Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-08 MÈKRÉDI SIN

 

MÈKRÉDI SIN


Réf. pou antré                                                                             Cf. Fil 2, 10. 8. 11

O non Jézu, sé pou tout jénou plouayé,
nan sièl la, sou tè-a ak anba tè-a,
paské Granmèt la vîn obéyi jous nan lanmò,
lanmò lakoua-a minm.
Sé pousa sé Granmèt Jézu-Kri yé nan gloua Bondié Papa-a.

  • Priyè

Bondié, ki té vlé Pitit ou-a
sibi soufrans koua-a pou nou,
pou-ou té kapab chasé pouvoua ènmi-an sot sou nou,
fè nou favè, nou minm sèvitè-ou yo,
pou nou résévoua gras réziréksion-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Mouin pa viré fas mouin louin moun k-ap maltrété-m yo
(Touazièm chan Sèvitè Granmèt la).

Léktu liv profèt Izayi                                                                                              50, 4-9 a

      Granmèt la ban-m yon lang ki gin konésans, pou-m kapab soutni ak paròl moun ki bouké-a. Dépi granmatin li révéyé, granmatin li révéyé zòrèy mouin, pou-m kouté tankou sé yon mèt k-ap palé. Granmèt la louvri zòrèy mouin.
      Mouin minm mouin pa kontrarié, mouin pa rékilé dèyè. Mouin rinmèt kòm bay moun yo k-ap frapé-m nan ; mouin rinmèt figi-m bay moun yo k-ap mété voual sou mouin-an ; mouin pa kaché fas mouin bay moun yo k-ap maltrété-m nan, k-ap kraché sou mouin-an. Granmèt Bondié ap poté-m sékou, sé pousa mouin pa ront, sé pousa mouin fè fas mouin vîn tankou ròch ki pi di-a, mouin konnin mouin pap ront.
      Li tou pré, sa-a k-ap rann mouin jistis la, kilès k-ap plédé kont mouin ? An nou kanpé ansanm ; kilès ki ènmi-m ? sé pou-l proché koté-m.
      Min Granmèt Bondié k-ap poté-m sékou ; kilès k-ap kondané-m ?

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                        Ps 68, 8-10. 21 bcd-22. 31 é 33-34 (R/. 14 c é b)

       R/. Nan pakèt mizérikòd ou, Granmèt,
            kouté-m, nan tan gras la.

8     Sèké sé poutèt ou mouin sipòté afron, laront kouvri fas mouin ;
9     mouin vîn tounin étranjé pou frè-m yo,
      ak moun déyò pou pitit manman-m yo.
10   Sèké jalouzi kay ou-a dévoré-m,
      afron moun k-ap manké-ou déga yo, yo tonbé sou mouin.  R/. 

21    Afron-an krazé kè-m, mouin fébli.
      Mouin t-ap tann moun ki pou pran lapinn avèk mouin, pa ginyin,
      moun ki pou konsolé-m, mouin pa jouinn.
22   Yo mété fièl nan manjé-m,
      nan souaf mouin yo ban-m bouè vinèg.  R/. 

31    M-ap fè louanj non Bondié-a avèk kantik,
      m-ap fè konpliman pou li nan louanj.
33    Sé pou pòv yo ouè, pou yo kontan ;
      chèché Bondié, sé pou kè nou viv.
34   Paské Granmèt la kouté pòv yo,
      li pa méprizé prizonié-l yo.  R/.  

Vèsè anvan Évanjil la

Salu, Roua nou-an, ou minm ki obéyi Papa-a,
yo kondui-ou pou yo klouré-ou sou koua-a,
tankou yon mouton y-ap minnin labatoua. 

Évanjil

Pitit moun nan apralé jan sa ékri-a ;
min ala malè pou sa-a ki sèvi lantrémiz pou bay li-a.

 Léktu sint Évanjil la dapré Matié                                                                  26, 14-25

Lè sa-a :
      Youn nan douz yo alé, sa yo rélé Juda Iskariòt la, li rivé kot gran prèt yo, li di yo : « Sa nou vlé ban mouin, m-ap rinmèt li ba nou ? » Yo dakò avèk li pou trant piès lajan. Dépi lè sa-a li t-ap chèché yon okazion pou-l bay li.
      Prémié jou Azim, disip yo proché kot Jézu, yo di : « Koté-ou vlé pou nou paré pou ou, pou nou manjé Pak la ? »
      Jézu minm di : « Al nan vil la, kay intèl, di-l konsa : “Mèt la di : Tan-m nan tou pré ; sé kay ou m-ap fè Pak la, avèk disip mouin yo” ». Disip yo fè jan Jézu té pasé yo lòd la, yo paré Pak la.
      Lè asouè rivé, l-al sou tab avèk douz disip li yo. Pandan y-ap manjé, li di : « Amèn mouin di nou, youn nan nou ap trayi-m ».
      Yo té vîn gin lapinn anpil, yo chak kòmansé di : « Èské sé mouin, Granmèt ? »
      Li minm li pran laparòl, li di : « Sa-a ki plonjé min avèk mouin nan plat la, sé li minm k-ap trayi-m. Pitit moun nan apralé, jan sa ékri sou li-a ; min ala malè pou moun sa-a ki sèvi lantrémiz pou yo rinmèt Pitit moun nan ! li t-a pi bon pou li, si moun sa-a pa-t janm fèt ».
      Juda pran laparòl tou, li minm ki t-ap trayi-l la, li di : « Èské sé mouin, Rabi ? »
      Li di-l : « Ou di-l ».

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Résévoua, tanpri Granmèt, kado n-ap ofri-a,
épi aji an favè nou pou gras a mistè Soufrans Pitit ou-a n-ap okipé-a,
nou jouinn bon rézilta.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas II Osijè Soufrans Granmèt la.

Réf. pou kominion                                                                                    Mt 20, 28

Pitit moun nan pa vini pou-l fè yo sèvi-l, min pou-l sèvi,
épi pou-l bay lavi-l kòm rédanmsion pou pakèt moun yo.

  • Apré kominion

Fè sans nou yo favè, Bondié ki gin tout pouvoua,
pou, gras a lanmò Pitit ou-a ki réalizé nan tan-an,
sa mistè réspéktab yo ap témouagné-a,
nou gin konfians ou té ba nou lavi ki pap janm fini-an. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  • Priyè sou pèp la
    yo kapab sèvi ak li si yo vlé

Bay fidèl ou yo favè, tanpri, Granmèt,
pou yo résévoua sakréman Pak yo san rété,
épi pou yo présé ap tann kado k-ap vini yo,
pou antan yo pèsévéré nan mistè yo ki fè yo jouinn nouvo nésans la,
yo rivé nan lavi nouvo-a gras a aksion sa yo. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.