Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-09 JÉDI SIN - NAN SOUPÉ GRANMÈT LA

 

 Indikasion Dékrè-a pou jou sa-a nan ané 2020 :

 Mès Krismal. Antan yo konsidéré situasion réyèl diféran péyi yo, Konférans Épiskopal yo kapab bay indikasion pou yo t-a répòté mès sa-a nan yon lòt dat.

Jédi Sin. Sérémoni lavé pié yo ki té déja pa obligatoua, yo pap fè-l. Lè Mès nan Soupé Granmèt la fini, yo pap fè prosésion-an, épi y-ap konsèvé Sin-Sakréman-an nan tabènak la. Jou sa-a, yo pèmèt kòm yon éksépsion, pou tout prèt yo sélébré Mès la nan yon koté ki konvnab, san asistans pèp la. 

Indikasion CEH (Konférans Évèk Ayiti yo) pou jou sa-a nan ané 2020 :

Là où il y a des églises qui ont un clocher, on pourra faire sonner les cloches au Gloria pour inviter les fidèles à être en communion avec toute l’Église. On peut aussi demander aux fidèles, à l’heure de la messe de la Sainte Cène, de réciter la prière du Pape pour la communion spirituelle et, pourquoi pas, allumer une bougie devant un crucifix chez eux et prendre un petit temps de recueillement en famille comme un signe de participation à l'adoration

 


JÉDI SIN NAN SOUPÉ GRANMÈT LA

 

PRÉZANTASION :  Sé fèt RINMIN n-ap sélébré jodi-a, frè-m ak sè-m yo ! Jézu si tèlman rinmin nou, lavèy lanmò-L, Li invanté Sakréman Rinmin-an: Li ba nou kò-L pou nou manjé, Li ba nou San-L pou nou bouè nan Sakréman Lékaristi ! Li vîn fè youn ak nou. Li vîn viv ak tout Kò-L andédan kò pa nou dékoua pou Li kapab chanjé kè nou. Li voyé patizan li yo sou tout fas tè-a dékoua pou yo réfè prémié lamès li té fèk sélébré-a. Chak lamès ki fèt, sé Sakrifis Kalvè-a n-ap réviv. Koua Jézu-Kri-a kanpé sou tout fas tè-a pou nou kapab sové, San-L ap koulé sou nou pou ba nou Lavi ! Nou sélébré lamès pou nou aprann Rinmin ! Rinmin, sé sakrifis, sé soufri. Rinmin pa vlé di pran plézi, plézi lachè ba nou kè du. Rinmin sé bliyé tèt nou. Rinmin sé fè youn ak Jézu-Kri ki klouré sou koua-a. Rinmin, sé fè youn ak frè nou yo.
--“Mouin salué-ou Granmèt ou-k klouré sou koua-a”-- N-ap réglé, p. 570

Louanj pou bèlté Koua-a

  1. Lè Adan lonjé min-l sou boua-a
    Sé yon boua ki sové lavi-l. (Gn 3 ,1s)

   Mouin salué-ou, Granmèt
   Ou-k klouré sou koua-a
   Délivré-m sòt nan péché-m.

  1. Lè lanmè baré pèp ou-a
            Sé yon boua ki louvri rout li. (Ex 3,16s)
  2. Lè sous la t-ap bay dlo anmè
            Sé yon boua ki fè-l bay bon dlo. (Ex 15,25)
  3. Lè tout dlo savann nan séché
            Sé yon boua ki frapé ròch la. (Ex 17,1 s)
  4. Lè koulèv t-ap mòdé pèp la
            Sé yon boua ki pandié-l pou yo. (Nb 26,6; Jn 3,14)
  5. Lè péché fîn gayé tout moun
            Sé yon boua ki rasanblé yo. (Jn 12,32)

Nan Mès asouè-a

  1. Mès nan résépsion Granmèt la, yo sélébré-l nan asouè, lè ki pi adapté-a.
  2. Yo òné lotèl la ak flè avèk rézèv, jan sa alé avèk karaktè jou sa-a. Sé pou tabènak la vid nèt; nan mès jodi-a, y-a sonjé konsakré pin nan Mès sa-a pou moun ki nan ran prèt yo kapab kominié jodi-a avèk démin.

  3. Réf. pou antré Cf. Gal 6, 14

Kanta nou minm, sé pou nou tiré louanj nou
nan koua Granmèt nou Jézu-Kri,
li minm nan li nou gin délivrans nou-an,
lavi nou-an, ak réziréksion nou-an,
li minm pa lintèmédiè-l nou sové-a épi nou libéré-a.

  1. Yo di Gloria-a. Pandan y-ap chanté imn nan, yo sonnin klòch yo; lè chanté-a fini, klòch yo fè silans, jous yo di Gloria-a nan Véyé paskal la.

  2. Priyè

Nou minm k-ap frékanté tab ki sakré anpil la, Bondié,
koté Sèl Pitit ou-a, ki t-apral rinmèt pròp tèt li bay lanmò-a,
li té kòmandé bay Égliz la nouvo sakrifis k-ap diré tout tan-an
avèk résépsion rinmin-l nan,
fè nou favè, tanpri, pou nan mistè sa-a ki tèlman gran-an,
nou tiré dènié dégré rinmin-an ak lavi-a.  Pa pouvoua Jézu-Kri.

PRÉMIÉ LÉKTU : Tankou nou chanté nan chak lamès : “Jézu, Ou-minm mouton Bondié…”, Kris-la sé véritab mouton Bondié-a ki mouri pou sové nou. Sé San-L ki lavé nou. Sé Li-minm ki ouété péché sou tè-a !

Prémié léktu

Kòmandman pou soupé pak la.

Léktu liv Égzòd                                                                                              12, 1-8. 11-14

Jou sa yo :
      Granmèt la di Moyiz avèk Aaron nan péyi Éjip : « Moua sa-a sé kòmansman nan moua yo li yé pou nou, l-ap prémié nan moua ané-a. Palé ak tout foul pitit Israèl yo, di yo :
      « Sou dizièm jou moua sa-a sé pou chak moun pran yon mouton pou fanmi yo ak kay yo. Si kantité moun yo pa kont pou yo kapab manjé mouton-an, l-a invité vouazin-l, ki tou kolé lakay li, dapré kantité moun ki pou réyisi manjé mouton-an. Mouton-an doué san tach, yon mal, ki gin yon ané ; pou sérémoni sa-a, n-a pran kabrit tou. N-a konsèvé-l jous sou katòzièm jou moua sa-a ; tout foul pitit Israèl yo ap sakrifié-l nan asouè. Y-a pran nan san-l, y-a mété sou montan pòt la ak sou travès anlè kay yo, koté y-ap manjé-l la. Y-a manjé chè yo nan nuit sa-a, griyé nan difé, ni pin san lévin avèk létu maron.
      Min kijan pou nou manjé-l : maré rin nou, mét sapat nan pié nou, kinbé baton nan min nou, n-a manjé-l an vitès, sèké sé Pak (sa vlé di pasaj Granmèt la.) M-ap travèsé nan péyi Éjip la nannuit sa-a, m-ap frapé tout prémié pitit nan péyi Éjip la dépi moun jous sou bèt y-ap gadiyin, m-ap fè jijman sou tout dié Éjip yo : sé mouin minm Granmèt la. San-an ap sèvi nou sign nan kay koté n-ap yé yo ; lè-m ouè san-an, m-ap travèsé pou-m évité nou ; pap gin chatiman k-ap gayé nou, lè m-ap frapé péyi Éjip la.
      N-ap gin jou sa-a kòm souvni n-ap fété-l tankou yon gran fèt pou Granmèt la nan jénérasion nou ak yon sèvis pou tout tan.

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                 Ps 115, 12-13. 15-16 bc. 17-18 (R/.  cf. 1 Kor 10, 16)

     R/.  Kalis bénédiksion-an sé kominion San Jézu-Kri.

12   Ki sa pou-m rinmèt Granmèt la
      pou tou sa-l fè pou mouin ?
13   M-ap pran kalis k-ap sové-a,
      m-ap rélé non Granmèt la.  R/. 

15   Li gin valè dévan jé Granmèt la
      lanmò sin-l yo.
16   Mouin sé sèvitè-ou ak pitit sèvant ou.
      Ou kasé chinn mouin yo.  R/. 

17   M-ap sakrifié sakrifis louanj ba ou,
      m-ap rélé non Granmèt la.
18   M-ap rinmèt Granmèt la sa-m té promèt yo,
      dévan tout pèp la.  R/. 

DÉZIÈM LÉKTU : Chak foua n-ap sélébré Mès la n-ap sonjé jou Jédi Sin koté Jézu té ba nou Kò li pou-n manjé pou prémié foua-a, é n-ap sonjé an minm tan tou lanmò li sou mòn Kalvè-a. Sé minm Sakrifis-la. Sé minm prèv Rinmin-an Li ba nou !

Dézièm léktu

Chak foua n-ap manjé, n-ap bouè,
sé lanmò Granmèt la n-ap anonsé.

Léktu prémié lèt apot sin Pòl pou Korintyin yo                                             11, 23-26

Frè-m yo :
      Mouin résévoua nan min Granmèt la sa-m té transmèt nou-an, sèké Granmèt Jézu, nan nuit yo té rinmèt li-a, li pran pin, li di Bondié mèsi, li kasé-l li di : « Pran, manjé : sa-a sé Kò mouin, yo bay pou nou-an ; fè sa pou nou fè sonjé mouin ». Minm jan-an tou pou kalis la, apré-l fîn manjé, li di : « Kalis sa-a sé nouvo téstaman-an nan San mouin ; fè sa, chak foua n-ap bouè-l, pou nou fè sonjé mouin ».
      Réyèlman chak foua n-ap manjé pin sa-a, n-ap bouè kalis sa-a, sé lanmò Granmèt la n-ap anonsé, joustan li vini.

      Paròl Granmèt la.

