Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-13 LINDI ANNDAN OKTAV PAK LA

LINDI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                        Égz 13, 5. 9

Granmèt la fè nou antré nan tè-a koté lèt ak mièl ap koulé-a;
pou laloua Granmèt la toujou nan bouch nou, alélouya.

      Oubyin:

Granmèt la résisité sot nan pami mò yo, jan-l té di-a;
sé pou nou fété, sé pou nou kontan nou tout,
paské li roua pou tout tan, alélouya.

Yo di Gloria.

  • Priyè

Bondié, ou minm ki fè Égliz ou-a grandi antan ou-ap ba-l nouvo pitit tout tan,
fè sèvitè-ou yo favè,
pou yo kinbé sakréman-an antan y-ap viv li, sa yo té résévoua nan lafoua-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Jézu sa-a, Bondié fè-l résisité,
nou tout nou sèvi-l témouin.

Léktu Travay Apot yo                                                                                      2, 14. 22-33

Jou Pannkot la, Piè kanpé avèk onz yo, li lévé voua-l, li déklaré :
      « Mésié Juif yo ak nou tout ki abité Jéruzalèm, aprann sa, paré zòrèy nou nan paròl mouin yo. Mésié Israèl yo, kouté paròl sa yo : Jézu moun Nazarèt la, mésié sa-a Bondié té sèvi-l témouin nan mitan nou-an, avèk mèvèy, prodij ak sign Bondié té fè pa lantrémiz li nan mitan nou, jan nou konnin-an, sé li minm nou té touyé-a, lè nou fîn rinmèt li nan min méchan yo pou yo fè-l pasé tray, dapré plan Bondié té fiksé ak prévouayans li. Bondié lévé-l, li détoui soufrans anba tè yo, paské sa pa-t posib pou-l té rét kinbé anba-l. Sèké David di osijè-l : “Mouin té ouè Granmèt la dévan fas mouin davans tout tan, paské li adouat mouin, mouin pap tranblé. Sé pousa kè-m kontan, lang mouin ap fété, ata chè-m rét pozé nan éspérans ; paské ou pap lagé nanm mouin anba tè-a, ou pap kité Sin-ou nan ouè dékonpozision. Ou fè-m konnin rout lavi-a, ou-ap plin-m ak kè kontan dévan fas ou”. Mésié frè-m yo, kité-m palé nou karéman sou papa nou David, li mouri, yo antéré-l, kavo-l lakay nou jous jodi-a. Kòm li té profèt, li té konnin Bondié té fè-l sèman osijè foui rin li, pou-l té fè-l chita sou trôn li, li té prévoua li t-ap palé sou réziréksion Jézu-Kri-a, sèké li pa abandoné anba tè-a, chè-l pa ouè dékonpozision. Jézu sa-a, Bondié résisité-l, nou tout nou sèvi-l témouin. Antan-l lévé anlè réyèlman gras a min douat Bondié, épi li résévoua promès Éspri Sin-an nan min Papa-a, li vidé-l, sa nou tandé-a épi nou ouè-a ».

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                            Ps 15, 1-2 a é 5. 7-8. 9-10. 11 (R/.  1)

      R/.  Prézèvé-m, Bondié, paské mouin éspéré nan ou.

      oubyin : Alélouya.

1     Prézèvé-m Bondié, paské mouin éspéré nan ou.
2     Mouin di Granmèt la : « Sé Granmèt mouin mouin ou yé,
5      Granmèt, pòsion éritaj mouin ak kalis mouin :
      sé ou minm ki kinbé déstiné mouin.  R/. 

7     M-ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban-m intélijans ;
      minm nannuit rin-m ban-m léson.
8     Mouin té mété Granmèt la dévan fas mouin tout tan,
      paské li adouat mouin, mouin pap tranblé.  R/. 

9     Sé pousa kè-m kontan, tout anndan fon kè-m ap dansé ;
      minm chè-m pozé nan éspérans.
10   Paské ou pap lagé nanm mouin nan abitasion mò yo,
      ou pap kité sin-ou nan ouè dékonpozision.  R/. 

11    Ou-ap fè-m konnin rout lavi yo,
      kè kontan k-ap débòdé avèk fas ou,
      plézi adouat ou jous pou tout tan.  R/.  

Kantik (Sékans) si yo vlé : Victimae paschali

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

 Alélouya. Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  Alélouya. 

Évanjil

Anonsé frè-m yo pou y-al nan Galilé, sé la y-a ouè-m.

 Léktu sint Évanjil la dapré Matié                                                                    28, 8-15

      Lè sa-a : médam yo pati byin vit sot nan kavo-a ak sézisman ak gran kè kontan, y-al pot nouvèl bay disip li yo. Jézu vîn rankontré yo, li di : « Salu ». Yo minm yo proché, yo kinbé pié-l, yo adoré-l. Lè sa-a atò, Jézu di yo : « Pa pè ; alé, anonsé frè-m yo, pou y-al nan Galilé, sé la y-a ouè-m ». Pandan y-alé, gin kèk nan gad yo ki rivé nan vil la ; yo anonsé gran prèt yo tou sa-k té pasé. Yo rasanblé, yo fè réyinion avèk ansyin yo, yo bay sòlda yo anpil lajan, yo di : « Di sé disip li yo ki vîn nannuit, yo vòlè-l, pandan nou t-ap dòmi. Si préfè-a aprann sa, n-a konvink li, n-a fè nou gin asirans ». Yo minm, lè yo vîn résévoua lajan-an, yo fè jan yo té aprann yo-a. Paròl sa-a gayé kay Juif yo jous jounin jodi-a.

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Résévoua, tanpri, Granmèt, kado pèp ou yo ak bon kè-ou,
pou nou minm ki rénouvlé nan déklarasion nou-an ak nan batèm nan,
nou jouinn kè kontan tout tan-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                                     Rom 6, 9

Kris la résisité sot nan pami mò yo, li pap mouri ankò,
lanmò-a pa gin okinn pouvoua sou li ankò, alélouya.

  • Apré kominion

Sé pou fè gras sakréman paskal la, tanpri, Granmèt,
anvayi anndan kè nou nèt,
pou sa yo ou té fè antré nan chémin k-ap sové yo tout tan-an,
ou fè yo korésponn ak kado-ou yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri.