apré sa, bay Douz-yo, apré sa, li té parèt bay sinksan frè yon sèl kou, nan yo laplipa rété jous koulié-a, kèk minm té mouri (1 Kor 15, 3-6). La-a, Pòl ap palé osijè yon tradision ki té byin vivan li té jouinn nan prémié kominoté krétyin-an, lè li-minm li té vîn krétyin, dé ou touazan apré lanmò ak réziréksion Jézu – apré rankont li té fè ak Granmèt-la ki résisité-a ki té sitèlman boulvèsé-l. Disip-yo té konsidéré tonm-nan ki vid-la kòm prémié indikasion osijè réalité réziréksion-an (Lk 24, 5-6). Épi sé kèk médam – dapré laloua épòk-la, témouagnaj médam-yo pa-t valab nan tribinal – ki té dékouvri sa. Minm si yo di osijè Apot* Jan, lè-l rivé nan tonm vid-la, li ouè épi li kouè (Jn 20, 8), konviksion Jézu vivan-an vîn anrasiné apati yon séri aparision. Asansion Jézu-a mété pouin final nan rankont sa-yo ak Résisité-a. Époutan, dépi lè sa-a jous jodi-a, rankont ak Granmèt-la ki vivan-an yo kontinué : Jézu-Kri vivan.

” Moun ki konnin Pak pa kapab dézéspéré.
Dietrich Bonhöeffer (1906-1945, téolojyin protéstan ki t-ap rézisté kont Hitler. Yo touyé-l nan kan konsantrasion Flossenbürg-la)

” Rinmin Bondié-a pasé tankou lafoud. Tankou yon zèklè, l’Éspri Sin-an travèsé lannuit chak moun. Jézu résisité pran-ou, li pran chaj tout bagay, li pran sou li tout sa nou pa kapab rivé poté. Sé sèlman apré, kèk foua anpil tan apré, sa vîn klè : Kris-la té pasé épi li té distribiyé abondans-li k-ap débòdé-a.
Fr. Roger Schutz

 

107         Lè Jézu té résisité, èské li té tounin nan kondision fizik lavi li té ginyin anvan sou tè-a ?

Granmèt-la ki résisité-a té pèmèt disip li-yo touché-l, li té manjé avèk yo épi li té montré yo mak blésé soufrans li-a. Poutan kò-li pa-t anba loua réalité tè-a sèlman, min li té nan domèn ki pou Bondié Papa-l la. [645-646]

Kris-la ki résisité, ki poté mak blésé Krisifié-a, pa limité ni nan éspas-la ni nan tan-an. Li kapab antré nan yon chanm tout pòt fèmin épi li kapab parèt dévan disip li-yo nan diféran koté an minm tan ak anba yon aparans ki pa pèmèt yo rékonèt li tousuit. Donk réziréksion Kris-la pa-t yon rétounin nan lavi nòmal sou tè-a, min yon pasaj al nan yon lòt lavi : Kris-la ki té résisité sot nan pami mò-yo, li pap mouri ankò, lanmò pap dominé sou li ankò (Rm 6,9).

 Jézu di-l : « Mari ». Li minm antan li viré, li di-l an ébré : « Rabouni ». Sa vlé di : « Mèt ».
Jan 20,16

 

108         Kisa Réziréksion-an chanjé sou tè-a ?

Kòm kounié-a lanmò-a pa gin dènié mo-a, kè kontan-an ak éspérans-la vini sou tè-a. Kòm kounié-a lanmò pa gin okinn pouvoua (Rm 6,9) sou Jézu, li pèdi tout pouvoua tou sou nou minm ki pou Jézu-a. [655-658]

” Moun ki résévoua mésaj Pak-la pa kapab kontinué maché ak yon vizaj tris ni minnin égzistans san kè kontan moun ki pa gin éspérans-yo.
Friedrich Schiller (1759-1805, ékrivin épi konpozitè téat alman)

 

109         Jézu té monté nan sièl. Sa sa vlé di ?

Avèk Jézu, youn nan nou rivé bò kot Bondié, épi pou tout tan. Nan Pitit li-a, Bondié toupré nou minm moun nan fason moun. An plis, nan évanjil Jan-an, Jézu di : Mouin minm minm, lè y-a lévé-m anlè sot sou tè-a, m-ap rédi tout bagay vîn jouinn mouin (Jn 12, 32). [659-667]

Nan Nouvo Téstaman*-an, Asansion Kris-la sé konklizion yon périòd karant jou koté Jézu Résisité té vlé toupré disip li-yo yon fason spésial. Alafin périòd sa-a, Jézu antré ak tou sa-l yé kòm moun nan grandè Bondié-a. Liv ki Sin-yo di sa ak kèk imaj épi sinbòl tankou « nuaj » épi « sièl ». Jan Pap Benoua XVI di-a : « Moun-nan jouinn plas-li nan Bondié ». Kounié-a Jézu-Kri ansanm ak Papa-a épi l-ap vini yon jou « pou-l jijé ni moun k-ap viv ni moun ki mouri ». Asansion Jézu-a vlé di yo pa kapab ouè Jézu sou tè-a ankò, min li toujou la avèk nou.

 « Mésié Galilé-yo, poukisa nou kanpé ap gadé nan sièl-la ? Jézu sa-a yo pran sot koté nou, fè-l monté nan sièl-la, konsa l-ap tounin, minm fason nou ouè-l pati nan sièl-la ».
Travay Apot-yo 1,11

 Sa-a ki désann nan, sé li minm tou ki té monté anlè tout sièl yo, pou-l plin tout bagay.
Éfézyin 4,10

 

110         Pou kisa Jézu sé Granmèt tout tè-a ?

Jézu-Kri sé Granmèt tè-a épi Granmèt istoua-a paské sé pou li, sé pa pouvoua li tout bagay fèt. Li sové tout moun épi l-ap kondui tout moun. [668-674, 680]

Li « anlè anro nou », épi sé li minm sèl nou adoré antan nou pliyé jénou nou ; li « bò koté nou », épi li sé tèt l’Égliz li-a koté Péyi-roua Bondié-a déja kòmansé dépi koulié-a, épi li « dévan nou », mèt istoua-a, k-ap ranpòté viktoua alafin sou puisans ténèb-yo épi k-ap fè tè-a réalizé déstiné-l dapré plan Bondié-a ; l-ap vini rankontré nou nan gloua-a, nou pa konnin ki jou, pou-l fè tè-a rénouvlé épi rivé nan aboutisman-l. Nou kapab dékouvri li toupré nou toudabò nan Paròl Bondié-a, nan résévoua sakréman*-yo, nan pran souin pòv-yo épi koté dé ou toua réyini nan non-l (dapré Mt 18, 20). ¬ 157, 163

 Paské nan li tout bagay té kréyé nan sièl-yo épi sou tè-a, sa yo kapab ouè-yo ak sa yo pa kapab ouè-yo, soua trôn, doua dominasion, soua chèf, soua pouvoua, épi tout bagay gras a li épi pou li yo kréyé.
Kolosyin 1,16

?  PAROUZI. (an grèk parousia vlé di « an prézans moun-nan pèsonèlman ») : vlé di tounin Kris-la ap tounin-an lè dènié jijman-an.

 

111         Sa-k pral pasé alafin di mond ?

Alafin di mond, Kris-la ap tounin pou tout moun ouè-l. [675-677]

Liv ki sin-yo anonsé gro boulvèsman (Lk 18, 8 ; Mt 25, 3-14) : méchansté-a k-ap parèt aklè, éprèv ak pèsékision k-ap tésté lafoua-a ankò, sa yo sé révè méday nouvo réalité-a : viktoua Bondié ap ranpòté sou mal-la définitivman épi aklè. Grandè Bondié, vérité-l ak jistis-li pral manifésté avèk ékla. Lè Kris-la ap vini ; ap gin yon sièl nouvo épi yon tè nouvo… Épi l-ap suiyé tout dlo sot nan jé-yo, épi lanmò-a pap ginyin ankò, ni chagrin, ni rèl, ni soufrans, pap ginyin ankò, paské prémié bagay-yo al fè rout yo  (Ap  21, 1.4). ¬ 164

 Souf moun-yo ap koupé, tèlman y-ap pè, pandan y-ap tann sa k-ap rivé sou tout tè-a ; pouvoua-yo nan sièl-la minm, y-ap tranblé. Lè bagay sa-yo ap kòmansé rivé, drésé kò-nou, lévé tèt-nou, paské délivrans nou-an ap proché.
Luk 21,26.28

 

112         Kijan sa pral pasé lè Kris-la ap vini pou-l jijé ni nou minm ni tout moun sou tè-a ?

Si yon moun pa vlé konnin anyin nan rinmin-an, minm Kris-la pa kapab édé-l ; li jijé pròp tèt-li. [678-679, 681-682]

Paské Jézu sé chémin-an, vérité-a ak lavi-a (Jn 14, 6), li pral révélé sa ki inpòtan dévan jé Bondié épi sa-k pa inpòtan. Sé sou lonn pròp lavi Kris-la y-ap méziré vérité-a an plin sou moun-nan, sou bagay-yo, sou pansé-yo, sou événman-yo. ¬ 157, 163

” Bondié pa réjté okinn nanm, paské nanm-nan ap réjté tèt-li pou kont-li : sé chak moun k-ap jij pròp tèt-li.
Jakob Böhme (1575-1624, mistik alman)

 

 

TOUAZIÈM CHAPIT

Mouin kouè nan l’Éspri-Sin-an

113         Sa sa vlé di : mouin kouè nan l’Éspri-Sin-an ?

Kouè nan l’Éspri-Sin-an sé adoré-l kòm Bondié ansanm avèk Papa-a ansanm avèk Pitit-la, kòm youn nan toua Pèrsòn la Trè Sint Trinité-a ki « minm Bondié ak Papa-a épi ak Pitit-la ». Nou kouè l’Éspri-Sin-an vini nan kè moun-nan pou minnin-l kòm pitit Bondié pou-l rivé konnin Papa-a ki nan sièl-la. Antan l’Éspri Bondié-a ap animé nou, nou kapab chanjé fas tè-a. [683-686]

Anvan-l té mouri, Jézu té promèt disip li-yo l-ap voyé yon lòt Avoka (Jn 14, 16) ba yo lè li pa t-a avèk yo ankò. Lè l’Éspri-Sin-an té désann sou disip-yo nan kòmansman l’Égliz-la yo vîn konprann osijè kilès Jézu t-ap palé. Kè yo vîn plin jous nan fon ak asirans épi kontantman, épi yo vîn résévoua karism* spésial, ki fè yo té kapab profétizé, géri épi fè mirak. Jodi-a toujou, gin moun nan l’Égliz-la ki gin don sa-yo épi k-ap fè minm ékspérians-la. ¬ 35-38, 310-311

?  KARISM. (an grèk charis vlé di « don, gras, favè, kado ») : sé konsa yo rélé kado l’Éspri-Sin-an jan prémié lèt pou Korintyin-yo bay déskripsion-an, parégzanp : nan pami lòt, sé don gérizon-an, fè mirak-la, profési-a, palé an lang-nan épi intèprété-a, don sajès-la, konésans, lafoua. Ansanm ak yo nou kapab mété sèt don l’Éspri Sin-an tou (ouè késion 310). Sé don patikilié karism-yo yé pou gidé oubyin jéré yon kominoté, pou rinmin prochin-an épi anonsé lafoua-a.

 

114         Ki ròl l’Éspri-Sin-an joué nan lavi Jézu ?

Nou pa kapab konprann tout sa Jézu té fè-yo si sé pa anba aksion l’Éspri-Sin-an. Prézans l’Éspri Bondié-a, nou rélé-l l’Éspri-Sin-an, li parèt aklè nèt alé nan tout lavi Jézu. [689-691, 702-731]

L’Éspri-Sin-an fè Jézu vîn pran lavi nan vant Mari ki Vièj (Mt 1, 18) ; li témouagné Jézu sé Pitit Papa-a rinmin anpil-la (Lk 4, 16-19) ; li minnin Jézu (Mk 1, 12) épi li fè-l aji jous nan dènié bout (Jn 19, 30). Sou koua-a, Jézu rinmèt l’Éspri-a. Apré réziréksion-an, li fè disip li-yo kado l’Éspri-Sin-an (Jn 20, 22). Konsa Jézu transmèt l’Égliz-la l’Éspri li-a : Minm jan Papa-a té voyé-m nan, mouin minm tou, mouin voyé nou. Résévoua Éspri-Sin-an (Jn 20, 21-22).

” Moun k-ap priyé antan-l di : « Vini Éspri Sin-an » doué paré tou pou-l priyé antan-l di : « Vini épi bouskilé-m koté m-bézouin yo bouskilé-m nan ».
Wilhelm Stählin (1883-1975, téolojyin alman protéstan)

” Li pousé nou al kot lòt-yo, li limin difé charité-a nan nou, li fè nou tounin misionè rinmin Bondié-a.
Benoît XVI, Sur l’Esprit Saint, 20 juiyè 2007

 

115         Ak ki non épi ak ki sign l’Éspri-Sin-an manifést­é-l ?

L’Éspri-Sin-an désann sou Jézu sou fòm yon kolonb. Prémié krétyin-yo té ékspérimanté l’Éspri-Sin-an tankou yon onksion k-ap sové yo, yon dlo lavi, yon tanpèt k-ap souflé oubyin tankou lang difé. Jézu-Kri li-minm palé osijè sa k-ap édé-a, k-ap konsolé-a, k-ap anségné-a épi ki Éspri vérité-a. Nan Sakréman* l’Égliz-la yo transmèt l’Éspri-Sin-an gras a inpozision min-yo épi onksion luil-la. [691-693]

Sign ki té montré Bondié fè yon alians lapè ak moun-nan, Noé té ouè-l nan kolonb-la ki té parèt ak ramo olivié-a. Nan Antikité-a lòt nasion-yo té konsidéré kolonb-la kòm sinbòl rinmin-an. Donk prémié krétyin-yo té konprann tousuit poukisa l’Éspri-Sin-an ki sé rinmin Bondié-a an pèrsòn, té désann sou Jézu tankou yon kolonb lè batèm-nan nan Joudin-an. Jodi-a sou tout tè-a yo rékonèt kolonb-la kòm yon sign lapè épi youn nan gran sinbòl rékonsiliasion ant Bondié ak moun-yo (Jén 8, 10-11).

” Nan Jézu-Kri, Bondié li-minm tounin moun épi li ba nou posibilité pou-n t-a kòm fè yon ti gadé anndan intimité Bondié li-minm minm. Épi la nou ouè yon bagay nou pa t-ap tann ditou : Bondié kaché-a sé pa yon solitid infini. Li sé yon réalité rinmin. Gin Pitit-la k-ap palé ak Papa-a. Épi yo toulèdé sé yon sèl nan l’Éspri-a ki tankou n-t-a kapab di atmosfè don total ak rinmin ki fè yo sé yon sèl Bondié-a.
Benoît XVI, vijil Pannkot 2006

 

116         Sa sa vlé di lè yo di : Sé l’Éspri-Sin-an « ki t-ap palé lè profèt-yo t-ap palé » ?

Nan Ansyin Téstaman-an, Bondié té déja bay fi ak gason l’Éspri li-a yon fason pou yo té palé nan Non-li épi pou yo té anonsé pèp-la Mési-a (Kris-la) ki té gin pou vini-an. [683-688, 702-720].

Nan Ansyin Téstaman-an, Bondié té chouazi gason ak fi ki té aksépté yo chouazi yo pou-l konsolé, gidé épi ankourajé pèp li-a. Konsa l’Éspri Bondié-a té palé nan bouch Izayi, Jérémi, Ézékièl épi lòt profèt-yo. Jan-Batis, dènié nan profèt-yo pa-t sèlman anonsé davans Mési-a prèt pou rivé, min li té rankontré-l tou épi li té anonsé sé li-minm ki t-apral libéré nou anba pouvoua péché-a.

 Anpil foua épi anpil fason, lontan, Bondié té palé ak papa-yo nan profèt-yo, sou dènié nan jou sa-yo, li té palé avèk nou nan Pitit-la, sa-l té mété éritié tout bagay-la, li minm pa lintèmédiè-l la li té fè sièk-yo tou.
Ébré 1,1-2

 

117         Kòman l’Éspri-Sin-an té aji nan Mari, avèk Mari épi gras a Mari ?

Mari té disponib nèt alé pou Bondié épi li té dosil nan min-l (Lk 1, 38). Sé konsa aksion l’Éspri-Sin-an fè-l tounin « manman Bondié » épi kòm manman Kris-la li té vîn manman tout krétyin-yo tou épi manman tout moun. [721-726]

Mari pèmèt l’Éspri-Sin-an réalizé pi gran mirak-la : Bondié tounin moun. Li té di Bondié « oui » : Min ésklav Granmèt-la, sé pou sa rivé-m dapré paròl ou-a (Lk 1, 38). Antan l’Éspri-Sin-an ap soutni-l, Mari té akonpagné Jézu nan kè kontan-li ak nan lapèn li jous nan pié lakoua-a. Épi sé la Jézu té ba nou li kòm manman (Jn 19, 25-27). ¬ 80-85, 479

 Éspri-Sin ap vîn sou ou, épi fòs Sa-a ki anro nèt-la ap pozé lonbraj fènoua sou ou ; sé poutèt sa sa-k fèt-la, sin-an, y-ap rélé-l Pitit Bondié.
Luk 1,35

?  PANNKOT. (an grèk pentékostè hèméra vlé di « sinkantièm jou » apré Pak-la) : okòmansman sé té yon fèt koté Israèl t-ap sélébré alians avèk Bondié-a ki té konkli nan Sinayi-a. Poutèt événman ki té pasé Jéruzalèm nan jou Pannkot-la, fèt sa-a tounin fèt l’Éspri-Sin-an pou krétyin-yo.

 

118         Sa-k té pasé lè Pannkot-la ?

Sinkant jou apré réziréksion-an, Granmèt-la té voyé l’Éspri-Sin-an sot nan sièl-la sou disip li-yo. Sé tan l’Égliz*-la ki kòmansé. [731-733]

Jou Pannkot-la, l’Éspri-Sin-an té transfòmé apot-yo ki té bloké paské yo té pè épi li fè yo tounin témouin Kris-la ak kouraj. Nan yon ti tan tou kout, gin pliziè milié moun ki résévoua batèm : sé té nésans l’Égliz-la. Mirak lang-yo nan Pannkot*-la té montré, dépi nan kòmansman, l’Égliz-la fèt pou tout moun : li inivèsèl (mo katolik-la soti nan mo grèk ki vlé di « ouvè pou tout moun ») épi li misionè. Sé ak tout moun li palé, li dépasé bariè ras ak lang épi tout moun kapab konprann li. Jous jodi-a, l’Éspri-Sin-an sé rémèd k-ap fè l’Égliz-la viv.

 Yo tout té plin ak Éspri-Sin, épi yo té kòmansé palé dòt lang, dapré jan Éspri-a té ba yo pouvoua pou yo palé. Lè voua sa-a rivé-a, foul-la té rasanblé épi li té mélé paské chak moun té tandé yo t-ap palé nan pròp lang pa yo minm.
Travay Apot-yo 2,4.6

 

119         Ki aksion l’Éspri-Sin-an nan l’Égliz-la ? [Kijan l’Éspri-Sin-an aji nan l’Égliz-la ?]

L’Éspri-Sin-an ap bati l’Égliz-la. L-ap pousé li épi l-ap fè-l sonjé mision-li. Li rélé moun vîn nan sèvis li épi li ba yo don ki nésésè-yo. L-ap kondui nou pi afon chak foua nan kominion ak Sint Trinité-a. [733-741, 747]

Minm lè pandan istoua li ki tèlman long l’Égliz-la té parèt pliziè foua kòm « li pa fîn konnin sa l-ap fè », poutan l’Éspri-Sin-an té la ap aji nan li malgré tout fot ak tout mankman lèzòm. Égzisté li égzisté dépi dé mil an-an, kantité sin li ginyin nan tout épòk nan tout kilti, déja asé pou fè ouè prèv prézans l’Éspri-Sin-an. Sé li minm ki kinbé tout l’Égliz-la ansanm nan vérité-a épi k-ap minnin-l toujou pi louin nan konésans Bondié. Sé l’Éspri-Sin-an k-ap aji nan Sakréman*-yo épi ki fè Liv ki Sin-yo ap ba nou lavi. Jodi-a toujou l-ap bay moun ki ouvè nèt ba li tout don lagras li-a (Karism*). ¬ 203-206

 « Mouin gin anpil bagay ankò pou-m di nou ; min nou pa kapab poté yo koulié-a ; min lè Éspri vérité sa-a ap vini, l-ap aprann nou tout vérité-a ; sèké sé pa dapré li minm l-ap palé, min tou sa-l tandé, l-ap déklaré-l, épi sa k-ap vini yo, l-ap anonsé nou yo ».
Jan 16,12-13

?  FRUI ÉSPRI-A : rinmin, kè kontan, lapè, pasians, rann sèvis, bon kè, lafoua, bon jan, vi réglé (Ga 5,22-23).

 

120         Kòman l’Éspri-Sin-an ap aji nan lavi-ou ?

L’Éspri-Sin-an ouvè mouin parapò a Bondié ; li aprann mouin priyé épi li édé-m rété bò koté lòt-yo pou-m édé yo. [738-741]

Dapré Sint Ogustin, l’Éspri-Sin-an sé « vizitè ki rété tou dousman an silans anndan nanm nou ». Pou-n santi prézans li, nou doué fè silans. Vizitè sa-a palé anpil foua tou dousman anndan nou. li palé avèk nou, pa lintèmédiè voua konsians-la oubyin ak lòt ankourajman sou parann­dan ak sou padéyò. Nou sé « tanp l’Éspri-Sin-an », sa vlé di : nou doué prézan ak kò nou épi ak nanm nou pou nou akéyi, résévoua vizitè sa-a ki Bondié nan nou. Kè-nou sé tankou kay koté Bondié rété. Plis nou ouvri bay l’Éspri-Sin-an épi nou dosil sé plis l-ap tounin yon gid pou lavi nou, sé plis l-ap présé ba nou Karism* li-yo pou nou konstrui l’Égliz-la. Konsa, sé frui l’Éspri-a* k-ap grandi nan nou angiz travay chè-a*. ¬ 290-291, 295-297, 310-311

?  AKTIVITÉ CHÈ-A. Dapré lèt pou Galat-yo 5,19, yo sité nan pami aktivité sa-yo : fònikasion, sa-k pa-pròp, libètinaj, sèvis zidòl, maji, rayisans, batay, jalouzi, kòlè, anbision, dézakò, séparasion, anvi, bouason, banbòch, ak bagay ki sanblé ak yo.

 

 

 

Mouin kouè… nan sint Égliz katolik-la
(Mouin kouè l’Égliz-la sin é li la pou tout moun)

121         Kisa l’« Égliz »-la yé ?

Mo Égliz*-la soti nan lang grèk ékklésia ki vlé di rasanbléman sa yo konvoké-yo. Nou tout, sa-k batizé épi sa-k kouè nan Bondié-yo, Granmèt la konvoké nou. Ansanm nou sé l’Égliz-la. Kris-la sé tèt l’Égliz-la, jan S. Pòl di-a. Nou minm, nou sé kò-li. [748-757]

Lè nou résévoua Sakréman*-yo épi nou kouté Paròl Bondié-a, Kris-la nan nou épi nou nan li – sé sa l’Égliz*-la. Ak anpil imaj, Liv ki sin-yo pa sispann raplé kijan tout batizé-yo pèsonèlman gin yon sèl kominoté lavi avèk Jézu. Pafoua, yo rélé l’Égliz-la pèp Bondié-a, Épouz Kris-la. Pafoua yo rélé-l manman épi fanmi Bondié. Yo konparé-l tou ak invité-yo nan yon fèt nòs. Nou pa doué konprann l’Égliz-la tou sinpléman kòm yon òganizasion, yon institision, « yon Égliz fonksionèl » nou t-a kapab viré do ba li. Nou kapab faché poutèt fot ak salté ki nan l’Égliz-la min nou pa doué janm pati kité-l, paské Bondié rinmin-l yon fason irévokab épi li pa janm pran distans parapò a li malgré tout péché-l yo. L’Égliz-la sé prézans Bondié nan mitan moun-yo. Sé poutèt sa nou doué rinmin-l.

” Kapasité nou ginyin pou nou konprann-nan li limité ; sé poutèt sa mision l’Éspri-a sé kontinué introdui l’Égliz-la yon fason pi nouvo nan grandè mistè Kris-la, sot nan yon jénérasion al nan lòt jénérasion-an.
Benoît XVI, 7 mé 2005

?  ÉGLIZ. Mo Égliz-la sot nan grèk ékklésia ki vlé di « konvoka­sion ». An anglè church soti nan mo grèk kuriakè ki vlé di « sa-k pou Granmèt-la ».

 Épi li minm li sé tèt kò-a, Égliz-la, li minm ki kòmansman, pré­mié pitit nan pami mò-yo, pou-l té vîn tounin nan tout bagay li minm sa-k kinbé prémié plas.
Kolosyin 1,18

” L’Égliz-la sé yon grann ki plin rid ak po-l plisé. Min sé man­man-m. Épi yon manman, ou pa gin doua frapé-l.
Téoloyin Karl Rahner, s. j.  lè-l té tandé y-ap kritiké l’Égliz-la yon fason ki pa kòrèk.

 

122         Pou kisa Bondié vlé l’Égliz-la la ?

Bondié vlé pou gin l’Égliz*-la paské li pa vlé sové nou antan-l izolé nou, min antan-l mété nou ansanm. Li vlé fè tout moun sou tè-a tounin yon sèl pèp. [758-781, 802-804]

Pèsonn moun pa rivé nan sièl-la san rélasion ak lòt-yo. Moun k-ap pansé a tèt pa-l sèlman épi kijan pou-l sové ti nanm pa-l, ap viv nan izòlman. Nan sièl-la tankou sou tè-a, sa inposib. Bondié li-minm pa yon izòlman san rélasion ak lòt-yo ki sifi pròp tèt pa-l. Bondié Trinité-a sé yon « sosiété » nan li-minm. Li sé yon séri rélasion, yon échanj rinmin san rété. Dapré modèl Bondié-a, yo rélé moun-nan tou pou rélasion-an, pou échanj, pataj, pou patisipasion-an, pou rinmin-an. Nou chak résponsab lòt.

 Granmèt-la di Kayin : « Kot Abèl frè-ou la ? » Li réponn : « Mouin pa konnin ; èské sé gadyin frè-m nan mouin yé ? »
Jénèz 4,9

” Sé ansanm pou nou vîn sin. Sé ansanm pou nou rivé kot Bondié, pou nou konparèt dévan-l ansanm. Nou pa doué rankontré Bondié youn apré lòt. Kisa-l t-a di si nou t-a pati kité-l youn apré lòt.
Charles Péguy (1873-1914, poèt fransè)

 

123         Ki sa l’Égliz-la gin kòm travay pou-l fè ?

Travay l’Égliz*-la sé fè Péyi-roua Bondié-a ki déja kòmansé avèk Jézu, rivé jèmin nan tout pèp-yo épi dévlopé. [763-769, 774-776, 780]

Koté Jézu té konn pasé, sièl-la té kontré ak tè-a : Péyi-roua Bondié-a té rivé, yon rouayòm lapè ak jistis. L’Égliz*-la nan sèvis Péyi-roua Bondié-a. L’Égliz*-la pa aboutisman pròp tèt-li. Li gin pou-l kontinué sa Jézu té kòmansé-a. Li doué fè sa Jézu t-a fè. L-ap prolonjé sign sakré Jézu-yo (Sakréman*-yo). L-ap transmèt paròl Jézu-yo. Poutèt sa l’Égliz-la malgré tout féblès li ginyin-yo, sé tankou yon gro moso sièl-la sou tè-a.

 Minm jan Papa-a té voyé-m nan, mouin minm tou, mouin voyé nou.
Jan 20,21

 

124         Sa-k fè l’Égliz-la plis pasé yon sinp institision ?

L’Égliz*-la plis pasé yon institision paské li sé yon Mistè* ki soti alafoua nan Bondié ak nan moun-nan. [770-773, 779]

Rinmin tout bon vré-a pa fè moun vîn avèg, li fè-l ouè pi klè minm. Sé konsa sa yé pou jan nou gadé l’Égliz-la. Lè n-ap gadé-l sou padéyò, l’Égliz-la sé sèlman yon institision istorik ak yon bann réalizasion istorik, min tou ak anpil érè épi minm gin krim ki fèt ladan-l – l’Égliz péchè. Min si sé konsa n-ap gadé sèlman, nou pa ouè louin. Éféktivman Kris-la tèlman fè nou minm ki péchè konfians, li pa janm abandoné l’Égliz-la, minm si nou t-a trayi-l chak jou. Inion sa-a yo pa kapab défèt-la ant sa-k sot nan Bondié ak sa-k sot nan moun-nan, ant péché-a ak gras-la, sé sékrè l’Égliz-la. Sé sa-k fè pou jé k-ap gadé ak lafoua yo pa kapab détrui l’Égliz-la. ¬ 132

 Konsa, antan n-alé, fè tout nasion-yo vîn tounin disip antan nou batizé yo onon Papa-a ak Pitit-la ak Éspri Sin-an. antan nou aprann yo kinbé tou sa mouin té kòmandé nou-yo. Épi min mouin avèk nou touléjou, jous finisman sièk-la.
Matié 28,19-20

” L’Égliz-la pa kapab konpòté-l tankou yon antrépriz k-ap chanjé sa-l t-ap ofri-a lè démann-nan bésé.
Cardinal Karl Lehmann (1936-, évèk Mayence)

 

125         Ki karaktéristik pèp Bondié-a ?

Sé Bondié, Papa-a, ki fòmé pèp sa-a. Sé Jézu-Kri k-ap dirijé-l. Sous énèji-li sé l’Éspri-Sin-an.  Pòt pou antré nan pèp Bondié-a sé batèm-nan. Dignité-l sé libèté pitit Bondié-yo. Laloua-li sé rinmin-an. Lè pèp sa-a rété fidèl a Bondié épi chèché Péyi-roua Bondié-a an prémié, li transfòmé tè-a. [781-786]

Pami tout pèp ki sou tè-a, gin youn ki pa gin parèy. Li pa soumèt dévan pèsonn sof dévan Bondié sèlman. Li tankou sèl-la ki bay gou, tankou lévin-an ki antré nan tout pat-la ; tankou limiè-a ki gayé fènoua-yo. Moun ki fè pati pèp Bondié-a doué konnin li kapab an opozision karé avèk moun ki déklaré Bondié pa égzisté épi ki méprizé kòmandman-l yo. Min kòm pitit Bondié ki lib, nou pa doué pè anyin, pa minm lanmò-a.

 Fè tout bagay san bougonnin, san ézitasion, pou nou vîn san répròch épi san mélanj, pitit Bondié imakilé nan mitan yon ras ki krochi épi koté n-ap kléré tankou flanbo nan tè-a.
Filipyin 2,14-15

 

126         « LÉgliz-la sé Kò Kris-la ». Sa sa vlé di ?

Nou fè yon sèl avèk Kris-la, toudabò gras a Sakréman* batèm-nan épi Ékaristi*-a, gin yon rapò anyin pa kapab défèt ant li minm ak nou minm. Rapò sa-a sitèlman solid sé tankou tèt-la ak rès manb nan kò moun-nan nou asosié avèk li. [787-795]   ¬ 146, 175, 200, 208, 217

” Yo pa kapab fè anyin pi plis pasé touyé-m.
Prince Robert d’Arenberg (1898-1972, manb group ki té fè atanta kont Hitler, 20 juiyè 1944-la)

 

127         « L’Égliz-la sé épouz Kris-la ». Sa sa vlé di ?

Jézu-Kri rinmin l’Égliz*-la tankou yon épou rinmin yon épouz. Li fè youn avèk li pou tout tan épi li bay lavi-l pou li. [796]

Moun ki viv ékspérians rinmin-an konnin sa rinmin yé. Jézu konnin sa rinmin yé épi li prézanté tèt-li tankou yon épou ki fou damou pou épouz-li épi ki anvi fété fèt rinmin-l nan avèk li. Épouz li-a, sé nou minm, l’Égliz-la. Déja nan Ansyin Téstaman*-an yo té konparé rinmin Bondié pou pèp li-a ak rinmin ant yon gason ak yon fi. Si Jézu anvi nou chak nou rinmin-l, anpil foua nou t-a kapab di sé trayi nou trayi rinmin-l nan, poutèt gin moun ki pa vlé tandé palé dé rinmin-l nan épi ki réfizé réponn li.

” Rinmin Kris-la épi rinmin l’Égliz-la, sé minm bagay-la.
Frère Roger Schutz

” Donk ou t-a pansé féblès l’Égliz-la t-a fè Kris-la abandoné-l ? Abandoné l’Égliz-la sé t-a minm bagay ak abandoné pròp kò-li.
Dom Helder Camara (1909-1999, brézilyin, évèk pòv-yo)

 

128         « L’Égliz-la sé tanp l’Éspri-Sin-an ». Sa sa vlé di ?

