Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-10 VANDRÉDI SIN - NAN SOUFRANS GRANMÈT-LA

Indikasion Dékrè-a pou jou sa-a nan ané 2020 : 

Vandrédi Sin. Nan priyè inivèsèl la, sé pou Évèk yo préparé yon intansion spésial pou moun ki nan mové situasion yo, pou malad yo, pou défin yo (cf. Misèl Romin). Sé sélébran-an sèlman ki pou adoré Koua-a antan-l bo-l.

Indikasion CEH (Konférans Évèk Ayiti yo) pou jou sa-a nan ané 2020 :

En signe de communion avec l’Église universelle, on peut recommander aux fidèles de réciter vers 3 heures, en famille, le chapelet de la Divine Miséricorde.


Nou mété pati rubrik yo ki pa korésponn pou ané 2020 sa-a nan mitan krochè. 

 

 

CHAPELET DE LA DIVINE MISÉRICORDE  CHAPLÈ DIVÎN MIZÉRIKÒD LA

Il se récite avec un chapelet ordinaire.

  • Un Notre Père
  • Un Je vous salue Marie
  • Un Je crois en Dieu
  • Sur les gros grains :
  • Père Éternel, je t'offre le corps et le sang, l’âme et la divinité de ton Fils bien-aimé, notre Seigneur Jésus-Christ, en réparation de tous nos péchés et de ceux du monde entier.
  • Sur les petits grains :
  • Par sa douloureuse Passion, sois miséricordieux pour nous et pour le monde entier.
  • A la fin du chapelet :
  • Dieu saint, Dieu fort, Dieu éternel, prends pitié de nous et du monde entier. (× 3)
  • Jésus j'ai confiance en toi!

 Yo résité-l sou yon chaplè òdinè.

• Yon Papa nou ki nan sièl la
• Yon Mouin salué-ou Mari
• Yon Mouin kouè nan Bondié

Sou grinn ki pi gro yo nan chaplè-a:

Bondié Papa-a m-ap ofri-ou Kò, San, Nanm ak Divinité Jézu-Kri Granmèt nou, Pitit ou-a ou rinmin anpil la,
- Pou péyé pou péché nou yo ak péché tout moun sou tè-a.

Sou grinn ki pi piti nan chaplè-a:

Poutèt tout Soufrans Jézu té sibi,
- Gras mizérikòd pou nou ak pou tout moun sou tè-a.

Alafin chaplè-a:

Bondié ki sin, Bondié ki fò, Bondié ki étènèl,
- Gras mizérikòd pou nou ak pou tout moun sou tè-a. (x 3)

Jézu, mouin gin konfians nan ou!

 

VANDRÉDI NAN SOUFRANS GRANMÈT-LA

  1. Jou sa-a avèk jou ki suiv li-a, dapré yon abitud Égliz la ginyin dépi nan tan lontan anpil, li pa sélébré sérémoni sakréman yo ditou, [sof Pénitans la avèk onksion malad yo.]
  2. Jou sa-a, sé sèlman nan sérémoni Soufrans Granmèt la yo distribié kominion ki sakré-a [bay fidèl yo;] min malad yo ki pa kapab patisipé nan sérémoni-an, yo kapab poté-l pou yo nan ninpòt ki moman nan jounin-an.
  3. Sé pou lotèl la dégani nèt: san koua, san chandèl, san nap.

Sélébrasion Soufrans Granmèt la

  1. Nan apré midi jou sa-a; anviron vè touazè, sof si pou rézon pastoral yo chouazi yon lè ki pi ta, yo fè sélébrasion Soufrans Granmèt la, ki gin toua pati, sa vlé di litiji paròl la, adorasion Koua-a épi Kominion-an ki sakré-a.
  2. Pè-a avèk diak la, si ginyin ki prézan, yo abiyé ak ònéman rouj, tankou pou Mès la, an silans yo proché dévan lotèl la, yo salué-l, yo kouché sou fas yo, ou byin, dapré sikonstans, yo plouayé kò yo ajénou, épi an silans pandan yon bon moman yo priyé. [Tout lòt yo ajénou yo plouayé kò yo.]
  3. Apré sa, pè-a ansanm avèk minis yo, l-al koté tro-n nan; [li viré nan diréksion pèp la,] antan-l kanpé min-l louvri, li di youn nan priyè sa yo; san-l pa di An nou lapriyè.
  • Priyè

Sonjé pitié-ou yo, Granmèt,
épi sèvitè-ou yo, fè yo vîn sin avèk protéksion ki pap janm fini-an,
yo minm Kris la, Pitit ou-a, té mété mistè paskal la pou yo-a, sa-l té signin ak san-l nan.
Li minm ki vivan, é ki roua dépi tout tan é pou tout tan. 
R/.  Amèn.

      Oubyin:

Bondié, ki té détrui lanmò éritaj péché lontan-an,
koté tout ras fanmiy nan té travèsé-a,
gras a soufrans Kris, Pitit ou-a, Granmèt nou-an,
fè nou favè pou, antan nou sanblé avèk li,
minm jan nou té poté pòtré moun tè-a
akoz nésésité natu-a,
konsa nou poté pòtré pa sièl la akoz sanktifikasion gras la.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

Prémié pati:
Litiji paròl la

Prémié léktu

Li blésé poutèt péché nou yo (Katriyèm chan Sèvitè Granmèt la).

Léktu liv profèt Izayi                                                                                      52, 13-53, 12

      Min sèvitè-m nan ap gin konprann, y-ap lévé-l anlè, y-ap lévé-l byin ro, l-ap anlè nèt. Minm jan anpil moun té sézi osijè-ou, konsa figi-l ap san gloua nan pami lèzòm, ni fòm li nan pami pitit moun yo. L-ap fè anpil nasion kriyé, sou li roua yo ap fèmin bouch yo, paské sé bagay yo pa-t rakonté y-ap ouè osijè-l, sé sa yo pa-t tandé y-ap gadé. Kilès ki kouè sa nou tandé-a ? Bra Granmèt la bay ki moun li dévoualé ?
      L-ap lévé tankou yon ti kréyòl, tankou rasîn ki sot nan tè sèk. Li pa gin aparans ni bèlté, pou nou té ouè-l, li pa-t gin fòm figi, pou nou té anvi-l ; li té méprizé, sé dènié nan moun yo, moun soufrans, ki konn maladi, fas li té kòm kaché, li té méprizé, sé pousa nou pa-t minm gin konsidérasion pou li.
      Réyèlman sé maladi nou li minm li t-ap poté, sé soufrans nou li minm li t-ap poté, nou minm nou té konprann li té tankou yon lépré, yon moun Bondié frapé, Bondié imilié. Li minm minm li blésé pou péché nou, li frapé poutèt krim nou yo, koréksion lapè nou-an sou li, sé gras a koté-l blésé yo nou géri.
      Nou tout nou té pèdi chémin tankou mouton, chak moun té dévié nan chémin pa-l. Granmèt la mété fot nou tout nan li. Li ofri tèt li, paské li vlé, li pa louvri bouch, tankou mouton dévan moun k-ap koupé linn li, li rét an silans, li pa louvri bouch li.
      Yo fè-l pasé tray, yo kondané-l, yo touyé-l. Ki moun k-ap rakonté ras li ? paské yo ouété-l sot sou tè vivan yo ; poutèt krim pèp mouin-an niouin té frapé-l. Y-ap ba-l méchan pou lantèman-l, ak rich pou lanmò-l, malgré li pa-t fè péché, pa-t gin manti nan bouch li.
      Granmèt la té vlé krazé-l nan maladi. Si-l bay lavi-l pou péché-a, l-ap ouè yon désandans k-ap viv lontan, volonté Granmèt la ap dirijé nan min-l. Poutèt nanm li té soufri, l-ap ouè, l-ap konblé. Nan sians li, sèvitè-m nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk, l-ap poté péché yo li minm minm.
      Sé pousa m-ap ba-l anpil moun pou pòsion pa-l, l-ap séparé byin anpil moun ki gin pouvoua, poutèt li té bay lavi-l nan lanmò, yo té konsidéré-l nan ran kriminèl, époutan li t-ap poté péché anpil moun yo, li t-ap lapriyè pou sa-k fè péché yo.

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                      Ps 30, 2 é 6. 12-13. 15-16. 17 é 25 (R/. Lk 23, 46)

     R/.   Papa, nan min-ou mouin rinmèt léspri-m.

2      Nan ou, Granmèt, mouin éspéré, pa kité-m ront pou tout tan ;
      nan jistis ou délivré-m.
     Nan min-ou mouin rinmèt léspri-m ;
      ou délivré-m, Granmèt, Bondié vérité-a.   R/. 

12    Dévan tout ènmi-m yo mouin vîn tounin dézonè,
      ni pou vouazin-m yo minm, sézisman pou zanmi-m yo :
      sa-k té konn ouè-m déyò, yo sové pou mouin.
13    Yo bliyé-m nan kè, tankou yon moun mouri ;
      mouin tankou yon véso ki pèdi.   R/. 

15    Min mouin minm sé nan ou mouin éspéré, Granmèt ;
      mouin di : « Sé Bondié-m ou yé,
16    nan min-ou déstiné-m yé ».
      Délivré-m sot nan min ènmi-m yo ak sa k-ap pèsékité-m yo.   R/. 

17    Kléré fas ou sou sèvitè-ou,
      sové-m nan mizérikòd ou.
25    Aji avèk kouraj, rafèmi kè nou,
      nou tout ki éspéré nan Granmèt la.   R/. 

Dézièm léktu

Li aprann obéyisans, li vîn tounin kòz délivrans
pou tout moun ki obéyi-l.

Léktu lèt Ébré yo                                                                                        4, 14-16 ; 5, 7-9

Frè-m yo :
      Kòm nou gin yon gran prèt an chèf, ki antré nan sièl yo, Jézu Pitit Bondié, sé pou nou kinbé profésion lafoua-a. Sèké nou pa gin yon prèt an chèf ki pa kapab soufri féblès nou avèk nou, yo éséyé-l nan tout bagay minm jan avèk nou, sof péché-a. Konsa sé pou nou proché avèk konfians kot fotèy gras la, pou nou jouinn kè sansib, pou nou jouinn gras nan sékou, nan bézouin.
      Nan jou Kris la t-ap viv nan chè-a, li ofri lapriyè avèk plint, avèk gro rèl, ak dlo nan jé-l, kot sila-a ki kapab sové-l sot nan lanmò, li kouté-l poutèt réspè-l. Min, malgré sé Pitit Bondié li té yé-a, li aprann obéyisans, nan sa-l soufri yo, lè-l rivé nan dènié pouin pou-l té rivé-a, li vîn tounin kòz délivrans tout tan-an pou tout moun ki obéyi-l.

      Paròl Granmèt la.

Vèsè anvan Évanjil la                                                                                              Fil 2, 8-9

Jézu-Kri vîn obéyisan pou nou
jous nan lanmò, ata lanmò lakoua.
Sé pousa Bondié lévé-l anlè :
épi li ba-l yon non, ki anlè tout non. 

Évanjil   Kliké la-a pou nou jouinn tèks Évanjil Soufrans Granmèt la dapré sin Jan ak nòt mizik.

Yo arété Jézu, yo maré-l. 

