Mardi14Mai7ème Semaine de Pâques
Saint Matthias
Red Fête

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-05 DIMANCH RAMO - OSIJÈ SOUFRANS GRANMÈT LA

Indikasion Dékrè-a pou jou sa-a nan ané 2020 :

Komémorasion Antré Granmèt la nan Jéruzalèm sé pou yo sélébré-l anndan kay sakré-a ; nan Katédral yo, sé pou yo sèvi ak dézièm fòm yo prévoua nan Misèl Romin-an ; nan Parouas yo ak lòt koté yo, ak touazièm fòm nan.

Indikasion CEH (Konférans Évèk Ayiti yo) pou jou sa-a nan ané 2020 :

Avec prudence et en respectant les consignes sanitaires, les pasteurs peuvent faire distribuer des rameaux bénis dans les familles, si possible.


Isit la nou mété touazièm fòm nan ki prévoua nan Misèl Romin-an lè pa gin asistans pèp la.
Nou ajouté tout kòmantè ak tèks biblik yo épi priyè fidèl yo ansanm ak priyè Sélébran-an ap fè yo pou soutni lapriyè nou nan fanmi yo oubyin pou kont nou. Nou adapté kòmantè Kominoté Sint Mari té préparé dépi 1989 ki byin itil nou kounié-a nan tan difisil sa-a.
Nou mété kèk chanté ki nan N-ap réglé tout bagay an chantan, épi prèch Mgr F. Colimon té préparé pou jou sa-a. 

 

ANVAN MÈS LA KÒMANSÉ

PRÉZANTASION :   Nou pa kapab séparé Koua-a ak Viktoua Jézu-Kri-a ! Sé sa nou pral ouè nan sérémoni jodi-a. Sé sa nou ouè nan lavi Jézu-Kri, sé sa nou ouè nan lavi pa nou tou. Mistè Jézu-Kri, sé mistè Jézu-Kri ki soufri, ki mouri, min ki lévé vivan byin vivan é ki monté nan sièl koté Li chita adouat Papa-a. Kèk jou avan-L té mouri, Jézu-Kri té rantré tankou yon roua nan péyi Jéruzalèm. Minm pèp Juif-la ki t-ap fè louanj pou Li ak ramo, ak branch boua nan min yo pou yo té rélé “Viv” pou Li, sé minm pèp sa-a ki rélé tou “Klouré Li sou Koua-a”.
                        Jéruzalèm sé péyi ki sin-an. Jéruzalèm réprézanté sièl-la pou nou. Sé la nou pralé dépi nou maché dèyè Jézu-Kri.
                        Nan sérémoni viktoua sa-a n-ap sélébré jodi-a pou louvri Sèmèn Sint la, n-ap proklamé nou trionfé avèk Koua Jézu-Kri ! Jodi-a nou pral tandé tout soufrans Jézu-Kri, nou pral soufri avèk Jézu-Kri. Min sé pa yon éskandal, sé pa poutèt nou fou n-ap viv anba lonbraj koua Jézu-Kri-a, sé paské nou sètin, sé nan rout sièl-la nou yé.
                        Kounié-a nou nan kè kontan nèt, n-ap monté Jéruzalèm avèk Jézu-Kri, si nou pa gin ramo nan min nou, nou sonjé sé kè-nou ak bon aksion nou yo ki doué sèvi tapi ak bèl antré pou li kapab pasé épi pou nou antré ansanm avèk li. N-ap fè louanj pou Jézu-Kri, Li-minm sèl ki Sin.
--“Granmèt la Sin”-- Psòm 99 : N-ap réglé, p. 76.

Granmèt la sin o
Li sin o
Li sin o.
1 - 
      Granmèt la roua o, tout pèp yo sézi o
            Koté-l chita o, sé limiè k-kléré o
            Tè-a tranblé o, nan Sion li gran o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

2 -        Plas li anlè o, anro tèt tout pèp o
            Fò yo chanté o, pou non li ki gran o
            Sé li ki sin o, sé li minm ki fò o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

3 -        Sé ou ki roua o, ki rinmin mét lòd o
            Ou fè sa-k douat o, ou fè sa-k kòrèk o
            Nan ras Jakòb o, sé ou k-ap aji o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

4 -        Viv Granmèt la o, li-k Bondié pou nou o
            Fò-n adoré-l o, sou mach éskalié-l o
            Sé li ki sin o, li minm ki apa o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

5 -        Pami prèt li o, Moyiz, Aaron o
            Avèk Samuèl o, lè yo rélé non-l o
            Yo di “Granmèt” o, li minm li réponn o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

6 -        Nan yon touf niaj o, ak yo li palé o
            Yo konsèvé o, téstaman li fè o
            Ak kòmandman o, li minm li rémèt o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

7 -        Bondié Granmèt o, ou ba yo répons o
            Ou té montré o, ou konn padonnin o
            Min mal yo fè o, sé ou-k korijé-l o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

8 -        Viv Granmèt la o, li-k Bondié pou nou o
            Fò-n adoré-l o, sou mònn li k-apa o
            Granmèt la sin o, li-k Bondié pou nou o
            Granmèt la sin o, sé li minm ki sin o.

« Konpliman pou sa-a k-ap vini o non Granmèt la »

Ané A:

 Léktu sint Évanjil la dapré Matié                                                         21, 1-11

Kòm yo t-ap proché Jéruzalèm
épi yo té rivé Bétfajé sou mòn Olivié yo,
lè sa-a Jézu voyé dé disip, li di yo:
« Alé nan bouk la, ki an fas nou-an,
tou-suit n-ap jouinn yon bourik ki maré,
ak ti pitit la bò koté-l:
Lagé-l, épi minnin-l ban mouin,
épi si yon moun di nou kichòy,
di: « Granmèt la ki bézouin yo »,
épi minm lè-a l-ap kité yo.
Bagay sa-a rivé
pou sa yo té di pa lintèmédiè profèt la akonpli:
« Di fi Siyon-an:
« Min Roua-ou la ap vîn koté-ou,
tou dou, épi chita sou yon bourik,
ak sou yon ti pitit bèt chaj ».
Antan disip yo alé vré, yo fè jan Jézu té pasé yo lòd la,
yo minnin bourik-la ak ti pitit la,
épi yo pozé rad yo sou yo,
épi yo fè-l chita sou li.
Anpil foul té ranjé rad yo atè sou rout la;
dòt minm t-ap kasé branch nan pié boua yo,
épi yo t-ap ranjé atè-a;
foul yo minm, ki t-ap maché dévan yo épi ki t-ap suiv yo,
yo t-ap rélé byin fò, antan y-ap di:
« Ozana pou pitit David la;
konpliman pou sa-a k-ap vini o non Granmèt la;
Ozana nan rotè ki anlè nèt yo ».
Lè l-ap antré Jéruzalèm
tout vil la nèt boulvèsé, l-ap di:
« Kilès sa-a »?
Pèp yo minm t-ap di:
« Sa-a sé Jézu profèt ki soti Nazarèt Galilé-a ».

Paròl Granmèt la. 

INVITASION: An nou chanté louanj Bondié minm jan avèk foul moun yo lè Jézu t-ap antré Jéruzalèm. Poutèt péché, pòt Kay Bondié fé fèmin pou nou. Sé Jézu ki vîn louvri-l avèk Klé pa-l, é Klé sa-a, sé Koua-a.
--“Sé pa ti kontan”-- N-ap réglé, p. 218; “Psòm 122”, p. 100. 

Sé pa ti kontan kè mouin kontan
Lè yo di-m konsa mouin pral lakay Papa Bondié. (bis)

1- Talè n-a rivé, bravo pou sa
    Dévan pòtay Papa Bondié. (bis)

2- Sé la-a sèl, n-a jouinn lafrèch
    Lakay Bondié, bravo pou sa. (bis)

3- Ala dousè pou nou, lè Papa Bondié minm
    Vini louvri pòt la pou nou. (bis)

4- Nan Paradi-a, n-a kontan san rété
    An nou rélé bravo pou sa. (bis)

Psòm 122

Kè-m kontan m-ap joui lè mouin tandé
An al lakay Granmèt nou-an
Min-m déja rivé, min pié-m kanpé
Dévan pòtay Jéruzalèm.

1 - Kè mouin kontan m-ap joui lè yo vîn di-m
      An al nan diréksion kay Granmèt la
      Min nou déja rivé pié nou kanpé
      Dévan pòtay lavil Jéruzalèm.

2 - Jéruzalèm bati tankou yon vil
      Tou sa ki rét ladann fè yon sèl kò
      Sé la, ras Granmèt la apé monté
      Sélon lòd Izraèl pou yo fété-l.

3 - Sé la, yo instalé kay gouvènman
      Pou mét tout moun sou lòd nan ras David
      Sé pou Jéruzalèm gin kè pozé
      Sé pou tou sa-k rinmin-l yo byin trankil.

4 - Fò kè tout moun pozé nan vil ou-a
      Fò kè yo tout trankil nan palè-ou yo
      Pou frè-m avèk zanmi-m m-ap lapriyè
      M-ap mandé pou Bondié fè kè ou pozé.

5 - Pou ras Granmèt nou-an li ki Bondié-n
      M-ap mandé pou-ou kab jouinn tou sa-ou bézouin
      Louanj pou Granmèt nou-an gras a Jézu
      Louanj nan Léspri Jézu tout tan gin tan.