Nan mitan moun-yo sou tè-a, l’Égliz*-la sé koté prézans l’Éspri-Sin-an yé. [797-801, 809]

Pèp Israèl-la té konn sèvi Bondié nan Tanp Jéruzalèm-nan. Tanp sa-a pa égzisté ankò. L’Égliz-la la : li pa maré ak okinn koté an patikilié. Koté dé ou toua rasanblé réyèlman o non-m, la mouin nan mitan yo (Mt 18, 20). Sa-k fè-l viv sé l’Éspri Kris-la : li vivan nan Paròl Bondié-a épi li prézan nan sign sakré Sakréman*-yo. L-ap viv nan kè moun ki kouè-yo épi li palé nan priyè yo. L-ap kondui yo épi li konblé yo ak don (Karism*) òdinè épi ékstraòdinè. Jodi-a tou, moun ki fè l’Éspri Sin-an konfians kapab fè mirak tout bon vré. ¬ 113-120, 203-205, 310-311

 Ki konsantman pou tanp Bondié avèk zidòl-yo ? Nou minm réyèlman, sé tanp Bondié vivan-an nou yé, jan Bondié té di-a : « M-ap abité nan yo épi m-ap maché, épi m-ap Bondié yo, épi yo minm y-ap pèp mouin »
2èm lèt pou Korintyin-yo 6,16

” Majorité moun-yo pa imajiné sa Bondié t-a fè ak yo si yo té aksépté tou sinpléman pou yo mété yo ala dispozision-l.
Ignace de Loyola (1491-1556, fondatè jézuit-yo)

 

 

Mouin kouè nan l’Égliz-la ki sé yon sèl, ki sin, ki katolik épi apostolik
(Mouin kouè gin you sèl l’Égliz, ki fè yon sèl kò-d-fanmiy. Li sin.
Li la pou tout moun. Sé sou Apot-yo li bati)

129         Pou kisa sé yon sèl l’Égliz-la ki kapab ginyin ?

Minm jan sé yon sèl Kris-la ki ginyin, sé yon sèl Kò Kris-la ki kapab ginyin, yon sèl épouz Kris-la, donk yon sèl Égliz* Jézu-Kri-a. Kris-la sé tèt-la, l’Égliz-la sé kò-a. Ansanm yo fòmé « Kris total »-la (sint Ogustin). Minm jan kò-a gin divès manb ki konpozé-l min yo fòmé yon sèl-la, konsa tou l’Égliz-la sé yon sèl-la nan diféran Égliz patikilié-yo. Ansanm Égliz patikilié-yo fòmé Kris total-la. [811-816, 866, 870]

Jézu té fondé l’Égliz li-a sou Apot*-yo. Jous jodi-a, l’Égliz*-la toujou répozé sou fondasion sa-a. Antan ministè S. Piè-a ap kondui-l, li minm « k-ap prézidé nan rinmin-an » (Ignas d’Antiòch), l’Égliz-la té transmèt lafoua apot-yo sot nan yon jénérasion al nan yon lòt. Se minm jan-an tou pou Sakréman*-yo Jézu té rinmèt bay group Apot-yo (kolèj apostolik-la), yo kontinué ap aji ak fòs yo ginyin dépi nan kòmansman-an.

 Yon sèl kò épi yon sèl éspri, minm jan yo té rélé nou, nan yon sèl éspérans vokasion nou-an, yon sèl Granmèt, yon sèl lafoua, yon sèl batèm, yon sèl Bondié épi Papa tout moun, ki anlè tout bagay, épi atravè tout bagay épi nan tout bagay.
Efézyin 4,4-6

” Ak Égliz sa-a (kominoté Ròm-nan), poutèt orijîn-li pi anfòm, tout l’Égliz doué akòdé-l nésésèman, sètadi fidèl ki toupatou sou tè-a, paské nan li yo té konsèvé Tradision ki sot nan Apot-yo.
Irénée de Lyon

 

130         Èské krétyin ki pa katolik-yo sé frè ak sè nou tou ?

Tout moun ki résévoua batèm-nan fè pati l’Égliz* Jézu-Kri-a. Sé poutèt sa, batizé ki pa an plin kominion ak l’Égliz katolik-la sa kòrèk pou rélé yo krétyin épi sé sa-k fè yo sé frè-n ak sè-n. [817-819]

Divizion ki déchiré sèl l’Égliz Kris-la, yo soti nan défòmasion ansègnman Kris-la, nan péché lèzòm épi nan yon volonté rékonsiliasion ki pa-t asé – sitou lakay gran résponsab rélijié-yo. Krétyin kounié-a pa résponsab divizion ki fèt nan istoua l’Égliz-la. Pou moun-yo kapab sové, l’Éspri-Sin-an aji tou nan l’Égliz* ak nan kominoté éklézial* ki séparé ak l’Égliz katolik-la. Tout don ki égzisté, tankou parégzanp Liv ki sin-yo, Sakréman*-yo, lafoua, éspérans-la, charité-a épi lòt Karism-yo sé nan Kris-la yo sòti. Koté l’Éspri Kris-la vivan gin yon mouvman sou paranndan k-ap pousé nan diréksion pou « réstoré inité-a », paské tout sa ki pou-li gin tandans vîn rasanblé.

?  ÉGLIZ ÉPI KOMINOTÉ ÉKLÉZIAL. Toupatou sou tè-a, anpil kominoté krétyin vlé poté non Égliz. Pou katolik-yo sé sèlman sa ki konsèvé sakréman Jézu-Kri-yo intégralman ki « Égliz ». Sa sé vré toudabò pou òtodòks-yo ak Égliz oriantal-yo. Nan « kominoté éklézial » ki soti nan Réfòm protéstan-an, yo pa-t kinbé sakréman-yo intégralman.

 

131         Sa pou nou fè pou krétyin-yo fè youn ?

Nan paròl-nou épi nan aksion-nou, nan sa n-ap di ak nan sa n-ap fè, nou doué kouté Kris-la ki vlé byin aklè pou nou tout fè youn (Jn 17, 21). [820-822]

Travay pou krétyin-yo vîn fè youn-nan sé yon résponsabilité pou tout krétyin-yo, kit yo jèn kit yo granmoun. Inité-a sé youn nan bagay Kris-la té pi anvi. Li té priyé Papa-l : pou tout moun fè youn, minm jan ou-minm, Papa, ou nan mouin, épi mouin minm mouin nan ou, pou yo minm tou yo nan nou ; pou tè-a kouè sé ou minm ki voyé-m (Jn 17, 21). Divizion-yo sé tankou blésé yo blésé Kò Kris-la, yo fè mal, y-ap singnin. Divizion-yo minnin nan goumin, yo afébli lafoua-a épi yo diminié konfians moun t-a doué ginyin nan krétyin-yo. Pou yo kapab raché skandal divizion-an sot sou tè-a, fòk chak moun chanjé mantalité, épitou pou chak krétyin konnin lafoua pròp kominoté-li pi byin épi nan kisa li diféran parapò a lafoua lòt kominoté-yo. Épi, pi plis toujou, fòk yo priyé ansanm épi fòk yo kolaboré nan sèvis tout moun. Résponsab l’Égliz-la minm pa doué kité dialòg téolojik-la mouri.

?  ÉKIMÉNISM. (an grèk oikuméné vlé di « tout tè-a koté moun rété-a ») : éfò y-ap fè pou réyini tout Égliz krétyin-yo fè youn.

 

132         Pou kisa l’Égliz-la sin ?

L’Égliz-la sin sé pa paské tout manb li-yo sin nèt, min paské Bondié sin épi l-ap aji ladan-l. Tout manb l’Égliz-la sanktifié nan batèm-nan, yo doué vîn sin nèt. [823-829]

Chak foua nou kité sint Trinité-a aji nan nou, rinmin nou-an grandi, nou sanktifié, nou géri. Sin-yo sé moun ki gin anpil rinmin nan kè yo pa paské yo konn kijan pou yo rinmin pi byin pasé lòt-yo, min paské Bondié touché yo. Y-ap transmèt bay frè-yo rinmin yo résévoua sot nan Bondié-a, min nan fason pa-yo, yo ka di ki parèt orijinal anpil foua. Antan yo rivé kot Bondié apré lanmò yo, yo minm tou y-ap sanktifié l’Égliz-la, paské y-ap « pasé sièl yo » ap soutni nou sou chémin k-ap fè nou vîn sin*-an. ¬ 124

 Bagay sa-yo Jézu palé yo, épi li lévé jé-l nan sièl-la, li di : « Sé pou tout moun fè youn, minm jan ou minm, Papa, ou nan mouin, épi mouin minm mouin nan ou, pou yo minm tou yo nan nou ; pou tè-a kouè sé ou minm ki voyé-m ».
Jan 17,1.21

 

133         Poukisa l’Égliz-la katolik ?

« Katolik » (ki sot nan lang grèk katholos) vlé di ouvè pou tout moun. L’Égliz*-la katolik paské Kris-la rélé-l pou-l déklaré tout lafoua-a, pou-l konsèvé tout sakréman*-yo antan-l bay yo épi pou-l proklamé Bòn Nouvèl-la bay tout moun ; Kris la voyé-l bay tout pèp-yo. [830-831, 849-856]

?  SINTETÉ (SA KI SIN-AN). Sé karaktéristik ki pi ansyin yo bay Bondié. An latin, mo fanum-nan vlé di sa-k pou Bondié, sa-k pur, sa-k séparé ak profàn-nan ; séparé ak réalité lavi chak jou-a. Bondié sé sa-k « diféran nèt-la », sin Israèl-la. (Iz 30,15). Jézu vini sou tè-a kòm « Sin Bondié-a » (Jn 6,69). Avèk li nou kapab ouè kisa sa vlé di yon « sin » : sé rinmin ak yon rinmin san limit ki plin mizérikòd, k-ap édé, k-ap sové épi ki rivé nan pèféksion-l nan koua-a ak réziréksion-an.

 

134         Kilès ki nan l’Égliz katolik-la ?

Sé moun ki fè youn ak Kris-la nan déklaré lafoua katolik-la épi ki résévoua Sakréman*-yo, ki fè pati l’Égliz katolik-la an plin antan-l rété an kominion ak Pap*-la épi Évèk*-yo. [836-838]

Bondié té vlé yon l’Égliz pou tout moun. Malérézman nou minm krétyin-yo nou pa-t réspékté fidèlman sa Kris-la té souété-a. Poutan ofon nou kontinué gin yon lyin antré nou youn ak lòt gras a lafoua-a épi batèm-nan nou gin an komin-an.

 Épi li ranjé tout bagay anba pié-l yo, épi li té bay li kòm tèt anlè tout bagay pou Égliz-la, sa ki kò-li, plénitid sa-k ranpli tout bagay nan tout bagay-la.
Éfézyin 1,22-23

 

135         Ki rapò l’Égliz-la ginyin avèk pèp Juif-la ?

Pèp juif-la sé pèp Bondié chouazi-a. Min kado ak apèl Bondié-yo irévokab. Alians ant Bondié ak pèp juif-la pa krazé nèt. Konsa, juif-yo sé « gran frè » krétyin-yo paské Bondié té rinmin yo épi té palé ak yo an prémié.  Kòm moun, Jézu té juif. Sa raproché nou. L’Égliz-la rékonèt Jézu sé Pitit Bondié vivan-an. Sa divizé nou. Nou fè youn nan tann Mési-a ki gin pou vini alafin-an. [839-840]

Lafoua nou-an gréfé sou lafoua juif-yo. Liv ki sin pou Juif-yo, sa nou rélé Ansyin Téstaman*-an, sé prémié pati Liv ki sin pou nou-yo. Fason juif-yo ak krétyin-yo ouè moun-nan ki gin dimansion étik-la ki fòmé apati dis kòmandman-yo, sé fondman démokrasi oksidantal-yo. Sé yon ront si pandan pliziè sièk krétyin-yo pa-t toujou rékonèt yo sé minm fanmi ak rélijion juif-la épi yo t-ap fè fo-rézònman téolojik pou jistifié rayisans a-mò yo té ginyin pou judayism-nan. Pap Jan-Pòl II té mandé padon éksplisitman pou sa alokazion ané sint 2000-la. Konsil Vatikan II-a di klèman yo pa kapab akizé Juif-yo koléktivman kòm pèp pou rann yo résponsab lanmò Jézu sou lakoua-a. ¬ 96-97, 335

 Pa sipozé mouin vini pou-m défèt Laloua-a oubyin Profèt yo ; mouin pa vini pou-m défèt, min pou-m akonpli.
Matié 5,17

” Rélijion juif-la pa kichòy ki an-déyò nou, min nan yon sètin fason li fè pati kè rélijion nou-an. Rélasion nou gin avèk li nou pa ginyin-l ak okinn lòt rélijion. Nou2 sé frè nou1 rinmin anpil épi yo kapab di nan yon sètin fason nou2 sé gran frè nou1.
Jean-Paul II, lè-l t-al vizité sinagòg Ròm-nan an 1986

 

136         Kisa l’Égliz-la pansé osijè lòt rélijion-yo ?

L’Égliz-la réspékté tout sa ki bon, tout sa ki vré nan lòt rélijion*-yo. Libèté rélijion-an inpòtan pou li, épi l-ap défann li kòm youn nan doua moun-nan ginyin. Poutan li byin konnin sé Jézu-Kri ki sèl sovè pou tout moun. Sé li minm sèl ki chémin-an, vérité-a ak lavi-a (Jn 14,6). [841-845, 846-848]

Moun k-ap chèché Bondié, li toupré nou minm krétyin. Mizilman-yo tou an patikilié, yo fè pati sèk fanmi nou-an. Tankou judayism-nan ak kristianism-nan, islam-nan sé yon rélijion* monotéist (Monotéism*). Mizilman-yo adoré Bondié kréatè-a épi yo konsidéré Abraam kòm papa yo nan lafoua-a. Nan Koran-an, Jézu sé yon gran profèt épi Mari, manman-l, sé manman profèt-la. Dapré sa l’Égliz-la anségné, tout moun ki pa konnin Kris-la ak l’Égliz-la, san sé pa fot yo, min k-ap chèché Bondié ak sinsérité épi k-ap suiv voua konsians yo, y-ap gin lavi ki pap janm fini-an. Min tou, moun ki rékonèt Jézu-Kri sé chémin-an, vérité-a ak lavi-a, épi ki pa suiv li, pa gin sové pou li nan okinn lòt chémin, sé sa yo vlé di lè yo di extra Ecclesiam nulla salus (« an déyò l’Égliz-la pa gin sové »). ¬ 199

?  LIBÈTÉ RÉLIJION. Sé doua tout moun ginyin pou-l suiv konsians-li nan chouazi épi pratiké rélijion-l. Rékonèt libèté rélijion-an pa vlé di rékonèt tout rélijion sé minm bagay égal-égo oubyin yo tout gin minm vérité-a.

” L’Égliz-la pa doué janm kontanté-l ak rasanbléman sa-l té réyisi touché nan yon moman détèminé, épi déklaré lòt-yo byin jan yo yé-a : mizilman-yo, indou-yo, etc.  L’Égliz-la pa kapab répliyé-l byin alèz nan pròp limit-li, nan pròp bitasion-l. Li gin résponsabilité pran souin tout moun, li doué préokipé-l pou tout moun épi osijè tout moun.
Benoît XVI, 7 mé 2006

  

137         Poukisa l’Égliz-la apostolik ?

L’Égliz*-la apostolik paské sé sou lafoua Apot*-yo li bati, sé sa yo té transmèt-la l-ap kinbé épi sé siksésè apot-yo k-ap dirijé-l. [857-860, 869-877]

Jézu té rélé Apot*-yo pou yo té kolaboré pi pré avèk li ; yo sé témouin-li ki té ouè-l ak jé yo. Apré réziréksion-l nan, li té parèt dévan yo pliziè foua. Li té ba yo l’Éspi-Sin-an épi li té voyé yo kòm mésajé ak plin pouvoua sou tout tè-a. Nan kòmansman l’Égliz-la, sé yo minm ki té garanti unité-a. Ak inpozision min yo, yo té transmèt mision yo-a ak otorité yo-a bay Évèk-yo ki siksésè yo. Sé sa Évèk-yo tou té fè jous jodi-a. Yo rélé transmision sa-a « siksésion apostolik »*. ¬ 92

?  DOUZ APOT-YO. (an grèk apostolòs vlé di « sa yo voyé-a, mésajé-a ») : min non douz apot-yo : prémié, Simon, sa yo rélé Piè-a, épi André frè-l la ; épi Jak, pa Zébédé-a épi Jan frè-l la, Filip épi Bartélémi, Toma épi Matié, koléktè taks-la, Jak, pa Alfé-a épi Tadé, Simon, moun Kana-a, épi Juda Iskariòt-la, sa-k té rinmèt li-a. Matié 10,2-4.

 

138         L’Égliz-la ki fè youn, ki sin, ki katolik épi apostolik, kijan li òganizé ?

Nan l’Égliz-la gin layik*-yo épi klèjé*-a. Kòm pitit Bondié, yo gin minm dignité-a. Minm si résponsabilité yo diféran, sé minm inpòtans-la yo ginyin. Mision layik-yo sé kondui tout tè-a al nan Péyi-roua Bondié-a. Minis òdoné-yo (manb klèjé-a) asosié avèk yo ; yo gin résponsabilité pou gouvèné l’Égliz-la, pou anségné épi pou sanktifié. Nan toulèdé katégori yo gin krétyin ki konsakré bay Bondié yon fason patikilié nan povrété, chasteté épi obéyisans (nan kominoté rélijéz-yo parégzanp). [871-876, 934, 935]

Dévoua tout krétyin sé témouagné l’Évanjil-la ak pròp lavi-l. Min chak moun maché ak Bondié nan fason pa-l. Ginyin Bondié konfié mision pou yo layik*, pou yo kapab konstrui péyi-roua Bondié-a nan mitan sosiété moun-yo sou tè-a gras a fanmi yo épi travay yo : gras a Batèm-nan ak Konfimasion*-an, li ba yo tout kado l’Éspri-Sin-an yo bézouin. Gin lòt ki konfimé li konfié résponsabilité kòm pastè : yo doué gouvèné, anségné épi sanktifié pèp li-a. Pèsonn pa kapab ozé bay pròp tèt-li fonksion sa-a : sé Granmèt-la li minm ki pou ba li-l épi, gras a sakréman òdinasion-an, l-ap transmèt li puisans Bondié-a k-ap pèmèt li aji nan Kris-la épi sélébré Sakréman*-yo. ¬ 259

?  SIKSÉSION APOSTOLIK-LA. (an latin successio vlé di « sa-k suiv-la, sa-k vîn apré-a ») : sé lign évèk-yo ki pa défèt dépi apati apot-yo, ki ranplasé apot-yo nan fonksion épiskopal-la. Jézu té bay apot li-yo plin pouvoua. Sa kontinué jodi-a sot nan yon évèk al nan yon lòt gras a inpozision min-yo épi priyè-a, joustan Granmèt-la tounin.

 

139         Kisa ki vokasion layik-yo ?

Mision layik*-yo sé angajé yo nan sosiété-a pou péyi-roua Bondié-a kapab grandi nan mitan lèzòm. [897-913, 940-943]

Yon layik* pa yon krétyin dézièm klas paské li patisipé nan sasèrdòs Kris-la (sasèrdòs batizé-yo ginyin an komin-an). L-ap véyé pou moun ki bò koté-l yo (nan lékòl, fòmasion, fanmiy, travay) aprann konnin l’Évanjil-la épi rinmin Kris-la. Li fè lafoua li-a antré nan sosiété-a, ékonomi-an ak politik-la. Li patisipé nan lavi l’Égliz-la antan-l égzèsé ministè akolit épi léktè, antan-l animé group, oubyin patisipé nan komision ak òganizasion l’Égliz-la (ékip k-ap animé parouas, konsèy pastoral, etc.). Jèn-yo an patikilié doué pansé sériézman sou plas Bondié souété yo okipé nan l’Égliz-la.

?  LAYIK-YO. (an grèk laòs vlé di « pèp »-la) : kondision jénéral krétyin-yo nan l’Égliz-la antan yo fè pati pèp Bondié-a gras a batèm-nan épi yo pa résévoua sakréman òrd-la.

?  KLÈJÉ-A. (an grèk kléroi vlé di « sa yo chouazi pou yon fonksion ») : kondision sa ki résévoua sakréman òrd-la nan l’Égliz-la.

” L’Égliz-la pa doué janm kontanté-l ak rasanbléman sa-l té réyisi touché nan yon moman détèminé, épi déklaré lòt-yo byin jan yo yé-a : mizilman-yo, indou-yo, etc.  L’Égliz-la pa kapab répliyé-l byin alèz nan pròp limit-li, nan pròp bitasion-l. Li gin résponsabilité pran souin tout moun, li doué préokipé-l pou tout moun épi osijè tout moun.
Benoît XVI, 7 mé 2006

?  YÉRARCHI. (an grèk hiéròs épi archè vlé di « orijîn sakré ») : sé chapant an piramid Kris-la bay l’Égliz-la, sé nan li tout pouvoua ak tout otorité soti.

 

140         Poukisa l’Égliz-la pa yon òganizasion démokratik ?

Prinsip démokrasi-a sèké pouvoua-a soti nan pèp-la. Nan l’Égliz*-la minm, pouvoua-a sé nan Kris-la li soti. Sé sa-k fè l’Égliz-la gin yon strikti yérarchik, ki réalizé nan yon mantalité « koléjial ». [874-879]

Aspè yérarchik-la nan l’Égliz-la sèké : Kris-la li-minm ap aji nan l’Égliz-la lè minis òdoné-yo ap fè épi ap bay kichòy pa pouvoua gras Bondié-a, kichòy yo pa kapab fè ni bay apati yo minm minm. Parégzanp lè y-ap administré sakréman*-yo onon Kris-la épi lè y-ap anségné ak otorité-l. Aspè koléjial-la nan l’Égliz-la sèké : Kris-la té konfié tout lafoua-a an antié bay kominoté douz Apot*-yo, sa siksésè yo ap gouvèné l’Égliz-la, anba gid sa k-ap égzèsé fonksion yo té bay Piè-a. Sou plan koléjial-la, Konsil-yo gin yon plas klé nan l’Égliz-la. Min divès fòm kado l’Éspri-Sin-an épi karaktè inivèsèl l’Égliz-la kapab bay frui tou nan lòt asanblé l’Égliz-la, nan Sinòd-yo épi nan Konsèy-yo.

?  PAP. (an grèk pappas vlé di « papa ») : sé siksésè apot sin Piè-a, évèk Ròm-nan. Paské Piè té déja prémié nan pami apot-yo, Pap-la, kòm siksésè-l, sé li-minm ki prézidé kolèj évèk-yo. Kòm réprézantan Kris-la, li sé pastè ki pi ro pou tout l’Égliz-la.

?  ÉVÈK. (an grèk épiskopein vlé di « gadé kichòy dépi apati anro ») : sé siksésè apot-yo. L-ap dirijé yon diosèz (l’Égliz lokal-la). Kòm manb kolèj évèk-yo épi anba résponsabilité Pap-la, l-ap poté chaj tout l’Égliz-la.

?  PRÈT. (an grèk présbytéròs vlé di « sa-k pi ansyin-an ») : sé kolaboratè évèk-la nan anons Bòn Nouvèl-la ak nan sélébrasion sakréman-yo. L-ap égzèsé sèvis-li nan l’Égliz-la an kominion avèk lòt prèt-yo anba diréksion évèk-la.

 

141         Ki ròl Pap-la ?

Kòm siksésè sin Piè épi chèf kolèj évèk-yo, Pap*-la sé garanti unité l’Égliz*-la. Sé li minm ki gin otorité ki pi ro-a nan sa-k konsèné pastoral l’Égliz-la épi dènié otorité pou tout désizion ki konsèné doktrîn-nan ak règléman disiplîn-nan. [880-882, 936-937]

Jézu té bay Piè yon prémié ran sou tout Apot*-yo, sé sa-k fè sé li minm ki té dènié otorité-a nan kòmansman l’Égliz-la. Ròm* – égliz lokal sa-a Piè té gouvèné-a épi sé la li té sibi mati-a – vîn tounin référans-la nan prémié kòmansman l’Égliz-la : tout lòt kominoté-yo té doué an akò ak Égliz Ròm-nan. Sé sa ki té kritè pou yon lafoua apostolik ki kòrèk, ki antié (intégral) épi otantik (vré). Jous kounié-a, tout Évèk* Ròm, tankou Piè, sé pastè l’Égliz-la nan pi ro dégré-a, Tèt l’Égliz-la minm sé Kris-la. Sé lè l-ap égzèsé fonksion sa-a Pap-la « réprézantan Kris-la sou tè-a ». Pa pouvoua otorité nan pi ro dégré li ginyin-an nan résponsabilité nanm-yo ak doktrîn-nan, l-ap véyé pou yo transmèt lafoua-a yon fason otantik. Si sa nésésè, li doué réjté kèk ansègnman oubyin révoké minis-yo nan fonksion yo pou fot grav yo t-a komèt nan késion lafoua-a oubyin moral-la. Sa-k fè fòs ak réyònman l’Égliz katolik-la sé fondamantalman unité li [youn li fè youn-nan] nan késion lafoua-a ak moral-la, unité sa-a sé Majistè-a ki garanti-l épi Pap*-la sé chèf li.

” Priyé pou mouin pou-m kapab aprann rinmin bann mouton-an pi byin ofiamézi, Égliz-la ki sin-an. Priyé pou mouin pou-m pa pran lafuit dévan bèt dévoran-yo (lou-yo). An nou priyé youn pou lòt pou Granmèt-la poté-nou épi pou gras a li, youn aprann poté lòt.
Benoît XVI, nan kòmansman pontifika li-a, 24 juiyè 2005

 

142         Èské Évèk-yo kapab aji oubyin anségné an kontradiksion ak Pap-la ? Èské Pap-la kapab fè minm jan-an kont Évèk-yo ?

Évèk*-yo pa kapab aji ni anségné si sé pa antan yo an akò ak Pap-la, pa kont li. Pap*-la minm kapab, nan kèk ka byin détèminé, pran désizion san akò évèk-yo. [880-890]

Poutan, Pap-la nan désizion l-ap pran-yo oblijé anba lafoua l’Égliz*-la. « Sa tout té kouè tout tan, toupatou san rété » (S. Vinsan de Lérins) sé tankou sans komin l’Égliz-la paské nan domèn lafoua-a, konviksion krétyin-yo sèké sé l’Éspri-Sin-an k-ap animé-l.

?  RÒM. Dépi nan kòmansman yo té konsidéré Égliz Ròm-nan kòm yon kominoté « ki gran anpil, ki ansyin anpil épi tout moun konnin, li minm dé Apot-yo Piè ak Pòl ki gin anpil gloua té fondé-a épi té établi a Ròm… Ak Égliz sa-a, poutèt orijîn-li pi anfòm, tout l’Égliz doué akòdé-l nésésèman, sètadi fidèl ki toupatou sou tè-a, paské nan li yo té konsèvé Tradision ki sot nan Apot-yo » (S. Irénée de Lyon, 135-202). Poutèt dé apot-yo té mouri mati a Ròm sa bay kominoté Ròm-nan pi plis inpòtans ankò.

 

143         Èské Pap-la infayib vré ?

Oui. Min paròl Pap*-la infayib sèlman lè l-ap proklamé yon dògm nan yon akt éklézial solanèl ex cathedra, sètadi lè l-ap pran yon désizion définitif sou yon pouin nan doktrîn-nan ki konsèné lafoua-a ak konpòtman moral-la. Yo jouinn karaktè infayib sa-a tou nan désizion kolèj évèk-yo pran an kominion avèk Pap-la lè yo di yo vlé palé définitivman, tankou parégzanp nan yon Konsil. [888-892]

Infayibilité Pap*-la pa gin anyin pou-l ouè ak intégrité moral-li oubyin intèlijans-li. An réalité, sé l’Égliz-la ki infayib : Jézu té promèt li l’Éspri Sin-an k-ap kinbé-l épi gidé-l pou-l antré pi fon, pi plis, nan vérité-l la. Lè toudinkou yo nié oubyin mal intèprété yon vérité lafoua ki évidan, l’Égliz-la doué ginyin yon dènié rékou, yon voua, ki pou déklaré yon fason définitif sa ki vré épi sa-k pa vré. Voua sa-a, sé voua Pap-la. Kòm siksésè S. Piè épi prémié pami Évèk*-yo, sé li minm sèl ki gin pouvoua fòmilé vérité y-ap diskité-a, an konfòmité ak tradision lafoua l’Égliz-la, yon fason pou li prézanté vérité sa-a bay fidèl-yo kòm sa « yo doué kouè ak asirans » pou tout tan. Lè sa-a yo di : « Pap-la proklamé yon dògm ». Donk sa dògm-nan di-a pa janm kapab éksprimé kichòy ki « nouvo ». Sé pa souvan yo proklamé yon dògm ; dènié sa yo proklamé-a sé té an 1950.

 Épi mouin minm, mouin di-ou : Ou sé Piè, épi sou ròch sa-a m-ap bati Égliz mouin-an ; épi pòt Adès-yo pap ka rézisté kont li. M-ap ba-ou klé péyi roua sièl-yo, épi ninpòt sa-ou t-a maré sou tè-a, ap maré nan sièl-yo, épi ninpòt sa-ou t-a lagé sou tè-a, ap lagé nan sièl-yo.
Matié 16,18-19

 

144         Ki résponsabilité évèk-yo ?

Évèk*-yo résponsab l’Égliz* patikilié (diosèz) yo konfié yo-a épi yo korésponsab tout l’Égliz-la ansanm. Yo égzèsé otorité yo an kominion ak tout lòt évèk-yo épi pou tout l’Égliz-la anba gid Pap*-la. [886-887, 893-896, 938-939]

Toudabò Évèk*-yo doué apot*, témouin fidèl Jézu ki té rélé yo pèsonèlman bò koté-l épi ki té voyé yo. Konsa y-ap poté Kris-la bay lèzòm épi y-ap minnin lèzòm bay Kris-la. Yo réalizé sa nan prédikasion yo, nan sélébrasion sakréman*-yo épi nan gouvènman l’Égliz*-la. Kòm siksésè apot-yo, évèk-la égzèsé fonksion-l pa pouvoua otorité apostolik pa-l la ; li pa yon mandatè oubyin yon éspès asistan Pap-la. Poutan, l-ap aji an kominion avèk Pap*-la épi anba otorité-l.

?  KONSIL ÉKIMÉNIK. Sé réyinion tout évèk l’Égliz katolik-la ki sou tout tè-a. Yo pa doué konfonn mo sa-a ak « ékiménism »-nan ki konsèné inité tout krétyin-yo.

 Li mété yo Douz, sa yo rélé « Apot »-yo, pou yo rét ansanm avèk li, pou-l voyé yo préché,
Mark 3,14 

?  DÒGM. (an grèk dogma vlé di « opinion, konklizion, tèz »). Sé yon atik lafoua-a yo jouinn nan Liv ki Sin-yo ak nan Tradision-an épi yo proklamé-l ex cathedra kòm révélasion ki soti nan Bondié.

?  EX CATHEDRA. (mo latin ki vlé di « apati katèd-la – chèz pou ansègnman-an ») : éksprésion-an vlé di yon déklarasion doktrinal Pap-la fè an vèrtu majistè infayib li ginyin-an.

 Moun ki kouté nou, sé mouin minm li kouté épi moun ki méprizé nou, sé mouin minm li méprizé ; moun ki méprizé-m minm, li méprizé sa-a ki voyé mouin-an.
Luk 10,16

 

145         Poukisa Jézu vlé pou gin krétyin ki pran angajman viv pou tout tan nan povrété, chasteté épi obéyisans ?

Bondié sé rinmin. Li anvi nou rinmin-l tou. Yon fason pou bay Bondié pròp tèt ou paské ou rinmin-l sé viv tankou Jézu – sètadi pòv, chast (vi séksuèl byin réglé) épi obéyisan. Moun k-ap viv konsa-a gin tèt-li, kè-li épi min-li lib pou Bondié épi pou lèzòm. [914-933, 944-945]

Gin fi ak gason ki kité Jézu pran tèt yo, kè yo, tout yo minm joustan yo kité tout bagay pou Bondié akòz Péyi-roua sièl-yo (Mt 19, 12). Yo minm rivé kité kado ki sitèlman bèl yo ginyin tankou richès tè-a, otonomi libèté yo, vi rinmin nan mariaj-la. Lavi sa-a dapré konsèy évanjélik-yo nan povrété, chasteté (vi séksuèl byin réglé nan séliba*-a) épi obéyisans montré tout krétyin-yo tè-a pa tout. Sé sèlman rankont ak Bondié ki vlé marié ak nou-an k-ap satisfè épi konblé kontantman moun-nan définitivman.

?  KONSÈY ÉVANJÉLIK-YO. Povrété, Chasteté (Vi séksuèl byin réglé nan séliba-a), Obéyisans : sé konsèy sa-yo Évanjil-la ba nou pou nou kapab suiv Kris-la.

