Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-16 JÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA

 

JÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                     Saj 10, 20-21

Min-ou ki ranpòté viktoua-a, Granmèt, y-ap fè louanj pou li tou,
paské sajès la louvri bouch moun ki bèbè yo,
épi li fè lang timoun piti yo palé byin, alélouya.

Yo di Gloria.

  • Priyè

Bondié, ki té rasanblé divèsité nasion yo
nan louanj non-ou,
fè nou favè pou sa yo ki jouinn nouvo nésans nan fontèn batèm nan,
yo gin yon sèl minm lafoua nan kè yo
ak yon sèl minm dévouman nan aksion yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Nou touyé lotè lavi-a, Bondié résisité-l sot nan pami mò yo.

Léktu Travay Apot yo                                                                                             3, 11-26

Jou sa yo :
      Kòm infim nan ki té géri-a té kinbé Piè ak Jan, tout pèp la kouri koté yo, bò pòtay yo rélé pòtay Salomon-an, yo té sézi. Lè Piè ouè sa, li réponn pèp la : « Mésié Israèl yo, pouki sa nou sézi pou bagay sa-a ? oubyin pouki sa n-ap gadé nou-an, kòm si sé ak fòs nou oubyin sé ak pouvoua nou nou fè mésié sa-a maché-a ? Bondié Abraam ak Bondié Izaak ak Bondié Jakòb la, Bondié papa nou yo fè ouè gloua Pitit li-a Jézu, li minm nou té bay la, nou té nié dévan fas Pilat la, lè Pilat té jijé pou-l té lagé-l la. Nou minm sé Sin-an ak sa-a ki kòrèk la nou té nié, nou té mandé pou yo ba nou yon moun ki touyé moun ; Lotè lavi-a minm, nou touyé-l, min Bondié résisité-l sot nan pami mò yo, nou sèvi-l témouin. Nan lafoua o non-l, sa-a nou ouè-a, nou konnin-an, non-l fè-l kanpé fèm ; sé lafoua ki réalizé pa lantrémiz li-a, ki bay santé sa-a ki intak la dévan fas nou tout la. Koulié-a frè-m yo mouin konnin sé paské nou pa-t konnin ki fè nou fè sa, minm jan ak chèf nou yo. Min Bondié, sa-l té anonsé davans nan bouch profèt yo, pou Kris li-a soufri-a, sé konsa li réalizé-l. Konsa sé pou nou fè pénitans, sé pou nou chanjé konduit, pou péché nou yo éfasé ; pou lè tan fréchè yo rivé vîn sot nan fas Granmèt la, li voyé sa-a yo té préché nou-an, Jézu-Kri, li minm sièl la gin pou-l kinbé jous nan tan y-ap rémété tout bagay nan plas yo-a, sa Bondié té palé nan bouch sin-l yo lontan-an, profèt yo. Sèké Moyiz té di : “Granmèt Bondié nou-an ap fè yon profèt lévé pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mouin minm ; sé pou nou kouté-l, dapré tou sa l-ap di nou. Tout moun ki pa kouté profèt sa-a, y-ap ouété-l sot nan pèp la”. Tout profèt yo dépi Samuèl ak sa-k vîn apré-l yo, ki té palé yo, yo té anonsé jou sa yo.
      Nou minm nou sé pitit profèt yo ak alians la, sa Bondié té pasé ak papa nou yo, lè-l té di Abraam nan : “Nan ras ou tout fanmi tè-a ap jouinn bénédiksion”. Sé nou minm an prémié Bondié voyé Pitit li-a ba nou, sa-l résisité-a, ki béni nou-an, pou nou chak viré do sot nan péché-l yo” ».

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                                      Ps 8, 2 a é 5. 6-7. 8-9 (R/. 2 ab)

        R/. Granmèt, Granmèt nou,
            ala gran non-ou gran sou tout tè-a !

      oubyin : Alélouya.

2      Granmèt, Granmèt nou,
5      sa moun nan yé, pou-ou sonjé-l ?
      oubyin pitit moun nan, pou-ou vizité-l ?  R/. 

6      Ou fè-l vîn pi ba yon ti kras anba Anj yo,
      ak gloua ak konsidérasion ou kouronnin-l ;
7      ou instalé-l anlè travay min-ou yo.
      Tout bagay, ou mété yo anba pié-l :  R/. 

     Ni mouton ni bèf, yo tout,
      minm bèt nan rak boua yo,
     zouazo sièl yo ak pouason lanmè yo,
      tou sa k-ap maché nan santié lanmè yo.  R/.  

Kantik (Sékans), si yo vlé:Victimae paschali 

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

  Alélouya.  Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  Alélouya. 

Évanjil

Sé konsa Kris la té gin pou-l té soufri,
pou-l résisité sot nan pami mò yo sou touazièm jou-a.

 Léktu sint Évanjil la dapré Luk                                                                      24, 35-48

Lè sa-a :
      Disip yo t-ap rakonté bagay ki té pasé sou chémin-an, kijan yo té rékonèt Jézu nan kasé pin-an.
      Pandan y-ap palé bagay sa yo, Jézu kanpé nan mitan yo, li di yo : « Lapè pou nou : sé mouin minm, pa pè ». Yo troublé, yo sézi, yo té konprann sé yon éspri yo té ouè-a.
      Li di yo :
      « Pouki sa nou troublé-a, ak pansé sa yo k-ap monté nan kè nou-an ? Gadé min-m yo ak pié-m yo, sé mouin minm minm ; touché pou nou ouè : yon éspri pa gin chè ak zo, jan nou ouè mouin ginyin-an ». Pandan l-ap di sa, li montré yo min yo ak pié yo. Yo pa-t ko kouè, yo té sézi ak kontantman, li di : « Èské nou gin kichòy pou manjé isit la ? » Yo ofri-l yon moso pouason griyé ak yon gato mièl. Li manjé dévan yo li pran rès yo, li ba yo.
      Li di yo :
      « Sé paròl sa yo mouin té palé nou-an lè-m té avèk nou toujou-an, li té nésésè pou tou sa-k ékri sou mouin nan laloua Moyiz la ni profèt yo ni Psòm yo, pou yo té réalizé ».
      Lè sa-a li louvri lintélijans yo, pou yo konprann sa-k ékri yo.
      Li di yo :
      « Sé konsa sa té ékri, sé konsa Kris la té gin pou-l soufri, pou résisité sot nan pami mò yo sou touazièm jou-a, pou yo préché pénitans o non-l ak padon péché yo nan tout nasion, kòmansé sou Jéruzalèm. Nou minm nou témouin bagay sa yo ».

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Sakrifis sa yo, tanpri, Granmèt, résévoua yo ak bon kè-ou,
yo minm n-ap ofri ak rékonésans pou sa yo ki jouinn nouvo nésans la,
épi pou-ou ba nou plis sékou ki soti nan sièl la.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                                     1 Piè 2, 9

Pèp éritaj la, anonsé mèvèy li yo,
sa-a ki rélé nou sot nan fènoua yo vîn nan bèl limiè-l la, alélouya.

  • Apré kominion

Kouté priyè nou yo, Granmèt,
pou rélasion ki sin anpil yo rédanmsion nou-an ba nou-an
yo poté sékou pou nou nan lavi sa-a,
épi fè nou jouinn kontantman tout tan yo.
Pa pouvoua Jézu-Kri.