NAN MÈS LA

Touazièm fòm: Antré sinp

  1. Nan Mès ki pa gin asistans pèp la ak nan lòt Mès yo pa kapab chanté antré-a, kon prèt la fîn rivé bò lotèl la, li fîn anbrasé-l, li salué […], li li réfrin antré-a, épi li kontinué Mès la kòm dòdinè.
  2. Réf. pou antré Cf. Jn 12, 1.12-13; Ps 23, 9-10

Sis jou anvan gran fèt Pak la,
lè Granmèt la rivé nan vil Jéruzalèm nan,
timoun yo vîn rankontré-l;
yo t-ap poté ramo palm yo nan min yo,
yo t-ap rélé byin fò ak tout voua yo, antan yo t-ap di:
* Ozana nan rotè sièl yo;
konpliman pou ou, ki vini nan tout pakèt mizérikòd ou-a.
Lévé tèt nou, pòtay yo,
épi lévé, pòtay tout tan yo,
épi l-ap antré, roua gloua-a.
Kilès pèsonaj sa-a Roua gloua-a?
Granmèt lamé yo sé li minm ki Roua gloua-a.
* Ozana nan rotè sièl yo:
Konpliman pou ou ki vini nan tout pakèt mizérikòd ou-a.

  1. […] prèt la kòmansé Mès la avèk priyè-a
  2. • Priyè

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki té fè Sovè nou-an pran chè épi sibi koua-a pou ras moun nan,
pou-l imité égzanp imilité,
fè nou favè ak bon kè-ou,
pou nou mérité jouinn anségnman pasians li,
épi patisipé nan réziréksion-l. 
Li minm ki vivan é ki roua ansanm avèk ou.

PRÉMIÉ LÉKTU :    Sé Bondié sèl ki kapab fè nou trionfé anba éprèv lavi-a paské sé Li-minm ki sèl éspoua nou

Prémié léktu

Mouin pa kaché fas mouin bay moun yo k-ap maltrété-m yo,
 min mouin konnin mouin pap ront (Touazièm chan Sèvitè Granmèt la).

Léktu liv profèt Izayi                                                                                                 50, 4-7

      Granmèt la ban-m yon lang ki gin konésans, pou-m kapab soutni ak paròl moun ki bouké-a. Dépi granmatin, li révéyé, granmatin li révéyé zòrèy mouin, pou-m kouté tankou sé yon mèt k-ap palé. Granmèt Bondié louvri zòrèy mouin.
      Mouin minm mouin pa fè rébèl ; mouin pa rékilé dèyè. Mouin rinmèt kò-m bay moun yo k-ap frapé-m nan, mouin rinmèt figi-m bay moun yo k-ap mété voual sou mouin-an ; mouin pa kaché fas mouin bay moun yo k-ap maltrété-m nan, k-ap kraché sou mouin-an.
      Granmèt Bondié-a ap poté-m sékou, sé pousa mouin pa ront. Sé pousa mouin fè fas mouin tankou ròch ki pi di-a, mouin konnin mouin pap ront.

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                                    Ps 21 8-9. 17-18 a. 19-20. 23-24 (R/. 2 a)

      R/. Bondié, Bondié mouin, pou ki sa ou lagé-m ?

8     Tout moun ki ouè-m yo pasé-m nan jouèt ;
      yo tiré lang, yo souké tèt :
     « Li té éspéré nan Granmèt la, sé pou-l délivré-l ;
      sé pou-l sové-l, paské li rinmin-l ».   R/.

17   Sèké anpil chyin sènin-m,
      yon bann moun méchan fè lavironn mouin.
      Yo pèsé min-m ak pié-m,
18   yo konté tout zo mouin yo.   R/.

19   Yo séparé rad mouin yo antré yo,
      yo tiré manto-m nan osò.
20   Ou minm, Granmèt, pa rét louin,
      fòs mouin, fè vit vîn édé mouin.   R/.

23   M-ap rakonté non-ou bay frè mouin yo,
      nan mitan asanblé-a m-ap fè louanj ou.
24   Nou minm ki krinn Granmèt la, sé pou nou fè louanj li,
      tout ras Jakòb, déklaré gloua li,
      sé pou tout ras Israèl krinn li.   R/.

DÉZIÈM LÉKTU :    Jézu vîn montré nou véritab chémin gloua li-a, sé aksépté soufri avèk li pou nou sové lèzòm avèk li.

Dézièm léktu

Li imilié tèt li : sé pousa Bondié lévé-l anlè.

Léktu lèt apot sin Pòl pou Filipyin yo                                                                    2, 6-11

      Kris Jézu, malgré sé sa Bondié yé-a li yé, li pa konsidéré rét égal ak Bondié-a tankou yon bagay pou-l kinbé pou li sèl, min li fè pròp tèt li vîn pa anyin, antan li pran natu ésklav, li vîn sanblé ak lézòm, yo rékonèt li tankou moun. Li imilié tèt li, antan li obéyi jous nan lanmò, épi lanmò lakoua.
      Sé pousa Bondié lévé-l anlè, li ba-l non ki anlè tout non, pou o non Jézu sa-a, tout jénou bésé nan sièl, sou tè, ak anba tè, épi tout lang déklaré Jézu-Kri sé Granmèt, nan gloua Bondié Papa-a.

      Paròl Granmèt la.

Vèsè anvan Évanjil la                                                                                              Fil 2, 8-9

Kris la obéyi pou nou
jous nan lanmò, épi lanmò lakoua.
Sé pousa Bondié lévé-l anlè,
li ba-l non, ki anlè tout non-an.

  1. Istoua Soufrans Granmèt la, yo li-l san chandèl, épi san ansan, san salitasion ak sign koua sou liv la. Sé yon diak ki li-l, oubyin, si pa ginyin, sé prèt la. Léktè yo tou kapab li-l, pati Kris la, si sa kapab, sé pou-l rézèvé pou prèt la.
    Diak yo, min pa lòt moun yo, anvan chanté Soufrans la, yo mandé bénédiksion prèt la, tankou lòt koté anvan Évanjil la.

Évanjil

Ané A   Kliké la-a pou nou jouinn tèks Évanjil Soufrans Granmèt la ak nòt mizik.

Soufrans Granmèt nou Jézu-Kri dapré Matié                                          26, 14-27, 66 

Ki sa nou vlé ban mouin, m-ap rinmèt li ba nou ?

      Lè sa-a : Youn nan douz yo, sa yo té rélé Juda Iskariòt la, l-al kot chèf prèt yo, li di yo : « Ki sa nou vlé ban mouin, m-ap rinmèt li ba nou ? » Yo minm yo ranjé avèk li pou trant piès lajan. Dépi lè sa-a li t-ap chèché yon okazion pou-l rinmèt li.

Koté ou vlé nou paré Pak la pou ou ?

      Prémié jou Azim yo, disip yo proché kot Jézu, yo di : « Koté ou vlé nou paré pou ou pou nou manjé Pak la ? »
      Jézu minm di : « Alé nan vil la kot intèl, di-l : “Mèt la di : Lè-m nan tou pré : sé lakay ou m-ap fè Pak la avèk disip mouin yo” ».  Disip yo fè jan Jézu té pasé yo lòd la, yo paré Pak la.

Youn nan nou ap bay mouin.

      Lè asouè rivé, li té atablé avèk douz disip li yo. Pandan yo t-ap manjé, li di : « Amèn mouin di nou gin youn nan nou k-ap bay mouin ».
      Yo vîn chagrin anpil, yo chak yo kòmansé ap di : « Èské sé mouin, Granmèt ? »
      Li minm li réponn, li di : « Sa-a ki plonjé min-l ansanm ak mouin nan plat la, sé li minm k-ap bay mouin. Pitit moun nan apralé, jan yo ékri sou li-a ; min ala malè pou moun sa-a ki sèvi lantrémiz pou yo bay Pitit moun nan ! li t-a pi bon pou li, si-l pa-t janm fèt ».
      Juda minm réponn, li minm ki té bay li-a, li di : « Èské sé mouin, Rabi ? »
      Li di : « Ou di-l ».

Sa-a sé Kò mouin, sa-a sé San mouin.

      Pandan y-ap manjé, Jézu pran pin, li béni, li kasé, li bay disip li yo, li di : « Pran, manjé : sa-a sé Kò mouin ». Li pran kalis la, li rann gras, li ba yo, li di : « Bouè ladan-l, nou tout ; sa-a sé San-m pou nouvo kontra-a, ki vidé pou anpil moun pou padon péché yo. Mouin di nou : Mouin pap bouè nan foui pié rézin sa-a ankò, jous nan jou sa-a, lè m-a bouè-l avèk nou tou nouvo nan péyi-roua Papa-m nan ».
      Lè yo fîn di kantik la, yo soti al nan mòn pié Oliv yo.

M-ap frapé gadyin-an, bann mouton yo ap gayé.

      Lè sa-a atò Jézu di yo : « Nou tout n-ap skandalizé poutèt mouin nan nuit sa-a ; paské yo té ékri : “M-ap frapé gadyin-an, bann mouton yo ap gayé”. Min apré-m fîn résisité, m-ap pran dévan nou nan Galilé ».
      Piè pran laparòl, li di : « Minm si tout moun skandalizé poutèt ou, mouin minm minm mouin pap janm skandalizé ».
      Min Jézu di-l : « Amèn mouin di-ou nan nuit sa-a minm, anvan kòk la chanté, ou-ap réfizé rékonèt mouin toua foua ».
      Min Piè di-l : « Minm si mouin gin pou-m mouri avèk ou, mouin pap réfizé rékonèt ou ». Tout disip yo di minm jan tou.

Li kòmansé pran chagrin ak lapinn.