” Suiv Kris-la, sa toujou mandé kouraj pou nou najé nan diréksion kontrè ak kouran-an.
Benoît XVI, 7 mé 2008

 Jézu gadé-l, li rinmin-l, li di-l : « Yon sèl bagay manké-ou : alé, tou sa-ou ginyin, vann yo, bay pòv-yo, ou-a gin yon trézò nan sièl-la, épi, vini suiv mouin »
Mark 10,21

 

Mouin kouè… tout byin zanmi Bondié-yo fè sèvi lòt-yo
(Mouin kouè… nan kominion sin-yo)

146         Sa « kominion sin-yo » vlé di ?

Tout fi ak gason ki mété éspérans yo nan Kris-la épi ki vîn pou li pa lintèmédiè batèm-nan, kit y-ap viv kit yo mouri, yo fè pati « kominion sin-yo ». Paské sé yon sèl kò-a nou yé nan Kris-la, n-ap viv nan yon kominion ki anglobé sièl-la ak tè-a. [946-962]

L’Égliz-la pi gran épi pi vivan pasé sa nou t-a kapab pansé-a. Ni moun k-ap viv ni moun ki mouri-yo, yo ladan-l – dènié sa-yo kapab antré nan yon étap purifikasion oubyin déja antré nan bèlté Bondié-a – pèsonaj moun té konnin, sa yo pa-t konnin, gran sin épi moun tou sinp. Minm apré lanmò-a nou kapab édé youn lòt. Nou kapab palé ak sin patron nou (sa nou poté non-l nan) oubyin sin nou pi rinmin-yo, min nou kapab palé tou ak pròch paran nou ki pran dévan épi nou kouè yo déja rivé kot Bondié. Konsa tou, nou kapab édé défin nou-yo k-ap purifié toujou antan nou priyé pou yo. Sa chak moun fè oubyin andiré nan Kris-la épi pou li, sèvi pou byin tout lòt-yo. Min, malérézman, sa vlé di tou chak péché blésé kominoté-a. ¬ 126

 Si yon manb ap soufri, tout manb-yo ap soufri ansanm. Si yon manb nan gloua, tout manb-yo kontan ansanm.
1 Korintyin 12,26

 

147         Poukisa la Trè Sint Vièj Mari gin yon plas ki sitèlman ro nan kominion sin-yo ?

Mari sé manman Bondié. Lè-l té sou tè-a li té gin yon rélasion spésial li minm sèl té ka ginyin ak Jézu. Rélasion sa-a ki fè-l toupré Jézu, li pa sispann nan sièl-la. Okontrè Mari sé rèn sièl-la épi li toupré nou poutèt li sé manman nou. [972]

Paské li té mété tout kò-l ak tout nanm-li nan yon angajman ki pa-t fasil poutèt sé Bondié ki té mandé-l sa, Bondié té akéyi-l nan sièl-la ak kò-li ak nanm-li. Moun ki viv épi ki kouè tankou Mari pral nan sièl. ¬ 80-85

” Nou gin yon manman nan sièl-la. Kòm li nan Bondié épi avèk Bondié, li toupré nou chak, li konnin kè-nou, li kapab tandé priyè nou-yo, li kapab édé nou ak bonté li ginyin kòm manman épi yo ba nou-l – jan Granmèt-la di-a – présizéman kòm « manman », yon manman nou kapab palé avèk li nan ninpòt moman.
Benoît XVI, 15 out 2005

 

148         Èské Mari kapab édé nou vrèman ?

Oui. Dépi kòmansman l’Égliz-la li fè ékspérians kijan Mari kapab édé nou. Gin milion krétyin ki kapab témouagné sa. [967-970]

Kòm manman Jézu, Mari sé manman nou tou. Yon bon manman toujou défann pitit-li. Mari, manman-nou, pi plis toujou ! Sou tè-a déja li té intèvni bò kot Jézu pou lòt moun, parégzanp nan nòs Kana, konsa lèmarié pa-t pran ront. Jou Pantkot-la li té la nan sénak-la ak disip-yo, li t-ap priyé nan mitan yo. Paské rinmin li-an pa gin bout, nou gin asirans l-ap intèvni an favè nou nan dé moman ki pi inpòtan nan lavi nou : « kounié-a ak lè n-ap mouri ». ¬ 85

” Bondié pa-t bay moun-yo yon sèvant min yon manman.
Adolf Kolping (1813-1865, prèt alman, apot ouvriyé-yo ak atizan-yo)

 Kòm divin té vîn manké, manman Jézu di-l : « Yo pa gin divin ». Jézu minm di-l : « Sa sa yé pou mouin ak pou ou, madanm ? Lè mouin poko rivé ». Manman-l di sèvitè yo : « Ninpòt ki sa li di nou, sé pou nou fè li ».
Jan 2,3-5

 

149         Èské yo kapab adoré Mari ?

Non. Sé Bondié sèl yo doué adoré. Min nou kapab réspékté épi vénéré Mari kòm manman Granmèt nou-an. [971]

Adoré vlé di rékonèt Bondié sé sèl mèt tout kréati nèt épi soumèt san kondision ba li. Mari sé yon kréati tankou nou. Pou lafoua-nou, li sé manman nou. Épi nou doué onoré paran nou. Sé sa Bib-la di : Réyèl­man Mari déklaré osijè pròp tèt pa-l : Oui, dépi koulié-a tout jénérasion ap di ala kontantman pou mouin (Lk 1, 48). L’Égliz-la éksprimé véné­ra­sion-l pou Mari nan koté yo fè pélérinaj-yo, nan fèt litijik-yo, nan kantik ak priyè-yo tankou rozè-a ki yon rézimé évanjil-yo. ¬ 353, 485.

 

Mouin kouè… péché-yo va jouinn padon
(Mouin kouè… nan padon pou péché-yo)

150         Èské l’Égliz-la kapab padoné péché-yo vré ?

Oui. Non sèlman Jézu pèsonèlman té konn padoné péché-yo, min tou li bay l’Égliz-la résponsabilité ak pouvoua délivré lèzòm anba péché yo. [981-983, 986-987]

Pa lintèmédiè prèt-la, Bondié padoné moun-yo épi li éfasé fot yo kòmsi yo pa-t janm égzisté. Sé sèlman paské Jézu fè Prèt*-la patisié nan pròp pouvoua Bondié pou padoné péché-yo ki fè Prèt-la kapab fè sa.  ¬ 225-239

 Ninpòt moun nou t-a padonnin péché yo, y-ap padonnin pou yo, ninpòt moun nou t-a kinbé yo, y-ap rét kinbé.
Jan 20,23

” Prèt-yo résévoua yon plin pouvoua Bondié pa-t bay ni anj li-yo ni arkanj li-yo… Bondié ratifié anro-a tout sa prèt li-yo fè isit-la anba-a.
S. Jean Chrysostome

 

151         Kòman l’Égliz-la padoné péché-yo ?

Fondamantalman sé nan sakréman Batèm-nan yo jouinn padon péché-yo, apré sa, pou padon fot grav-yo, li nésésè pou résévoua sakréman rékonsiliasion-an (sakréman pénitans-la, konfésion-an). Pou fot ki pi léjè-yo yo rékòmandé konfésion-an tou. Min léktu Liv ki sin-yo, priyè-a, jèn épi réalizasion kèk bon aksion gin éfikasité tou pou padon péché-yo. [976-980, 984-987]  ¬ 226-239

” Mouin t-ap toujou inkiété-m si pa-t gin konfésion an sékrè-a.
Martin Luther (1483-1540, réfòmatè alman)

 

 

Mouin kouè… kò moun ki mouri-yo va lévé byin vivan
(Mouin kouè… nan réziréksion chè-a)

152         Poukisa nou kouè nan réziréksion mò-yo ?

Nou kouè kò moun ki mouri-yo va résisité paské Kris-la té résisité sot nan pami mò-yo, l-ap viv pou tout tan épi l-ap fè nou patisipé nan lavi étènèl li-a. [988-991]

Lè yon moun mouri, yo antéré kò-li oubyin yo boulé-l. Poutan nou kouè gin yon lavi pou moun sa-a apré lanmò-a. Jézu ki résisité-a té prézanté-l kòm Granmèt sou lanmò-a. Nou kapab fè-l konfians : mouin sé réziréksion-an. Moun ki kouè nan mouin, minm si-l mouri, l-ap viv (Jn 11, 25b). ¬ 103-108

 Si y-ap préché minm : « Kris té résisité sot nan pami mò-yo », kòman kèk nan nou di : « Réziréksion mò-yo, pa gin sa » ? Si réziréksion mò-yo pa gin sa, ni Kris pa résisité tou. Si Kris minm pa résisité, konsa prèch nou-an pou granmési, lafoua nou-an tou pou granmési. Si sé nan lavi sa-a nou éspéré nan Kris sèlman, nou pi mérité yo pran pitié pou nou plis pasé tout moun. Ébyin, min sa ki rivé : Jézu-Kri résisité sot nan pami mò-yo, prémié frui nan sa ki t-ap dòmi-yo.
1 Korintyin 15,12-14.19-20

 

153         Poukisa nou kouè nan réziréksion « chè »-a, « kò »-a ?

Nan Bib-la, mo « chè »-a sé yon fason pou di karaktéristik moun-nan ki fèb, ki kapab mouri. Poutan sa pa vlé di Bondié konsidéré « chè » moun-nan pa gin okinn valè. Okontrè, nan Jézu-Kri, Bondié li-minm vîn tounin « chè » (Inkarnasion*) pou-l sové moun-nan. Bondié pa sové léspri moun-nan sèlman, min tout moun-nan, moun-nan toutantié ak kò-li ak nanm-li. [988-991, 997-1001, 1015]

Bondié kréyé nou kò (chè) ak nanm. Alafin tout bagay, li pap jété « chè »-a, sètadi tout kréasion, akoté, tankou yon vié jouèt. Nan « dènié jou-a », l-ap résisité chè nou-an, sètadi n-ap transfòmé min poutan n-ap santi nou nan bin-nou, nou nan éléman-nou, byin nan po-nou. Pou Jézu tou, kondision lavi nan chè-a pa-t yon épizòd san konsékans. Lè-l té résisité épi li té fè disip li-yo ouè-l, yo té ouè mak klou-yo, blésu-yo, sou kò-l.

 Paròl-la, sé chè li vîn tounin, épi li abité nan mitan nou.
Jan 1,14

 

154         Sa nou tounin lè nou mouri ?

Lè nou mouri, kò-a ak nanm-nan séparé. Kò-a dékonpozé pandan nanm-nan minm al rankontré Bondié épi ap tann pou-l réyini ankò ak kò-a k-ap résisité nan dènié jou-a. [992-1004, 1016-1018]

Kòman kò nou-yo ap résisité, sa-a sé yon mistè. Yon imaj kapab édé nou konprann : lè nou ouè yon grinn mayi, nou pa kapab konnin ki kalité ak ki grosè pié mayi li pral fè antan l-ap dévlopé anba tè-a nan fènoua-a. Sé konsa sa yé pou nou : nou pa konnin non plis ki aparans nouvo kò nou-an pral ginyin. Sin Pòl di sa ak asirans : yo simin kò-a nan dékon­po­zision, li résisité nan inposibilité dékonpozision-an, li simin nan dézonè, li lévé nan gloua, li simin nan féblès, li lévé nan fòs (1 Kor 15, 42-43).

” Minm kò-a gin yon plas nan Bondié.
Benoît XVI, 15 out 2005

 Min, yon moun kapab di : « Kijan mò-yo ap résisité, ak ki kò minm y-ap vini ? » San konprann ! Ou minm, sa-ou simin-an, li pa viv si-l pa mouri, épi, sa-ou simin-an, sé pa kò-a ki gin pou-l pran nésans-la ou simin, min sé yon sémans tou-ni, parégzanp blé oubyin kichòy nan rès-yo.
1 Korintyin 15,35-37

 

155         Si nou kouè nan Kris-la kijan li pral édé nou lè n-ap mouri ?

Kris-la ap vîn rankontré nou pou-l kondui nou nan lavi pou tout tan-an. « Sé pa lanmò-a k-ap vîn chèché-m, sé Bondié » (sint Térèz de Lizié). [1005-1014, 1016, 1019]

Lè nou konstaté soufrans ak lanmò Jézu, pasaj lanmò-a kapab vîn pi fasil pou nou. Antan nou fè Papa-a konfians épi nou rinmin-l nou kapab di « oui » tankou Jézu té fè-l nan jadin Olivié-yo. Konpòtman sa-a yo rélé-l « ofrann spirituèl ». Moun k-ap mouri-a asosié ak ofrann Kris-la sou koua-a. Moun ki mouri konsa, antan-l fè Bondié konfians épi li anpè ak lèzòm, donk san péché grav, li sou rout pou-l al viv ak Kris-la ki résisité-a. Lanmò-a fè nou tonbé, min nou tonbé nan min Jézu. Moun ki mouri-a sé pa anéanti li anéanti, sé antré li antré lakay-li nan rinmin Bondié ki té kréyé-l la. ¬ 102

” Mouin vlé ouè Bondié, épi, pou yon moun ouè Bondié, fòk li mouri.
Ste Thérèse d’Avila

” Tan pou chèché Bondié-a, sé lavi sou tè-a. Tan pou jouinn Bondié-a, sé lanmò-a. Tan pou posédé Bondié-a, sé étènité-a.
S. François de Sales

 

Mouin kouè... nan lavi ki pap janm fini-an
(Mouin kouè… nan lavi étènèl)

156         Kisa ki lavi étènèl-la ?

Lavi pou tout tan-an kòmansé avèk batèm-nan. Li kontinué apré lanmò-a épi li pap janm fini. [1020]

Moun ki tonbé damou fè ékspérians sa-a : yo t-a rinmin pou istoua yo-a pa t-a janm sispann. Bondié sé rinmin, dapré prémié lèt S. Jan-an (1 Jn 4, 16). Rinmin-an – dapré prémié lèt pou Korintyin-yo – pap janm pasé (1 Kor 13, 8). Bondié étènèl paské li sé rinmin épi rinmin-an étènèl paské-l sot nan Bondié. Lè n-ap viv nan rinmin, nou antré nan étènité Bondié-a ki toujou yon prézan. ¬ 285

” Mouin pap mouri, m-ap antré nan lavi-a.
Ste Thérèse de Lisieux (1873-1897, mistik épi doktè (savan sakré) l’Égliz-la)

 Sèlman, yon bagay pa gin doua kaché pou nou, nou minm mouin rinmin-an, yon sèl jou kot Granmèt-la tankou mil ané, épi mil ané tankou yon sèl jou.
2 Piè 3,8

 

157         Apré lanmò-nou èské nou gin pou nou parèt dévan yon tribinal ?

Sa yo rélé jijman patikilié-a oubyin pèsonèl-la, li fèt tousuit lè moun-nan mouri. Jijman jénéral-la, sa yo rélé dènié jijman-an, l-ap rivé nan dènié jou-a, sètadi nan finisman tout bagay lè Granmèt-la ap rétounin. [1021-1022]

Lè chak moun mouri sé lè vérité-a ki sonnin pou li. Lè sa-a nan pouin anyin yo kapab séré oubyin kaché. Nan pouin anyin yo kapab chanjé. Nou vîn fas-a-fas ak jijman Bondié-a, ki rann nou jistis paské antan nou toupré-l, li minm ki sin-an, nou doué jis, kòrèk, nan mézi Bondié té vlé pou nou jis, kòrèk, lè li té kréyé nou-an. Pétèt n-ap bézouin yon étap purifikasion, pétèt n-ap kapab tonbé tousuit nan bra Bondié ? Min pétèt nou sitèlman plin ak méchansté, rayisans, réfizé tout byin, sa kapab fè nou réfizé vizaj rinmin-an pou tout tan, vizaj sa-a sé vizaj Bondié. Yon lavi san rinmin pa anyin dòt pasé lanfè. ¬ 163

” Nan asouè lavi-nou y-ap jijé nou sou rinmin nou té ginyin-an.
Jean de la Croix(1542-1591, mistik éspagnòl, doktè (savan sakré) l’Égliz-la épi poèt)

?  JIJMAN. Sa yo rélé jijman patikilié-a oubyin pèsonèl-la, li fèt lè chak moun mouri. Jijman jénéral-la, yo rélé jijman dènié tou, l-ap fèt alafin tan-yo donk nan finisman istoua tè-a lè Granmèt-la ap rétounin-an.

 

158         Kisa sièl-la yé ?

Sièl-la sé moman étènèl rinmin-an. Pap gin anyin ankò k-ap séparé Bondié ak nanm ki té rinmin-l épi chèché-l tout lavi-li. Antan-l fè youn ak tout anj-yo épi tout sin-yo, li kontan paské li toujou bò kot Bondié avèk Bondié. [1023-1026, 1053]

Dé jèn ki fèk marié k-ap gadé youn lòt nan jé ak rinmin, yon ti bébé k-ap tété épi k-ap chèché ouè manman-l k-ap gadé-l kòmsi-l t-a vlé konsèvé chak ti souri pou tout tan… sa-yo sé kèk égzanp ki kapab ba nou yon ti lidé osijè sièl-la. Rivé kapab ouè Bondié fas-a-fas sé tankou yon sèl instan rinmin ki diré alinfini. ¬ 52

 Nou ouè réyèlman koulié-a, pa lintèmédiè yon glas, antan n-ap déviné, lè sa-a minm, fas a fas. Koulié-a mouin konnin yon pati, lè sa-a minm, m-a konnin jan yo té konnin-m nan.
1 Korintyin 13,12

 

159         Kisa purgatoua-a yé ?

Purgatoua-a, yo réprézanté-l anpil foua tankou yon koté, min sé pi plis yon éta li yé, yon fason moun-nan yé. Moun ki mouri nan lagras Bondié (an pè ak Bondié épi ak lèzòm), min ki bézouin yon purifikasion toujou anvan pou-l rivé ouè Bondié fas-a-fas, li nan purgatoua-a. [1030-1031]

Lè Piè té rénié Jézu, Granmèt-la té viré épi li té gadé Piè : « Épi Piè sòti, li kriyé anmè » – antan-l manifésté yon santiman tankou sa ki gin nan purgatoua-a. Probabléman, sé yon purgatoua konsa k-ap tann laplipa nan nou nan moman lanmò-nou : Granmèt-la ap gadé nou ak rinmin épi n-ap gin yon santiman ront k-ap boulé nou épi yon doulè nan régrèt tout sa nou té fè ki mal oubyin tout aksion nou té fè koté pa-t gin rinmin-an. Sé sèlman apré soufrans sa-a k-ap purifié nou-an, jé nou ap kapab kouazé jé pa-l ki rinmin nou-an nan yon kè kontan pou tout tan anyin pap kapab troublé.

” Yon moun kapab pèdi byin tanporèl-yo san-l pa t-a vlé, min li pap janm pèdi byin étènèl-yo, si-l pa vlé sa tout bon.
S. Augustin

 Sé pousa li fè sakrifis padon pou mò-yo, pou yo té kapab délivré anba kòd péché-a.
2 Makabé 12,45/46

 

160         Èské nou kapab édé moun ki nan purgatoua-yo ?

Oui, poutèt tout moun ki batizé nan Kris-la fòmé kominion sin-yo épi yo solidè youn ak lòt, sa-k vivan-yo kapab édé nanm défin ki nan purgatoua-yo. [1032]

Dépi li mouri, moun-nan pa kapab fè anyin pou pròp tèt-li. Périòd pou-l té bay prèv li-a pasé. Min nou minm, nou kapab fè kichòy pou défin nan purgatoua-yo. Rinmin nou-an kapab aji minm pa lòt bò lavi sa-a. Avèk jèn, priyè épi bon aksion nou-yo, min sitou ak sélébrasion Ékaristi*-a, nou kapab mandé gras pou défin-yo. ¬ 146

” An nou pa ézité édé moun nou-yo ki alé-yo épi ofri priyè nou-yo pou yo.
S. Jean Chrysostome

 

161         Kisa lanfè-a yé ?

Lanfè-a sé éta séparasion pou tout tan ak Bondié, absans total rinmin-an. [1033-1037]

Moun ki mouri nan péché grav li té fè antan-l gin tout konsians-li épi ak tout volonté-li épi san-l pa régrèt, moun ki réjté rinmin Bondié-a pou tout tan, rinmin sa-a ki fè mizérikòd épi ki padoné-a, moun sa-a mété pròp tèt-li andéyò kominion ak Bondié épi ak sin-yo. Èské sa posib vré pou nan moman lanmò-a antan yon moun ap kontanplé rinmin san limit Bondié-a fas-a-fas pou-l t-a pèsisté di-l « non » ? Nou pa konnin. Min libèté nou fè li posib pou nou pran désizion sa-a. Jézu pa sispann avèti nou pou nou pa séparé définitivman avèk li antan nou indiféran parapò a mizè frè ak sè nou-yo : « Pati sot koté-m, sa-k anba madichon-yo, al nan difé tout tan-an, sa-k té paré pou diab-la ak anj li-yo… Amèn mouin di nou, chak foua nou pa-t fè pou youn nan sa-yo ki pi piti-yo, ni pou mouin tou nou pa-t fè » (Mt 25, 41.45).  ¬ 53

 Nou minm nou konnin nou travèsé sot nan lanmò-a al nan lavi-a, paské nou rinmin frè nou-yo ; sa-k pa rinmin-an, li rété nan lanmò-a. Tout sa-k rayi frè-l la, sé yon asasin li yé ; nou konnin okinn asasin pa gin lavi tout tan-an ki rété nan li.
1 Jan 3,14-15

” M-ap mandé tèt mouin : « Sa lanfè vlé di ? » - Mouin déklaré : « Pa kapab rinmin ».
Fedor Dostoïevski (1821-1881, ékrivin, moun péyi Rusi)

 

162         Si Bondié sé rinmin, kòman fè gin lanfè ?

Sé pa Bondié ki kondané moun-nan. Sé moun-nan ki kondané pròp tèt-li antan-l réjté rinmin ak mizérikòd Bondié-a. Ak pròp volonté-l li rétiré tèt-li nan lavi étènèl-la antan-l soti nan kominion avèk Bondié-a. [1036-1037]

Bondié anvi viv an kominion minm ak péchè ki pi mal-la. Li vlé pou tout moun konvèti épi pou yo sové. Min Bondié kréyé moun-yo lib épi li rés­pékté désizion-yo. Minm Bondié pa kapab fòsé pèsonn moun rinmin-l. Li minm ki rinmin-an li « san zam », li « dézamé » lè yon moun chouazi lanfè nan plas sièl. ¬ 51, 53

 Granmèt la pa mizé pou-l réalizé promès li-a, tankou kèk konprann nan ; min sé avèk pasians l-ap aji poutèt nou, paské li pa vlé pou kèk péri, min li vlé pou tout moun tounin fè pénitans.
2 Piè 3,9

” Bondié ki sitèlman bon san mézi, pap janm abandoné moun ki pa vlé abandoné-l.
S. François de Sales

 Lè Pitit moun-nan minm ap vini nan gloua li-a épi tout anj-yo avèk li-a, lè sa-a atò l-ap chita sou trôn gloua li-a, épi tout nasion-yo ap rasanblé  dévan-l, épi l-ap séparé yo youn sot kot lòt, tankou gadyin-an séparé mouton-yo sot kot bouk-yo. Y-apralé, sa-yo nan pinision tout tan, sa-k kòrèk-yo minm, y-apral nan lavi tout tan.
Matié 25, 31-32.46

 

163         Kisa ki dènié jijman-an ?

Dènié jijman*-an ap fèt nan finisman tout bagay lè Kris-la ap rétou­nin. Sa-k té fè byin-yo, pou lévé pou lavi, lòt-yo minm, sa-k té fè mal-yo, pou lévé pou jijman (Jn 5, 29). [1038-1041, 1058-1059]

Lè li va tounin nan gloua li-a, Kris-la ap fè ékla limiè li-a kléré sou nou. Vérité-a ap parèt aklè : sa nou pansé, sa nou fè, rélasion nou avèk Bondié épi avèk lòt-yo – pap gin anyin ki pap dévoualé. Lè sa-a atò n-ap dékouvri dènié sans final kréasion-an, n-ap konprann ki mouayin ékstraòdinè Bondié pran pou-l sové-nou. Épi n-ap jouinn répons pou késion sa-a k-ap tounin tout tan-an : Kouman fè mal-la gin tout puisans sa-a alòské an réalité Bondié toupuisan. Éféktivman, dènié jijman-an sé jijman final-la pou nou. Sé lè sa-a n-ap désidé si nou résisité pou lavi étènèl-la oubyin si nou séparé ak Bondié pou tout tan. Pou sa-k chouazi lavi-a Bondié ap aji ankò kòm Kréatè pou yo : nan yon « kò nouvo » (2 Kor 5,1) y-ap viv pou tout tan nan gloua Bondié épi y-ap fè louanj-li ak kò yo ak nanm yo. ¬ 110-112, 157

 « Épi l-ap suiyé tout dlo sot nan jé yo, épi lanmò-a pap ginyin ankò, ni chagrin, ni rèl, ni soufrans, pap ginyin ankò, paské prémié bagay-yo al fè rout yo ». Épi sa-k chita sou trôn-nan, di : « Min m-ap fè tout bagay nouvo », épi li di : « Ékri : paské paròl sa-yo, yo sètin, yo vré ».
Apokalips 21,4-5

 

164         Kòman tè-a ap rivé nan akonplisman-l ?

Lè tan-yo ap fini, Bondié ap kréyé yon sièl nouvo ak yon tè nouvo. Mal-la pap gin pouvoua ankò ni li pap gin okinn fòs pou-l atiré nou. Tankou zanmi, moun ki sové-yo ap kontanplé Bondié fas-a-fas. Souaf lapè ak jistis-la ap kontaté nèt. Kontantman yo sé va kontanplé Bondié. Sint Trinité-a ap abité nan mitan yo antan-l suiyé tout dlo nan jé yo, pap gin lanmò ankò, pap gin dèy, ni rèl, ni soufrans. [1042-1050, 1060] ¬ 110-112

165         Poukisa nou di « Amèn », alafin déklarasion lafoua nou-an ?

Nou fini déklarasion lafoua-a antan nou di « Amèn* » – sètadi  « oui », « sé sa » – paské  Bondié mandé nou pou nou témouin lafoua-a. Moun ki di « Amèn » sé ak kè kontan épi an tout libèté li aprouvé, li dakò ak sa Bondié fè nan kréasion-an ak nan Rédanm­sion-an. [1061-1065]

Nan lang ébré-a, mo « amèn »-nan soti nan yon rasîn ki vlé di « lafoua », « asirans », « konfians » épi « fidélité ». « Moun ki di Amèn-nan mété signati-l » (sint Ogustin). Sé paské Jézu té montré nou gras a lanmò-l épi réziréksion-l nan kijan li fidèl épi li mérité yo fè-l konfians ki fè nou kapab di « oui » sa-a san rézèv. Li sé « oui » moun-nan pou tout pro­mès Bondié-yo, minm jan li sé « oui » définitif Bondié pou nou chak. ¬ 527

?  AMÈN. Mo « Amèn »-nan (an ébré Aman vlé di « sa-k fèm, ki solid-la », « an konfians ») yo sèvi avèk li nan Ansyin Téstaman-an sitou nan sans « sé konsa pou sa fèt » pou ranfòsé anvi pou yon aksion Bondié réalizé oubyin pou patisipé nan louanj Bondié-a. Nan Nouvo Téstaman-an, anpil foua mo-a sèvi pou ranfòsé konklizion yon priyè. An jénéral Jézu sèvi ak mo sa-a yon fason spésial pou-l introdui yon paròl inpòtan li pral di. Lè sa-a Amèn ap souligné otorité paròl Jézu-a.

 Tout kalité promès Bondié-yo réyèlman nan li, « oui-a », poutèt sa pa lintèmédiè li « Amèn »-nan bay Bondié pou gloua pa lintèmédiè nou.
2 Korintyin 1,20

  

DÉZIÈM PATI

Sélébrasion mistè lafoua krétyin-an

Nan sélébrasion mistè krétyin-yo (Sakréman*-yo), Jézu-Kri vîn rankontré moun-yo nan tan l’Égliz-la. Jous nan finisman tan-yo, li prézan nan l’Égliz* li-a. Fason nou kapab rankontré avèk li pi afon-an sou tè-a sé nan litiji*-a, sèvis koté nou priyé Bondié ansanm-nan. Sé pousa règléman sin Benoua-a di : « Anyin pa doué gin plis valè pasé sèvis koté nou priyé Bondié ansanm-nan » (Benoua de Nursie, anviron 480-547, sé li ki fondatè kominoté mouàn-yo an Oksidan).

?  LITIJI. (an grèk leitourgia vlé di « aktivité, travay ofisièl, sèvis pèp-la réalizé épi yo réalizé pou pèp-la »). Nan tradision krétyin-an, mo litiji-a vlé di pèp Bondié-a patisipé nan « travay Bondié-a ». Sélébrasion litijik ki pi inpòtan-an sé Ékaristi-a. Lòt litiji-yo dépann dé Ékaristi-a, tankou parégzanp sélébrasion lòt sakréman-yo, adorasion-yo, bénédik­sion-yo, prosésion-yo épi priyè lè-yo. 

 

 

PRÉMIÉ SÉKSION

Bondié aji nan nou pa lintèmédiè sign sakré-yo

166         Poukisa l’Égliz-la fè sélébrasion litijik souvan konsa ?

Pèp Israèl-la té konn kanpé travay-li sèt foua pa jou (Ps 119,164) pou-l fè louanj Bondié. Jézu té patisipé nan sèvis ak nan priyè pèp li-a ; li té aprann disip li-yo priyé épi li té rasanblé yo nan Sénak-la pou-l sélébré pi gro sèvis Bondié-a avèk yo, li ofri pròp tèt-li kòm nouritu. Lè l’Égliz-la invité manb li-yo patisipé nan litiji-a, li rété fidèl nan fè sa Jézu té mandé-a : Sa-a fè-l pou fè sonjé mouin (1 Kor 11,24). [1066-1070]

Minm jan moun-nan réspiré pou-l kapab rété vivan, konsa tou l’Égliz-la réspiré épi li viv lè l-ap sélébré. Jou apré jou, sé Bondié minm k-ap souflé yon lavi tou nèf nan li épi k-ap ofri-l paròl li-a ak Sakréman*-yo. Nou t-a kapab sèvi ak yon lòt konparézon : chak ofis priyè sé tankou yon randévou-d-amou Bondié inskri nan “agenda”-nou. Moun ki déja santi rinmin Bondié-a nan kè yo, yo byin kontan alé nan randévou sa-yo. Moun ki pa t-a santi anyin min ki alé kanminm, li montré Bondié kijan li vlé fidèl.

” Litiji-a pa janm yon sinp réyinion yon group k-ap fè sélébrasion pa-l… Poutèt nou patisipé nan tounin Kris-la tounin al jouinn Papa-a… nou nan kominion sin-yo tou. Oui, nan yon sètin fason, nou patisipé nan litiji sièl-la.
Cardinal Joseph Ratzinger / Benoît XVI, Dieu et le monde

 

167         Kisa litiji-a yé ?

Litiji*-a sé sèvis priyè ofisièl l’Égliz*-la. [1077-1112]

Yon sélébrasion litijik sé pa yon événman ki fèt apati kèk bèl lidé épi kèk bèl kantik. Sé pa kréyé oubyin invanté yo invanté okinn litiji*. Sé yon témouagnaj lavi ak lafoua k-ap grandi sièk apré sièk. Yon ofis priyè sé yon événman sakré ki mérité réspè. Litiji-a kapab kapté intérè nou lè nou santi sé Bondié minm ki prézan nan sign sakré-yo épi nan priyè sa-yo ki gin anpil valè épi anpil nan yo la lontan lontan.

 Té gin yon puisans ki t-ap soti nan li, ki t-ap géri tout moun.
Luk 6,19

 

 168         Poukisa litiji-a gin priorité nan lavi l’Égliz-la épi nan lavi nou chak ?

« Litiji-a sé pouint tèt ki pi ro koté aksion l’Égliz-la vlé rivé, épi an minm tan sé sous koté tout fòs-li soti » (Sacrosanctum Concilium 10). [1075]

Lè Jézu té vivan, foul-yo té konn kouri an mas al koté-l paské yo té vlé prézans-li géri yo. Jodi-a tou nou kapab rankontré Jézu, paské li vivan nan l’Égliz li-a. Li ba nou garanti, li prézan lè n-ap sèvi pòv-yo (Mt 25,42) épi nan Ékaristi*-a, sé dé koté nou plonjé dirèktéman nan bra-l. Si nou pèmèt li proché bò koté nou, lè sa-a li ba nou ansègnman, li nouri nou, li transfòmé nou, li géri nou épi nou fè yon sèl avèk li nan Mès-la.

” San Ékaristi lè dimanch-la, nou pa kapab viv. Èské-ou pa konnin Kris-la égzisté poutèt Ékaristi-a épi Ékaristi-a pou krétyin-yo ?
Répons mati Saturnin (ané 305) té bay lè yo t-ap fè intèrogatoua li-a. Yo t-ap akizé-l poutèt li té patisipé nan rasanbléman yo té intèdi fè lè di­manch-la.