Vèsè anvan Évanjil la                                                                                           Jan 13, 34

Sé yon kòmandman nouvo mouin ba nou, sé sa Granmèt la di,
pou nou youn rinmin lòt, minm jan mouin té rinmin nou.

Évanjil

Li rinmin yo jous nan bout.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                         13, 1-15

      Anvan jou fèt Pak la, Jézu té konnin lè-l rivé pou-l travèsé sot sou tè sa-a al kay Papa-a ; kòm li té rinmin disip li yo ki té sou tè-a, sé jouskalafin li rinmin yo.
      Soupé-a fîn fèt, kòm djab la té nan kè Juda pitit Simon Iskariòt pou-l bay li, Jézu minm konnin Papa-a té rinmèt li tout bagay nan min, épi sé nan Bondié li té soti, é sé kot Bondié li t-apralé, li lévé sot nan soupé-a, li dépozé manto-l, li pran yon sèvièt, li pasé nan rin-l. Apré sa, li vidé dlo nan yon basîn, li kòmansé lavé pié disip yo, li suiyé yo ak sèvièt la ki té pasé nan rin-l nan.
      Li rivé kot Simon Piè, Piè di-l : « Granmèt, ou minm ou-ap lavé pié-m ? »
      Jézu réponn li : « Si-m pa lavé-ou, ou pap gin mòso pa-ou avèk mouin ».
      Simon Piè di-l : « Granmèt, sé pa pié-m yo sèlman, min ni min ni tèt ».
      Jézu di-l : « Moun ki fîn bingnin pa bézouin lavé sof pié-l sèlman, paské li pròp nèt. Nou minm nou pròp, min sé pa nou tout ». Sèké li té konnin kilès ki t-ap bay li-a ; sé pousa li té di : « Sé pa nou tout ki pròp ».
      Apré li fîn lavé pié yo, li pran rad li, l-al sou tab ankò, li di yo : « Nou konnin ki sa-m fè nou-an ? Nou rélé-m “Mèt” épi “Granmèt” ; nou di byin, paské sé sa-m yé. Min si-m lavé pié nou, mouin minm ki Granmèt ak Mèt, nou minm tou nou doué youn lavé pié lòt. Mouin ba nou égzanp, pou jan-m fè avèk nou-an konsa pou nou fè tou ».

      Paròl Granmèt la. 

  1. Apré proklamasion Évanjil la, pè-a fè prèch la, koté li montré mistè ki inpòtan anpil yo fè sonjé nan Mès sa-a: institision Ékaristi ki sakré-a, avèk lòd sasèrdòs la épi kòmandman Granmèt la sou charité fratènèl la. 

PRÈCH (Mgr Franz Colimon, smm)

     Kòmandman nouvo Jézu bay la, li adrésé-l bay patizan-l yo dabò (Jn 13,34, 1 Jn 2,8; 25,31-46; Jn 15.12.17; Lv 19,13; Mt 19,19; Lc 10,26s). Si antré yo youn rinmin lòt, sé yon témouagnaj sa ap sèvi pou atiré moun déyò yo vîn antré anndan Égliz la (Ac 2,44-47J 4,32-35). Sé yon fason pou nou préché san nou pa palé, pou nou misionè san nou pa maché. 

An 1975, pou Ané Sint la, Pap Pòl VI té ékri yon Mésaj ki té gin kòm tit: "Exhortation sur la réconciliation à l’intérieur de l’Église". Nan lèt sa-a li té mandé pou nou konsidéré Égliz la kòm Manman nou, pou nou évité kritiké li, paské si nou vlé fè youn avèk Jézu-Kri nan Égliz la, sé pou nou sonjé pou nou fè youn antré nou tou. Prémié-a pa kapab alé san dézièm nan. Prémié-a sé sa Pap Pòl VI rélé: "unité dans l’Église". Dézièm nan sé sa-l rélé: "unité de l’Église". Prémié-a, li di sé "une comnunion mystique, constitutive" (cf 1 Co l,10; 12,12-27). Dézièm nan li di sé "une recomposition oecuménique de l’unité entre tous les chrétiens" (cf "Unitatis redintegratio") 

Nou pa kapab rékonsilié avèk Jézu-Kri si nou pa rékonsilié antré nou. Pap Pòl VI di: "Que personne ne pense pouvoir éluder les exigences inévitables de la communion avec le Christ, la réconciliation et la paix en demeurant sur ses habituelles positions contestataires face à son Église; tâchons au contraire de faire en sorte que tous et chacun apportent une nouvelle et loyale contribution pour édifier cette Église de façon fillale, humble, positive. Ne devrons-nous pas nous rappeler la parole ultime du Seigneur, pour l’apologie de son Évangile: ‘Qu’ils soient parfaitement un et que le monde sache que tu m’as envoyé’ (Jn 17,23). N’aurons-nous pas la joie de revoir des frères aimés et lointains revenir à la joyeuse harmonie d’autrefois?" (Message de Paix: premier janvier 1975). 