      Lè sa-a Jézu rivé avèk yo nan abitasion yo rélé Jétsémani, li di disip li yo : « Rété isit la, pandan m-apral laba-a pou-m lapriyè ». Li pran Piè ak dé pitit Zébédé yo, li kòmansé vîn gin chagrin ak lapinn. Lè sa-a li di yo : « Nanm mouin gin chagrin pou-m mouri : rété isit la, véyé avèk mouin ».
      Li avansé yon ti kras, li tonbé sou fas li, li pran lapriyè, li di : « Papa mouin, si sa posib, fè kalis sa-a pasé louin-m ; sèlman sé pa jan-m vlé-a, sé jan ou minm ou vlé ».
      Li rivé kot disip li yo, li jouinn yo ap dòmi, li di Piè : « Konsa nou pa-t kapab véyé inèd-tan avèk mouin ; véyé, lapriyè, pou nou pa antré nan tantasion. Léspri-a vif, min chè-a fèb ».
      Yon lòt foua ankò, l-alé, li lapriyè, li di : « Papa mouin, si kalis sa-a pa kapab pasé, san mouin pa bouè-l, sé pou volonté-ou fèt ». Li vini ankò, li jouinn yo ap dòmi (sèké jé yo té lou) li kité yo, l-alé ankò, li lapriyè pou touazièm foua-a, antan l-ap di minm paròl la. Lè sa-a atò, li rivé kot disip li yo, li di yo : « Nou mèt dòmi atò, nou mét répozé : min lè-a ap proché, pou yo bay mouin-an, y-ap rinmèt Pitit moun nan nan min péchè yo. Lévé, an n-alé, min l-ap proché sa k-ap rinmèt mouin-an ».

Yo mét min sou Jézu, yo sézi-l.

      Pandan l-ap palé toujou, min Juda, youn nan douz yo, ki rivé, avèk li té gin yon pakèt foul avèk épé avèk baton, sé chèf prèt yo ak ansyin pèp yo ki té voyé yo. Sa-a minm ki t-ap bay li-a, li té ba yo yon sign, li té di : « Sa-a m-ap bo-a, sé li minm, kinbé-l ». Minm lè-a, li proché kot Jézu, li di : « Salu, Rabi ». Li bo-l.
      Jézu di-l : « Zanmi, sa-ou vîn fè ? » Lè sa-a atò, yo proché, yo mét min sou Jézu, yo kinbé-l.
      Min youn nan sa yo ki té avèk Jézu yo, li lonjé min-l, li soti épé-l, li frapé sèvitè chèf prèt la, li koupé zòrèy li. Lè sa-a Jézu di-l : « Rinmèt épé-ou nan plas li ; sèké tout moun k-ap pran épé, y-ap péri ak épé. Oubyin èské-ou kouè, mouin pa kapab lapriyè Papa-m, pou-l voyé plis pasé douz batayon anj pou mouin ? Min kijan pou sa-k ékri yo réalizé, paské sé konsa-l doué fèt ? »
      Lè sa-a Jézu di foul yo : « Tankou pou yon asasin, nou soti avèk épé avèk baton, pou nou arété-m : chak jou mouin té chita lakay nou, m-ap bay ansègnman nan tanp la, min nou pa-t kinbé-m ». Min tou sa rivé, pou sa profèt yo ékri-a té kapab réalizé. Lè sa-a tout disip yo kité-l, yo sové kò yo.

N-ap ouè Pitit Moun nan chita adouat pouvoua Bondié-a.

      Yo minm yo kinbé Jézu, yo kondui-l kot Kayif, chèf prèt yo, koté profésè yo ak ansyin yo té rasanblé. Piè minm t-ap suiv li dé louin jous nan lakou chèf prèt yo, li antré anndan, li chita avèk sèvitè yo, pou-l ouè kijan sa ap fini.
      Chèf prèt yo ak tout tribinal la t-ap chèché fo-témouin kont Jézu, pou yo fè-l mouri, min yo pa jouinn, malgré anpil fo-témouin té proché. Alafin gin dé fo-témouin ki rivé, yo di : « Sa-a té di : “Mouin kapab krazé Tanp Bondié-a, apré toua jou m-ap rébati-l” ».
      Chèf prèt yo lévé, li di-l : « Ou pa réponn anyin nan bagay sa yo ap témouagné kont ou-a ? » Jézu minm té pé bouch li. Chèf prèt yo di-l : « Mouin pasé-ou lòd o non Bondié vivan-an, pou-ou di nou si-ou sé Kris, Pitit Bondié ».
      Jézu di-l : « Ou di-l ; réyèlman, mouin di nou, nan yon ti moman n-ap ouè Pitit moun nan ki chita adouat pouvoua Bondié-a, k-ap vini nan niaj sièl yo ».
      Lè sa-a atò chèf prèt yo chiré rad li yo, li di : « Li blasfémé : ki témouagnaj nou bézouin ankò ? Min koulié-a nou tandé blasfèm nan : ki sa nou di nan sa ? » Yo minm yo réponn, yo di : « Li mérité lanmò ».
      Lè sa-a yo kraché nan figi-l, yo frapé-l ak kout-pouin, ginyin minm ki ba-l souflèt nan figi-l, y-ap di : « Profétizé pou nou, Kris, kilès ki frapé-ou la ? »

Anvan kòk la chanté, ou-ap nié-m toua foua.

      Piè minm té chita déyò nan lakou-a, yon sèvant proché koté-l, li di : « Ou minm tou, ou té avèk Jézu moun Galilé-a ».
      Li minm minm, li nié dévan tout moun, li di : « Mouin pa konnin ki sa ou-ap di-a ».

      Pandan l-ap soti nan bariè-a, yon lòt sèvant ouè-l, li di moun yo ki té la-a : « Sa-a tou té avèk Jézu moun Nazarèt la ».
      Li nié ankò avèk sèman : « Mouin pa rékonèt mésié-a ».
      Apré yon ti moman, moun yo ki té kanpé la-a, yo proché, yo di Piè : « Sé vré, ou minm tou ou té avèk yo ; sèké ata fason ou-ap palé-a fè ouè ou té avèk yo vré ».
      Lè sa-a atò, li kòmansé pran Bondié pou témouin, li fè sèman li pa-t konnin mésié-a, minm lè-a yon kòk chanté. Piè sonjé paròl Jézu té di-a : « Anvan kòk la chanté, ou-ap nié-m toua foua ». Li soti déyò, li kriyé avèk gro lapinn.

Yo rinmèt Jézu bay Pons Pilat, préfè-a.

      Lè matin rivé, tout chèf prèt yo ak ansyin pèp yo fè konplo kont Jézu, pou yo rinmèt li bay lanmò. Yo kondui-l tou maré, yo rinmèt li bay Pons Pilat, préfè-a.

Nou pa gin doua lagé-l nan trézò sakré yo, paské sé pri san li yé.

      Lè sa-a atò, Juda, sa-a ki té trayi-l la, li ouè yo té kondané-l, li vîn gin rémò, li poté trant piès lajan yo rinmèt chèf prèt yo ak ansyin yo, li di : « Mouin fè péché, antan-m rinmèt yon san ki kòrèk ».
      Min yo minm yo di : « Ki sa sa fè nou ? ou minm ki pou ouè ». Li voyé lajan yo jété nan Tanp la, li pati, l-al pann tèt li ak yon kòd.
      Chèf prèt yo minm, yo pran lajan yo, yo di : « Nou pa gin doua mété-l nan trézò sakré yo, paské sé pri san li yé ». Yo fè réyinion, ak lajan-an yo achté yon jadin moun ki konn fè krich pou yo antéré étranjé yo. Sé pousa yo rélé jadin sa-a : « Akèldama », sa vlé di « Jadin san », jous jodi-a.
      Lè sa-a atò, sa profèt Jérémi té di-a akonpli : « Yo pran trant piès lajan, yo konté pri-a, pri sa-a pitit Israèl yo bay pou mouin-an ; yo bay yo pou jadin fig la, jan Granmèt la té pasé-m lòd la ».

Ou sé roua Juif yo ?

      Jézu minm té kanpé dévan préfè-a, préfè-a pozé-l késion, li di : « Ou sé roua Juif yo ? »
      Jézu di-l : « Ou di-l ». Pandan chèf prèt yo ak ansyin yo t-ap akizé-l, li pa réponn anyin.
      Lè sa-a atò Pilat di-l : « Ou pa tandé tout kalité témouagnaj y-ap déklaré kont ou ? » Li pa réponn li okinn paròl, atèl pouin préfè-a té sézi anpil.
      Min alokazion gran jou fèt la, préfè-a té konn lagé yon prizonié bay pèp la, sa yo té konn vlé-a. Lè sa-a té gin yon prizonié ki té fè gran koz, yo té rélé-l Barabas. Lè yo rasanblé, Pilat di : « Kilès nou vlé pou-m lagé ba nou, Barabas oubyin Jézu, sa-a yo rélé Kris la ? » Li té byin konnin sé poutèt jalouzi yo té bay li.
      Pandan li té chita dévan tribinal la, madanm li voyé koté-l, li di : « Pînga gin anyin ant ou minm ak mésié sa-a ki kòrèk la ; sèké mouin soufri anpil jodi-a nan vizion poutèt li ».
      Chèf prèt yo minm avèk ansyin yo t-ap pousé pèp la pou yo mandé Barabas, min pou yo touyé Jézu. Préfè-a minm pran laparòl, li di yo : « Kilès nou vlé pou yo lagé nan yo dé-a ? »
      Yo minm yo di : « Barabas ».
      Pilat di yo : « Ébyin kisa pou-m fè ak Jézu, sa yo rélé Kris la ? »
      Yo tout yo di : « Sé pou yo klouré-l sou koua ».
      Préfè-a di yo : « Ki sa-l fè ki mal ? »
      Yo minm yo t-ap rélé pi rèd, yo t-ap di : « Sé pou yo klouré-l sou koua ».
      Lè Pilat ouè li pa t-ap gin okinn siksè, min sé dézòd ki t-ap fèt pi plis, li pran dlo, li lavé min-l dévan pèp la, li di : « Mouin inosan nan san mésié sa-a ki kòrèk la ; nou minm ki pou ouè ».
      Tout pèp la réponn, li di : « Sé pou san-l sou nou ak sou pitit nou yo ». Lè sa-a atò, li lagé Barabas ba yo, Jézu minm li rinmèt li ba yo lè yo fîn bat li, pou yo klouré-l sou koua.