 Mouin minm mouin vini pou yo gin lavi, épi pou yo ginyin-l an kantité.
Jan 10,10

 

169         Sa-k pasé nan nou lè n-ap sélébré litiji-a ?

Lè n-ap sélébré litiji-a, li ralé nou vîn nan rinmin Bondié-a, li géri nou épi transfòmé nou. [1076]

Tout sélébrasion litijik l’Égliz-la épi tout Sakréman*-yo sé yon sèl objéktif yo ginyin : bay lavi épi bay li k-ap débòdé. Lè n-ap sélébré yon litiji, nou rankontré sa-k té di osijè pròp tèt li-a : Sé mouin minm chémin-an, vérité-a ak lavi-a (Jn 14,6). Moun ki al nan yon ofis priyè épi ki santi-l pou kont-li, Bondié pran-l anba protéksion-l. Moun ki alé ladan-l antan-l santi li pèdi, li jouinn Bondié k-ap tann li la.

 Épi li lévé, l-alé lakay papa-l ; antan-l té byin louin toujou, papa-l ouè-l, zantray-li fè-l mal, li kouri, li lagé kò-l nan kou-li, li anbrasé-l kont kò-l.
Luk 6,19

  

 

PRÉMIÉ CHAPIT

Bondié nan litiji-a

170         Koté litiji-a jouinn prémié sous-li ?

Sous litiji-a ki pi profon-an sé Bondié, nan li dépi anvan tout tan nan sièl-la, sé fèt rinmin-an – kè kontan Papa-a, Pitit-la ak l’Éspri Sin-an. Kòm Bondié sé rinmin, li t-a vlé fè nou patisipé nan fèt kè kontan-l nan épi ba nou bénédiksion*-l. [1077 - 1109]

Sou tè sa-a, sélébrasion litijik-yo sé fèt yo doué yé, plin ak bèlté ak fòs : fèt Papa-a ki té kréyé nou – sé poutèt sa frui latè-a gin yon ròl inpòtan : pin-an ak divin-an, luil-la ak limiè-a, bon lodè lansan-an, mizik sakré-a épi bèl koulè-yo. Fèt Pitit-la ki sové nou – nou kontan poutèt délivrans nou-an, nou réprann souf nan kouté Paròl-la, nou fòtifié nan manjé ofrann Ékaristi-a. Fèt Éspri-Sin-an k-ap viv nan nou-an – sé la sous débòdman konsolasion-an, konésans-la, kouraj-la, fòs-la ak bénédiksion*-an soti nan asanblé krétyin-yo. ¬ 179

 M-apral kot lotèl Bondié-a, kot Bondié kontantman-m, dans mouin. M-ap fè louanj sou mandolîn pou Bondié, Bondié-m nan.
Psòm 43,4

?  BÉNÉDIKSION. (an latin benedicere; an grèk eulogein vlé di « di dibyin »). Bénédiksion-an sé yon byin ki soti nan Bondié. Sé yon aksion Bondié ki bay lavi épi ki konsèvé lavi. Bondié Papa-a, kréatè tout bagay, di nou : sa bon pou la, égzistans-ou sé yon byin.

 

171         Ki karaktéristik ki ésansièl nan chak litiji ?

Sélébrasion ékaristik-la, ni tout lòt litiji* tou, sé yon ti fèt Pak. Jézu fété avèk nou pasaj li-a sot nan lanmò al nan lavi épi li ouvri pasaj sa-a pou nou. [1085]

Événman litijik ki té pi inpòtan sou tè-a sé Pak-la, sa Jézu té sélébré avèk disip li-yo lavèy jou li t-apral mouri-a, pandan dènié Soupé-a nou rélé Sint Sèn (Sancta Cena) tou. Disip-yo té pansé Jézu té vlé sélébré libérasion Israèl anba ésklavaj Éjip-la. Min Jézu té sélébré libérasion tout ras moun-nan anba pouvoua lanmò-a. An Éjip, alépòk, sé « San mouton-an » ki té protéjé Israélit-yo anba lanmò. Min kounié-a sé Jézu li-minm ki mouton-an, sa san-l sové tout ras moun-nan anba lanmò-a. Lanmò ak réziréksion Jézu sé prèv nou kapab mouri pou nou jouinn lavi-a. Sé sa réyèlman vré ki anndan chak sélébrasion litijik krétyin. Jézu li-minm té konparé lanmò-li épi réziréksion-l nan ak libérasion Israèl anba ésklavaj Éjip-la. Lè nou di « mistè paskal », nou vlé di kijan lanmò ak réziréksion Jézu gin éfikasité pou sové nou. Analojikman, minm jan san mouton-an té sové lavi lè Israélit-yo té soti Éjip (Égz 12), sé konsa Jézu sé Agno paskal tout bon vré-a, vrè Mouton fèt Pak-la, ki libéré ras moun-nan anba pouvoua lanmò-a ak péché-a.

 San [mouton]-an ap sèvi nou sign nan kay koté n-ap yé yo ; lè-m ouè san-an, m-ap travèsé pou-m évité nou ; pap gin chatiman k-ap gayé nou, lè m-ap frapé péyi Éjip-la.
Égzòd 12,13
 

?  SAKRÉMAN. (an latin sacramentum vlé di « sèman, angajman » ; an jénéral sé avèk li yo sèvi pou tradui mo grèk mystèrion-nan ki vlé di « mistè »). Sakréman-yo sé sign sansib yon réalité invizib koté krétyin-yo kapab fè ékspérians Bondié k-ap géri yo, k-ap padonnin yo, k-ap nouri yo, k-ap fòtifié yo épi k-ap dispozé yo pou yo rinmin. Tout sa fèt poutèt gras Bondié-a k-ap aji ladan yo.

 

172         Konbyin sakréman ki ginyin, épi kòman yo rélé yo ?

Pou l’Égliz-la gin sèt Sakréman* : batèm, konfirmasion*, Ékaristi*, rékonsiliasion, onksion malad-yo, òrd épi mariaj. [1210]

 

173         Poukisa nou bézouin sakréman-yo ?

Nou bézouin sakréman*-yo pou nou kapab dépasé limit étouatès lavi moun-nan, épi vîn sanblé ak Jézu, gras a Jézu : nou sé pitit Bondié nan libèté-a ak nan gloua-a. [1129]

Nan batèm-nan, moun-nan pouvoua malin-an kapab blésé-a, vîn tounin yon pitit Bondié ap protéjé ; gras a Konfimasion*-an, sa-k t-ap tatonnin-an vîn gin asirans ; gras a pénitans-la, koupab-la vîn rékonsilié ; gras a Ékaristi-a, sa-k té grangou-yo vîn tounin pin pou lòt-yo ; gras a mariaj-la épi lòd-la, sa-k té pou kont yo vîn tounin sèvitè rinmin-an ; gras a onksion malad-yo, sa-k té dézéspéré-yo vîn gin konfians ankò. Nan tout sakréman*-yo, sé Kris-la li-minm ki Sakréman-an. Antan nou kité égoyis ki fè nou santré sou tèt pa nou-an, nou grandi nan Jézu pou lavi ki pap janm fini-an.

 Kòm tout bagay osijè lavi ak bon santiman rélijion sé pouvoua Bondié-l la ki ba nou yo pa lintèmédiè konésans sa-k rélé nou nan pròp gloua li-a ak pouvoua li-a, pa lintèmédiè promès-yo ki gin anpil valè-yo, ki pi gra-yo, yo ba nou-yo, pou nou kapab vîn patisipé nan sa-k fè-l sé Bondié-a, pa lintèmédiè yo, antan nou pati kité sa ki dékonpozé nan atirans tè-a.
2 Piè 1, 3-4

 

174         Poukisa lafoua nan Kris-la pa asé ? Poukisa Bondié ofri nou sakréman-yo an plis ?

Nou doué rivé jouinn Bondié – é li posib pou nou rivé jouinn li – ak tout sink sans nou-yo, pa sèlman ak intèlijans-nou. Sé poutèt sa, Bondié ofri tèt-li ba nou nan sign sansib sou tè-a : gras a pin-an, divin-an, luil-la, gras a paròl, onksion épi inpozision min-yo. [1084, 1146-1152]

Gin moun ki té ouè Jézu, ki té tandé-l, ki té kapab touché-l épi ki té santi délivrans-la ak gérizon-an nan kè yo ak nan nanm yo. Minm jan-an tou, sign sansib sakréman-yo poté signati Bondié k-ap palé ak moun-nan nan tout sa-l yé, pa sèlman nan intèlijans-li.

 Li pran min avèg-la, li minnin-l andéyò bouk-la ; li kraché nan jé-l, li pozé min sou li, li mandé-l : « Sa-ou ouè ? »
Mark 8,23

 

175         Poukisa sakréman-yo sé pou l’Égliz-la sèlman yo yé ? Poukisa chak moun pa kapab sèvi ak yo jan-l vlé ?

Sakréman*-yo sé kado Kris-la pou Égliz li-a. L’Égliz-la gin dévoua pou-l distribiyé yo, min tou pou-l protéjé yo kont tout abi. [1117-1119, 1131]

Jézu té rinmèt paròl li-yo ak sign sakréman-yo nan min kèk moun pèsonèlman, sètadi Apot-yo, pou yo kapab transmèt yo. Li pa-t lagé yo nan min yon foul anonim. Jodi-a yo t-a kapab di li pa-t mété éritaj li-a an aksè lib sou intènèt, min li té mété-l nan yon domèn ak yon sit byin présizé. Sakréman*-yo la pou l’Égliz-la épi gras a l’Égliz-la. Yo la pou li, paské l’Égliz-la ki Kò Kris-la, sé gras a sakréman-yo li bati, li nouri épi li rivé nan pèféksion-l. Yo la gras a l’Égliz-la, paské sakréman-yo sé puisans Kò Kris-la, tankou parégzanp sakréman rékonsiliasion-an koté antan prèt*-la réprézanté-l, Kris-la padoné péché nou-yo.

” Sa-k té vizib [Sa yo té kapab ouè] nan Sovè-a nou jouinn yo nan sakréman-yo.
Léon le Grand (anviron 400-461, pap épi Pèr-de-l’Égliz)
 

 Sa-k manjé-a réyèlman épi ki bouè-a sé yon jijman pou pròp tèt-li li manjé épi li bouè antan li pa distingé Kò [Granmèt]-la.
1 Korintyin 11,29
 

 Konsa nou minm, sé pou moun konsidéré nou tankou sèvitè Kris, épi ékonòm mistè Bondié-yo.
1 Korintyin 4,1

 

176         Ki sakréman yon moun résévoua yon sèl foua sèlman nan lavi-l ?

Sé Batèm-nan, konfimasion*-an épi òrd-la. Sakréman sa-yo maké krétyin-an ak yon « so indélébil » (« so ki pa kapab éfasé oubyin défèt »). Batèm-nan ak konfimasion-an fè-l tounin yon pitit Bondié sanblé ak Kris-la yon foua pou tout. Lòd-la tou bay yon karaktè (yon mak ki rété) sakramantèl indélébil (yo pa kapab éfasé). [1121]

Minm jan nou toujou pitit paran nou-yo épi pa sèlman tanzantan oubyin yon ti kras, sé konsa gras a batèm-nan ak konfimasion*-an nou vîn pitit Bondié pou tout tan, nou pòtré ak Kris-la épi manb l’Égliz li-a. Sé minm bagay-la tou pou lòd-la, ki pa sèlman yon djòb koté yo angajé joustan yo pran pansion, min yon gras yo résévoua yon fason ki irévokab. Paské Bondié fidèl, éfè sakréman* sa-yo rivé yon foua pou tout pou krétyin-an ki résévoua yo-a kòm répons apèl Bondié fè yo-a, kòm vokasion épi kòm protéksion Bondié. Donk yo pa janm kapab bay minm moun-nan sakréman sa-yo pliziè foua.

 Dapré pòsion kado gras-la chak moun résévoua-a, sé pou-l mété-l nan sèvis lòt-yo, tankou bon kontab ki résponsab tout kalité gras Bondié.
1 Piè 4,10
 

 Lè bon jan ak sansib pou moun Sovè-nou Bondié parèt-la minm, san sé pa poutèt aksion jisitis nou té fè ; min dapré pròp pitié-l, li sové nou, pa lintèmédiè yon bingn nouvo nésans ak rénouvèlman Éspri Sin-an.
Tit 3,4-5

 

177         Poukisa sakréman-yo sipozé lafoua-a ?

Sakréman-yo pa gin okinn maji nan yo. Yon sakréman pa kapab aji si yo pa konprann li épi résévoua-l nan lafoua-a. Non sèlman sakréman-yo sipozé lafoua-a, min yo fòtifié-l tou épi yo manifésté-l. [1122-1126]

Jézu té mandé Apot* li-yo pou yo fè tout moun tounin disip antan yo anonsé yo bòn nouvèl-la toudabò, sètadi antan yo révéyé lafoua yo, épi apré pou yo batizé yo. Konsa nou résévoua dé bagay nan min l’Égliz-la : lafoua-a ak sakréman*-yo. Jodi-a tou, moun pa vîn krétyin sinpléman poutèt yon rit, oubyin poutèt yo inskri non-ou nan yon réjis, min poutèt ou akéyi lafoua tout bon vré-a. Apati l’Égliz-la nou résévoua lafoua otantik sa-a. Sé li-minm ki garanti-l. Poutèt lafoua l’Égliz-la éksprimé nan litiji*-a, okinn minis l’Égliz-la, okinn kominoté pa gin doua chanjé oubyin manyin okinn sign sakramantèl dapré pròp kapris pa-l.

 Mouin té transmèt nou réyèlman toudabò sa mouin té résévoua-a.
1 Korintyin 15,3 

” Minm jan yon chandèl limin nan difé yon lòt chandèl, sé konsa lafoua-a limin nan lafoua.
Romano Guardini

  

178         Èské yon sakréman pèdi éfikasité-l lè moun k-ap bay li-a pa dign pou sa ?

Non. Sakréman*-yo aji poutèt aksion-an ki fèt-la (ex opere operato), sa vlé di kèlkésoua konpòtman moral oubyin dispozision spirituèl moun k-ap administré-l la, dépi-l gin intansion fè sa l’Égliz*-la fè-a. [1127-1128, 1131]

Moun k-ap sélébré sakréman*-yo doué viv yon fason égzanplè. Min sakréman-yo pa aji poutèt moun k-ap administré yo-a sin, min poutèt sé Kris-la li-minm k-ap aji nan yo. Li réspékté libèté-nou lè n-ap résévoua sakréman-yo. Sé sa-k fè sakréman-yo pap aji pozitivman si nou pa kolaboré ak Kris-la. [[Yo aji poutèt aksion-an ki fèt-la nan moun ki pa mété obstak ak anpèchman, ex opere operato non ponentibus obicem (Konsil Trant, sésion VII, dékrè 1, kanon 6).]]

 

DÉZIÈM CHAPIT

Kijan nou sélébré mistè Kris-la

179         Kilès ki sélébré litiji-a ?

Nan tout litiji sou tè-a, sé Kris-la li-minm, Granmèt-la, ki sélébré yon litiji* koté ni anj-yo, ni moun-yo, sa-k vivan-yo, sa-k mouri-yo, pasé, prézan ak avni-an, sièl-la ak tè-a patisipé, sé yon véritab litiji kosmik (tout inivè-a ladan-l). Prèt*-yo ak fidèl-yo patisipé yon fason diféran ladan-l. [1136-1139]

Lè n-ap sélébré, nou doué préparé kè-nou pou gran événman k-ap réalizé-a : isit-la, kounié-a, Kris-la la, li prézan épi avèk li tout sièl-la. Anlè-a yo tout plin ak yon kontantman yo pa kapab palé épi y-ap véyé sou nou ak anpil rinmin. Dènié nan Liv ki sin-yo, Apokalips-la, ap prézanté litiji* sièl-la sou fòm imaj sinbolik, litiji* sa-a nou déja fè youn ak li dépi sou tè-a. ¬ 170

” Sé pou sa ni nou minm, ni tout mésajé-ou yo ak tout zanmi-ou yo ki nan sièl-la, nou mété ansanm pou nou fè konpliman pou ou, é pou nou chanté san rété: Sé ou ki sin, sé ou ki sin, sé ou ki sin tout bon. Bondié sé ou ki Granmèt tout sa ki nan sièl-la, bèlté ou plin sièl la ak tè-a…
Préfas litiji ékaristik-la
 

” [Litiji-a] fè nou antré nan litiji k-ap fèt san rété nan sièl-la… Sé pa kòmsi moun-nan ap pansé kichòy épi li chanté ; chan-an rivé vîn jouinn li sot nan anj-yo.
Cardinal Joseph Ratzinger / Benoît XVI, Un nouveau chant pour le Seigneur.

 

 180         Poukisa nou konsidéré litiji-a tankou yon « sèvis » Bondié ?

Yon sèvis Bondié sé toudabò yon sèvis Bondié ap rann nou – épi apré sa sèlman, yon sèvis n-ap ofri Bondié. Anba sign sakré-yo, Bondié ofri nou pròp tèt-li pou nou kapab fè minm bagay-la : pou nou ofri-l tèt-nou san gadé dèyè. [1145-1192]

Jézu la nan paròl li-a épi nan sakréman*-an. Bondié la ! Sé sa ki vîn an prémié épi ki pi inpòtan nan tout sélébrasion ékaristik. Nou minm sé apré sa nou vini. Jézu ofri lavi-l pou nou, pou nou kapab ofri-l sakrifis spirituèl pròp lavi pa nou-an. Nan Ékaristi*-a, Kris-la ofri pròp tèt-li ba nou pou nou kapab ofri-l pròp tèt-nou. Sé kòmsi sé yon chèk an blan nou signin ak lavi-nou bay Kris-la. Konsa nou patisipé nan sakrifis Kris-la k-ap sové nou épi k-ap transfòmé nou-an. Lavi-nou sou tè-a viré nan diréksion Péyi-roua Bondié-a. Bondié kapab viv lavi li-a nan lavi-nou. 

 Vòlè-a pap antré pou dòt bagay pasé vòlè épi touyé épi détrui. Mouin minm mouin vini pou yo gin lavi, épi pou yo ginyin-l an kantité. Sé mouin minm bon gadyin-an. Bon gadyin-an dépozé nanm-li pou mouton-yo.
Jan 10,10-11
 

 Sa-k vlé vîn prémié nan pami nou, sé pou-l vîn tounin ésklav tout moun. Sèké Pitit moun-nan pa vîn pou fè sèvi-l min pou-l sèvi, épi pou-l bay lavi-li tankou instriman pou éfasé péché tout pakèt moun-yo.
Mark 10, 44-45

 

181         Poukisa gin tout sign ak sinbòl sa-yo nan ofis priyè-yo ?

Bondié konnin nou pa éspri sèlman, min nou gin kò tou ; nou bézouin sign ak sinbòl pou nou kapté épi éksprimé réalité spirituèl-yo oubyin sa-k intim-yo. [1145 - 1152]

Kit sé ak yon roz, ak yon bag, yon rad noua, yon grafiti sou mi oubyin yon riban rouj kont sida, nou toujou éksprimé santiman intim nou-yo ak sign ki pèmèt yo konprann nou. Bondié ki pran chè nan ras moun-nan ofri nou sign-moun pou-l viv épi aji nan mitan nou : pin, divin, dlo batèm-nan, onksion ak l’Éspri Sin-an. Répons nou bay sign sakré Bondié ba nou-yo parèt nan sign réspè nou fè-yo : pliyé jénou-nou, lévé pou tandé proklamasion Évanjil-la, bésé tèt, mété dé min nou-yo ansanm. Épi, tankou pou yon mariaj, nou dékoré koté prézans Bondié yé-a ak sa nou ginyin ki pi bèl : flè, bouji, mizik. Min pafoua, sign sa-yo konn bézouin yo di kèk mo pou ékspliké yo. 

” Sinbòl-yo éksprimé sa ki invizib nan yon langaj vizib (sa moun pa kapab ouè ak yon langaj yo kapab ouè).
Gertrud Von le Fort
 

” Mouin déklaré langaj sinbolik-la sé sèl lang étranjé chak moun t-a doué aprann.
Erich Fromm (1900-1980, psikanalist)

 

182         Poukisa yo bézouin mété paròl pou akonpagné sign sakramantèl litiji-a ?

Sélébré litiji*-a, sé rankontré Bondié : kité-l aji, kouté-l, réponn li. Sé ak jès épi paròl dialòg sa-yo toujou fèt. [1153 - 1155, 1190]

Sé ak jès, sign épi paròl Jézu té palé ak moun-yo. Sé minm jan-an tou pou l’Égliz-la lè prèt*-la prézanté ofrann-nan épi li di : « Sa-a sé Kò mouin… Sa-a sé San mouin… ». Sé paròl Jézu sa-a ki fè sign-yo tounin sakré­man* : jès, sign k-ap réalizé sa yo signifié-a, sa yo vlé di-a, signifikasion yo-a. 

 Youn t-ap rélé bay lòt [anj-yo], yo t-ap di : « Li sin, li sin, li sin, Granmèt Bondié lamé-yo ; tout tè-a plin ak gloua-li ».
Izayi 6,3

 

183         Poukisa yo joué mizik nan ofis priyè-yo ? Ki mizik ki konvnab pou litiji-a ?

Lè paròl-yo pa asé pou fè louanj Bondié, mizik-la vîn édé nou. [1156-1158, 1191]

Lè nou viré nan diréksion Bondié, anpil foua nou pa gin mo pou nou palé pou nou éksprimé santiman-nou. Lè sa-a mizik-la kapab édé nou. Lè n-ap jibilé, paròl-la tounin chan – sé sa-k fè yo palé osijè chan anj-yo. Nan ofis priyè-a, mizik-la doué fè priyè-a pi bèl, fè-l antré pi fon, li doué touché kè sa k-ap patisipé yo, orianté yo nan diréksion Bondié épi préparé kòm yon fèt mizikal pou Bondié. 

 Sé pou n-ap di antré nou psòm ak imn ak kantik dapré Éspri-a antan n-ap chanté épi n-ap résité psòm nan kè-nou pou Granmèt-la.
Éfézyin 5,19
 

” Moun k-ap chanté-a li priyé dé foua.
S. Augustin

 

184         Kòman litiji-a maké déroulman tan-an ?

Nan litiji-a, tan-an tounin tan pou Bondié.

Sa konn rivé nou pa fè anyin sérié ak tan nou – n-ap chèché pastan. Nan litiji-a tan-an vîn gin yon dansité réyèl paské chak ségond chajé ak sans. Lè n-ap sélébré ofis priyè Bondié-a, nou dékouvri Bondié sanktifié tan-an épi li fè chak ségond tounin yon pon, yon pasrèl nan diréksion étènité-a. 

 Sé pou nou rachté moman-an, paské jou-yo mové.
Éfézyin 5,16

 

185         Poukisa sélébrasion litijik-yo déroulé dapré yon ronn siklik sou chak ané ?

Minm jan chak ané nou sélébré anivèsè nésans yon moun oubyin yon mariaj, sé konsa tou litiji*-a ap sélébré, pandan ronn ané-a, prinsipal évènman krétyin-yo nan istoua sové nou sové-a. Poutan gin yon gran diférans : chak épòk – donk pa nou-an tou – sé tan Bondié. « Komémorasion » mésaj ak lavi Jézu-yo sé rankont aktuèl ant Bondié vivan-an ak nou. [1163-1165, 1194-1195]

Sören Kierkegaard, yon filozòf Dànmark, té di yon jou : « Sé soua nou konsidéré tèt-nou kòm kontanporin Jézu, soua nou lagé tout bagay ». Lè nou viv ané litijik-la nan lafoua, sa fè nou vîn kontanporin Jézu. Pa paské nou t-a gin kapasité antré nèt alé ak lidé-nou nan tan pa-l la ak nan lavi pa-l la, min paské li-minm, si-m ba-l plas, l-ap antré nan tan pa-m nan ak nan lavi pa-m nan, ak prézans-li ki géri, ki padonnin épi fòs ékstraòdinè réziréksion-l nan. 

” Étènité Bondié-a sé pa sèlman pa gin tan ladan-l, oubyin sé kontrè tan-an oubyin négasion tan-an, min sé yon pouvoua sou tan-an k-ap dévlopé yon égzisté-avèk-tan-an épi yon égzisté-nan-tan-an.
Cardinal Joseph Ratzinger / Benoît XVI, L’esprit de la liturgie.

 

186         Kisa ané litijik-la yé ?

Pandan ané litijik-la, l’Égliz-la sélébré mistè lavi Kris-la, dépi inkarnasion-an jous lè l-ap tounin nan gloua-a. Ané litijik-la kòmansé avèk tan Avan-an, ki tan koté n-ap tann Granmèt-la. Li gin yon prémié pouint tèt nan sélébrasion soufrans, lanmò épi réziréksion Kris-la. Tan Pak-la fini ak Pantkot-la koté nou fété lè l’Éspri Sin-an té vini sou l’Égliz-la. Ané litjik-la épinglé ak fèt an lonè la Sint Vièj Mari épi Sin-yo, koté l’Égliz-la fè louanj pou gras Bondié-a k-ap minnin moun-yo nan sové yo doué sové-a. [1168-1173, 1194-1195] 

” Ané litijik-la k-ap raplé nou épi k-ap rann prézan ankò lavi Kris-la san rété yon fason ki toujou nouvo, sé pi gran chédèv lèzòm. Bondié fè-l tounin afè pa-l épi li ba nou li, yon ané apré lòt, antan l-ap ofri-l nan yon limiè ki toujou nouvo kòmsi sé prémié foua li té rivé jouinn nou.
Jochen Klepper (1903-1943, ékrivin alman)
 

?  ANÉ LITIJIK-LA kòmansé ak prémié dimanch tan Avan-an, li rivé nan pouint tèt li ak fèt Pak-la épi li fini ak dimanch solanité Kris-Roua-a.

 

 187         Ki inpòtans jou dimanch-la ?

Dimanch-la sé pivo santral tan krétyin-an paské sé jou sa-a nou sélébré réziréksion Kris-la épi chak dimanch sé yon ti fèt Pak. [1163-1167, 1193]

Si yo pa réspékté dimanch-la, kòm jou Granmèt-la, oubyin si yo siprimé-l, sé jou travay sèlman sémèn-nan ap ginyin. Moun-nan yo té kréyé pou kè kontan-an ap tounin yon bèt chaj épi l-ap pèdi tèt-li nan maladi konsomasion-an. Nou doué aprann fété kòrèktéman sou tè-a sinon nou pap konnin sa n-apral fè nan sièl-la. Paské sièl-la, sé yon dimanch san rété. ¬ 104-107

188         Kisa priyè lè-yo yé ?

« Priyè lè-yo » sé priyè piblik ofisièl l’Égliz*-la. Tèks biblik-yo minnin moun k-ap priyé-a nan kè mistè lavi Jézu-Kri-a. Toupatou sou tè-a, nan chak lè nan jounin-an, y-ap priyé Trè Sint Trinité-a pou-l transfòmé ni moun k-ap priyé-a ni tout tè-a. « Priyè lè-yo » pa rézèvé sèlman pou prèt*-yo ak rélijié-yo. Anpil krétyin ki byin angajé nan lafoua yo, mété yo ansanm ak kantité siplikasion k-ap monté al jouinn Bondié sot nan tout kouin tè-a. [1174-1178, 1196]

Pou l’Égliz*-la, sèt « lè-yo » (an latin « hora » = « lè ») sé tankou yon trézò priyè ki démaré lang-nan (bouch-la) minm lè kè kontan-an, tèt chajé-yo oubyin kè soté té fèmin bouch nou. Lè n-ap fè priyè lè-yo, sé tout tan Bondié ap fè nou sézi : yon fraz, yon tèks an antié vîn adapté égzaktéman ak sitiasion n-ap viv-la « kòmsi sé t-a paraza ». Bondié kouté nou lè nou rélé-l. Li réponn nan tèks sa-yo, pafoua yon fason pou pa t-ap atann li t-a konkrè konsa. Min li bay kèk périòd silans oubyin séchrès tou ki konn long gin dé lè, kòmsi-l t-ap tann fidélité nou. ¬ 473, 492

?  Sèt tan priyè litiji lè-yo sé : Ofis léktu-a  – Lôd (Louanj-yo nan matin, lè solèy-la ap lévé) – Tièrs (a névè) – Sèkst (a midi) – Nòn (a touazè) – Vèp (asouè) – Konpli (anvan n-al kouché). 

 Sèt foua pa jou m-ap chanté louanj ou, osijè jijman-ou yo ki kòrèk.
Ps 119,164

 

189         Èské l’Égliz-la bézouin koté spésial pou-l sélébré litiji-a ?

Gras a viktoua-l la, Kris-la prézan tout koté sou latè. Sèvis Bondié nan Éspri ak vérité-a (Jn 4,24) pa maré ak okinn koté an patikilié paské Kris-la li-minm sé vrè Tanp Bondié-a. Poutan tout koté krétyin-yo yé sou tè-a gin anpil légliz ak éspas ki sakré, ki sin, paské ras moun-nan bézouin kèk koté byin konkrè pou-l rankontré épi kèk sign ki raplé nouvo réalité-a. Chak légliz sé yon imaj kay Papa-nou nan sièl-la koté n-ap maché pou-n alé-a. (1179-1181, 1197-1198]

Sètènman, nou kapab priyé tout koté – nan yon forè, sou yon plaj, nan kabann-nou. Min nou pa éspri tou sinpléman. Kòm moun, nou gin yon kò, nou doué ouè youn lòt, tandé youn lòt, santi prézans youn lòt ; nou bézouin yon koté konkrè pou nou rankontré, pou nou tounin « Kò Kris-la ». Nou doué mét ajénou pou-n adoré Bondié ; nou doué manjé pin yo konsakré-a koté yo ofri-l la ; nou doué maché avèk kò-nou lè Bondié rélé nou. Épi, sou bò rout-la, yon kalvè (yon koua yo drésé) ap raplé nou kilès ki mèt tè-a épi kilès n-ap maché pou-n al jouinn li-an. 

 Kay l’Égliz-la sé éspas téolojik-la koté nou vîn chèché épi jouinn Bondié. Li fè yo aprésié sa-k gin valè nan karaktéristik tè nou-an ki fè nou kapab abité ladan-l nan. Minm légliz-yo mété rénomé vil nou-yo ak vilaj nou-yo an valè – kisa Kològn (an Almagn) t-a yé, san katédral li-a?  – konsa tou karaktéristik tè nou-an ki fè nou kapab abité ladan-l nan, vîn an valè poutèt prézans Bondié-a.
Cardinal Joachim Meisner (1933 -, achévèk Kològn)

 

190         Kisa yon légliz krétyin yé ?

Yon légliz krétyin sé sinbòl kominoté-a nan tèl koté détèminé, min tou li sé sinbòl kay sièl-la Bondié préparé pou nou-an. Nou alé nan légliz-la pou nou priyé soua an kominoté soua pou kont nou, épitou pou nou sélébré sakréman*-yo, an patikilié Ékaristi*-a. [1179-1186, 1197-1199]

« Isit-la, ou santi-ou nan sièl » - « isit-la, nou fè silans, nou gin réspè ». Anpil légliz lè nou antré ladan yo sé kòmsi yo ralé nou, yo ranmasé nou osans pròp, poutèt fòs anbians priyè ki gin nan koté sa-yo. Yo fè nou santi Bondié la. Poutèt légliz-yo doué bèl, y-ap raplé nou jan Bondié bèl, li gran, li rinmin nou. Légliz-yo pa sèlman bèl kay yo fè ak ròch k-ap anonsé lafoua-a, yo sé kay Bondié tou, koté li réyèlman prézan nan Ékaristi-a.

 Bondié mété légliz-yo tankou yon pò sou bò lanmè-a pou nou kapab rivé sové nan yo antan nou ralé kò-nou sot nan toubiyon problèm nou gin sou tè-a épi pou nou kapab jouinn lapè nan yo ak silans-la.
S. Jean Chrysostome

 

191         Ki koté ki gin plis inpòtans anndan yon légliz ?

Sé : otèl-la avèk koua-a, tabènak*-la, fotèy sélébran-an, anbon-an, batistè-a (fon-batismo-a) épi konfésional-la. [1182-1188]

Otèl-la sé pouin santral légliz-la. Sé sou li sakrifis lakoua-a ak réziréksion Jézu-Kri-a vîn prézan, vîn aktualizé pandan sélébrasion Ékaristi-a. Li sé tab koté yo invité pèp Bondié-a. Tabènak*-la tankou yon trézò sakré, yo mété-l nan yon koté ki byin dign épi byin vizib nan légliz-la pou-l konsèvé pin ékaristik-la koté Granmèt-la li-minm réyèlman prézan. Lanp sanktuè-a indiké prézans ki « abité » tabènak-la. Si li étinn, sa vlé di tabènak-la vid. Sièj prèt oubyin évèk-la (an latin cathedra) ki byin parèt, li vlé di sé Kris-la réyèlman k-ap prézidé asanblé kominoté-a. Anbon-an (an grèk anabainein vlé di « monté sou »), sé pupit pou Paròl Bondié-a, li doué indiké inpòtans ak dignité léktu biblik-yo kòm Paròl Bondié vivan-an. Nan batistè-a, yo bay sakréman batèm-nan épi bénitié-a (véso ki gin dlo bénit nan pòt légliz-la) invité nou révéyé épi kinbé angajman batèm nou. Yon konfésional oubyin yon koté ki adapté yo dispozé pou sakréman rékonsiliasion-an pèmèt nou avoué fot nou-yo épi résévoua padon-an. 

 Lè n-ap réfléchi sou litiji-a, épi sèl sa nou sonjé sé kijan pou nou fè-l bèl, pou-l atiré moun, pou-l intérésan, dépi la-a litiji-a déja dénatiré. Sé soua li sé aksion Bondié antan sé Bondié ki sijè réyèl k-ap aji-a, oubyin li pa anyin.
Benoît XVI, 9 séptanm 2007

 

192         Èské l’Égliz-la kapab chanjé épi rénouvlé litiji-a ?

Nan litiji*-a, gin éléman yo kapab chanjé, gin lòt yo pa kapab chajé. Tout sa Bondié li-minm té établi, yo pa kapab chanjé yo : parégzanp paròl Jézu-yo nan dènié Soupé-a. Min bò koté sa-yo, gin kèk éléman ki kapab chanjé épi l’Égliz-la gin pouvoua pou adapté yo. Yo doué proklamé, sélébré épi viv mistè Kris-la tout tan, tout koté. Donk litiji-a doué korésponn ak mantalité épi kilti chak pèp. [1200-1209]

Jézu té rénouvlé moun-nan toutantié, nan éspri-li, intèlijans-li, kè-li, volonté-li. Sé égzaktéman minm bagay-la li vlé fè jodi-a nan litiji*-a. Sé poutèt sa litiji-a gin aspè ki diféran an Afrik oubyin an Euròp, nan yon mézon rétrèt, oubyin nan Jounin mondial jèn-yo. Li pa gin minm vizaj nan parouas-yo ak nan kouvan-yo. Min nan chak litiji, sé pou yo rékonèt litiji tout l’Égliz-la.

 Sé yon sèl Granmèt, yon sèl lafoua, yon sèl batèm, yon sèl Bondié épi Papa tout moun, ki anlè tout bagay, épi atravè tout bagay épi nan tout bagay.
Éfézyin 4,5-6
 

?  INISIASION. (an latin initium vlé di « kòmansman ») : sé konsa yo rélé sa yo fè pou introdui yon moun pa lintèmédiè l’Éspri Kris-la nan yon kominoté ki déja égzisté.

 

 

DÉZIÈM SÉKSION

Sèt sakréman l’Égliz-la

193         Èské gin yon rapò vital, òganik ant sakréman-yo ?

Tout sakréman*-yo sé yon rankont avèk Kris-la ki sakréman fondamantal-la. Nou doué distingé sakréman inisiasion*-yo ki introdui moun-nan nan lafoua-a : batèm-nan, konfimasion*-an épi Ékaristi-a ; sakréman gérizon-yo : rékonsiliasion-an épi onksion malad-yo ; sakréman ki pou sèvis kominion-an ak mision-an : mariaj épi lòd. [1210-1211]

Batèm-nan soudé nou ak Kris-la. Konfimasion*-an ba nou l’Éspri li-a. Ékaristi*-a fè nou fè youn ak li. Rékonsiliasion-an rékonsilié nou ak Kris-la. Pa lintèmédiè onksion malad-yo Kris-la géri nou, fòtifié nou épi konsolé nou. Pa lintèmédiè sakréman mariaj-la, Kris-la bay rinmin nou-an pròp rinmin pa-l la, li bay fidélité nou-an pròp fidélité li-a. Pa lintèmédiè lòd-la, prèt*-yo résévoua résponsabilité gidé (kondui) fidèl-yo, pouvoua padoné péché-yo épi sélébré Mès-la. 

 Batizé yo onon Papa-a ak Pitit-la ak Éspri Sin-an.
Matié 28,19

 Ak batèm-nan yo résévoua-a, chak timoun nan yon sèk zanmi ki pap janm défèt ni pandan lavi-li ni nan lanmò-li… sèk zanmi sa-a, fanmi Bondié sa-a, koté timoun-nan vîn yon manb kounié-a, ap toujou akonpagné-l minm nan moman doulè, lè lannuit-la pi noua-a nan lavi-a. L-ap ba li konsolasion, sékou ak limiè.
Benoît XVI, 8 janvié 2006

 

 

PRÉMIÉ CHAPIT

Sakréman inisiasion-yo

Sakréman batèm-nan

194         Kisa batèm-nan yé ?

Batèm-nan sé fondman (baz, fondasion) tout lavi krétyin-an. Li sé pòt pou antré nan l’Égliz*-la. Antan nou libéré anba péché-a gras a batèm-nan, nou vîn tounin manb Kris-la épi nou antré an kominion avèk Bondié. [1213-1216, 1276-1278]

Batèm-nan sé sakréman* fondamantal-la, li sé pouinndépa tout lòt sakréman-yo. Li fè nou fè youn ak Jézu-Kri, li plonjé nou nan lanmò-li ki rachté nou sou lakoua-a épi ki délivré nou konsa anba puisans péché-a, épi li fè nou gin yon nouvo nésans avèk Kris-la pou yon lavi san fin. Kòm batèm-nan sé yon alians ak Bondié, li nésésè pou moun yo batizé-a aksépté-l épi di « oui ». ¬ 197

 Sé poutèt sa, si yon moun nan Kris, sé yon nouvo kréati. Ansyin-yo pati, min nouvo rivé.
2 Korintyin 5,17
 

 Nuit-la té avansé, jou minm té proché, sé pou nou réjté travay fènoua-yo ; sé pou nou abiyé ak zam limiè-a... An nou abiyé ak Granmèt-la Jézu-Kri.

Romin 13,12.14

 

195         Kòman yo bay batèm-nan ?

Fason yo té abitué bay batèm-nan an jénéral sé plonjé moun y-ap batizé-a toua foua nan dlo. Min, pi souvan, moun k-ap bay batèm-nan vidé dlo toua foua sou tèt batizé-a antan l-ap di : « Mouin batizé-ou onon Papa-a ak Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an ». [1229-1245, 1278]

Dlo-a sinbolizé purifikasion-an ak nouvo lavi-a. Signifikasion sa-a té déja prézan nan batèm pénitans Jan-Batis t-ap bay-la. Batèm yo bay ak dlo-a « onon Papa-a ak Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an » plis pasé yon sign konvèsion ak pénitans, sé yon nouvo lavi nan Kris-la. Sé poutèt sa, an plis, gin sign onksion-an, rad blan-an épi chandèl batèm-nan. 

?  KATÉKUMÉNA. (an grèk katéchein vlé di « anségné, fòmé sa-k fèk rivé-yo »). Nan prémié tan l’Égliz-la, adilt ki té kandida pou résévoua batèm-nan (Katékumèn-yo) té konn suiv yon préparasion ki té gin toua étap, sé Katékuména-a, koté yo té inisié yo nan lafoua-a épi yo té patisipé ofiamézi nan kèk sélébrasion Paròl Bondié-a, jouskaské alafin yo admèt yo sou tab Ékaristi-a.

 

196         Kilès ki kapab résévoua batèm-nan ? Kisa yo mandé moun ki vlé résévoua batèm-nan ?

Tout moun yo pa ko batizé kapab résévoua batèm-nan. Sèl kondision pou batèm-nan sé lafoua-a yo doué déklaré piblikman pandan batèm-nan. [1246-1254]

Moun ki vîn krétyin-an sé pa chanjé li chanjé fason li ouè bagay-yo sou tè-a sèlman, sé angajé li angajé-l tou nan yon chémin inisiasion (katékuména*) koté li vîn tounin yon moun nouvo gras a kado batèm-nan épi gras a konvèsion pèsonèl-li. Lè sa-a li sé yon manb vivan nan Kò Kris-la.

 Kado timoun ki fèk fèt-yo té résévoua-a, yo minm minm yo doué aksépté-l lè y-a grandi ; ak tout libèté yo épi antan yo pran résponsabilité yo. Konsa étap kouasans sa-a ap kondui yo pou yo résévoua sakréman konfimasion-an ki aboutisman batèm yo-a épi ki fè yo chak maké ak so l’Éspri Sin-an.
Benoît XVI, 8 janvié 2006

 

197         Poukisa l’Égliz-la vlé pou-l batizé timoun-yo ?

Abitud batizé timoun-yo sé yon tradision ki la lontan lontan nan l’Égliz-la. Gin yon sèl rézon pou sa : anvan moun-nan chouazi Bondié, Bondié chouazi-l. Donk batèm-nan sé yon gras, yon kado nou pa mérité Bondié fè nou antan li akéyi nou san kondision. Lè paran-yo kouè nan Jézu épi yo vlé byin pou pitit yo, yo vlé pou yo résévoua batèm-nan. Batèm-nan délivré pitit yo-a anba infliyans péché orijinèl-la ak anba pouvoua lanmò-a. [1250, 1282]

Batizé pitit-nou vlé di yon angajman nou pran pou nou inisié-l nan lafoua-a. Anba prétèks yon libèté yo mal konprann, sé yon injistis sa yé pou ranvouayé batèm yon timoun pou pi ta. Minm jan nou pa kapab ranvouayé pou pi ta rinmin nou ginyin pou pitit nou-an an atandan pou li-minm minm li chouazi pi ta, konsa tou sé t-a yon injistis si paran-yo t-a ranvouayé gras Bondié-a nan batèm-nan pou pi ta. Minm jan chak moun fèt ak kapasité pou-l palé, poutan li doué aprann yon langaj, konsa tou chak moun fèt ak kapasité pou li kouè, min li doué aprann kouè. Yo pa kapab fòsé yon moun résévoua batèm yon fason abitrè. Sa-k té batizé lè-l té timoun-nan li doué « ratifié » sa pi ta ak lavi-li : sa vlé di li doué dakò pou-l fè batèm li-an donnin frui.

 Nou té antéré avèk li donk, gras a batèm-nan, nan lanmò-a, pou minm jan Kris-la té résisité sot nan pami mò-yo, gras a gloua Papa-a, konsa tou nou minm nan nouvoté lavi-a n-ap maché.
Romin 6,4

 Bondié vlé pou tout moun sové épi rivé nan konésans vérité-a.
1 Timoté 2,4

 

198         Kilès ki kapab bay batèm-nan ?

Òdinèman sé Évèk*-la, yon prèt* oubyin yon diak* ki bay sakréman* batèm-nan ; nan ka ijans, ninpòt krétyin kapab bay batèm-nan. Oui, tout moun kapab bay batèm-nan antan-l vidé dlo sou tèt moun l-ap batizé-a pandan l-ap di fòmil batèm-nan : « Mouin batizé-ou onon Papa-a, ak Pitit-la ak l’Éspri-Sin-an ». [1256, 1284]

Batèm-nan tèlman inpòtan, minm yon moun ki pa krétyin kapab bay li. Sèlman li doué gin intansion fè sa l’Égliz-la fè lè l-ap batizé-a. 

 …si yon moun pa fèt sot nan dlo ak Éspri, li pa kapab antré nan péyi-roua Bondié-a.
Jan 3,5

 Si n-ap viv minm réyèlman, sé pou Granmèt-la n-ap viv. Si nou mouri minm, pou Granmèt-la nou mouri. Si donk minm n-ap viv, si nou mouri minm, pou Granmèt-la nou yé.
Romin 14,8

 

199         Èské éféktivman batèm-nan sé sèl chémin k-ap pèmèt nou sové ?

Pou tout moun ki akéyi Bòn Nouvèl-la épi ki tandé yo di Kris-la sé chémin-an, vérité-a ak lavi-a (Jn 14,6), batèm-nan sé sèl chémin k-ap minnin-l al jouinn Bondié. Sèl chémin k-ap sové-l. Min sa-a sé vré tou : Kris-la mouri pou tout moun. Donk sé tout moun li rélé pou yo sové, minm sa-k pa vrèman gin okazion dékouvri Kris-la épi lafoua-a, min k-ap chèché Bondié nan yon kè ki onèt, ki douat, ki sinsè épi ki viv an konfòmité ak konsians yo (sé sa yo rélé « baptême de désir », sètadi moun-nan t-a anvi résévoua batèm-nan si-l té konn sa-l yé). [1257-1261, 1281, 1283]

« Bondié té maré sové li sové nou-an ak Sakréman-yo ». Sé poutèt sa l’Égliz-la doué ofri sakréman-yo bay moun-yo san rété. Rénonsé réalizé mision sa-a, sé t-a trayi lòd Bondié ba li-a. Min Bondié li-minm pa maré ak sakréman-l yo. Koté l’Égliz-la pa rivé, oubyin échoué – kit sé poutèt pròp fot-li oubyin pou dòt rézon –, Bondié li-minm ouvri lòt chémin ki minnin moun-yo nan sové li vlé sové yo-a. ¬ 136

 Épi réyèlman nan yon sèl Éspri nou tout pou vîn yon sèl kò nou té batizé, soua Juif, soua Grèk, soua ésklav, soua lib épi tout moun nan yon sèl Éspri nou té pasé souaf-nou.
1 Korintyin 12,13

 Si nou sé ti pitit, nou sé éritié tou ; éritié Bondié minm, éritié ansanm ak Kris, puiské n-ap soufri ansanm avèk li, pou nou jouinn gloua-a tou ansanm avèk li.
Romin 8,17

 

200         Ki sa-k pasé nan batèm-nan ?

Nan batèm-nan, nou vîn tounin manb Kò Kris-la, sè ak frè Sovè nou-an, pitit Bondié. Nou libéré anba péché-a, yo raché nou sot anba lanmò-a épi, dépi lè sa-a, déstiné-nou sé viv nan kè kontan moun ki sové-yo. [1262-1274, 1279-1280]

Résévoua batèm-nan vlé di : istoua pròp lavi-m plonjé nan kouran dlo rinmin Bondié-a. Pap Benoua XVI di nou : « Lavi nou sé pou Kris-la sé pa pou nou-minm ankò… Antan l-ap akonpagné nou, oui, antan li akéyi nou nan rinmin li-an, nou délivré anba sa-k t-ap fè nou pè. Li vlopé nou épi li poté nou, tout koté nou pralé, li-minm ki lavi-a minm » (7 avril 2007).  ¬ 126

 Sa yo rélé-m pou-m fè-a oubyin pou-m yé-a, pa gin pèsonn lòt moun yo rélé pou sa. Sou latè Bondié-a, mouin gin yon plas nan plan Bondié-a ki pa sanblé ak okinn lòt, kit mouin rich, kit mouin pòv, kit lèzòm méprizé-m oubyin onoré-m, Bondié konnin-m épi sé ak non-m li rélé-m.
John Henry Newman

 

201         Ki sans non nou résévoua nan batèm-nan ginyin ?

Nan batèm-nan, lè yo ba nou yon non, Bondié di nou : Mouin té rélé-ou ak non-ou sé pou mouin ou yé (Iz 43,1). [2156-2159, 2165-2167]

Nan batèm-nan, moun-nan pa vîn pèdi nan yon foul anomim, san vizaj, okontrè, onon Bondié sé pèsonalité-l ki vîn konfimé. Résévoua yon non nan batèm-nan vlé di : Bondié konnin-m, li di-m oui épi li résévoua-m pou tout tan ak sa-m ginyin ki fè pa gin dé tankou-m nan. ¬ 361

202         Poukisa krétyin-yo t-a doué chouazi prénon kèk gran sin ?

Pa gin pi bon modèl pasé sin-yo, pa gin pi bon èd non plis. Si non mouin poté-a sé non yon sin, lè sa-a mouin konnin mouin gin yon zanmi bò kot Bondié. [2156-2159, 2165]

 

Sakréman konfirmasion-an

203         Kisa konfirmasion-an yé ?

Konfirmasion*-an sé sakréman* ki minnin batèm-nan nan pèféksion-l épi ki fè nou résévoua kado l’Éspri-Sin-an. Moun ki chouazi an tout libèté pou-l viv kòm pitit Bondié épi ki mandé résévoua l’Éspri Bondié-a pa lintèmédiè sign inpozision min-yo épi onksion ak sin-krèm*-nan, moun sa-a résévoua yon fòs spésial pou-l témouagné rinmin ak puisans Bondié-a nan paròl-li ak nan aksion-li. Lè sa-a li vîn tounin an plin yon manb aktif l’Égliz-la épi ki pran résponsabilité-l. [1285-1314]

Lè yon antrénè ap voyé yon jouè foutbòl sou térin-an, li pozé min-l sou zépòl-li épi li ba-l indikasion sou sa-l vlé-l fè. Sé konsa yo kapab konprann konfimasion-an : yo pozé min sou nou épi nou antré sou térin foutbòl lavi-a. Gras a l’Éspri-Sin-an nou konnin sa nou gin pou nou fè. Li bay tout égzistans-nou, tout sa nou yé, tout sa nou ginyin, yon signifikasion, épi sa-l mandé nou viv-la ap rézoné nan zòrèy-nou. Nou santi l-ap édé nou. Nou pa trayi konfians-li épi n-ap ginyin match-la pou li. Sèl sa nou doué fè sé vlé épi kouté-l.  ¬ 119-120

?  KONFIRMASION. (an latin confirmatio vlé di « ranfòsman, rafèmis­man ») : sakréman konfirmasion-an ansanm avèk batèm-nan ak Ékaristi-a sé « Sakréman inisiasion krétyèn-yo ». Minm jan l’Éspri Sin-an té désann jou Pannkot-la sou disip-yo ki té rasanblé, sé konsa tou li désann sou tout batizé ki mandé l’Égliz-la kado l’Éspri-a. Konfirmasion-an rafèmi batizé-a épi ba-l fòs pou-l témouagné pou Kris-la. 

?  SIN KRÈM-NAN. (an grèk chrisma vlé di « onksion ak luil bon lodè-a », épi Christos vlé di « sa-a yo bay onksion-an ») : Sin Krèm-nan sé yon luil yo fè ak yon mélanj luil doliv épi rézîn balsamik (ki gin bon lodè). Évèk-la konsakré-l pandan sémèn sint-la nan Mès Krismal-la, pou yo kapab sèvi avèk li lè batèm, konfirmasion, òdinasion prèt ak évèk, épitou lè bénédiksion otèl-yo ak klòch-yo. Luil-la sé sinbòl kè kontan, fòs épi santé. Moun-yo ki résévoua onksion sin Krèm-nan doué gayé « bon lodè Kris-la » (2 Kor 2,15).

 

204         Kisa Liv ki Sin-yo di osijè sakréman konfimasion-an ?

Déja nan Ansyin Téstaman*-an, pèp Bondié-a t-ap tann pou Éspri-Sin-an vini épi vidé sou Mési-a. Pandan tout lavi-li, Jézu té viv nan yon Éspri rinmin spésial avèk Papa-l nan sièl-la épi yon kominion total avèk li. Éspri Jézu sa-a sé té « l’Éspri-Sin-an », sa pèp Israèl-la té anvi-a ; épi sé minm Éspri sa-a Jézu té promèt disip li-yo, minm Éspri sa-a désann sou disip-yo sinkant jou apré Pak, jou Pannkot-la. Épi sé Éspri-Sin Jézu-a toujou ki désann sou tout moun ki résévoua sakréman konfimasion*-an. [1285-1288, 1315]

Nan Travay Apot-yo, yo ékri kèk dizan apré lanmò Jézu, yo déja montré nou Piè ak Jan k-ap fè yon « vouayaj konfimasion », toulèdé pozé min yo sou nouvo krétyin « ki té batizé sèlman onon Granmèt Jézu », pou kè yo kapab ranpli ak l’Éspri-Sin-an. ¬ 113-120, 310-311

 Lè Apot-yo minm nan Jéruzalèm tandé Samari-a té aksépté paròl Bondié-a, yo té voyé Piè ak Jan koté yo. Yo minm ki désann, yo té lapriyè pou yo, pou yo résévoua Éspri Sin-an. Réyèlman li pa-t ko tonbé sou pèsonn nan yo. Yo té sèlman batizé onon Granmèt-la, Jézu.
Travay Apot yo 8,14-16

 

205         Kisa-k pasé nan konfirmasion-an ?

Nan konfirmasion*-an, yon krétyin ki déja batizé vîn maké ak yon so inéfasab yo kapab résévoua yon sèl foua épi ki karaktérizé moun sa-a kòm krétyin pou tout tan. Kado Éspri-Sin-an sé fòs ki sot anro-a ki pèmèt krétyin-an réalizé gras batèm li-an nan tout lavi-l, épi tounin « témouin » Kris-la. [1302-1305, 1317]

Résévoua konfirmasion-an sé signin yon « kontra » ak Bondié. Sa y-ap konfimé-a di : « Oui, mouin kouè nan ou, Bondié mouin, ban mouin l’Éspri-ou la pou-m kapab pou ou nèt alé, pou anyin pa janm séparé-m ak ou, épi pou-m rann ou témouagnaj pandan tout lavi-m, ak tout nanm mouin, ak tout kò mouin, ak tout sa m-ap fè, ak tout sa m-ap di, nan bon jou ak nan mové jou ». Épi Bondié di : « Mouin minm tou, mouin kouè nan ou, pitit mouin – épi mouin pral ba ou l’Éspri-m nan, oui, m-ap ba ou pròp tèt mouin. M-ap pou ou toutantié. Mouin pap janm séparé-m ak ou, sou tè-a épi nan lavi pou tout tan-an. M-ap nan nanm ou épi nan kò-ou, nan sa ou-ap fè ak nan sa ou-ap di. Minmsi ou t-a bliyé-m, m-ap la kanminm – nan bon jou ak nan mové jou-yo ». ¬ 120

 Éspri Granmèt-la sou mouin, sé pou sa Granmèt-la té sakré-m, li té voyé-m poté nouvèl-la bay pòv-yo, pou-m pansé kè ki krazé-yo, pou-m préché padon bay prizonié-yo, épi libérasion bay sa-k fèmin-yo, pou-m préché yon ané koté Granmèt-la fè gras.
Izayi 61,1
 

 Yon kè nèt, kréyé-l pou mouin, Bondié,  épi yon éspri solid réfè-l tou nèf nan zantray mouin-yo.
Ps 51,12
 

 Proché kot Bondié, épi l-ap proché koté nou.
Jak 4,8

 

206         Kilès ki kapab résévoua konfimasion-an épi kisa yo mandé moun ki vlé résévoua-l la ?

Tout krétyin katolik ki résévoua sakréman* batèm-nan épi ki an « état de grâce » (ki pa gin péché grav sou konsians-li) kapab jouinn otorizasion pou-l résévoua konfimasion*-an. [1306-1311, 1319]

Yon moun an « état de grâce » (nan lagras Bondié) lè li pa fè yon péché mòtèl (grav). Ak yon péché grav, mòtèl, nou séparé nou ak Bondié, épi nou pap kapab rékonsilié ak Bondié si sé pa nan sakréman pénitans-la. Yon (jèn) krétyin k-ap préparé-l pou konfimasion*, li nan youn nan étap ki pi inpòtan nan lavi-li. L-ap fè tout sa-l kapab pou-l konprann lafoua-l avèk kè-li épi avèk intèlijans-li ; l-ap priyé Éspri Sin-an pèsonèlman oubyin avèk lòt ; l-ap rékonsilié avèk pròp tèt-li, avèk moun ki bò koté-l épi avèk Bondié, gras a konfésion-an ki pèmèt nou proché pi pré Bondié minm lè nou pa-t fè yon péché grav. ¬ 316-317 

 Mouin prézanté dévan nou lavi-a ak lanmò-a, bénédiksion-an ak malédiksion-an. Chouazi lavi-a, pou-ou viv ansanm ak ras ou.
Détéronòm 30,19

 Sa-k inpòtan sé kòmansé ak détèminasion.
Ste. Thérèse d’Avila

 

207         Kilès ki kapab bay sakréman konfirmasion-an ?

Òdinèman sé Évèk-la ki bay sakréman konfirmasion-an. Si gin yon ijans, yon nésésité, évèk-la kapab bay yon prèt* doua (fakilté) pou-l bay li. Si yon krétyin t-a nan danjé pou-l mouri, ninpòt prèt kapab ba li konfirmasion-an. [1312-1314]

 

Sakréman Ékaristi-a

208         Kisa Ékaristi-a yé ?

Trè Sint Ékaristi*-a sé sakréman koté Jézu bay Kò-li ak San-li pou nou – sé konsa li bay pròp tèt-li –, pou nou kapab aprann, nou minm tou, ba li pròp tèt-nou paské nou rinmin-l, épi pou nou vîn fè youn ak li nan sint kominion*-an. Gras a Ékaristi-a nou soudé nan yon sèl Kò Kris-la, l’Égliz-la. [1322, 1324, 1409]

Apré batèm-nan ak konfimasion-an, Ékaristi-a sé touazièm sakréman inisiasion krétyin-an. Ékaristi-a sé pouin santral mistè sakréman sa-yo, paské sakrifis Jézu té fè lontan sou koua-a vîn prézan yon fason kaché épi san pa gin san ki vidé pandan konsékrasion-an. Konsa Ékaristi-a sé « sous épi pouint tèt ki pi ro pou tout lavi krétyin-an », « source et sommet – fons et culmen » (Konsil Vatikan II, Lumen gentium, 11). Tout bagay òganizé pou minnin nan li ; pa gin okinn byin ki pi gran nou t-a kapab jouinn. Lè n-ap manjé pin yo kasé-a, nou fè youn ak rinmin Kris-la ki bay Kò-li pou nou sou boua lakoua-a, lè n-ap bouè nan kalis-la nou fè youn avèk li ki rivé jous li té kité yo vidé San-l pou nou-an nan sakrifis li-a. Sé pa nou minm ki invanté rit sa-a. Sé Jézu li-minm ki té sélébré dènié Soupé-a avèk disip li-yo, sé konsa li té anonsé lanmò-l davans. Li ofri pòp tèt-li bay disip li-yo anba sign pin-an ak divin-an épi li kòmandé yo pou yo sélébré Ékaristi-a dépi lè sa-a épi apré lanmò-li : Sa-a fè-l pou fè sonjé mouin ! (1Kor 11, 24). ¬ 126, 193, 217

 Sa-k inpòtan sé kòmansé ak détèminasion.
Ste. Thérèse d’Avila
 

 Bondié t-a ba nou yon byin ki t-a pi gran toujou si-l té gin yon byin ki t-a pi gran pasé li-minm.
S. Jean Marie Vianney (1786-1859, « Sin kuré Ars-la ») 

”  Vrè konsékans Ékaristi-a sé chanjé moun-nan fè-l tounin Bondié.
S. Thomas d’Aquin 

?  ÉKARISTI. (an grèk eu-charistia vlé di « aksion-d-gras ») : o kòmansman, nan prémié tan l’Égliz-la, sé priyè aksion-d-gras ki té vini anvan tansfòmasion pin-an ak divin-an pou yo tounin Kò ak San Kris-la, yo té rélé Ékaristi. Pi ta yo té laji non-an pou yo rélé konsa tout sélébrasion Mès-la.

 Anvan fèt Pak-la, Jézu té konnin byin lè pa-l la té rivé pou-l té travèsé sot sou tè sa-a al kot Papa-a. Li té rinmin moun pa-l yo ki té sou tè-a, sé jouskalafin li rinmin yo.
Jan 13,1

 

209         Kilè Kris-la té établi Ékaristi-a ?

Kris-la té fè Ékaristi-a kité-l pou nou nan nuit yo t-ap rinmèt li-a (1Kor 11,23) lè li té rasanblé Apot*-yo bò koté-l nan Sénak-la (Sal a manjé-a) épi li té sélébré dènié Sèn-nan (dènié Soupé-a, Diné-a) avèk yo. [1323, 1337-1340]

”  Kòman Jézu fè kapab ba nou Kò-l ak San-l ? Antan-l chanjé pin-an fè-l tounin Kò-li épi divin-an fè-l tounin San-li épi antan-l bay yo, li antré nan lanmò-li davans, li aksépté-l sou paranndan épi li transfòmé-l fè-l tounin yon jès rinmin. Sa-k yon violans brital sou déyò – klouré yo klouré-l sou koua-a – vîn tounin sou paranndan réalité rinmin k-ap bay tèt-li an antié-a.
Benoît XVI, 21 out 2005

 

210         Kòman Kris-la té fè Ékaristi-a ?

Mouin minm réyèlman mouin té résévoua nan min Granmèt-la sa minm mouin té transmèt nou-an, sèké Granmèt Jézu, nan nuit yo t-ap rinmèt li-a, li té pran pin, épi, apré li té rann gras, li té kasé-l, épi li té di : « Sa-a, sé kò mouin-an, sa-k pou nou-an. Sa-a fè-l pou fè sonjé mouin-an ». Li fè minm jan pou kalis-la, lè yo fîn soupé, li di : « Kalis sa-a, sé nouvo kontra-a nan san mouin-an. Chak foua n-ap bouè-l, fè sa pou nou fè sonjé mouin-an » (1Kor 11, 23-25)

Fason sa-a pou rakonté sa-k té pasé-a, sé li minm ki pi ansyin nou ginyin osijè sa-k té pasé nan Sénak-la, sé apot* Pòl ki rapòté nou li. Li pa-t ouè sa ak jé-l, min li té transmèt nan sa-l ékri-a sa yo té konsèvé kòm yon mistè sakré épi sa yo té konn fè nan litiji kominoté krétyin-an ki té fèk ap fòmé-a. ¬ 99

 

211         Ki inpòtans Ékaristi-a pou l’Égliz-la ?

Sélébrasion Ékaristi*-a sé kè kominoté krétyin-an. Sé nan li l’Égliz-la vîn réalizé sa-l doué yé-a. [1325]

Sa-k fè nou l’Égliz-la sé pa paské nou péyé ladim oubyin nou mété lajan nan kèt, sé pa paské nou antann nou byin, sé pa paské nou inskri nan tèl oubyin tèl lòt parouas, min sé paské nan Ékaristi-a nou résévoua Kò Kris-la épi chak foua, ofiamézi, n-ap vîn tounin Kò Kris-la pi plis. ¬ 126, 217

”  Mouin té tandé tankou yon voua ki t-ap soti anro : « Mouin sé manjé sa-k gin fòs-yo ; grandi épi manjé-m ! Min ou pap transfòmé-m vîn tounin ou minm kòmsi mouin t-a yon manjé matérièl, sé ou minm k-ap transfòmé vîn tounin sa-m yé-a ».
S. Augustin, nan épòk konvèsion-l nan
 

”  Pa kominié : sé tankou mouri souaf bò koté yon sous.
S. Jean Marie Vianney

 

212         Ki non yo bay manjé sa-a Jézu fè avèk nou-an, épi sa non sa-yo vlé di ?

Yo bay Ékaristi-a diféran non, yon fason pou montré richès sakrifis sa-a ki sin-an : sint Mès-la, sakrifis Mès-la, Soupé Granmèt-la, Kasé pin-an, asanblé ékaristik-la, mémorial soufrans lanmò ak Réziréksion Granmèt-la, trè sint litiji-a, mistè ki sin-yo, sint kominion-an. [1328-1332]

Sakrifis ki sin-an, sint Mès-la, sakrifis Mès-la : sèl sakrifis Kris-la ki réalizé épi dépasé tout sakrifis-yo vîn prézan nan sélébrasion Ékaristi-a. L’Égliz-la ak fidèl-yo fè pròp ofrann yo-a fè youn ak sakrifis Kris-la. Mo « Mès »-la vîn soti nan bénédiksion final-la an latin ‘Ite missa est : Alé kounié-a, yo voyé nou an mision !

Soupé Granmèt-la : chak sélébrasion ékaristik chak foua sé toujou minm sèl Soupé Jézu té sélébré avèk disip li-yo, épi, an minm tan, avangou bankè fèt Granmèt-la pral sélébré nan finisman tan-yo ak tout ras moun-nan ki sové-a. Sé pa nou minm lèzòm ki fè Mès-la – sé Granmèt-la ki rélé nou vîn nan Mès-la épi ki la prézan yon fason kaché.

Kasé pin-an : « kasé pin-an » sé té yon ansyin rit Juif-yo té konn fè lè yo t-ap manjé, Jézu fè-l tou nan dènié Soupé-a pou-l té vlé di li t-ap bay pròp tèt-li poutèt nou tout (Rm 8,32). Apré réziréksion-l nan, disip-yo rékonèt li nan kasé pin-an. Sé ak paròl « Kasé pin-an » prémié krétyin-yo té rélé sélébrasion litijik Soupé Granmèt-la.

Asanblé ékaristik : sélébrasion Soupé Granmèt-la fèt tou nan rasanbléman fidèl-yo k-ap rann gras, k-ap di mèsi (Ékaristi = di mèsi), sé konsa l’Égliz*-la parèt yon fason vizib.

Mémorial soufrans, lanmò ak Réziréksion Granmèt-la : nan sélébrasion ékaristik-la asanblé-a pap sélébré pròp tèt-li, li toujou ap dékouvri épi sélébré oprézan pasaj Jézu fè ki sové nou-an atravè lanmò-li ak réziréksion-l nan ki débouché nan lavi-a.

