Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

GPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-18 SAMDI ANNDAN OKTAV PAK LA

 

SAMDI ANNDAN OKTAV PAK LA


Réf. pou antré                                                                                          Ps 104, 43

Granmèt la té kondui pèp li-a nan fèt,
épi sa yo li chouazi-a nan kè kontan, alélouya.

Yo di Gloria.

  • Priyè

Bondié, ki fè pèp yo ki kouè nan ou-a vîn plis, gras a kantité gras-ou,
voyé jé ak bon kè-ou sou sa yo ou chouazi-a,
pou sa yo ki jouinn nouvo nésans nan sakréman batèm nan,
ou fè yo abiyé ak kontantman lavi ki pap janm mouri-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri. 

Prémié léktu

Nou pa kapab pa di sa nou ouè ak sa nou tandé.

Léktu Travay Apot yo                                                                                             4, 13-21

Jou sa yo :
      Lè chèf prèt yo ak ansyin yo ak skrib yo ouè asirans Piè ak Jan, yo té konnin sé moun ki pa-t al lékòl, ki pa gin sians, yo sézi ; yo té konnin sé ak Jézu yo té konn yé. Yo ouè mésié-a kanpé avèk yo, sa-a ki té géri-a, yo pa-t kapab démanti. Yo pasé lòd pou yo fè yo kité tribinal la ; yo fè réyinion antré yo, yo di : « Ki sa pou nou fè mésié sa yo ? Tout moun Jéruzalèm konnin mèvèy la yo fè-a : sa klè, nou pa kapab nié-l. Min, pou sa pa al pi louin nan pèp la, n-ap ménasé yo pou yo pa palé o non mésié sa-a ankò ak pèsòn ». Yo rélé yo, yo déklaré yo pou yo pa janm palé, ni bay ansègnman o non Jézu. Piè minm ak Jan réponn, yo di yo : « Si sa kòrèk dévan fas Bondié pou nou kouté nou pasé Bondié, jijé sa. Nou pa kapab pa di sa nou ouè ak sa nou tandé ». Yo minm minm yo ménasé yo, yo ranvouayé yo, yo pa jouinn kijan pou yo pini yo, akoz pèp la ; paské tout moun t-ap fè louanj pou sa-k té fèt nan mésié-a.

      Paròl Granmèt la. 

Psòm répons                                                Ps 117, 1. 14-15. 16 ab-18. 19-21 (R/.  21 a)

      R/.  M-ap fè louanj ou, Granmèt, paské ou kouté mouin.

      oubyin : Alélouya.

1     Fè louanj Granmèt la, poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.
14   Fòs mouin ak louanj mouin sé Granmèt la,
      sé li minm ki sové-m.
15   Voua kè kontan ak sové nou sové-a nan tant sa yo ki kòrèk yo.  R/. 

16   Min douat Granmèt la fè mèvèy,
      min douat Granmèt la lévé byin ro ;
18   Granmèt la korijé-m byin korijé,
      min li pa lagé-m nan lanmò.  R/. 

19   Louvri pòt jistis yo pou mouin,
      m-ap antré nan yo pou-m fè louanj Granmèt la.
20   Sa-a sé pòt Granmèt la, moun ki kòrèk yo ap antré ladan-l.
21    M-ap fè louanj ou, paské ou kouté-m, ou sèvi-m délivrans.  R/.  

Kantik (Sékans), si yo vlé : Victimae paschali 

Sé pou Krétyin yo imolé
louanj pou viktim paskal la.

Agno-a rachté mouton yo :
Kris inosan rékonsilié péchè yo ak Papa-a.

Lanmò-a ak lavi-a mélé nan yon batay séré a dé :
chèf lavi-a ki mouri-a ap kòmandé vivan kòm roua.

Di nou, Mari,
ki sa-ou té ouè sou rout la ?

Kavo Kris la ki vivan-an,
ak gloua sa-a ki résisité-a, sé sa mouin té ouè,

Anj yo ki sèvi témouin yo,
mouchoua-a ak rad yo.

Kris la résisité, li minm éspérans mouin-an :
li pran dévan moun li yo nan Galilé.

Nou konnin Kris la résisité vré sot nan pami mò yo :
ou minm, Roua ki ranpòté viktoua-a, pran pitié pou nou. 

Alélouya                                                                                                                 Ps 117, 24

 Alélouya. Jou sa-a Granmèt la fè-a ;
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  Alélouya. 

Évanjil

Alé, sou tout tè-a préché Bòn Nouvèl la.

 Léktu sint Évanjil la dapré Mark                                                                     16, 9-15

      Jézu résisité granmatin, prémié jou sémèn nan, li parèt dabò dévan Mari-Madlèn, sa-l té chasé sèt démon sot nan li-a. L-al anonsé sa yo ki té avèk li-a, ki t-ap plinn, ki t-ap kriyé. Lè yo tandé li té vivan épi Mari-Madlèn té ouè-l, yo pa-t kouè. Apré sa, li parèt dévan dé nan sa yo ki t-ap vouayajé, yo t-apral andéyò, li té gin yon lòt aparans. Yo minm y-al anonsé lòt yo ; min lòt yo pa-t kouè. Alafin li parèt dévan onz yo ki té atab ; li réproché yo mank lafoua yo ak kè yo ki du, paské yo pa-t kouè sa yo ki té ouè-l résisité-a. Li di yo : « Alé sou tout tè-a, préché bòn nouvèl la bay tout kréatu ».

      Paròl Granmèt la. 

  • Sou ofrann yo

Fè nou favè, tanpri, Granmèt,
pou nou toujou di-ou mèsi nan mistè sakré paskal sa yo,
pou travay rédanmsion nou-an k-ap fèt tout tan-an,
li vîn tounin pou nou koz kè kontan tout tan.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                                      Gal 3, 27

Nou tout ki batizé nan Kris la,
sé pou nou abiyé nou ak Kris la, alélouya.

  • Apré kominion

Pèp ou-a, tanpri, Granmèt,
voyé jé ak bon kè sou li,
épi li minm ou aksépté rénouvlé nan mistè tout tan yo,
fè-l favè rivé
nan réziréksion chè-a ki gin pou jouinn gloua-a,
réziréksion sa-a ki pa kapab détoui-a.
Pa pouvoua Jézu-Kri.