Salu, roua Juif yo.

      Lè sa-a atò, sòlda préfè yo pran Jézu nan palè-a, yo rasanblé tout gad yo koté-l. Yo ouété rad li, yo abiyé-l ak yon manto rouj, yo trésé yon kouròn ak pikan, yo pozé sou tèt li, yo mét yon rozo nan min douat li ; yo fè jénifléksion dévan-l, y-ap pasé-l nan jouèt, y-ap di : « Salu, roua Juif yo ». Yo kraché sou li, yo pran rozo-a, y-ap frapé tèt li. Lè yo fîn pasé-l nan jouèt kont kò yo, yo ouété manto-a sot sou li, yo abiyé-l ak rad li, yo kondui-l, pou yo klouré-l sou koua.

Yo klouré dé asasin avèk li sou koua.

      Antan y-ap soti, yo rankontré yon mésié, moun Sirèn, yo rélé Simon ; yo fòsé-l pou-l poté koua-l la.
      Yo rivé koté yo rélé Gòlgota-a, sa vlé di plas Kalvè-a. Yo ba-l divin pou-l bouè ki mélé avèk fièl, min kon-l gouté-l, li pa vlé bouè. Lè yo fîn klouré-l sou koua-a, yo séparé rad li yo antan yo tiré osò. Yo chita, y-ap véyé-l.
      Sou tèt li yo mété koz li-a, ki ékri : « Sa-a sé Jézu roua Juif yo ». Lè sa-a yo té klouré dé asasin avèk li, youn adouat, lòt la agoch.

Si sé pitit Bondié ou yé, désann sot sou koua-a.

      Moun ki t-ap pasé yo minm, yo t-ap jouré-l, antan y-ap souké tèt yo, y-ap di : « An nou ouè, ou minm k-ap krazé Tanp Bondié-a pou-ou rébati-l nan toua jou-a ! sové pròp tèt ou : si sé Pitit Bondié ou yé, désann sot sou koua-a ».
      Minm jan tou chèf prèt yo t-ap pasé-l nan jouèt, ansanm ak profésè yo ak ansyin yo, yo t-ap di : « Li sové dòt, li pa kapab sové pròp tèt li : si sé roua Israèl li yé, sé pou-l désann koulié-a sot sou koua-a, n-a kouè nan li. Li té mét konfians nan Bondié : sé pou-l délivré-l koulié-a, si-l vlé ; sèké li té di : “Sé Pitit Bondié mouin yé” ». Minm asasin yo ki té klouré sou koua avèk li yo, yo t-ap fè-l répròch.

Éli, Éli, lamma sabaktani ?

      Min a midi, vîn gin fènoua sou tout fas tè-a jouska touazè. Vè touazè, Jézu rélé byin fò, li di : « Éli, Éli lama sabaktani ? » sa vlé di : « Bondié mouin, Bondié mouin, pouki sa ou lagé mouin ? »
      Kèk minm ki té kanpé la, ki t-ap kouté, yo t-ap di : « Sé Éli l-ap rélé ». Minm lè-a, youn nan yo kouri, li pran yon éponj, li plin-l ak vinèg, li mété-l nan yon rozo, l-ap éséyé ba-l bouè. Lòt yo minm t-ap di : « Kité, an nou ouè si Éli ap vîn délivré-l ».
      Jézu minm pousé yon gran rèl ankò, li lagé souf li.

Isit la, yo fè jénifléksion, yo rété yon ti moman an silans.

      Min voual Tanp la chiré an dé moso dépi anro jous anba, tè-a tranblé, ròch yo fann, kavo yo louvri, anpil kò sin yo ki t-ap dòmi, yo lévé. Yo soti nan kavo yo apré réziréksion-l nan, yo vîn nan vil ki sin-an, yo parèt dévan anpil moun.  Santirion-an minm ak sa yo ki té avèk li yo ap véyé Jézu-a, lè yo ouè tranbléman-tè-a ak bagay sa yo ki rivé yo, yo sézi anpil, yo di : « Vrèman, sé Pitit Bondié sa-a té yé ».
      Té gin anpil médam ki té la, yo té kanpé byin louin, yo minm ki té konn suiv Jézu dépi sot nan Galilé-a, pou yo té okipé-l la, nan pami yo té gin Mari Madlèn, Mari manman Jak, ak manman Jozèf, ak manman pitit Zébédé yo.

Jozèf dépozé kò Jézu nan kavo pa-l ki tou nèf.

      Kòm asouè té fîn rivé, yon mésié rich, moun Arimati, yo rélé Jozèf, vîn rivé, li minm tou li té disip Jézu. Li proché kot Pilat, li mandé kò Jézu. Lè sa-a Pilat pasé lòd pou yo rinmèt kò-a. Jozèf pran kò-a, li vlopé-l nan yon dra pròp. Li dépozé-l nan pròp kavo pa-l, ki té fouyé nan ròch la, li roulé yon gro ròch nan bouch kavo-a, épi li pati. Mari Madlèn minm té la, avèk lòt Mari-a yo té chita an fas kavo-a.

Nou gin gad ; alé, véyé-l jan nou konnin.

      Nan landmin, apré Pak la, chèf prèt yo rasanblé ak farizyin yo kot Pilat, yo di : « Mèt, nou sonjé sa-a k-ap chèché tronpé moun nan, lè-l té vivan li té di konsa : “Apré toua jou, m-ap résisité”. Pasé lòd pou yo véyé kavo-a jous touazièm jou-a, pou disip li yo pa rivé pou yo pa vòlè-l, pou yo pa di pèp la : “Li résisité sot nan pami mò yo” : dènié fot sa-a t-a pi mal pasé prémié-a ».
      Pilat minm di yo : « Nou gin gad : alé, véyé jan nou konnin ». Yo minm y-alé, yo véyé kavo-a, antan yo pozé sélé sou ròch la avèk gad yo.  

  1. Apré istoua Soufrans la, dapré sikonstans, yo kapab fè yon ti prèch. Yo kapab kinbé yon ti éspas silans tou.

PRÈCH (Mgr Franz Colimon, smm)

I

Nan Dimanch Ramo yo, nou tandé kapitèn nan nan pié Koua-a, lè Jézu fèk pousé rèl lanmò-a, kapitèn nan di: "Réyèlman vré, sa-a sé té Pitit Bondié-a" (Mt 27, 54).  Sé yon "profession de foi" li fè, minm jan avèg la té fè "pro­fession de foi"-l la (Jn 9, 35), minm jan Mart té fè "profession de foi"-l la, (Jn 11, 27), minm jan moun Samari yo té fè "profession de foi" yo-a (Jn 4, 42).  Pak tou pré, pélérinaj lafoua nou-an gin yon ti mòn pou-l monté ankò, dèyè mòn sé mòn: sé mòn Kalvè-a; apré sa, sé limiè nuit Pak la k-ap kléré.  Granmèt la ap kondui nou sot nan rotè al nan rotè, joustan li parèt dévan nou nan Siyon (Ps 84, 8; cf 2 Co 3, 18; Ps 34, 6; 36, 10).

Dimanch Ramo-a fè sonjé trionf Jézu; yo rélé-l tou dimanch lapasion, pou fè sonjé soufrans ak lanmò Jézu.  Dé événman sa yo alé ansanm, tankou nan­douat ak nanvè yon rad: ni lanmò-a ni trionf Réziréksion-an.  Dépi nan dé­zièm dimanch Karèm nan, litiji-a té montré nou sa, antan li té fè nou ouè Jézu ki chanjé figi, ki transfiguré, épi Moyiz ak Éli k-ap palé osijè "exode" (ἔξοδον) li t-apral fè Jéruzalèm nan (Lc 9, 31).  Sé moman pou nou fè yon dènié ti fouyé konsians nou, pou nou gadé sou ki pouin nou pa ko fè "exode" sa-a, konvèsion sa-a, pénitans sa-a, chanjman sa-a, sitou osijè rékonsilia­sion-an ak pénitans la.  Pak apral rivé.  Li pa trò ta; sé pou nou sonjé travayè yo ki té rivé nan dènié moman lè yo t-apral fèmin chantié-a, yo touché minm pri avèk prémié yo (Mt 20, 1-16).  Mèt la té tèlman kontan fè yo plézi.  Konsa tou Bondié ap louvri bra-l pou ti pitit l-a ki té pati kité-l dépi lontan-an, épi ki regrèt yon ti moman nan kè-l, ki di li té gin plis avantaj lakay Papa-a (Lc 15, 18s; cf Os 2, 9),  l-ap pati, l-ap tounin al kay Papa-a, l-ap di: "Papa, mouin fè péché kont sièl la ak kont ou, mouin pa mérité pou yo rélé-m pitit ou, trété-m tankou youn nan sèvitè-ou yo".  Papa-a pa minm kité-l fîn palé (cf Lc 15, 21), li anbrasé-l, li mété yon bèl rad sou li, bèl soulié nan pié-l, bèl bag nan douèt li, li fè touyé bèf la yo t-ap angrésé-a, tèlman li kontan, joustan sa provoké jalouzi prémié frè-a.  Bondié gin kè sansib, li mal pou faché, li konnin sé péchè nou yé.  Nou pa bézouin ront li, sé pou nou profité pou nou fè yon bon konfésion Pak, pou nou fété lanmò ak Rézi­rèksion Jézu-a, pou-l pa vidé san-l pou granmési.  Nou pa doué di tankou pèp Juif la: "Sé pou san-l tonbé sou nou ak sou pitit nou yo!" (Mt 27, 25).  Madichon sa-a t-a trò rèd, sa t-a péché kont Éspri Sin-an.  Nou pa doué kité lagras la pasé san nou pa résévoua-l; otréman li kapab pati nèt.  Nou pa doué pasé Bondié nan rizib.  L-ap frapé nan papòt nou tout nan nuit la (Ap 3, 20; cf  Ct 5,2; 2,9). Nou pa doué kité jou baré-l, li gin pou-l kontinué chémin-l.  Sé pou nou louvri tout pòt kè nou pou Jézu antré.

