Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-12 DIMANCH PAK - NAN RÉZIRÉKSION GRANMÈT LA

Indikasion CEH pou jou sa-a nan ané 2020 :

Dimanch Pak. On pourra ce jour-là sonner les cloches à midi et inviter les fidèles à s’unir à la prière du Regina Caeli dans leur lieu de confinement. 

 

Mès lajounin-an

  1. Réf. pou antré Ps 138, 18. 5-6

Mouin té résisité, épi mouin avèk ou ankò: alélouya!
Ou té pozé min-ou sou mouin:  alélouya!
Sians ou éstraòdinè, alélouya, alélouya.

      Oubyin:                                                                                Lk 24, 34; cf Ap 1, 6

Granmèt la résisité vré, alélouya.
Pou li gloua-a ak pouvoua-a
pou tout sièk tan ki pap fini yo, alélouya, alélouya.

Yo di Gloria.

  1. Priyè

Bondié, ki louvri pòt lavi tout tan-an pou nou jodi-a,
gras a Sèl Pitit ou-a ki ranpòté viktoua sou lanmò-a,
fè nou favè, tanpri, nou minm k-ap fété gran fèt réziréksion Granmèt la,
pou nou résisité nan limiè lavi-a
gras a Éspri-ou la ki réfè nou tou nèf la.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Prémié léktu

Nou té manjé, nou té bouè avèk li,
apré li té résisité sot nan pami mò yo.

Léktu Travay Apot yo                                                                                10, 34 a. 37-43

Jou sa yo :
      Piè louvri bouch li, li di : « Nou konnin sa-k rivé nan tout Judé, kòmansé dépi Galilé apré batèm nan Jan té préché-a : Jézu moun Nazarèt la, kijan Bondié té sakré-l ak Éspri Sin-an ak fòs : li minm ki travèsé antan l-ap fè byin, l-ap géri tout moun djab la t-ap maltrété, paské Bondié té avèk li. Nou minm nou témouin tou sa-l té fè nan réjion Juif yo ak Jéruzalèm ; li minm yo té touyé antan yo pandié-l sou boua-a. Bondié fè-l lévé touazièm jou-a ; li fè-l parèt, non pa dévan tout pèp la, min dévan témouin yo Bondié té chouazi davans yo : nou minm, ki té manjé, ki té bouè avèk li, apré-l té fîn résisité sot nan pami mò yo. Li pasé nou lòd pou nou préché pèp la, pou nou sèvi témouin Bondié mété-l kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout profèt yo sèvi-l témouin, tout moun ki kouè nan li ap résévoua padon péché yo o non-l ».

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                                            Ps 117, 1-2. 16 ab-17. 22-23 (R/. 24)

         R/.  Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
            sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.

      oubyin :  Alélouya, alélouya, alélouya.

1      Fè louanj Granmèt la, poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.
2      Sé pou Israèl di sa koulié-a poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.  R/. 

16   Min douat Granmèt la fè mèvèy,
      min douat Granmèt la lévé byin ro.
17   Mouin pap mouri, min m-ap viv,
      m-ap rakonté travay Granmèt la.  R/. 

22    Ròch la bòs mason yo té jété-a,
      sé li minm ki vîn tounin tèt kouin-an ;
23    sé nan Granmèt la sa soti pou-l fèt,
      sé yon bagay éstraòdinè nan jé nou.  R/. 

 

Dézièm léktu

Sé bagay anro yo pou nou chèché, koté Jézu-Kri yé-a.

Léktu lèt apot sin Pòl pou Kolosyin yo                                                                   3, 1-4

Frè-m yo :
      Si nou résisité ansanm avèk Jézu-Kri, sé bagay ki anro yo pou nou chèché, koté Jézu-Kri chita adouat Bondié-a : sé bagay ki anro yo pou nou gouté, sé pa bagay ki sou tè-a ; Sèké nou mouri, lavi nou kaché avèk Jézu-Kri nan Bondié. Lè Jézu-Kri ap parèt, li minm ki lavi nou, lè sa-a nou minm tou n-ap parèt ansanm avèk li nan gloua-a.

      Paròl Granmèt la.

Oubyin si yo pito :

Ouété vié lévin-an,
 pou nou kapab vîn tounin yon pat nouvo.

Léktu prémié lèt apot sin Pòl pou Korintyin yo                                                5, 6 b-8

Frè-m yo :
      Èské nou pa konnin yon ti kras lévin gaté tout pat la ? Ouété vié lévin-an, pou nou vîn tounin yon pat nouvo, minm jan nou sé pin san lévin-an ; sèké Pak nou-an sakrifié, sé Kris la. Konsa sé pou nou fété, min sé pa avèk vié lévin-an, ni lévin méchansté ak péché, min ak pin san lévin sinsérité-a ak vérité-a.

      Paròl Granmèt la.

Kantik (Sékans : Victimae paschali)

Yo doué di-l jodi-a ; nan jou yo pandan sémèn nan, y-a di-l si yo vlé.

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                        1 Kor 5, 7 b-8 a

          Alélouya. Pak nou-an sakrifié, sé Kris la ;
            sé pousa sé pou nou fété nan Granmèt la.    Alélouya.

Évanjil

Li té gin pou-l té résisité sot nan pami mò yo.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                           20, 1-9

      Prémié jou sémèn nan, Mari Madlèn rivé granmatin, nan kavo-a, pandan té fènoua toujou ; li ouè ròch la lévé sot nan kavo-a. Li kouri vîn kot Simon Piè ak lòt disip la, sa Jézu té rinmin-an, li di yo : « Yo lévé Granmèt la sot nan kavo-a, nou pa konnin koté yo dépozé-l ». Piè soti, ni lòt disip sa-a, yo rivé kot kavo-a. Yo t-ap kouri yo tou lé dé ansanm, lòt disip sa-a té kouri pi vit pasé Piè, li rivé an prémié nan kavo-a. Lè-l panché, li ouè bann toual yo ki pozé atè-a ; min li pa antré. Simon ki t-ap suiv li vîn rivé tou, li antré nan kavo-a, li ouè bann toual yo ki pozé atè-a, ak mouchoua-a ki té sou tèt li-a, min ki pa-t pozé avèk bann toual yo, min li té vlopé apa nan minm koté-a. Lè sa-a atò lòt disip sa-a antré, li minm ki té vîn an prémié nan kavo-a, li ouè, li kouè. Sèké yo pa-t ko konnin sa-k ékri yo, li té gin pou-l té résisité sot nan pami mò yo.

      Paròl Granmèt la. 

PRÈCH (Mgr Frantz Colimon, smm)

I

     Kantik apré dézièm léktu pou mès lajounin dimanch Pak la ("Victimae pas­chali laudes"), li bay sans fèt la: sé sakrifis louanj nou gin pou nou ofri, Jézu-Kri ranpòté laviktoua;  Mouton-an yo té sakrifié-a, li délivré ti mouton yo ki té pèdi rout yo-a.
     Apré yo fîn kalkilé sans soufrans Jézu-Kri pandan Karèm nan, kè kontan Pak la éklaté.  Jézu-Kri inosan rékonsilié péchè yo avèk Papa-a.  Sé yon kè nouvo ak yon léspri nouvo Papa-a ba nou nan Jézu-Kri.  Lanmò ki t-ap ba­tay ak lavi-a nan jadin Jétsémani-an, li pèdi batay la, lè chèf lavi-a mouri-a.  Krétyin yo gin pou yo viv yon lavi tou nèf avèk Jézu-Kri ki lévé vivan. Vié lévin péché-a, yo gin pou yo fini avèk li.  Pin san lévin-an, sé yon nanm ki pròp avèk Jézu-Kri.  Nou mouri ansanm avèk li parapò a péché-a, nou lévé vivan ansanm avèk li nan favè-a.  Sé pou nou sinsè, sé pou nou vré dapré sa Sin Pòl di nou nan léktu prémié lèt Korintyin yo (1 Co 5, 6-8).  Sé pou nou fini ak pansé tératè, sé bagay anro yo pou nou chèché, koté lavi nou kaché ak Jézu-Kri nan Bondié-a dapré sa Sin Pòl di nou nan lèt Kolosyin yo (Co 3, 1-4).  Mouin pap mouri min m-ap viv pou-m rakonté mèvèy Granmèt la, dapré Psòm-Répons la (Ps 117= 118).  Jézu-Kri sé ròch sa-a bòs mason yo té jété yon koté-a, ki vîn tounin tèt kouin-an.  Krétyin pa doué pè, lè tout zanmi-l lagé-l, sé sou Jézu-Kri ki lévé vivan pou-l apuiyé.
     Sé témouin yo ki pèmèt nou mét lafoua nan Jézu-Kri ki lévé vivan. Lafoua nou pozé sou témouagnaj yo, dapré sa prémié léktu Travay Apot yo di (Ac 10, 34-43).  Mari-Madlèn t-al pot mésaj bay Apot yo (Jn 20, 1-9): "Di nou, Mari, ki sa-ou té ouè sou rout la? Kavo Jézu-Kri ki vivan-an".  Kavo-a vid.  Sèlman Mari-Madlèn pa ko kapab bay sans évènman sa-a.  Li vîn jouinn Chèf Apot yo: Simon-Piè, k-al fè konsta.  Dispozision bann toual yo ak mouchoua-a fè Jan konprann Jézu-Kri lévé vivan vré.  Si sé ouété yo té ouété-l, yo t-a ouété toual yo ansanm ak kò-a, jan-l té vlopé-a, oubyin omouin toual yo t-a gayé atè-a.  Min bann toual yo rété yon fason kòmsi moun nan ki té vlopé anndan yo-a té sòti san-l pa déranjé yo, kòmsi sé yon balon ki dégonflé.  Sa Jan ouè-a, li fè-l kouè.
     Jézu-Kri ap parèt dévan Mari-Madlèn pou-l fè-l mét lafoua nan Réziréksion-l nan.  Sé témouagnaj sou témouagnaj tan Pak la bay, sitou avèk lévanjil Jan-an yo li chak jou nan lamès, ni Travay Apot yo yo li tou chak jou nan lamès pandan sinkant jou tan Pak la.  Dé liv sa yo insisté anpil sou késion témouagnaj la.  Kantik apré dézièm léktu  jou Pak la insisté sou késion té­mouagnaj sa-a ("Victimae paschali laudes"): Mouin ouè Anj yo ki sèvi té­mouin, ni mouchoua-a, ni rad yo.  Mésaj Jézu té bay Mari-Madlèn nan, li poté-l bay Apot yo: "Jézu-Kri lévé vivan, li minm ki éspoua-m, li pran dévan nou nan Galilé".  Ofi-amézi Jézu-Kri ap parèt dévan youn nan patizan yo, l-ap fè-l sèvi témouin pou lòt yo: "Nou konnin Jézu-Kri lévé vivan vré sot nan pami mò yo".

*

 II

     Li ouè, li kouè (Jn 20, 8).  Sé pa minm kalité mòd "ouè" ak Sin Toma (Jn 20, 29; cf 1, 52).  Sé fason Sin Jan ouè dra-a pozé-a ki fè-l kouè, sé pa Jézu minm li ouè ki fè-l kouè.  Li fè yon rézònman, lè-l ouè kijan dra-a rété nan pozision li té vlopé  Jézu-a, san li pa chifonnin, sé kòmsi moun ki té ladan-l nan té soti san-l pa défèt dra-a ki té vlopé-l la.  Jézu soti tankou sé travèsé li travèsé dra-a, dra-a vîn tounin tankou yon balon ki té gonflé épi ki vîn dé­glonflé.  Sin Jan égzaminé, épi li di nan kè-l sé pa ouété yo ouété kò-l,  sé résisité li résisité. Sé konsa nan asouè Jézu ap vîn antré nan mitan group Apot yo, anndan kay la koté yo té rasanblé-a, san-l pa louvri okinn pòt (Jn 20,19).  Li pa-t bézouin défèt dra-a tou pou-l té soti.  Li soti tankou limiè solèy ki travèsé yon fénèt vitré.  "Li ouè, li kouè".  Sign sa-a késioné-l, li ba-l konsantman-l.  Li ouè, li kouè.  Apré sa li sèvi témouin, pou nou minm tou nou vîn kouè (Jn 21, 24; 20, 11).
     Mouton Pak la sakrifié (1 Co 5, 3).  Sé sakrifis rékonsiliasion-an.  Jézu-Kri rékonsilié nou ak Papa-a (2 Co 5, 18s; Rm 5, 16; Col 1, 22).  Nou minm tou nou gin pou ba-l lafoua nou.  Lafoua sa-a sé li minm yo mandé nou nan batèm nan, sé li minm nou déklaré nan nuit Pak la, apré Pè-a fîn fè prèch la, apré li fîn béni dlo-a, pou-l voyé-l sou tèt nou kòm souvni batèm nou.
     Karèm nan té palé sou Batèm nan: Prémié dimanch la té mandé pou  nou rénonsé Satan, minm jan Jézu té rézisté Satan nan dézè-a, dézièm dimanch la té fè sonjé rad blan batèm nan tankou transfigirasion Jézu sou mòn Tabò-a koté Moyiz  ak Éli t-ap palé osijè "exode" li t-apral fè Jérusalèm nan, li té invité nou fè yon égzòd tou, yon konvèsion, yon chanjman mantalité, pou nou viv dapré égzijans batèm nan; touazièm dimanch la té fè nou kalkilé sou dlo lavi batèm nan, tankou Jézu té promèt Samaritèn nan dlo lavi-a bò pui-a; katriyèm dimanch la té fè sonjé limiè batèm nan, tankou Jézu té louvri jé avèg la, li minm ki Limiè lavi-a; sinkièm dimanch la té fè nou réfléchi sou réziréksion batèm nan fè nou jouinn, tankou Jézu té fè Laza lévé sot nan pami mò yo; dimanch lapasion-an té montré kapitèn nan nan pié Koua-a, ki fè déklarasion lafoua-a, sa Samaritin yo té fè osijè Mési-a nan touazièm di­manch la, sa avèg la té fè-a tou nan katriyèm dimanch la, épi sa Mart té fè-a tou nan sinkièm dimanch la osijè Mési-a.  Sé yon fason pou té préparé nou pou nou réfè gran déklarasion sa-a nan nuit Pak la, pou nou raplé égzijans batèm nou.
     Nan lévanjil dimanch Pak la, Sin  Jan di: "Li ouè, li kouè" (Jn 20, 8).   Nan dézièm dimanch Pak la, Sin Toma di: "Granmèt mouin, Bondié mouin" (Jn 20,28); li fè déklarasion lafoua-l tou, minm si sé lè-l fîn ouè Jézu li minm minm; Jézu fè-l répròch poutèt li pa-t kouè anvan, san-l pa-t ouè-l.  Jézu di-l: "Ala kontantman pou moun ki pa ouè yo, min ki kouè!" (Jn 20, 29).  Jézu t-ap sonjé lafoua Manman-l (cf Lc 1, 45.20), minm jan lè-l té fîn pasé Kana pou dézièm foua-a, li té rankontré kapitèn nan ki té mandé-l pou-l géri pitit li-a ki té gin lafièv la, li té di-l:  "Koman, si nou pa ouè sign ak prodij, nou pap kouè?" (Jn 4, 48; cf 2, 11; 3, 2; 1 Co 1, 22).  Sint Élizabèt té di la Trè Sint Vièj Mari: "Sé chans pou sila-a ki té kouè paròl Granmèt yo t-ap réalizé-a!"  (Lc 1, 45).  Sé lafoua  sa-a n-ap mandé la Trè Sint Vièj Mari, pou nou kapab viv égzijans angajman batèm nan.  Tout tan Pak la raplé nou sa, pandan sin­kant jou, jous jou Pantkot la.  Sé kòmsi dépi prémié dimanch Karèm jous la­pankot sé sou batèm nan n-ap réfléchi; sèké batèm nan inpòtan anpil.  Sin Monfò di nou konsa si gin anpil moun k-ap viv angajman Krétyin yo yon fason léjé konsa, sé paské yo pa réfléchi asé sou sa; sé pousa nan finisman tout mision-l yo, li té konn fè moun yo rénouvlé promès batèm nan (V.D. 127).
     Tout dimanch Pak yo insisté anpil sou lafoua.  Jézu ap fè kèk aparision, min sé tankou zéklè.  Sé yon fason pou-l aprann Apot yo ak Disip yo viv réla­sion yo avèk li nan lafoua (Jn 20, 17; Ac 1- 11; 1 Co 15, 5- 8).  L-ap kòm "sévré" yo jou Asansion-an, anvan li voyé Éspri Sin-an sou yo, pou-l ba yo fòs pou yo sèvi-l témouin.  Nou minm tou nou doué sèvi Jézu témouin avèk lafoua nou.  Satan toujou prèt pou-l fè nou pè, sé nou minm ki pou konnin nou pi fò pasé-l, antan nou rézisté-l fèm nan lafoua (1 P 5, 9).  Nou doué fè lafoua-a dévlopé antan nou mété-l an aktivité.  Sé antan nou fè égzèsis avèk kò nou manb nou yo pran fòs; konsa tou, lafoua-a, kalité sa-a Bondié dépozé nan nou nan batèm nan, sé antan nou fè égzèsis avèk li l-ap gin fòs, l-ap dé­vlopé; sé pou nou résité "acte de foi-a" souvan pou sa vîn tounin yon abitid, k-ap déklanché konpòtman lafoua, lè nou pa ouè klè nan sitiasion lavi nou.  Bondié ap kondui nou avèk yon réyon fènoua, jan Sin Jan-d-la-Koua di nou ("un rayon de ténèbre"), pou nou rét fèm, kòmsi nou ouè Sila-a yo pa kapab ouè ak jé-a (He 11, 27), jan Lèt Ébré yo di osijè Moyiz la. 

*

 III

     Sin Pòl di nou: si Jézu-Kri pa lévé sot nan pami mò yo, asirans nou-an pa vo anyin, lafoua nou-an pa pozé sou okinn fondasion solid (1 Co 15, 14).  Sin Jan di nou nan lévanjil dimanch Pak la: "li ouè, li kouè" (Jn 20, 8).  Dé ti mo sa yo ramasé tou sa-l té vlé di nan tout lévanjil li-a.  Sé yon mésaj pou la­foua.  Lèt Ébré yo di konsa: "sa lafoua-a promèt la, nou pa kapab ouè-l ak jé nou, paské sé pa t-a lafoua ankò, sa t-a vizion" (cf He, 11, 1).  Sa nou ouè-a, sé yon sign ki kondui nou sou chémin lafoua-a.  Nan nòs Kana-a, disip yo té ouè sign mirak la Jézu té fè, lè-l té fè dlo-a tounin divin-an.  Dapré sa yo té ouè-a, yo vîn kouè (Jn 2, 11).  Min sé pa bagay yo ouè-a yo kouè.  Sa yo ouè-a, sé chémin ki kondui yo pou yo kouè nan yon lòt bagay.  Yo ouè mi­rak la, yo kouè Jézu sé Mési.  Sin Jan ouè dra-a ak mouchoua-a nan dispozi­sion yo yé-a ak tonbo-a vid la, li kouè nan yon lòt bagay li pa kapab ouè ak jé-l, li kouè Jézu lévé vivan byin vivan sot nan kavo-a, pou fason dra-a té rété nan pozision yo té antéré Jézu-a, tankou yon balon ki rété nan minm plas la, min ki dégonflé sèlman, sa vlé di: moun nan ki té vlopé ladan-l nan sòti san-l pa défèt dra-a; minm jan Jézu ap parèt dévan Apot yo nan asouè, san-l pa louvri okinn pòt nan kay la (Jn 20, 19), minm jan réyon solèy antré nan piès la antan-l travèsé vit fénèt la san-l pa kasé-l, minm jan Pitit Bondié-a té antré nan vant la Trè Sint Vièj Mari jou Anonsiasion-an, san-l pa dé­ranjé anyin nan li, minm jan li té soti nan vant li jou Noèl la, san-l pa-t blésé okinn ògàn nan li.  Li gran, mèvèy sakré lafoua-a (1 Tm 3, 16).  Ala yon bèl mèvèy, nou pa kapab ouè, min nou kouè (Jn 20, 29; 1, 50; Lc 1, 45).
     Sin Pòl di nou nan lèt li ékri Kolosyin yo, ki vini  kòm dézièm léktu pou jou dimanch Pak la: "Sé bagay anro yo pou nou gouté, sé pa bagay ki sou tè-a" (Col 3, 1-2).  Sa vlé di nan konpòtman nou, sé pou nou montré nou lévé vi­van ansanm avèk Jézu-Kri. "Sé bagay ki anro yo pou nou chèché, koté Jézu-Kri chita adouat Bondié-a", sa vlé di pou nou maché tankou Moyiz ki té gin asirans kòm si li t-ap gadé Sila-a yo pa kapab ouè ak jé-a (He 11, 27: "aora­tos",  ἀόρατος; cf Col 1, 15; 1 Tm 1, 17: Bondié yo pa kapab ouè ak jé-a; épi Rm 1, 20; Col 1, 16: lòt bagay yo pa kapab ouè ak jé-a: "konpòtman la­foua-a fè nou doué jijé tout bagay avèk jé Granmèt la, ki lévé sot nan pami mò yo".  Anyin pa doué dékontrolé nou. Yon zanmi nou pèdi konfians li, yon avantaj nou pèdi nan rélasion sosiété-a, yon désizion ki bloké…, sé pa yon malè sa yé dévan bèlté lavi ki pap janm fini-an.  Si nou lévé vivan an­sanm avèk Jézu-Kri, sé bagay ki anro yo pou nou gouté, sé pa bagay ki sou tè-a (Col 3, 1).  Lavi nou sou tè sa-a, li kaché avèk Jézu-Kri nan Bondié (Col 3, 3).  Sé lè Jézu-Kri ap parèt, nou minm tou n-a parèt avèk li nan bèlté-a (1 Jn 3, 2).  An-atandan, sé nan lafoua n-ap maché.
     Nou gin tandans vlé ouè tout bagay maché san traka, sitou nou konn anvi pou tout  moun ouè afè nou réyisi, lavi nou gin yon sans, konpòtman nou douat, pou yo pa palé nou mal, pou yo fè louanj nou.  Époutan nou doué ak­sépté ti grinn blé-a ki tonbé nan tè-a mouri, pou yo bliyé-l, pou-l kapab don­nin anpil frui (Jn 12, 24).
     Youn nan gran problèm ki pa-t fîn jouinn solision klè nan Ansyin Tésta­man-an, sé rékonpans moun ki korèk yo.  Yo té pansé pa-t gin lòt kalité mòd lavi apré lavi n-ap viv sou tè-a, oubyin si té gin yon lòt, sé yon lavi an ralanti li té yé, tankou yon moun k-ap dòmi ak yon gro maladi ki angoudi tout manb li, ki pa ba-l posibilité gouté okinn plézi ki ginyin (Ps 88, 11-13; 6, 6; Is 38, 18; Ba 2, 17; Si 17, 27; Ps 115, 17; 94, 17).  Yo pa-t konnin t-ap gin yon réziréksion apré lavi sou tè-a.  Sé pou rézon sa-a lè yo té konn ouè malè ap tonbé sou moun ki korèk, yo té konn fè Bondié prosè.  Sé konsa tout liv Jòb la pasé pou chèché ki sa-l fè ki mal ki fè l-ap soufri konsa-a, joustan Bondié ba-l léson pou-l montré-l sé Sajès Bondié ki kapab réponn problèm sa-a.  Minm Apot yo t-ap mandé Jézu kilès ki fè péché, èské sé avèg la ou­byin manman-l ak papa-l ak zansèt li, ki fè li fèt tou avèg la.  Jézu té blijé éspliké yo ni li minm ni paran-l pa an koz, sé pou yo kapab ouè pouvoua Bondié (Jn 9, 2s).  Jérémi ki Jérémi pa-t ouè klè, li té blijé ap plinn, minm si-l pa-t fè Bondié éksplikasion dirèktéman, li té déchajé kè-l sou li, antan li t-ap déklaré-l kijan tout moun ap fè-l soufri, li minm poutan ki tankou yon mouton y-ap kondui labatoua, tou inosan (Jer 11, 18-20; 15, 10-21; 17, 12-18; 18, 18-23; 21, 7-18: sé pasaj sa yo yo rélé "Confessions de Jérémie" yo; sé kòmsi sé pròp istoua lavi pèsonèl li li rakonté, antan-l vidé kè-l tankou dlo).  Bondié blijé ba-l ankourajman, san-l pa fîn dévoualé-l tout fon sékrè-l nèt.  Chak foua, Jérémi pran yon ti kouraj, li maché; min pi dévan sé minm bagay ki rékomansé ankò, tout lavi-l pasé konsa, l-ap maché nan fènoua, li sètin kan minm sou paròl Bondié-a, min li pa ouè anyin dévan rout li, sièl la bouché, min l-ap maché kan minm.  Sèvitè Granmèt la minm ouè li tèlman ap soufri san-l pa ouè rézon-an, li dékourajé.  Li di nan kè-l sé pou anyin, sé pou van l-ap gaspiyé fòs li.  Bondié di-l sé pa sa, rékonpans li séré koté-l (Is 49, 4), minm jan Sin Pòl ap di nou nan lèt Kolosyin yo pou dimanch Pak la: "lavi nou kaché ansanm ak Jézu-Kri nan Bondié" (Col 3, 3).  Kanta pou Siyon minm, li t-ap di Granmèt la lagé-l, li pa sonjé-l ankò (Is 49, 14).  Bondié blijé ba-l kouraj antan-l di-l minm si yon manman t-a bliyé pitit li, li minm li pa gin doua janm bliyé-l (Is 49, 15), paské li ékri-l nan min-l (Is 49, 16).  Sé lafoua ki pèmèt nou maché san nou pa ouè rékonpans travay nou dévan jé nou (He 11, 13) Liv Apokalips la di sé chans pou moun ki mouri nan Granmèt la paské travay yo ap suiv yo (Ap 14, 13; Is 57, 1-2; He 4, 10; Mt 11, 28-29).  Moun y-ap fè louanj yo sou tè sa-a, yo déja gin rékonpans yo.  Sé pousa Jézu di nou pou nou pa chèché louanj lézòm, antan n-ap fè aksion ki pou parèt dévan jé yo, nan jèn nou, nan lacharité nou, nan lapriyè nou (Mt 6, 1-18).  Sé avèk pasaj lévanjil sa-a pélérinaj Karèm nan té kò­mansé jou mèkrédi lésann nan.
     Lafoua sé maché kòmsi nou té ouè Bondié an fas.  Nan tou sa n-ap fè, sé pou nou viv nan prézans Granmèt la.  Bondié té di Abraam: "Maché dévan-m, ou-ap kòrèk nèt" (Gn 17, 1; cf 5, 21.24 pou Énòk; 6, 9 pou Noé).  Prémié léktu dimanch Pak la (Ac 10, 34a. 37-43) fini sou mésaj lafoua-a (Ac 10, 43).  Sin Piè di tout moun ki kouè nan Jézu, yo résévoua padon péché yo.  Déklarasion sa-a chita sou mésaj Pak la.  Sin Piè té fèk fîn anonsé yo té touyé Jézu, Bondié fè-l lévé toua jou apré, li fè-l parèt dévan témouin li té chouazi davans.  Yon Krétyin sé yon témouin "réziréksion Jézu-Kri-a".  La­foua-l, sé yon flanbo k-ap kléré chémin frè ak sè-l (Mt 5, 14). 

*

 IV

     Tan pak sé kè kontan k-ap éklaté jous nan lapankot; sé tan alélouya.  Jézu lévé vivan.  Li fîn détrui ni lanmò, ni péché (1 Co 15, 54-57).  N-ap manjé Pak la avèk yon kè nouvo; nou antéré vié moun nan avèk tout mové pan­chan- l yo, pou nou lévé avèk moun nouvo-a (1 Co 5, 7), Jézu-Kri k-ap ofri  nou bay Papa-a tankou yon sakrifis ki fè-l plézi.
     Yon sèl tristès ki kapab ginyin, sé péché-a; lè-l makònin yon moun, li fè-l lèd.  Granmèt la pròpté nou, li péyé dèt péché Adan-an; li lavé-l nan san-l.  Nan nuit Pak la, nou réfè angajman promès batèm nou; Pè-a voyé dlo bénit sou nou, pou fè nou sonjé jou batèm nou; sé yon invitasion pou nou réfèt tou nèf.
     Mari-Madlèn al nan kavo-a, li pa ouè Jézu: Jézu parèt dévan-l pandan l-ap kriyé-a, li voyé-l anonsé Bòn Nouvèl la bay lòt frè yo (Jn 20, 1-18); Piè ak Jan vîn fè konsta (Jn 20, 3-10).  Jézu parèt dévan yo nan asouè (Jn 20, 19-23).  Toma pa-t la, sé nan ui jou l-ap kouè, lè Jézu ap fè-l mét min bò kòt li (Jn 20, 24-29).  Lafoua nou bazé sou Réziréksion Jézu-Kri (1 Co 15, 14).  Li ranpòté viktoua sou lanmò pou tout tan (1 Co 15, 54).  Okinn kontrariété  pa doué dékontrolé nou.  Si Bondié pou nou, kilès ki kapab kont nou? (Rm 8,31; Is 50, 7-9; Ps 46, 2; Is 26, 1; Mt 14, 27; 8, 26).  Ringn Satan fîn krazé.
     Patizan Émayus yo ap maché, ap chèché konprann sa-k pasé; Jézu parèt nan mitan yo, li fè rout avèk yo, li antré nan lotèl avèk yo, li fè yo rékonèt li pandan l-ap kasé pin-an, épi li disparèt (Lc 24, 13-35).  Jous pou Asansion, pandan karant jou, sé konsa Jézu ap fè ti aparision tankou kout zéklè; apré sa l-ap disparèt, pou-l fè disip li yo rankontré-l nan lafoua (Ac 1, 3; 10, 40-41; 13, 31; Mt 28, 10; 1 Co 15, 5-8).  Lafoua-a pèmèt nou maché nan noua, avèk Limiè Pak la k-ap kléré anndan fon kè nou, tankou flanbo Jédéyon yo ki kaché anndan krich yo (Jg 7, 16-22), pou nou dékouvri sans évènman in­télijans nou pa kapab konprann yo.  Sé Réziréksion Jézu-Kri-a ki bay lavi nou vré sans li.  Si grinn blé-a mouri, l-ap donnin anpil frui (Jn 12, 24).  Jézu voyé nou pou nou donnin frui, pou frui nou-an diré (Jn 15, 16).  Élizabèt di Mari li béni pasé tout fi, frui vant li-a béni tou (Lc 1, 42; cf Dt 28, 4).  Sé pou-l maché avèk nou nan pélérinaj lafoua-a (Redemptoris Mater, 26), pou nou donnin frui Réziréksion-an (Ga 5, 22). 

*

 V

     Antrénman Karèm nan aprann nou batay kont mové tandans nou, sitou ak jèn, lacharité, lapriyè: Jèn nan pou pròpté rélasion nou avèk pròp tèt pa nou, lacharité-a pou pròpté rélasion nou avèk prochin nou, lapriyè-a pou nou pròpté rélasion nou avèk Bondié.
     Prémié dimanch Karèm nan, sé jèn: Jézu fè jèn nan dézè-a pandan karant jou (Lc 4, 1-13: ané C).  Dézièm dimanch karèm nan, sé lapriyè: Jézu la­priyè sou mòn Tabò-a, figi-l chajé aspè, an prézans Moyiz ak Éli, dé pèsonaj sa yo ki té pasé karant jou tou ap fè jèn, ap lapriyè nan dézè-a (Lc 9, 28-36).  Touazièm dimanch karèm nan, sé lacharité: Bondié pran pasians tankou yon Mèt jadin ki vîn chèché frui nan pié fig frans li,  dépi touazan, li pa jouinn, li tann ankò yon ané san-l pa koupé-l, pou ba-l tan fè yon dènié éfò; pasians Bondié sé kondision konvèsion lézòm (Lc 13, 1-9).  Katriyèm dimanch ka­rèm nan tou sé lacharité: Bondié sé yon Papa k-ap tann ti pitit la ki pati al dépansé tout byin-l yo, épi ki tounin vîn mandé padon (Lc 15, 1-32).  Sin­kièm dimanch karèm nan tou sé lacharité: Bondié sé yon Avoka k-ap plédé pou madanm nan yo té pran nan adiltè-a, li pa kité yo kondané-l (Jn 8, 1-11).  Si Bondié pou nou, kilès ki kapab kont nou?  Si Bondié padonnin, kilès k-ap kondané? (cf Rm 8, 31).
     Sé pòt la ki louvri sou dimanch ramo yo, koté y-ap plédé lapasion-an, koté Jézu kouazé jé-l nan jé Sin Piè, pou-l fè-l sonjé, pou-l fè-l régrèt, pou-l fè-l jouinn padon (Lc 22, 61), koté Bon Laron-an mandé Jézu yon ti plas, Jézu fè-l antré nan sièl la minm jou-a san détou: "Jodi-a minm ou-ap avèk mouin nan Paradi-a" (Lc 23, 42-43).
     Nan nuit Pak la, sé tout chinn ésklavaj péché ak lanmò ki défèt (1 Co 15, 54-57); viktoua Jézu-a lavé fot Adan-an.