Soufrans Granmèt nou Jézu-Kri dapré Jan                                                18, 1-19, 42

Lè sa-a :

      Jézu soti avèk disip li yo lòt bò ravîn Sédron-an, koté té gin yon jadin, li antré ladan-l, ni disip li yo tou Juda té konn koté-a, li minm ki t-ap bay li-a ; paské Jézu té konn vîn la souvan avèk disip li yo.
      Konsa, Juda pran troup la ak sèvitè gran prèt yo ak farizyin yo, li rivé la avèk fannal ak flanbo ak zam. Jézu minm, kòm li té konnin tou sa-k t-apralé rivé-l li proché, li di yo : « Ki moun n-ap chèché ? »
      Yo réponn li : « Jézu moun Nazarèt la ».
      Jézu di yo : « Sé mouin minm ». Juda té kanpé la tou ansanm avèk yo li minm ki t-ap rinmèt li-a. Lè Jézu di yo « Sé mouin minm » nan, yo rékilé dèyè, yo tonbé atè.
      Li pozé yo késion ankò : « Ki moun n-ap chèché ? »
      Yo minm yo di : « Jézu moun Nazarèt la ».
      Jézu réponn : « Mouin té di nou sé mouin minm ; konsa si sé mouin minm n-ap chèché, kité sa yo pati ». Sé pou paròl la té kapab réalizé, sa-l té di-a : « Sa-ou té ban mouin yo, mouin pa pèdi youn nan yo ».
      Simon Piè minm té gin yon épé, li ralé-l, li frapé sèvitè gran prèt la, li koupé zòrèy douat li. Yo té rélé non sèvitè-a Malkus.
      Jézu minm di Piè : « Mété épé-ou la nan fouro-a : Kalis la Papa-a ban mouin-an, èské mouin pap bouè-l ? »

Yo kondui Jézu kot Àn dabò.

      Troup la ak kòmandan-an ak sèvitè Juif yo arété Jézu, yo maré-l, yo kondui-l kot Àn anvan ; sé té bo-pè Kayif, ki té gran prèt ané sa-a. Sé Kayif sa-a minm ki té bay Juif yo konsèy, ki té di « pito sé yon sèl moun ki mouri pou pèp la ».
      Simon Piè t-ap suiv Jézu ak lòt disip la. Disip sa-a, gran prèt la té konnin-l, li antré avèk Jézu nan lakou gran prèt la. Piè minm té kanpé nan bariè-a sou pa déyò. Lòt disip la soti, li minm gran prèt la té konnin-an, li palé ak fi ki t-ap véyé bariè-a, li fè Piè antré. Sèvant la ki t-ap véyé bariè-a. di Piè : « Èské ou minm tou ou pa-t nan pami disip mésié sa-a ? »
      Li minm li di : « Mouin pa ladan-l ». Sèvitè yo ak gad yo té kanpé bò brèz difé-a, paské té fè frèt, yo t-ap chofé kò yo. Piè té kanpé avèk yo tou, li t-ap chofé kò-l.
      Prèt an chèf la pozé Jézu késion sou disip li yo ak sou ansègnman-l. Jézu réponn li : « Mouin minm sé aklè mouin té palé pou tout moun ; mouin minm sé tout tan mouin té bay ansègnman nan sinagòg la ak nan Tanp la, koté tout Juif yo vîn rasanblé-a, an kachèt mouin pa di anyin. Pouki sa ou-ap pozé-m késion-an ? Intèrojé yo, yo minm ki té kouté sa-m té di yo ; min yo minm yo konnin sa-m té di mouin minm ».
      Kon-l di sa, youn nan sèvitè yo ki té kanpé la-a bay Jézu yon souflèt, li di : « Sé konsa ou réponn gran prèt la ? »
      Jézu réponn li : « Si-m mal palé, bay prèv ki sa-k mal la ; min si-m byin palé, pouki sa ou frapé-m nan ? »
      Àn voyé-l tou maré bay Kayif gran prèt.

Èské ou minm tou ou pa-t nan pami disip li yo ?
Mouin pa ladan-l.

      Simon Piè té kanpé, li t-ap chofé kò-l, yo di-l : « Èské ou minm tou ou pa-t nan pami disip li yo ? » Li minm li nié li di : « Mouin pa ladan-l ».
      Youn nan sèvitè prèt an chèf yo, fanmi sa Piè té koupé sòrèy li-a, li di-l : « Èské mouin minm minm mouin pa-t ouè-ou nan jadin-an avèk li ? » Piè minm nié ankò, épi minm lè-a kòk la chanté.

Péyi-roua-m nan pa sot sou tè sa-a.

      Yo kondui Jézu sot kay Kayif al nan palè-a. Sé té granmatin. Yo minm yo pa antré nan palè-a, pou yo pa sal, pou yo kapab manjé Pak la. Pilat soti déyò koté yo, li di : « Ki akizasion nou poté kont mésié sa-a ? » Yo pran laparòl yo di-l : « Si sé pa yon malfétè sa-a té yé, nou pa t-a bay ou li ».
      Pilat di yo : « Pran-l nou minm, jijé-l dapré laloua nou-an ».
      Juif yo di-l : « Nou pa gin doua touyé pèsòn ». Sé pou paròl Jézu-a té kapab réalizé, sa-l té di pou-l montré ki kalité lanmò li té gin pou-l té mouri-a.
      Konsa Pilat antré ankò nan palè-a, li rélé Jézu, li di-l : « Èské ou sé roua Juif yo ? »
      Jézu réponn : « Èské sé ak pròp fòs ou ou di sa, oubyin sé dòt moun ki té di-ou sa sou mouin ? »
      Pilat réponn : « Èské-m sé Juif mouin minm ? nasion-ou nan ak gran prèt yo rinmèt ou ban mouin : ki sa-ou fè ? »
      Jézu réponn : « Péyi-roua-m nan pa sot sou tè sa-a.  Si péyi-roua-m nan té sot sou tè sa-a, sètènman sèvitè-m yo t-a batay pou yo pa bay mouin nan min Juif yo ; koulié-a péyi-roua-m nan pa isit la ? »
      Pilat di-l : « Èské sé roua ou yé ? »
      Jézu réponn : « Ou di-l : sé roua mouin yé. Mouin minm sé pou sa mouin fèt, sé pou sa mouin vini sou tè-a, pou-m sèvi lavérité-a témouin : tout moun ki disip lavérité-a, yo kouté voua-m ».
      Pilat di-l : « Sa-k lavérité-a ? »
      Kon-l fîn di sa, li soti ankò kot Juif yo, li di yo : « Mouin minm mouin pa jouinn okinn kòz nan li. Sé yon abitid pou nou, pou-m lagé yon moun ba nou pou Pak la ; èské nou vlé pou-m lagé roua Juif yo ba nou ? »
      Yo lévé voua yo ankò yo tout, yo di : « Pa sila-a, min Barabas ». Barabas la sé té yon asasin. 

Salu, roua Juif yo.

      Lè sa-a atò, Pilat pran Jézu, li fè bat li. Sòlda yo trésé yon kouròn ak pikan, yo mété sou tèt li, yo vlopé-l ak yon manto rouj. Yo vîn dévan-l, yo t-ap di : « Salu, roua Juif yo » ; épi yo t-ap ba-l souflèt.
      Pilat soti ankò, li di : « Mouin minnin-l déyò ban nou, pou nou konnin mouin pa jouinn okinn kòz nan li ». Jézu soti, antan-l poté kouròn pikan-an ak rad rouj la.
      Li di yo : « Min moun nan ».
      Lè gran prèt yo ak sèvitè yo ouè-l, yo rélé byin fò, yo di : « Klouré-l sou koua, klouré-l sou koua ».
      Pilat di yo. « Pran-l nou minm klouré-l sou koua ; mouin minm mouin pa jouinn kòz nan li ».
      Juif yo réponn li : « Nou minm nou gin yon laloua, dapré laloua-a, sé pou-l mouri, paské li fè tèt li pasé pou Pitit Bondié ».
      Lè Pilat tandé paròl sa-a, li vîn pi pè ankò. Li antré nan palè-a ankò, li di Jézu : « Koté-ou soti ? » Jézu minm pa réponn li anyin. Pilat di-l : « Ou pa palé avèk mouin ? Ou pa konnin mouin gin pouvoua klouré-ou sou koua, épi mouin gin pouvoua lagé-ou ? »
      Jézu réponn : « Ou pa t-a gin okinn pouvoua kont mouin, si yo pa-t ba-ou sa sot anro. Sé pousa sa-k rinmèt mouin nan min-ou nan, li fè yon pi gran péché ».

Ouété-l, ouété-l klouré-l sou koua.

      Dépi lè sa-a, Pilat t-ap chèché lagé-l. Juif yo minm t-ap rélé byin fò, yo t-ap di : « Si-ou lagé moun sa-a, ou pa zanmi Sézar, paské tout moun ki déklaré-l roua, li kont Sézar ». Pilat minm, lè-l tandé sa yo, li kondui Jézu déyò li fè-l chita sou fotèy tribinal la, koté yo rélé Litostrotòs la, nan langaj ébré sé Gabata. Sé té préparasion Pak la, li té midi.
      Li di Juif yo : « Min roua nou-an ».
      Yo minm yo pousé rèl byin fò : « Ouété-l, ouété-l, klouré-l sou koua ».
      Pilat di yo : « Roua nou-an pou-m t-a klouré sou koua ? »
      Prèt an chèf yo réponn : « Nou pa gin dòt roua pasé Sézar ». Lè sa-a atò, li rinmèt li nan min yo pou yo klouré-l sou koua. 

Yo klouré-l sou koua, épi dé lòt avèk li.

      Yo pran Jézu, yo soti avèk li. Li poté koua-a li minm minm, l-alé koté yo rélé kalvè-a, nan langaj ébré sé Gòlgota, sé la yo klouré-l sou koua ; avèk li té gin dé lòt, youn yon bò, lòt la lòt bò-a, Jézu minm nan mitan. Pilat té ékri rézon kondanasion-an, li té pozé-l sou koua-a. Min sa-k té ékri : « Jézu Nazarèt, roua Juif yo ». Fraz sa-a, anpil Juif té li-l, paské koté yo té klouré Jézu sou koua-a té tou pré lavil la, épi yo té ékri-l nan langaj ébré, grèk ak latin.
      Gran prèt Juif yo t-ap di Pilat : « Pa ékri roua Juif yo, min sa-a di : “Mouin sé roua juif yo” ».  Pilat réponn : « Sa-m fîn ékri, li ékri ».

Yo séparé rad li.

      Sòlda yo minm lè yo fîn klouré-l sou koua-a, yo pran rad li yo, yo fè kat pòsion, yon pòsion pou chak sòlda, épi rad long nan. Rad long sa-a té fèt san koutu, li té filé alamin nèt, dépi anro jous anba. Youn di lòt : « Nou pap chiré-l, min n-ap tiré-l osò pou nou ouè ki moun k-ap jouinn li ». Sé pou paròl labib la té kapab réalizé, sa-k di : « Yo séparé rad mouin yo antré yo, yo tiré manto-m nan osò ». Sòlda yo, sé sa yo fè.

Min pitit ou. - Min manman-ou.

      Tou kolé koua Jézu-a, manman-l té kanpé, ni sè manman-l nan, Mari Kléofas, ak Mari Madlèn. Lè Jézu ouè manman-l ak disip li té rinmin-an ki kanpé, li di manman-l : « Madanm, min pitit ou » ; aprè sa, li di disip la : « Min manman-ou ». Dépi lè sa-a, disip la résévoua-l lakay li.

Tout bagay fîn réalizé.

      Apré sa, Jézu konnin tout bagay fîn réalizé, pou sa-l ékri-a té kapab réalizé, li di : « Mouin souaf ». Té gin yon véso plin vinèg ki té dépozé la ; yo minm yo pran yon éponj plin vinèg, yo mété nan pouint yon branch izòp, yo proché-l bò bouch li. Lè Jézu pran vinèg la, li di : « Tout bagay fini ». Li bésé tèt li, li rinmèt léspri-a.

Isit la, yo fé jénifléksion, yo pozé yon ti moman.

      Juif yo minm, kòm sé té préparasion Pak la, pou kò yo pa rété sou koua-a jou saba-a, (sèké sé té gran jou saba jou sa-a), yo mandé Pilat pou yo krazé janm yo, pou yo ouété yo. Sòlda yo vini, yo krazé janm prémié-a ak lòt la ki té klouré-a avèk li-a. Min lè yo rivé sou Jézu, kòm yo ouè li té déja mouri, yo pa krazé janm li, min youn nan sòlda yo louvri kòt li ak pik li-a, minm lè-a dlo ak san soti. Moun ki ouè-a, li sèvi témouin, témouagnaj li-a vré. Li minm li konnin li di vérité, pou nou minm tou nou kapab kouè. Bagay sa yo fèt pou sa ki ékri-a té kapab réalizé : « Nou pap krazé zo nan li ». Épi tou yon lòt pasaj sa ki ékri-a di : « Y-ap gadé sa-a yo transpèsé-a ».

Yo maré kò Jézu ak bann toual avèk losion.

      Apré bagay sa yo, Jozèf moun Arimati-a, mandé Pilat pou-l ouété kò Jézu, sé disip Jézu li té yé, min an kachèt paské li té pè Juif yo. Pilat ba-l pèmision. Li rivé, li pran kò Jézu.
      Nikodèm rivé tou, li minm ki té vîn kot Jézu nannuit prémié foua-a, li poté yon mélanj lamir ak aloès, apéprè san liv. Yo pran kò Jézu, yo maré-l ak bann toual avèk losion yo, jan Juif yo abitué antéré mò yo. Té gin yon jadin koté yo té klouré Jézu sou koua-a ; nan jadin sa-a té gin yon kavo tou nèf, koté yo pa-t ko mét pèsonn, sé la yo mété Jézu akòz préparasion Pak Juif yo, paské kavo-a té tou pré. Sé la yo té mété Jézu.

 

  1. Apré léktu Soufrans Granmèt la, pè-a fè yon prèch tou kout, lè-l fini yo kapab [invité fidèl yo pou yo] priyé pandan yon ti moman.

PRÈCH (Mgr Franz Colimon, smm)

I

     Lanmò Jézu sé pa yon échèk, sé yon Viktoua (Jn 16,33; 12,31; 14,30; 18,6, 1 Jn 2,14). Òrnénan sérémoni Vandrédi-Sin, sé pa koulè noua, sé koulè rouj. "O mort, où est ta victoire?" (1 Co 15,55). La mort est vaincue par la mort. "La mort a été engloutie dans la victoire" (1 Co 15,54 1s 25,3; Os 13,14; Ap 20,14). Nan pié lakoua, la Trè Sint Vièj kanpé. Li résévoua dènié paròl Jézu tankou yon Téstaman: "Min pitit ou!" (Jn 19,27). N-ap chèché viv konsign sa-a pi byin, antan nou mét plis konfians nan kè la Trè Sint Vièj, tankou yon pitit parapò a Manman-l, antan nou fè minm jès Sin Jan té fè-a: li pran-l la­kay li (Jn 19,27). "Il l’accueillit chez lui, non pas dans son domaine, car il ne possédait rien en propre, mais il lui donna place parmi les responsabilités auxquelles il se consacrait avec cœur", dapré sa Sint Ogustin di nou (In Joan. Evang. tract. 119,3: CCL 36,359 cf Redemptoris Mater 45, n 130).  "L’expression εἰς τὰ ἴδια va au-delà du simple accueil de Marie par le dis­ciple au sens du seul logement matériel, de l’hospitalité dans sa maison, cela désigne plutôt une communion de vie qui s’instaure entre eux deux en vertu de la parole du Christ mourant", sé sa Pap Jan-Pòl II di nan Lèt ansiklik li-a sou la Trè Sint Vièj Mari-a (ib). Pap la di: "La dimension mariale de la vie d’un disciple du Christ s’exprime précisément, d’une manière spéciale par cette offrande filiale à la Mère de Dieu, qui a commencé par le testament du Ré­dempteur sur le Golgotha. En se livrant filialement à Marie, le chrétien, comme l’Apôtre Jean, "recoit parmi ses biens personnels" la Mère du Christ et l’introduit dans tout l’espace de sa vie intérieure, c’est-à-dire dans son "moi" humain et chrétien. "Il l’accueillit chez lui". Il cherche ainsi à entrer dans le rayonnement de l’amour maternel avec lequel la Mère du Rédemp­teur "prend soin des frères de son Fils", "à la naissance et à l’éducation des­quels elle apporte sa coopération" à la mesure du don qui est propre à cha­cun de par la puissance de l’Esprit du Christ. Ainsi également s’exerce la maternité selon l’Esprit, qui est devenue le rôle de Marie au pied de la Croix et au Cénacle" (RM 45, cf Lumen Gentium 62.63).
     Ant Vandrédi-Sin ak Dimanch Pak, limiè lafoua-a té rét limin nan kè la Trè Sint Vièj sèlman (2 P 1,19, Ap 2,28). Tout Apot yo té pèdi lafoua (Mt 26,56), minm Sin Jan (Jn 20,8). Lè la Trè Sint Vièj lakay Sin Jan, ant Van­drédi-Sin-an ak Dimanch Pak la, sé Limiè-a k-ap kléré nan fènoua-a.
     Lè "Ténèbres" Vandrédi-Sin-an anvayi nou, n-a sonjé "veilleuse" sa-a, Pr 31,18,  ki limin nan kè la Trè Sint Vièj la, n-a gadé nan diréksion-l antan n-ap di avèk Épouz Kantik dè Kantik la: "Je dors, mais mon cœur veille" (Ct 5,2; cf Mt 25,5s).

*

II

     Jézu di katòz kalité paròl nan lapasion sélon Sin Jan-an. Yo chak gin yon sans pou vi nou.
     "Ki moun n-ap chèché?" (Jn 18,4.6): Sé té prémié paròl li, lè Jan ak An­dré t-ap suiv li bò Joudin-an (Jn 1,38, cf 20,15 Lc 2,40). Sé sa l-ap répété nou chak jou: aprann chèché Jézu byin (Am 8,12; 5, 4-6.14.18; Os 5,6; Pr 1,28; Jn 7,34; 8,21; Is 55, 6; Lc 23,8; 9,9).

  1. "Sé mouin minm" (Jn 18,5). Sé non Bondié "Je suis" (Ex 3,14) Jézu dé­klaré, ki fè troup sòlda yo ak Juda tonbé alaranvès la (Jn 18,6; cf 8,25.27.58). Min Jézu pa sèvi ak pouvoua-l pou-l détrui. Li kité yo lévé, li kité yo pran-l. Otorité nou pa fèt pou krazé lòt yo (Mc 10,43; Jn 13,13s; 1 p. 5, 3; 2 Co 1,24; Tit 1,7; 1 Th 2,7), minm si tanzantan nou montré ki sa nou yé (2 Co 11, 21-12, 15).
  2. "Si sé mouin minm n-ap chèché, kité sa yo pati" (Jn 18,8): Jézu sé Bon Gadyin-an, li bay lavi-l pou bann mouton-l yo (Jn. 10, 11; 15, 13). Lè nou gin résponsabilité nan yon sosiété, sé pa avantaj nou pou nou chèché, sé byin lòt yo. Sé nan sèvis yo nou yé.
  3. "Mété épé-ou la nan fouro-a" (Jn 18,11): Lagè pa kapab mété lapè (Jc 1,20). Gin dòt mouayin pou défann doua nou. Bondié pi fò. Li pap janm kité nou péri (Mt 28, 20; Jn 14,18, Ps 46, 2; Is 26,1; 54,10). Britalité sé pa sign fòs, sé sign féblès.
  4. "Mouin minm sé aklè mouin té palé pou tout moun: (Jn 18, 20): Jézu pa fè ti group anba chal k-ap réglé kozé ki pa klè, k-ap chèché invanté tout ka­lité konbinézon pou fè tranzaksion. Sa-k kaché pou lèzòm, Bondié ouè-l aklè, l-ap dévoualé-l (1 Co 4, 5; 2 Co 5, 10), jou gran jijman-an.
  5. "Si-m mal palé, bay prèv sa-k mal la" (Jn 18, 23): Mové trétman konn fè moun dépalé. Kondanasion Jézu té signin davans. Yo pa-t bézouin prèv pou kòmansé maltrété-l. Jistis mandé pasians pou mété limiè sou aksion yo. Kòlè toujou trò présé égzèsé vanjans ak jalouzi pou yo pa gin tan bay prèv noun nan inosan".
  6. "Èské sé ak pròp fòs ou ou di sa oubyin sé dòt moun ki té di-ou sa osijè-m" (Jn 18, 34); Jézu té mandé Àpot yo: "Pou moun yo, ki sa-m yé?" (Mt 16, 13). Apré sa li té mandé yo: "É pou nou minm ki sa-m yé?" (Mt 16, 15). Sé pa sou sa yo di pou nou fè konviksion nou, sé sou ékspérians nou ginyin avèk Jézu yon fason pèsonèl.
  7. "Péyi koté-m Roua-a, li pa soti sou tè-a" (Jn 18, 35); Prinsip gouvènman Jézu pa minm ak prinsip gouvènman pa nou (Mc 10, 42s). N-ap éséyé dé­fann pouvoua nou ak fòs, ak zam, ak batay (Mt 2, 16), Li minm sé apati édi­kasion osijè lapè li instalé gouvènman-l. "Si-ou vlé lapè, préparé lapè"
  8. "Ou di-l, sé Roua mouin yé" (Jn 19, 37): Sé pa yon roua k-ap montré préstij li, antan l-ap déplouayé tout kalité fòs lamé, antan l-ap montré tout kantité richès li (Is 39, 2; 1 R 10, 4ss). Sé Roua ki vîn tou pòv, nan pak Bét­léèm (Lc 2, 7), ki viv tou pòv nan vil Nazarèt (Lc 4, 16ss), ak sou rout Galilé (Lc 9, 58), ki mouri tou pòv sou mòn Gòlgota (Jn 19, 23.41). Vré grandè pa bézouin réklam.
  9. "Ou pa t-a gin okinn pouvoua kont mouin si yo pa-t ba ou-l sot anro" (Jn 19, 11): Sé anro Jézu sòti, sé ak pèmision Bondié Papa-a yo kapab mét min sou li (Jn 3,13; 10,18). Nou sé pitit Bondié. Yon chévé nan tèt nou pap tonbé san pèmision Papa nou (Lc 21, 18).
  10. "Madanm, min pitit ou" (Jn 19,26); Dépi nan nòs Kana, limiè Koua-a kléré. Jézu té di lè-l pa-t ko rivé (Jn 2,4). Divin-l té bay la, sé té sign san-l ki t-apral koulé-a. Li sé Tèt la, nou sé Kò-a (Col 1,18.24; Ep 1,22; 5,23). Mari sé Manman nou tout.
  11. "Min Manman ou" (Jn 19,27): Jézu fè Testaman-l (Redemptoris Mater, 45). Sa-l té ginyin kòm trézò-l la, li rinmèt li ba nou. Nan rnézi nou rinmin Mari, nou obéyi-l, nou défann onè-l, sé yon "acte de piété filiale" nou pozé, antan nou réspékté Téstaman Jézu-a.
  12. "Mouin souaf" (Jn 19,29): Sou bò pui-a Jézu mandé ti gout dlo pou pasé souaf li (Jn 4,7). Sa nanm nou li souaf. Chak bon aksion nou fè, sé souaf li n-ap pasé sou Koua-a (Mt 2,35).
  13. "Li fîn réalizé" (Jn 19,30): Sa-k té kòmansé dépi Kréasion-an (Gn 3,15; Ap 12, 1ss; cf Redemptoris Mater, 24, 47), sé sou Koua-a li fini. Péché-a lavé nan san Jézu. Si gin yon bagay pou nou rayi, sé péché-a, sé pa moun.