Lè nou viv kòm frè antré nou, sé yon "signe de crédibilité" li yé pou sa-k déyò yo, ki invité yo antré. Anvan nou gadé déyò pou nou chèché vîn mi­sionè, sé pou nou kòmansé antann nou anndan minm fanmiy nan, pou nou youn padonnin lòt, pou nou youn lavé pié lòt. Minm jan fidèl yo doué rés­pékté otorité Égliz yo, antan yo évité kritiké yo, konsa tou moun ki gin rés­ponsabilité yo nan Égliz la, sé pou yo konpòté yo tankou moun k-ap sèvi, jan Jézu fè parapò a disip li yo. 

N-ap nandé Manman Mari dé kalité sa yo; pou fidèl yo gin réspè parapò a otorité Égliz yo, pou Résponsab Égliz yo gin dousè Mouton-an, antan yo rabésé tèt yo pou yo sèvi fidèl yo san yo pa kòmandé yo avèk arogans (1 P 5,3; 2 Co 1,24; 1 Th 2,7; Tit 1,7). Épi n-ap sonjé pou tout moun: rékonsilia­sion-an, sé chémin ki kondui nan diréksion lapè-a, dapré Mésaj Pap Pòl VI té voyé pou prémié janvié 1975 la: "La Réconciliation, chemin vers la Paix".

 • Sou ofrann yo

Fè nou favè, tanpri, Granmèt,
pou nou frékanté mistè sa yo yon fason kòrèk,
paské chak foua n-ap fè fèt pou fè sonjé sakrifis sa-a,
sé travay rédanmsion nou k-ap réalizé. 
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  1. Préfas: Osijè sakrifis ak sakréman Kris la.
  2. Préfas ki suiv la yo di-l nan Mès « Nan Soupé Granmèt la » ; yo kapab di-l tou nan solanité Trè sin Kò ak San Kris la épi nan Mès votiv Trè sin Ékaristi-a.

V/.  Granmèt la avèk nou tout.
R/.  É avèk ou minm tou.

V/.  An nou lévé kè nou byin ro
R/.  Yo déja dévan Granmèt la.

V/.  An nou di Bondié Granmèt nou-an mèsi.
R/.  Li mérité sa vré.

Oui, ou mérité sa réyèlman vré, é sé yon dévoua pou nou,
      sé yon délivrans pou nou.
Granmèt, Papa ki sin, BONDIÉ ki gin tout pouvoua,
ou minm ki la dépi tout tan é pou tout tan,
ou mérité nou di-ou mèsi tout tan é tout koté,
pa pouvoua Jézu-Kri, Granmèt nou.

Sé li ki Pè an Chèf tout bon vré, pou tout tan,
sé li ki mété yon Sèvis ki va toujou la.
BONDIÉ, nan Sèvis sa-a,
      Jézu prémié ofri tèt Li ba ou pou yo sakrifié-l é pou li sové nou.

Nan dinin sa-a, Li pasé nou lòd fè sa li té fè-a pou nou sonjé li,
nan dinin sa-a, nou manjé pin ki bay lavi-a,
nou anonsé lanmò Jézu-a jis pou li rétounin.

BONDIÉ, sé pou sa, sé poutèt pouvoua pa-ou,
nou kontan mété ansanm ak tout mésajé-ou yo pou nou chanté san rété:

Sé ou ki sin, sé ou ki sin, sé ou ki sin tout bon.
Bondié sé ou ki Granmèt tout sa ki nan sièl la,
bèlté ou plin sièl la ak tè-a.
Viv Bondié nan sièl la.
Bravo pou sila k-ap vini onon Granmèt la.
Viv Bondié nan sièl la.

  1. Si yo pran Kanon Romin-an, y-a di fòm patikilié sa-a li ginyin-an, ak Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè...), Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-ou la...) épi Qui pridie (Lavèy jou li t-apral soufri-a...) pròp.

  2. Prèt la ak min-l ouvri di:

BONDIÉ, Papa nou, ou minm ki si tèlman bon,
n-ap priyé Ou, pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou, Pitit ou.
      li mété min-l yo ansanm épi li di :
Tanpri souplé, aksépté sa n-ap ofri-ou la

      li fè sign koua-a yon sèl foua sou pin-an épi kalis la ansanm
pou ou kapab béni-l .
      ak min-l yo ouvri li kontinié :
Nou ofri ou li éspésialman pou Légliz ou-a ki sin é ki la pou tout moun.
Fè-l viv ak lapè, tout koté sou latè.
Protéjé-l.
Rasanblé-l fè youn, é kondui li.
Nou ofri ou li tou, pou sèvitè ou, Pap N.,
pou Monséyè N.
ak tout lòt Monséyè
k-ap kinbé lafoua Apot Jézu-Kri yo té kité ba yo-a.

  1. Souvni moun ki vivan yo.

Granmèt, sonjé moun k-ap sèvi ou yo N. épi N.

      Li kontré dé min-l épi li priyé yon ti moman pou moun li gin intansion priyé yo.
      Apré sa, li ouvè min-l yo, li kontinié :

Sonjé tout moun ki réyini isit la, ansanm avèk nou.
Ou konnin jan yo gin lafoua é jan yo dévoué pou ou.
Sa y-ap ofri-a, sé poutèt pa yo, y-ap ofri-l,
pou tout moun pa yo tou, pou yo jouinn délivrans
é pou yo gin éspoua sové.
Sé nan pié ou, yo vîn lapriyè paské ou sé BONDIÉ tout bon vré-a, BONDIÉ ki vivan-an, é ki la pou tout tan.

