Lundi29Avril5ème Semaine de Pâques
Sainte Catherine de Sienne
White Mémoire Obligatoire

RGibbeuse décroissante
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

 

Louanges Mariales en Français (Faites grandir le Christ en nos coeurs)

Hymne Acathiste en Créole - Textes 

Hymne Acathiste en Créole - Partitions


 

AUTRES CHANTS:

 

1) NOU SALYE OU MANMAN NOTREDAM

Nou salye ou, Manman Notredam,
Manman Jezi ki sove-n,
Manman Delivrans ou ye.
Nou salye ou, Manman Notredam,
Manman ki toujou pote-n sekou.

1 Manman ki rèn nan syèl la,
Manman ki plen pouvwa,
Manman ki gen kè sansib
Pou tout pitit li yo.

2 Manman k'ap veye sou nou,
Manman ki toujou la,
Manman k'toujou ap pran swen-n
Lajounen tankou lannwit.

3 Manman ki konsole nou
Lè nou gen dlo nan je
Nan lapenn, nan lasoufrans
Ou toujou soutni nou.

4 Manman ki pran defans nou
Lè yo vle fè-n abi
Ou pa vle pouvwa yo a
Sèvi pou kraze lòt.

5 Ou te toujou zanmi pòv
E se pòv ou te ye.
Ou pa t'janm nan gran panpan.
Bondye leve ou anlè.

6 Ou toujou devwe pou nou,
Ou renmen pèp ayisyen.
Pou tout vewòl fin’ detwi,
W ap toujou fè dilijans.

 

2) SE MANMAN MARI RÈN SYÈL LA K’AP OUVRI WOUT POU NOU

1 Se Manman Mari Rèn syèl k’ap’ouvri wout pou nou.
Nou pa bezwen pè. menm si n'ap’soufri men yon jou n'a delivre.
Pèpètyèl Sekou, se bon Manman tout pèp ayisyen
L'ap travay ak nou, l'ap pote n'sekou, nou pa bezwen pè.

Wi, ou bèl Manman Mari. Wi, ou bèl Manman Bondye.
Ala ou bèl Manman Legliz ! Ala ou bèl Rèn kè poze !
Lapriyè pou Ayiti. Lapriyè pou Legliz la.
Aprann nou fè yon sèl, paske se konsa n'a gen kè poze.

2 Se Manman Mari Rèn syèl la k'ap louvri wout pou nou
Nou pa bezwen pè menm si n'ap kriye, men yon jou n'a konsole.
Pèpètyèl Sekou, se bon Manman tout pèp Ayisyen.
L'ap travay ak nou, l'ap rekonsilye-n pou nou konsole.

3 Se Manman Mari, Rèn syèl la k’ap louvri wout pou nou.
Nou pa bezwen pè satan dechennen, men Jezi Kri sove nou
Pèpetyèl Sekou, se bon manman tout pèp ayisyen ;
L’ap konbat pou nou ; l’ap fè nou sonje Jezi sove nou.

 

3)    VIV MANMAN NOTREDAM

Viv Manman Notredam,
Manman pèp ayisyen !
Espwa nèg ak nègès,
Nou vin fè ou konpliman.

[Dènye pèp sou latè ap chante pou ou,
Ap danse pou ou, bat bravo pou ou.]

1 Mari, se Rèn lakay nou ou ye.
Bèl kouròn ou sou tèt ou.
Manman se ou k'ap’veye sou nou.
Toujou kanpe avèk nou.

2 Mari, se ou ki avoka nou.
Se ou k'ap defann kòz nou.
Manman, soufrans nou se soufrans ou.
Toujou suiye dlo nan je-n.

3 Mari se ou menm ki modèl nou.
Mete nou nan bon chemen.
Manman kenbe-n, rale-n nan wòb ou.
Fè n’ret dosil sou bra ou.

4 Mari se ou ki rèn Legliz la.
Manman Kò Kris la ou ye
Manman se ou ki rèn nan syèl la.
Fè n'aprann konte sou ou.

 

4) VIERGE MARIE, NOTRE DAME DU PERPETUEL SECOURS 

Vierge Marie, Notre Dame du Perpétuel Secours.
Vierge d'Haïti, veille sur tes enfants.
Vierge Marie, Notre Dame du Perpétuel Secours.
Vierge d'Haïti, veille sur nous !

1 Tous tes enfants ont les yeux levés vers toi,
Attendant une main secourable
Et tous les cœurs pleins de reconnaissance
Viennent vers toi avec des chants de joie

2 Le soleil brille dans un ciel grand et tout bleu,
Sur cette terre recouverte de fleurs
Mais tes enfants ont grand besoin de toi
Pour que la paix revienne dans leurs cœurs.

3 Comme l'eau claire que l'on remonte du puits
Comme la brise qui revient chaque soir
Bonne maman, pose ta main sur nous.
Protège-nous et donne-nous la paix.