     An 1983, Égliz té fété 1950 ané dépi Rédanmsion-an té rivé.  Li té louvri tout pòt li; li té mandé pou fidèl yo louvri pòt kè yo bay Bondié ak plat min yo bay prochin yo (cf Pap Jan-Pòl II; "Ouvrez les portes au Rédempteur").  Pap Jan-Pòl II té bay signal la, lè-l té louvri Pòt Sint Bazilik Vatikan-an jou Anonsiasion 25 mas 1983-a; pòt la té rét louvri jous Pak, 22 avril 1984, pou maké tan "indulgences" Égliz la ki té gayé tankou lamàn k-ap tonbé sot nan sièl la.  Sa té raplé tan délivrans la, jou padon-an, ané favè-a, jibilié rédanm­sion-an Profèt Izayi palé-a (Is 49, 8; 2 Co 6, 2; Lc 4, 18; Is 61, 2).  Délivrans nou sé tout tan yo fété-l yon fason abituèl, yon fason òdinè.  Ané 1983-a Égliz la té fété-l yon fason éstraèdinè.  Chak Pak raplé Rédanmsion-an.  Pak 1983 té gin yon sans spésial, antan-l té raplé 1950 ané dépi Pak ané 33-a té rivé, lè Jézu té lévé byin vivan sot nan pami mò yo.  Pandan tout yon ané Égliz la té fété mèvèy sakré sa-a; li té invité fidèl yo lapriyè pi plis, fè péléri­naj, fè sérémoni spésial nan légliz yo, pou yo té jouinn "indulgence plé­nière"; li té bay posibilité jouinn li chak jou; yo té kapab fè-l sèvi tou pou nanm yo nan Pigatoua-a.  Nan finisman ané sint la, Pap la té fèmin Pòt sint la, min kè Jézu toujou rét louvri, koté sous mérit Rédanmsion-an kontinué ap koulé-a.
     Apré délij la, Noé té lagé Kolonb la.  Kolonb la té tounin vîn jouinn li avèk yon ramo oliv tou fré nan bèk li; sé té sign lapè-a (Gn 9, 8-12).  Bondié in­vité nou aksépté mésaj lapè-a: lapè pou sa-k té louin yo, lapè pou sa-k té pré yo (Ep 2, 17; Is 57, 19).  Gin moun ki nan kondision k-ap boulvèsé yo dépi lontan; yo pa konn sa pou yo fè pou yo mété yo an règ avèk Égliz la; Sin Jan di yo Bondié sé RINMIN (1 Jn 4, 8-10); li pa rét ap fè kòlè tout lasint jounin (Ps 103, 8),  sé yon Papa (Ps 103, 13), li égzilé péché nou yo louin li  (ib).  Minm si yon manman t-a bliyé pitit li, li pap bliyé nou (Is 49, 15; 54, 4-10; Ps 27, 10).  Pou yon ti moman li faché, min pou tout tan kè-l rét sansib (Ps 30,6).  Bondié sé Papa.  Abraam pa-t ézité ofri pitit li-a kòm sakrifis (Gn 22, 16); min sé Bondié ki réalizé jès Abraam nan pou nou, antan-l ofri pròp Pitit li-a, Sèl Pitit li-a sou Koua-a pou délivré nou anba ésklavaj péché-a (Rm 8, 32; Jn 3, 16; 1 Jn 4, 9); li fè-l lévé sot nan pami mò yo, li minm yo té rinmèt pou fot nou yo, épi ki lévé vivan pou nou vîn kòrèk (Rm 4, 24-25).
     Ané 1983-a, yo té raplé jibilié rédanmsion-an, tankou yon ané favè, yon ané lapè, yon ané padon, koté mizè lèzòm té rankontré mizérikòd Bondié, jan Pap Jan Pòl II té di-a ("La misère de l’homme rencontre la miséricorde de Dieu" cf Ouvrez les Portes au Rédempteur).  Sé té yon ané "konsolasion", jan Profèt Izayi di-a: "Konsolé, konsolé, pèp mouin; sé Bondié nou ki di sa; palé ak kè Jéruzalèm, déklaré byin fò ba li: paské tout péché-l yo éfasé, li fîn jouinn nan min Granmèt la réparasion pou tout péché-l yo" (cf Is 40, 1-11).  Nan Ansyin Téstaman-an, pou ané jibilié-a, yo té konn lagé tout ésklav, anilé tout dèt, kité tout tè an libèté, ni bèt yo ki sou yo-a, pou fè sonjé lè Pèp Bondié-a té ésklav, nan péyi Éjip la, Bondié té kasé chinn ésklavaj li-a.  Sé té yon ané répo, yon ané ki vîn tounin yon saba ki gin 365 jou.  Chak 50 ané yo té konn fè sa-a.  Yo té konn sonnin tronpèt spésial pou di: Jibilé-a louvri.  Tout moun ki gin ésklav, yo té konn voyé yo an libèté; tout moun ki té prété lòt lajan, yo té konn fè yo kado dèt la.  Jibilé-a fini; min Rédanm­sion-an kontinué.
     Nou gin fason pa nou pou nou kinbé moun kòm ésklav, pou nou fè yo doué nou: nan priyè "Papa nou"-an, nou di "padonnin nou sa nou fè tankou nou padonnin moun ki fè nou kichòy", sa vlé di: rinmèt nou dèt nou yo, tankou nou rinmèt moun ki doué nou yo.  Si nou kinbé moun nan kè, nou maré-l tankou ésklav, ki chajé ak dèt.  Sé dèt sa-a pou nou rinmèt (Mt 6, 12; 18, 23-35).  Minm si pòt sint la fèmin, pòt kè Jézu rét louvri, koté san ak dlo koulé (Jn 19, 34), sous rékonsiliasion-an.  L-ap frapé pòt kè pa nou (Ap 3, 20; Ct 5, 2).  Li mandé pou nou louvri kè nou  ba li, pou nou louvri min nou bay prochin nou.  Lè  Pap Jan-Pòl II té fèk instalé kòm Pap, li té bay kòm kon­sign: pa pè, louvri pòt yo bay Sila-a ki délivré nou-an.  Nan kòmansman Ka­rèm 1983 li té konplété Konsign sa-a antan-l té ajouté: louvri min nou bay prochin nou.  Sé dé jès sa yo n-ap ajisté ansanm: pòt kè nou n-ap louvri bay Granmèt la ki délivré nou-an, épi plat min nou n-ap louvri bay prochin nou nan lacharité, nan padon, antan nou fè chinn solidarité ki ranplasé chinn és­klavaj, chinn rayisans, chinn égoyis, chinn vanjans.  Pak sé tankou yon kal­fou, koté tan Karèm nan fini, nou pran diréksion lapankot, koté Éspri Sin-an ap fè tout nasion yo fè yon sèl, antan yo tout konprann minm langaj la, langaj lacharité-a (Ac 2, 8).  Pandan sinkant jou sa yo, Égliz la fè nou kalkilé lévanjil Sin Jan-an avèk liv Travay Apot yo.  Sin Jan raplé nou rékòmanda­sion Jézu nan dènié Soupé-a pou nou youn rinmin lòt, tankou li minm rin­min nou (Jn 13, 14.34-35).  Sin Luk montré nou prémié Krétyin yo ki gin yon sèl kè, yon sèl nanm (Ac 2, 42-47; 4,32;  cf Ps 133, 1).
     Sé pou Manman Mari, Rèn Apot yo, fè nou louvri pòt kè nou bay Granmèt la ki délivré nou-an; sé pou-l fè nou louvri plat min nou bay prochin nou yo, ni sa-k louin, ni sa-k pré.

