Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-15 MÈKRÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA

 

MÈKRÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                           Mt 25, 34

Vini, nou minm Papa-m béni-an, résévoua péyi-roua-a,
ki té paré pou nou dépi nan kòmansman tè-a, alélouya.

Yo di  Gloria.

  • Priyè

Bondié, ki fè kè nou kontan
nan fèt solanèl yo fè chak ané pou réziréksion Granmèt la
fè nou favè, ak bon kè-ou pou, gras a fèt sa yo n-ap fété nan tan sa-a,
nou rivé jouinn kè kontan tout tan-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Sa-m ginyin-an, mouin ba ou-l : o non Jézu, lévé, maché.

Léktu Travay Apot yo                                                                                               3, 1-10

Jou sa yo :
      Piè ak Jan t-ap monté nan Tanp la pou lè lapriyè névièm è-a. Té gin yon mésié ki té infim dépi nan vant manman-l, yo t-ap poté-l. Chak jou yo té konn dépozé-l bò pòt Tanp la, sa yo rélé Bèl la, pou-l mandé moun yo k-ap antré nan Tanp la lacharité. Li minm, kon-l ouè Piè ak Jan k-apral antré nan kay sakré-a, li mandé yo pou yo fè-l jouinn lacharité. Piè minm antan-l l-ap gadé-l byin ansanm ak Jan, li di : « Gadé nou ». Li minm li pozé jé-l sou yo, li té éspéré li t-ap jouinn kichòy nan min yo. Piè minm di : « Lajan ak lò, mouin pa gin sa ; sa-m ginyin-an mouin ba ou-l : o non Jézu-Kri moun Nazarèt la, lévé, maché ». Li pran min douat li, li lévé-l, minm lè-a jouintu ak plant pié-l vîn solid. Li vòltijé kanpé, li t-ap maché, li antré avèk yo nan Tanp la, l-ap maché, l-ap vòltijé, l-ap fè louanj Bondié. Tout pèp la ouè l-ap maché, l-ap fè louanj Bondié. Yo té rékonèt li, sé li minm ki té konn chita bò Bèl Pòt Tanp la, pou lacharité-a, yo té plin ak sézisman, yo té dékontrolé pou sa-k té rivé-l la.

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                                 Ps 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9 (R/. 3 b)

       R/. Sé pou kè moun yo k-ap chèché Granmèt la kontan.

      oubyin :  Alélouya.

1      Fè louanj Granmèt la, rélé non-l,
      anonsé travay li nan pami nasion yo.
2      Chanté pou li, joué mizik pou li,
      kalkilé sou tout mèvèy li yo.  R/. 

3      Fè louanj nou nan non-l ki sin-an,
      sé pou kè moun yo k-ap chèché Granmèt la kontan.
     Chèché Granmèt la ak pouvoua-l,
      chèché fas li tout tan.  R/. 

     Ras Abraam, sèvitè-l,
      pitit Jakòb, sila-a chouazi-a.
7      Sé li minm Granmèt Bondié nou ;
      sou tout tè-a jijman-l yo.  R/. 

8     Li sonjé alians li-a tout tan,
      paròl li té kòmandé bay mil jénérasion yo,
9     sa-l té pasé avèk Abraam nan,
      sèman li té fè bay Izaak la.  R/.  

Kantik (Sékans), si yo vlé:Victimae paschali 

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

  Alélouya.  Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  Alélouya. 

Évanjil

Yo rékonèt li nan kasé pin-an.

  Léktu sint Évanjil la dapré Luk                                                                     24, 13-35

      Té gin dé nan disip Jézu yo ki t-apral nan bouk, prémié jou sémèn sa-a, bouk la té yon distans onz kilomèt parapò a Jéruzalèm, yo té rélé-l Émayus. Yo minm yo t-ap palé antré yo sou tou sa-k té pasé. Rivé, pandan y-ap kozé, y-ap chèché antré yo, Jézu minm proché, l-ap maché avèk yo. Jé yo té gin yon bagay ki kinbé yo, pou yo pa rékonèt li. Li di yo : « Ki paròl sa yo, n-ap palé antré nou pandan n-ap maché-a, épi ki fè nou tris la ? » Youn yo rélé Kléofas, di-l : « Sé ou minm sèl ki étranjé nan Jéruzalèm, ou pa konnin sa-k rivé nan jou sa yo ? » Li di yo : « Ki bagay ? » Yo di : « Osijè Jézu moun Nazarèt la, ki té yon profèt, ki gin pouvoua nan aksion ak paròl dévan Bondié ak tout pèp la. Kijan prèt an chèf yo ak chèf nou yo rinmèt li nan kondanasion lanmò, épi yo klouré-l sou koua. Nou minm nou té éspéré, sé li minm ki t-ap délivré Israèl ; koulié-a minm sou tout bagay sa yo jodi-a sé touazièm jou dépi yo rivé. Min kèk médam nan pami nou té fè nou sézi, yo t-al nan kavo-a dévan-jou, yo pa jouinn kò-l, yo vîn di yo ouè vizion Anj yo, ki di yo li vivan. Kèkzin nan nou al nan kavo-a, yo jouinn bagay yo jan médam yo di-a ; min li minm yo pa jouinn li ».
      Li di yo : « Nou sòt, nou pran tan nan kè nou pou nou kouè tou sa profèt yo té palé yo ! Èské Kris la pa-t gin pou-l soufri, épi sé konsa pou-l antré nan gloua-l la ? » Li kòmansé dépi sou Moyiz ak tout profèt yo, li éspliké yo nan tout sa-k ékri-a sa-k té konsèné-l. Yo proché bò bouk la koté yo t-apralé-a, li minm li fè kòmsi l-apral pi louin, yo fòsé-l, yo di : « Rét avèk nou, paské asouè rivé, jou-a déja bésé ». Li antré avèk yo. Pandan li atablé avèk yo, li pran pin, li béni, li kasé, li ba yo. Jé yo louvri, yo rékonèt li. Li minm minm li disparèt sot dévan jé yo.
      Youn di lòt : « Èské kè nou pa-t cho anndan nou, pandan li t-ap palé sou chémin-an, li t-ap éspliké nou sa-k ékri yo ? » Yo lévé minm lè-a, yo tounin Jéruzalèm. Yo jouinn onz yo rasanblé, ni sa yo ki té avèk yo-a, yo di Granmèt la lévé vré, li parèt dévan Simon. Yo rakonté sa-k té pasé sou chémin-an, kijan yo té rékonèt li nan kasé pin-an.

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Résévoua, tanpri, Granmèt, sakrifis rédanmsion moun nan,
ak bon kè-ou sové nou nan éspri-a ak nan kò-a.
Pa pouvoua Jézu Kri.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                                     Lk 24, 35

Disip yo té rékonèt Granmèt Jézu
nan kasé pin-an, alélouya.

  • Apré kominion

Sé pou sakréman Pitit ou-a nou résévoua avèk réspè-a,
tanpri, Granmèt, fè nou vîn tounin yon kréatu nouvo,
antan li nétouayé nou anba tou sa k-ap viéyi nou.
Pa pouvoua Jézu-Kri.