*

III

     Jézu té konnin davans tou sa ki t-apral rivé-l. Sé ak tout volonté-l li ofri tèt li nan sakrifis sa-a k-ap délivré nou anba pouvoua péché-a.
     Lè-l di: "Kilès n-ap chèché?", sa fè nou sonjé lè-l té di prémié Apot yo, An­dré ak Jan: "Ki sa n-ap chèché?" (Jn 1,38), lè l-ap di Mari Madlèn nan kavo-a: "Ki moun ou-ap chèché?" (Jn 20, 15), lè-l té di la Trè Sint Vièj Mari ak Sin Jozèf nan Tanp la: "Pouki sa nou t-ap chèché-m nan, èské nou pa-t kon­nin sé nan afè Papa-m nouin gin pou-m yé?" (Lc 2,49). Sé yon invitasion pou réajisté rézon ki fè n-ap chèché Jézu épi ki koté pou nou chèché-l pou nou jouinn li tout bon vré.
      Lè-l di: "Sé mouin minn" nan, tout foul sòlda yo tonbé atè. Malgré pouvoua-l, li kité yo pran-l. Sé pa ak fòs nou kapab réglé afè Bondié (Jc 1,20). Lè nou fèb, sé atò nou pi fò, paské pouvoua Bondié déplouayé nan féblès (2 Co 11,9-10).
     Jézu fè atansion pou-l protéjé Apot yo. Sé li minm sèl ki an kòz. Li pa fè bann pou défann kòz li. Li pa bézouin okinn témouagnaj lézòm nan lapa­sion-an. Sé sou Bondié sèl pou nou apuiyé (Jn 5,41).
Jan té gin antré-sòti kay prèt an chèf la (Jn 18,15-16), atèl pouin li té konnin non Malkus (Jn 18,10). Sé li minm ki fè Piè kapab antré nan lakou-a (Jn 18,16b). Juda tou té gin antré-sòti kay prèt an chèf la, min sé pou intérè pè­sonèl pa-l. Patizan Jézu pi rinmin-an ak patizan ki pi lènmi Jézu-a, yo gin minm frékantasion. Sé pa nésésèman rélasion sou pa déyò ki konté, sé fon kè nou.
    Àn pa-t prèt an chèf ané sa-a (Jn 18,12), Romin yo té instalé Kayif nan plas li. Min Juif yo pa-t rékonèt Kayif. Sé toujou Àn yo té konsidéré kòm prèt an chèf. Sé pousa yo blijé fè jijman-an, anba chal pasé kay Àn anvan, nan nuit la minm, malgré laloua pa-t rékonèt mòd jijman sa yo; tribinal pa-t gin doua louvri anvan yon moun té kapab réyisi rékonèt figi yon lòt moun nan lari, fò-l t-a omouin dévan-jou, sé pousa Sin Luk pa rapòté jijman ki fèt kay Àn nan (Lc 22,47-65). Kòm Àn pa-t gin pouvoua dévan Romin yo, sé Kayif k-apral rinmèt Jézu bay Pilat. Sé aparans jijman sèlman ki ginyin. Sé yon vèni yo pasé pou yo pa ouè si planch la pouri…
     Jézu ap di Pilat: ringn li pa sou tè sa-a. Li pa vîn fè konkirans ak pèsonn. Roua Maj yo té déja sot nan péyi ki byin louin, pou vîn rékonèt pouvoua-l, paské sé anro yo t-ap gadé, lè zétoual la t-ap dirijé yo-a. Lè yo gadé anba, nan palè Éròd la, Jéruzalèm, zétoual la disparèt. Sé lè yo rékòmansé gadé anlè, nan nuit ak nan savann, zétoual la réparèt (Mt 2,9), li kondui yo nan trou ròch la, Bétléèm. Sé anndan yon kè ki pòv Jézu vrè Roua tout bon vré.
     Jézu sèvi vérité-a témouin. Yon konduit ki douat, sé yon rout ki paré pou Bondié parèt. Nou pa gin pou pran défans pròp tèt nou. Sé Bondié k-ap okipé sa.
     Pilat di: sa-l fîn ékri, li fîn ékri-l. Juif yo pa-t vlé rékonèt Jézu pou Roua yo. Pilat pa kité yo chanjé fraz la. Lè Jézu rann dènié souf li, sé kapitèn nan k-ap déklaré li sé Pitit Bondié vré. Dé pouin sa yo — Roua Juif yo ak Pitit Bondié-a — sé dé Romin (Pilat; ak kapitèn nan) ki rékonèt yo. É sé sou dé ­pouin sa yo minm Jézu té jijé. Lè yo té tradui-l dévan Kayif, tribinal Juif yo, yo té mandé-l èské-l sé Pitit Bondié. Lè yo té tradui-l dévan Pilat, tribinal Romin yo, yo té mandé-l si-l sé Roua Juif yo. Mouins nou pran défans pròp tèt nou, plis Bondié okipé kòz nou.
     Nan pié lakoua-a la Trè Sint Vièj Mari la. Jézu rinmèt Manman-l ba nou nan min Sin Jan. Sé Téstaman-l (cf Redemptoris Mater, 45). Yon moun ki rinmin la Trè Sint Vièj, li gin anpil pri nan kè Jézu (Si 3,4).
     Jézu di: "Mouin souaf". Sé kè nou li souaf, minm jan li té mandé Samaritèn nan dlo-a. Fraz sa-a ap kontinué kònin nan zòrèy nou tout tan. Tou sa n-ap fè ki bon, sé dlo n-ap bay Jézu pou pasé souaf li.
     Jézu di: "Tout bagay fîn réalizé". Mision-l fîn akonpli. Min koté pa-l la fini, pa nou-an kòmansé, pou nou fè mérit li yo pasé nan lavi nou (Col 1,24).
     Kè-l pèsé, san ak dlo soti. Bondié té andòmi Adan, li té pran kòt li, li té fè yon fi pou marié ak li (Gn 2,21s). Jézu andòmi sou Koua-a. Égliz la fèt. Sé Ma­danm marié-l, 2 Co 11,2;  Ep 5,26-27.
     Nou gin dévoua pou nou fidèl, lè nou konsidéré nan ki sikonstans lavi nou jèmin.