Tan lapasion-an, sé moman pou nou sonjé mèvèy sakré Koua-a.  Sin Monfò té paré pou-l té planté yon Koua nan finisman mision Ponchato, pou-l té fè sonjé mèvèy sakré Rédanmsion-an.  Jou li t-ap béni Koua-a, yo voyé lòd pou-l sispann sérémoni-an.  Li di moun yo: nou té paré pou nou té planté Koua-a nan pòt lavil la, yo pa vlé, ébyin n-ap planté-l nan kè nou.  Planté Koua-a nan kè nou, sa vlé di bay Jézu plas li avèk tout sa-l mandé nou ki kontrarié nou.  Sin Monfò té fè yon Koua nan vil Pouatié an Frans, jouskou­lié-a Koua sa-a la toujou nan kay Sè lasajès yo a-Ròm.  Nan mitan Koua-a gin fòm yon kè; nan pié Koua-a gin désin toua klou yo ki té klouré Jézu-a; anba nèt gin yon zétoual; nan mitan bra Koua-a, gin lèt A avèk M ki fè sonjé kòmansman "Je vous salue Marie"-a: Ave, Maria; épi anlè nèt gin lèt J, H, S, ki fè sonjé non Jézu.  Nan bra Koua-a, Sin Monfò ékri: "Si vous rougissez de la Croix de Jésus-Christ, il rougira de vous devant son Père".  Jézu invité nou pran koua nou pou nou suiv li (Lc 9, 29).  Sin Monfò di nou: gadé byin sou Kalvè-a, n-ap ouè toua Koua: pa Jézu-a, pa bon laron-an, pa mové la­ron-an.  Li mandé nou pou nou poté koua nou tankou Jézu, tankou yon ino­san, antouka omouin tankou bon laron-an, tankou yon pénitan, min li avèti nou pou nou pa poté koua nou tankou mové laron-an, tankou yon dané.  Li di: 

"Choisis une des croix que tu vois au Calvaire;
choisis bien sagement, car il est nécessaire
De souffrir comme un saint ou comme un pénitent
Ou comme un réprouvé qui n’est jamais content" (Lettre aux amis de la Croix 33, Oeuvres complètes, p. 241).

N-ap mandé Manman Mari pou nou poté koua nou avèk Jézu, pou nou ka­pab jouinn pòsion pa nou nan bèlté sièl la.  Apati 15 out 1713, Sin Monfò kòmansé tout lèt li yo, antan-l ékri: "Vive Jésus, vive sa Croix!".  Lè sa-a dépi yon ané déja (1712), li té fîn ékri "Vraie Dévotion à la Très Sainte Vierge".  Plis nou mété la Trè Sint Vièj Mari nan kè nou, plis l-ap fè nou antré nan mèvèy sakré Koua-a, li minm ki té nan pié Koua-a, lè Jézu té di-l: "Madanm, min pitit ou", épi li té di Sin Jan ki té réprézanté nou: "Min Manman-ou!" (Jn 19, 25-27).  Nan pié lakoua Granmèt la Mari kanpé avèk Jan, l-ap lapriyè pou pitit li yo Granmèt la rinmèt li.

Pandan tan lapasion-an, li t-a bon pou nou li liv Lamantasion yo, kèk pati nan liv Profèt Jérémi, nan liv Jòb, nan dézièm pati liv Profèt Izayi-a (Is 40-55), ak kèk Psòm ki palé osijè soufrans la, pou nou antré pi fon nan mèvèy sakré Soufrans Granmèt la.  Soufrans la pròpté nou, soufrans la sèvi pou délivré nou anba péché (cf Salvifici doloris).  Sé pa nésésèman kòz nou té fè n-ap péyé.  N-ap réalizé nan kò nou sa-k manké nan soufrans Jézu-Kri pou Kò-l ki Égliz la (Col 1, 24).  Nou tout nou fè yon sèl kò-d-fanmiy.  Nou gin doua ofri sa n-ap soufri pou lòt moun ki byin bézouin, soua sou tè-a, soua nan Pigatoua-a.  Yon ti déplasman ki kouté nou, nou fè-l tankou Sint Térèz lanfan Jézu ki té konn déplasé sot nan chanm li al nan sal médikaman yo, antan l-ap trinnin sou yon pié, li té konn ofri sa pou kèk misionè ki doué dé­kourajé nan travay li, pou-l kapab kontinué chémin-l, pou-l al konfésé moun yo pou-l al batizé ti moun yo, pou-l al fè lamès koté moun yo ap tann li.  Bliyé pou nou bliyé, sé tèt nou pou nou bliyé; sonjé pou nou sonjé, sé frè nou yo.  Sé pou nou lapriyè anpil pou Pè yo, sitou jou Jédi-Sin-an, jou Jézu té fè sakréman lòd la ansanm ak lékaristi-a, jou li té bay Kòmandman lacha­rité-a, pou Pè yo aksépté kontinué sèvi Jézu intèmédiè antan y-ap transmèt lavi-l bay fidèl yo.  Sin Kuré d'Ars, Sin Jan-Mari Viané, sé patron tout Kiré yo, li té gin anpil dévouman, li té konn pasé anpil jou ak anpil nuit nan kon­fésional.  Li té sové anpil péchè.  Li té bay anpil bon konsèy nan sékrè kon­fésional la.  Pou 16 oktòb 1983, Pap Jan Pòl II té kanonizé yon Pè Kroat Yougoslav ki té a Padou an Itali: Léopold Mandic, ki té pasé karant ané nan lavi-l ap konfésé pandan douzè-d-tan chak jou.  Pap la fè sérémoni kanoniza­sion-an pandan Sinòd Évèk yo sou rékonsiliasion ak pénitans nan mision Égliz la, pou-l montré inpòtans sakréman konfésion-an, sitou nan fòm koté moun nan ap déklaré Pè-a fot li apa, pou-l kouté konsèy ki vo pou li pèso­nèlman, nan sitiasion l-ap viv la, pou-l chanjé.  Sé pou nou sonjé lapriyè Manman Mari, pou tout Pè yo, li minm ki té résévoua Sin Jan kòm pitit li, antan-l réprézanté Apot yo ak disip yo Jézu rinmin-an.

*

II

Nan Istoua Soufrans Jézu-Kri, Granmèt nou-an, chak Évanjélis yo rakonté minm évènman yo; sèlman, chak insisté sou yon aspè spésial.  Nan ané A-a, yo li lévanjil Sin Matié.  Li insisté pi plis pasé lòt yo sou lansègnman, tan­kou nan katéchis, épi sou ròl Égliz la, a tèl pouin paròl Jézu yo dévlopé anpil, pou lansègman katéchis la, épi plas Sin Piè ginyin-an inpòtan anpil, kòm Chèf Égliz la, ni ròl Pèp Juif la tou, k-ap kontrarié Égliz la.  Aspè sa yo ki parèt pi byin nan lévanjil li-a, yo parèt tou nan Istoua Soufrans Jézu-Kri Granmèt nou-an.

Lè Jézu voyé Apot yo préparé sal résépsion Pak la, li di: "Moman-m nan TOU PRÉ" (Mt 26, 18 ὁ καιρός μου ἐγγύς ἐστιν).  Min dépi nan kòmans­man prèch li yo, nan réjion Galilé-a, li té di: "Rign sièl yo TOU PRÉ" (Mt 4, 17 ἤγγικεν γὰρ ἡ βασιλέια τῶν οὐρανῶν).  Moman-l nan ak Ringn sièl yo, sé minm bagay.  Ringn sa-a, sé Égliz la.  Sé osijè-l tou lévanjil Sin Matié-a palé nan sink pati-l yo (déklarasion: Mt 3-7; prèch: Mt 8-10; mèvèy sakré: Mt 11-13; avaloua: Mt 14-18; réalizasion: Mt 19-25).  Égliz la, sé yon filè ki ranmasé tout kalité pouason; rivé yon lè, yo blijé triyé bon ak mové (Mt 13, 47-50).  Sé konsa ròl Juda ap parèt dépi nan kòmansman Istoua Soufrans Jézu-Kri Granmèt nou-an.

Sin Matié montré nou dirèktéman kijan Juda ap fè jé chèch dévan tout lòt Apot yo k-ap mandé Jézu èské sé yo minm k-ap trayi-l la.  Juda mandé Jézu tankou tout lòt Apot yo: "Èské sé mouin?".  Jézu di: "Ou di-l" (Mt 26,25).  Malgré tach sa-a nan Douz yo, nouayo Égliz la, Jézu fè lékaristi, sous Égliz la, antan-l pran pin ak divin, li fè yo vîn tounin Kò-l ak San-l, li bay Apot yo manjé ak bouè (Mt 26, 26-29).  Li montré kijan San-l ap koulé pou padon péché yo (Mt 26,28).  Sin Pòl ap fè nou konnin moun ki manjé Kò-a, ki bouè San-an, san-l pa mérité, sé pròp kondanasion-l l-ap manjé, l-ap bouè (1 Co 11, 27).  Sé sa tou k-ap rivé Juda.  Sin Matié fè ouè kijan Juda vîn avèk yon foul ki anpil.  Li tankou yon chèf bann ki vîn ataké yon lòt.  Bann pa Jézu-a sé Onz moun li gin avèk li sèlman.  Époutan alafin sé li minm k-ap ranpòté viktoua, malgré tout aparans.  Jézu promèt l-ap avèk Égliz li-a tou lè jou, jouska lafin sièk tan yo.  Sé avèk promès sa-a minm lévanjil Sin Ma­tié-a ap fini (Mt 28, 20).  Lè Juda bo Jézu, Jézu di-l: "Zanmi, sa-ou vîn fè?" (Mt 26, 50).  Mo "zanmi" sa-a sé yon kout flach ki pou chiré tout fènoua ki nan fon kè-l.  An minm tan sé yon jijman li yé.  Sé "zanmi" Mèt nòs la té rélé moun nan ki pa-t gin rad nòs la, sa yo té jété nan fènoua déyò yo, koté ki gin rèl ak manjé-dan-an (Mt 27, 12).  Sé "zanmi" Mèt jadin-an té rélé moun ki t-ap babié kont li-a poutèt li té bay lòt yo minm pri avèk li-a (Mt 20,13).  Juda sé yon "zanmi" ki vîn tounin ènmi nan mové moman (Si 37, 1-6).  Bouch zanmi sa-a k-ap bo-a, sé yon épé k-ap pèsé (Ps 55, 14.22).  Malgré dézakò-a, Jézu toujou kinbé amitié-a.  Sé sou bò pa nou nou kasé kòd la.  Dépi nou vlé, l-ap maré ankò.  Min nou gin éfò pou nou fè, pou nou kité mové abitid ki makònin nou.  Amitié Jézu-a, sé pa bagay sou po, k-ap fè sanblan, ki ipokrit, mòd jan "zanmi" (Mt 11, 16 lectio varians: εταιροις)  ki chita sou laplas ap joué flit, ap chanté kantik  dèy, youn ap bay lòt chinn pou fè-l maché nan sans li vlé.  Amitié pa-l la dépasé indiférans, trayizon, méchansté, inkonsians, intérè.  Li rinmèt byin nan plas mal.

Jézu bay yon bèl léson, lè Sin Piè koupé zòrèy sèvitè prèt an chèf la (Mt 26, 52).  Li montré kijan labib di moun ki fè san lòt koulé, y-ap fè san-l koulé tou (Gn 9, 6).  Li montré tou kijan sé pa féblès ki fè-l kité yo mét min sou li.  Papa-l t-a kapab voyé plis pasé Douz batayon Anj nan plas Douz Apot li yo, pou défann li (Mt 26, 53).  Égliz la pap déplouayé fòs kont lènmi.  Épi Jézu fè ouè tou kijan labib la té prévoua sé konsa li té gin pou-l mouri (Mt 26, 54).  Li vini pou-l réalizé Ansyin Téstaman-an.  Dènié pouin sa-a inpòtan anpil, paské tout lévanjil Sin Matié-a sé yon dévlopman sa-l té anonsé dépi nan prémié prèch Jézu-a sou Mòn nan: "Pa konprann mouin vini pou-m anilé laloua-a oubyin Profèt yo; mouin pa vini pou-m anilé min pou-m ré­alizé nèt" (Mt 5, 17).  Sé yon lansègman ki konsékan anpil.  Évènman ak paròl Nouvo Téstaman-an bay sans Ansyin Téstaman-an.  Ansyin Tésta­man-an tou kléré Nouvo Téstaman-an.  Youn kléré lòt. Sé yon pouin inpòtan pou KATÉCHIS la sa yé.  Sin Matié insisté, li di: "Tout bagay sa yo rivé, pou sa Profèt yo té ékri-a té kapab réalizé (Mt 26, 56; cf 1, 22; 2, 5.15.17.23).  Déklarasion Jézu ap fè dévan prèt an chèf la, pou-l di li sé Kris, Pitit Bondié-a, l-ap pran yon aspè solanèl, paské prèt an chèf la ap pozé-l késion sa-a, antan-l di: "Mouin mandé-ou sou fòm sèman  (ἐξορκίζω), o non Bondié ki vivan-an, pou-ou di nou si-ou sé Kris la, Pitit Bondié-a" (Mt 26, 63).  Jézu réponn li yon fason vag: "Ou di-l" (Mt 26, 64). Min osito apré, li ajouté paròl pa-l avèk solanité, pou-l drésé konsépsion Juif yo té ginyin osijè Mési-a ak Pitit Bondié-a: Li asosié dé pasaj Ansyin Téstaman-an (Dn 7, 13 + Ps 110, 1), épi li ba yo yon sans nouvo, antan-l kolé yo ansanm.  "Pitit moun nan" Profèt Danièl t-ap palé-a kòm vizion-an k-ap pasé nan sièl la, épi "Roua-a"  Psòm nan ap palé-a ki chita adouat Tanp la, k-ap pasé sou tè-a.  Chak pasaj sa yo pou kont yo pa-t kont pou fè konprann sé osijè Bondié yo t-ap palé.  Yo tou lè dé ansanm montré kijan Roua-a chita adouat Bondié nan sièl la, li égal-égo avèk li.  Jézu réalizé Ansyin Téstaman-an.  Sé pi bèl témouagnaj li té kapab bay nan lansègnman solanèl dévan tout tribinal la.  Sé pousa prèt an chèf la chiré rad li.  Li konprann sans sa-l rélé "blasphème" nan (Mt 26, 65). Épi sé kondanasion-a-mò-a (Mt 26, 66).

Pandan minm tan sa-a, gin yon lòt tribinal ki drésé nan lakou-a.  Sé Piè y-ap pozé késion.  Yo fè-l monté  machéskalié.  Li fîn di li pa konn sa sèvant la ap di la-a (Mt 26, 70).  Dévan lòt sèvant la, li monté yon grad, li fè sèman (ὄρκου) li pa rékonèt moun sa-a (Mt 26, 72).  Dévan lòt moun yo, li monté pi ro toujou, li rélé madichon-lanfè sou tèt li ak pi gro sèman li t-a kapab jouinn (καταθεματίζειν καί ὀμνύειν), pou-l konvink yo li pa rékonèt mésié-a (Mt 26, 74).  Sé lè sa-a kòk la chanté.  Son-an réponn li jous nan fon kè, li kriyé san.  Chak foua yo akizé-l pi séré, li défann tèt li pi rèd.  Prémié foua-a sèvant la di: "Jézu, moun Galilé-a" (Mt 26, 69).  Dézièm foua-a, lòt sèvant la présizé: "Jézu, moun Nazarèt la" (Mt 26, 71).  Touazièm foua-a, lòt moun yo ajouté piès témouagnaj ki pou konvink li: langaj li sé langaj moun réjion sa-a minm (Mt 26, 73).  Sin Matié té montré kijan Sin Piè t-ap maché sou dlo, pou-l al rankontré Jézu, min yon lè li fè dout, li kòmansé fonsé; Jézu pran min-l, li fè-l répròch poutèt li té douté-a (Mt 14, 28-31).  Min sé li minm Jézu ap rinmèt klé Ringn sièl la; sa-l maré sou tè-a ap rét maré nan sièl la; sa-l lagé sou tè-a ap lagé nan sièl la.  Sé sou li Jézu bati légliz li kòm ròch fondasion, malgré féblès li (Mt 16, 17-20; cf Za 3, 1-9).  Sin Piè té fèk fîn fè "profession de foi"-l, antan-l rékonèt Jézu-Kri kòm Kris la, Pitit Bon­dié-a (Mt 16, 16).  Bondié pa lagé moun li chouazi, malgré féblès yo.  Li té konnin yo fèb dépi anvan-l chouazi yo, minm si yo sé chèf nan Égliz la.  Sin Matié insisté byin sou sa. Sé yon bèl léson sa yé pou nou, pou nou pa dékourajé nan travay Granmèt la konfié nou, lè nou ouè mizè ak féblès nou.  Si nou pa fidèl, li minm li fidèl, li pa kapab nié prop tèt pa-l (2 Tm 2, 13).  Péché nou mèt vîn pi lou chak jou, lagras li ap vlopé nou pi plis tout tan, joustan nou sédé.

Sé sa Juda pa konprann ki fè dékourajman anparé-l.  Li gin rémò.  Li pa konnin lagras Bondié pi fò pasé péché nou.  Sin Matié montré kijan Juda al jété trant piès lajan yo nan Kay sakré-a, dévan chèf prèt yo ak ansyin yo (Mt 27, 3-10), anvan l-al pann tèt li.  Chèf prèt yo ak ansyin yo achté yon jadin nan min yon moun ki konn fè krich, pou yo antéré étranjé.  Sin Matié insisté pou montré sé pou réalizé sa Profèt Jérémi té déja anonsé davans la (Jer 32, 7ss; Lc= 39, 7ss).  Lajan sa-a sé pri yon ésklav (Za 11, 12s; Ex 9, 12).  Lan­sègnman ki dégajé sot nan pasaj sa-a, sèké Jézu vîn tounin ésklav lézòm, pou-l délivré lézòm anba ésklavaj Satan (Ph 2, 7).  Konpòtman prèt yo étranj, paské yo fîn achté yon san inosan, épi yo montré kijan yo soua-dizan réspékté laloua-a, antan yo pa vlé mété lajan-an nan kèt la paské sé lajan madichon.  Yo bay kèt la plis inpòtans pasé pèrsòn Jézu-a yo kondané a-mò-a.  Yo pa rékonèt sé li minm ki vré Tanp la, vré Égliz la.  Yo gin soua-dizan réspè pou Tanp ki fèt ak ròch la, ki yon sinp pòtré ak lonbraj la, min yo pa gin okinn konsidérasion pou Tanp vivan-an ki vré réalité-a.  Jézu té déja di poutan: "Krazé Tanp sa-a, nan toua jou m-ap drésé-l" (Jn 2, 19; Mt 26, 61; cf Jer 26, 1-24).  Jézu té di pou pa fè Kay Papa-l la vîn tounin yon mézon komès (Jn 2, 14), lè-l té jété lajan moun yo atè-a.  Yo soua-dizan réspékté Tanp la, min yo pa réspékté vré Kay sakré-a: Pitit Bondié-a.