  1. Anndan aksion sakré-a (Communicantes)

Nou mét tèt nou ansanm, pou nou fété jou sa-a ki sakré anpil la,
lè Jézu-Kri Granmèt nou-an
té kité yo bay li pou nou-an,
sé ak anpil réspè tou n-ap fè sonjé
tou dabò gloua Mari ki toujou rété Vièj
é ki Manman Bondié ak Granmèt nou-an, Jézu-Kri,
avèk Jozèf, Mari-l ki sin, avèk Apot ou yo ak sa ki té pasé mati pou ou yo, yo minm tou ki sin,
Piè ak Pòl, André,
(Jak, Jan,
Toma, Jak, Filip,
Batélémi, Matié,
Simon ak Tadé,
Lin, Klè Kléman, Sist,
Konèy, Sipriyin,
Loran, Krizogòn,
Jan ak Pòl,
Kòsm ak Damyin)
ak tout zanmi-ou yo ki nan sièl.
Tanpri, gadé jan y-ap lapriyè pou nou,
kouté yo paské yo mérité sa;
protéjé nou nan tout bagay.
(Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou. Amèn.)

  1. Li lonjé min-l, li kontinué:

Granmèt, tanpri, aksépté sa n-ap ofri-ou la, nou minm sèvitè-ou yo,
ansanm avèk tout fanmi ou-an;
n-ap ofri-ou li, poutèt jou sa-a
Jézu-Kri Granmèt nou-an
té rinmèt mèvèy kò-l ak san-l bay patizan li yo,
pou yo fè sérémoni sèvis li.
Toujou fè kè nou pozé,
fè nou chapé anba pinision ki pap janm fini-an;
mété nou ansanm ak tout moun ou chouazi yo.

Li mét dé min-l ansanm:

(Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.   Amèn.)

  1. Li kinbé toulèdé min-l louvri anro kado yo, li di:

Bondié tanpri, béni sa nou ofri-a;
fè li fîn bon nèt, pou li kapab fè-ou plézi;
konsa, sé pou avantaj nou l-ap tounin kò ak san Jézu-Kri,
Granmèt nou, Pitit ou si tèlman rinmin-an.

      Li mét dé min-l ansanm:

  1. Nan fòmil ki suiv yo, sé pou yo prononsé paròl Granmèt yo yon fason détaché épi byin klè jan natu paròl sa yo mandé-a.

Lavèy jou li t-ap soufri
pou délivrans nou ak pou délivrans tout moun nan,
sètadi jodi-a,

      li pran pin-an,
      li kinbé-l, li soulvé-l yon ti kras anlè lotèl la,
      li kontinué:

li pran pin-an ak min li,

      li lévé jé-l:

li voyé jé-l nan sièl la,
bò koté-ou, Bondié, ou minm Papa-l ki gin tout pouvoua,
li di-ou mèsi; li lapriyè sou pin-an,
li kasé-l bay patizan li yo, li di yo:

      li inkliné yon ti kras

Pran, manjé ladan, nou tout,
Réyèlman vré, sa sé kò mouin
M-ap bay pou nou-an.

      Li montré osti konsakré-a, li rémété-l sou patèn nan, épi li adoré antan-l fè jénifléksion.

  1. Apré sa li kontinié:

Minm jan tou, lè yo fîn manjé,

      li pran kalis la,
      li kinbé-l yon ti kras anlè anro otèl la, épi li kontinié:

Li pran kalis divin-an ak min li,
Li tounin di ou mèsi,
Li lapriyè sou kalis la,
li bay disip li yo li. Li di yo:

      li inkliné yon ti kras

Pran, bouè ladan, nou tout,
Réyèlman vré, sa sé san mouin.
Sé san lòt kontra-a, ki va la pou tout tan.
Sé san ki pral koulé pou nou-an ak pou tout moun,
Pou padoné péché.
Fè sa pou nou sonjé mouin.

      Li montré kalis la, li rémété-l sou kòporal la, épi li adoré antan-l fè jénifléksion.

  1. Apré sa li di :

A la bèl bagay o !
Nou pa kapab konprann li,
Min nou kouè-l tout bon !
Sé paròl JÉZU-KRI.

      Épi li kontinié antan-l di :

Li té mouri pou nou
Li lévé byin vivan
Li monté nan sièl la
Li la pou-l vîn ankò.

      Oubyin :

Lè nou manjé pin sa-a
Lè nou bouè divin sa-a
N-ap anonsé ou mouri, Granmèt,
N-ap déklaré ak kè kontan
Ou lévé byin vivan
N-ap tann ou rétounin avèk tout pouvoua ou !

      Oubyin :

Bravo pou ou ki té mouri !
Bravo pou ou ki vivan !
Ou sé BONDIÉ, ou sové nou,
Vini, JÉZU Granmèt !