     Tout sémèn sint la, dépi Dimanch Ramo, Égliz panché sou éta Soufrans Granmèt la yon fason spésial, pou-l fè fidèl yo tiré léson sou sans Soufrans sa yo. Dimanch Ramo, yo li Istoua Soufrans Granmèt la dapré lévanjil si­noptik yo (Sin Matié pou ané A, Sin Mark pou ané B, Sin Luk pou ané C). Vandrédi-sin, yo li Istoua Soufrans Granmèt la dapré Sin Jan. Lindi-sin, prémié léktu-a sé prémié Kantik Sèvitè Granmèt la (Is 42,1-7); madi-sin, prémié léktu-a sé dézièm Kantik Sèvitè Granmèt la (Is 49,1-6); mèkrédi-sin, prémié léktu-a sé touazièm Kantik Sèvitè Granmèt la (Is 50,4-9). Vandrédi-Sin, prémié léktu-a sé katriyèm Kantik Sèvitè Granmèt la (Is 52,13-53,12). Sèvitè sa-a, sé Jézu-Kri li minm minm, ki té di li pa vîn pou fè yo sèvi-l, min pou-l sèvi épi pou-l bay lavi-l pou délivré pakèt moun yo (Mc 10,41, cf Jn 13,13s; 1 P 2,22-24). Psòm-répons Vandrédi-Sin-an, sé sa Jézu té di lè-l té sou lakoua-a: "Papa nan min-ou mouin rinmèt léspri-m" (Ps 30 = 31). Vré Prèt an chèf la dapré dézièm léktu Vandrédi-Sin-an sé Jézu li minm, li sé Prèt, li sé lotèl, li sé sakrifis (He 4,14-16; 5, 7-9).
     Sin Jan montré kijan Jézu al dévan lanmò-a ak pròp volonté-l, li konnin da­vans tou sa k-ap pasé. Li montré pouvoua-l ginyin pou-l fè tout lamé Juif yo rékilé tankou lamé Faraon-an ki té tonbé nan lanmè-a (Ex 14,27; Ps 136,15). Lè-l di: "Sé mouin minm" (tankou non "Yavé" Granmèt la li prononsé-a:  ἐγώ εἰμι "Je suis" Jn 18,6; cf 8,28.58), tout moun tonbé alaranvès. Sin Jan montré kijan Juda tonbé ansanm avèk yo tou. "Ki moun n-ap chèché?" Ké­sion sa-a sé yon klé li yé nan lévanjil Sin Jan-an. Dépi nan kòmansman, y-ap chèché konnin kilès Jézu yé. Jouskalafin y-ap chèché-l toujou. Tout lavi yon Krétyin sé chèché Jézu. Min chèché-l byin, pa pou ésplouaté-l. Jézu gin san­sibilité pou disip li yo. Li égzijé pou kité yo alé anvan li kité yo arété-l. Jézu pa bézouin pèsonn défann li. Ak pròp volonté-l l-ap maché nan lanmò, l-ap bouè kalis la Papa-a té paré pou li-a; sin Piè gin pou-l rinmèt épé-l nan fouro-l. Malgré tou sa, lè yo arété Jézu, yo pè-l toujou, yo maré-l. Sa pa-t nésésè, sé ak pròp volonté-l l-ap maché. Minm lè-l té fîn antéré, yo té pè-l toujou (Mat 27, 62-66). Yo kondui Jézu kay Àn anvan yo minnin-l kay Kayif. Romin yo té dégradé Àn kòm prèt an chèf, yo té mét Kayif nan plas li. Min Juif yo pa-t janm aksépté sa. Yo té konsidéré Àn toujou kòm vré prèt an chèf, sé pousa yo kòmansé al dévan-l anvan y-al kay Kayif.
     Simon Piè pa séparé fasil avèk Jan (Jn 21, 21; Ac 3,1; 4,13; 8,14; Jn 13,23-24). Sé ansanm yo té yé dépi lè Jézu té rélé yo bò lanmè-a (Mc 1,16-20; Mt 4,18-22). Jan fè Piè antré nan lakou prèt an chèf la. Dépi-l kontré ak sèvant ki t-ap véyé bariè-a, Piè déja kòmansé ap dépalé. Sèké fi sa-a ki abitué ég­zaminé tout moun k-ap antré-sòti, li té ouè byin nan ki group moun Piè té yé. Min Piè démanti. Jézu ap tonbé toua foua sou rout Gòlgota-a, Piè sou prémié so-l: "Mouin pa ladan-l". Dayè, li pa vlé nan palé anpil ap fè diski­sion avèk fi-a, sé antré li bézouin antré pou-l ouè sa k-ap pasé. Li pa konnin si Satan té réklamé-l pou pasé Apot yo nan pasoua tankou blé (Lc 22,31). Sé chèf la Satan vizé pou-l fè tout lòt yo fébli. Péché-a fè Piè vîn frèt. Li santi bézouin pou-l chofé kò-l, min bò brèz difé-a li pa kapab rét kaché, gin limiè. Pito sé nan limiè Jézu (Ps 36,10) ak nan chalè kè-l (Ps 91,4) li t-al bloti kò-l.
     Pandan tan sa-a Jézu ap sibi késion an kachèt, nan fènoua, nan nuit, nan min prèt an chèf la. Sé yon sanblan jijman. Jijman sa-a dayè alé kont laloua-a, paské dapré laloua-a yo pa-t gin doua jijé moun nan nuit, fò dévan-jou té déja lévé pou yon moun té kapab rékonèt prochin-l pou yon jijman té kapab kòmansé nan tribinal. Tribinal pa louvri nannuit. Prémié répons Jézu bay prèt an chèf la mérité-l yon souflèt nan min yon sèvitè. Min Pitit Bondié-a sé Sèvitè Granmèt la k-ap soufri sa Profèt la té di nan touazièm Kantik Sèvitè-a (Is 50, 6): "mouin pa viré figi-m dévan souflèt yo ak kraché yo" (= prémié léktu mèkrédi-sin). Apré sanblan jijman-an, Àn voyé-l tou maré bay Kayif.
     Yo tounin sou Simon Piè. Li toujou ap chofé kò-l bò difé-a. Péché-a fè-l frèt. Foua sa-a sé pa sèvant la ki nan bariè-a ki pozé-l késion-an min sé anpil moun alafoua. Limiè difé-a kléré-l pi byin. Li réponn minm jan "mouin pa ladan-l". Épi, li pa déyò bariè-a ankò, min li nan lakou-a, yo kapab mét min sou li pi fasil. Sa pou-l fè? Mèt li maré, li san défans. Ata épé-l la pa kapab sèvi-l. Pou touazièm foua-a, témouagnaj la pi klè, sé fanmi Malkus la minm ki akizé-l, sa-l té koupé zòrèy li-a, li té ouè-l nan jadin-an ak pròp jé-l. Piè démanti. Kòk la chanté.
     Granmatin rivé. Yo kondui Jézu al nan palè Pilat la. Sé yon Romin. Yo pap antré lakay li, otréman yo pap an règ avèk laloua Juif yo, yo pap kapab manjé Pak la. Yo pa ézité poutan kondané yon inosan. Min y-ap obéyi ti règléman pou pa antré kay étranjé. Konsians yo pèvèti vré. Yo di Pilat: "Si sé pa-t yon kriminèl, nou pa t-a minnin-l ba ou". Sa vlé di sé Juif parèy nou li yé, nou pa gin okinn intérè pou nou rinmèt li nan min yon etranjé, fò-l koupab vré. Sé kòmsi yo di-l: ou pa minm bézouin jijé-l. Ou mèt tou kon­dané-l. Démach nou-an kont. Yo di: "Nou pa gin doua touyé pèsonn", min kout lang yo-a déja kondané-l pou touyé-l. Pilat anbarasé avèk ka sa-a. L-al fè va-é-vyin sot kot Juif yo al kot Jézu yon pakèt foua, sitou Juif yo pap an­tré nan palè-a pou yo pa souadizan sal. Nan Istoua Soufrans Granmèt la da­pré Sin Jan-an, sé konvèsasion sèlman prèské ki ginyin. Déroulman-an vif, sé késion ak répons, moun ki gin ròl pou rakonté Istoua-a pa gin tan pran souf; anvan-l di yon mo, sé prézanté l-ap prézanté pèsonaj yo. Akizasion Juif yo fè sou Jézu-a lè yo t-ap jijé-l nan tribinal pa yo-a, kay Àn ak Kayif, sé: "Li di li sé Pitit Bondié". Min akizasion yo fè kont li dévan Pilat, évida­man sé: "Li di li sé roua Juif yo", pou yo mété-l nan politik avèk Sézar épi avèk Pilat ki réprézanté pouvoua ak otorité Sézar. Jézu fè déklarasion sou Pons Pilat dapré sa Sin Pòl ap di Timoté (1 Tm 6,13). Li sé Roua lavérité. É sé pou vérité-a y-ap kondané-l. Pilat tèlman mélé dévan ka sa-a ki dépasé-l, li vlé fè vit pou-l lagé Jézu, li vlé profité okazion sa-a tou anvan Juif yo mandé Barabas, prizonié politik la. Kon-l palé, yo mandé Barabas. Pilat fè yon mové manèv kòm jij: Li mét Jézu sou minm pié avèk Barabas. Kòz Jézu nan jijman, Jézu pa ko kondané. Dapré abitid la, sé yon kondané yo té konn lagé chak ané. Jézu minm pa ko fîn jijé, Pilat mété tèt li an balans avèk tèt Barabas. Si yo mandé Barabas, y-ap blijé touyé Jézu. Pilat montré li manké ladrès nan késion jijman sa-a, paské intérè-l avéglé-l, li pè Juif yo, li pè pèdi plas li. Li fè sanblan l-ap défann Jézu, min sé pròp fotèy pa-l l-ap défann. Sa-k pi rèd la, li vlé kontanté Juif yo antan-l pèmèt yo fè Jézu pasé mati pou Juif yo kapab satisfè pou yo pa bézouin mandé Barabas ankò. Époutan kòz la pa ko jijé, li minm minm li pa ouè sa-k mérité lanmò-a. Pilat montré li sé ti moun nan tout alé-vini sa yo l-ap fè-a. Pilat soti avèk Jézu tou bingnin nan san-l, très pikan sou tèt li, rad rouj vif sou li; bagèt rozo nan min-l, pou Juif yo satisfè. Sé kòmsi sé toro méchan ki ouè koulè rouj, k-ap fonsé, yo rélé pi rèd: "Klouré-l sou koua". Pilat antré avèk li ankò pou-l pozé-l késion, foua sa-a sou késion Pitit Bondié-a Juif yo réyisi akizé-l la, sa-k fè Pilat pi pè toujou-a. Nan lévanjil dapré Jan-an, ròl Pilat la dévlopé anpil an fas Jézu. Lè Pilat késionnin Jézu ankò sou aspè sa-a: "Koté-ou sòti?", Jézu pa réponn, sé pa koulié-a pou-l mandé-l sa. Sé pou-l té kòmansé anvan-l té fè bat li, pou-l kontanté Juif yo, Pilat réklamé doua li ginyin sou Jézu. Jézu di-l pròp pou­voua pa-l sé anro li sòti, épi li minm minm sé anro li soti; konsa si Pilat gin yon doua sou li, sé anro doua sa-a soti pou pèmèt li fè kichòy sou Jézu. Lè sa-a Pilat chèché yon jan pou-l lagé Jézu; li ouè byin li an-afè ak yon bagay ki dépasé-l vré; époutan li pè pèdi plas li. Juif yo konn sa. Sé pousa yo di-l: "Si-ou lagé-l, ou pa zanmi Sézar". Chouazi ant li minm ak Sézar. N-ap fè rapò voyé a-Ròm pou nou fè-ou pèdi plas ou. Pilat dékontrolé.
     Pilat mét Jézu chita sou fotèy tribinal la. Jézu vîn tounin jij li minm minm pou-l jijé Juif yo k-ap akizé-l yo. Malgré tou sa Pilat fè, li pa rivé jouinn bout Juif yo. L-ap réglé yo: l-ap ékri: "Jézu moun Nazarèt roua Juif yo". Li pap chanjé sa-k ékri sou pankat la malgré réklamasion yo.
     Sé Jézu minm ki poté Koua-l sou zépòl li tankou Izaak té poté boua-a pou papa-l t-al sakrifié-l la sou mòn Moriya-a (Gn 22,6), koté yo té vîn bati Tanp Jéruzalèm nan (2 Chr 3,l; Gn 22, 2.) koté la Trè Sint Vièj Mari ap ofri Jézu nan plas Izaak la, lè l-ap résévoua révélasion épé soufrans la nan bouch Siméon (Lc 2,23; cf Redemptoris Mater, 16). Yo pa chiré gran ròb long Jézu-a. Li mouri pou-l rasanblé pitit Bondié yo vîn fè yon sèl (Jn 11,52). Lè ringn Israèl la t-ap chiré sou tan Roboam pitit Salomon ak Jéroboam nan (1 R 11,30), profèt Ahiya té chiré rad li nan 12 pòsion, li té bay Jéroboam 10 pòsion, li té kité 2 pòsion pou Roboam. Jézu vîn pou-l rasanblé pitit Israèl yo ki té gayé yo. Rad li-a pa chiré. Gran ròb sa-a tou, sé té ròb Prèt an chèf la, sa-l té konn mété lè-l té konn sakrifié nan Tanp la, Jézu abiyé ak rad la­mès li-a.