Pandan jijman ap balansé ant Jézu ak Barabas, madanm Pilat ap pézé sou balans la, pou fè Pilat lagé Jézu (Mt 27, 19), akoz avètisman li jouinn nan rèv (Mt 27, 19; cf Mt 1, 20; 2, 12.13.19.22), tankou lansègman Saj yo té konn résévoua nan rèv  (cf Ac 16, 9; 18, 9; 23, 11; 27, 33; 9, 10s; 10, 3s.11s; Gn 28, 12ss; 31, 10-13.24; 37, 5; 41, 1-36; Nb 12, 6), malgré kèk limit Pro­fèt yo mété pou évité déviasion (Jer 29,8; Qo 5,6; Lv 19, 26.31; Dt 13, 2ss; 18, 10s; Si 34, 1-6).  Min pandan minm moman sa-a madanm Pilat ap ba-l bon konsèy la, chèf prèt yo ak ansyin yo ap fè bouch pèp la, pou-l mandé Barabas (Mt 27, 20).  Pilat, Sin Matié rélé "préfè" (ἐγεμῶν, Mt 27,2.11.14.15.21.27; 28, 14; cf Mt 10, 18; 2,6), blijé lavé min-l dévan brouyaj foul la t-ap fè (Mt 27, 24; cf Dt 21, 6-8; Ps 26, 6; 73, 13).  Yo di pou san-an tonbé sou tèt yo ak sou tèt pitit yo (Mt 27, 25).  Sé kòm "pèp" yo pran angajman sa-a, tankou tout yon Égliz ki lévé an blòk, pèp Bondié té chouazi-a, pou fòmé Égliz li-a, Israèl sa-a Sin Pòl ap plinn sou li nan lèt Romin yo (R 9-11), sa Jézu ap kriyé sou sò-l la (Lc 19, 41; 13, 34s; 23, 31; cf R 11, 21).  Li minm ki pa rékonèt tan vizit li-a (Lc 19, 44).

fièl yo bay Jézu bouè sou Koua-a (Mt 27, 34 χολῆς, cf Ps 69, 22).  Israèl sé yon jadin rézin ki bay grinn rabi nan plas bon rézin pou t-a fè bon divin (Is 5, 2).  "Impropères" yo di: Mouin fè dlo sot nan ròch pou pasé souaf ou, ou minm ou ban-m vinèg ak fièl pou-m bouè (cf Mi 6, 3ss).  Lè yo fîn klouré Jézu sou Koua-a, ni chèf prèt yo, ni profésè yo, ni ansyin yo, sa vlé di réprézantan pouvoua rélijion-an (chèf prèt yo), réprézantan dirèksion lan­sègnman-an (profésè yo), réprézantan otorité politik yo (ansyin yo), yo tout yo mété ansanm pou yo pasé Jézu nan jouèt (Mt 27, 41); y-ap di li té mét konfians nan Bondié, sé pou Bondié sové-l sot sou Koua-a, si-l rinmin-l, paské li té di li sé Pitit Bondié (Mt 27, 43); y-ap ba-l défi y-ap mandé sign, jan Sin Pòl réproché yo nan prémié lèt Korintyin  pou yo (1 Co 1, 23; Mt 12, 38ss; Jn 2, 18; 6, 30; 4, 48).  Sé péché kont Éspri Sin-an, kont lafoua-a.  Non sèlman voual Tanp la ap chiré (ἐσχίσθη, Mt 27, 51), min ata ròch yo ap chiré (ἐσχίσθησαν, Mt 27, 51).  "Si yo pé bouch yo, ròch yo ap palé" (Lc 19, 40).  Lè sa-a tè-a pran tranblé (Mt 27, 51).  Juif yo mandé sign, yo jouinn sign.  Min sé pa fa­son yo té mandé-a yo jouinn.  Bondié lib.  Li pa rét ak nou pou fè kat vo­lonté nou.  Si-l bay sign, sé pou-l éksité oubyin soutni lafoua nou, sé pa pou satisfè kapris nou.  Dévan sign sa yo,  kapitèn Romin-an ansanm ak lòt yo ki avèk li-a,  yo mét lafoua nan Jézu-Kri kòm Pitit Bondié (Mt 27, 54) li minm ak tout batayon-l nan ansanm fè group pou antré nan Égliz la avèk lafoua yo.  Sé kalité payin sa yo Jézu di k-ap vîn sot nan tout diréksion pou antré nan Égliz la, chita atab ansanm avèk Abraam, Izaak ak Jakòb, pandan sa-k té soua-dizan pitit-kay yo minm, y-ap jété yo déyò, koté ki gin rèl ak manjé-dan (Mt 8, 10-12).  Malgré tout sign sa yo poutan, chèf prèt yo ak Farizyin yo jouinn mouayin pou yo fè konplo toujou pou yo mandé Pilat mét santinèl dévan kavo-a, pou évité patizan yo vîn pran kò-a (Mt 27, 62-66).  La-a tou Pilat lavé min-l, li di yo sé kozé ki gadé yo, yo gin gad; minm jan yo té arété Jézu-a, konsa y-a véyé kavo-a jan yo vlé (Mt 27, 65).  Sé sa yo fè vré.  Yo pozé sélé sou kavo-a épi yo mété gad.  Sé konsa lévanjil Ramo A-a fini, nan silans.  Sin Pòl ap di yo pa kapab anchinnin Paròl Bondié-a (2, Tm 2, 9).

Jézu té di Juif yo t-ap mouri nan péché yo (Jn 8, 2), paské yo réfizé kouè.  Mèvèy sakré Soufrans Jézu-Kri Granmèt nou-an, sé yon lansègnman Égliz mét dévan nou pou fè nou réfléchi sou sakrifis sa-a ki sové nou-an.  Sé pou nou kité-l palé ak nou, pou nou louvri kè nou ba li, pou ba-l lafoua nou, pou nou chanjé konpòtman nou, pou nou pran rézolision kité Koua Jézu-Kri-a dirijé lavi nou.  Égliz la bati sou lakoua.  N-ap mandé Manman Mari pou nou pa fèmin kè nou, pou nou pa fè jé chèch, pou nou pa chèché Délivrans la nan lòt mouayin pasé sou Koua-a, pou nou pa sédé nan tantasion ki té atiré Sin Piè-a pou défann Égliz la ak pouint épé.  Koua-a n-ap gadé-a (Nb 21, 9; Sg 16, 5; Jn 3, 14; 19, 37), sé yon lansègnman san paròl.  Sé nan silans n-ap kouté-l.

Yo di Credo épi yo fè priyè pou tout bézouin pèp la.

* MOUIN KOUÈ GIN YON SÈL BONDIÉ.
= Sé PAPA-a, li gin tout pouvoua.
* Li kréyé sièl la ak tè-a,
= Li fè tou sa moun ouè ak tou sa moun pa ouè.
* Mouin kouè gin yon sèl Granmèt Sé JÉZU-KRI, sèl PITIT BONDIÉ-a.
= Li sé PITIT PAPA-a dépi anvan tout tan.
* Li sé BONDIÉ nan BONDIÉ-a, Limiè nan limiè-a
= BONDIÉ tout bon vré nan BONDIÉ tout bon vré-a,
* Li sé PITIT, min sé pa kréyé yo kréyé li.
= Li sé minm BONDIÉ ak PAPA-a. Sé pa pouvoua li tout bagay fèt.
* Sé pou tout moun, sé pou-l vîn sové nou, Li désann sòt nan sièl.

      Nan paròl ki vini apré yo, jous nan factus es (tounin yon moun), tout moun bésé tèt yo.

 = Sé pa pouvoua LÉSPRI SIN-an kò li vîn fèt nan vant Mari ki vièj, é li tounin yon moun.
* Sé pou tèt nou toujou, yo klouré li sou yon koua.
= Li soufri, sou ringn Pons Pilat, é yo antéré li.
* Sou toua jou li lévé, jan labib la té di,
= Li monté nan sièl, é li chita adouat PAPA-a.
*  Li gin pou-l rétounin avèk tout pouvoua li,
pou-l jijé ni moun kap viv ni moun ki mouri,
= É li va roua pou tout tan.
* Mouin kouè gin LÉSPRI SIN-an.
= Li sé Granmèt é li bay lavi.
Li sé LÉSPRI PAPA-a ansanm ak PITIT-la.
* Yo adoré-l ansanm ak PAPA-a, ansanm ak Pitit la,
é li jouinn minm louanj avèk yo.
= Sé li ki t-ap palé, lè profèt yo t-ap palé.
* Mouin kouè gin you sèl Légliz, ki fè yon sèl kòt fanmiy.
= Li sin. Li la pou tout moun. Sé sou Apòt yo li bati.
* Mouin rékonèt gin you sèl batèm pou padoné péché.
= M-ap tann tout mò lévé, m-ap tann lavi kap vini-an.   Amèn.

LAPRIYÈ PÈP-LA

PÈ-A:            Frè-m yo, sè-m yo, dépi nou désidé tounin minm moun ak Jézu nou gin doua lapriyè Papa-a ak tou konfians nou. An-n mandé sékou-l.

                --“O Jézu, louvri bra-ou ranmasé priyè nou poté-l bay Papa-a”--

--     An-n mandé Bondié Papa-a, montré-n fè volonté-l minm jan ak Jézu. An minm tan n-ap mandé-l, pou Sémèn Sint ané sa-a ban-n kouray dérasinin tou sa ki mal nan lavi-n, tou sa ki mal nan péyi-n ak nan tout sosiété-a.