Trè sint litiji-a, mistè ki sin-yo : sélébrasion ékaristik-la réyini sièl-la ak tè-a nan yon sèl fèt. Yo di Trè Sin Sakréman tou, paské ofrann ékaristik-yo koté Jézu prézan-an sé sa ki pi sin ki égzisté sou tè-a.

Sint Kominion (communio) : yo di sint Kominion* paské nou fè youn ak Kris-la nan sint Mès-la, épi poutèt li fè nou fè youn youn ak lòt.

”  Nan Sint Ékaristi-a nou fè youn ak Bondié, tankou manjé-a ak kò-a.
S. François de Sales

”  Sé pou nou trésé fil toual lavi nou alantou Ékaristi-a. Viré jé-nou gadé-l, li minm ki limiè-a; mété kè-nou toupré kè pa-l la ki Bondié-a, mandé-l gras pou kapab rann li témouagnaj, mandé-l rinmin pou kapab rinmin-l, mandé-l kouraj pou kapab sèvi-l, chèché-l ak tout chalè pasion-ou.
Mère Teresa

”  Nou pa doué séparé lavi-nou ak Ékaristi-a. Min si nou t-a fè sa, gin kichòy k-ap kasé ladan-l. Moun-yo ap mandé nou: « Ki koté mè-yo pran fòs pou yo fè sa y-ap fè-a ak kè kontan? » Nan Ékaristi-a. Sé pa résévoua-l tou sinpléman, min sé pasé li pasé grangou nou grangou Kris-la. Li di nou : « Vîn jouinn mouin ! »  Li grangou nanm nou-yo.
Mère Teresa 

 

213         Kisa ki pati ésansièl Mès-la ?

Tout Mès (sélébrasion ékaristik) déroulé an dé pati : litiji Paròl-la épi sélébrasion ékaristik-la osans pròp. [1346-1347]

Pandan litiji Paròl-la, Bondié vlé palé ak nou épi nou kouté léktu yo pran nan Ansyin*-an ak nan Nouvo* Téstaman*-an, épi yon léktu nan Évanjil-la. Sé nan moman sa-a tou yo fè pèch-la (oméli-a) épi priyè intèsésion pou tout moun sou tè-a. Apré sa sé sélébrasion ékaristik-la ki gin prézantasion (ofrann) pin-an ak divin-an, épi konsékrasion ofrann yo, épi kominion*-an.

?  KONSÉKRASION. (an latin consecratio) : sé jès pou konsakré yon moun, yon bagay oubyin yon koté, antan nou mété-l apa pou sèvis Bondié. Nan litiji Mès-la, mo sa-a dézignin priyè prèt-la fè-a koté li répété paròl Kris-la nan dènié soupé-a sou pin-an ak divin-an, pou yo kapab tounin Kò ak San Kris-la gras a l’Éspri-Sin-an.

?  KOMINION. (an latin communio) : résévoua Kò ak San Kris-la ki prézan nan ofrann pin-an ak divin-an apré konsékrasion-an sé sa nou rélé kominion-an. Yo fè sa an jénéral pandan Mès-la, min tou nan kèk okazion an déyò Mès-la (parégzanp : kominion yo poté bay sa-k malad-yo). Kominié sèlman nan éspès pin-an sé yon kominion total nan tout Kris-la.

 

214         Ki plan déroulman Mès-la ?

Mès-la kòmansé ak rasanbléman fidèl-yo épi prosésion prèt*-la ak minis otèl-la. Apré salutasion prèt-la sé konfésion péché-yo tout moun fè ansanm ki fini ak Kyrie*-a. Apré sa, lè dimanch (sof nan tan Karèm ak Avan) épi lè yon fèt, yo chanté Gloria*-a. Priyè pou jou-a (collecte) introdui youn ou dé léktu nan Ansyin* épi Nouvo Téstaman*-an. Aklamasion Alélouya*-a vini anvan Évanjil-la. Lè dimanch ak jou fèt-yo, apré yo fîn proklamé Évanjil-la, prèt-la oubyin diak*-la fè yon oméli (prèch). Nan minm dimanch ak jou fèt sa-yo, asanblé-a déklaré minm lafoua yo ginyin-an nan Credo*-a, épi yo ajouté apré sa démann « priyè inivèsèl »-la.

Dézièm pati Mès-la kòmansé ak préparasion ofrann-yo ki fini ak priyè sou ofrann-yo. Pouint tèt ki pi ro nan sélébrasion ékaristik-la sé priyè ékaristik-la ki kòmansé ak Préfas-la épi Sanctus*-la. Sé lè sa-a ofrann pin ak divin-an vîn chanjé pou yo tounin Kò ak San Kris-la. Priyè ékaristik-la fini ak Doksoloji*-a ki débouché nan priyé asanblé-a priyé Papa-a ansanm-nan (Notré-Pè-a). Apré sa sé priyè pou lapè-a, Agnus Dei*-a, kasé pin-an épi kominion-an yo fè an jénéral anba fòm Kò Kris-la sèlman. Mès-la fini nan yon anbians silans épi aksion-d-gras ak yon priyè final épi yon bénédiksion prèt-la bay. [1348-1355]

Kyrie*-a :

Granmèt, pitié pou nou ! Granmèt, pitié pou nou !
Jézu-Kri, pitié pou nou ! Jézu-Kri, pitié pou nou !
Granmèt, pitié pou nou ! Granmèt, pitié pou nou !

 Kyrie, eleison.                 Kyrie, eleison.
 Christe, eleison.              Christe, eleison.
 Kyrie, eleison.                 Kyrie, eleison.

?  KYRIE ELEISON. (an grèk sa vlé di « Granmèt, pran pitié ! ») : Kyrié éléison-nan té yon aklamasion yo té konn fè dépi lontan pou bay dié-yo ak chèf-yo ochan ; byin vit krétyin-yo sèvi ak li pou Kris-la épi nan zòn ané 500 konsa yo té pran abitid sèvi ak éksprésion sa-a, san yo pa tradui-l, nan litiji romèn-nan an oksidan. 

Gloria*-a :

* Viv Bondié nan sièl-la.
= Sou tè-a, sé pou moun li rinmin yo,
viv ak kè pozé.
* N-ap fè louanj pou ou.
N-ap di jan ou débyin.
Sé ou n-ap adoré.
= N-ap fè bèl konpliman pou ou.
N-ap di ou mèsi pou valè bèl ou bèl.
* BONDIÉ ou sé Granmèt, ou sé Roua nan sièl-la.
= BONDIÉ, ou sé PAPA-a.
Ou ginyin tout pouvoua.
* JÉZU-KRI, ou sé Granmèt.
Ou sé sèl PITIT.
= Ou sé BONDIÉ, ou sé Granmèt.
Ou sé Mouton BONDIÉ-a.
Ou sé PITIT PAPA-a.
* Ou minm ki ouété péché sou tè-a,
tanpri, pitié pou nou.
= Ou minm ki ouété péché sou tè-a,
kouté priyè nou-an.
* Ou minm ki chita adouat PAPA-a,
tanpri pitié pou nou.
= JÉZU-KRI, sé ou minm sèl ki sin,
* Ou minm sèl ki Granmèt, ou minm sèl ki anro nèt,
= Ansanm ak LÉSPRI-SIN-an,
nan bèlté BONDIÉ PAPA-a.   Amèn.

Gloria in excelsis Deo
et in terra pax hominibus bonae voluntatis.
Laudamus te, benedicimus te,
adoramus te, glorificamus te,
gratias agimus tibi propter magnam gloriam tuam,
Domine Deus, Rex caelestis,
Deus Pater omnipotens,
Domine Fili unigenite, Iesu Christe,
Domine Deus, Agnus Dei,
Filius Patris,
qui tollis peccata mundi, miserere nobis ;
qui tollis peccata mundi, suscipe deprecationem nostram.
Qui sedes ad dexteram Patris, miserere nobis.
Quoniam tu solus Sanctus,
tu solus Dominus,
tu solus Altissimus, Iesu Christe,
cum Sancto Spiritu :
in gloria Dei Patris. Amen.

?  GLORIA. (an latin sa vlé di « gloua ») : chan kè kontan anj-yo té chanté pou gadyin mouton-yo (Lk 2,14) nan nuit Nésans Granmèt-la, li vîn tounin introdiksion yon imn krétyin ki la lontan anpil. Fòmil-li té fiksé nèt apati IXèm sièk. Sé yon fason solanèl pou chanté louanj Bondié. 

?  ALÉLOUYA. (mo konpozé apati mo ébré halal ki vlé di « fè louanj ! bay gloua ! fè konpliman ! » épi non Bondié-a YHWH/Yahvéh, donk « an nou fè louanj Bondié ! »). Invitasion sa-a ki tounin vinnkat foua nan psòm-yo vini anvan léktu Paròl Bondié-a nan Évanjil-la pandan Mès-la.  

?  OMÉLI. (an grèk homilein vlé di « palé ak yon moun, tankou zanmi, konvèsasion ») : sé yon sinonim pou préché, prédikasion. Pan­dan sélébrasion Ékaristi-a, sa k-ap préché-a gin résponsabilité prokla­mé Bòn Nouvèl-la (an grèk eu-angélion), édé fidèl-yo épi ankourajé yo pou yo témouagné lafoua-a épi mété-l an pratik. Nan Mès-la oméli*-a rézèvé  pou Évèk-la, prèt-la oubyin diak-la. Si pa gin youn nan yo ki la, nan kèk litiji yo kapab invité kèk layik préché.

 

Sanctus*-la :

Sé ou ki sin, sé ou ki sin,
Sé ou ki sin tout bon.
BONDIÉ sé ou ki Granmèt tou sa ki nan sièl-la.
Bèlté ou, plin sièl-la ak tè-a.
Viv BONDIÉ nan sièl-la.
Bravo pou sila-a k-ap vini o non Granmèt-la.
Viv BONDIÉ nan sièl-la.

Sanctus, Sanctus, Sanctus Dominus Deus Sabaoth.
Pleni sunt caeli et terra gloria tua.
Hosanna in excelsis.
Benedictus qui venit in nomine Domini.
Hosanna in excelsis.

?  SANCTUS. (an latin, sa vlé di « sin »). Sanctus-la sé youn nan priyè ki pi ansyin nan Mès-la. Li égzisté dépi VIIIèm sièk anvan Jézu-Kri épi yo pa gin doua janm siprimé-l. Li réyini alafoua chan sérafin-yo nan Izayi 6,3 épi aklamasion Psòm 118,25-la. Yo sèvi ak li pou fè louanj Kris-la ki prézan.

?  TRANSUBSTANSIASION. (an latin trans vlé di « pi louin » épi substantia vlé di « substans-la, nati-a ») : ak mo sa-a, téolojyin-yo ap éséyé ékspliké kijan Jézu kapab prézan nan Ékaristi-a anba aparans pin-an ak divin-an : sa-k sou déyò « éspès »-yo pa chanjé, alòské « substans »-la (nan ka sa-a « nati »-a), sa-k fè pin-an sé pin-an épi divin-an sé divin-an vîn chanjé tounin Kò ak San Kris-la pa pouvoua l’Éspri Sin-an lè yo prononsé paròl ki pou konsakré yo-a. Nan sa-k gin aspè pin-an ak divin-an Jézu-Kri la réyèlman, minmsi yo pa ka ouè-l, li la yon fason kaché, tout tan éspès-yo konsèvé.

 

Agnus Dei*-a :

Jézu, ou minm mouton BONDIÉ
ki ouété péché sou tè-a,
tanpri, pitié pou nou.
Jézu, ou minm mouton BONDIÉ
ki ouété péché sou tè-a,
aprann nou byin viv ansanm.

Agnus Dei, qui tollis peccata mundi, miserere nobis.
Agnus Dei, qui tollis peccata mundi, miserere nobis.
Agnus Dei, qui tollis peccata mundi, dona nobis pacem.

?  AGNUS DEI. (an latin « mouton Bondié ») : sé mouton Bondié (Égz 12) yo té sakrifié pou pèp Israèl-la té kapab délivré anba ésklavaj Éjip-la. Jan-Batis té sèvi ak imaj sa-a pou Jézu (Jn 1,29) : Min mouton Bondié-a. Sé gras a Jézu yo kondui tankou yon mouton y-ap minnin labatoua, nou vîn délivré anba péché nou-yo épi nou vîn an pè avèk Bondié. Priyè an fòm litani k-ap fè louanj Kris-la « Jézu, ou minm mouton Bondié » fè pati déroulman òdinè chak Mès dépi VIIèm sièk-la. 

 

215         Kiyès ki prézidé sélébrasion ékaristik-la ?

An réalité, sé Kris-la li-minm ki prézidé tout sélébrasion ékaristik. Évèk*-la oubyin prèt*-la réprézanté-l. [1348]

Sé sa l’Égliz*-la kouè : sélébran-an kanpé dévan otèl-la in persona Christi capiti (an latin sa vlé di : « nan fonksion ak ròl ak pouvoua Kris-la an pèrsòn kòm Tèt l’Égliz-la », an fransè : « en la personne du Christ-Tête »). Sa vlé di prèt*-yo pap aji sèlman nan plas Kris-la dapré manda ak lòd li ba-yo-a, min tou, poutèt konsékrasion yo-a, sé Kris-la kòm Tèt l’Égliz-la k-ap aji nan yo. ¬ 249-254

 

216         Kijan Kris-la prézan lè y-ap sélébré Ékaristi-a ?

Kris-la prézan yon fason kaché, an mistè, min li réyèlman prézan nan sakréman* Ékaristi*-a chak foua l’Égliz-la fè sa Jézu té mandé-a : Fè sa pou nou fè sonjé mouin (1Kor 11,25), li kasé pin-an épi li ofri kalis-la, sé événman-an minm ki té pasé nan tan Jézu-a ki réalizé jodi-a : Kris-la ofri tèt-li tout bon vré ba nou kòm sakrifis épi nou vîn kapab patisipé tout bon vré nan ofrann li-a. Sakrifis-la Kris-la ofri yon foua pou tout sou koua-a, li vîn prézan épi aktuèl sou otèl-la : li réalizé travay rédanmsion nou-an. [1326-1367]

 

217         Kisa-k pasé nan l’Égliz-la lè l-ap sélébré Ékaristi-a ?

Chak foua l’Égliz-la sélébré Ékaristi*-a, li vîn dévan sous-la koté l-ap soti épi l-ap rénouvlé san rété-a : antan-l « manjé » Kò Kris-la, l’Égliz-la vîn tounin Kò Kris-la (sé yon lòt fason pou rélé l’Égliz-la). Nan ofrann Kris-la ki ba nou pròp tèt-li ak nanm-li ak Kò-li, gin plas pou tout lavi-nou. Travay-nou, soufrans-nou épi kè kontan-nou, nou kapab fè yo tout fè youn ak ofrann Kris-la. Lè nou ofri pròp tèt-nou bay Bondié nan fason sa-a, nou vîn transfòmé : nou fè Bondié plézi épi nou tankou yon bon pin nourisan pou lòt-yo. [1368-1372, 1414]

Gin dé lè n-ap plinyin, n-ap akizé l’Égliz-la kòmsi sé t-a yon sinp réyinion moun ki plizoumouin bon. An réalité, l’Égliz-la sé sa k-ap fòmé chak jou yon fason kaché an mistè sou otèl-la. Bondié bay pròp tèt-li pou nou chak, épi li vlé transfòmé nou gras a kominion* avèk li-a. Yon foua nou fîn transfòmé, nou doué transfòmé tè-a. Tout lòt bagay ki konsèné l’Égliz-la yo vîn an dézièm plan. ¬ 126, 171, 208

 Chak foua réyèlman n-ap manjé pin sa-a, épi kalis sa-a, n-ap bouè-l, sé lanmò Granmèt-la n-ap anonsé joustan li rivé.
1 Korintyin 11,26

 

218         Ki fason ki pi kòrèk pou nou onoré Granmèt-la ki prézan anba aparans pin-an ak divin-an ?

Paské Bondié réyèlman prézan anba aparans pin ak divin ki konsakré-a, nou doué konsèvé sint éspès sa-yo ak pi gran réspè nou kapab, épi adoré Granmèt-nou, Sovè-nou ki prézan nan Sin Sakréman-an. [1378-1381, 1418]

Si apré sélébrasion Ékaristi-a, gin osti konsakré ki rété toujou, yo konsèvé yo nan siboua-a yo mété nan tabènak*-la. Kòm Sin Sakréman-an prézan la, tabènak-la sé koté yo doué pi réspékté nan tout l’Égliz-yo. Sètènman, moun k-ap maché tout bon dèyè Kris-la ap rékonèt li nan sa-k pi pòv-yo, l-ap sèvi-l nan yo. Min li doué jouinn tan tou pou-l adoré Granmèt-la an silans dévan tabènak-la épi ofri-l rinmin li gin pou li-a.

?  TABÈNAK. (an latin tabernaculum vlé di « tant ») : antan l-ap imité arch-d-alians-la nan Ansyin Téstaman-an, l’Égliz katolik-la fè tabènak-la tounin koté ki pi sakré-a pou konsèvé Sin-Sakréman-an (Kris-la anba éspès pin-an). 

?  OSTANSOUA. (an latin ostendere vle di « montré ») : véso sakré ki sèvi nan kèk okazion pou ékspozé  Sin-Sakréman-an, sètadi Kris-la, pou fidèl-yo kapab adoré-l. 

?  DOKSOLOJI. (an grèk dòxa vlé di « gloua ») : yon doksoloji sé konklizion solanèl yon priyè k-ap bay Bondié gloua, tankou parégzanp konklizion priyè ékaristik-la : Bondié Papa-nou, ou minm ki gin tout pouvoua é ki fè youn avèk l’Éspri Sin-an, sé pa pouvoua Jézu-Kri, sé avèk li, sé onon li, ou jouinn tout kalité louanj ak konpliman dépi tout tan é pou tout tan. Anpil foua, doksoloji-yo adrésé bay Bondié Trinité-a : Viv Papa-a ak Pitit-la, ak l’Éspri-Sin-an, dépi nan kòmansman ni kounié-a ni tout tan ak pou tout tan gin tan, sé ak fòmil sa-a an jénéral krétyin-yo fini priyè yo.

 

219         Chak konbyin foua yon katolik doué patisipé nan yon sélébrasion ékaristik ?

L’Égliz-la mandé tout krétyin pou yo patisipé obligatouaman nan Mès-la chak dimanch épi jou fèt-yo. Moun k-ap chèché zanmi Jézu tout bon, l-ap réponn pi souvan li kapab nan invitasion Jézu fè-l pèsonèlman nan manjé fèt l-ap fè-a. [1389, 1417]

An réalilté, lè yo di « obligasion dimanch-la » oubyin « fèt-d-obligasion » sé yon éksprésion ki pa byin adapté pou yon krétyin tout bon, tankou si yo t-a di yon moun ki tonbé-d-amou li « oblijé » anbrasé moun li rinmin-an. Pèsonn moun pa kapab gin yon rélasion vivan ak Jézu, si-l pa alé koté Jézu ap tann li-an. Sé poutèt sa, dépi lontan, Mès-la sé « kè dimanch »-la pou krétyin-yo épi randévou ki pi inpòtan nan sémèn-nan.

 

220         Kòman pou-m préparé-m pou-m résévoua Ékaristi-a ?

Moun ki vlé résévoua Ékaristi-a, sé pou-l katolik. Si-l gin yon péché grav sou konsians-li, sé pou-l konfésé anvan. Sé pou-l rékonsilié ak prochin-l anvan-l proché bò otèl-la. [1389, 1417]

Té gin kèk ané, yo té abitué pa manjé anyin touazè-d-tan omouin anvan Mès-la ; konsa yo té préparé yo pou rankontré Kris-la nan kominion*-an. Jodi-a, l’Égliz-la rékòmandé omouin inè-d-tan jèn. Yon lòt sign réspè sé pou nou byin abiyé – paské, an réalité, èské sé pa ak Granmèt tout inivè-a nou gin randévou !

”  Nou gin anpil travay. Lopital nou-yo ak azil pou sa-k pral mouri-yo plin tout koté. Lè nou kòmansé adorasion chak jou-a, rinmin nou gin pou Kris-la vîn pi profon, pi intim, rinmin nou gin pou lòt-yo vîn pi pasian, rinmin nou gin pou pòv-yo vîn gin plis konpasion, épi kantité vokasion-yo doublé.
Mère Teresa 

 

221         Kòman kominion-an transfòmé-m ?

Chak kominion* fè-m fè youn pi plis ak Kris-la, li fè-m tounin yon manb vivan nan Kò Kris-la, li rénouvlé tout gras mouin té résévoua nan batèm mouin ak nan konfimasion*-m, épi li ba-m plis fòs nan konbat kont péché-a. [1391-1397, 1416]

 

222         Èské yo kapab bay moun ki pa katolik-yo kominion ?

Kominion*-an sé éksprésion inité Kò Kris-la. Moun ki fè pati l’Égliz katolik-la, sé moun ki batizé nan l’Égliz sa-a, ki gin minm lafoua ak li, épi k-ap viv nan inité avèk li. Sé t-a yon kontradiksion si moun ki pa (ki pa ko) patisipé nan lafoua-l ak lavi-l, l’Égliz-la t-a invité yo vîn kominié. Lè sa-a yo t-a fè sign Ékaristi-a pèdi valè-l pou moun pa kouè nan li. [1398-1401]

Òtodòks-yo kapab mandé, individuèlman, pou yo résévoua kominion pandan yon Mès katolik, paské òtodòks-yo gin minm lafoua nan Ékaristi-a avèk l’Égliz katolik-la, minmsi kominoté yo-a pap viv inité-a an plin avèk li. Pou manb lòt kominoté krétyin-yo, yo kapab ba yo kominion-an nan ka yon ijans grav, sitou si yo kouè nèt alé nan prézans réyèl Jézu nan Ékaristi-a. Objéktif épi rèv tout mouvman ékiménik-la sé pou krétyin katolik ak protéstan rivé sélébré Ékaristi-a ansanm, poutan sé t-a yon érè – sé poutèt sa yo pa pèmèt sa koulié-a – pou yo t-a òganizé sélébrasion Sint Sèn-nan ansanm, tout tan yo pa ko fòmé réalité Kò Kris-la nan yon sèl lafoua-a ak nan yon sèl l’Égliz-la. Lòt asanblé ékiménik-yo koté krétyin diféran konfésion-yo ap priyé ansanm, sé yon bon bagay ; l’Égliz katolik-la ankourajé sa.

”  Krétyin protéstan-yo kapab résévoua kominion ékaristik-la « si yo toupré mouri… si yo pa jouinn okinn minis nan kominoté yo-a ki t-a kapab ba yo kominion-an… si yo mandé sa ak pròp volonté yo : lè sa-a yo doué manifésté lafoua katolik-la osijè sakréman sa-a épi sé pou yo byin dispozé intérièman jan sa doué fèt-la.
Codex Iuris Canonici (CIC), can. 844 § 4
 

 Granmèt, mouin pa mérité pou-ou antré anba fétay kay mouin-an ; min sèlman di yon paròl, épi ti gason-m nan ap géri.
Matié 8,8

* Sé yon variant paròl sa-a santirion romin-an té di Jézu-a. Tout katolik résité-l anvan y-al kominié : « Granmèt mouin pa mérité pou antré lakay mouin, min di yon sèl paròl é nanm mouin va géri ». 

 Réyèlman, Pitit moun-nan vini pou-l chèché épi sové sa-k té pèdi.
Luk 19,10

 

223         Nan ki mézi Ékaristi-a sé yon avangou lavi pou tout tan-an ?

Jézu té promèt disip li-yo – donk nou minm tou – y-ap chita bò tab li-a yon jou. Sé poutèt sa tout Mès sé « mémorial soufrans li-a, koté gras-la ranpli nanm-nou, koté yo ban nou avangou lavi k-ap vini-an ». [1402-1405]

”  Édé-m, Granmèt, pou-m konnin-ou pi byin, pou-m rinmin-ou pi byin, pou-m kapab suiv ou yon fason ki pi byin désidé.
S. Ignace d’Antioche (alafin Ié sièk-la – kòmansman IIèm sièk-la, Pèr-apostolik)

 

DÉZIÈM CHAPIT

Sakréman gérizon-yo

 

Sakréman pénitans-la ak rékonsiliasion-an

224         Pou kisa Kris-la té ba nou sakréman pénitans-rékonsiliasion-an épi onksion malad-yo ?

Kris-la montré jan-l rinmin antan l-al chèché sa-k pèdi-yo épi antan-l géri malad-yo. Sé pou sa li ba nou sakréman* pénitans-la ak rékonsiliasion-an, ki libéré nou anba péché-a épi ki fòtifié nou lè nou fèb fizikman oubyin moralman. [1420-1421] ¬ 67

 Si nou di nou pa gin péché, nou tronpé tèt-nou épi vérité-a pa nan nou.
1 Jan 1,8

 

225         Kijan yo rélé sakréman pénitans-rékonsiliasion-an ?

Yo rélé-l sakréman* pénitans-rékonsiliasion, sakréman padon, konvèsion oubyin « konfésion ». [1422-1424, 1486]

 Pitit-la di li : « Papa, mouin té fè péché kont sièl-la ak dévan-ou, mouin pa mérité pou yo rélé-m pitit-ou ankò ». Papa-a minm di sèvitè-l yo : « Fè vit, mét pi bèl rad-la déyò, abiyé li ; mété bag nan douèt-li ak sandal nan pié-l »
Luk 15,21-22

 

226         Min si nou déja gin batèm-nan ki rékonsilié nou ak Bondié, pou kisa nou bézouin yon sakréman rékonsiliasion pou pròp tèt-nou ?

Sé sètin, batèm-nan raché nou sot anba pouvoua péché-a ak lanmò-a, épi li mété nou nan nouvo lavi pitit Bondié-yo, min li pa délivré nou anba féblès-nou kòm moun ak anba panchan nou ginyin nan péché-a. Sé poutèt sa nou bézouin yon koté pou chak foua sa nésésè nou kapab rékonsilié ankò ak Bondié. Koté sa-a, sé konfésion-an. [1425-1426]

Sé pa yon bagay ki alamòd pou moun al konfésé ; okòmansman sa kapab difisil pétèt épi sa kapab mandé anpil éfò. Min sé youn nan pi gran gras nan lavi-nou pou nou toujou kapab rékòmansé tou nèf – paské sé tout bon vré sakréman sa-a rénouvlé nou, lè nou résévoua-l ak rinmin, li rétiré chaj fot nou-yo ak ipotèk nou té pran-yo, épi li ranpli nou ak fòs tou nèf. Bondié sé mizérikòd épi li vlé tout bon vré pou nou chèché, mandé mizérikòd li-a. Moun ki konfésé-a ouvri yon nouvo paj, tou blan, nan liv lavi-li. ¬ 67-70

 Ninpòt moun nou t-a padonnin péché yo, y-ap padonnin pou yo, ninpòt moun nou t-a kinbé yo, y-ap rét kinbé.
Jan 20,23

 

227         Kilès ki té mété sakréman pénitans-rékonsiliasion-an ?

Sé Jézu li-minm ki mété sakréman pénitans-la, lè-l té parèt dévan Apot* li-yo nan asouè jou Pak-la épi li té di yo : « Résévoua Éspri Sin. Ninpòt moun nou t-a padonnin péché yo, y-ap padonnin pou yo, ninpòt moun nou t-a kinbé yo, y-ap rét kinbé » (Jn 20, 22b-23). [1439, 1485]

Parabòl yo rélé « ti banbochè-a » (« enfant prodigue », « ti gaspiyè-a »), sé youn nan pi bèl imaj Jézu té sèvi avèk li pou-l fè ouè mouvman sakréman pénitans-rékonsiliasion-an (kè parabòl-la sé « papa ki gin mizérikòd-la ») : nou pèdi chémin-nou, nou pèdi rout-nou, nou pa kapab konbat problèm lavi-nou, poutan Papa-nou ap tann nou ak yon gran souaf, yon souaf infini, li padoné nou lè nou tounin, li toujou résévoua nou yon lòt foua, li padoné péché-nou. Gin anpil moun Jézu an pèrsòn té padoné péché yo, sa té pi inpòtan pou li pasé fè mirak. Pou li, sé té pi gran sign Péyi-roua Bondié-a ki rivé-a. Koté yo géri tout blésé-yo épi yo suiyé tout dlo nan jé. Jézu té transmèt Apot* li-yo fòs l’Éspri-Sin-an, sa-l té konn padoné péché-yo avè-l la. Nou tonbé nan bra Papa-nou ki nan sièl-la lè n-al jouinn yon prèt* pou nou konfésé. ¬ 314, 524

”  Gin kèk moun ki konsidéré tèt yo kòm gran kriminèl paské yo té ouè Bondié, yo té ouè pròp tèt yo – épi yo té ouè diférans-la.
Mère Teresa

 Fè nou tounin vîn jouinn ou, Granmèt, épi n-ap tounin.
Lamantasion 5,21

”  Sous répanti-a sé nan rékonésans vérité-a.
Thomas Stearns Eliot (1888-1965, ékrivin anglo-amérikin)

 

228         Kilès ki kapab padoné péché-yo ?

Sé Bondié sèl ki kapab padoné péché-yo. Sé Jézu sèl, paské li sé Pitit Bondié, ki té kapab di : Péché-ou yo padonnin (Mk 1,5). Épi sé sèlman paské Jézu té ba yo pouvoua pou sa ki fè prèt*-yo kapab padoné péché-yo nan plas Jézu. [1441-1442]

Gin moun ki di : m-al jouinn Bondié dirèktéman, mouin pa bézouin yon prèt ! Min Bondié vlé pou sé yon lòt jan sa pasé. Li konnin nou. Anpil foua nou chèché bay tèt-nou rézon pou nou kapab jistifié nou, épi fasilman nou pran fot nou-yo pou bon bagay. Sé poutèt sa Bondié vlé pou nou di-l péché nou-yo, pou nou konfésé yo fas-a-fas. Sé rézon pouvoua li bay prèt-yo : Ninpòt moun nou t-a padonnin péché yo, y-ap padonnin pou yo, ninpòt moun nou t-a kinbé yo, y-ap rét kinbé (Jn 20,23).

”  Sé pou nou lévé tousuit lè nou tonbé ! Pa janm kité péché-a yon sèl ti moman nan kè-nou !
S. Curé d’Ars

”  Kisa répanti-a yé ? Sé yon gran tristès pou-n ouè sé konsa nou yé.
Marie von Ebner-Eschenbach (1830-1916, ékrivin péyi Otrich)

”  Pénitans-la sé yon dézièm batèm, sé batèm dlo nan jé-a.
S. Grégoire de Nazianze

 

229         Kisa ki fè nou dispozé pou répanti-a ?

Lè nou rékonèt fot nou fè pèsonèlman, sa révéyé anvi-a nan nou pou nou amélioré vîn pi bon ; sé sa yo rélé répanti-a. Nou rivé fè sa lè nou ouè kontradiksion ant rinmin Bondié-a ak péché nou-yo. Lè sa-a, antan péché nou fè-yo fè nou mal anpil, nou désidé chanjé lavi-nou, épi nou mété tout éspérans-nou nan sékou Granmèt-la. [1430-1433, 1490]

Anpil foua y-ap réfoulé, kaché, réalité péché-a. Gin moun ki kouè sé ak sians psikolojik-la pou yo konbat santi moun-nan santi-l koupab-la. Min sa inpòtan anpil pou moun-nan pran konsians fot li-a tout bon vré. Sé tankou yon machîn : lè kontè-a (spidomèt-la) signalé yon éksè vitès, sé pa fot kontè-a (spidomèt-la), sé fot chofè-a. Plis nou proché kot Bondié ki tout an limiè, sé plis zòn fènoua nou-yo ap parèt pi aklè. Min Bondié pa yon limiè k-ap boulé, li sé limiè k-ap géri-a. Sé poutèt sa répantans-la pousé nou antré nan limiè-a koté nou vîn réfè nèt-la. ¬ 312

”  Bondié tèlman aprésié pénitans-la, sa fè ninpòt ti pénitans sou tè-a, dépi li sinsè, li fè-l bliyé tout kalité péché, jouskaské minm démon-yo li t-ap padoné yo si yo té kapab répanti.
S. François de Sales

 

230         Sa pénitans-la yé ?

Pénitans-la sé réparasion yon injistis mouin té fè. Mouin pa kapab fè pénitans nan tèt-mouin sèlman. Mouin doué mété-l an pratik ak jès rinmin, ak yon angajman nan sèvis lòt-yo. Lè-m priyé, lè-m jéné, lè-m soutni pòv-yo moralman épi matérièlman, sa-a tou sé vré pénitans. [1434-1439]

Anpil foua yo mal konprann pénitans-la. Li pa gin anyin pou-l ouè ak méprizé pròp tèt-nou oubyin fo-régrè (faux-scrupules). Sé pa rété ap di tout tan nou pa bon, nou pa bon. Pénitans-la libéré nou épi li ankourajé nou rékòmansé avansé.