  1. Apré sa, ak min-l yo ouvri, prèt la di :

Granmèt sé poutèt sa nou minm,
sèvitè ou yo ak tout fanmiy ou-an,
n-ap sonjé Jézu-Kri, Granmèt nou, Pitit ou,
n-ap sonjé jan li soufri pou délivrans nou,
jan li lévé soti koté mò yo té yé-a,
ak jan li monté nan sièl la,
sé sa ki fè, n-ap ofri ou
kado sa-a nou pran nan tout byin ou ban nou yo.
BONDIÉ, ou minm ki sèl otorité,
ou ouè sa n-ap ofri-a pa gin défo,
sé pin ki bay lavi ki pap janm fini-an,
sé kalis san ki poté délivrans ki va toujou la-a.

Tanpri, BONDIÉ, voyé jé ou sou sa n-ap ofri ou la.
Konsidéré-l, aksépté-l minm jan ou té aksépté
tout kado Abèl, té konn ofri ou yo.
Aksépté-l minm jan ak sa papa Abraam nou-an, té sakrifié-a.
Minm jan ak sa Mèlkisédèk pè an chèf la
té ofri ou la, sèvis ki sin-an.

  1. Li inkliné, ak min-l yo kontré, li kontinié :

BONDIÉ ki gin tout pouvoua, n-ap priyé ou,
fè sa n-ap ofri-a rivé dévan lotèl ki anro-a nan sièl, nan bèlté ou.
Konsa, lè n-a manjé kò ak san PITIT ou-a, ki sakrifié anro lotèl la.

      li rédrésé-l épi li fè sign koua-a sou li, antan l-ap di :

Nou va jouinn tout kalité favè ak tout kalité bénédiksion.

      Li kontré min-l.

(Pa pouvoua Jézu-Kri, Granmèt nou-an. Amèn.)

  1. Souvni moun ki défin yo.
    Ak min-l louvri, li di :

Granmèt, sonjé moun ki mouri anvan nou yo, N. épi N.,
yo té konn sèvi ou, yo té maké ak mak lafoua-a é y-ap dòmi an pè.

      Li kontré min-l épi li priyé yon ti moman pou défin yo, sa li gin intansion priyé pou yo-a.
      Apré sa li ouvri min-l yo, li kontinié :

Granmèt, tanpri souplé, ba yo fréchè, limiè ak lapè,
ansanm ak tout moun ki mouri zanmi Jézu-Kri.

      Li kontré min-l.
(
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou-an. Amèn.)

  1. Ak min douat li li frapé léstomak li, antan-l di :

Séré yon ti plas pou nou tou.
Nou sé péchè, min, nou sé sèvitè ou.

      épi li kontinié ak min-l yo ouvri :

Nou mété éspoua nou sou ou, paské ou bon anpil.
Ban nou yon ti plas ansanm ak Apot Jézu-Kri yo,
ansanm ak moun ki té pasé mati pou ou,
tankou Jan-Batis, Étièn, Matias, Banabé,
(Ignas, Aléksann,
Maslin, Piè,
Félisité, Pèpétu,
Agat, Lisi,
Agnès, Sésil, Anastazi)
ak tout lòt zanmi ou yo ki nan sièl.
Nou mèt pa mérité sa,
Mété nou ansanm avèk yo, paské ou padoné nou nèt.

      Li kontré min-l.

Pa pouvoua Jézu-Kri, Granmèt nou.

  1. Épi li kontinié :

Granmèt, sé pa pouvoua Jézu-Kri
ou toujou kréyé tout byin,
ou pran yo pou sèvis ou,
ou ba yo lavi,
ou béni yo, lè fini,
ou fè nou kado yo.

  1. Li pran patèn nan ak osti-a épi kalis la, épi li lévé toulèdé, li di (ansanm ak konsélébran yo) :

BONDIÉ, Papa nou, ou minm ki gin tout pouvoua, 
é ki fè youn avèk Léspri Sin-an,
sé pa pouvoua Jézu-Kri, sé avèk li, sé o non li,
ou jouinn tout kalité louanj ak konpliman,
dépi tout tan é pou tout tan.

      [Pèp la réponn : ]
Amèn.

  1. Réf. pou kominion 1 Kor 11, 24-25

Sa-a, sé kò mouin, sa yo bay pou nou-an,
kalis sa-a, sé nouvo alians la nan San mouin, 
sé sa Granmèt la di.
Chak foua n-ap pran yo, fè sa pou nou fè sonjé mouin.

  1. Apré kominion

Fè nou favè, Bondié ki gin tout pouvoua,
pou minm jan ou réfè nou ak Soupé Pitit ou-a nan lavi tan sa-a
konsa tou nou mérité satisfè ak li nan lavi k-ap diré pou tout tan-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

 

KOMINION SPIRITUÈL ÉPI ADORASION :   Étan n-ap mandé Bondié vîn abité nan kè nou pou nou tounin vrè tabènak li, n-ap ofri Li tou sa nou yé, tout sa nou ginyin, n-ap rinmèt li Rinmin nou gin nan kè nou ki si tèlman fèb, n-ap dépozé-l sou lotèl Sakrifis Jézu-Kri-a pou Rinmin sa-a vîn pi fò jou an jou.

