Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-06 LINDI SIN

LINDI SIN

 
Réf. pou antré                                                                       Cf. Ps 34, 1-2; 139, 8

Jijé sa k-ap nui-m yo, Granmèt,
chasé sa k-ap batay kont mouin yo,
pran zam ak boukliyé
épi lévé vîn poté-m sékou,
Granmèt, fòs ki sové-m nan.

  • Priyè

Fè nou favè, tanpri, Bondié ki gin tout pouvoua,
pou, nou minm k-ap dépéri akoz féblès nou-an,
gras a soufrans Sèl Pitit ou-a, nou réspiré.
Li minm ki vivan é ki roua ansanm avèk ou.

Prémié léktu

Li pap rélé, yo pap tandé voua-l déyò.

Léktu liv profèt Izayi                                                                                                 42, 1-7

      « Min sèvitè-m nan, m-ap soutni-l, li minm mouin chouazi-a nanm mouin jouinn plézi nan li : mouin mété Éspri-m sou li, l-ap poté jijman-an nan nasion yo. Li pap rélé, li pap konsidéré figi moun, yo pap tandé voua-l déyò. Rozo ki félé-a, li pap krazé-l, mèch k-ap fè lafimin-an, li pap étinn li, sé nan vérité-a l-ap fè jijman-an soti. Li pap tris, li pap sakajé anyin, joustan li pozé jijman-an sou tè-a ; zilé yo ap tann laloua-l la ».
      Min paròl Granmèt Bondié-a, li minm ki kréyé sièl yo, li minm ki déplouayé yo, li minm ki asiré tè-a, ni sa k-ap jèmin nan li, li minm ki bay pèp la laparòl, pèp sa-a ki sou tè-a, li minm ki mété éspri pou sa yo k-ap maché sou tè-a :
      « Mouin minm Granmèt la, mouin rélé-ou nan jistis, mouin pran min-ou, mouin protéjé-ou, mouin mété-ou kòm alians pèp la, kòm limiè nasion yo, pou-ou louvri jé avèg yo, pou-ou fè prizonié yo sot nan prizon, pou-ou fè sa-k chita nan fènoua yo soti nan kacho-a ».

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                                                          Ps 26, 1. 2. 3. 13-15 (R/. 1 a)

      R/. Granmèt la sé limiè-m ak délivrans mouin.

1     Granmèt la sé klèté-m ak sa k-ap sové-m nan, kilès ki pou fè-m pè ?
      Granmèt la sé protéktè-m, dévan kilès pou-m tranblé ?  R/. 

2     Lè moun k-ap chèché fè-m ditò yo proché sou mouin,
      pou yo manjé chè-m ;
      sa yo k-ap fè-m pasé tray la ak ènmi-m yo,
      sé yo minm ki fébli, épi ki tonbé.  R/. 

3     Si lamé kanpé an fas mouin,
      kè-m pa gin doua pè ;
      si batay lévé kont mouin,
      sé nan sa mouin minm m-ap éspéré.  R/. 

13   Mouin kouè m-ap jouinn byin Granmèt la nan péyi vivan yo.
14   Tann Granmèt la, aji avèk kouraj,
      asiré kè-ou, sé pou-ou tann Granmèt la.  R/. 

Vèsè anvan Évanjil la

Salu, Roua nou-an : sé ou minm sèl ki pran pitié pou fot nou yo.

Évanjil

Kité-l, sé pou jou antèman-m li té konsèvé sa.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                         12, 1-11

      Si jou anvan Pak la, Jézu rivé Bétani, koté Lazar té mouri-a, li minm Jézu té lévé-a. Yo té fè yon résépsion ; Mart t-ap sèvi, Lazar té nan pami moun yo ki té sou tab avèk li-a. Mari minm pran yon liv losion bon kalité ki kouté byin chè, li bingnin pié Jézu, li souyé pié-l avèk chévé-l ; kay la vîn plin ak odè losion-an.
      Youn nan disip li yo, Juda Iskariòt, sa-a ki t-ap bay li-a, li di : « Pouki sa yo pa vann losion sa-a touasan piès lajan pou yo bay pòv ? » Li té di sa, sé pa paské li té gin konsidérasion pou pòv yo, min sé paské sé vòlè li té yé, épi sé li minm ki té gin bous la, sa yo té mété ladan-l, li té pran-l.
      Konsa Jézu di : « Kité-l sé pou jou antèman-m li té konsèvé-l. Pòv yo réyèlman, sé tout tan n-ap ginyin yo avèk nou, kanta mouin minm, nou pap ginyin-m tout tan ».
      Anpil foul nan Juif yo vîn konnin li la, yo pa vini pou Jézu sèlman, min pou yo té kapab ouè Lazar tou, sa-a li té lévé sot nan pami mò yo. Gran prèt yo minm t-ap fè kalkil pou yo touyé Lazar tou, paské anpil moun té kité Juif yo poutèt li, yo té kouè nan Jézu.

      Paròl Granmèt la.

  • Sou ofrann yo

Voyé jé, Granmèt, ak bon kè sou mistè sakré yo n-ap okipé-a,
épi sa-ou té prévoua ak mizérikòd ou-a pou ouété péché nou yo,
fè nou favè pou-l donnin frui lavi ki pap janm fini-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas II Osijè Soufrans Granmèt la.

  • Réf. pou kominion Cf. Ps 101, 3

Pa kaché fas ou louin-m,
nan ninpòt ki jou mouin nan tray,
panché zòrèy ou sou mouin;
nan ninpòt ki jou m-ap rélé-ou, fè vit réponn mouin.

  • Apré kominion

Vizité pèp ou-a, tanpri, Granmèt,
épi kè yo ki konsakré nan mistè sakré yo,
protéjé yo ak bon dévouman k-ap véyé-a,
pou, rémèd yo k-ap sové-l pou tout tan-an,
sa-l résévoua, antan-ou pran pitié-a,
li kinbé yo antan-ou protéjé-l. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  • Priyè sou pèp la
    yo kapab sèvi ak li si yo vlé

Défans ou-a, Granmèt, tanpri, sé pou-l asisté sa yo ki rabésé tèt yo-a,
épi san rété sé pou-l protéjé sa-k mét konfians yo nan mizérikòd ou-a,
pou nan fèt Pak yo yo gin pou fété yo,
sé pa sèlman obsèvans kò-a yo ginyin
min sa-k pi inpòtan-an, pròpté éspri yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri.