Mercredi15Mai7ème Semaine de Pâques White
[Sainte Denise
Mémoire Facultative]
[Dédicace de la Cathédrale de Jacmel (Pr. D. H.)
Mémoire Facultative]

HPremier quartier
"Femme, voici ton fils ! - Voici ta mère!" ~ Mèsi Bondié pou sékou Manman Notre-Dame !

2020-04-19 DÉZIÈM DIMANCH TAN PAK - Otréman-di Divîn Mizèrikòd

 

DÉZIÈM DIMANCH TAN PAK
otréman-di Divîn Mizèrikòd


Réf. pou antré                                                                                            1 Piè 2, 2

Tankou timoun piti ki fèk fèt,
sé pou nou anvi lèt spirituèl la, ki san dlo-a,
pou nou grandi ladan-l pou nou sové, alélouya.

      Oubyin:                                                                                          4 Ésd 2, 36-37

Résévoua kè kontan gloua nou-an,
antan n-ap fè konpliman pou Bondié,
li minm ki té rélé nou nan péyi-roua sièl la, alélouya.

Yo di Gloria.

  • Priyè

Bondié mizérikòd tout tan-an,
ki limin lafoua pèp la ki konsakré pou ou-a,
nan fèt paskal sa-a ki tounin-an,
dévlopé gras la ou té bay la,
pou tout moun konprann avèk intélijans ki kòrèk,
nan ki kalité bingn yo lavé, nan ki kalité Éspri yo jouinn nouvo nésans,
nan ki kalité san yo rachté.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Prémié léktu

Tout moun ki té kouè yo té ansanm, yo té gin tout bagay an komin.

Léktu Travay Apot yo                                                                                             2, 42-47

      Frè yo té pèsévéré nan ansègnman Apot yo, ak kominion pin-an yo séparé-a, ak priyè yo.
      Krint té rivé nan tout kè. Té gin anpil prodij ak sign ki t-ap fèt pa lantrémiz Apot yo nan Jéruzalèm, té gin gro krintif nan tout moun. Tout moun ki té kouè yo té ansanm, yo té gin tout bagay an komin : yo té vann propriété yo ak byin yo, yo té séparé yo pou tout moun, dapré sa chak moun té bézouin.
      Chak jou yo té pèsévéré ansanm nan Tanp la, yo té séparé pin-an lakay yo, yo té konn pran manjé-a avèk kontantman ak yon kè sinp, antan y-ap fè louanj Bondié, yo té gin favè tout foul la. Chak jou Granmèt la té ajouté nan yo lòt moun, ki té sové yo.

      Paròl Granmèt la.

Psòm répons                                                                    Ps 117, 2-4. 13-15. 22-24 (R/. 1)

        R/. Fè louanj Granmèt la poutèt li bon,
            poutèt mizérikòd li pou tout tan.

      oubyin : Alélouya.

2     Sé pou Israèl di sa koulié-a, poutèt li bon,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan
3     Sé pou kay Aaron-an di sa koulié-a,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan
4     Sé pou sa yo ki krinn Granmèt la di,
      poutèt mizérikòd li pou tout tan.  R/. 

13   Yo pousé-m byin pousé, pou-m tonbé,
      min Granmèt la poté-m sékou.
14   Fòs mouin ak louanj mouin sé Granmèt la,
      sé li minm ki sové-m.
15   Voua kè kontan ak sové nou sové-a nan tant sa yo ki kòrèk yo.  R/. 

22   Ròch la bòs mason yo té réjté-a,
      sé li minm ki vîn tounin tèt kouin-an,
23   sé nan Granmèt la sa soti pou-l fèt,
      sé yon bagay éstraòdinè nan jé nou.
24   Sa-a sé jou Granmèt la fè-a :
      sé pou nou fété, sé pou nou kontan nan li.  R/. 

Dézièm léktu

Li réfè nou nan éspérans vivan-an
gras a réziréksion Jézu-Kri sot nan pami mò yo.

Léktu prémié lèt apot sin Piè                                                                                    1, 3-9

      Konpliman pou Bondié, ak Papa Granmèt nou Jézu-Kri, li minm ki té réfè nou nan éspérans vivan-an gras a réziréksion Jézu-Kri sot nan pami mò yo, dapré gran mizérikòd li-a, pou yon éritaj ki pap détoui, ki pap sal, ki pap vîn vié, k-ap diré nan sièl la pou nou, nou minm yo prézèvé pou sové nou sové-a gras a lafoua-a, nan pouvoua Bondié-a, sové nou sové sa-a yo paré pou révélé-l nan dènié tan-an.
      Nan li nou gin kè kontan, minm si koulié-a, nou gin pou nou gin chagrin nan divès bagay k-ap tanté nou ; pou éprèv lafoua nou-an ki gin plis pri pasé lò-a, sa yo éséyé nan difé-a, li rivé nan louanj ak gloua ak konsidérasion nan révélasion Jézu-Kri-a, li minm nou rinmin san nou pa ouè-l la ; li minm nou kouè nan li, minm si koulié-a nou pa ouè-l la ; antan nou kouè-a n-ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki nan gloua, n-ap jouinn rékonpans lafoua nou nan délivrans nanm yo.