     Nan pié lakoua-a, Manman-l résévoua dènié Téstaman-l, dènié volonté-l. Jan réprézanté tout patizan yo Jézu rinmin yo (Jn 13,1; 19,26), Li konfié yo nan min Mari kòm pitit li. Mari minm, li rinmèt yo li kòm Manman yo. Mari sé Manman Égliz la. Nan kòmansman kat Évanjil yo (Mt 1,24), sé Jozèf ki pran Mari lakay li, lè Jézu fèk ap antré sou tè-a. Nan finisman kat Évanjil yo (Jn 19,27), sé Jan ki pran Mari lakay li, lè Jézu ap pati kité tè-a.
     Dépi lè sa-a Jézu ouè tout bagay fîn réalizé (Jn 19,28a). Dènié paròl Jézu, apré li fîn di "mouin souaf", sé "li fîn réalizé". Souaf Jézu-a sé souaf rin­min. Sa-l té di fi Samari-a bò pui Jakòb la (Jn 4,8): "Ban-m ti gout dlo". Sé nanm yo li souaf. Min sé vinèg yo ba li. Li té bay bon divin nan nòs Kana (Jn 2,1-11). Yo rinmèt li vinèg nan nòs l-ap fè ak Égliz la, nan pròp nòs pa-l. Chanté "Impropères"  yo (répròch) détayé tou sa pèp la fè kont Granmèt la, kijan li ingra (Mi 6,3): "Pèp mouin, ki sa-m fè ou, ki lapinn mouin fè-ou, réponn mouin!". Profèt Izayi louvri yon prosè kont pèp la (Is 5,1-7): Pié ré­zin-an Granmèt la planté-a, ki bay grinn rabi yo, k-ap fè dan moun gasi-a.
     Jézu sé Mouton Pak la, yo pa-t doué krazé okinn zo-l (Ex 12,46). Sé li minm vré Roua-a k-ap fè réfòm roua Jozias pa-t réyisi fè-a, sa-k té mouri nan lagè Mégido-a (2 R, 23,29), sa Jérémi té chanté konplint sou li-a (2 Chr 35,25). Konplint sa-a, lékòl Profèt Zakari-a ap transpozé-l sou Jézu-Kri li minm (Za 2, 10-11): "Y-ap gadé nan diréksion sila-a — mouin minm — yo pèsé-a" (cf Jn 19,37). San ak dlo koulé: sakréman lafoua-a, lékaristi ak Batèm spésial­man.
     Dé patizan ki té sèvi Jézu an kachèt yo, Jozèf d-Arimati avèk Nikodèm, kon Jézu fîn mouri, yo déklaré lafoua yo karé. Sé yo minm ki antéré-l. Nan kè Mari tou, li antéré. Mari ap kinbé "veilleuse" chandèl lafoua-a limin nan kè-l pou-l bay tout limiè-l jou Dimanch Pak la. An-atandan, pandan gran Saba-a, tout jounin samdi-a, sé li sèl sou tout tè-a, k-ap kinbé lafoua-a limin pou tout moun. Tout disip yo té pèdi lafoua. Yo té fébli. Minm si yo fè yon jès, éspoua délivrans yo té ginyin-an pa chita fèm (Lc 24,21). Mari sèl kinbé éspérans la. Sé pousa jou samdi-a rézèvé pou li.
     Jadin koté yo antéré Jézu-a té gin yon kavo tou nèf, pèsonn pa-t ko antéré ladan-l. Jézu pa abité nan kay moun fè ak min yo (Ac 17,24; 7,48-50, He 9,11.24; 1 R 8,27; Is 66,1; Jer 23,24), li vîn nan vant yon Vièj ki Imakilé Konsépsion. Lè-l té monté sou ti bourik la pou jou ramo-a, sé yon ti bourik pèsonn pa-t ko monté (Mc 11,2). Lè-l vîn nan kè nou, fò pa gin péché ki sal konsians nou. Fò kè nou tou nèf. Li vîn pou fè tout bagay tou nèf (1 Go 5,7; Ap 21,5; 2 Co 5,17; Is 43,18). Sé sans Pak la sa.
     Nan Jan 19,17-37, gin insistans sou réalizasion bagay ki ékri. Tout tan, sé ti réfrin sa-a ki tounin: "Pou sa ki ékri-a té kapab réalizé... tèl jan tèl maniè" (Jn 19,24.28.36-37). Sot nan Jan 19,17 rivé nan Jan 19,37, gin kòm sink pa­saj ki rakonté sink événman. Dé prémié yo (Jn 19,17-22 pankat la, épi Jn 19,23-24 rad yo) ak dé dènié yo (Jn 19,28-30 souaf la, épi Jn 19,31-37 kout pik la) sé réalizasion bagay ki ékri. Min sa-k nan mitan-an (Jn 19,25-27 Mari kòm Manman) sé réalizasion tout bagay (jan Jézu konstaté nan dènié kout jé Profèt li fè-a: Jn 19,28  εἰδὼς.

a) Jn      19,17-22 (pankat)     b) Jn 19, 23-24 (rad)
c) Jn 19,25-27 (M A N M A N)
d) Jn    19,28-30 (souaf)    e) Jn 19,31-37 (pik)

     Lè yo vîn arété Jézu-a, li di: "Ki moun n-ap chèché?" (Jn 18,4). Sé prémié mo ki té soti nan bouch li, apré Batèm Jan-Batis la, lè André ak Jan t-ap suiv li-a. Li té mandé yo: "Ki sa n-ap chèché?" (Jn 1,28). Li té di Mari ak Jozèf, lè-l té gin douzan, lè yo té pèdi-l épi yo té jouinn li apré toua jou nan Tanp la: "Pou ki sa nou t-ap chèché-m?" (Lc 2,49). L-ap mandé Mari-Madlèn, lè-l fîn lévé vivan-an nan kavo-a: "Ki moun ou-ap chèché?" (Jn 20,15).  Li toujou kontinué ap mandé nou: Ki sa n-ap chèché osijè-l. Gin divès manié pou chèché Jézu. Yo kapab chèché-l pou satisfè kiriozité, tankou Éròd k-ap chèché-l pou-l ouè mirak (Lc 9,9; 23,8), Yo kapab chèché-l pou fè-l mé­chansté, tankou Juif yo k-ap chèché-l pou yo touyé-l (Jr 7,1.19.20,2.5, 30; 37.40). Yo kapab chèché-l pou intérè pèsonèl, tankou foul la k-ap chèché-l nan dézè-a, apré li té fîn bay pin-an (Jn 6,26). Yo kapab chèché-l pou aprann désizion-l, pou fè volonté-l, tankou Mari ak Jozèf ap chèché-l (Lc 2,44.45.48). Minm si yo pa konprann sa-l vlé di, Mari kinbé paròl la nan kè-l, li kalkilé-l, pou-l réglé tout lavi-l sou li (Lc  2,51).
     Ki sa n-ap chèché osijè Jézu? Sa vlé di ki sa Jézu yé pou nou (Mt 16,15). Sé déklarasion solanèl li fè nan lapasion-an, ki montré nou sa-l yé tout bon. Nan Évanjil sélon Sin Jan-an, nou ouè kijan li réponn sòlda yo k-ap chèché Jézu Nazarèt la. Li di: "Sé mouin minm" (Jn 18,5). Mo li anplouayé-a, sé minm sa Bondié té réponn Moyiz la, sou mòn Sinayi-a: "Je suis" (ἐγώ εἰμι cf Ex 3, 14; Jn 8, 24.28.58). Sé minm non ak Bondié li ginyin. Sé Bondié li yé. Yo vîn chèché yon moun, yo tonbé sou Bondié. Laprèv, osito Jézu fîn déklaré sa-l yé sou fòm sa-a, la minm, yo tout yo tonbé sou do. Juda ki té nan pami yo-a, li tonbé li minm tou sou do (Jn 18,6). Si-l kité yo arété-l, sé li minm ki vlé. Li fè Pilat konnin sé anro li soti. Sé pousa si Pilat gin pouvoua sou li, sé anro ki ba-l pèmision sa-a (Jn 18,16; 19,11). Li sé Roua tout roua. Li sé Chèf tout chèf. Min sé lè-l maré tankou yon ésklav li déklaré sa, lè-l sètin yo pap atann li pran lèzam pou soulvé pèp la kont Romin yo (cf Jn 6,15). Réyèlman vré sé Barabas y-ap pito pasé-l (Lc 23,18; cf Ac 5,36s; 21,38).
     Si anpil moun t-ap chèché Jézu, sé paské yo té éspéré yon libérasion ki rété onivo tè sa-a (Lc 24,31; Ac 1,6; Mc 10, 37), minm si sé pou rinmèt rouayòm nan nan min Bondié, mouayin yo té chouazi-a sé lagè (2 Ma 15,15; Mt. 16,14; Lc 22, 38; Jn 18,10; Mt 26,51; Mc 14,47, Lc 22,50), sé révòlt, sé lanmò. Mésaj Jézu kontrarié plan yo. Volonté Bondié, dapré lékòl Profèt Izayi-a, sé sa Jézu vîn réalizé: Yon Mouton y-ap kondui labatoua (Is 53,7, Jn 1,29.36; Gn 22, 7; Ex 12,1-14; Jer 11,19), Lanmò-l sé sakrifis ki éfasé péché-a. Sé vré viktoua sou Satan (Jn 16,33; 12, 31; 14,30; Gn 3,15; Ap 12, 9; 1 Co 15, 54-55), ki kòz péché-a ak kòz lanmo-a.
     Nan pié Koua-a, doulè ap chiré kè la Trè Sint Vièj Mari (Lc 2,35). Min li sonjé Jézu té mandé-l pouki yo t-ap chèché-l, èské yo pa-t konnin sé Kay Papa-l pou-l té yé (Lc 2,49). Sé apré toua jou yo té jouinn li (Lc 2,46). Apré toua jou l-ap jouinn li vré byin vivan (Jn 2,19; 20,17). Pa gin Vandrédi-Sin san Dimanch Pak. Min pa gin Dimanch Pak tou san Vandrédi-Sin. Anvan sous lavi-a éklaté, nan Égliz la ak sakréman yo, fò Kè Jézu pèsé ak kout fouinn sòlda-a, pou san ak dlo sòti (Jn 19, 34; Ez 47,1; Za 13,1; 14, 8; Ps 46,5; Joel 4,18; Ap 22, 1). N-ap mandé Manman Mari pou-l aprann nou dépasé fènoua ki vlopé nou jou Vandrédi-Sin-an pou nou gadé nan diréksion Limiè k-ap lévé jou Dimanch Pak la.

*

Priyè tout pèp la

  1. Litiji paròl la fini avèk priyè pou tout pèp la, ki fèt konsa: diak la, si-l prézan, oubyin si-l absan minis layik la, antan-l kanpé bò anbon-an, di invita­sion-an, ki bay sans intansion-an. Apré sa tout moun priyé an silans pandan yon ti éspas tan, épi apré sa prèt la, antan-l kanpé bò fotèy la, oubyin, dapré sikons­tans, bò lotèl la, min-l louvri, li di priyè-a.
    [Fidèl yo,] pandan tout tan priyè yo yo kapab rété oubyin ajénou oubyin kanpé.
  1. Anvan priyè pè-a yo kapab sèvi, dapré tradision-an, avèk invitasion diak la An nou mété nou ajénou - An nou lévé  avèk jénufléksion tout moun pou yon priyè an silans.
    Sèlman Konférans Évèk yo kapab prévoua dòt invitasion pou introdui priyè pè-a.
  1. Si gin bézouin ki grav pou pèp la, Évèk diosèz la kapab pèmèt oubyin désidé pou yo ajouté yon intansion spésial.

    Kliké isit la pou nou jouinn nòt mizik pou tèks priyè-a.

 I. Pou Égliz la ki sin-an

      Yo di priyè-a nan ton sinp oubyin, si yo sèvi avèk invitasion An nou mété nou ajénou  -  An nou lévé, nan ton solanèl.

An nou priyé, nou minm nou rinmin anpil la, pou Égliz Bondié-a ki sin-an,
pou Bondié ak Granmèt nou-an aksépté
ba-l lapè, rasanblé-l, épi véyé sou li
sou tout fas tè-a,
pou-l ba nou répo ak vi trankil,
pou nou fè louanj Bondié Papa-a ki gin tout pouvoua-a.

Priyè an silans. Apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ki té révélé gloua-ou bay tout nasion nan Kris la,
konsèvé travay mizérikòd ou-a,
pou Égliz ou-a, ki gayé sou tout tè-a
toujou ap sèvi non-ou témouin avèk yon lafoua ki byin solid.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

II. Pou Pap la

An nou priyé tou pou Nòt-sin-Pèr le Pap Fransoua,
pou Bondié ak Granmèt nou-an
ki té chouazi-l nan ran évèk yo
konsèvé-l an santé épi san danjé pou Égliz li-a ki sin-an,
pou-l dirijé pèp Bondié-a ki sin-an.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm tout bagay répozé sou diréksion-ou nan,
voyé jé ak bon kè sou priyè nou yo,
épi Gran Chèf la ou chouazi pou nou-an, konsèvé-l pou jan ou bon,
pou pèp krétyin-an l-ap kondui avèk otorité-ou la,
anba pouvoua Pap la, li dévlopé gras a mérit lafoua li.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn

III. Pou tout moun ki nan ran prèt yo avèk pou tout grad fidèl yo

An nou priyé tou pou Evèk nou-an (N...)
pou tout Évèk, prèt, diak Égliz la,
avèk pou tout pèp fidèl yo.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm Éspri-ou sanktifié épi dirijé tout kò Égliz la
kouté nou k-ap priyé avèk insistans pou minis ou yo,
pou avèk fòs pouvoua gras ou-a, yo tout sèvi ou avèk fidélité.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

IV. Pou moun k-ap aprann katéchis pou yo batizé

An nou priyé tou pou moun (nou) yo k-ap aprann katéchis pou yo batizé-a;
pou Bondié ak Granmèt nou-an louvri zòrèy kè yo,
ni pòt mizérikòd la,
pou, antan yo résévoua padon tout péché yo
gras a bingn nouvo nésans la,
yo jouinn plas yo minm tou nan Jézu-Kri Granmèt nou.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki tout tan ap fè Égliz ou-a donnin avèk nouvo pitit,
mét plis lafoua ak intélijans nan kè moun (nou) yo k-ap aprann katéchis pou yo batizé-a,
pou antan yo réfèt nan sous batèm nan,
yo antré nan group pitit adopsion-ou yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri, Granmèt nou.  
R/. Amèn.

V. Pou tout krétyin yo fè youn

An nou priyé tou pou tout frè nou yo ki kouè nan Kris la,
pou Bondié ak Granmèt nou-an, antan yo fè vérité-a,
li rasanblé yo épi konsèvé yo nan yon sèl Égliz li-a.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki rasanblé sa-k gayé, épi konsèvé sa-k rasanblé,
voyé jé ak bon kè sou bann mouton Pitit ou-a,
pou sa yo yon sèl batèm té sakré-a,
totalité lafoua-a a maré yo
épi chinn charité-a a rasanblé yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.  
R/. Amèn.

VI. Pou Juif yo

An nou priyé tou pou Juif yo,
pou yo minm Granmèt Bondié nou té palé avèk yo an prémié-a,
li fè yo favè fè progrè nan amou non li
épi nan fidélité alians li-a.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ki té rinmèt promès ou bay Abraam ak désandans li,
kouté priyè Égliz ou-a ak bon kè,
pou pèp ou té résévoua an prémié-a,
li réyisi rivé nan dènié dégré rédanmsion-an. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

VII. Pou moun yo ki pa kouè nan Jézu-Kri

An nou priyé tou pou moun ki pa kouè nan Kris la,
pou, antan yo kléré ak limiè Sint-Éspri-a,
yo minm tou yo réyisi antré nan chémin k-ap sové yo-a.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
fè pou moun ki pa kouè nan Jézu-Kri yo, antan yo maché dévan-ou avèk kè sinsè,
yo jouinn vérité-a.
Kanta nou minm, antan n-ap fè progrè nan rinmin youn toujou ginyin pi plis pou lòt,
épi n-ap fè éfò pou nou résévoua mistè lavi-ou la pi byin,
fè nou vîn tounin pi bon témouin charité-ou la sou tè-a. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

VIII. Pou moun yo ki pa kouè nan Bondié

An nou priyé tou pou moun ki pa rékonèt Bondié yo,
pou antan yo suiv sa ki douat yo avèk kè sinsè,
yo réyisi rivé kot Bondié li minm minm.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki té kréyé tout moun,
pou antan tout tan yo déziré-ou y-ap chèché-ou
épi antan yo jouinn ou yo répozé,
fè nou favè, tanpri,
pou, malgré kontrariété k-ap jinnin yo,
tout moun, antan yo apèsi sign bon kè-ou,
épi témouagnaj bon aksion moun ki kouè nan ou yo,
yo kontan déklaré
sé ou minm sèl vré Bondié-a ak Papa ras nou-an. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

IX. Pou moun k-ap komandé nasion yo

An nou priyé tou pou tout moun ki résponsab okipé afè léta,
pou Bondié ak Granmèt nou
dirijé éspri yo ak kè yo dapré volonté li,
nan vré lapè ak libèté tout moun.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm nan min-ou kè moun yo ak doua pèp yo yé-a,
voyé jé-ou ak bon kè sou moun yo k-ap dirijé nou nan pouvoua-a,
pou tout koté, antan ou-ap vidé gras ou an kantité,
dévlopman tè pèp yo,
sékirité lapè,
ak libèté rélijion instalé byin solid. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

X. Pou moun k-ap pasé mizè

An nou priyé Bondié Papa-a ki gin tout pouvoua-a, nou minm nou rinmin anpil la,
pou-l nétouayé tè-a ak tout érè yo,
ouété maladi yo,
chasé grangou-a,
louvri prizon yo, kasé chinn yo,
fè favè pou vouayajè yo jouinn asirans, pèlérin yo tounin lakay yo,
malad yo jouinn santé,
épi moun yo k-ap mouri yo sové.

Priyè an silans; apré sa pè-a:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
konsolasion moun ki nan lapinn yo, fòs sa k-ap rédi yo,
sé pou priyè moun k-ap rélé yo rivé koté-ou
nan tout kalité tray,
pou yo tout kontan jouinn mizérikòd ou nan nésésité yo. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/. Amèn.

Dézièm pati:
Adorasion sint Koua-a

  1. Lè yo fîn priyé pou tout bézouin pèp la, yo fè adorasion solanèl sint Koua-a. [Nan dé fòm prézantasion ki ofri-a, y-a chouazi sa ki pi adapté-a, dapré égzijans pastoral yo.]

Prézantasion sint Koua-a

Prémié fòm

  1. Diak la avèk minis yo, oubyin yon lòt minis ki gin doua, alé nan sakristi-a. Apati koté sa-a li poté Koua-a an prosésion. Koua-a kouvri avèk voual violèt.  Yo travèsé nan légliz la jous rivé kot pè yo yé-a, yo akonpagné ak dé minis ki gin chandèl yo limin.

Pè-a, antan-l kanpé dévan lotèl la, [an fas pèp la,] li résévoua Koua-a, nan pouint pati anlè-a li dékouvri yon ti kras épi li lévé-l, antan-l kòmansé Min boua Koua-a, pandan diak la ap édé-l nan chan-an, [oubyin, alokazion, koral la.]  [Tout moun] réponn: Vini, ann adoré.  Lè chan-an fini, [tout moun] ajénou yo plouayé kò yo épi pandan yon ti moman an silans yo adoré, pandan pè-a rét kanpé épi li kinbé Koua-a anlè.

Min boua Koua-a
koté Sovè tè-a té pandié-a.
R/. Vini, ann adoré.

Apré sa, pè-a dékouvri bra douat Koua-a épi antan-l lévé Koua-a ankò li kòmansé Min boua, épi li fè tankou anro-a.

Alafin li dékouvri Koua-a toutantié épi antan-l lévé-l li kòmansé invitasion-an pou touazièm foua Min boua, épi li fè tankou prémié foua-a.


[Lòt fòm nan

  1. Pè-a oubyin diak la avèk minis yo oubyin yon lòt moun ki gin doua, l-alé nan pòt légliz la, koté li résévoua Koua-a ki pa voualé, minis yo gin chandèl yo limin, yo fè prosésion nan légliz la jous nan kè-a. Tou pré pòt légliz la, nan mitan légliz la, épi anvan yo antré nan kè-a, moun nan k-ap poté Koua-a, li lévé-l anlè antan l-ap chanté Min boua, tout moun réponn: Vini ann adoré épi apré chak répons, yo ajénou, yo bésé tèt yo, épi yo rét yon moman an silans yo adoré, tankou anro-a.]

Adorasion sint Koua-a

  1. Apré sa, [antan dé minis akonpagné-l avèk chandèl yo limin,] pè-a, oubyin diak la, poté Koua-a jous nan antré kè-a oubyin yon lòt koté ki adapté, épi li dispozé-l la oubyin li rinmèt li bay minis yo pou yo soutni-l, yo dépozé chandèl yo limin adouat épi agoch Koua-a.
  2. Pou adorasion Koua-a, pè-a k-ap sélébré-a avansé pou kont li an prémié, apré-l fîn rétiré chazub la ak soulié yo, dapré sikonstans. [Apré sa sé klèrjé-a ki avansé, minis layik yo, épi fidèl yo, tankou y-ap maché an prosésion,] épi yo adoré Koua-a avèk yon sinp jénufléksion oubyin yon lòt sign ki adapté dapré abitid réjion-an, [parégzanp antan yo bo Koua-a.]

[19. Sé yon sèl Koua yo doué prézanté pou adorasion-an. Si akoz foul moun yo, chak moun pa kapab proché apa, apré yon pati nan klèrjé-a ak fidèl yo fîn fè adorasion, pè-a pran Koua-a, épi antan-l kanpé nan mitan, dévan lotèl la, li di kèk mo pou-l invité pèp la adoré sint Koua-a, apré sa, li kinbé Koua-a lévé byin ro pandan yon ti tan pou fidèl yo adoré-l an silans.]

[20. Pandan y-ap fè adorasion Sint Koua-a, yo chanté réfrin Koua-ou la, Inpropè yo, imn Koua fidèl, oubyin dòt chan adapté, tout moun ki fîn fè adorasion-an yo chita.]

Chanté pandan y-ap fè adorasion sint Koua-a

Réfrin

Koua-ou la, n-ap adoré, Granmèt
épi sint réziréksion-ou nan n-ap fè louanj li, n-ap fè ouè gloua li.
Gadé vré, gras a piéboua-a
kè kontan vini nan tout tè-a. 
                                                                                                                   Cf. Ps 66, 2
Sé pou Bondié pran pitié pou nou, épi sé pou-l béni nou.
Sé pou-l fè fas li kléré sou nou,
épi sé pou-l pran pitié pou nou.

Épi yo répété réfrin-an: Koua-ou la...

Inpropè

      Pati ki konsèné chak group apa, yo indiké yo avèk niméro 1 (prémié group) épi 2 (dézièm group); lè sé tou lé dé group yo ansanm ki pou chanté yon pasaj, yo indiké-l konsa: 1 é 2.  Kèk vèsè minm, dé chant kapab chanté yo.

I

1 é 2   Pèp mouin, ki sa-m té fè-ou?
            Oubyin ki lapinn mouin té fè-ou? Réponn mouin.
   Paské mouin té rétiré-ou sot nan tè Éjip la:
            ou té paré koua pou Sovè-ou la.
1   Agiòs o Téòs
2   Bondié ki sin
1   Agiòs Iskiròs
2   Ou ki sin, ou ki fò
1   Agiòs Atanatòs, éléison imas
2   Ou ki sin, ki pa kapab mouri, pran pitié pou nou
1 é 2   Paské mouin té kondui-ou nan dézè-a pandan karantan-an
            épi mouin té  ba-ou manjé màn nan,
            épi mouin té fè-ou antré nan tè ki bon anpil la,
            ou té paré Koua pou Sovè-ou la.
1   Agiòs o Téòs
2   Bondié ki sin
  Agiòs Iskiròs
2   Ou ki sin, ou ki fò
  Agiòs Atanatòs, éléison imas
2   Ou ki sin, ki pa kapab mouri, pran pitié pou nou
1 é 2   Ki sa-m té doué fè pou ou épi mouin pa-t fè?
            Sé mouin minm ki té planté-ou,
            ou-minm pié rézin bon kalité-m nan, sa mouin chouazi ésprè-a.
            Époutan, ou vîn anmè anpil pou mouin.
            Ak vinèg réyèlman ou té pasé souaf mouin
            épi avèk lans ou té travèsé kòt Sovè-ou la.
1   Agiòs o Téòs
2   Bondié ki sin
1   Agiòs Iskiròs
2   Ou ki sin, ou ki fò
  Agiòs Atanatòs, éléison imas
2   Ou ki sin, ki pa kapab mouri, pran pitié pou nou

II

Chant yo:
      Mouin minm poutèt ou, mouin té frapé Éjip la
      nan prémié pitit li yo:
      Épi ou té rinmèt mouin pou yo ban-m kout fouèt.

1 é 2 répété:
      Pèp mouin ki sa-m té fè-ou?
      Oubyin ki lapinn mouin té fè-ou? Réponn mouin.

Chant yo:
      Mouin minm minm mouin té fè-ou soti nan Éjip,
      antan-m nouayé Faraon nan lanmè Rouj la;
      épi ou minm ou té rinmèt mouin bay chèf prèt yo.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm dévan-ou mouin té louvri lanmè-a:
      Épi ou minm minm ou té louvri kòt mouin avèk lans.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm dévan-ou mouin té maché nan yon kolòn nuaj:
      Épi ou minm minm ou té kondui-m nan palè Pilat.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm mouin té ba-ou manjé màn nan nan dézè-a:
      Épi ou minm minm ou té ban-m souflèt ak kout fouèt.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm mouin té pasé souaf ou ak dlo ki pou sové-ou la ki sot nan ròch la:
      Épi ou minm minm ou té pasé souaf mouin ak fièl ak vinèg.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm poutèt ou mouin té frapé roua Kananéyin yo:
      Épi ou minm minm ou té frapé tèt mouin ak rozo.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm mouin té ba-ou bagèt roua:
      épi ou minm ou té mété kouròn pikan sou tèt mouin.

1 é 2 répété:   Pèp mouin...

Chant yo:
      Mouin minm minm mouin té fè-ou monté byin ro avèk anpil fòs;
      épi ou minm minm ou  té pandié-m sou palan Koua-a.

1 é 2 répété:   Pèp mouin…

Imn

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.
Boua dosil ki soutni chaj Sila-a ki dosil la ak klou ki dosil.

Chant yo:
Lang, sé pou-ou chanté konba batay ki gin gloua-a;
Épi anlè tro-n Koua-a sé pou-ou déklaré trionf sipériè-a.
Kijan Rédanmtè fas tè-a ki sakrifié-a, li ranpòté viktoua,

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.

Chant yo:
Antan Kréatè-a pran pitié pou fot prémié paran-an,
lè-l té tonbé nan lanmò antan-l mòdé mové frui-a,
li minm minm sé boua-a lè sa-a li té chouazi pou-l té défèt domaj boua-a.

Tout moun:
Boua dosil ki soutni chaj Sila-a ki dosil la ak klou ki dosil.

Chant yo:
Travay sové sa-a nou sové-a, òd la té réklamé-l,
pou avèk adrès li té détrui adrès sa-k pran anpil fòm pou pèdi nou-an,
épi pou-l té poté rémèd la minm koté ènmi-an té bay kou-a.

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.

Chant yo:
Lè tan sakré-a konsa té rivé nan sa-k fè-l plin-an,
Papa-a té voyé Pitit la sot nan rotè li-a, Kréatè fas tè-a,
épi antan-l vîn tounin chè, li soti nan vant vièj la.

Tout moun:
Boua dosil ki soutni chaj Sila-a ki dosil la ak klou ki dosil.

Chant yo:
Ti pitit la ap kriyé, antan-l kaché nan bann linn byin séré.
Manman-an ki Vièj la maré manb li yo ki vlopé ak toual.
Li séré min-l ak pié-l avèk bann toual.

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.

Chant yo:
Lè-l rivé laj trant-an, tan li té gin pou-l pasé nan mòd kò sa-a,
ak tout volonté-l, li minm ki té pran nésans pou sa, li konsakré tèt li bay soufrans la,
mouton-an yo lévé-l sou Koua-a pou yo sakrifié-l.

Tout moun:
Boua dosil ki soutni chaj Sila-a ki dosil la ak klou ki dosil.

Chant yo:
Min vinèg, fièl, très pikan, kraché, klou, lans,
yo travèsé kò sa-a ki tou dou-a,
koté san sòti-a avèk fòs la.
Tè, lanmè, sièl, pròpté gras a gran riviè-a ki lavé yo-a.

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.

Chant yo:
Pliyé ramo yo, pié boua ki ro, laché vinn yo ki séré-a.
épi sa-k fè-ou rèd dépi-ou fèt la, sé pou-ou ramoli-l,
pou-ou soutni manb Roua anro-a ki dou-a sou bra-ou.

Tout moun:
Boua dosil ki soutni chaj Sila-a ki dosil la ak klou ki dosil.

Chant yo:
Ou sèl té mérité poté pri ras la,
épi préparé pò bay marin-an pou tè-a ki nofrajé-a,
li minm san sakré ki koulé sot nan kò Mouton-an té tanpé-a.

Tout moun:
Koua fidèl, ou minm nan pami tout pié boua ki sèl sipériè,                              
Nan pouin yon rak boua ki produi yon piéboua tankou-ou, ni nan flè, ni nan branch, ni nan foui.

Konkluzion-an, yo pa janm soté-l:

Tout moun:
Minm gloua tout tan pou Papa-a ak Pitit la, ak Paraklè-a ki éstraòdinè-a,
pou Sint Trinité-a,
li minm gras li ki sakré-a rachté nou épi konsèvé nou. Amèn.

Dapré kondision koté yo ou byin tradision pèp la, épi pou avantaj pastoral, yo kapab chanté Stabat Mater, sélon Graduèl Romin-an, oubyin yon lòt chanté adapté pou fè sonjé soufrans Sint Vièj Mari.

  1. Lè yo fini adorasion-an, diak la oubyin yon minis poté Koua-a nan plas li sou lotèl la. Yo dépozé chandèl yo limin alantou oubyin sou lotèl la oubyin tou pré Koua-a.

Touazièm pati:
Kominion Sakré

  1. Yo déplouayé nap la sou lotèl la, épi yo dépozé kòporal la épi misèl la. Pandan tan sa-a, diak la oubyin si pa ginyin, prèt la li minm pran voual uméral la, li répoté Trè Sin Sakréman-an sot nan répozoua-a, antan-l pran chémin ki pi kout la pou-l vîn sou lotèl la, pandan tout moun rét an silans. Dé minis akonpagné Trè Sin Sakréman-an avèk chandèl yo limin, épi yo dépozé chandèl yo alantou oubyin sou lotèl la.
    Lè diak la, si ginyin, fîn dépozé Trè Sin Sakréman-an sou lotèl la, épi li dékouvri siboua-a, pè-a proché kot lotèl la épi li fè jénifléksion.
  2. Apré sa, pè-a di ak yon voua klè, antan dé min-l kontré:

Sé yon lòd Jézu Sovè pasé nou,
sé konsa li montré nou lapriyè,
sé sa ki fè nou kapab di:

      Pè-a louvri min-l, tout moun ki la yo kontinué:

Papa nou ki nan sièl la,
sé pou yo réspékté non ou,
sé pou yo rékonèt sé ou ki roua,
sé pou volonté-ou fet sou tè-a tankou nan sièl la.
Pin nou bézouin chak jou-a, ba nou li jodi-a;
padonnin sa nou fè-ou
tankou nou padonnin moun ki fè nou kichòy.
Pa kité nou pran nan pièj
min délivré nou ak sa ki mal.

  1. Ak min-l louvri pè-a kontinué pou kont li:

Granmèt, tanpri souplé, délivré nou ak tou sa ki mal,
fè kè nou pozé pandan tout lavi nou,
édé nou pou jan ou gin bon kè,
délivré nou nèt ak tout péché nou yo,
é protéjé nou pou okinn malè pa rivé nou,
n-ap éspéré byin ou promèt nou-an,
Sovè nou Jézu-Kri k-ap vini-an.

      Li mét dé min-l ansanm.
       [Pèp] la fini priyè-a, antan-l déklaré:

Paské sé ou minm sèl ki roua,
sé ou minm ki gin tout pouvoua,
sé ou sèl ki mérité konpliman pou tout tan.

  1. Apré sa, dé min-l kontré, pè-a di an sékrè:

Jézu-Kri, Granmèt, pa jijé-m, pa kondané-m,
pou kò-ou m-apral manjé-a é pou san-ou m-apral bouè-a.
Min sé pou yo soutni nanm mouin ak kò mouin,
sé pou yo géri-m pou mouin kapab zanmi ak ou.

  1. Apré sa, li fè jénifléksion, li pran yon partikul, li kinbé-l anlè siboua-a, li lévé-l yon ti kras, [antan-l bay pèp la fas], li di ak yon voua byin klè:

Ala chans pou moun sa yo Jézu invité vîn manjé sa-a.
Min Jézu mouton Bondié ki ouété péché sou tè-a.

      Épi [ansanm ak pèp la,] li ajouté yon foua:

Granmèt, mouin pa mérité ou antré lakay mouin,
min di yon sèl ti paròl, nanm mouin va géri.

  1. Li bay lotèl la fas, li résévoua kò Kris la avèk réspè antan-l di an sékrè: Kò Jézu-Kri.

[28. Apré sa, li distribié kominion [bay fidèl yo]. Pandan kominion-an yo kapab chanté Psòm 21 oubyin yon lòt kantik ki adapté.]

[29. Apré kominion-an, diak la oubyin yon lòt minis ki gin pouvoua pou sa, poté siboua-a yon koté ki préparé an déyò légliz la, oubyin si sikonstans yo ékzijé sa, li dépozé-l nan tabènak la ankò.]

Prière de S. Alphonse de Liguori

Mon Jésus,
Je crois que tu es réellement présent dans le Très Saint Sacrement de l’autel.
Je t’aime plus que tout
et je te désire dans mon âme.
Puisque je ne peux pas te recevoir sacramentellement maintenant,
viens au moins spirituellement dans mon coeur.
Et comme tu es déjà venu,
je t’embrasse et je m’unis tout entier à toi.
Ne permets pas que je sois jamais séparé de toi.

  1. Apré sa, pè-a di: An nou lapriyè, épi li kité yon ti moman pasé an silans sakré, si sa profitab, épi li di priyè apré kominion-an:

Bondié, ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki té réparé nou ak lanmò ak réziréksion Kris ou-a ki sin-an
konsèvé travay mizérikòd ou-a nan nou,
pou gras a patisipasion mistè sa-a
nou viv ak dévosion tout tan. 
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.
R/.  Amèn.

  1. [Pou ranvouayé moun yo, diak la, oubyin si pa ginyin,] pè-a li minm kapab di invitasion-an: Bésé tèt nou pou bénédiksion-an.

      Apré sa, pè-a kanpé [an fas pèp la, li lonjé min-l sou yo,] li di priyè sa-a:

Sou pèp ou-a, tanpri, Granmèt,
li minm ki té raplé lanmò Pitit ou-a nan éspérans réziréksion-l nan,
sé pou bénédiksion an kantité désann,
pou padon rivé, pou konsolasion bay,
pou lafoua ki sin-an dévlopé,
pou rédanmsion tout tan-an vîn ranfòsé.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.  
R/. Amèn.

[32. Tout moun, apré yo fîn fè jénufléksion dévan Koua-a, yo pati an silans.]

  1. Apré sérémoni-an, yo dézabiyé lotèl la, antan yo kité Koua-a sou li avèk dé oubyin kat chandélié.

[34. Moun ki asisté sèvis sérémoni apré-midi sa-a, yo pa di vèp.]

 

 

 

 

[1]  Isit la yo kapab fè sonjé Évèk Koadjitè oubyin Oksiliè, oubyin lòt Évèk, jan yo noté nan Institutio generalis Missalis Romani [Dispozision jénéral Misèl Romin-an], no. 149.