Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-07 MADI SIN

 

MADI SIN


Réf. pou antré                                                                                      Cf. Ps 26, 12

Pa rinmèt mouin, Granmèt,
nan pouvoua ènmi-m yo,
paské fo-témouin yo lévé kont mouin;
épi méchansté yo sé fè manti.

  • Priyè

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
fè nou favè pou nou akonpli sakréman Soufrans Granmèt la yon fason
pou nou mérité résévoua padon.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Prémié léktu

Mouin mété-ou kòm limiè nasion yo,
 pou délivrans mouin rivé jous nan bout tè-a (Dézièm chan Sèvitè Granmèt la).

Léktu liv profèt Izayi                                                                                                 49, 1-6

      Kouté, zilé yo, fè atansion, pèp ki louin yo : Granmèt la rélé-m dépi nan vant, dépi nan zantray manman-m li sonjé non-m ; li mété bouch mouin tankou yon épé pointu, li protéjé-m nan lonbraj min-l, li mété-m tankou yon flèch ki byin chouazi, li kaché-m nan sak li.
      Li di-m : « Sé sèvitè-m ou yé, Israèl, paské sé nan ou m-ap jouinn gloua mouin ». Épi mouin minm mouin té di : « Sé pou granmési mouin té travay, sé san rézon ak pou anyin mouin té dépansé fòs mouin ; époutan jijman-m avèk Granmèt la, rézilta travay mouin avèk Bondié-m nan ».
      Koulié-a, min sa Granmèt la di, li minm ki fòmé-m dépi nan vant pou-m kapab vîn tounin sèvitè-l, pou-m fè Jakòb tounin vîn jouinn li, pou-m rasanblé Israèl ba li, mouin jouinn gloua dévan jé Granmèt la, Bondié-m nan vîn tounin fòs mouin. Li di : « Sa pa kont pou-ou sèvitè-m pou-ou kapab lévé ras Jakòb yo, pou-ou fè débri pèp Israèl yo tounin : min mouin mété-ou kòm limiè nasion yo, pou sové m-ap sové-a rivé jous nan bout tè-a ».

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                               Ps 70, 1-2. 3-4 a. 5-6 ab. 15 é 17 (R/. cf. 15)

      R/.  Bouch mouin ap anonsé sové ou sové nou-an, Granmèt,

     Sé nan ou, Granmèt, mouin éspéré,
      pa kité-m ront pou tout tan.
2     Nan jistis ou-a délivré-m, sové-m ;
      panché zòrèy ou sou mouin, sové-m.  R/. 

3     Sé pou-ou sèvi-m yon ròch sitadèl,
      ak yon kay défans, pou-ou sové-m,
      paské fòs mouin ak kachèt mouin sé ou minm.
4     Bondié mouin, ouété-m nan min péchè-a.  R/. 

     Paské sé ou minm ki éspérans mouin, Granmèt ;
      Granmèt, éspérans mouin dépi-m tou jèn.
6      Sé sou ou mouin apuiyé dépi-m nan vant,
      dépi nan vant manman-m sé ou minm ki soutni-m.  R/. 

15   Bouch mouin ap anonsé jistis ou,
      tout jounin sové ou sové nou-an,
      pou-m t-a konté-l, mouin pa kapab.
17   Bondié, ou ban-m ansègnman dépi-m tou jèn ;
      jous koulié-a m-ap anonsé mèvèy ou yo.  R/.  

Vèsè anvan Évanjil la

Salu, Roua nou-an, ou minm ki obéyi Papa-a ;
yo kondui-ou pou yo klouré-ou sou koua-a,
tankou yon mouton tou dou y-ap minnin labatoua. 

Évanjil

Youn nan nou ap bay mouin...
Kòk la pap chanté, ou-ap gin tan nié-m toua foua.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                          13, 21-33. 36-38

Lè sa-a :
      Jézu té sou tab avèk disip li yo, éspri-l vîn troublé, li témouagné, li di : « Amèn, amèn mouin di nou sa, youn nan nou ap trayi-m ».  Disip yo youn t-ap gadé lòt, yo pa-t fîn konprann sa-l té vlé di-a.
      Youn nan disip Jézu yo ki té sou tab yo té kouché sou léstonmak li, sa-a Jézu té rinmin-an. Simon Piè fè-l sign, li di-l : « Ki moun l-ap palé-a ? » Kòm sa-a té kouché sou pouatrîn Jézu, li di-l : « Granmèt, kilès ? »
      Jézu réponn : « Sé sa-a m-ap lonjé pin-an mouin fîn tranpé-a ba li ». Kon-l tranpé pin-an, li bay Juda, pitit Simon Iskariòt la. Apré bouché-a, Satan antré nan li.
      Jézu di-l : « Sa ou-ap fè-a, fè-l vit ». Bagay sa-a, pèsòn nan sa-k té sou tab yo pa konnin pouki sa li té di-l. Ginyin ki té konprann, kòm Juda té gin bous la, Jézu té di-l : « Achté sa nou bézouin pou jou fèt la », oubyin pou-l té bay pòv yo kichòy. Kon-l fîn pran bouché-a, li soti minm lè-a. Sé té nannuit.
      Kon-l fîn sòti, Jézu di : « Koulié-a Pitit moun nan jouinn gloua li, Bondié jouinn gloua li nan li tou. Si Bondié jouinn gloua li nan li, Bondié ap fè-l jouinn gloua nan li minm tou, l-ap fè-l jouinn gloua-a tousuit.
      Ti pitit mouin yo, mouin avèk nou toujou pou yon ti moman ankò. N-ap chèché-m, min jan-m té di Juif yo, “koté m-apralé-a nou pa kapab vini”, mouin di nou sa davans ».
      Simon Piè di-l : « Granmèt, koté ou-apralé ? »
      Jézu réponn : « Koté m-apralé-a, ou pa kapab suiv mouin koulié-a, ou-a suiv mouin apré ».
      Piè di-l : « Pouki sa mouin pa kapab suiv ou koulié-a ? M-ap bay lavi-m pou ou ».
      Jézu réponn li : « Ou-ap bay lavi-ou pou mouin ? Amèn, amèn mouin di-ou, kòk la pap chanté, ou-ap déja nié-m toua foua ».

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Sakrifis fanmi ou-an, tanpri, Granmèt,
voyé jé sou li ak byinvéyans,
épi li minm ou fè patisipé nan kado sakré yo,
fè-l favè rivé nan plénitid aboutisman yo-a. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas II Osijè Soufrans Granmèt la.

Réf. pou kominion                                                                                   Rom 8, 32

Pròp Pitit li-a, Bondié pa-t ménajé-l,
min pou nou tout li té rinmèt li.

  • Apré kominion

Antan nou satisfè ak kado k-ap sové nou-an,
n-ap priyé mizérikòd ou, Granmèt,
pou gras a minm sakréman sa-a,
koté ou té vlé nouri nou nan tan sa-a,
ou fè nou patisipé nan lavi ki pap janm fini-an. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  • Priyè sou pèp la
    yo kapab sèvi ak li si yo vlé

Bondié, pèp la ki rinmèt tèt li ba ou-a,
sé pou mizérikòd ou-a pròpté-l
sot anba tout ésklavaj viéyisman,
épi pou-l fè-l kapab résévoua nouvoté-a ki sin-an. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.