Prière du cardinal Rafael Merry del Val (1865-1930)

À tes pieds, ô mon Jésus, je me prosterne
et je t’offre le repentir de mon coeur contrit qui s’abîme dans son néant
en ta sainte présence.
Je t’adore dans le sacrement de ton amour, l’Eucharistie.
Je désire te recevoir dans la pauvre demeure que t’offre mon coeur ;
dans l’attente du bonheur de la communion sacramentelle,
je veux te posséder en esprit.
Viens à moi, ô mon Jésus, pour que je vienne à toi.
Puisse ton amour enflammer tout mon être pour la vie et pour la mort.
Je crois en toi, j’espère en toi, je t’aime. Ainsi soit-il. 

Sé yon sèl kòmandman ki ginyin sé Rinmin ! Pèsonn pa kapab viv san li pa Rinmin, san yo pa Rinmin-l. Yon moun ki Rinmin pa kapab kinbé pèsonn nan kè-l. Rinmin, sé fè youn ak Bondié ! Rinmin sé fè youn ak frè nou !
Jézu-Kri chouazi nou pou n-al di tout moun Li Rinmin nou jous Li mouri pou nou sou yon Koua. Sé Nouvèl sa-a ki ginyin nan Évanjil-la. Jézu bay pròp Kò-L pou nou manjé ak pròp San-L pou nou bouè pou nou jouinn fòs pou nou Rinmin nèt alé. 

        --“Montré mouin sa sa vlé di Rinmin”-- N-ap réglé , p. 551.

Montré mouin sa sa vlé di rinmin
Montré mouin sa sa vlé di
Rinmin frè-m yo avèk ou Bondié
Rinmin frè-m yo tout bon vré.

1- M-ap sonjé tou sa-k nan lapinn
    Tout frè-m yo k-ap soufri
    M-ap sonjé tout moun k-ap kriyé
    Tou sa-k pèdi éspoua.

2- M-ap sonjé tou sa y-ap krazé
    Tou sa y-ap pilonnin
    M-ap sonjé sa yo méprizé
    Sa k-ap sèvi tòchon.

3- M-ap sonjé tou sa-k pa konprann
    Sa ki bouché jé yo
    M-ap sonjé sa-k rét ap gadé
    Tou sa ki pè lité.

4- M-ap sonjé tou sa ki tonbé
    Sa-k pa kapab ankò
    M-ap sonjé tou sa-k pèdi rout
    Sa-k viré do ba ou.

5- M-ap sonjé tou sa-k nan batay
    Sa-k réfizé dòmi
    M-ap sonjé tou sa k-ap goumin
    Pou démin ka pi bèl.

           --“Koté youn Rinmin lòt”...(Ubi Caritas) -- N-ap réglé , p. 174

Koté youn rinmin lòt
Koté gin lacharité, la Bondié yé.

1 - Kè Jézu rinmin nou,
      Sé li-k rasanblé nou, fè nou fè youn
      O non dé Jézu-Kri fété kontantman nou, pran plézi nou
      Granmèt la vivan n-a gin réspè pou li, rinmin li tou
      É sé tout bon vré pou nou youn rinmin lòt
      Ak tout dousè ki nan kè nou.

2 - Tankou yon sèl fanmi
      Kan nou réyini la nou tout ansanm
      Pou nou pa do za do, véyé santiman nou anndan kè nou
      Sé pou nou fini avèk tout vié rankîn, vié diskision
      É sé pou Jézu rété nan mitan nou
      Li, yon sèl tèt; nou, you sèl kò.

3 - O Jézu Bondié nou, yon jou fè nou ouè ou
      Kè-n a kontan nan bèlté lavi ou, fè nou ouè figi ou
      Ak tout sin yo bèlté sila-a vré avèk kè kontan sa-a
      Nan pouin kon yo
      Sé you kontantman k-ap duré pou tout tan
      Tout tan nèt san jamè rété.

           --“Paròl Bondié tounin …”-- N-ap réglé , p. 633

Paròl Bondié tounin yon moun vivan
Gadé Jézu, n-a ouè limiè Bondié 
N-a dékouvri ki sa sa yé rinmin.

1-  Rinmin, sé nan sièl li sòti
     Rinmin, sé nan sièl l-a pralé
     Rinmin, vini viv nan kè nou
     Rinmin, fè nou tounin limiè.

2-  Rinmin, s-on piyaj kè kontan
     Rinmin, s-on fòs ki louvri kè-n
     Rinmin, fè nou ouè tout moun bèl
     Rinmin, sé yon fété san fin.

3-  Rinmin, fè-n admiré prochin-n
     Rinmin, raproché nou kon frè
     Rinmin, fè youn padonnin lòt
     Rinmin, fè youn kinbé ak lòt.

4-  Rinmin, fè ouè moun gin valè
     Rinmin, kontan ouè moun anfòm
     Rinmin, gin konfians nan chak moun
     Rinmin, sé chémin dévlopman.