 *

 VI

     Apré lapli, tan-an vîn bèl; apré vandrédi-sin, sé dimanch Pak.  Apré saba-a, sé prémié jou sémèn nan.  Sé kavo-a Mari-Madlèn ak lòt Mari-a té vîn ég­zaminé (Mt 28, 1); sé dévan lavi-a yo parèt (Lc 24, 5).
     Sin Matié mété rélasion ant vandrédi-sin-an ak dimanch Pak la.  Minm tran­bléman-tè ki té fèt jou vandrédi-sin-an, vè touazè-a (Mt 27, 51), sé li minm tou ki fèt jou dimanch Pak la (Mt 28, 2).  Minm gad yo ki t-ap fè faksion jou vandrédi sin-an pou yo pa-t vîn vòlè kò-a (Mt 27, 66), sé yo minm tou ki la jou dimanch Pak la (Mt 28, 4), pou sèvi témouin.  Yo té an fòs, koulié-a yo an féblès.  Sé yo minm ki vîn glasé tankou moun mouri (ib), tankou sòlda Faraon yo nan lanmè Rouj la (Ex 14, 27), tankou solda juif yo ki té tonbé sou do lè yo té vîn arété Jézu-a (Jn 18, 6), tankou sa yo Psòm nan ap palé-a: "sila yo ki t-ap fè souadizan moun brav yo, yo dòmi somèy yo, tout sòlda sa yo, bra yo fébli, lè-ou ménasé, ou minm Bondié Jakòb la, ni kabouèt, ni choual, yo bloké" (Ps 76, 6-7).  Rélasion avèk vandrédi sin-an klè dapré Sin Matié.  Minm Mari-Madlèn nan avèk lòt Mari-a ki té kanpé ap égzaminé koté yo t-ap dépozé kò Jézu-a pou yo té kapab vîn anbomé-l apré saba-a (Mt 27, 61), sé yo minm minm ki la jou matin dimanch Pak la (Mt 28, 1).  Vandrédi-sin-an, yo t-ap kriyé; dimanch la, sé kè kontan.  Gad yo minm tèlman pè, san yo trésayi (Mt 28, 4), yo vîn tankou moun mouri; min mé­danm yo minm, lanj la di yo: yo pa bézouin pè (Mt 28, 5).  Sé minm asirans sa-a Jézu ap ba yo tou, lè-l fîn salué yo, l-ap di yo: "Nou pa bézouin pè" (Mt 28, 10).  Ki sa-k pou fè yon moun pè, si sé pa péché-a sèlman (Ps 27, 1; 18, 29-30; Mi 7, 8; Is 10, 14).
     Dépi nan Paradi-a, lè Adan ak Èv té fè péché-a; yo té pè, kon yo té tandé brui pié Granmèt la ki t-ap proché nan souf van-an nan asouè-a (Gn 3, 8).  Dépi lè sa-a chak foua yon moun konstaté li an fas prézans Bondié, li vîn gin kè soté, tankou Izayi ki déklaré nan tanp la: "Élas, m-apral mouri, mouin sé yon moun ki plin péché, époutan min jé-m kontré ak Bondié" (Is 6, 5), tankou Jédéon ki pè lè anj Granmèt la parèt dévan-l nan (Jg 6, 8), tankou Moyiz ki blijé ouété sapat nan pié-l épi bouché figi-l dévan Granmèt la k-ap palé avèk li nan rajé k-ap flanbé san-l pa janm étinn nan (Ex 3, 5.6).  Bondié blijé rasiré yo, antan-l fè yo konprann yo pa bézouin pè.  Sé konsa Piè té lagé kò-l atè dévan Jézu, lè-l té ouè kijan Jézu té fè-l pran yon gran kantité pouason, atèl pouin filè yo t-ap chiré, li té mandé Jézu pou-l rété louin-l, paské li sé yon moun ki nan péché.  Jézu té ba-l asirans, li té di-l: "Pa pè" (Lc 5, 8-10).  Sé péché-a sèl ki pou fè nou pè.  Jézu lévé vivan, li fîn éfasé péché-a ak kòz li.  Li invité nou fè kè nou kontan.  Nan fason li salué mé­dam yo, li ba yo kè pozé.  Sé kè kontan sa-a minm n-ap fété pandan tout tan Pak la jous lapantkot, antan n-ap fè alélouya-a éklaté.  "Nou pa bézouin pè".  Invitasion sa-a, la Trè Sint Vièj Mari té déja résévoua-l davans, lè anj Gabriyèl té parèt dévan-l, pou-l té mandé-l konsantman-l nan pou-l té vîn Manman Pitit Bondié-a.  Li té di: "Pa pè, Mari, ou jouinn gras kot Bondié" (Lc 1, 30).  Li té fîn di-l: "Fè kè-ou kontan, ou minm ki plin lagras, Granmèt la avèk ou" (Lc 1, 28).  Yon foua Granmèt la avèk nou, nou pa bézouin pè.  Sé péché-a sèl ki pou t-a fè nou pè, tankou sòlda yo ki rèd kon bout boua dévan kavo-a tèlman yo sézi (Mt 28, 4), minm jan yo té tonbé sou do, lè yo t-al arété Jézu nan jadin Jétsémani-an, lè Jézu té mandé yo: "Ki moun n-ap chèché?"-a épi li té di yo: "Sé mouin minm" nan (Jn 18, 5).  Sé péché-a sèl ki pou t-a fè nou pè, min Jézu soufri-mouri-lévé pou-l ranpòté laviktoua sou péché-a ak sou Satan ki lakoz péché-a (Jn 16, 33).  Nou pa bézouin pè.  Sé yon mésaj konsolasion Granmèt la ba nou chak ané, pou anonsé laviktoua tankou apré pasaj lanmè Rouj la.  Viktoua sa-a Jézu ranpòté-a, li réalizé sa Moyiz té ranpòté sou lamé Faraon-an, ki té sèvi tankou lonbraj li (1 Co 10, 6; Col 2, 17; He 8, 5).
     Anj Granmèt la sot nan sièl la, li roulé ròch la, li chita sou li (Mt 28,2). Pòt kavo-a louvri tankou pòt Sint la yo louvri chak foua y-ap fété yon ané  ji­bilé-a. Ané jibilé Rédanmsion-an té louvri pou 25 mas Anonsiasion 1983, pòt Sint la té louvri jou sa-a; li té fèmin pou Pak, 22 avril 1984, nan finis­man jibilé-a. Pot Sint la fèmin a Ròm min pot kavo-a toujou rét louvri avèk pòt Kè Jézu ki rét louvri-a  (Jn 19,34). Jézu ap parèt dévan Sint Magérit-Mari, lap di-l, antan l-ap montré-l kè-l ki louvri-a : "Min kè sa-a ki si tèlman rinmin lèzòm nan!" Jézu mouri-lévé pou nou, paské li rinmin nou, li rinmin nou ak yon kalité difé okinn dlo péché pa kapab étinn, dapré sa liv Kantik dè Kantik  la di-a (Ct 8,7). Sint Térèz lanfan Jézu pa konn sa-l t-a bay pou-l fè lézòm kouè nan rinmin sa-a ki pa gin parèy la. Sé pa sanblan Jézu fè. Kè-l louvri tout bon vré, kè-l rét louvri, li toujou ap tann. Épi li minm minm li vîn frapé nan kè pa nou, tankou li di nan Apokalips la (Ap 3,20): "Min-m dé­van pòt la, mouin kanpé, m-ap frapé; si yon moun tandé voua-m, épi li lou­vri pòt la, m-ap antré lakay li pou-m soupé, mouin minm tou pré-l, li minm tou pré-m" (cf Jn 14,23).
     Sa bon pou nou tandé Jézu minm k-ap ba nou kalité asirans sa-a. Nou abitué konsidéré Bondié tankou yon pèsonaj ki sévè, ki toujou ap véyé nou pou-l pini nou koté nou tonbé-a. Époutan Bondié li minm déklaré nou: Minm jan yon papa sansib pou pitit li, sé konsa li minm li sansib pou nou, tankou solèy lévé louin ak solèy kouché, sé konsa li égzilé péché nou yo louin nou (Ps 103,12). Li di nou:  minm jan sièl la ro anlè tè-a, sé konsa rinmin-l fò pou moun ki réspékté-l (Ps 103,11). Lè Moyiz mandé-l non-l, li déklaré li sé kè sansib ak pitié, li mal pou faché, li plin rinmin (Ex 34,6-7; cf Ps 86,15; 103,8; 145,8).  Bondié rivé yon pouin li konparé tèt li ak yon manman, antan-l fè rémaké: minm si yo t-a jouinn yon manman ki pa sansib pou pitit li, li minm l-ap sansib pou nou (Is 49,15). Li di nou,  sé pou yon ti moman li té lagé nou, min sé pou tout tan li fè nou fè yon sèl avèk li, antan li sansib anpil pou nou. Li di: yon ti moman li té kaché fas li dévan nou, min nan yon rinmin ki pap janm fini li gin pitié pou nou. Li di nou: sé tankou pou tan Noé-a, lè-l té fè sèman dlo délij yo pa t-ap tonbé sou tè-a ankò, konsa li fè sèman pou-l pa janm faché kont nou, ni pou-l pa janm ménasé nou ankò. Li di nou: Mòn yo mèt pati, bit tè yo mèt tranblé, rinmin-l nan pap pran distans sot sou nou, kontra lapè li-a pap souké.  Sé mésaj konsolasion sa-a li ba nou (Is 54,7ss). Sé konsa li té fè.  Lékol Profèt Izayi-a di pèp la nan égzil la: "Konsolé, konsolé, pèp mouin, sé Bondié nou ki di sa, palé ak kè Jéruza­lèm, rélé byin fò ba li, paské sèvis li-a fini, fòt li-a fîn péyé, li fîn résévoua nan min Granmèt la kont pinision pou tout péché-l yo" (Is 40,1s).
     Konsolé, konsolé, pèp mouin-an. Éspri Sin-an Jézu souflé sou Apot yo, jou dimanch Pak la, nan asouè, lè-l parèt dévan yo, nan kay koté yo té rasanblé-a, sé Éspri konsolasion-an, li konsolé nou paské li éfasé péché nou yo.  Lè Jézu souflé sou Apot yo, li di yo: "Résévoua Éspri Sin-an; moun nou éfasé péché yo, péché yo ap éfasé, moun nou kité péché yo, péché yo ap rété" (Jn 20,22s).  Pandan sinkant jou Égliz la fété Jézu ki lévé byin vivan, li fini tan Pak la avèk sérémoni Pantkot la, fèt Éspri Sin-an. Depi dézièm dimanch Pak la, Jézu bay Apot yo mésaj rékonsiliasion-an, padon péché yo, antan li ba yo pouvoua éfasé péché, gras a Éspri Sin-an li souflé sou yo-a, tankou Bondié té souflé léspri vivan nan nin Adan, lè-l t-ap kréyé-l la, nan Paradi-a (Gn 2,7; Sg 15,11). Kè pozé-a, lapè-a, sé mésaj sa-a ané Jibilé Rédanmsion-an abi­tué poté, sé li minm tan Pak la poté. Kè pozé, kè kontan. Nou pa doué gin kè séré, nou pa doué gin kè soté, nou pa doué gin chagrin, nou pa doué gin la­pinn. Minm nan mitan soufrans nou, nou doué gin kontantman anndan fon kè nou, nou doué gin lapè anndan fon kè nou, tankou Jézu k-ap domi nan fon kal batiman Sin Piè-a, pandan lanmè-a mouvmanté-a. Anyin pa doué troublé nou. "Si Bondié pou nou, kilès ki kapab kont nou?" (Rm 8,31). Si Bondié fîn rann nou jistis, kilès ki kapab kondané nou? Sé nan san pròp Pitit li-a li fîn lavé fot nou yo, nou plonjé nan lanmò-l gras a batèm nan, nan lafoua, nou lévé byin vivan avèk li pou lavi ki pap janm fini-an. Nou déja fîn fè séparasion ki pou té fèt la, ak péché-a ak rasîn péché-a, sa vlé di Satan li minm minm, ni tout atirans li k-ap brouyé imajinasion nou ak sans nou, ak oriantasion rézònman nou, ak panchan volonté nou.  Nou chouazi Jézu-Kri Granmèt la, jan nou fè nan promès batèm nou nou rénouvlé yo.  Anyin pa doué fè nou pè.  Sé pou nou sonjé mésaj Anj la déklaré médanm yo nan kavo-a (Mt 28,5.10), minm mésaj sa-a Jézu rékòmansé di yo osito apré-a: "Nou pa bézouin pè".  Sé tankou lè n-al konfésé, Pè-a di nou: "Alé ak kè pozé"!  Jézu répété nou minm paròl sa-a ankò antan n-ap soti nan Konfésio­nal la: "Alé ak kè posé".  Li té di Sin Piè: "Tou sa-ou maré sou tè-a, l-ap rét maré nan sièl la; tou sa-ou lagé sou tè-a, l-ap rét lagé nan sièl la" (Mt 16,19).  Jézu pa vini pou-l jijé tè-a, pou-l kondané-l, min li vini pou-l sové-l (Jn 3,17); mision-l, sé sa-l montré nou nan parabòl papa sa-a ki té ouè pitit li-a kité-l al dépansé tout éritaj li-a; lè-l régrèt, papa-a résévoua-l avèk plis kon­tantman épi avèk plis konsidérasion pasé anvan (Lc 15,11-32), sé gadyin-an ki pèdi mouton-l nan; ki kité katrévindisnèf yo pou-l al chèché sa-k té pèdi-a (Lc 15,4-7); sé madanm nan ki pèdi piès lajan-an, ki balé kay la, pou-l jouinn li-a épi ki rélé tout vouazinaj vîn fè kè yo kontan pou li (Lc 15, 8-10).  Jézu té chasé sèt démon sot nan Mari-Madlèn (Lc 8,2);  li té padonnin fot madanm nan ki té nan péché-a, épi ki té vîn kriyé nan pié-l la, li té di-l: "Alé ak kè pozé!" (Lc 7,50).  Jou dimanch Pak la, Mari-Madlèn tandé Jézu di: "Nou pa bézouin pè" (Mt 28,10; cf Mc 16,9; Lc 24,10; Jn 20,15-18).  Jézu té bésé jé-l atè pou jé-l pa-t kontré ak jé madanm nan yo té kinbé nan adiltè-a; li té di-l:  "Pèsonn pa kondané-ou, mouin minm non plis tou mouin pa kondané-ou, alé pa fè péché ankò" (Jn 8,11).  Sé  mésaj konsolasion sa-a Jézu poté ba nou (cf Is 40,1-2).  Li invité nou, nou minm tou, pou nou fè kè nou sansib pou lòt yo, antan li ba nou parabòl mové jéran-an mèt li té fîn rinmèt dèt li-a, li mandé-l pou-l té fè kè-l sansib pou lòt sèvitè parèy li-a, ki pa-t kapab péyé-l la (Mt 18,21-35).  Li mandé nou pou nou youn padonnin lòt minm jan li minm li padonnin nou (cf Jn 13,14.34).  Li mandé nou pou nou pa fè mové jan aléga lòt yo, tankou Juif yo t-ap fè alèga Zaché-a (Lc 19,7), aléga Lévi-a (Mt 8,11) aléga madanm nan ki té nan péché-a (Lc 7,39).
     Sé pou Manman Mari, Rèn lapè, ba nou kè pozè sa-a, pou nou chèché fè-l travèsé nan rélasion avèk prochin nou, antan nou vîn tounin moun k-ap tra­vay san rété pou lapè: "artisan de paix" (Mt 5,9), yo minm yo rélé pitit Bon­dié yo

*

VIII (Ané B)