--     An-n mandé Bondié yon kè sinp, tankou kè Jézu. An-n lapriyè pou nou pa kouri dèyè pouvoua, ni dèyè onè. An-n mandé Bondié montré-n fè kò-n piti, pou nou antré tout bon vré nan sèvis moun sosiété-a méprizé plis yo.

--     Pou tout moun k-ap sibi pèsékision poutèt travay Bondié-a, pou difikilté sa yo pa fè nou fébli nan batay pou sosiété-a rivé maché jan Bondié vlé-a.

--     Pou tout moun ki dézéspéré. An-n  lapriyè pou yo jouinn limiè ak kouraj nan lavi yo. An-n lapriyè pou lafoua nan Jézu ki mouri é ki lévé soutni tout patizan Jézu k-ap pasé mati pou délivrans Jézu-a kab rivé gayé toupatou.

--     An-n lapriyè pou l’Égliz Jézu-Kri-a. An-n lapriyè pou li pran minm rout ak Jézu, pou li kanpé tout bon ak piti yo, ak moun sosiété-a méprizé yo.

--     An-n lapriyè, pou abitan, pou travayè jouinn nan l’Égliz Jézu-Kri-a yon défansè ka fè yo soti nan lonbraj lanmò pou yo pasé nan limiè Lavi.

PÈ-A:     Bondié Papa, kouté lapriyè pitit ou yo, é fè nou jouinn délivrans Jézu-Kri poté pou nou-an. Li minm ki vivan…

  1. Sou ofrann yo

Gras a soufrans Sèl Pitit ou-a,
sé pou padon-ou nan raproché koté nou, Granmèt,
li minm nou résévoua gras a pitié-ou ki pran dévan-an,
pa pouvoua sakrifis éstraòdinè sa-a,
malgré nou pa mérité sa avèk aksion nou yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  1. Préfas: Osijè Soufrans la.

V/. Granmèt la avèk nou tout.
R/. É avèk ou minm tou.

V/. An nou lévé kè nou byin ro
R/. Yo déja dévan Granmèt la.

V/. An nou di Bondié Granmèt nou-an mèsi.
R/. Li mérité sa vré.

Oui ou mérité sa réyèlman vré
é sé yon dévoua pou nou, sé yon délivrans pou nou,
Granmèt, Papa ki sin, Bondié ki gin tout pouvoua,
ou minm ki la dépi tout tan é pou tout tan
pou nou di-ou mèsi tout tan é tout koté
pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou-an.

Li minm ki aksépté soufri pou péchè yo antan-l inosan,
épi pou kriminèl yo, san-l pa mérité, yo kondané-l,
li minm lanmò-l lavé péché nou yo,
épi réziréksion-l fè nou jouinn jistifikasion-an.

Sé pousa nou minm tou ansanm ak tout anj yo n-ap fè louanj ou,
ak kè kontan nan fèt n-ap rélé byin fò:

Sé ou ki sin, sé ou ki sin, sé ou ki sin tout bon,
Bondié sé ou ki Granmèt tou sa ki nan sièl la…

  1. Réf. pou kominion Mt 26, 42

Papa, si kalis sa-a pa kapab pasé,
san pou-m pa bouè li, sé pou volonté-ou fèt.

KOMINION : Jézu, pa pouvoua Sakrifis Kò-ou ak San-ou, tanpri, fè nou rété fidèl nan sèvis-ou. Ba nou tout gras nou bézouin nan kominion spirituèl sa-a. Fè nou toujou ap rélé “Viv” pou Ou.

Prière de S. Alphonse de Liguori

Mon Jésus,
Je crois que tu es réellement présent dans le Très Saint Sacrement de l’autel.
Je t’aime plus que tout
et je te désire dans mon âme.
Puisque je ne peux pas te recevoir sacramentellement maintenant,
viens au moins spirituellement dans mon coeur.
Et comme tu es déjà venu,
je t’embrasse et je m’unis tout entier à toi.
Ne permets pas que je sois jamais séparé de toi.

            --“Mondié, Mondié pouki sa’-- Psòm 22, N-ap réglé, p. 185.

Mondié, Mondié, pouki sa ou lagé mouin ?
M-
ap fè soupi ni ou pa voyé jé
Ou pa réponn, ou sèl Papa mouin ginyin
Nan pié ou sèl kè mouin gin pou-l plinyin.

1 - Dépi Adan, ni Noé, ni Abraam,
      Papa nou yo konfié nan ou
      Ou sové yo, kan yo té rélé ba ou
      Ou ki gnou Dié tout an n-amou.

2 - Mouin minm, élas, sé drivé m-apé drivé
      Mouin sé gnou ront, gnou vié fatra
      Tout moun moké-m, yo pasé-m anba rizib
      Y-ap plédé di sé ou m-konnin.

3 - Yo di : «N-ap ouè, sé pou Bondié sové li
      Li sé pitit Bondié rinmin»
      Réyèlman vré, sé ou ki té fòmé mouin
      Ou mété mouin sou bra manman-m.

4 - Mouin pa-t-kò fèt, déja ou té sèl dié mouin
      Chagrin va tué-m, s-ou rété louin-m
      Lapinn, fènoua va fini ak pitit ou
      P-ap gin pèsonn pou pòté mouin.

5 - Mouin fîn défèt, tout mouin minm fîn déjouinté
      Kè mouin vîn mòl tankou lasi
      Gòj mouin séché kòm gnou vié mòso krouchon
      É nan bouch mouin, lang mouin kolé.

6 - Ala malè ki vîn krazé pitit ou
      Ala pasay ki fonn sou mouin
      Moun yo pèsé dé min mouin ni dé pié mouin
      Yo blayi mouin nan ran lanmò.

7 - Zo nan kò mouin, yo konté yo youn an youn
      Yo touyé mouin avèk mépri
      Yo pran rad mouin, yo séparé-l antré yo.
      Tiré-osò pou manto mouin.

8 - Mon Dié souplé, pa rété louin pitit ou
      Ou, sèl fòs mouin, pòté-m sékou
      Mon Dié, souplé, souplé sové lavi mouin
      Ou fîn kréyé-m, pa fè-m péri.


  1. • Apré kominion

Antan nou satisfè ak kado sakré-a,
avèk insistans, Granmèt, n-ap priyé-ou,
pou nou minm ou té fè éspéré sa nou té kouè-a gras a lanmò Pitit ou-a,
ou fè nou rivé koté nou anvi-a,
antan li minm li résisité. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  1. Priyè sou pèp la

Voyé jé sou fanmi ou sa-a, tanpri, Granmèt,
li minm Granmèt nou Jézu-Kri
pa-t ézité rinmèt tèt li nan min méchan yo pou li-a,
épi sibi soufrans koua-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri.


 DÈNIÉ MÉSAJ : “Si nou vlé suiv mouin, sé koua-nou pou nou poté”. An nou mandé koukou Lavièj Mari pou-l édé nou poté koua nou dèyè Jézu-Kri.

            --“Nan pié Lakoua Granmèt-la”, N-ap réglé, p. 639

Ave, Ave Maria! (ter) Ave, Ave, Ave!

1- Nan pié lakoua Granmèt la
    Mari kanpé avèk Jan
    L-ap lapriyè pou pitit li yo
    Granmèt la rémèt li (Jan 19/25-27).

2- Dépi Èv fè péché
    Bondié promèt nou sékou
    Manman Jézu avèk Pitit li
    Ap krazé tèt Satan (Jénèz 3/15).

3- Pa-t gin manjé nan Léjip
    Faraon di moun li yo :
    « Al jouinn Jozèf, sa li di-n n-a fè-l"
    Sa-a sé MODÈL Mari (Jénèz 41/55).

4- Moyiz t-ap nouayé nan dlo
    Ansanm ak tout Israèl
    Miriam kanpé, li sové ti frè-l
    Sé AVALOUA Mari (Égzod 2/7).

5- Pèp Israèl t-ap péri
    Lè Olofèn ataké-l
    Judit kanpé, li défann pèp li
    Sa-a sé PÒTRÉ Mari (Judit 13/18).

6- Lè Asuérus fè kòlè
    Li t-ap détoui Israèl
    Éstè kanpé, li palé pou yo
    Sa-a sé LONBRAJ Mari (Éstè 4/7).

7- Divin manké nan Kana
    Mari plédé kot Jézu
    Li bay divin kòm sign l-ap bay san-l
    Sa-a sé POUVOUA Mari (Jénèz 2/1-11).

8- Réyon solèy abiyé-l
    Lalîn sèvi-l éskalié
    Zétoual nan sièl yo sèvi-l kouròn
    Sa-a sé LIMIÈ Mari.

9- Nan tout bézouin nou ginyin
    Mari panché pou-l édé-n
    Kon yon manman k-ap souin pitit li
    Sa-a sé BON KÈ Mari.

10- Vèrèt t-ap fîn ravajé-n
    Nou voyé jè kot Mari
    Maladi-a rékilé byin vit
    Sa-a sé MAK MIN Mari.

11- Pa-t gin kont plas lopital
    Ni asé tonb simitiè
    Bèlè tounin yon kouin Paradi
    Sé PROTÉKSION Mari.

12- Névèn lanmès kòmansé
    Dévan Imaj Pèpétuèl
    Chandèl kléré, chaplè résité
    Sa-a sé PRÉZANS Mari.

13- Nan dènié jou névèn nan
    Prosésion fèt nan chapèl
    Yo fè yon koua avèk imaj la
    Sé LAPRIYÈ Mari.

14- Jézu kouté lapriyè-l
    Déga vèrèt la sispann
    Li ralanti jous li disparèt
    BÉNÉDIKSION Mari.

15- Vodou, lisans, rayisans
    Sé lòt kalité vèrèt
    N-ap lapriyè Pèpétuèl Sékou
    Pou-l délivré nou nèt.