”  Yon sign ki montré sinsérité répantans nou-an sé lè nou ralé kò-nou sot nan mové okazion-an.
S. Bernard de Clairvaux

”  Bondié konn tout bagay. An patikilié li konnin apré nou fîn konfésé nou pral rékòmansé fè péché. Poutan li padonnin nou. Li rivé jous nan pouin pou-l bliyé volontèman sa-k pral rivé-a pou-l kapab padoné nou.
S. Curé d’Ars

 

231         Ki kondision ki fondamantal pou yon krétyin kapab jouinn padon ?

Gin dé kondision pou péché-yo kapab padoné : sé pou moun-nan chanjé kè (répanti, konvèti) épi pou prèt*-la ba li absolision péché-yo onon Bondié. [1448]

 Anvan tout bagay, sé pou youn rinmin lòt ak tout fòs-li, paské rinmin-an kouvri tout pakèt péché-yo.
1 Piè 4,8

 

232         Sa pou-m fè pou-m konfésé ?

Tout konfésion mandé : égzamin konsians, répantans, rézolision, déklarasion péché-yo, épi pénitans. [1450-1460, 1490-1492, 1494]

Égzamin konsians-la, yo doué fè-l an profondè, minm si-l pap toujou konplè. Si pa gin yon répanti tout bon, ki pa fèt ak po bouch sèlman, pèsonn pa kapab jouinn padon pou péché-l yo. Rézolision pou nou pa fè péché ankò-a, li indispansab tou. Péchè-a doué avoué, déklaré, péché-l yo bay konfésè-a, donk li doué konfésé. Épi, yon konfésion gin réparasion-an oubyin pénitans-la tou ladan-l, sa konfésè-a mandé péchè-a fè-a pou réparé domaj li kozé-a.

”  Mouin mérité pinision plis pasé-ou ! Ou pa bézouin pè konfésé péché-ou yo.
S. Curé d’Ars

?  ABSOLUSION. (an latin absolvere vlé di « akité, lagé, kité alé san dèt ») : absolusion prèt-la bay-la sé sakréman padon-an pou youn oubyin pliziè péché apré konfésion-an. Min fòmul absolusion-an : « Sé pou Bondié, Papa mizérikòd-yo, ki gras a lanmò ak réziréksion Pitit li-a, té rékonsilié tè-a avèk li-a épi té vidé Éspri-Sin-an pou padon péché-yo, pa lintèmédiè ministè Égliz la ba-ou padon ak lapè. Épi mouin-minm, mouin padonnin-ou sot nan péché-ou yo onon Papa-a ak Pitit-la + ak Éspri Sin-an. Amèn ». 

 

233         Ki péché nou doué konfésé ?

Tout péché grav nou sonjé apré nou fîn égzaminé konsians-nou, épi nou pa ko konfésé, yo kapab jouinn padon nòmalman nan konfésion sakramantèl individuèl-la. [1457]

Sé vré, gin dé lè nou ézité al konfésé ; lè nou fè éfò-a sou tèt pa-nou, sé déja yon prémié pa pou nou tounin vîn an santé ankò anndan nou. Anpil foua sa kapab édé nou si nou konnin minm Pap*-la doué gin kouraj avoué fot li-yo ak féblès li-yo bay yon lòt prèt (donk bay Bondié). Yon prèt* kapab bay yon group moun absolision san yo pa-t konfésé indivi­duèlman anvan (tankou nan yon tan lagè, yon atak paravion, oubyin parézanp si yon group moun nan danjé pou yo mouri tousuit). ¬ 315-320

234         Kilè pou nou konfésé péché grav nou-yo ? Èské nou doué konfésé souvan ?

Tout fidèl ki rivé nan laj konprann (âge de raison) doué konfésé péché grav li fè-yo. L’Égliz-la konséyé ak insistans pou nou fè-l omouin yon foua pandan ané-a. Antouka, si nou fè yon péché grav, nou doué konfésé anvan nou résévoua kominion*-an. [1457]

Laj konprann-nan (âge de raison) vlé di pou l’Égliz-la laj koté timoun-nan kapab rézoné pou-l aprann distingé byin ak mal. ¬ 315-320

”  Moun ki résévoua plis konfidans, probabléman sé barman-nan.
Peter Sellers (1925-1980, komédyin anglè)

 

235         Èské nou kapab konfésé, minm lè nou pa fè péché ki grav ?

Minm lè nou pa oblijé konfésé osans strikt (obligasion konfésé péché grav-yo), konfésion-an pèmèt gérizon-an épi li minnin nan yon rélasion ki pi profon ak Granmèt-la. [1458]

Nan Taizé (an Frans toupré Cluny) koté anpil jèn abitué al priyé, oubyin lè gin rasanbléman katolik-yo, oubyin lè Jounin mondial jèn-yo – toupa­tou nou ouè jèn fi kon gason k-ap mandé sakréman rékonsiliasion-an. Krétyin ki pran angajman yo osérié  pou yo suiv Kris-la, y-al chèché nan konfésion-an yon nouvo élan pou yo avansé ak Bondié. Minm Sin-yo al konfésé régilièman lè sa posib. Yo bézouin sa pou yo kapab grandi nan umilité ak nan charité, épi pou yo kité limiè Bondié-a k-ap géri yo rivé nan tout ti kouin nanm yo.

”  Sa pa kòrèk pou nou pansé nou t-a doué viv kòmsi nou pa janm bézouin padon. Aksépté féblès-nou, époutan rété sou chémin-an, pa fè bak, okontrè alé pi dévan, épi toujou konvèti nou gras a sakréman rékonsiliasion-an pou nou rékòmansé maché épi grandi konsa pou Granmèt-la, sé tousa ki fè kominion-nou avèk li dévlopé.
Benoît XVI, 17 févriyé 2007

 

236         Pou kisa sé prèt-yo sèlman ki doué padoné péché-yo ?

Pèsonn moun pa kapab padoné péché-yo, sof moun sa-yo Bondié bay mision ak pouvoua padoné péché nan non-l. Moun ki doué égzèsé ministè sa-a, sé toudabò Évèk*-yo épi apré sé prèt*-yo ki kolaboratè évèk-yo. [1461-1466, 1495]  ¬ 150, 228, 249-250

”  Sinsérité nou kapab ginyin dévan yon frè pa gin anyin pou-l ouè ak konfésion-an. Sé dévan Granmèt sièl-la ak tè-a nou konfésé nan prézans yon moun ki gin mision pou sa.
Frère Roger Schutz

 

237         Èské gin péché yon sinp prèt pa kapab padoné ?

Gin péché moun-nan fè ki fè-l viré do nèt bay Bondié épi ki fè-l ékskominié* tèt-li pou jan sa-l fè-a grav. Pou byin montré gravité péché sa-yo, sé évèk*-la sèlman ki kapab bay absolision-an, oubyin, nan kèk ka, Pap*-la sèlman. Min, si gin danjé paské moun-nan prèt pou mouri, tout prèt kapab bay absolision pou tout péché épi lévé ékskominikasion-an. [1463]

Parégzanp, yon katolik ki touyé yon moun oubyin ki patisipé nan édé fè yon avòtman, li mété tèt-li andéyò sakréman kominion-an (li pa kapab kominié). Sé konstaté l’Égliz-la oblijé konstaté sa. Ékskominikasion*-an invité péchè-a tounin sou chémin ki douat-la.

?  ÉKSKOMINIKASION. (an latin ex vlé di « an déyò », épi communicatio vlé di « pataj ») : chatiman, pinision ki fè moun-nan pa kapab résévoua sakréman-yo. 

”  Malgré tout maladrès ki kapab ginyin ladan-l pafoua, konfésion-an sé éspas désizif-la koté nou tounin jouinn fréchè l’Évanjil-la, koté yo fè nou pran nésans yon lòt foua. Sé la nou aprann ralé yon souf épi mété rémò-yo akoté, tankou yon timoun k-ap souflé sou fèy sèch k-ap tonbé. Sé la nou jouinn kontantman Bondié-a, prémié réyon limiè yon jounin kè kontan nèt alé.
Frère Roger Schutz

 

238         Èské yon prèt gin doua répété sa-l té tandé nan konfésion ?

Non, nan okinn ka. Sé yon sékrè san éksépsion li doué kinbé. Tout prèt ki t-a di lòt moun sa-l té tandé nan yon konfésion, li éksko­mi­nié tèt-li. Minmsi sé lapolis ki mandé, prèt-la pa gin doua di anyin ni signalé anyin. [1467]

Sékrè konfésion-an sé bagay prèt*-yo pran osérié anpil. Gin prèt ki péyé sa ak lavi yo oubyin yo fè sibi toumant paské yo rété fidèl ak sékrè konfésion-an. Sé poutèt sa nou kapab palé aklè épi san rézèv ak yon pè, nou kapab konfié tèt-nou ba li ak kè pozé paské sèl travay li nan moman sa-a sé sèvi kòm « zòrèy Bondié ».

”  Rinmin Jézu ! Pa pè anyin ! Minmsi ou t-a fè tout péché sou tè-a, Jézu ap répété paròl sa-yo pou ou : Yo padoné-ou anpil péché paské ou té rinmin anpil.
S. Padre Pio (1887-1968, youn nan sin ki pi popilè an Itali)

 

239         Ki konsékans pozitif sakréman rékonsiliasion-an ginyin ?

Sakréman rékonsiliasion-an rékonsilié nou avèk Bondié. [1468-1470, 1496]

Moman apré absolision-an sé tankou yon douch apré yon spò, tankou yon bèl sièl klè apré yon siklòn, tankou yon matin fré pandan solèy ap lévé, tankou moun ki plonjé anba lanmè ki pa santi poua kò-l ankò… Rékonsilié ak Bondié sa vlé di tounin vîn pitit Bondié, pitit li rinmin, li résévoua nan bra-l : nou an armoni, nou dakò ankò ak Bondié.

 

Sakéman onksion malad-yo

240         Kijan yo té konn konsidéré maladi-a nan Ansyin Téstaman-an ?

Nan Ansyin Téstaman*-an, yo té konsidéré maladi-a anpil foua kòm yon éprèv térib, yo pa-t kapab révòlté kont li, min ladan-l yo té kapab ouè min Bondié. Lidé sa-a parèt déja kay profèt-yo ki fè ouè soufrans-la pa obligatouaman yon malédiksion ni konsékans yon péché pèsonèl, min moun k-ap soufri-a kapab fè-l nan plas yon lòt antan-l sipòté pròp soufrans li-a ak pasians. [1502]

 Pou sa-k té di pa lintèmédiè profèt Izayi-a té akonpli antan-l té di : « Li minm, féblès nou-yo, li té pran yo épi maladi nou-yo, li té poté yo ».
Matié 8,17 

”  Moun ki malad-la santi bagay-yo pi byin pasé ninpòt lòt moun.
Reinhold Schneider (1913-1958, ékrivin alman)
 

 

241         Pou kisa Jézu té intérésé konsa pou malad-yo ?

Jézu té vîn montré rinmin Bondié-a. Li la lè nou santi nou ménasé yon fason spésial : lè lavi-nou vîn fébli poutèt maladi-a. Bondié vlé gérizon pou kò-nou ak pou nanm-nou, li mandé nou pou nou kouè sa, épi pou nou rékonèt Péyi-roua Bondié-a rivé. [1503-1505]

Pafoua sé lè nou malad nou pran konsians kijan nou tout nou bézouin Bondié – kit nou malad, kit nou pa malad ! Sé sèlman nan li nou gin lavi. Sé poutèt sa malad-yo ak péchè-yo gin yon instin spésial ki fè yo ouè sa-k ésansièl. Déja nan Nouvo* Téstaman-an, sé malad-yo ki chèché proché kot Jézu ; yo t-ap chèché touché-l, paské yon fòs t-ap soti nan li épi li t-ap géri tout moun (Lk 6,19). ¬ 91

 Lè Jézu tandé sa, li di yo : « Sé pa moun ki an santé-yo ki bézouin doktè, min sé moun ki malad-yo. Mouin pa vîn pou-m rélé moun ki kòrèk-yo, min sa-k nan péché-yo ».
Mark 2,17

 

242         Poukisa l’Égliz-la doué okipé malad-yo yon fason spésial ?

Jézu fè nou konnin sièl-la soufri avèk nou lè n-ap soufri. Bondié vlé pou nou rékonèt li nan sa-yo ki pi piti nan frè-l yo (Mt 25,40). Sé poutèt sa Jézu té vlé préokipasion pou pòv-yo t-a nan kè mision disip li-yo. Li ba yo lòd : Géri malad-yo (Mt 8,17), épi li promèt yo yon pouvoua k-ap soti nan Bondié : Sou non mouin y-ap chasé démon… y-ap pozé min sou malad-yo, y-ap réfè (Mt 16,17-18). [1506-1510]

Youn nan karaktéristik ki toujou pi inprésionan nan rélijion krétyin-an sé plas santral yo bay malad-yo, granmoun-yo, sa-k nan bézouin-yo. Mè Téréza ki té konn akéyi moun ki pral mouri-yo nan vil Kalkuta an Ind, sé sèlman yon krétyin nan pami lòt-yo ki té ouè Kris-la nan sa yo réjté oubyin yo lagé pou kont yo-a. Si krétyin-yo krétyin tout bon, gin yon santiman rékonfò, konsolasion ki manifésté nan yo ki pousé yo aji. Ginyin nan yo tou ki minm gin don géri moun malad-yo nan kò-yo, gras a fòs l’Éspri-Sin-an (karism gérizon – Karism*).

”  Si-m t-a gin pou-m chouazi ant sosiété krétyin ki pi mal-la épi sosiété payin ki pi bon-an, mouin t-ap chouazi sosiété krétyin-an, paské li gin yon plas pou sa-k pa-t janm gin konsidérasion nan yon sosiété payin : sa-k infim-yo épi sa-k malad-yo, granmoun-yo ak sa-k fèb-yo épi yo té gin kichòy ki té pi bon toujou pasé yon plas : yo té gin rinmin pou sa-yo yo té konsidéré épi yo toujou konsidéré kòm initil nan sosiété payin san Bondié-a.
Heinrich Böll (1917-1985, ékrivin alman)

”  Pran souin pòv-yo doué yon priorité : sé pou nou édé yo kòmsi sé Kris-la yo té yé tout bon vré.
S. Benoît de Nursie (anviron 480 – anviron 547, fondatè monastè bénédiktin-yo)

 

243         Pou kilès sakréman onksion malad-yo fèt ?

Tout fidèl ki malad grav kapab résévoua sakréman onksion malad-yo. [1514-1515, 1528-1529]

Nou kapab résévoua onksion malad-yo pliziè foua nan lavi-nou. Sa konn rivé tou pou jèn gason ak fi mandé résévoua sakréman malad-yo poutèt yo pral sibi yon opérasion grav, parégzanp. Nan okazion sa-yo, anpil krétyin tou profité konfésé antan y-ap résévoua onksion malad-yo ; yo vlé parèt dévan Bondié ak konsians yo pròp, pou si yo pa t-a géri.

”  Épi nou fè yon sèman pèsonn moun pa fè, paské nou promèt pou nou sèvi malad Granmèt-yo avèk dévouman.
Règl lòd mouàn sin Jean de Malte

 

244         Kijan yo bay sakréman onksion malad-yo ?

Rit ésansièl-la sé onksion yo fè ak luil ki béni-an sou fron ak sou min malad-la. Yo sélébré-l an jénéral nan yon légliz, ak priyè ki akonpagné-l yo. [1517-1519, 1531]

 Yon moun nan nou malad ? sé pou yo rélé Ansyin-yo nan Égliz-la, épi pou yo priyé sou li antan yo froté-l ak luil onon Granmèt-la.
Jak 5,14

 

245         Ki éfè onksion malad-yo ginyin ?

Onksion malad-yo bay rékonfò, lapè ak kouraj, épi nan sitiasion frajilité-a ak soufrans-la, li fè malad-la fè youn pi plis ak Kris-la, Granmèt nou-an ki té konnin kè séré nou-yo, épi ki té poté doulè nou-yo nan kò-l. Gin moun lè yo résévoua onksion malad-yo, yo géri. Min si Bondié vlé rélé yon moun pou vîn jouinn li, nan onksion malad-yo li ba li fòs pou-l minnin konba nanm-nan ak kò-a pou préparé dènié pasaj-la. Nan tout ka-yo, onksion malad-yo fè jouinn gras padon péché-yo. [1520-1523, 1532]

Anpil malad pè sakréman sa-a épi yo kité-l pou dènié moman-an paské yo pansé sé tankou yon santans kondanasion a mò li yé. Sé kontrè-a ki égzakt : onksion malad-yo sé tankou yon asirans vi. Tout krétyin k-ap akonpagné yon malad doué édé-l dépasé fo-santiman kè-soté sa-a. Nan moman sa-a, anpil malad ki nan gran danjé, vîn konprann pa gin anyin ki pi inpòtan pasé konfòmé yo tousuit épi san kondision ak Jézu, Sovè nou-an, ki ranpòté viktoua sou lanmò-a épi sé li-minm minm ki lavi-a.

 Sèké si m-ap maché nan tè fon lonbraj lanmò, mouin pap pè malè, paské ou avèk mouin. Baton-ou ak bagèt ou sé yo k-ap konso­lé-m.
Psòm 23,4

 Moun ki manjé chè-m épi ki bouè san-m, li gin lavi tout tan-an.
Jan 6,54

 

246         Kilès ki kapab bay onksion malad-yo ?

Évèk*-yo sèlman ak prèt*-yo ki minis sakréman-an. Kris-la aji pa lintèmédiè yo, poutèt konsékrasion yo-a. [1516, 1530]

”  Pa pouvoua onksion sa-a ki sin-an, épi pa pouvoua mizérikòd li-a ki bon anpil la, sé pou Granmèt-la édé-ou avèk gras Éspri-Sin-an ; pou antan-ou libéré anba péché-yo, li sové-ou épi li soulajé-ou ak byinvéyans.
Rituèl Sakréman malad-yo

 

247         Kisa « viatik »-la yé ?

« Viatik »-la sé dènié kominion nou résévoua anvan nou mouri. [1524-1525]

Pa gin anpil foua kominion*-an nésésè konsa tankou moman koté moun-nan prèt pou-l fè pasaj k-ap mété pouin final sou lavi-l sou tè-a : lavi k-ap vini-an sé yon lavi an kominion ak Kris-la. 

”  Béatitud étènèl-la [Kontantman lavi pou tout tan-an] sé yon kondision koté sé kontanplasion-an ki nouri nou.
Simone Weil (1909-1943, filozòf épi mistik fransè)

 

TOUAZIÈM CHAPIT

Sakréman pou kominion ak mision-an

248         Kòman yo rélé sakréman ki osèvis kominion-an ?

Moun ki batizé épi ki konfimé-a kapab résévoua dé sakréman* ki ba li yon mision spésial nan l’Égliz-la, épi yon sèvis Bondié rélé-l pou-l fè : lòd-la ak mariaj-la. [1533-1535]

sakréman* sa-yo gin yon pouin an komin : yo fèt pou lòt moun. Yo pa konsakré pèsonn moun pou pròp tèt pa-l épi pèsonn moun pa marié pou pròp tèt pa-l. Sakréman lòd-la ak mariaj-la gin objéktif pou bati pèp Bondié-a, sètadi yo sé kanal Bondié pasé pou-l rouzé tè-a, fè-l donnin.

”  Yo pa bay òdinasion présbitéral-la pou sové moun ki résévoua-l la, min pou sové l’Égliz-la toutantié.
S. Thomas d’Aquin

”  Konsa sé Kris-la ki sèl prèt tout bon-an, antan tout lòt-yo sé minis sèlman yo yé.
S. Thomas d’Aquin

Sakréman Òrd-la

249         Ki diféran dégré ki ginyin nan sakréman Òrd-la ?

Sakréman Òrd-la gin toua dégré : Évèk* (épiskopa), prèt* (présbi­té­ra), diak* (diakona). [1554, 1595] ¬ 140

”  Prèt-la ap kontinué travay rédanmsion Kris-la sou tè-a.
S. Curé d’Ars

 

250         Kisa-k pasé nan òdinasion épiskopal-la ?

Òdinasion épiskopal-la bay yon prèt plénitid sakréman lòd-la. Li òdoné kòm siksésè apot-yo épi li antré nan kolèj évèk-yo. Avèk lòt évèk-yo épi Pap*-la, dépi lè sa-a li vîn résponsab tout l’Égliz-la. L’Égliz-la ba li mision anségné, sanktifié, gouvèné. [1555-1559]

Ministè épiskopal-la, sé yon véritab ministè pastoral nan l’Égliz-la, paské li pran sous-li nan apot-yo, prémié témouin Jézu-yo, épi l-ap fè ministè pastoral apot-yo Kris-la té établi-a kontinué égzisté. Pap*-la tou sé yon Évèk*, min sé prémié nan yo épi tèt kolèj évèk-yo. ¬ 92, 137

 

251         Ki inpòtans évèk-li ginyin pou yon krétyin katolik ?

Yon krétyin katolik konnin li doué obéyi évèk-li. Pou li Évèk*-la sé réprézantan Kris-la. Anplis, évèk-la k-ap égzèsé ministè pastoral-la avèk prèt-yo épi diak*-yo, kolaboratè li-yo ki konsakré, sé prinsip vizib épi fondman l’Égliz lokal-la (diosèz-la). [1560-1561]

 

252         Ki konsékans òdinasion présbitéral-la ?

Gras a ministè évèk-la, gason-an ki òdoné-a résévoua yon gras Éspri Sin-an ki ba li yon otorité sakramantèl li vîn jouinn apati évèk*-la. [1538]

Vîn yon prèt*, sé pa sèlman résévoua yon fonksion oubyin yon ministè. Gras a sakréman Òrd-la, yon prèt résévoua yon pouvoua spésial épi yon mision pou frè ak sè li-yo nan lafoua-a. ¬ 150, 215, 228, 236

”  Lè kè-m ap soté pou-m ouè sa-m yé pou nou, mouin konsolé pou-m ouè sa-m yé avèk nou. Pou nou mouin évèk, avèk nou mouin krétyin. Youn dézignin chaj résponsabilité-a, lòt-la gras-la, youn danjé-a, lòt-la sové-a.
S. Augustin

 

253         Kòman l’Égliz-la konprann sakréman Òrd-la ?

Prèt* Ansyin Téstaman*-yo té konsidéré mision yo-a tankou yon médiasion ant sièl-la ak tè-a, ant Bondié ak pèp li-a. Kòm Kris-la sé sèl médiatè ant Bondié ak moun-yo (1Tm 2,5), li réalizé sasèrdòs sa-a épi fè-l rivé bout-li. Apré Jézu-Kri, pa kapab gin lòt òdinasion présbitéral si sé pa nan Kris-la, nan sakrifis Kris-la sou koua-a, épi gras a rélé Kris-la rélé moun-nan pou-l ba li mision apostolik-la. [1539-1553, 1592]

Yon prèt katolik k-ap administré sakréman*-yo pa aji ak pròp fòs pa-l, ni an fonksion pròp pèféksion kalité moral-li (malérézman anpil foua li pa ginyin-l), min l-ap aji in persona Christi. Gras a òdinasion-li, li patisipé nan fòs Kris-la k-ap transfòmé, k-ap géri, k-ap sové. Paské prèt-la pa gin anyin apati pròp tèt-li, li sé toudabò yon sèvitè oubyin yon minis. Yo rékonèt yon prèt sé yon prèt tout bon lè li toujou sézi ak umilité pou-l ouè Bondié té rélé-l.  ¬ 215

”  Suiv évèk-nou tankou Kris-la té suiv Papa-a, épi suiv prèt-la tankou apot-yo. Nan sa ki konsèné l’Égliz-la sé pou pèsonn pa aji san évèk-la.
S. Ignace d’Antioche

 

254         Kisa-k pasé nan òdinasion présbitéral-la ?

Nan òdinasion présbitéral-la, évèk*-la rélé fòs Bondié-a sou gason ki pral prèt-la. Fòs sa-a maké-l ak yon so ki pa kapab éfasé, sé karaktè sakramantèl-la ki pap janm sot sou li. Kòm kolaboratè évèk-li, prèt-la pral anonsé Paròl Bondié-a, administré sakréman*-yo épi sitou sélébré Ékaristi*-a. [1562-1568]

Pandan Mès-la, òdinasion-an kòmansé lè yo rélé non kandida-yo pèsonèlman. Apré Évèk-la fini oméli-a (prèch-la), sa yo pral òdoné prèt-la promèt pou-l obéyi évèk-li ak siksésè k-ap ranplasé-l yo. Òdinasion-an fèt tout bon lè Évèk-la mété min-l yo sou tèt kandida-a épi di priyè ki akonpagné jès-la. ¬ 215, 236, 259

 

255         Kisa-k pasé nan òdinasion diakonal-la ?

Gras a òdinasion diakonal-la nan sakréman lòd-la, yo rinmèt moun ki résévoua-l la yon sèvis spésial pou-l fè. Paské diak-la réprézanté Kris-la, li minm ki pa-t vîn fè sèvi-l, min sèvi, épi bay nanm-li kòm mouayin délivrans nan plas anpil moun (Mt 20,28). Pandan litiji òdinasion-an, yo déklaré diak*-la ap tounin sèvitè tout moun kòm minis Paròl-la, otèl-la ak charité-a. [1569-1571]

Prémié pòtré yon diak* nou ginyin sé Sint Étièn, mati. Lè Apot-yo, nan prémié kominoté krétyin-an té ouè yo té gin tròp travay pou fè nan késion èd charité-a, sé poutèt sa yo konvoké sèt mésié « pou sèvis atab-la » épi yo té konsakré yo. Sa yo té rélé Étièn-nan « ki té plin gras ak fòs Bondié » t-ap fè bèl travay nan sèvis lafoua-a ak sa-k té pòv nan kominoté-a. Ofiamézi sièk-yo ap pasé, diakona-a té tounin yon étap nan chémin pou rivé nan òdinasion présbitéral-la, kounié-a minm li tounin gin kondision li té ginyin-an kòm yon ministè nan li-minm minm pou gason ki sélibatè oubyin ki marié. Konsa yo vlé insisté montré kijan sèvis-la sé yon karaktéristik l’Égliz-la, épitou tankou nan l’Égliz prémié tan-yo, yo vlé mété bò koté évèk-yo yon lòd, yon group moun ki gin fonksion édé yo pou réalizé travay pastoral épi sosial nan l’Égliz-la. Òdinasion diakonal-la mété yon so tou, yon mak, yon karaktè sakra­man­tèl yo pa kapab éfasé pou tout longè tan lavi moun-nan. ¬ 140

?  DIAK. Diak-la (an grèk diakonòs vlé di « sèvitè ») sé prémié dégré sakréman lòd-la nan l’Égliz katolik-la. Jan non-an indiké-a, diak-la angajé tèt-li toudabò nan aktivité charité-a (diakoni), li gin pou-l anségné tou, pou fè katéchèz, pou-l proklamé Évanjil-la, pou préché nan Mès-la, pou-l sélébré batèm ak mariaj épi bay konkou-l nan sélébrasion-yo.

 Diak-yo, konsa tou, réspéktab, pa dé paròl, pa lagé nan anpil divin, pa chèché intérè k-ap fè ront, antan yo gin mistè lafoua-a nan yon konsians nèt. Diak-yo, sé pou yo mari yon sèl madanm, pou yo byin dirijé pitit yo ak pròp kay yo.
1 Timoté 3,8.12

 

256         Kilès ki kapab résévoua sakréman Òrd-la ?

Sé sèlman yon gason ki batizé, ki katolik épi l’Egliz-la rélé-l pou résponsabilité sa-a, ki kapab résévoua òdinasion validman kòm diak*, prèt épi évèk. [1577-1578]

 

257         Èské sé pa yon diskriminasion sa yé aléga médam-yo pou sé gason-yo sèlman ki kapab résévoua sakréman Òrd-la ?

Sa pa dévalorizé médam-yo si sé gason-yo sèlman ki kapab òdoné. Dévan Bondié, gason-an ak fi-a gin minm dignité, min yo gin résponsabilité ak karism diféran. L’Égliz-la kinbé fason sa-a paské lè li t-ap établi sasèrdòs-la nan dènié Soupé-a, sé gason sèlman Jézu té chouazi, éksklizivman. Pap Jan-Pòl II té déklaré an 1994 « l’Égliz-la pa gin pouvoua òdoné médam-yo épi tout fidèl l’Égliz-la doué kinbé sa konsa définitivman dapré dékrè-a ».

Nan périòd Antikité-a, pa gin pèsonn ki té bay médam-yo valè pasé Jézu (épi alépòk sé té pratikman yon provokasion), li té zanmi yo épi li té protéjé yo. Gin médam ki t-ap suiv Jézu épi Jézu té aprésié lafoua yo anpil. Prémié témouin Réziréksion-an té yon fi, Mari-Madlèn. Sé poutèt sa yo di li sé « Apot apot-yo » (oubyin « yon fi-apot pami apot-yo »). Poutan òdinasion sasèrdotal-la épi résponsabilité pastoral-la sé toujou gason yo té transmèt-yo. Sé gason ki té réprézanté Jézu kòm prèt nan asanblé l’Égliz-la. Sasèrdòs-la sé yon ministè spésial ki mandé gason-an joué ròl maskilin li ginyin nan patènité-a. Sa pa gin okinn rapò ak yon sipériorité gason sou fi. Médam-yo gin yon ròl nan l’Égliz-la jan nou ouè sa nan la Sint Vièj Mari, yon ròl ki pa mouins santral pasé pa mésié-yo, sé yon ròl féminin. Èv té tounin manman tout vivan-yo (Jén 3,20). Kòm « manman tout vivan-yo », médam-yo gin don ak kapasité spésial. San fason patikilié yo ginyin pou yo anségné, évanjélizé, viv charité-a, spiritualité-a ak pastoral-la, sé kòmsi l’Égliz-la t-a « manké yon bra ». Lè moun-yo nan l’Égliz-la sèvi ak ministè prèt-la kòm yon instriman pouvoua, oubyin lè médam-yo pa fè l’Égliz-la profité nan karism* yo ginyin-yo, yo fè rinmin-an afron ni l’Éspri-Sin Jézu-a. ¬ 64

”  Pa gin pèsonn ki t-a kapab yon pi bon prèt pasé jan Mari té yé-a. San-l pa ézité, li té kapab di : « Sa-a sé kò mouin », paské Jézu li té ban nou-an sé té kò-li tout bon vré. Époutan Mari té kontinué pòv ti sèvant Granmèt-la, atèlpouin nou kapab toujou palé avè-l antan nou konsidéré-l kòm Manman-nou. Li sé youn nan nou, épi nou toujou fè youn avèk li. Apré lanmò Pitit li-a, li té kontinué viv sou tè-a pou bay Apot-yo fòs nan travay yo-a, pou-l yon manman pou yo, joustan l’Égliz-la ki té fèk fèt vîn fòmé.
Mère Teresa

 

258         Pou kisa l’Égliz-la mandé prèt-yo ak Évèk-yo viv nan séliba-a ?

Jézu té viv kòm sélibatè épi sé konsa li té vlé montré rinmin san pataj li té ginyin pou Bondié Papa-a. Dépi nan épòk Jézu-a, suiv minm mòd lavi ak li épi viv nan chasteté* séliba-a (vi séksuèl byin réglé nan séliba-a) poutèt Péyi-roua sièl-yo (Mt 19,12), sé yon sign rinmin, sign nou bay Granmèt-la tout nou-minm san pataj épi nou disponib totalman pou sèvi lòt-yo. L’Égliz katolik romèn-nan mandé Évèk* li-yo ak prèt li-yo pou yo viv konsa ; Égliz oriantal-yo mandé sa sèlman pou Évèk* li-yo. [1579-1580, 1599]

Jan Pap Benoua XVI di-a, séliba-a pa vlé di « moun-nan pa gin okinn kapasité rinmin nan li, okontrè, li doué vlé di nou kité yon rinmin pasioné pou Bondié pran nou ». Gras a séliba-a, yon prèt doué montré fékondité lavi-li paské l-ap fè patènité Bondié-a ak pa Jézu-a vîn prézan. Pap-la di nou ankò : « Kris-la bézouin prèt ki gin matirité ak kouray, ki kapab égzèsé yon véritab patènité spirituèl ».

?  SÉLIBA-A. (an latin caelebs vlé di « moun k-ap viv pou kont li-a ») : séliba-a sé angajman yon moun pran pou-l viv nan chasteté épi san-l pa marié « poutèt péyi-roua Bondié-a ». Nan l’Égliz katolik-la, promès sa-a ak angajman sa-a sé moun k-ap viv nan kominoté rélijié-yo ki pran-l (yo fè vé-yo dapré règléman kominoté yo-a) épitou manb klèjé-a.

” Èské l’Égliz katolik-la pran konsians [si-l t-a siprimé séliba-a] li t-ap chaviré valè [moral ak spirituèl-yo] tèt anba dépi nan rasîn ? Séliba prèt-yo sé yon foli l’Évanjil-la koté li konsèvé yon vérité kaché. Akòz sa, l’Égliz-la rété nan sa-k invizib-la, sa jé pa kapab ouè-a, li rété nan mistè Kris-la.
Frère Roger Schutz

 

259         Nan kisa sasèrdòs komin fidèl-yo diféran parapò a sasèrdòs ministérièl-la ?

Gras a batèm-nan, Kris-la fè nou tounin yon Péyi-roua prèt pou Bondié ak Papa-li (Ap 1,6). Gras a sasèrdòs komin-an, yo rélé chak krétyin pou-l aji sou tè-a nan non Bondié, pou-l transmèt gras ak bénédiksion*. Nan dènié Soupé-a ak lè li t-ap voyé Apot*-yo an mision, Kris-la té bay kèk nan yo yon otorité sakramantèl pou sèvi fidèl-yo ; prèt konsakré sa-yo réprézanté Kris-la, kòm pastè pèp li-a alatèt Kò-li, l’Égliz-la. [1546-1553, 1592]

Sé minm mo « prèt »-la, min li gin dé sans diféran ki gin rapò youn ak lòt, sa kapab kréyé konfizion. An réalité « sé pa yon diférans dégré sèlman ki ginyin ant yo, min yon diférans nati » (Konsil Vatikan II, Lumen Gentium). Sé pou nou t-a toujou kontan lè nou sonjé tout batizé-yo sé prèt, paské y-ap viv nan Jézu-Kri épi yo asosié nan sa-l yé ak nan sa l-ap fè-a. Poukisa nou pa toujou priyé pou bénédiksion* désann sou tè-a ? Épitou, sé pou nou dékouvri pi byin kado Bondié bay l’Égliz li-a nan prèt yo òdoné-yo, ki manifésté prézans Granmèt-la nan mitan nou. ¬ 138 

 Nou minm, tankou ròch vivan, sé pou nou kité yo bati yon kay dapré Éspri-a pou nou fè yon sèvis prèt ki sin, pou nou ofri sakrifis dapré Éspri-a, Bondié va aksépté gras a Jézu-Kri.
1 Piè 2,5 

 Kanta nou minm, nou sé yon ras yo chouazi, yon sèvis prèt ki roua, yon nasion sin, yon pèp ki déja gin mèt, pou nou anonsé aksion ékstraòdinè Sa-a ki rélé nou sot nan fènoua-a pou n-al nan limiè-l la ki san parèy-la. Nou pa-t minm yon pèp, koulié-a nou sé pèp Bondié. Yo pa-t gin mizérikòd pou nou, koulié-a yo gin mizérikòd pou nou.
1 Piè 2,9.10 

 M-ap fè-ou vîn tounin yon gran nasion, m-ap béni-ou, m-ap fè non-ou vîn gran, ou-ap béni.
Jénèz 12,2

 

Sakréman mariaj-la

260         Poukisa Bondié kréyé gason-an ak fi-a youn pou lòt ?

Bondié kréyé gason-an ak fi-a youn pou lòt, pou yo pa dé ankò, min yon sèl chè (Mt 18,6) : konsa yo doué viv nan rinmin, yo doué gin fékondité épi tounin témouin Bondié ki rinmin nou ak yon rinmin san limit. [1601-1605 ¬ 64, 400, 417

” Kòman pou-n t-a di kontantman mariaj-la l’Égliz-la bay-la ? Ala yon bèl fanmi sa yé koté dé krétyin fè youn gras a yon sèl éspérans-la, yon sèl disiplîn-nan, pou minm sèvis-la… anyin pa séparé yo ni nan léspri-a ni nan chè-a. Koté chè-a fè youn, léspri-a tou fè youn.
Tertullien (160-220, ékrivin krétyin ki té palé latin)

 

261         Kòman mariaj-la fè tounin yon sakréman ?

Sakréman mariaj-la réalizé gras a yon promès mésié-a ak madanm-nan fè youn lòt dévan Bondié ak dévan l’Égliz-la. Konsantman sa-a ki réalizé nèt nan inion kò dé épou-yo, Bondié akéyi-l épi li mété so-l pou-l ratifié-l. Rélasion mariaj-la kòm sakréman angajé dé épou-yo jouskaské yo mouri, paské sé Bondié li-minm ki maré yo ansanm. [1625-1631]

Sakréman mariaj-la sé fi-a ak gason-an ki fè youn lòt kado pròp tèt-yo. Prèt-la oubyin diak*-la la onon l’Égliz-la : yo fè konprann yon fason vizib kijan mariaj-la sé yon réalité l’Égliz-la épi yo rélé bénédiksion* Bondié sou épou-yo. Mariaj-la pa kapab fèt si pa gin yon konsantman matrimonial, sa vlé di sé pou épou-yo vlé mariaj-la an tout libèté, san yo pa fè yo ménas, san yo pa fòsé yo, épitou pa doué gin okinn anpèchman pou inion yo-a poutèt lòt aspè ségondè sou plan natirèl oubyin sou plan disiplîn l’Égliz-la (parégzanp si yo marié ak yon lòt moun anvan, oubyin si yo té pran angajman vé-yo nan séliba-a).

 Mésié-yo, rinmin médam yo, minm jan Kris-la té rinmin l’Égliz-la épi li té rinmèt pròp tèt-li pou li, pou-l fè-l vîn sin antan-l pròpté-l ak bingn dlo-a nan yon paròl, pou li minm pèsonèlman li fè l’Égliz-la kanpé pou li nan gloua san-l pa gin tach, oubyin pli, oubyin kichòy nan bagay sa-yo, min pou-l sin épi imakilé ; konsa mésié-yo tou doué rinmin pròp médam pa-yo, tankou  pròp kò pa-yo ; sa-k rinmin pròp madanm-li, sé pròp tèt pa-l li rinmin.
Éfézyin 5,25-28

 

262         Kisa ki nésésè pou sakréman mariaj-la ?

Gin toua éléman ki nésésè pou sakréman mariaj-la : 1. Pou yo di « oui » an tout libèté. 2. Pou yo angajé yo youn ak lòt nan yon rélasion éksklizif pou tout lavi-yo. 3. Pou yo dispozé akéyi timoun k-ap fèt-yo. Min sa-k pi inpòtan nan mariaj krétyin-an sé pou épou-yo konnin yo sé pòtré vivan rinmin Kris-la pou l’Égliz li-a. [1644-1654, 1664]

Égzijans don total, éksklizif épi indisolubilité mariaj-la kontrè ak poligami*-an. Krétyin-yo konsidéré poligami-an kòm yon fot grav aléga vérité rinmin-an ak doua moun-yo ginyin. Égzijans sa-a kontrè tou ak sa yo t-a kapab rélé « yon poligami alafil » sètadi yon séri rélasion youn apré lòt koté moun-nan réfizé angajé-l nan yon gran oui définitif. Égzijans fidélité-a nan mariaj-la vlé di moun-yo an rélasion youn ak lòt pou tout lavi épi yo mété tout lòt rélasion andéyò mariaj-la akoté. Égzijans rété ouvri pou fékondité-a vlé di épou krétyin-yo dispozé akéyi timoun Bondié vlé ba yo-a. Épou ki pa gin timoun-yo, Bondié invité yo viv yon lòt fòm « fékondité ». Si nan moman sélébrasion-an moun k-ap marié-yo réfizé youn nan éléman sa-yo, pap gin mariaj.

” Krétyin-yo pa rinmin diféraman dé lòt-yo, min yo jouinn plis sipò.
Anonim

?  MONOGAMI, POLIGAMI. (an grèk monòs vlé di « youn », poly vlé di « anpil, pliziè » épi gamòs vlé di « mariaj ») : lafoua krétyin-an intèdi pou yon moun marié ak pliziè lòt an minm tan. Gin péyi tou koté léta intèdi bigami-an (an latin, bis vlé di « dé foua »).

 

263         Poukisa mariaj-la indisolub (li pa kapab défèt) ?

Mariaj-la indisolub (yo pa kapab défèt li) pou toua rézon. Toudabò paské bay youn lòt pròp tèt yo san rézèv, sé sa rinmin-an yé nan li-minm minm. Apré sa, paské li fèt pou-l sanblé ak fidélité Bondié parapò a Kréasion-an. Épitou li indisolub paské li sé sign rinmin Kris-la ki bay pròp tèt-li pou l’Égliz-la jous li mouri sou koua-a. [1605, 1612-1617, 1661]

Nan tan alèkilé-yo koté anviron 50% moun ki marié-yo ap séparé, divòsé, tout mariaj ki diré sé yon gran sign, finalman sé yon sign Bondié. Sou tè sa-a jodi-a koté gin tèlman bagay ki rélatif, fòk gin moun ki kouè Bondié sé sèl absolu. Sé sa-k fè tout sa-k pa rélatif gin anpil inpòtans, tankou lè yon moun di vérité nèt alé (absoluman), oubyin lè li fidèl nèt alé (absoluman). Rété fidèl nèt alé-a (absoluman) nan mariaj-la pa sèlman témouagné yon kapasité moun-nan ginyin, min pi plis toujou li témouagné jan Bondié fidèl, li toujou la, minm lè nou trayi-l nan diféran fason épi nou bliyé-l. Marié l’Égliz vlé di nou gin plis konfians nan sékou Bondié ap ba nou-an pasé nan pròp kapasité nou ginyin kòm moun.

” Dé moun marié ki akéyan, sé dé moun ki pa-t janm fèmin youn sou lòt.
Theodor Weissenborn (1933-, ékrivin alman)

” Rinmin-an vîn akonpli nan fidélité-a.
Sören Kierkegaard

” Rinmin yon moun sé ouè-l jan Bondié té vlé-l la.
Fedor Dostoïevski

 

264         Kisa k-ap ménasé mariaj-la ?

Sa k-ap ménasé épou-yo tout bon vré nan mariaj-la, sé péché-a ; sa ki réfè yo sé padon-an ; sa ki ba yo fòs sé priyè-a ak konfians nan prézans Bondié-a. [1606-1608]

Problèm ant gason ak fi, ki kapab rivé gin dé lè jous nan rayi youn lòt, an patikilié nan rélasion épou-yo, sa pa vlé di dé sèks diféran sa-yo pa fèt pou viv ansanm ; pa gin okinn dispozision jénétik non plis ki minnin nan infidélité-a, ni non plis yon difikilté psikolojik ki t-a anpéché moun rété ansanm pou tout lavi yo. An réalité youn nan bagay k-ap ménasé anpil épou nan mariaj-la sé dialogé yo pa dialogé ansanm épi atansion youn pa fè atansion a lòt-la. Mété sou sa problèm ékonomik épi sosial-yo. Min prémié ròl-la sé réalité péché-a ki joué-l : jalouzi, dominasion, agrésivité, mové anvi, infidélité épi lòt bagay k-ap détrui rélasion-an. Sé poutèt sa li nésésè pou épou-yo aprann padoné épi rékonsilié antan yo résévoua sakréman rékonsiliasion-an tou.

” Rinmin yon moun sé ouè-l tankou yon mèvèy san parèy, sa jé lòt-yo pa kapab ouè.
François Mauriac

” Rinmin, sé rinmin lòt-la jan-l yé-a, jan-l té yé-a, épi jan-l pral yé-a.
Michel Quoist (1921-1997, prèt épi ékrivin fransè) 

 Si nou pa fidèl, li minm li rét fidèl. Li pa kapab rénié pròp tèt pa-l réyèlman.
2 Timoté 2,13

 

265         Èské sé tout moun ki gin vokasion pou yo marié ?

Sé pa tout moun ki gin vokasion pou yo marié. Moun ki sélibatè tou kapab viv an plin antan yo dévlopé tout yo-minm. Gin kèk nan yo, Jézu montré yon chémin patikilié ; li invité yo viv sélibatè poutèt Péyi-roua Bondié-a. [1618-1620]

Anpil moun ki sélibatè ap soufri poutèt yo pou kont yo, épi yo santi sa sé yon mank oubyin yon dézavantaj. Moun ki pa gin résponsabilité yon épou oubyin yon fanmi, gin avantaj pou-l joui libèté mouvman-l épi pou-l indépandan. Li gin tan pou-l fè anpil bagay ki intérésan épi inpòtan li pa t-ap kapab fè, pétèt, si-l té marié. Bondié kapab mandé-l pou-l okipé moun tout lòt moun-yo abandoné. Anpil foua Bondié mandé moun sa-yo pou yo viv toupré-l. Sé lè nou santi anvi sa-a anndan nou pou nou rénonsé a mariaj-la « poutèt Péyi-roua Bondié-a ». Pou yon krétyin, vokasion sa-a pa janm vlé di méprizé mariaj-la oubyin lavi séksuèl-la. Yo pa kapab viv séliba volontè-a si sé pa nan rinmin-an épi poutèt rinmin-an, tankou yon sign ki byin montré Bondié pi inpòtan pasé tout bagay. Moun ki sélibatè-a rénonsé a rélasion séksuèl-la, min li pa rénonsé rinmin ; ak tout élan kè-li, l-ap maché al rankontré Kris-la, épou k-ap vini-an (Mt 25,6).

 Rayisans lévé batay, rinmin kouvri tout péché-yo.
Provèb 10,12 

 Donk poutèt Kris, nou sèvi anbasadè, kòm antan Bondié ap ankourajé pa lintèmédiè nou: nou mandé avèk insistans poutèt Kris, kité yo rékonsilié nou ak Bondié.
2 Korintyin 5,20

 Tout tèt chajé-nou, lagé yo sou kont-li, paské sé li minm k-ap okipé nou.
1 Piè 5,7

 

266         Kòman yo sélébré mariaj krétyin-an ?

Dapré règléman-yo, yo doué sélébré yon mariaj an piblik. Prèt-la oubyin diak*-la pozé moun k-ap marié-yo késion osijè angajman yo-a. Moun k-ap marié-yo déklaré bay youn lòt : « Mouin promèt ou pou-m rété fidèl avèk ou nan bon ak nan mové moman, nan lasanté ak nan maladi, pou-m rinmin-ou touléjou lavi-m ». Épi yo chak ajouté : « Mouin ba ou tout mouin minm épi mouin vlé rinmin-ou fidèlman pandan tout lavi-nou ». Épi sélébran-an béni alians-la, sa épou yo bay youn lòt apré-a. Apré sa, sélébran-an atésté épou-yo fè youn nan rélasion mariaj-la épi li ba yo bénédiksion nouvo épou-yo. [1621-1624, 1663]

Dapré rituèl romin-an, pou sélébrasion mariaj-la, sélébran-an pozé moun k-ap marié-yo késion osijè libèté yo, fidélité yo, akèy ak édikasion timoun-yo. Yo chak réponn séparéman. Sélébran-an: Nou pral angajé youn ak lòt nan mariaj-la, èské sé san yo pa fòsé nou, èské sé ak tout libèté-nou épi sé ak tout kè-nou nou vini la-a pou nou marié? Fiansé-yo (séparéman): Oui. Sélébran-an: Antan nou suiv rout mariaj-la, èské nou désidé pou nou rinmin épi réspékté youn lòt pandan tout tan lavi-nou? Fiansé-yo (séparéman):  Oui (pou tout lavi-nou). Sélébran-an: Èské nou désidé résévoua pitit Bondié ap ba nou-yo ak rinmin épi fè édikasion yo dapré laloua Kris-la ak laloua l’Égliz li-a? Fiansé-yo (séparéman): Oui (nou désidé).

 Ninpòt ki koté ou apralé-a, sé la m-apralé; koté ou-ap rété-a, sé la m-ap rété; pèp-ou sé pèp-mouin, Bondié-ou sé Bondié-mouin. Koté ou-ap mouri-a, sé la m-ap mouri, épi sé la pou-m antéré; sé pou Granmèt la fè-m tèl maniè, sé pou-l ajouté tèl maniè, si sé pa lanmò ki fè séparasion ant mouin ak ou minm.
Rut 1,16-17

 

267         Sa pou-n fè nan ka yon mariaj ant yon katolik épi yon krétyin ki pa katolik ?

Pou mariaj-la kapab lisit, yo doué mandé otorité ékléziastik-la yon pèmision éksplisit. Pou yon mariaj « mikst » fòk toulèdé fidèl tout bon nan rélasion yo ak Kris-la yon fason pou skandal divizion-an ki la toujou pami krétyin-yo pa vîn gin konsékans grav nan ti sélil fanmi-an, épi pou-l pa minnin toulèdé viré do bay pratik rélijion-an. [1633-1637]

” Diférans rélijion ant dé moun ki marié-yo pa yon difikilté ki anpéché nèt pou mariaj-la égzisté, lè yo rivé mété ansanm sa yo chak té résévoua nan kominoté yo-a épi lè youn rivé aprann lòt kijan l-ap viv fidélité ak Kris-la.
Catéchisme de l’Église catholique (CEC), 1634

 

268         Èské yon krétyin katolik kapab marié ak yon moun ki nan yon lòt rélijion (yon moun ki pa krétyin ditou) ?

Marié ak yon moun ki pratiké yon lòt rélijion*, ki pa krétyin ditou, kapab difisil pou yon fidèl katolik, pou sa ki konsèné pròp lavi lafoua-li épi lafoua timoun k-ap fèt-yo. Poutèt résponsabilité li ginyin parapò a fidèl-yo, l’Égliz katolik-la établi sa-k kapab anpéché mariaj-la fèt nan ka yo rélé « disparité de culte » (rélijion ki pa minm ditou). Pou yon mariaj konsa kapab valid, l’Égliz-la vlé pou yo mandé dispans* anpèchman sa-a ékspréséman. Paské mariaj sa-a pa sakramantèl. [1633-1637]

?  DISPANS. (nan latin mouayinnaj-la dispensare vlé di « bay libèté pou aji ») : bay yon dispans nan Doua Kanon l’Égliz katolik-la, sé rétiré obligasion yon moun ginyin parapò a yon loua l’Égliz-la. Sé Évèk-la sèlman oubyin Sin-Sièj-la ki gin otorité pou bay yon dispans.

 

269         Èské dé moun ki marié ki pa kapab antann yo gin doua séparé ?

L’Égliz-la gin anpil réspè pou kapasité moun-nan ginyin pou-l kinbé yon promès épi pou-l fè yon alians nan fidélité pandan tout tan lavi-li. L’Égliz-la konnin tou chak rélasion mariaj kapab travèsé kèk kriz. Dialogé, priyé ansanm, épitou gin dé lè yon akonpagnman psikolojik kapab édé yo soti nan yon kriz. Min sa k-ap toujou révéyé souf éspérans-la, sé lè yo sonjé nan sakréman mariaj-la gin yon touazièm pèrsòn ki toujou prézan nan alians-la, sé Kris-la. Malgrétou, si mariaj-la vîn insipòtab pou youn nan moun ki marié-yo, si gin danjé pou-l sibi violans fizik oubyin moral, li kapab séparé ak konjouin-an. Yo rélé sa yon « séparation de corps » (yo pap viv ansanm ankò kòm mari ak madanm) épi l’Égliz-la doué okouran sa. Minm nan ka koté yo pa t-a kontinué viv nan minm kay-la ankò, mariaj-la toujou la épi li valid. [1629, 1649]

Gin kèk ka koté kriz-la ant moun ki marié-yo soti nan kapasité youn nan yo pa-t ankò ginyin lè yo té marié-a oubyin konsantman yo té bay-la pa-t total. Lè sa-a mariaj-la pa valid sou plan jiridik. Nan ka sa-yo li posib pou yo fè yon démann nan tribinal ékléziastik kila pou sa pou fè rékonèt mariaj-la pa-t valid. ¬ 424

 Fè kòlè épi pa fè péché, solèy-la pa doué kouché sou kòlè nou. Pa bay diab-la bò.
Éfézyin 4,26-27 

”  Sé vré sé nan fidélité-a ou fè ékspérians rinmin-an, min sé nan padon-an li rivé nan dènié bout akonplisman-l.
Werner Bergengrien (1862-1964, ékrivin alman) 

 

270         Ki pozision l’Égliz-la aléga moun divòsé ki rémarié sivilman-yo ?

L’Égliz-la akéyi yo dapré sa Jézu té aprann nou sou rinmin-an. Moun ki divòsé apré li fîn marié l’Égliz, épi, pandan lòt épou-a vivan toujou, l-al fè yon kontra sivil, konpòtman-l nan kontrédi kòmandman Jézu té bay sou indisolubilité mariaj-la, kòmandman l’Égliz-la pa kapab aboli. Pa kinbé promès fidélité-a sé viv an kontradiksion ak Ékaristi*-a koté l’Égliz-la sélébré présizéman karaktè inkondisionèl rinmin Bondié-a. Sé poutèt sa moun k-ap viv nan sitiasion sa-a ki tèlman kontradiktoua-a pa kapab résévoua kominion*-an. [1665, 2384]

Pap Benoua XVI di konkrètman pa gin mouayin pou trété tout ka-yo minm jan-an. Li palé osijè yon « sitiasion ki fè mal » épi li invité pastè-yo pou yo byin fè disènman diféran sitiasion-yo pou rivé édé fidèl ki nan ka sa-yo spirituèlman nan fason ki pi adapté-a (Sacramentum Caritatis, 29), ¬ 424

”  Moun ki divòsé épi ki rémarié-yo, malgré sitiasion yo-a yo toujou fè pati l’Égliz-la, k-ap suiv yo ak yon atansion spésial, antan li anvi yo dévlopé lakay yo yon stil lavi krétyin antan yo patisipé nan Mès-la min san yo pa résévoua kominion-an, antan yo kouté Paròl Bondié-a, antan yo viv adorasion ékaristik-la ak priyè-a, antan yo patisipé nan lavi kominoté-a, antan yo dialogé avèk konfians ak yon prèt oubyin yon gid spirituèl, antan yo dévoué nan viv charité-a ak zèv pénitans-yo, antan yo angajé nan édikasion pitit yo ginyin yo.
Benoît XVI, Sacramentum caritatis.

 

271         Sa sa vlé di lè yo di fanmi-an sé yon « ti légliz » ?

Sa l’Égliz-la yé sou yon gran échèl, sé sa fanmi-an yé an pi piti : yon imaj rinmin Bondié-a nan kominoté moun-yo. Tout mariaj réalizé nan ouvri kè bay lòt-yo, bay timoun Bondié ban nou-yo, nan akéyi youn lòt, nan konn résévoua lòt moun lakay-nou, nan viv osèvis lòt-yo. [1655-1657]

Youn nan bagay ki té pi atiré moun ki té vlé suiv « nouvo chémin-an » lakay krétyin-yo nan prémié tan l’Égliz-la, sé té « légliz nan kay-la » (« église domestique » = kay koté tout moun nan fanmi-an kouè nan Jézu-Kri = « ti fouayé l’Égliz »). Anpil foua yon moun té konn rivé épi li té vîn kouè nan Granmèt-la ak tout kay li-a épi anpil nan krétyin-yo ki tand­é-l, yo té kouè épi yo té batizé (Tr 18,8). Lè sa-a fanmi ki konvèti-yo té tounin yon fouayé lavi krétyin nan mitan yon sosiété ki pa kouè, yo té tounin éspas priyè, pataj épi yo té résévoua youn lòt ak tout kè. Ròm, Korint, Antiòch, tout gran vil nan Antikité-a vîn plin byin vit ak « ti fouayé l’Égliz », ki té tankou fouayé limiè. Jodi-a tou, fanmi koté Kris-la lakay-li t-a kapab tounin yon lévin k-ap rénouvlé sosiété nou-an. ¬ 368 

”  Pa gin pèsonn moun ki san fanmi sou tè sa-a. L’Égliz-la sé kay épi fanmi tout moun, an patikilié sa k-ap soufri-yo, sa k-ap poté chaj ki lou anpil-yo.
Jean-Paul II, Familiaris consortio

”  Si-ou vlé yon moun vîn krétyin, fè-l rété lakay-ou pandan yon ané.
S. Jean Chrysostome

 

 

KATRIYÈM CHAPIT

Lòt sélébrasion litijik-yo

272         Kisa sakramantèl yo yé ?

Sakramantèl-yo sé sign sakré oubyin jès dévosion k-ap transmèt bénédiksion l’Égliz-la. [1667-1672, 1677-1678]

Dlo bénit, bénédiksion klòch oubyin òg, bénédiksion kay oubyin machîn, koua Vandrédi Sin-an, ramo-yo, sièrj paskal-la, épi bénédiksion lè gin pélérinaj, sé kèk nan sakramantèl-yo.

273         Èské l’Égliz-la fè égzòsism ?

Chak foua l-ap fè batèm, l’Égliz-la fè sa yo rélé « ti égzòsism*-nan », sètadi priyè pou ralé batizé-a sot anba pouvoua malin-an (djab-la) épi fè-l vîn pi fò pou lité kont puisans mal-la, sa Jézu déja ranpòté viktoua sou yo-a. Gran égzòsism-nan sé yon priyè yo fè pa pouvoua otorité spirituèl Jézu bay l’Égliz-la, ki fè yo ralé yon krétyin batizé sot anba infliyans ak puisans malin-an. Sé kèk foua yo fè-l épi apré yo fîn byin égzaminé ka-a avèk prudans. [1673]

Égzòsism yo ouè nan film Hollywood (Oliroud)-yo pa gin anyin pou ouè ak égzòsism Jézu-yo oubyin sa l’Égliz-la fè-yo. Évanjil-la rakonté anpil foua Jézu té chasé démon-yo. Li té gin otorité sou puisans mal-la épi li té kapab délivré sa-k té posédé-yo. Li bay Apot* li-yo pouvoua sou éspri pa-pròp-yo, pou yo chasé yo, épi pou yo géri tout kalité maladi, ak tout kalité féblès (Mt 10,1). L’Égliz-la pa fè anyin dòt, lè yon prèt* ki résévoua otorité pou sa, di priyè égzòsism-nan sou yon moun ki mandé sa. Yon égzamin yo fè anvan doué prouvé sé pa yon ka maladi mantal (nan ka sa-a sé yon psikiat ki pou okipé késion-an). Objéktif égzòsism-nan sé délivré yon moun anba yon sitiasion ki rann li fèb mantalman épi sé délivré-l anba chinn malin-an. ¬ 90-91

?  ÉGZÒSISM. (an grèk égzòsism vlé di « mété déyò »). Sé yon priyè ki protéjé yon moun anba Malin-an oubyin ki libéré-l anba pouvoua Malin-an.

 Kontrolé tèt-nou, rét ap véyé ; ènmi nou-an, diab-la, li tankou yon lion k-ap pousé rèl, l-ap prominnin alé-vini, l-ap chèché kilès pou-l dévoré. Rézisté-l byin fèm nan lafoua ; sé pou nou konn sa, group frè nou-yo ki sou tout tè-a, sé minm kalité soufrans sa-yo y-ap soufri.
1 Piè 5,8-9

 

274         Ki inpòtans « dévosion » yo rélé « dévosion popilè-yo » ginyin ?

Dévosion popilè-a parèt nan vénérasion rélik*-yo, nan prosésion-yo, pélérinaj-yo, etc. Li fè ouè yon aspè inpòtan nan inkiltirasion lafoua-a. Sé yon bon bagay li yé si-l minnin moun-yo viv dapré l’Égliz-la, si-l kondui yo al jouinn Kris-la épi sé pa chèché y-ap chèché achté sièl-la ak sa y-ap fè-a plis pasé ak lafoua nan gras Bondié-a. [1674-1676]

”  Dévosion popilè pèp krétyin-an sé youn nan fòs nou-yo, paské li éksprimé priyè ki gin rasîn fon nan kè lèzòm. Minm moun ki yon ti jan louin l’Égliz-la, oubyin ki pa gin yon gran konpréansion lafoua-a, mòd priyè sa-yo kapab touché yo. Nou bézouin sèlman « klarifié » sans jès sa-yo, « purifié » tradision sa-yo, pou yo kapab antré nan lavi l’Égliz-la koulié-a.
Benoît XVI, 22 févriyé 2007

 

275         Èské nou kapab vénéré rélik-yo ?

Vénéré rélik*-yo fè pati bézouin moun-yo ginyin natirèlman pou yo montré réspè épi rinmin yo ginyin pou sin-yo. Vénérasion sa-a konvnab si lè yo konsidéré rinmèt sin-yo té rinmèt lavi yo bay Bondié-a, yo fè louanj pou sa Bondié li-minm réalizé nan yo. [1674]

?  RÉLIK. (an latin relictum vlé di « rès, sa ki rété-yo ») : rélik-yo sé rès kò sin-yo oubyin bagay yo té konn sèvi ak yo.

 

276         Ki sans pélérinaj-yo ginyin ?

Moun ki fè yon pélérinaj sé kòmsi l-ap « priyé » avèk pié-l épi sé ak tout kò-l, tout sink sans li-yo li pran konsians tout lavi-li sé yon chémin k-ap minnin al jouinn Bondié. [1674]

Déja nan Ansyin Téstaman*-an, pèp Israèl-la té konn al an pélérinaj nan Tanp Jéruzalèm-nan. Krétyin-yo réprann tradision sa-a. Konsa, sitou nan tan yo rélé Mouayin-Aj-la, gin tout kalité pélérinaj yo té konn òganizé pou al nan Tè Sint-la, Jéruzalèm, épi Ròm sou tonb Apot-yo épi Sin Jak nan Konpostèl (Éspagn). Yo té fè sa pou diféran rézon, an jénéral sé té pou fè pénitans, min pafoua té gin fo-lidé nan tèt moun-yo kòmsi mòtifié y-ap mòtifié tèt yo nan aksion sa-yo t-a fè yo vîn kòrèk otomatikman dévan Bondié. Jodi-a vîn gin gou pou pélérinaj-yo tout bon. Anpil fi ak gason ap chèché lapè ak fòs yo jouinn nan koté ki sin-yo. Yo bouké viv nan izòlman, yo vlé soti nan routîn lavi chak jou-a, yo vlé libéré-yo anba sa yo posédé yo pa bézouin, épi yo vlé maché al jouinn Bondié.

 Mouin kontan, lè yo té di-m : « Nan kay Granmèt la n-apralé ».      Pié-nou déja kanpé nan pòt ou yo, Jéruzalèm.
Psòm 122,1-2

”  Chémin Bondié-a sé chémin li té maché ladan yo-a épi nou doué pran, nou minm tou, kounié-a ansanm avèk li.
Dietrich Bonhoeffer

 

277         Kisa yon chémin-d-koua yé ?

Suiv Jézu k-ap poté koua-l la jous sou mòn Kalvè-a, antan n-ap kontanplé-l épi n-ap priyé-l atravè katòz stasion-yo, sé yon fòm priyè ki la lontan anpil nan l’Égliz-la, yo fè-l sitou nan tan Karèm épi Sémèn Sint. [1674-1675]

Min katòz stasion chémin-d-koua-a :

  1. Yo kondané Jézu a-mò
  2. Yo mété koua-a sou do Jézu.
  3. Jézu tonbé yon prémié foua.
  4. Jézu rankontré Manman-l.
  5. Simon Sirénéyin-an édé Jézu poté koua-a.
  6. Véronik suiyé figi Jézu.
  7. Jézu tonbé yon dézièm foua.
  8. Jézu rankontré médam Jéruzalèm-yo.
  9. Jézu tonbé yon touazièm foua.
  10. Yo rétiré rad Jézu sou li.
  11. Yo klouré Jézu sou koua-a.
  12. Jézu mouri sou koua-a.
  13. Yo désann Jézu sot sou koua-a.
  14. Yo antéré Jézu.

”  Koua Granmèt-la anbrasé tout tè-a. Chémin-d-koua li-a travèsé ni kontinan-yo ni tan-yo. Lè n-ap fè chémin-d-koua-a nou pa kapab sinp spéktatè. Nou minm tou n-ap patisipé ladan-l épi nou doué chèché nan ki plas nou yé. Ki koté nou yé ladan-l ?
Benoît XVI, 14 avril 2006

”  Koua-ou la. Sajès san limit-la té pansé ofri-ou koua sa-a dépi tout étènité tankou yon kado ki gin anpil valè. Koua sa-a, anvan-l té ba ou-l, li té ouè-l ak jé-l ki konn tout bagay-la, li té pansé-l ak intèlijans Bondié-l la, li té égzaminé-l ak dousè jistis li-a, li té rantré ladan-l ak dousè mizérikòd li-a. Apré sa, ak min-l, li té méziré-l pou-l ouè si-l pa t-a trò gran, li pézé-l pou-l ouè si-l pa t-a trò lou. Épi li béni-l nan non-l ki sitèlman sin-an, li ba-l yon onksion ak luil gras li-a, li ranpli-l ak konsolasion-l nan. Apré li té kalkilé kouraj-ou, épi min li ki sot nan sièl ap vîn jouinn ou tankou yon kado Bondié ki bon-an, tankou yon kado mizérikòd rinmin-l nan.
S. François de Sales

 

278         Ki karaktéristik finéray krétyin-yo ginyin ?

Finéray krétyin-an sé yon jès charité kominoté krétyin-an fè pou manb-li ki mouri-yo. Yo éksprimé chagrin fanmi-an poutèt défin-an, min yo doué toujou montré lafoua nan réziréksion-an ki fè nou ouè lanmò krétyin-an gin yon karaktè paskal, sé yon pasaj li yé. Nou mouri nan Jézu-Kri pou nou kapab fété avèk li nan Réziréksion-an. [1686-1690]

”  Lanmò-a pa séparé nou youn dé lòt ditou, paské sé minm chémin-an n-ap suiv épi nou tout ap vîn rankontré minm koté-a.
S. Syméon le Thessalonicien (+1429, téolojyin épi mistik)
 


 Kontinué li rès Youcat-la

MEH 24 mai 2022

© NDPSHAITI.ORG