     Dépi prémié dimanch karèm nan, atansion nou fiksé sou pénitans la (Mc 1,14-15: ané B), konvèsion-an, chanjman chémin-an, pou préparé rénou­vèlman promès batèm nan avèk lafoua nan nuit Pak la.  Jézu désann al pré­ché nanm moun ki té mouri dépi lontan yo, pou ba yo yon dènié chans mété lafoua nan li.  Sin Piè di sa, antan-l fè sonjé délij la ki té rivé sou tan Noé-a, lè l-ap palé osijè batèm nan (1 P 3,19-22).  Pandan karèm nan, sé tankou pè­lérinaj pèp Bondié-a nou réfè pandan karant jou, sa-l té fè pandan karantan nan dézè-a, sé tankou nou anba délij la pandan karant jou ki fè sonjé batèm nan, pandan karant jou nan savann nan avèk Jézu-Kri pandan Satan ap tanté-l.  Min nou sonjé tou ark-an-sièl la Bondié té trasé bay Noé-a (Gn 9,8-25), pou montré-l kontra li pasé avèk nou, kontra sa-a fè nou sonjé kontra batèm nou.  Sa fè nou sonjé tou kolòn difé ki t-ap kondui pèp la nan dézè-a, tankou chandèl Pak la raplé nou-an (Ex 14-21; 40,36; Dt 1,33; Ps 78,14; 105,39; Ne 9,19; Sg 10,17; 18,3; Is 4,5; Jn 8,12; 10,4; 9,5).  Bondié fè lapè avèk Noé, minm jan l-ap fè lapè avèk nou tout (Gn 9,12) nan Pitit li Jézu-Kri ki klouré sou Koua-a, san sa-a ki signin kontra batèm nou-an.  Sé pousa tan karèm nan té préparé nou nan pénitans, charité, lapriyè:  pénitans pou nou té amé­lioré rélasion nou parapò a pròp tèt pa nou, charité pou nou té amélioré réla­sion nou avèk prochin nou, lapriyè pou nou té amélioré rélasion nou avèk Bondié.
     Nan dézièm dimanch karèm nan, Jézu chanjé figi sou mòn Tabò-a (Mc 9,2-10: ané B), tankou Batèm nan fè nou chanjé figi.  Figi-l té kléré, sé limiè batèm nan yo rinmèt nou-an, ki fè nou ouè limiè nan limiè Bondié (Ps 36,10).  Rad li blan pasé koton, sé rad batèm nan ki abiyé nou-an.  Sou mòn Moriya (Gn 22,2; cf 2 Ch 3,1; 1 Ch 21,15; Lc 2,32-38) Abraam té gin kòm konsign pou-l té sakrifié Izaak, pitit li rinmin-an, sèl pitit li-a (Gn 22,2.10).  Min sé Bondié k-ap sakrifié sèl Pitit li-a li rinmin-an (Mc 9,7), pou nou ka­pab vîn pitit li nan batèm nan (Gn 22,1-18).  Dimanch sa-a té bay konsign:  silans (Mc 9,9).  Plis nou plonjé pou nou nan Bondié, sé plis nou gin solida­rité ak tout frè nou yo ("solitaire pour être solidaire").  Batèm nan fè nou gin solidarité ak tout moun.
     Touazièm dimanch karèm nan montré Tanp la Jézu té gin mision pou-l né­touayé-a, lè-l té di: yo mèt krazé-l, nan toua jou l-ap mété-l kanpé ankò, an­tan l-ap palé osijè lanmò-l ak réziréksion-l (Jn 2,13-25: ané B).  Batèm nan sé yon lanmò pou yon réziréksion, nanm nou sé Tanp Bondié-a, nou gin pou nou pròpté-l ak tou sa ki ankonbré-l, ki jinnin prézans Bondié landan-l.  Sou mòn Sinayi-a Bondié té bay Moyiz laloua-a (Ex 20,1-17) kòm kontra ant li minm ak pèp la.  Sa fè sonjé kontra batèm nou nan lafoua, jan Sin Pòl di nou-an.  Sé tout tan pou n-ap pròpté Tanp kè nou, antan nou réajisté konduit nou dapré kòmandman Bondié yo, antan nou pa kontanté pou égzékité yo sou pa déyò sèlman, min antan nou sonjé sé léspri-a ki konté plis pasé lèt la (Ex 36,23-36), paské nan Jéruzalèm anro-a, vré Tanp la sé Jézu-Kri li minm (Ap 21,22).  Nan Tanp la, koté la Trè Sint Vièj ak Sin Jozèf té jouinn Jézu-a, li té ba yo randé-vou nan lakay Papa-l anro-a (Lc 2,42-52).  Yon moun ki batizé, li gin pou-l sonjé plas li anro-a lakay Papa-a (Jn 14,2).
     Avèk katriyèm dimanch karèm nan, sé koulèv la Moyiz té pandié sou boua-a nan savann nan (Jn 3, 14-21; ané B), pou moun ki gadé-l avèk lafoua, yo sové.  Sa fè sonjé Jézu yo klouré sou Koua-a.  Moun ki gadé-l avèk lafoua, y-ap sové.  Batèm nan sé yon angajman lafoua.  Pèp Bondié-a té égzilé.  Lafoua-l pròpté, li tounin (2 Chr 36, 14-23).   Sé tout tan pou n-ap réfè pro­mès batèm nan, paské sé tout tan nou gin tandans glisé.  Sé kè sansib Bondié ki toujou la pou rémaré kontra-a nou défèt la.
     Nan sinkièm dimanch karèm nan, sé grinn blé-a ki tonbé nan tè-a pou-l don­nin (Jn 12, 20-33: ané B) épi sé nouvo kontra-a Bondié té promèt nou-an (Jer 31, 31-34), antan-l ékri-l nan kè nou-an.  Batèm nan, sé nan fin-fon kè nou li yé.  Sé ak lafoua pou nou konsidéré-l.  Dimanch sa-a montré nou ki­jan sé tout moun Bondié vlé vîn pitit li.  Batèm nan fè nou vîn fè yon sèl kòd-fanmiy.
     Nan sémèn Pak la, soufrans Jézu sé chémin bèlté-l.  Li trasé rout pou nou.  Tè-a sé yon pasaj, pou nou travèsé nan sièl la.  Sé ak jé lafoua batèm nan pou nou konsidéré tout bagay.
     Nan nuit Pak la, difé-a nan papòt légliz la montré nou sign rinmin Bondié ki boulé tankou difé, li minm anyin pa kapab étinn, tankou difé Moyiz té ouè k-ap boulé nan rak boua-a san-l pa janm étinn nan, san-l pa fè sann nan (Ex 3, 2).  Tout péché ansanm, sé yon ti gout dlo nan brazié sa-a (Ct 8, 7).  Okinn péché-nou pa doué dékourajé nou dévan kè sansib Bondié gin pou nou, tankou yon Papa ki rinmin sèl pitit li.  Bondié sé limiè, Bondié sé rin­min (1 Jn 1, 5; 4, 8).  Sé nan limiè rinmin sa-a nou réfléchi sou kréasion-an (Gn 1, 1-2, 2: prémié léktu-a), sou garanti-a nan sakrifis Izaak la (Gn 22, 1-18: dézièm léktu-a) sou pasaj la nan lanmè Rouj la (Ex 14, 15-15, 1: toua­zièm léktu-a), sou rékonsiliasion-an nan kè sansib Bondié-a (Is 54, 5-14: katriyèm léktu-a), sou kontra-a k-ap diré tout tan-an (Is 55, 1-11: sinkièm léktu-a), sou limiè-a Sajès Bondié dévoualé nou-an (Bar 3, 9-15. 32-4, 4; sizièm léktu-a), sou -a dlo pròp Bondié-a ap rénouvlé-a (Ez 36, 16-28: sétièm léktu-a), sou Batèm nan Sin Pòl palé nou-an (Rom 6, 3-11: uitièm léktu-a), ki plongé nou nan lanmò Jézu-a, pou-l lévé nou nan lavi-l la, nan Réziréksion-an (Mc 16,1-8; cf Mt 28,1-10; Lc 24,1-12; névièm léktu-a), ki pouint tèt mésaj nan nuit Pak la.
     Batèm nan sé yon réziréksion.  Nou bliyé tout sa-k té pasé lontan, ki té trou­blé nou.  Nou réfèt tou nèf pou yon lavi tou nèf. Sé pou kè nou kontan.  Bondié pa régadan, li pa sonjé péché nou pou l-ap mandé nou kont tout la­sint jounin (Ps 103,8-12).  Bondié sé Papa (Ps 103,13).  Nan batèm nan li fè nou vîn tounin pitit li li rinmin ak tout kè-l, ak minm rinmin li rinmin sèl Pitit li Jézu-Kri li ofri sou Koua-a pou nou-an.  Sé nan limiè Réziréksion sa-a n-ap maché.  Nan Limiè Bondié nou ouè Limiè (Ps 36,10).  Limiè ranpòté viktoua sou fènoua yo.  Limiè-a kléré nan fènoua yo, fènoua yo pa réyisi toufé-l (Sg 7,30; Jn 1,5; 12,35; Gn 1,3).  Gras a Batèm nan, sé pou nou ma­ché tankou pitit Limiè, nan mitan fènoua k-ap vlopé tè-a, pou nou kléré tan­kou flanbo (Ep 2,15), pou nou chanté avèk kantik la Sin Pòl raplé Éfézyin yo, Kantik Réziréksion-an:  "Révéyé-ou, ou minm k-ap dòmi-an, lévé sot nan pami mò yo, sou ou Jézu-Kri ap kléré!" (Ep 5,14). 

*

 IX

     Pak sé yon viktoua: Viktoua Jézu sou Satan, viktoua Jézu sou péché, viktoua Jézu sou malè, viktoua Jézu sou lanmò, viktoua Jézu sou fènoua, viktoua Jézu sou chagrin.  Pak sé rouayòm lapè.
     1.- Viktoua Jézu sou Satan, ak tout rayisans ki vlé étinn rinmin: Jou van­drédi-sin-an, rayisans té sanblé ranpòté laviktoua, lè Jézu inosan té viktim jalouzi, lè kè yo té fèmin dévan tout mirak li  yo (Jn 5, 56; 6, 26.30; 9, 16), ata dévan réziréksion Lazar-la minm (Jn 11, 45-54).  Okontrè sé sa-k té pousé yo pi plis pran désizion signin davans kondanasion a-mò-l, pou tout moun pa kouè nan li, pou prèt ak chèf yo ak Farizyin yo pa pèdi popilarité yo, pou foul la pa soulvé kont Romin yo, pou Romin yo pa souadizan vîn krazé Tanp la, détrui péyi-a (Jn 11, 48).  An-atandan, vré Tanp la, yo krazé-l yo minm minm; min toua jou apré, li lévé.  Vré Pèp la, yo touyé-l; min toua jou apré, li réfèt tou nèf.  Anyin pap janm défèt li ankò.  Rayisans pa kapab étinn rinmin.  Difé-a ap boulé nan rajé Sinayi-a, san-l pa janm kapab étinn (Ex 3, 2; Ct 8, 7).  Pak sé rouayòm lapè.
     2.- Viktoua Jézu sou Péché, ak tout divizion ki vlé gaté fanmiy: Ala bèl sa bèl, lè tout moun ap viv ansanm kòm frè (Ps 133, 1).  Sé yon losion k-ap monté nan diréksion Bondié (Ps 142, 2).  Sé  vré sakrifis ki fè-l plézi.  Li réspiré alèz nan kè nou (Gn 8, 21; Ex 29, 18.25; Lv 1, 9. 13; Nb 28, 1).  Dépi péché-a fîn antré sou tè-a, Adan akizé Èv (Gn 3, 12), Kayin touyé Abèl (Gn 4, 8), Lamèk touyé ti moun tou piti (Gn 4, 23), Ézayu chèché touyé Jakòb (Gn 27, 41), frè Jozèf yo égzilé-l (Gn 37, 28).  Moun viv tankou ènmi youn pou lòt (cf Is 11, 6-9).  Fanmiy vîn séparé pou késion byin, tan­kou Abraam  ak Lòt (Gn 13, 6-9), Ézayu ak Jakòb (Gn 36, 6-8).  Jénòm nan mandé Jézu pou-l sèvi jij ant li minm ak frè-l pou késion éritaj (Lc 12, 13). Kò-d-fanmiy nou sé Jézu-Kri.  Li lévé; li pap mouri ankò.  Nan lanmò-l nou antéré tout divizion (Ep 2, 14).  Pak sé rouayòm lapè.
     3.- Viktoua Jézu sou malè ak tout kè soté ki vlé défèt konfians: Yon Krétyin sé yon moun k-ap maché kòmsi li ouè Sila-a yo pa kapab ouè ak jé-a (He 11, 27; cf Ex 3, 6; 33, 20.23; Gn 32, 31; Jg 6, 22; 13, 23 Ex 19, 21; Lv 16, 2; Nb 4, 20; 6, 25; 1 R 19, 13; Is 6, 2.4; Dt 5, 24; Ex 24, 11; Nb 12, 7-8; Dt 34, 10; Si 45, 5; Jn 1, 18; 1 R 19, 13; Mt 17, 3; 2 Co 12, 1; Jn 1, 14; 11, 40; 2 Co 4, 4-16; Jn 6, 46; 1 Jn 4, 12; Mt 5, 8; 1 Jn 3, 2;  1 Co 13, 12).  Li pa fè tankou madanm Lòt, k-ap viré gadé déyè pandan vil Sodòm nan ap boulé-a (Gn 19, 26.17; Mt 24, 18; Lc 9, 62).  Sé dévan jé-l fiksé sou bout chémin-an, koté li gin pou-l rivé-a (Ph 3, 13).  Anyin pa gin doua fè-l pè.  Pi gro sézisman ki ginyin-an, sé lanmò Jézu.  Li valé tout malè.  Réziréksion-l ranpòté lavik­toua (Jn 16, 33; Mt 28, 4; Jn 18, 6).  Yon Krétyin pa doué gin kè soté dévan anyin.  Fòs li nan Jézu-Kri.  Sa pa vlé di li pap soufri, li pap troublé.  Min li doué égzaminé tout évènman nan balans Réziréksion Jézu-Kri-a.  Plato ba­lans la, sé dé bra Koua-a.  Poua k-ap pézé danré-a, sé Kò Jézu-Kri ki pandié sou Koua-a, jan "Hymne" Vèp Sémèn Sint la di-a: "Beata cujus brachiis saecli pependit pretium": "Sé chans pou ou, paské pri moun yo, sé sou bra-ou li pandié" (Hymne "Vexilla Regis prodeunt", Liturgia Horarum II, Vati­can 1974, 313; Bréviè, Tan Karèm, p. 160).  Dévan asirans sa-a, ki sa ki pou fè nou pèdi konfians? (Rm 8, 31-39).  Lavi nou nan min Granmèt la; yon chévé nan tèt nou pap tonbé si-l pa pasé lòd (Lc 21, 18).  Li bay Anj li yo konsign pou yo poté nou sou min, pou pié nou pa frapé sou okinn ròch nan chémin (Ps 91, 13-14; Mt 4, 6; He 1, 14).  Pak sé rouayòm lapè.
     4.- Viktoua Jézu sou lanmò, ak tout maladi ki vlé jinnin éfò: Sin Monfò t-ap préché mision Saint-Laurent-sur-Sèvres.  Nan dènié jou mision-an, li monté sou éstrad; li préché ak tout yon gro lafièv li té ginyin.  Apèn li fini, li kou­ché, li travèsé sot nan lavi sa-a al nan lòt lavi-a.  Li té vlé rét fidèl nan pòs li jous nan dènié moman, tankou yon vanyan sòlda.  Maladi ak lanmò pa gin doua krazé kouraj nou.  Adan té fè péché, sé vré.  Péché-a sé pikan anpoua­zonin lanmò-a (1 Co 15, 56).  Min pikan anpouazonin sa-a fîn krazé, lè Jézu lévé byin vivan-an.  Viktoua-a valé lanmò-a (1 Co 15, 54).  Si gin yon séparasion ki réalizé nan égzistans nou, sé pa nan lanmò pou nou chè­ché-l; sé nan batèm nan.  Sé batèm nan ki séparé égzistans nou an dé mouatié: yon prémié mouatié ki pa kapab donnin anyin,  yon dézièm moua­tié ki chajé ak donézon (cf Ga 5, 12s).  Lanmò-a rivé pou-l séparé kò nou ak nanm nou.  Lè nou travèsé-l, nou ouè Bondié fas a fas, nou jouinn rékon­pans, pou bon aksion nou.  Min vré chanjman-an sé dépi nan batèm nou li fèt, batèm sa-a ki plonjé nou nan lanmò Jézu-Kri-a pou nou viv nan Rézi­réksion-l nan.  Pak sé rouayòm lapè.
     5.- Viktoua Jézu sou Fènoua, ak tout anpéchman ki vlé baré chémin: Jou dimanch Pak la, anvan solèy lévé, vré Limiè-a gin tan kléré.  Li si tèlman kléré fò, gad yo pran tranblé ak frison, yo vîn glasé tankou moun ki mouri (Mt 28, 4), minm jan Sin Pòl ap tonbé dévan Limiè sa-a sou rout Damas la, gro midi (Ac 9, 3-4; 22, 6-7; 26, 13-14).  Ansègman Jézu té bay Apot yo, yo pa-t ko kapab konprann li.  (Jn 16, 12; 2, 22; 20,9; 14, 26; Lc 2, 50s).  Lè-l lévé vivan, li fè yo ouè klè.  Li proché sou rout la, l-ap maché ak pélrin Émayus yo.  Lannuit prèské tonbé.  Min Limiè-l kléré nan fon kè yo, antan l-ap éspliké sans sa ki té ékri yo, pou-l fè yo konprann évènman ki té  rivé vandrédi-sin-an (Lc 24, 13-35).  Nan lavi nou, gin anpil bagay ki pa pasé jan nou t-a vlé.  Sé nan Limiè Réziréksion Jézu-Kri-a pou nou égzaminé yo (Ps 36, 10; 27, 1; 89, 16; Job 29, 3; Ps 4, 7; 16, 11).  Pak sé rouayòm lapè.
     6.- Viktoua Jézu sou Chagrin, ak tout kè séré ki vlé frinnin éspérans la:  Cha­grin gadé dèyè, éspérans la gadé dévan.  Moun k-ap fè krich la, lè labou li fîn pétri-a défèt, li rékòmansé pétri-l ankò, pou-l réfè krich la avèk li, dapré sa Profèt Jérémi di nou (Jer 18, 1-12).  Nou pa gin pou n-ap régrèt avantaj nou manké, kòmsi sé yon sèl okazion ki ginyin pou vouayajé.  Kè nou kapab sansib, sé vré, min nou pa doué kité-l séré.  Pak sé tan kè kontan.  Tout cha­grin doué disparèt.  Tan frèt la fîn pati, tan lapli bouché-a fîn alé (Ct 5, 11).  Sé yon nouvo kòmansman ki parèt, k-ap boujonnin yon lavi tou fré.  Lavi nou toujou doué rékòmansé a-nèf chak jou, tankou jou matin dimanch Pak la.  Jézu lévé byin vivan, kè kontan nan sièl, fèt pou tè-a (cf Ps 97, 1).  Pak sé rouayòm lapè.
     7.- Jézu ranpòté laviktoua sou Satan, sou Péché, sou Malè, sou lanmò, sou fènoua, sou Chagrin.  Pak sé rouayòm lapè. Sé pou Manman Mari, Rèn Lapè, ba nou kè pozé-l la, pou okinn rayisans Satan pa étinn rinmin nou, pou okinn divizion péché pa gaté fanmiy nou, pou okinn kè soté malè pa défèt konfians nou, pou okinn maladi lanmò pa jinnin éfò nou, pou okinn an­pèchman fènoua pa baré chémin nou, pou okinn kè séré Chagrin pa frinnin éspérans nou.
     Pak sé Rouayòm lapè, koté Jézu ranpòté viktoua sou Satan ak rayisans  ki vlé étinn rinmin nou sou Péché ak divizion ki vlé gaté fanmiy nou, sou Malè ak kè soté ki vlé défèt konfians nou, sou lanmò ak maladi ki vlé jinnin éfò nou, sou fènoua ak anpèchman ki vlé baré chémin nou, sou Chagrin ak kè séré ki vlé frinnin éspérans nou.  Pak sé rouayòm lapè.

*

 X (Ané A)

     Prémié Dimanch Karèm nan, Jézu rézisté tantasion djab  la (Mt 4, 1-11: ané A).  Dézièm Dimanch karèm nan, rad li vîn blan kon koton, pandan voua Papa-a ap déklaré li sé Pitit li, pou nou kouté Paròl  li (Mt 17, 1-9).  Toua­zièm dimanch Karèm nan, li promèt Samaritèn nan dlo lavi-a (Jn 4,5-42).  Katriyèm dimanch Karèm nan, avèg la témouagné sé li-k fè-l ouè Limiè-a (Jn 9, 1-41).  Sinkièm Dimanch Karèm nan, li fè Lazar lévé vivan sot nan pami yo (Jn 11, 1-45).  Dimanch Ramo, kapitèn nan déklaré lafoua-l, antan-l di: "Sila-a, sé Pitit Bondié-a"  (Mt 26, 14-27, 66).
     Sé tankou machéskalié nou monté osijè ansègman sou BATÈM nan ki fè nou rénonsé djab la, nou kouté Paròl Pitit Bondié-a, nou abiyé ak rad tou nèf, nou lavé ak dlo lavi-a, nou maché nan limiè, nou lévé sot nan pami mò yo, nou vîn pitit Bondié gras a lafoua nou.
     Nan nuit Pak la, nou ranmasé tout ansègman sa yo, nou fè sonjé Batèm nan, sitou nan sérémoni Limiè-a, nan sérémoni Paròl la nan sérémoni Dlo-a, koté nou rénonsé Djab la, pou nou chouazi Bondié Granmèt la, antan nou dékaré lafoua nou nan Jézu-Kri ki lévé byin vivan sot nan pami mò yo, ki abiyé nou ak rad lagras la pou nou vîn tounin pitit Bondié.
     Karèm nan sé yon tan fò, pou ansègman lafoua nou, ki abouti nan Dimanch Pak la, koté kè kontan nou éklaté pandan sinkant jou, jous lapankot, nan bingn Éspri-Sin-an k-ap dirijé nou nan pélérinaj lafoua-a.  Promès batèm nou, Sin Monfò invité nou réfè-l souvan nan min la Trè Sint Vièj Mari, ki pa janm poté mak péché Adan ak Èv la.  Chak nuit Pak, nou réfè promès sa-a yon fason ofisièl.  Chak matin lè nou lévé, nou rénouvlé-l nan min Manman Mari, pou-l vlopé nou, pou-l kléré nou, pou-l dirijé nou nan tout sikonstans lavi-a.

*

 XI

     Pak sé fèt Batèm. An 1988, Égliz té raplé sa fè mil ané dépi la Russie té batizé, avèk Sin Vladimir, prins Kièv, nan ané 988, sou bò lariviè Dniepr.  Batèm la Russie-a gin yon gran inpòtans akoz éfò k-ap fèt tou lè dé koté, ni sou bò solèy lévé, ni sou bò solèy kouché, pou ouè si Égliz Jézu-Kri-a a ré­yisi fè yon sèl, antan-l "rékòmansé réspiré ak tou lé dé poumon-l", jan Pap Jan Pòl II di-a, ni poumon a lès la, ni poumon a louès la.
     A lokazion rapèl batèm la Russie-a, Pap Jan Pòl II té ékri yon lèt apostolik ki té komansé avèk dènié paròl Jézu-Kri té adrésé Apot li yo avan-l té monté nan sièl la, nan finisman lévanjil dapré Sin Matié-a: "Alé sou tout tè-a, ansé­gné tout nasion yo, batizé yo o non Papa-a ak Pitit la ak Éspri Sin-an" (cf Mt 28, 19; Mc 16, 15).  Lèt sa-a, li té rélé-l "Euntes in mundum": "Alé sou tout tè-a".  Ladan-l li té fè sonjé kijan Pap Pi XII té déjà ékri yon lèt bay Ka­dinal Tisran an 1939 pou-l té fété 950 ané batèm la Russie-a.  Sé nan minm lign sa-a li té vlé kontinué, antan-l té voyé lèt li-a pou fété mil ané batèm sa-a.
     Prinsès Olga té résévoua batèm an 955, min sé pitit pitit li, Sin Vladimir, ki té suiv tras li.  Svjatoslav, pitit prinsès Olga-a, pa-t angajé nan santié Kris la.  Sin Vladimir résévoua batèm nan ané 988.  Tout péyi-l la suiv li nan lafoua-a.  Sé nasion rus, ukrénièn ak biélorus.  Éritaj sa-a té travèsé mòn Oural, li t-al jous nan lazi nan Nò, li t-al jous sou bò lanmè Pasifik la, épi minm pi louin ankò.  Pap Jan Pòl II té fè sonjé sa Psòm nan di-a: "Voua yo rivé jous nan bout tè-a" (Ps 19,5; Rm 10, 18).  Batèm sa-a té fè tout péyi larusi, ukréni ak biélorus, sa yo té rélé "Rus" la, fè yon sèl avèk Égliz Ròm la.
     Dlo batèm nan yo té béni-an té di: "Ba-l bénédiksion Joudin-an, fè-l vîn tounin yon sous k-ap fè nou pa mouri ankò, kado k-ap fè nou vîn sin, k-ap délivré nou anba péché nou.  Ou minm, Mèt tout bagay, fè dlo sa-a vîn tou­nin yon dlo délivrans, yon dlo k-ap fè nou vîn sin, k-ap pròpté kò nou ak léspri nou, k-ap délivré nou anba chinn nou, k-ap padonnin fot nou, k-ap kléré nanm nou, k-ap sèvi yon bingn pou réfè nou, k-ap fè léspri nou vîn tou nèf, k-ap fè nou favè pou nou vîn tounin pitit adoptif, yon rad k-ap fè nou pa janm mouri, yon sous lavi".
     Bondié rinmin Pèp ki nan péyi la Russie yo, jan Profèt Jérémi di-a: "Ak yon rinmin k-ap diré tout tan mouin rinmin-ou, sé pousa mouin kinbé favè-m pou ou" (Jer 31, 3).  Batèm la Russie-a té poté yon richès nan Égliz la.  Pè sa yo viv minm lafoua nou-an nan fason pa yo.  Chak bagay gin tan-l (Qo 3, 1-8).  Gin yon lè tan-an rivé bout li, jan Sin Pòl di Galat yo (Ga 4, 4).  Dépi nan névièm sièk Égliz Konstantinòp té éséyé fè lafoua-a rivé nan réjion sa yo.  Nan dizièm sièk la, sé pa Bizans sèlman ki té voyé misionè, min sé Slav a louès yo, ki tou pré péyi Rus la, ki voyé misionè sou tras Sin Siril ak Sin Métòd, yo minm ki té mété litiji-a nan lang slav la, pou moun yo té kapab konprann pi byin.  Dépi an 944, té gin yon légliz nan vil Kièv, ki té konsakré sou non Profèt Éli.  Sé konsa vè 955, prinsès Olga fè yo batizé-l.  Lè-l t-al rann vizit nan vil Konstantinòp, Patriach Polièkt té salué-l antan-l té di-l: "Ou béni nan pami tout fi rus yo, paské ou rinmin limiè-a, ou chasé fènoua yo.  Sé pousa pitit larusi yo ap béni-ou jous nan dènié jénérasion-an".  Pitit pitit li, Sin Vladimir, té réprann éritaj léspri-l la an 988, antan-l résévoua batèm ak tout pèp li.
     Lè sa-a Égliz la té fè yon sèl, ni a lès, ni a louès.  Sé pousa, antan Égliz t-ap fété mil ané sa-a an 1988, li té vlé mandé Bondié plis éspérans pou-l rétou­nin fè yon sèl ankò, paské sé minm Batèm nan nou té résévoua.  Pap Jan XV té voyé rélik Sin Kléman bay Sin Vladimir, nan ané Batèm nan, pou-l té fè sonjé mision Sin Siril ak Sin Métòd ki té poté rélik sa yo sot Cherson al a Ròm.  Pap Silvès II té voyé Bruno de Querfurt an 1007, pou-l té préché an Rusi.  Li té bay Vladimir kòm tit: "Roua Rus yo".  Pap Sin Grégoua VII té bay désandan yo minm tit sa-a an 1075.  Sé yon fason pou té montré yo an­tré nan nasion Krétyin yo.  Yo minm tou yo té vîn misionè, jous nan Kar­pat, jous Novgoròd, nan sud riviè Dniepr la, jous nan nò riviè Vòlga-a, jous nan bò lanmè Pasifik la.
     Konsa lafoua-a té pati sot Kièv, li té kouvri tout péyi ki anba lòd patriarka Moskou-a pou Égliz Otodòks, épi anba lòd Égliz Katolik Ukrénièn nan, ki té réfè angajman-l parapò a Ròm nan vil Brèst.
     Tan-an gin pou-l rivé pou nou vîn réfè yon sèl, nan yon sèl Batèm sa-a yo té fété mil ané-l an 1988 la, nan Ané marial la.  Sé pou Manman Mari, Manman Égliz, Manman tout moun, fè nou fè yon sèl tout bon vré, malgré diférans istoua avèk konpòtman ki séparé nou. 

*

Yo di Credo.

  1. Sou ofrann yo

Sakrifis yo, Granmèt,
antan n-ap dansé ak kè kontan paskal yo n-ap ofri yo,
yo minm gras a yo Égliz ou-a rétrouvé nésans
épi jouinn nouritu yon fason éstraòdinè-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  1. Préfas: Mistè paskal la.

V/. Granmèt la avèk nou tout.
R/. É avèk ou minm tou
v/.  An nou lévé kè nou byin ro
R/. Yo déja dévan Granmèt la
V/.  An nou di Bondié Granmèt nou-an mèsi.
R/.  Li mérité sa vré.

Oui ou mérité sa réyèlman vré
é sé yon dévoua pou nou, sé yon délivrans pou nou
pou nou fè louanj ou, Granmèt, nan tout tan,
min pi plis ankò nan jou sa-a
pou nou fè gloua-ou éklaté
paské Pak nou-an sakrifié, sé Kris la.
Li minm réyèlman sé vré Mouton-an ki té éfasé péché tè-a.
Li minm ki té détoui lanmò nou-an antan-l mouri
épi ki té réparé lavi nou-an antan-l résisité.
Sé pou sa, antan kè kontan paskal yo ak débòdé,
tout moun sou tout fas tè-a ap dansé.

Min ni puisans anlè yo tou avèk pouvoua anj yo
ap chanté imn gloua-ou la, antan y-ap di san rété:

Sé ou ki sin, sé ou ki sin, sé ou ki sin tout bon.
Bondié sé ou ki Granmèt tou sa ki nan sièl la.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

  1. Réf. pou kominion 1 Kor 5, 7-8

    Pak nou-an sakrifié, sé Kris la, alélouya;
    sé pou sa sé pou nou fété ak pin san lévin sinsérité-a
    épi vérité-a, alélouya, alélouya.

    Prière de S. Alphonse de Liguori

    Mon Jésus,
    Je crois que tu es réellement présent dans le Très Saint Sacrement de l’autel.
    Je t’aime plus que tout
    et je te désire dans mon âme.
    Puisque je ne peux pas te recevoir sacramentellement maintenant,
    viens au moins spirituellement dans mon coeur.
    Et comme tu es déjà venu,
    je t’embrasse et je m’unis tout entier à toi.
    Ne permets pas que je sois jamais séparé de toi.

  2. Apré kominion

Avèk favè ki byin dévoué-a, ki la pou tout tan-an, Bondié, protéjé Égliz ou-a,
pou, antan li rénouvlé gras a mistè paskal yo,
li rivé nan klèté réziréksion-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

  1. Pou bénédiksion yo gin pou bay nan finisman Mès la, li bon pou Pè-a sèvi ak fòmil bénédiksion solanèl pou Mès Vijil paskal la.

  2. Bénédiksion solanèl

Sé pou Bondié ki gin tout pouvoua-a béni nou,
gras a solanité paskal la ki rivé jodi-a,
épi sé pou-l défann nou ak bon kè-l anba tout atak péché-a.
R/. Amèn.

Épi li minm ki réparé nou pou lavi ki pap janm fini-an
nan réziréksion Sèl Pitit li-a,
sé pou-l konblé nou ak rékonpans lavi ki pap mouri-a.
R/. Amèn.

Épi nou minm, antan jou soufrans Granmèt yo fini-an,
nou minm k-ap sélébré kontantman fèt paskal la,
sé pou nou rivé nan fèt sa yo k-ap réalizé kè kontan tout tan yo,
antan l-ap poté nou sékou,
ak nanm nou k-ap dansé.
R/. Amèn.

Sé pou Bondié ki gin tout pouvoua-a,
Papa ak Pitit la   ak Éspri Sin-an béni nou byin béni.
R/. Amèn. 

  1. Pou ranvouavé pèp la, yo chanté oubyin yo di:

V/. Alé ak kè kontan, alélouya, alélouya.
R/. Mèsi Bondié, mèsi, alélouya, alélouya.

 


Reine du Ciel, réjouis-toi, alléluia
car Celui que tu as mérité de porter dans ton sein, alléluia
est ressuscité comme Il l'a dit, alléluia
Prie Dieu pour nous, alléluia.
Rèn sièl la, fè kè-ou kontan, alélouya,
paské Sila-a ou té mérité poté-a, alélouya,
li lévé vivan jan-l té di-a, alélouya,
lapriyè Bondié pou nou, alélouya.
V/. Sois dans la joie et l'allégresse, Vierge Marie, alléluia.
R/. Parce que le Seigneur est vraiment ressuscité, alléluia.
V/. Sé pou kè-ou kontan, sé pou-ou nan lajoua, Vièj Mari, alélouya.
R/. Paské Granmèt la résisité réyèlman vré, alélouya.
Prions:  An nou lapriyè:
Dieu, qui as réjoui le monde, par la Résurrection de ton Fils, notre Seigneur Jésus-Christ, fais-nous parvenir, par la prière de la Vierge Marie, sa mère, aux joies de la vie éternelle. Par le Christ notre Seigneur. Amen.  Bondié, lè-ou fè Pitit ou Jézu-Kri, Granmèt nou, lévé vivan byin vivan, ou fè kè tout moun kontan; tanpri gras a Manman-l Mari ki vièj, fè nou rivé jouinn kè kontan lavi tout tan-an. Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou-an. Amèn