5-  Rinmin, sé sèl sous délivrans
     Rinmin, sé sèl mouayin progrè
     Rinmin, sé sèl mouayin sové
     Rinmin sé péyi ringn Bondié.

           --“Réyèlman vré”-- N-ap réglé , p. 293.

Réyélman vré, sé nan min Bondié n-aprann
Sé pou youn rinmin lòt
Lè nou mét tèt nou ansanm
Bondié kontan nan kè nou.

1-   Min sa ki volonté Bondié : sé pou youn rinmin lòt
        Sé pou nou chèché vîn pi sin : n-a fè Bondié plézi.

2-   Atansion movè santiman : sé pou youn rinmin lòt
        Sé pou-n kinbé kè nou byin pròp : n-a fè Bondié plèzi.

3-   Sé nan pròpté Bondié rélé-n : sé pou youn rinmin lòt
        Nou pa kab nan dézòd ankò : n-a fè Bondié plézi.

4-   Tou sa nou vlé moun fè pou nou : sé pou youn rinmin lòt
        Sé konsa pou nou fè pou yo : n-a fè Bondié plézi.

5-   Pînga nou kondané pèsonn : sé pou youn rinmin lòt
       
Konsa yo pap kondané nou : n-a fè Bondié plézi.

6-   Sispann fè prochin nou ditò : sé pou youn rinmin lòt
        Sé pou nou mét bon kè sou nou : n-a fè Bondié plézi.

7-   Nou fèt pou réspékté tout moun : sé pou youn rinmin lòt
        Ni sa ki bon ni sa-k pa bon : n-a fè Bondié plézi.

8-   Lavi pi fò pasé lanmò : sé pou youn rinmin lòt
        Rinmin pi fò pasé péché : n-a fè Bondié plézi.

9-   Bondié ban nou Léspri-Sin-an : sé pou youn rinmin lòt
        Sé li k-ap mét tèt nou ansanm : n-a fè Bondié plézi.

         --“Jézu vivan nan losti”-- N-ap réglé , p. 159.

Jézu vivan losti, li sé rout lavi, lavi Bondié
Pitit Bondié kominyin pou yo gin lavi, lavi Bondié.

1-  Losti sé kòm yon voual, li voualé Vérité
      Min par lafoua nou kouè san nou pa ouè
      Losti-a sé Jézu-Kri.

2-  Sé Jézu minm ki di é sa li di sé vré
      Li sèvi pin an dizan : «Sé kò mouin
      Manjé-l, nou va gin lavi.»

3-  Jézu di Vérité. Nou asiré sou li
      Li bay divin an dizan : «Sé san mouin
      Bouè li, nou va gin lavi.»

4-  Jézu mété Légliz ap réfè sa-l té fè
      Kan losti-a konsakré nan lamès
      Nou gin Jézu byin vivan.

5-  Losti sé nouriti, gras a li nou grandi
      La kominion fè nou youn ak Jézu
      Li fè nou youn antré nou.

6-  Nou réyini sou tab é nou manjé minm pin
      Nou tout sé yon sèl fanmi, yon sèl ras
      Jézu ki rasanblé nou.

7-  Poutèt la kominion fò nou youn rinmin lòt
      Fò nou kontan ouè tout frè ak tout sè
      Ap vîn pi byin jou an jou.

8-  Jézu konnin soufrans, li gin yon kè tou dou
      Nou kominyin, pou n-aprann konsolé
      Tout moun ki gin dlo nan jé.

9-  Jézu pa fè lènmi ak moun ki t-ap nui li
      Nou kominyin pou nou konn padonnin
      Moun ki té fè nou ditò.

10-  Kan li té fîn mouri, Jézu lévé vivan
      Nou kominyin pou nou louin ak péché
      Péché ak mouri, sé minm.

11-  Jézu kité al joui lagloua nan sièl ak li
      Nou kominyin pou n-alé rasanblé
      Nan bonè lakay Bondié.

12- Jézu fè youn ak nou, sa ba nou kè kontan
      Mèsi Bondié pou lapè ou ba nou
      Nou vlé toujou viv ak ou.

        --“Mouin adoré-ou avèk tout kè-m”-- Flanbo, p. 294.

ÉKARISTI

       Mouin adoré-ou avèk tout kè-m,
       Ou minm Bondié ki byin kaché,
       Ou ki prézan réyèlman vré
       Anba bagay sa yo k-parèt. (bis)

1  Mouin rinmèt ou tousa-k nan kè-m,
San-m pa ouété anyin ladan-l;
Paské antan-m rét ap gadé-ou,
Kè-m tout-antié vîn pèdi souf. (bis)

2  Ni sa nou ouè, ni sa-n touché,
Ni sa-n gouté, yo pa jouinn ou,
Sé sa yo tandé di sèlman,
Sou li lafoua nou répozé. (bis)

3  Tousa Pitit Bondié-a di,
Mouin kouè-l, mouin mét lafoua-m nan li;
Pa gin anyin minm ki pi vré
Pasé paròl Vérité sa-a. (bis)