      Paròl Granmèt la. 

Alélouya                                                                                                                 Jan 20, 29

 Alélouya. Poutèt ou ouè-m, Toma, ou kouè, sé sa Granmèt la di ;
      ala kontantman pou moun ki pa ouè épi ki kouè.    Alélouya.

Évanjil

Apré ui jou, Jézu rivé.

  Léktu sint Évanjil la dapré Jan                                                                      20, 19-31

      Lè asouè rivé, jou sa-a, prémié jou sémèn nan, tout pòt yo té fèmin, koté disip yo té rasanblé poutèt yo té pè Juif yo, Jézu rivé, li kanpé nan mitan, li di yo : « Lapè pou nou ». Pandan l-ap di sa, li montré yo min yo ak bò kot la. Disip yo kontan, lè yo ouè Granmèt la.
      Li di yo ankò : « Lapè pou nou. Minm jan Papa-a voyé-m nan, mouin minm tou mouin voyé nou ». Lè-l fîn di sa, li souflé, li di yo : « Résévoua Éspri Sin-an. Moun nou rinmèt péché yo, péché yo ap rinmèt, moun nou kinbé péché yo y-ap rét kinbé ».
      Toma minm, youn nan douz yo, sa yo rélé Didim nan li pa-t avèk yo lè Jézu té vini-an. Lòt disip yo di-l : « Nou té ouè Granmèt la ».
      Li minm li di yo : « Si-m pa ouè mak klou yo nan min-l, si-m pa mét douèt mouin nan plas klou yo, si-m pa mét min-m nan kòt li, mouin pap kouè ».
      Apré ui jou, disip li yo té anndan-an ankò, Toma té avèk yo. Jézu rivé, pòt yo té fèmin, li kanpé nan mitan, li di : « Lapè pou nou ». Apré sa, li di Toma : « Mét douèt ou isit, gadé min-m, lonjé min-ou, mété-l nan bò kòt mouin, sispann rét san lafoua, sé pou-ou gin lafoua ».
      Toma réponn, li di-l : « Granmèt mouin ak Bondié-m ! »
      Jézu di-l : « Paské ou ouè-m, Toma, ou kouè ; ala kontantman pou moun ki pa ouè épi ki kouè ».
      Jézu fè anpil lòt sign ankò dévan disip li yo, yo pa ékri nan liv sa-a. Sa yo, yo ékri yo, pou nou kouè Jézu sé Kris Pitit Bondié, épi pou antan nou kouè-a, nou gin lavi o non-l.

      Paròl Granmèt la.

 

PRÈCH (Mgr Franz Colimon, smm)

 I

     Dézièm dimanch Pak la, yo rélé-l dimanch "in albis", sa vlé di: dimanch "an blan", paské lontan tout moun ki té batizé nan nuit Pak la apré tout an­trénman Karèm nan, yo té abiyé tout-an blan, pou fè sonjé kijan batèm nan lavé tout fot yo, li fè yo vîn san tach. Déklarasion lafoua Sin Toma-a fè nou sonjé déklarasion lafoua ki kadré avèk batèm nan; chak foua Pè-a lévé Kò ak San Jézu anlè nan lamès la, apré konsékrasion-an, nou di nan kè nou minm paròl Sin Toma sa yo: "Granmèt mouin, Bondié mouin" (Jn 20, 28), épi nou ajouté nan fon kè nou: "Mouin adoré-ou é mouin rinmin-ou". Sa édé nou nouri lafoua nou. Sé tanzantan pou nou répété paròl sa yo, pou nou abitué pozé jès lafoua nan lavi nou, pou nou réaji dévan évènman yo avèk léspri lafoua.
    Sin Piè di nou nan prémié Lèt li-a (1 P 1, 3-9), lafoua nou y-ap éséyé-a, li gin plis pri pasé lò, sa yo éséyé nan difé-a; koulié-a nou pa ouè, n-ap maché nan fènoua, min limiè-a kléré sou pa anndan, anndan "acte de foi" nou pozé-a, sé nan sièl la n-ap jouinn rékonpans lafoua nou bay la.
     Ni réfrin Alélouya anvan lévanjil la, ni réfrin kominion-an réprann répròch Jézu fè Sin Toma-a osijè lafoua-a (Jn 20, 27).
     Sa fè ui jou Jézu lévé byin vivan. Sé "octave" Pak la. Sé jou Granmèt la, jou Apot yo té konn réyini yon fason spésial pou fété mèvèy sakré Granmèt la. Sé antan y-ap fè sonjé jou Granmèt la, Granmèt la parèt nan mitan yo. Sé konsa chak dimanch lè lamès la ap fèt, Jézu Granmèt la la nan mitan nou. Apré Konsékrasion-an, Pè-a di: "Il est grand le mystère de la foi" (cf 1 Tm 3, 16). "Ala yon bèl mèvèy nou pa kapab konprann min nou kouè!"
     Sin Piè di nou nan réfrin pou antré-a (1 P 2, 2) pou nou konpòté nou tankou ti moun ki fèk fèt, pou nou anvi lèt ki san dlo-a yon fason kòrèk, pou nou dévlopé ladan-l, sé batèm nan ki fè nou vîn tankou ti bébé ki fèk fèt, sé pou nou dévlopé nan lansègnman Granmèt la, pou nou ba-l lafoua nou. Krétyin yo, yo rélé yo "fidèl", sa vlé di moun ki gin lafoua (fides an latin). Sé non sa-a minm Sin Luk ba yo nan Travay Apot yo (Ac 2, 42-47). Li di tout moun ki té kouè yo, yo ansanm. Batèm nan fè nou vîn antré nan group fidèl yo, nan fanmiy moun ki kouè yo.
     Prémié priyè dézièm dimanch Pak la fè sonjé kijan Bondié té limin lafoua pèp la ki konsakré pou li-a, li mandé pou Bondié dévlopé favè sa-a pou tout moun kapab konprann pi byin ki kalité bingn ki lavé yo, sa vlé di nan batèm nan, ki kalité Éspri ki fè yo réfèt, ki kalité san ki délivré yo.
     Sé sou batèm nan toujou priyè sou kado yo palé, antan li mandé Bondié pou-l résévoua kado pèp li-a ak sa yo li réfè-a, sa vlé di moun ki fèk té batizé nan nuit Pak la, li mandé pou sa yo, ki réfèt nan louanj non Bondié ak nan batèm nan, yo jouinn kè kontan ki pap janm fini-an.
     Finisman bénédiksion solanèl la raplé kijan Bondié fè nou lévé vivan nan batèm nan, antan nou déja kouè nan li, li mandé Bondié pou-l fè nou favè patisipé nan déstiné Pitit li-a, antan nou viv douat koulié-a.
     Sé pou Manman Mari fè nou viv douat konsa, antan nou anvi lèt ki san dlo-a, yon fason kòrèk, jan Sin Piè mandé nou-an (1 P 2, 2).

*

II

     Dézièm dimanch Pak la, yo rélé dimanch "in albis" la, dimanch "an blan"-an, akoz moun ki té batizé nan nuit Pak la, yo té konn abiyé jou sa-a tout-an-blan-an, nou sonjé-l, lè, nan batèm nan, nou ouè Pè-a mété ti toual blan-an sou tèt ti moun ki fèk batizé-a, pou montré kijan nanm li tou pròp. Prémié priyè-a mandé Bondié pou-l fè nou konprann tout tan pi byin ki kalité batèm ki nétouayé nou, ki kalité Éspri ki fè nou réviv, épi ki san ki délivré nou: toua témouin sa yo Sin Jan palé nan prémié Lèt li-a, lè-l di sé yo toua k-ap sèvi nou témouin: Éspri-a, dlo-a ak san-an (1 Jn 5, 8). Sint Ogustin di: dézièm dimanch Pak la, sé uitièm jou nésans nou. Li fè konparézon avèk jou sikonsizion Jézu-Kri-a: 8 jou apré nésans li. Li di yo maké nou ak sign lafoua-a (Sermo 8 in octava Paschae, I, 4:PL 46, 838-841; cf Liturgia Horarum II, Vatican 1974, 497-498). Li fè nou sonjé kijan nou lévé byin vivan avèk Jézu-Kri. Li mandé nou pou nou mété lidé nou sou bagay anro yo, koté Jézu-Kri chita adouat Bondié-a. Lavi nou kaché ansanm avèk Jézu-Kri nan Bondié. Lè Jézu-Kri ap rétounin nan bèlté-l, lè sa-a n-ap parèt nan bèlté-a avèk li tou (ib). Sé pou Manman Mari fè nou évité chèché kondui tèt nou yon fason éstravagan, pou nou pa chèché fè bagay k-ap atiré atansion lòt moun sou nou; okontrè sé pou nou aksépté kité lavi nou kaché avèk Jézu-Kri nan Bondié; sé li minm k-a fè ouè sa nou yé. Konduit nou doué sèvi-l témouin; sé pa pròp tèt pa nou pou nou sèvi témouin, antan n-ap chèché louanj lèzòm. Ròch la bòs mason yo jété yon koté-a, sé li minm ki vîn tounin ròch-kouin (Mt 21, 42; Ac 4, 11; Ps 118, 22).
     Lè yo méprizé nou, yo pa rékonèt sa nou yé, nou pa gin pou n-ap bonbé pouatrîn nou, pou n-ap éplé non nou. Sé Jézu-Kri k-a okipé kozé sa-a. Li mandé pou nou sèvi-l témouin. Tout liv Travay Apot yo nou li pandan tan Pak la, sé sou témouagnaj sitou li palé. Sé pousa Éspri-Sin-an gin yon gran plas nan liv sa-a.
     Pou sèvi Jézu témouin, sé pou nou aprann éfasé kò nou, tankou Jan-Batis, ki fîn louvri rido-a, li pa rété dévan éstrad la, pou-l pa jinnin pèsonaj la li fîn prézanté-a.
     Sé pou nou sèvi Paròl Bondié-a tankou yon voua k-ap poté Paròl la, san-l pa pran plas li; okontrè sé lè voua-a étinn onivo zòrèy, sans Paròl la gin plis fòs onivo intélijans.

*

     Yo rélé dimanch sa a "Dimanch Divîn Mizérikòd" tou, dapré priyè ki louvri mès la.  Sé Pap Jan-Pòl II ki té ba-l tit sa-a.  Sé nan lavèy jou sa-a, nan samdi soua li mouri 2 avril 2005 apré yo fîn sélébré Mès la pou li, jan li té mandé-a, vè 8 è disoua.

*

Yo di Credo.

  • Sou ofrann yo

Résévoua, tanpri, Granmèt, ofrann pèp ou-a
(ak sa yo ou fè jouinn nouvo nésans la),
pou yo minm ki rénouvlé nan louanj non-ou ak nan batèm nan,
yo jouinn kè kontan tout tan-an.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Préfas paskal I.

Lè yo sèvi ak Kanon Romin-an, yo di Communicantes (Granmèt sé ak anpil réspè…) épi Hanc igitur (Granmèt tanpri aksépté sa n-ap ofri-a…) pròp.

Réf. pou kominion                                                                             Cf. Jan 20, 27

Lonjé min-ou, épi rékonèt plas klou yo,
épi sispann pa kouè, min sé pou-ou gin lafoua, alélouya.

Prière de S. Alphonse de Liguori

Mon Jésus,
Je crois que tu es réellement présent dans le Très Saint Sacrement de l’autel.
Je t’aime plus que tout
et je te désire dans mon âme.
Puisque je ne peux pas te recevoir sacramentellement maintenant,
viens au moins spirituellement dans mon coeur.
Et comme tu es déjà venu,
je t’embrasse et je m’unis tout entier à toi.
Ne permets pas que je sois jamais séparé de toi.

  • Apré kominion

Fè nou favè, tanpri, Bondié ki gin tout pouvoua,
pou sakréman paskal la nou résévoua-a
li pèsévéré tout tan nan kè nou.
Pa pouvoua Jézu-Kri.

Yo kapab sèvi ak fòmil bénédiksion solanèl la.

  1. Bénédiksion solanèl

Sé pou Bondié ki gin tout pouvoua-a béni nou,
gras a solanité paskal la ki rivé jodi-a,
épi sé pou-l défann nou ak bon kè-l anba tout atak péché-a.
R/. Amèn.

Épi li minm ki réparé nou pou lavi ki pap janm fini-an
nan réziréksion Sèl Pitit li-a,
sé pou-l konblé nou ak rékonpans lavi ki pap mouri-a.
R/. Amèn.

Épi nou minm, antan jou soufrans Granmèt yo fini-an,
nou minm k-ap sélébré kontantman fèt paskal la,
sé pou nou rivé nan fèt sa yo k-ap réalizé kè kontan tout tan yo,
antan l-ap poté nou sékou,
ak nanm nou k-ap dansé.
R/. Amèn.

Sé pou Bondié ki gin tout pouvoua-a,
Papa ak Pitit la   ak Éspri Sin-an béni nou byin béni.
R/. Amèn.

Pou fini, yo chanté oubyin yo di: Alé ak kè kontan, alélouya, alélouya. Yo réponn: Mèsi Bondié mèsi, alélouya, alélouya.