Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-17 VANDRÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA

 

VANDRÉDI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                             Ps 77, 53

Granmèt la kondui pèp li-a nan éspérans,
épi ènmi-l yo, li kouvri yo ak lanmè-a, alélouya.

Yo di Gloria.

  • Priyè

Bondié ki gin tout pouvoua, ki égzisté tout tan,
ou minm ki mété sakréman paskal la
pou alians rékonsiliasion moun nan,
fè kè nou favè, pou sa n-ap sélébré nan déklarasion nou fè-a,
nou imité-l nan aksion.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou. 

Prémié léktu

Pa gin sové yo kapab sové nan pèsòn lòt moun.

Léktu Travay Apot yo                                                                                               4, 1-12

Jou sa yo :
      Piè ak Jan t-ap palé ak pèp la toujou, apré gérizon infim nan, prèt yo vîn rivé ak majistra Tanp la ak sadiséyin yo, yo té kontrarié poutèt yo t-ap bay pèp la ansègnman-an, yo t-ap anonsé réziréksion sot nan pami mò yo nan Jézu-Kri. Yo mét min sou yo, yo mété yo nan prizon nan landmin ; paské asouè té déja rivé. Anpil nan moun yo ki té tandé paròl la, yo té vîn kouè ; total mésié yo sé té kinz mil. Rivé nan landmin, chèf yo rasanblé ak ansyin yo ak skrib yo nan Jéruzalèm, Àn, gran prèt la ak Kayif ak Jan ak Aléksand ak tout moun nan ras prèt yo, yo fé yo kanpé nan mitan, y-ap pozé yo késion : « Nan ki pouvoua oubyin o non kilès nou fè bagay sa-a ? » Lè sa-a Piè plin ak Éspri Sin-an, di yo : « Chèf pèp la ak ansyin yo, kouté. Si jodi-a y-ap jijé nou pou yon byinfè ki réalizé pou mésié infim nan, si nou bézouin konnin nan kilès li sové, ébyin aprann sa nou tout ak tout pèp Israèl la, sé o non Granmèt nou Jézu-Kri moun Nazarèt la, sa-a nou té klouré sou koua-a, li minm Bondié té résisité sot nan pami mò yo, sé nan li sa-a géri, kanpé dévan nou. Sa-a sé ròch la, nou minm bòs mason yo nou té réjté-a, ki vîn tounin tèt kouin-an ; pa gin sové yo kapab sové nan okinn lòt moun ; ni pa gin okinn non anba sièl la yo bay lézòm, ki pèmèt nou sové ».

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                        Ps 117, 1-2 é 4. 22-24. 25-27 a (R/. 22)

      R/.  Ròch la bòs mason yo réjté-a,
            sé li minm ki vîn tounin tèt kouin-an.

      oubyin : Alélouya.

1     Fè louanj Granmèt la, poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.
2     Sé pou Israèl di sa koulié-a, poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.
4     Sé pou sa yo ki krinn Granmèt la di,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.  R/. 

22   Ròch la bòs mason yo té réjté-a,
      sé li minm ki vîn tounin tèt kouin-an,
23   sé nan Granmèt la sa soti pou-l fèt,
      sé yon bagay éstraòdinè nan jé nou.
24   Sa-a sé jou Granmèt la fè-a :
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  R/. 

25   Granmèt, sové-m,
      Granmèt, bay kè kontan.
26   Konpliman pou sa-a k-ap vini o non Granmèt la.
      Konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la.
27   Bondié Granmèt la kléré nou.  R/.  

Kantik (Sékans), si yo vlé : Victimae paschali 

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

 Alélouya. Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.    Alélouya. 

Évanjil

Jézu rivé, li pran pin-an, li ba yo ak pouason-an.

 Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                         21, 1-14

Lè sa-a :
      Jézu parèt ankò dévan disip yo bò lanmè Tibériad la. Min kijan li té parèt la. Yo té ansanm, Simon Piè ak Toma, sa yo rélé Didim nan, ak Natanaèl, moun Kana Galilé-a, ak pitit Zébédé yo ak dé lòt nan disip li yo.
      Simon Piè di yo : « M-apral lapèch ». Yo di-l : « N-apralé avèk ou tou ». Yo soti, yo monté nan batiman-an, min nannuit sa-a yo pa pran anyin. Lè granmatin rivé, Jézu té kanpé sou bò lanmè-a ; min disip yo pa-t rékonèt sé té Jézu. Jézu di yo : « Ti moun yo, èské nou gin pouason ? » Yo réponn li : « Non ». Li di yo : « Voyé filè-a adouat batiman-an, n-a jouinn ». Yo voyé-l, yo pa-t kapab rédi-l, tèlman té gin anpil pouason. disip Jézu té rinmin-an di Piè : « Sé Granmèt la ». Lè Simon Piè tandé sé Granmèt la, li pasé rad li nan rin-l, (li té nu-kò), li lagé kò-l nan lanmè. Lòt disip yo rivé nan batiman-an (yo pa-t louin tè-a, sé té apéprè san mèt) y-ap rémòké filè pouason yo. Lè yo désann atè-a, yo ouè chabon difé ki pozé, épi pouason ak pin sou li. Jézu di yo : « Poté nan pouason yo nou sot pran koulié-a ». Simon Piè monté, li rédi filè-a atè, plin ak gro pouason, sansinkant-toua. Épi malgré té gin tout kantité sa-a, filè-a pa chiré. Jézu di yo : « Vîn manjé ». Pèsòn nan sa-k t-ap manjé yo pa-t gin kouraj mandé-l : « Ki moun ou yé ? » yo té konnin sé Granmèt la. Jézu rivé, li pran pin-an, li ba yo, ni pouason-an tou. Sa té fè touazièm foua Jézu té parèt dévan disip li yo, lè-l té fîn résisité sot nan pami mò yo.

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Réalizé ak bon kè nan nou, Granmèt,
rélasion nou souété nan kado paskal yo,
pou nou travèsé sot nan santiman tè-a al nan anvi sièl la.
Pa pouvoua Jézu-Kri Granmèt nou.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                       Cf. Jan 21, 12-13

Jézu té di disip li yo: Vîn manjé.
Épi li té pran pin-an, épi li té ba yo, alélouya.

  • Apré kominion

Avèk dévouman ki pa sispann, tanpri, Granmèt, prézèvé sa yo ou té sové-a,
pou sa yo ki rachté gras a soufrans Pitit ou-a,
yo jouinn kè kontan nan réziréksion-l nan.
Li minm ki vivan é ki roua pou tout tan gin tan.