Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-14 MADI ANNDAN OKTAV PAK LA

MADI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                    Cf. Sir 15, 3-4

Dlo sajès la té pasé souaf yo;
l-ap rété fèm nan yo, épi li pap panché,
l-ap lévé yo anlè pou tout tan, alélouya.

Yo di  Gloria.

  • Priyè

Bondié, ki té ba nou rémèd paskal yo,
rapousuiv pèp ou-a ak kado sièl la,
pou antan-l jouinn libèté ki kòrèk nèt la,
li kontan nan sièl la, nan sa l-ap fété dépi koulié-a sou tè-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Fè pénitans, sé pou chak moun nan nou batizé o non Jézu.

Léktu Travay Apot yo                                                                                             2, 36-41

Jou Pannkot la, Piè t-ap di Juif yo :
      « Sètènman sé pou tout kay Israèl la konn sa, Bondié fè-l Granmèt ak Kris, Jézu sa-a nou té klouré sou koua-a ». Lè yo tandé paròl sa yo, yo chagrin nan kè yo, yo di Piè ak lòt Apot yo : « Ki sa pou nou fè, mésié frè nou yo ? »
      Piè minm di yo : « Sé pou nou fè pénitans, sé pou chak moun nan nou batizé o non Jézu, pou padon péché nou yo, n-a résévoua kado Éspri Sin-an. Sèké sé pou nou promès la yé, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki louin yo, tou sa Granmèt Bondié nou-an rélé yo ». Ak anpil dòt paròl ankò li t-ap sèvi témouin, li t-ap ankourajé yo, li t-ap di : « Sové lavi nou sot nan jénérasion sa-a ki mové-a ». Moun yo ki té résévoua paròl li-a, yo batizé, jou sa-a té gin apéprè toua mil moun ki vîn tounin disip.

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                                  Ps 32, 4-5. 18-19. 20 ; 22 (R/. 5b)

      R/.  Mizérikòd Granmèt la plin tè-a.

      oubyin :  Alélouya.

4     Sèké paròl Granmèt la douat
      tout aksion-l yo nan fidélité,
5     Li rinmin jistis ak jijman,
      mizérikòd Granmèt la plin tè-a.  R/. 

18   Min jé Granmèt la sou moun ki réspékté-l yo,
      sou moun ki éspéré sou kè sansib li,
19   pou-l délivré nanm yo sot nan lanmò,
      pou-l ba yo manjé nan grangou.  R/. 

20   Nanm nou ap konté sou Granmèt la,
      paské sé sékou nou ak protéksion nou li yé.
22   Sé pou mizérikòd ou vîn sou nou, Granmèt,
      tankou nou té éspéré nan ou.  R/. 

Kantik (Sékans), si yo vlé :Victimae paschali 

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

 Alélouya. Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.   Alélouya. 

Évanjil

Mouin ouè Granmèt la, sé bagay sa yo li di-m.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                       20, 11-18

Lè sa-a :
      Mari té kanpé bò kavo-a, sou pa déyò, li t-ap kriyé. Pandan l-ap kriyé, li panché, li gadé anndan kavo-a. Li ouè dé Anj an blan ki chita, youn bò tèt la ak lòt la bò pié yo, koté yo té pozé kò Jézu-a. Yo di-l : « Madanm, pouki sa ou-ap kriyé ? » Li di yo : « Sé paské yo pran Granmèt mouin-an, mouin pa konnin koté yo mété-l ». Pandan l-ap di sa, li viré gadé dèyè, li ouè Jézu kanpé ; min li pa-t konnin sé té Jézu. Jézu di-l :  « Madanm, poukisa ou-ap kriyé ?  Kilès ou-ap chèché ? »  Li minm antan-l konprann sé jéran jadin-an, li di li : « Mèt, si sé ou-k té ouété-l, di-m koté-ou té dépozé-l ; épi mouin minm m-a pran-l ».  Jézu di-l : « Mari ! » Li viré, li di-l : « Raboni (sa vlé di Mèt) ! » Jézu di-l : « Pa touché-m ; mouin pa ko monté kot Papa-m. Min al kot frè-m yo, di yo : “M-ap monté kot Papa-m ak Papa nou-an, Bondié-m nan ak Bondié nou-an” ». Mari Madlèn rivé, li anonsé disip yo : « Mouin ouè Granmèt la, sé bagay sa yo li di-m ».

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Kado fanmi ou yo,
tanpri, Granmèt, résévoua yo ak bon kè,
pou gras a sékou protéksion-ou,
non sèlman li pa pèdi sa-l jouinn nan, min li rivé nan kado tout tan yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                                    Kol 3, 1-2

Si nou résisité avèk Kris la,
sé bagay ki anro yo pou nou chèché
koté Kris la chita adouat Bondié-a;
sé bagay ki anro yo pou nou gouté, alélouya.

  • Apré kominion

Kouté nou, Bondié ki gin tout pouvoua, épi kè fanmi ou-an
li minm ou bay gras batèm nan ki kòrèk nèt la,
préparé-l pou-l mérité jouinn kè kontan tout tan-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri.